Chapit 20

Travay Sentespri ap avanse a gran pa, epi Li mennen nou antre nan yon mond totalman nouvo, sa vle di reyalite lavi wayòm nan parèt devan nou. Pawòl Sentespri a di yo revele dirèkteman pwofondè ki kache nan kè nou, epi youn aprè lòt gen imaj k ap parèt devan nou. Tout moun ki grangou ak swaf dwati, epi ki soumèt tèt yo volontèman, pral kapab rete nan Siyon ak rete nan Nouvèl Jerizalèm; Yo pral sètènman resevwa lagwa ak lonè ansanm avèk Mwen ak jwi tout bèl benediksyon yo avèk Mwen. Kounye a, gen kèk mistè nan mond espirityèl la ke nou poko wè, paske je espirityèl nou pa louvri. Tout bagay totalman mèveye; mirak ak mèvèy, ansanm ak bagay moun pa t janm imajine, pral parèt ti kras pa ti kras. Bondye Toupisan an pral manifeste pi gwo mirak Li yo, yon fason pou linivè a, dènye bout latè ak bann ak pakèt nasyon ak pèp yo ka wè yo avèk pwòp je yo, epi yo pral wè tou nan kisa majeste Mwen, dwati Mwen ak toupisans Mwen chita. Jou a pwòch! Moman sa a se yon moman ki gen yon enpòtans ekstrèm: N ap fè bak, oswa n ap pèsevere jiska lafen, san nou pa tounen dèyè? Pa gade sou okenn moun, evènman, oswa bagay; pa gade mond lan, mari nou, pitit nou, oswa tèt chaje nou yo nan lavi. Sèlman gade lanmou Mwen ak mizerikòd Mwen, epi gade pri Mwen peye pou Mwen genyen nou, ansanm ak sa Mwen ye. Wè bagay sa yo ase pou ankouraje nou.

Tan an trè pwòch, epi volonte Mwen dwe akonpli san pèdi tan. Mwen p ap abandone sila yo ki pou Mwen; M ap mennen nou tout nan lagwa Mwen. Sepandan, jan n ap gade bagay yo kounye a, se yon moman ki vrèman kritik; gen kèk moun ki kapab pa rive atenn pwochen etap sa, konsa yo pral benyen nan regrè pou tout rès lavi yo, lè li va deja twò ta pou yo regrèt. Kounye a, nivo espirityèl nou yo ap sibi yon egzamen pratik pou wè si legliz kapab bati oswa si wi oubyen non nou kapab soumèt youn ak lòt. Nan sans sa a, ou chwazi ak ki moun pou ou soumèt ak ki moun ou p ap soumèt; ou gendwa soumèt ak yon moun, epi ou wè li difisil toujou pou ou soumèt ak yon lòt. Vrèmanvre, pa gen okenn fason pou nou vin moun ki soumèt lè nou aji selon konsepsyon lòm. Sepandan, panse Bondye yo toujou depase panse lòm yo! Kris te soumèt Li jouk nan lanmò, epi Li te mouri sou lakwa. Li pa t janm fikse kondisyon oswa rezon; depi se te volonte Papa L, Li te soumèt tèt Li ak tout volonte L. Nivo soumisyon w nan moman sa a vrèman twò limite, M ap di nou tout, soumisyon se pa soumèt ak moun; soumisyon; men pito, li vle di soumèt ak travay Sentespri a ak soumèt ak Bondye Li menm. Se sèlman paske pawòl Mwen ap renouvle nou ak chanje nou depi pa anndan; si se pa t sa, kiyès ki t ap soumèt ak kiyès? Nou tout se moun ki pa vle soumèt ak pyès moun. Nou dwe reflechi avèk anpil atansyon sou sa soumisyon an ye ak kijan nou kapab viv yon vi soumisyon. Nou dwe vini devan M plis, epi pale avèk Mwen sou bagay sa a, epi ti kras pa ti kras n ap konprann li, epi sa ap pèmèt nou debarase nou de ide ak chwa ki nan nou yo. Fason Mwen reyalize bagay difisil pou moun byen konprann. Sa pa depann de konesans ak kapasite moun genyen; Mwen itilize moun ke lòm konsidere ki pi sòt epi ki pa gen enpòtans pou revele toupisans Bondye, an menm tan tou, Mwen sèvi avèk sa pou M envèse konsepsyon, opinyon ak chwa moun genyen. Zèv Bondye yo tèlman mèveye; lespri lòm pa kapab fin konprann yo!

Si ou vle vin temwen M toutbon vre, ou dwe konprann verite nan yon fason ki byen klè e pa nan yon fason ki defòme. Ou dwe konsantre plis sou mete pawòl Mwen yo an pratik, ak chèche bay lavi w plis matirite byen rapid. Pa chèche bagay ki pa gen valè; bagay sa yo pa gen okenn avantaj pou pwogrè lavi nou. Nou ka rive bon nèt lè lavi nou gen matirite; se sèlman lè sa a nou kapab antre nan Wayòm lan—sa a se yon bagay ki obligatwa. Mwen toujou swete pale plis avèk ou: Mwen di ou anpil bagay, men konbyen ou konprann reyèlman? Konbyen nan sa Mwen di yo ki vin yon reyalite nan lavi ou? Konbyen nan sa Mwen di yo ki fè pati lavi w? Pa eseye ranmase dlo avèk yon panye ki fèt avèk banbou; w ap fini pa pran anyen, panye a ap toujou rete vid. Gen lòt moun ki rive jwenn benefis yo byen fasil; e ou menm? Èske ou kapab venk Satan si ou dezame ak pa pote okenn zàm? Ou dwe viv plis selon pawòl Mwen yo, paske yo se pi bon zàm pou w defann tèt ou. Ou dwe prete atansyon: Pa konsidere pawòl Mwen kòm yon bagay ou posede; si ou pa eseye konprann yo, chèche yo, reflechi byen sou yo, oswa kominye avèk Mwen sou yo, men olye de sa, ou rete satisfè ak tèt ou, lè sa a w ap fè pèt. Kounye a ou dwe aprann yon leson sou sa, epi ou dwe mete pwòp tèt ou sou kote epi apiye sou fòs lòt moun pou konble pwòp feblès pa w; pa jis fè sa w vle. Tan an p ap tan okenn moun. Lavi frè ak sè yo ap grandi chak jou; yo tout ap fè eksperyans chanjman epi y ap renouvle chak jou. Fòs frè ak sè yo ap grandi, e sa se yon bagay ki trè bon! Kouri jiska lafen; pa gen pyès moun k ap kapab fè anyen pou lòt moun. Se ou menm ki pou fè pwòp efò pa ou epi kowopere avèk Mwen. Sila yo ki gen vizyon, ki konnen ki direksyon pou yo pran, ki pa febli epi ki toujou ap gade devan, gen garanti san dout y ap ranpòte laviktwa. Se yon moman kritik. Asire ou pa febli oswa dekouraje; ou dwe gade devan nan chak bagay, epi pa vire gade dèyè. Ou dwe sakrifye tout bagay, abandone tout sa ki se yon antrav pou ou, ak pouswiv kous la avèk tout fòs ou. Toutotan gen yon ti kras souf ki rete nan ou, ou dwe pèsevere jiska lafen, se lè sa w ap merite lwanj toutbon.

Anvan: Chapit 13

Apre: Chapit 36

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger