Chapit 120

Siyon! Fè kè ou kontan! Siyon! Chante byen fò! Mwen tounen avèk triyonf, Mwen tounen avèk laviktwa! Tout pèp yo! Fè vit mete nou nan ran kòmsadwa! Tout bagay ki nan kreyasyon an! Rete san bouje kounye a, paske moun Mwen ye a fè fas ak tout linivè a, epi moun Mwen ye a parèt nan Lès mond lan! Kiyès ki oze pa met ajenou pou adore? Kiyès ki oze pa rele Mwen vrè Bondye a? Kiyès ki oze pa leve je l gade M ak krentif nan kè l? Kiyès ki oze pa fè lwanj? Kiyès ki oze pa fè kè l kontan? Pèp Mwen an ap tande vwa Mwen san mank, epi pitit gason Mwen yo ap nan wayòm Mwen an san mank! Mòn yo, rivyè yo, ak tout bagay ap fè kè yo kontan san rete, epi y ap sote ponpe san rete. Nan moman sa a, pèsonn p ap oze fè bak, epi pèsonn p ap oze leve kanpe pou reziste. Sa a se yon zèv mèvèy Mwen fè, e pi plis pase sa toujou, se gwo pouvwa Mwen! Mwen pral fè tout bagay gen yon kè ki gen krentif pou Mwen, plis toujou, Mwen pral fè tout bagay fè lwanj pou Mwen! Sa a se objektif final plan jesyon Mwen an ki gen sis mil ane a, e se sa Mwen fikse yon fwa pou tout. Pa gen okenn moun, evènman, oswa bagay ki ka oze leve kanpe pou reziste Mwen, oubyen ki oze leve kanpe pou opoze ak Mwen. Tout pèp Mwen an pral debake sou mòn Mwen an (sa fè referans ak mond Mwen pral kreye pita a) epi y ap soumèt devan Mwen san mank, paske Mwen pote majeste ak jijman, epi Mwen pote otorite. (Sa fè referans ak lè Mwen nan kò a. Mwen gen otorite tou nan lachè, men paske nan lachè Mwen pa kapab depase limit tan ak espas, yo pa kapab di Mwen jwenn glwa a totalman. Malgre Mwen genyen premye pitit gason Mwen yo nan lachè, yo toujou pa kapab di Mwen jwenn glwa a. Se sèlman lè Mwen tounen Siyon epi Mwen transfigire tèt Mwen yo ka di Mwen pote otorite—sa vle di, Mwen jwenn glwa.) Pa gen anyen k ap difisil pou Mwen. Akòz pawòl ki soti nan bouch Mwen, M pral detwi tout bagay, epi akòz pawòl ki soti nan bouch Mwen, M pral etabli ak akonpli tout bagay. Se konsa gwo pouvwa Mwen an ye epi se konsa otorite Mwen ye. Paske Mwen ranpli ak pouvwa epi Mwen chaje ak otorite, pa gen okenn moun ki ta oze bloke M. Depi lontan Mwen te triyonfe sou tout bagay, epi Mwen te ranpòte laviktwa sou tout pitit rebelyon yo. Mwen pral mennen premye pitit gason M yo ansanm avèk Mwen pou tounen Siyon. Mwen p ap tounen Siyon poukont Mwen. Se poutèt sa, kòm tout moun wè premye pitit gason Mwen yo, y ap vin gen yon kè ki gen krentif pou Mwen. Sa a se objektif Mwen genyen lè Mwen genyen premye pitit gason M yo, epi sa se te plan Mwen depi kreyasyon mond lan.

Lè tout bagay pare, sa ap jou kote M ap tounen Siyon epi tout pakèt pèp yo ap sonje jou sa a. Lè Mwen tounen Siyon, tout bagay sou tè a ap an silans, epi tout sa ki sou tè a ap vin trankil. Lè Mwen tounen Siyon, tout bagay ap reprann aparans orijinal yo. Nan moman sa a, Mwen pral kòmanse travay Mwen nan Siyon. Mwen pral pini sa ki mal epi rekonpanse sa ki byen, Mwen pral mete jistis Mwen an aplikasyon, Mwen pral egzekite jijman Mwen, epi Mwen pral itilize pawòl Mwen pou akonpli tout bagay, kote M ap fè tout moun ak tout bagay fè eksperyans men Mwen k ap pini yo. Mwen pral fè tout moun wè tout glwa Mwen san mank, tout sajès Mwen, ak tout abondans Mwen. Pa gen okenn moun k ap oze leve kanpe pou jije, paske avèk Mwen, tout bagay akonpli; epi isit la, se pou chak moun wè tout onè Mwen, epi goute tout viktwa Mwen paske tout bagay ap manifeste avèk Mwen. Sa sifi pou montre gwo pouvwa Mwen ak otorite M. Pèsonn p ap oze komèt ofans kont Mwen, epi pèsonn p ap oze bare M. Avèk Mwen, tout bagay vin parèt aklè—kiyès ki ta oze kache yon bagay? San mank, Mwen pa t ap epaye yo! Voryen sa yo dwe resevwa pinisyon sevè Mwen, epi fòk Mwen wete dechè konsa devan je Mwen. Mwen pral gouvènen yo ak yon baton fè epi Mwen pral itilize otorite M pou jije yo, san Mwen pa gen okenn pitye pou yo ni Mwen p ap epanye santiman yo ditou, paske Mwen se Bondye menm ki pa gen santiman lachè, ki majestye epi ki pa tolere okenn ofans. Tout moun ta dwe konprann epi wè sa, pou evite Mwen frape yo epi detwi yo “san kòz ni rezon,” paske baton Mwen an pral frape tout moun ki komèt yon ofans kont Mwen. Sa pa gade M si yo konnen dekrè administratif Mwen yo; Mwen pa bay tèt Mwen pwoblèm pou sa, paske moun Mwen ye a pa tolere okenn ofans nan men pèsonn. Se rezon sa a ki fè yo di Mwen se yon lyon; nenpòt moun Mwen rankontre, Mwen abat li. Se poutèt sa, yo konsidere se yon blasfèm kounye a lefètke yon moun di Mwen se yon Bondye mizèrikòd, lanmou ak bonte. Nan esans Mwen, M pa yon ti mouton, Mwen se yon lyon. Pèsonn pa oze komèt ofans kont Mwen; nenpòt moun ki fè sa, Mwen pral pini l ak lanmò imedyatman, san Mwen pa epaye santiman l yo ditou. Sa sifi pou montre dispozisyon Mwen. Se poutèt sa, nan dènye epòk la yon gwo gwoup moun pral fè bak, epi sa pral difisil pou lòm sipòte, men pou Mwen, Mwen detann Mwen e M kontan, epi Mwen pa wè sa kòm yon tach ki difisil ditou. Se konsa dispozisyon Mwen ye.

Mwen swete pou chak moun soumèt ak yon kè ki obeyisan devan tout sa ki soti nan Mwen; si yo fè sa, san mank M ap beni limanite anpil, paske, jan Mwen te di l la, sa ki konpatib ak Mwen yo ap prezève, tandiske sa ki ostil anvè Mwen yo ap modi. Mwen etabli sa fèm, epi pèsonn pa ka chanje sa. Bagay Mwen detèmine yo se bagay Mwen akonpli, epi nenpòt moun ki ale kont yo ap jwenn chatiman imedyatman. Nan Siyon, genyen tout sa Mwen bezwen epi tout sa Mwen vle. Nan Siyon, pa gen okenn ti mak mond lan, epi parapò ak mond lan, Siyon se yon palè, ki rich epi ki gran; men pèsonn pa t janm antre ladan l, e se poutèt sa, nan imajinasyon lòm, li pa egziste ditou. Lavi nan Siyon pa menm ak lavi sou tè a; sou tè a, lavi se manje, mete rad, jwe, epi chèche plezi, tandiske nan Siyon li diferan anpil. Se lavi Papa a ak pitit gason yo k ap benyen nan lajwa—ki toujou ranpli tout espas linivè a, men tou ki toujou rasanble ansanm nan linison. Kounye a bagay yo rive nan pwen sa a, Mwen pral di nou kote Siyon ye. Siyon se kote Mwen rete a; se anplasman moun Mwen ye a. Se poutèt sa, Siyon dwe yon kote ki sen, epi li dwe byen lwen tè a. Se poutèt sa Mwen di Mwen rayi moun yo, evènman yo, ak bagay sou tè a, epi M rayi zafè manje, bwè, jwe ak chèche plezi lachè yo, paske kèlkeswa jan plezi sou tè yo ta agreyab, yo pa ka konpare ak lavi nan Siyon; se diferans ant syèl la ak tè a, epi pa gen okenn mwayen pou konpare tou de. Rezon ki fè gen anpil mistè sou tè a lòm pa ka rezoud se paske lòm pa t tande anyen sou Siyon. Ebyen, ki kote egzakteman Siyon ye? Èske li sou yon lòt planèt, jan lòm imajine l la? Non! Sa a se sèlman yon fantezi nan lespri lòm. Mwen te mansyone twazyèm syèl la. Nan nosyon lòm, yo panse sa gen yon siyifikasyon senbolik, men sa lòm konprann nan nosyon l yo egzakteman kontrè ak sa Mwen vle di a. Twazyèm syèl yo mansyone isit la pa fo ditou. Se poutèt sa Mwen di Mwen p ap detwi solèy la, lalin nan, ak zetwal yo, epi Mwen p ap elimine syèl la ak tè a. Èske Mwen ta ka detwi kote pou Mwen rete a? Èske Mwen ta ka elimine Mòn Siyon? Èske sa pa fè moun ri? Twazyèm syèl la se kote Mwen rete a; li se Mòn Siyon, epi sa absoli. (Poukisa Mwen di sa absoli? Se paske lòm pa ka konprann sa Mwen di kounye a ditou; li ka sèlman tande li. Sa tou senpleman depase sa lespri moun ka konprann, e se poutèt sa kounye a Mwen p ap di anyen ankò sou Siyon, pou lòm pa konsidere sa kòm yon fiksyon.)

Apre Mwen tounen Siyon, lwanj pou Mwen sou tè a ap kontinye san rete. Moun k ap bay sèvis fidèl sa yo ap tann menm jan an pou yo rann Mwen sèvis, men fonksyon yo ap rive nan bout li. Sèl bagay yo ka fè se sonje jou Mwen yo sou tè a. Nan moman sa a, Mwen pral kòmanse voye dezas sou sila yo ki dwe sibi malè; epoutan tout moun kwè Mwen se yon Bondye ki dwat. San mank Mwen p ap pini moun k ap bay sèvis ki fidèl sa yo, okontrè Mwen ap senpleman kite yo resevwa gras Mwen. Paske Mwen te di Mwen pral pini tout malfektè yo, epi sila k ap fè bon zèv yo ap resevwa plezi materyèl Mwen bay la—se sèlman sa k ap demontre Mwen se Bondye dwati ak fidelite a Li menm. Lè Mwen tounen Siyon, Mwen pral kòmanse vire gade chak nasyon nan mond lan; Mwen pral sove Izrayelit yo epi pini Ejipsyen yo. Sa a se pwochen etap nan travay Mwen an. Lè sa a, travay Mwen an p ap menm jan ak jan li ye jodi a: Se p ap yon travay nan lachè, men l ap depase lachè totalman—epi jan Mwen pale a, se konsa l ap fèt; epi jan Mwen kòmande a, se konsa l ap etabli. Depi pawòl Mwen yo soti nan bouch Mwen, y ap reyalize imedyatman nan reyalite a; sa se vrè sans pawòl Mwen yo ak reyalite yo k ap rive anmenmtan, paske pawòl Mwen yo se otorite yo ye menm. Kounye a M ap pale sou kèk bagay jeneral, kòm yon mwayen pou M bay lòm sou tè a kèk ti lide, pou li pa chèche konprann je fèmen. Lè lè sa a rive, Mwen pral ranje tout bagay, epi pèsonn p ap aji dapre pwòp volonte yo, pou men Mwen pa frape yo. Nan imajinasyon lòm, tout sa Mwen di yo se bagay imajinè, paske, apre tou, fason lòm panse limite, epi li lwen sa Mwen pale menm jan tè a lwen syèl la. Se poutèt sa, pèsonn pa kapab konprann sa. Sèl bagay pou yo fè se mete yo ann amoni ak sa Mwen di a; sa a se yon direksyon ki inevitab. Mwen te di, “Nan dènye jou yo, bèt la pral parèt pou li pèsekite pèp Mwen an, epi sila ki pè lanmò yo, y ap make yo ak yon so pou bèt la pote yo ale. Sila yo ki te wè M yo, bèt la ap touye yo.” “Bèt” nan pawòl sa yo, san dout, fè referans ak Satan, sila k ap egare lòm nan. Sa vle di, lè Mwen tounen Siyon, yon gwo gwoup moun k ap bay sèvis pral fè bak; sa vle di, bèt la pral pote yo ale. Tout kreyati sa yo pral ale nan gwo twou san fon an pou yo resevwa chatiman etènèl Mwen. “Sila ki te wè M yo” fè referans ak moun k ap bay sèvis ki fidèl sa yo Mwen te konkeri yo. “Lefètke yo te wè Mwen” fè referans ak lefètke Mwen te konkeri yo. “Bèt la touye l” vle di Satan, ki te sibi defèt anba men Mwen an, pa oze leve pou reziste Mwen. Nan lòt mo, Satan p ap oze fè okenn travay sou moun k ap bay sèvis sa yo, e se poutèt sa, nanm moun sa yo ap sove; Mwen di sa anrapò ak sila yo ki kapab fidèl anvè Mwen, epi sa vle di moun k ap bay sèvis ki fidèl sa yo ap kapab resevwa gras Mwen ak benediksyon Mwen. Se poutèt sa, Mwen di nanm yo ap sove. (Sa pa fè referans ak monte nan twazyèm syèl la non, sa se sèlman yon nosyon lòm.) Men, move sèvitè sa yo, Satan ap mare yo ankò epi answit l ap jete yo nan gwo twou san fon an. Sa a se pinisyon Mwen pou yo; sa a se chatiman yo, epi se sa yo merite pou peche yo.

Anmezi rit travay Mwen an ap akselere, tan Mwen sou tè a ap diminye tikal pa tikal. Dat pou Mwen tounen Siyon an ap pwoche. Lè travay Mwen sou tè a rive nan bout li, l ap lè pou Mwen tounen Siyon. Mwen pa swete viv sou tè a ditou, men pou enterè jesyon Mwen, pou enterè plan Mwen, Mwen andire tout kalite soufrans. Jodi a, lè a deja rive. Mwen pral akselere rit Mwen, epi pèsonn p ap kapab swiv menm vitès ak Mwen. Kit lòm ka konprann kit li pa kapab, Mwen pral pran tout bagay lòm pa ka konprann, men nou dwe konnen pandan nou sou tè a, epi M ap di nou yo, youn apre lòt. Se poutèt sa, Mwen di Mwen se Bondye Li menm, ki depase tan ak espas. Si se pa t pou objektif Mwen pou M genyen premye pitit gason Mwen yo epi bat Satan, Mwen ta gentan tounen Siyon deja; si se pa t sa, Mwen pa t ap janm kreye limanite ditou. Mwen gen degoutans pou mond lèzòm nan, epi Mwen deteste moun ki andeyò Mwen yo, nan pwen Mwen menm anvizaje detwi tout limanite a yon sèl kou. Sepandan, aksyon Mwen yo gen lòd ak estrikti, yon sans mezi ak moderasyon, epi yo pa fèt nan dezòd. Tout sa Mwen fè gen pou objektif pou bat Satan, e plis toujou sa gen pou objektif pèmèt Mwen rasanble ansanm ak premye pitit gason Mwen yo pi vit posib. Sa a se objektif Mwen.

Anvan: Chapit 119

Apre: Entwodiksyon

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger