Entwodiksyon
«Pawòl Bondye bay Tout Linivè a» se dezyèm pati nan deklarasyon Kris la eksprime nan idantite Bondye Li menm nan. Yo kouvri peryòd ki soti 20 Fevriye 1992 pou rive 1ye Jen 1992 a, epi yo genyen karannsèt chapit antou. Fason, kontni ak pèspektiv pawòl Bondye yo nan deklarasyon sa yo pa sanble ditou ak «Deklarasyon Kris nan Kòmansman». «Deklarasyon Kris nan Kòmansman» ekspoze epi gide konpòtman ekstèn moun yo ak lavi espirityèl senp yo. Alafen, li fini ak «eprèv moun k ap bay sèvis yo». Sepandan, «Pawòl Bondye bay Tout Linivè a» kòmanse avèk fen idantite moun yo kòm moun k ap bay sèvis epi kòmansman lavi yo kòm pèp Bondye a. Li gide moun yo nan dezyèm pwen ki pi wo nan travay Bondye a, epi pandan peryòd sa a yo pase anba eprèv letan dife a, eprèv lanmò a, ak epòk pou renmen Bondye a. Plizyè etap sa yo ekspoze lèdè lòm devan Bondye nèt, epitou yo ekspoze vrè vizaj lòm. Alafen, Bondye fini ak yon chapit kote Li separe ak lòm, konsa Li mete yon fen nan tout etap Bondye te itilize pou konkeri premye gwoup moun yo pandan enkanasyon sa a.
Nan «Pawòl Bondye bay Tout Linivè a», Bondye eksprime pawòl Li yo nan pèspektiv Lespri a. Limanite kreye a pa kapab pale menm jan avè L. Pi plis toujou, vokabilè ak stil pawòl Li yo bèl anpil epi yo touche moun, epi pa gen okenn fòm literati imen ki ta kapab pran plas yo. Pawòl Li itilize pou Li ekspoze lòm yo egzak, pa gen okenn filozofi ki kapab demanti yo, epi yo konvenk tout moun nèt. Menm jan ak yon epe ki file, pawòl Bondye itilize pou Li jije lòm yo koupe jis nan fon nanm moun yo, yo koupe tèlman fon kifè moun yo pa jwenn okenn kote pou yo kache. Pawòl Li itilize pou Li konsole moun yo gen pitye ak bonte plen ak lanmou, yo bay chalè menm jan ak anbrasad yon manman ki gen lanmou, epi yo fè moun yo santi yo an sekirite yon fason yo pa t janm santi yo anvan. Pi gwo karakteristik ki genyen nan deklarasyon sa yo sèke, pandan faz sa a, Bondye pa pale avèk idantite Jewova oswa Jezi Kris, ni kòm Kris nan dènye jou yo. Okontrè, lè L sèvi ak idantite natirèl Li a—Kreyatè a—Li pale epi Li anseye tout moun k ap swiv Li yo ak tout moun ki poko swiv Li yo. Li rezonab pou nou di se premye fwa depi kreyasyon mond lan Bondye pale ak tout limanite konsa. Anvan sa, Bondye pa t janm pale ak limanite kreye a avèk tout detay sa yo epi yon fason ki tèlman sistematik. Byensir, sa a se premye fwa tou Li pale anpil konsa, epi pandan yon peryòd ki dire lontan konsa, avèk tout limanite. Se yon bagay ki pa t janm rive anvan. Sa ki plis ankò, deklarasyon sa yo fòme premye tèks Bondye eksprime nan mitan limanite kote Li ekspoze lòm, Li gide li, Li jije li, epi Li pale avè l ak kè Li ouvè; e konsa tou, se premye deklarasyon kote Bondye pèmèt lòm konnen tras pa Li, kote Li kouche a, dispozisyon Bondye, sa Bondye genyen ak sa Li ye, panse Bondye, ak swen Li pran pou limanite. Nou kapab di sa yo se premye deklarasyon Bondye pwononse bay limanite soti nan twazyèm syèl la depi kreyasyon an, epi se premye fwa Bondye itilize idantite natirèl Li pou Li parèt epi eksprime vwa ki nan kè Li bay limanite atravè pawòl Li yo.
Deklarasyon sa yo pwofon epi yo ensondab; yo pa fasil pou konprann, ni li pa posib pou moun byen konprann rasin ak objektif pawòl Bondye yo. Konsa, Kris te ajoute yon esplikasyon apre chak chapit, lè L sèvi ak yon langaj ki fasil pou lòm konprann dekwa pou L ka fè pi gwo pati deklarasyon yo vin pi klè. Sa a, lè l konbine ak deklarasyon yo menm, fè l pi fasil pou tout moun konprann epi konnen pawòl Bondye yo. Nou te fè pawòl sa yo tounen yon apendis nan «Pawòl Bondye bay Tout Linivè a». Nan apendis sa a, Kris bay esplikasyon avèk pawòl ki pi senp pou konprann. Konbinezon de pati sa yo se yon maryaj pafè ant divinite ak Bondye nan limanite. Malgre Bondye pale nan pwennvi yon twazyèm pati nan apendis la, pèsonn pa kapab nye se Bondye pèsonèlman ki te pwononse pawòl sa yo, paske pa gen okenn moun ki kapab esplike pawòl Bondye yo byen klè; se sèl Bondye Li menm ki kapab bay eksplikasyon sou rasin ak objektif deklarasyon Li yo. Konsa, malgre Bondye pale nan plizyè fason, objektif travay Li a pa janm chanje, ni entansyon plan Li a pa janm chanje.
Malgre «Pawòl Bondye bay Tout Linivè a» fini avèk yon chapit kote Bondye separe ak lòm, anfèt, se nan moman sa a travay konkèt ak sali Bondye a nan mitan lòm, ansanm ak travay Li pou L rann moun pafè a, te kòmanse ofisyèlman. Konsa, li pi apwopriye pou nou konsidere «Pawòl Bondye bay Tout Linivè a» tankou pwofesi sou travay Bondye a nan dènye jou yo. Paske se sèlman apati moman sa a Pitit lòm nan ki enkane a te kòmanse travay ak pale ofisyèlman avèk idantite Kris la, pandan Li t ap mache nan mitan legliz yo epi bay lavi, epi wouze ak gade tout pèp Li a kòm bèje, sa ki vin fè L eksprime gwo kantite deklarasyon sa yo ki nan «Pawòl Kris la Pandan Li t ap Mache Nan Legliz yo».