Chapit 119
Nou tout ta dwe konprann entansyon Mwen yo, epi nou tout ta dwe konprann eta lespri Mwen. Kounye a se moman pou prepare pou retounen Siyon. Mwen pa gen entansyon fè anyen lòt pase sa. Mwen sèlman espere reyini ak nou yon jou trè byento, epi pase chak minit ak chak segonn ansanm ak nou nan Siyon. Mwen rayi mond lan, Mwen rayi lachè, epi pi plis toujou, Mwen rayi chak moun sou tè a. Mwen pa vle wè yo, paske yo tout pote nati dyabolik anndan yo, san menm yon ti tras imanite. Mwen pa vle viv sou tè a; Mwen rayi tout kreyati yo, Mwen rayi tout sa ki fèt ak chè ak san. Tout tè a santi kadav; Mwen vle retounen Siyon imedyatman, pou retire tout move sant kadav la sou tè a epi ranpli tout tè a ak son louwanj pou Mwen. Mwen pral retounen Siyon, Mwen pral separe Mwen ak lachè ak mond lan, epi pèsonn pa gen dwa kanpe sou wout Mwen. Men Mwen k ap frape moun atè a pa gen santiman lachè! Apati kounye a, pèsonn pa gen dwa pale sou batisman legliz la. Si yon moun fè sa, Mwen p ap padone l. (Sa se paske kounye a se moman pou temwaye pou Premye pitit gason Mwen yo, epi se moman pou bati wayòm nan; nenpòt moun k ap pale de batisman legliz la ap kraze batisman wayòm nan epi l ap deranje jesyon Mwen an.) Tout bagay prè, tout bagay prepare; sèl bagay ki rete se pou yo egzalte Premye pitit gason yo epi pou yo temwanye pou yo. Lè sa a rive, Mwen pral, san yon moman reta epi san konsidere okenn fòm, retounen Siyon imedyatman—kote nou toujou gen nan lespri nou an, lajounen kou lannwit. Pa gade sèlman sou fason mond aktyèl la ap kontinye nan wout li, san pwoblèm epi fèm. Tout travay sa a se travay pou retounen Siyon, kidonk pa okipe bagay sa yo kounye a; lè jou pou retounen Siyon an rive, tout bagay ap fini nèt. Kiyès ki pa vle retounen Siyon byento? Kiyès ki pa vle Papa a ak pitit gason yo reyini byento? Kèlkeswa jan plezi sou tè yo agreyab, yo pa kapab kenbe lachè nou; nou pral depase lachè nou epi nou pral retounen Siyon ansanm. Kiyès ki oze anpeche sa? Kiyès ki oze mete obstak? Sètènman Mwen p ap padone yo! Mwen pral bale tout obstak k ap fè moun bite yo. (Se poutèt sa Mwen di Mwen pa kapab retounen Siyon toudswit la. Mwen ap fè travay pirifikasyon sa a, epi an menm tan Mwen ap temwaye pou Premye pitit gason Mwen yo; de travay sa yo ap vanse an menm tan. Lè travay pirifikasyon an fini, l ap moman pou Mwen revele Premye pitit gason yo. «Obstak k ap fè moun bite yo» se gwo kantite moun k ap fè sèvis yo, e se poutèt sa Mwen di de travay sa yo ap fèt an menm tan.) Mwen pral fè Premye pitit gason Mwen yo mache ansanm avèk Mwen nan tout linivè a ak jis nan pwent tè a, travèse mòn yo ak rivyè yo ansanm ak tout bagay; kiyès ki oze bare sa? Kiyès ki oze anpeche sa? Men Mwen pa fasil lage okenn moun; eksepte Premye pitit gason Mwen yo, Mwen an kòlè kont tout moun epi Mwen bay tout moun madichon. Sou tout tè a, pa gen pèsonn ki fèt ak chè ak san ki resevwa benediksyon Mwen yo; tout moun jwenn madichon Mwen. Depi kreyasyon mond lan, Mwen pa t janm beni pèsonn; menm lè Mwen bay benediksyon, se te senpleman pawòl, yo pa t janm reyalite, paske Mwen rayi Satan nèt; Mwen p ap janm beni l, se pini sèlman Mwen ap pini l. Se sèlman nan fen an, aprè Mwen fin konkeri Satan nèt epi Mwen genyen laviktwa total, Mwen pral bay tout moun lwayal k ap fè sèvis yo benediksyon materyèl, epi kite yo jwi plezi fè lwanj pou Mwen, paske tout travay Mwen ap fin akonpli.
Vrèman vre, tan Mwen an pa lwen. Plan jesyon sis mil ane a preske fini devan je nou. (Li toutbonvre devan je nou. Se pa yon bagay ki senbolize sa k ap vini; nou ka wè sa nan eta lespri Mwen.) Mwen pral mennen Premye pitit gason Mwen yo lakay nan Siyon imedyatman. Gen moun ki pral di, «Piske se sèlman pou Premye pitit gason yo li ye, poukisa sa pran sis mil ane? Epi poukisa yo te kreye tout kantite moun sa yo?» Mwen te di anvan tout bagay ki pou Mwen gen valè. Ki jan Premye pitit gason Mwen yo ta fè pa gen plis valè toujou? Mwen pral manevre tout bagay pou yo rann Mwen sèvis, epi sa a se plis toujou pou revele gwo pouvwa Mwen, pou chak moun ka wè nan tout mond linivè a, pa gen yon sèl objè ki pa nan men nou, pa gen yon sèl moun ki pa nan sèvis nou, epi pa gen yon sèl bagay ki pa akonpli pou nou. Mwen pral akonpli tout bagay. Pou Mwen, pa gen okenn nosyon tan; byenke Mwen gen entansyon fini plan an ak travay Mwen an nan sis mil ane, pou Mwen tout bagay libere epi yo lib. Menmsi li ta pran mwens pase sis mil ane, toutotan nan je pa Mwen lè a rive, kiyès ki ta oze pwononse yon mo opozisyon? Kiyès ki ta oze kanpe pou l jije jan li vle? Travay Mwen, Mwen fè l Mwen menm; tan Mwen, Mwen aranje l Mwen menm. Pa gen okenn moun, okenn evènman, ak okenn bagay ki oze bouje pou kont li; Mwen ap fè tout bagay swiv Mwen. Pou Mwen, pa gen byen oswa mal; si Mwen di yon bagay byen, sètènman li byen; si Mwen di yon bagay mal, sa tou se konsa li ye. Nou pa dwe toujou mezire Mwen avèk nosyon lòm! Mwen di Premye pitit gason yo ansanm ak Mwen beni—kiyès ki oze refize soumèt? Mwen ap detwi ou la menm! Ou refize soumèt! Ou rebèl! Mwen senpleman pa gen mizèrikòd pou tout limanite a nèt, epi rayisman Mwen an deja rive nan yon degre ekstrèm; Mwen tou senpleman pa ka montre okenn tolerans ditou. Kanta pou Mwen, fòk tout mond linivè a disparèt nèt imedyatman—se sèlman lè sa a gwo travay Mwen an ap akonpli; se sèlman lè sa a plan jesyon Mwen an ap fini; epi se sèlman lè sa a rayisman ki nan kè Mwen an ap disparèt. Kounye a, Mwen enterese sèlman nan temwaye pou Premye pitit gason Mwen yo. Mwen pral mete tout lòt zafè sou kote; Mwen pral fè bagay ki enpòtan yo anvan, epi apre sa Mwen pral fè bagay segondè yo. Sa yo se etap travay Mwen yo, pèsonn pa dwe vyole yo; tout moun dwe fè sa Mwen di, sinon y ap tounen sib pou madichon Mwen.
Kounye a gwo travay Mwen an akonpli, Mwen kapab repoze. Apati kounye a, Mwen p ap travay ankò, men Mwen pral bay Premye pitit gason Mwen yo lòd pou yo fè tout sa Mwen vle ki fèt, paske Premye pitit gason Mwen yo se Mwen menm; Premye pitit gason Mwen yo se moun Mwen ye a. Sa a pa mal menm yon ti kras; pa sèvi ak nosyon pou nou jije. Wè Premye pitit gason yo se wè Mwen, paske nou se yon sèl ak menm moun nan. Konsa, nenpòt moun ki separe nou ap reziste kont Mwen, epi sètènman Mwen p ap padone l. Nan pawòl Mwen yo, gen mistè lòm pa kapab konprann. Se sèlman moun Mwen renmen yo ki ka eksprime Mwen, e pèsonn lòt; Mwen te detèmine sa, epi pèsonn pa kapab chanje li. Pawòl Mwen yo rich, yo konplè, epi yo enposib pou konprann. Tout moun ta dwe fè gwo efò sou pawòl Mwen yo, eseye medite sou yo souvan, epi pa sote yon sèl mo oswa yon fraz—sinon, moun yo ap gen yon konpreyansyon ki defòme, epi y ap mal konprann pawòl Mwen yo. Mwen te di dispozisyon Mwen pa tolere okenn ofans, sa vle di pèsonn pa kapab reziste kont Premye pitit gason Mwen yo Mwen te temwanye pou yo a. Premye pitit gason Mwen yo reprezante chak aspè nan dispozisyon Mwen, kidonk lè yo kònen twonpèt sen an, se lè sa a Mwen kòmanse temwaye pou Premye pitit gason yo, epi konsa, yo pral anonse twonpèt sen an—ki vle di, dispozisyon Mwen an—piti piti bay foul moun yo apre sa. Pou byen di w, lè yo revele Premye pitit gason yo, se lè sa a dispozisyon Mwen ap revele. Kiyès ki ka rive konprann sa nèt? Mwen di nan mitan mistè Mwen te devwale yo, toujou gen mistè moun pa kapab demele. Kiyès nan mitan nou ki te medite ak anpil swen sou vrè sans pawòl sa yo? Èske dispozisyon Mwen se pèsonalite yon moun, jan nou te imajine a? Panse sa a se yon gwo erè! Jodi a, nenpòt moun ki wè Premye pitit gason Mwen yo se yon moun ki beni, epi yo wè dispozisyon Mwen—sa a se totalman vre. Premye pitit gason Mwen yo reprezante tout sa Mwen ye nèt; yo se moun Mwen ye a, epi pa gen anyen mwens pase sa. Pèsonn pa dwe gen okenn dout sou sa! Moun ki soumèt yo beni ak lagras, epi moun ki rebèl yo jwenn madichon. Se sa Mwen te detèmine, epi pa gen okenn moun ki kapab chanje sa!