Chapit 117
Se Ou menm ki louvri woulo liv la, epi se Ou menm ki kase sèt so yo, paske tout mistè soti nan Ou menm e tout benediksyon se Ou menm ki revele yo. Mwen dwe renmen Ou pou letènite, epi Mwen dwe fè moun Mwen chwazi yo, yon kantite pèsonn pa ka konte, adore Ou, paske Ou se moun Mwen ye a; Ou se yon pati nan manifestasyon abondan ak konplè Mwen an, yon pati endispansab nan kò Mwen. Kidonk, Mwen dwe rann yon temwayaj espesyal. Ki lòt moun, apa Sila a ki nan moun Mwen ye a, ki ann akò ak entansyon Mwen yo? Se pa Ou menm ki rann temwayaj pou pwòp tèt Ou, men se Lespri Mwen ki rann temwayaj pou Ou, epi Mwen sètènman p ap padone kèlkeswa moun ki oze reziste Ou, paske sa konsène dekrè administratif Mwen yo. Tout sa Ou di, M ap akonpli l san mank, epi tout sa Ou panse, M ap aksepte l san mank. Si yon moun pa lwayal anvè Ou, lè sa a, l ap reziste Mwen aklè, epi Mwen p ap padone l san mank. Mwen pral chatye tout moun ki reziste Pitit Gason Mwen an avèk severite, epi Mwen pral beni moun ki konpatib ak Ou yo. Sa a se otorite Mwen bay Ou a. Nan sa yo te pale de anvan an—egzijans ak estanda yo te fikse pou premye pitit gason yo—Ou se modèl la. Sa vle di, menm jan Ou ye a, se konsa Mwen pral egzije pou premye pitit gason yo ye tou. Sa a se pa yon bagay lèzòm kapab fè, men pito se sa Lespri Mwen Li menm fè. Si nenpòt moun kwè se lèzòm k ap rann temwayaj pou Ou, lè sa a, kreyati sa a se nan ras Satan li soti san dout, e li se ènmi Mwen! Kidonk, temwayaj la enkontestab, li p ap janm chanje, e se sa Sentespri a konfime! Pèsonn pa gendwa chanje l konsa konsa, epi kèlkeswa moun ki fè sa, Mwen p ap padone l! Kòm lèzòm pa ka rann temwayaj pou Mwen, Mwen menm Mwen rann temwayaj pou moun Mwen ye a, epi moun pa dwe entèfere ak travay Mwen an! Sa yo se pawòl jijman ki sevè, epi chak moun dwe kenbe yo byen nan lespri yo!
Nou dwe byen reflechi sou chak detay nan sa Mwen di a epi fè atansyon ak yo. Pa trete pawòl Mwen yo yon fason neglijan, men koute yo ak anpil atansyon. Poukisa Mwen di premye pitit gason yo se moun Mwen ye a epi yo se yon pati endispansab nan wayòm Mwen an? Anvan tout epòk, nou te viv ansanm epi nou pa t janm separe. Akoz twoub Satan yo, aprè Mwen te enkane pou premye fwa a, Mwen te retounen Siyon. Apre sa, nou tout te vini nan mond lan, epi aprè Mwen fin ranpòte laviktwa nan dènye jou yo—sa vle di, aprè Mwen fin reprann nou nan lachè Satan te kowonp lan—M ap mennen nou tounen Siyon ankò pou moun Mwen ye a ka reyini ankò, pou nou pa janm separe ankò. Aprè sa, Mwen p ap enkane ankò, epi sètènman nou p ap soti nan kò Mwen. Sa vle di, aprè sa Mwen p ap kreye mond lan ankò, men Mwen ap rete ansanm ak premye pitit gason Mwen yo nan Siyon pou toutan, san nou pa janm separe, paske tout bagay ap fin fèt nèt, epi Mwen prèt pou M fini ak tout ansyen epòk la nèt. Se sèlman nan Siyon ki gen lavi nouvo syèl ak nouvo tè a, paske moun Mwen ye a egziste nan Siyon. P ap gen lòt nouvo syèl ni lòt nouvo tè ki egziste andeyò sa a. Mwen se nouvo syèl la, epi Mwen se nouvo tè a tou, paske moun Mwen ye a ranpli tout Siyon nèt. Nou ka di tou premye pitit gason Mwen yo se nouvo syèl la, premye pitit gason Mwen yo se nouvo tè a. Mwen menm ak premye pitit gason Mwen yo, nou fè yon sèl kò ki pa ka separe. Lè yo pale de Mwen, sa gen ladan l premye pitit gason yo tou, san mank, epi asireman Mwen p ap padone okenn moun ki eseye separe nou. Lè Mwen fè nasyon moun pa ka konte yo ak moun Mwen chwazi yo, yon kantite pèsonn pa ka konte, retounen devan twòn Mwen an, tout Satan yo pral wont nèt epi tout demon sal yo pral fè bak devan Mwen. Lè sa a, li sèten jistis pral egziste nan mitan moun Mwen chwazi yo, yon kantite pèsonn pa ka konte (sa vle di nan mitan pitit gason Mwen yo ak pèp Mwen an), epi li sèten p ap gen twoub Satan yo ankò nan mitan nasyon moun pa ka konte yo, paske Mwen pral gouvènen nasyon moun pa ka konte yo ak moun Mwen chwazi yo, yon kantite pèsonn pa ka konte, Mwen pral gen tout mond linivè a anba kontwòl Mwen, epi tout Satan yo pral ravaje nèt, y ap sibi yon defèt total, epi y ap resevwa pinisyon dekrè administratif Mwen yo.
Mwen ap kontinye ak travay Mwen an nan mitan moun Mwen chwazi yo, yon kantite pèsonn pa ka konte, men yo genyen sèlman ekleraj Lespri Mwen an, e pa gen pèsonn nan mitan yo ki kalifye pou devwale mistè Mwen yo, pèsonn pa kalifye pou eksprime Mwen. Se sèl Sila a ki soti nan Mwen an ki kalifye pou fè travay Mwen an—kanta pou rès yo, Mwen sèvi ak yo sèlman pou yon ti tan. Lespri Mwen p ap desann sou yon moun abitrèman, paske tout sa ki pou Mwen gen anpil valè. Lè Lespri Mwen desann sou yon moun ak lè Lespri Mwen ap travay nan yon moun se de bagay ki konplètman diferan. Lespri Mwen travay nan moun ki deyò Mwen, men Lespri Mwen desann sou Sila a ki soti nan Mwen an. Sa yo se de bagay ki pa gen okenn rapò youn ak lòt ditou. Paske Sila a ki soti nan Mwen an sen, men sa ki deyò Mwen yo pa sen, kèlkeswa jan yo ka bon. Lespri Mwen p ap desann sou yon moun konsa konsa. Moun pa ta dwe gen enkyetid. Mwen pa fè erè, epi Mwen sèten san pou san sou sa M ap fè a! Piske Mwen te rann temwayaj pou Li, asireman Mwen pral pwoteje Li tou; Sila a soti nan Mwen san dout epi Li endispansab pou moun Mwen ye a. Kidonk, Mwen espere moun yo lage pwòp konsepsyon pa yo ansanm ak nenpòt lide Satan ba yo, pou yo kwè tout pawòl Mwen yo se verite, epi pou yo pa gen okenn dout nan lespri yo. Sa a se manda Mwen bay limanite, egzòtasyon Mwen bay limanite. Tout moun dwe respekte bagay sa yo, tout moun dwe kite bagay sa yo konvenk yo nèt, epi chak moun dwe pran sa Mwen di kòm estanda a.
Se pa sèlman nan mitan nasyon moun pa ka konte yo ak moun Mwen chwazi yo, yon kantite pèsonn pa ka konte, Mwen pral lanse travay Mwen an, men anplis de sa, Mwen pral lanse travay Mwen toupatou nan tout mond linivè a, epi sa montre pi klè toujou jou pou Mwen retounen Siyon an pa lwen (paske sa nesesè pou Mwen retounen Siyon anvan Mwen kapab lanse travay la nan mitan moun Mwen chwazi yo, yon kantite pèsonn pa ka konte, epi nan tout mond linivè a). Èske gen yon moun ki ka konprann etap travay Mwen yo an pwofondè ansanm ak fason Mwen travay la? Rezon ki fè Mwen di Mwen pral rankontre etranje yo nan lespri a se paske sa pa ka fèt ditou nan lachè, epi Mwen pa vle riske tonbe nan danje yon dezyèm fwa. Se pou rezon sa yo Mwen kominye ak etranje yo nan lespri a. Sa ap fèt nan vrè mond espirityèl la, se pa nan yon mond espirityèl ki pa klè, jan moun sa yo[a] k ap viv nan lachè imajine l la. Sa Mwen pral di lè sa a ap diferan sèlman nan fason Mwen pale a, paske Mwen pral pale nan yon epòk ki diferan. Kidonk, Mwen ap raple limanite ankò e ankò pou yo fè atansyon ak fason Mwen pale a, epi Mwen raple limanite tou gen mistè nan sa Mwen di yo ke moun pa ka devwale. Men pèsonn pa konprann poukisa Mwen di bagay sa yo, epi se sèlman paske Mwen di nou sa jodi a ki fè nou kapab konprann yon ti kras, men toujou pa konplètman. Aprè faz sa a nan travay Mwen an, M ap enfòme nou etap pa etap. (Mwen toujou vle elimine kèk moun atravè sa, kidonk Mwen p ap di anyen pou kounye a.) Sa a se metòd pou pwochen etap nan travay Mwen an. Tout moun dwe fè atansyon epi wè aklè Mwen se Bondye Li menm ki saj la.
Nòt anba paj:
a. Tèks orijinal la pa genyen fraz « jan moun sa yo imajine l la ».