Chapit 116

Nan pawòl Mwen yo, gen anpil ki fè moun pè. Anpil nan pawòl Mwen yo fè moun tranble ak laperèz, e anpil nan pawòl Mwen yo fè moun soufri epi pèdi espwa; gen plis toujou ki lakòz moun peri. Pèsonn pa kapab konprann tout abondans pawòl Mwen yo ni byen konprann yo. Se sèlman lè Mwen di nou pawòl Mwen yo fraz apre fraz, epi Mwen fè yo manifeste devan nou, nou aprann sitiyasyon jeneral la, pandan nou toujou pa klè sou vrè aspè reyalite espesifik yo. Se poutèt sa, Mwen pral sèvi ak bagay reyèl pou revele tout pawòl Mwen yo, konsa sa ap pèmèt nou konprann pi byen. Lè nou konsidere fason Mwen pale, Mwen pa sèlman ap pale ak pawòl Mwen yo, men pi plis toujou, Mwen aji avèk pawòl Mwen yo; sa a se vrè sans « pawòl ak bagay reyèl ki fèt an menm tan ». Paske avèk Mwen, tout bagay lib, e tout bagay libere; se sou fondasyon sa a tout sa Mwen fè chaje ak sajès. Mwen pa pale san reflechi, e Mwen pa aji san reflechi. (Kit nan limanite oswa nan divinite, Mwen pale ak aji avèk sajès, paske limanite Mwen se yon pati nan Mwen ki pa ka separe ak Mwen.) Men, lè Mwen pale, pèsonn pa peye atansyon ak ton Mwen pale a; lè Mwen aji, pèsonn pa peye atansyon ak metòd Mwen fè travay Mwen. Sa a se feblès lòm. Mwen pral revele gwo pouvwa Mwen sou tout moun, pa sèlman sou premye pitit Mwen yo, men plis toujou, Mwen pral revele gwo pouvwa Mwen nan mitan bann ak pakèt nasyon yo ak pami bann ak pakèt pèp yo; se sèlman lè Mwen fè sa, li vin yon temwayaj pisan ki fè Satan wont. Mwen pa aji tankou yon moun san sajès. Pifò moun panse temwayaj Mwen bay pou premye pitit gason Mwen yo se yon erè; yo di gen lòt dye an deyò de Mwen, Mwen aji san sans, Mwen degrade tèt Mwen; e nan sa a, koripsyon lòm vin parèt pi klè toujou. Èske Mwen ta ka fè erè lè Mwen bay premye pitit gason Mwen yo temwayaj? Nou di Mwen nan erè, donk èske nou ka rann temwayaj? Si se pa t pou elevasyon Mwen ak temwayaj Mwen, nou t ap toujou pouse Pitit Mwen an anba pye nou, toujou trete Li avèk endiferans ki frèt, epi toujou trete Li tankou sèvitè nou. Nou menm bann bèt! Mwen pral debarase m de chak grenn nan nou youn apre lòt! Pèsonn p ap chape! Di Mwen, ki kalite bagay ki pa konpatib ak yon moun ki posede yon limanite nòmal? San dout, yo se bèt! Mwen tou senpleman pa kapab sipòte wè yo. Si Mwen te tann temwayaj nou, travay Mwen t ap deja anreta! Nou menm bann bèt! Nou senpleman pa gen okenn limanite ditou! Mwen pa bezwen ou rann sèvis pou Mwen! Sot la, kounye a! Ou fè entimidasyon epi maltrete Pitit Gason Mwen an pandan tout tan sa a; Mwen pral pilonnen ou jouk nou tounen pat! Gade sa k ap rive si ou ta oze aji tankou sovaj ankò; gade sa k ap rive si ou ta oze dezonore Mwen ankò! Mwen deja akonpli gwo travay Mwen an; Mwen ta dwe retounen epi debarase m de bann bèt sa yo.

Tout bagay akonpli nan men Mwen (lè se moun Mwen renmen yo ki konsène), e tout bagay detwi nan men Mwen tou (lè se bèt sa yo Mwen rayi, ansanm ak moun, evènman ak bagay Mwen rayi yo ki konsène). Mwen kite premye pitit gason Mwen yo wè tout sa Mwen pral fè, Mwen kite yo konprann li nèt epi, ladan l, wè tout sa Mwen te fè depi Mwen soti nan Siyon. Apre sa, nou pral antre ansanm sou mòn Siyon, antre nan plas kote nou te ye anvan tan lontan yo, epi kòmanse viv lavi nou ankò. Apati lè sa a, p ap gen okenn lòt kontak ankò ak monn nan ni ak bann bèt sa yo, men pral gen libète total; tout bagay ap san antrav e san okenn obstak. Ki moun ki oze reziste kont premye pitit gason Mwen yo? Ki moun ki oze kontinye opoze ak premye pitit gason Mwen yo? Sètènman, Mwen pap kite yo chape fasil konsa! Sepandan jan nou te gen krentif pou Mwen nan tan pase, se konsa nou dwe gen krentif pou premye pitit gason Mwen yo jodi a. Pa aji yon fason devan Mwen epi yon lòt fason dèyè Mwen; Mwen wè kijan chak moun ye ak yon klète san parèy. Pa rete fidèl ak Pitit Gason Mwen an se pa rete fidèl ak Mwen antanke pitit, e sa se yon reyalite ki evidan, paske Nou se yon sèl kò. Si yon moun byen aji avèk Mwen men li gen yon lòt atitid anvè premye pitit gason Mwen yo, san okenn dout, li se yon desandan tipik gwo dragon wouj la, paske li divize kò Kris la; peche sa a p ap janm kapab padone! Chak nan nou dwe wè sa: Se devwa nou pou rann temwayaj pou Mwen, e plis pase sa, se obligasyon nou pou rann temwayaj pou premye pitit gason Mwen yo. Okenn nan nou pa dwe evite responsablite li; Mwen pral debarase m imedyatman de nenpòt moun ki deranje sa! Pa panse ou se yon moun espesyal. Mwen di ou kounye a: Plis ou konsa, se plis ou pral vin sib pinisyon sevè Mwen an! Plis ou konsa, se plis ou san espwa, epi ou se yon pitit pèdisyon tou. Mwen pral pini ou pou toutan!

Tout travay Mwen fèt pèsonèlman pa Lespri Mwen, e Mwen pa pèmèt okenn moun ki soti nan menm ras ak Satan entèfere. Sa fèt pou evite deranje plan Mwen yo. Nan fen an, Mwen pral fè granmoun kou timoun leve epi fè lwanj pou Mwen ak pou premye pitit gason Mwen yo, fè lwanj pou bèl zèv Mwen yo, epi fè lwanj pou manifestasyon pèsonalite Mwen. Mwen pral fè son lwanj yo retanti nan tout linivè a ak rive jouk nan bout latè, souke mòn yo, rivyè yo ak tout bagay; e Mwen pral imilye Satan nèt. Mwen pral sèvi ak temwayaj Mwen pou detwi tout ansyen mond sa a ki sal e ki mechan, epi bati yon nouvo monn ki sen e ki san tach. (Lè Mwen di solèy la, lalin nan ak zetwal yo pap chanje alavni, Mwen pa vle di ansyen monn nan ap toujou egziste, men tout monn nan pral detwi epi nouvo monn nan pral ranplase ansyen monn nan. Mwen pa vle di Mwen pral ranplase linivè a.) Se sèlman lè sa a li pral yon monn ki ann akò ak entansyon Mwen yo; ladan l, p ap gen kalite opresyon ki genyen jodi a, ni fenomèn aktyèl kote moun ap eksplwate youn lòt. Okontrè, pral gen yon jistis konplè ak yon konduit ki rezonab nan mitan lachè. (Malgre Mwen di pral gen jistis konplè ak konduit rezonab, sa ap fèt nan lachè; li pral trè diferan ak wayòm Mwen an—diferans lan pral menm jan ak diferans ki genyen ant syèl la ak tè a; tou senpleman pa gen okenn fason pou konpare de bagay sa yo—apre tout bagay, mond lèzòm nan se mond lèzòm nan, e domèn espirityèl la se domèn espirityèl la.) Lè sa a, premye pitit gason Mwen yo ak Mwen pral egzèse jiridiksyon sou yon monn konsa (nan monn sa a, Satan pap deranje nou, paske Mwen pral fin debarase m de li nèt), men lavi nou ap toujou yon lavi wayòm nan, e pèsonn pa kapab nye sa. Pandan tout epòk ak jenerasyon yo, pa janm gen yon moun (kèlkeswa jan li fidèl) ki te fè eksperyans kalite lavi sa a, paske pandan tout jenerasyon yo, pa t gen pèsonn ki te aji kòm premye pitit gason Mwen an, epi yo pral toujou rann sèvis pou Mwen apre sa. Malgre moun sa yo ki rann sèvis yo fidèl, finalman yo se desandan Satan Mwen te konkeri yo; se poutèt sa, apre lanmò lachè a, yo toujou fèt ankò nan mond lèzòm nan pou rann sèvis pou Mwen; sa a se vrè sans « pitit yo toujou pitit, epi moun ki rann sèvis yo toujou desandan Satan ». Pandan tout jenerasyon yo, pèsonn pa konnen konbyen moun ki te rann sèvis pou premye pitit gason Mwen yo jodi a; pami tout moun ki rann sèvis yo, pèsonn pa ka kouri ale, e Mwen pral fè yo rann sèvis pou Mwen toutan. Lè nou konsidere nati yo, yo tout se pitit Satan, e yo tout reziste kont Mwen; e malgre yo rann sèvis pou Mwen, yo oblije fè sa, epi okenn ladan yo pa gen lòt chwa. Sa rive paske tout bagay anba kontwòl men Mwen, e moun ki rann sèvis Mwen itilize yo dwe rann pou Mwen jouk nan fen an. Se poutèt sa, toujou gen anpil moun jodi a ki gen menm nati ak pwofèt ak apot yo pandan tout jenerasyon yo, paske yo soti nan menm lespri a. Se poutèt sa, toujou gen anpil moun fidèl ki rann Mwen sèvis e ki travay toupatou pou Mwen, men finalman (pandan sis mil ane, yo te toujou ap rann Mwen sèvis san rete, se poutèt sa moun sa yo fè pati moun ki rann sèvis yo), pèsonn pa kapab jwenn sa moun nan tout jenerasyon yo te espere jwenn, paske sa Mwen prepare a pa pou yo.

Tout sa ki pou Mwen deja akonpli devan je yo; Mwen pral fè premye pitit Mwen yo retounen lakay Mwen epi retounen bò kote Mwen, pou nou reyini. Paske Mwen retounen nan triyonf ak viktwa e Mwen jwenn tout glwa, Mwen vini pou mennen nou tounen. Nan tan pase, gen kèk moun ki te predi “senk vyèj ki saj ak senk vyèj ki sòt”. Malgre prediksyon sa a pa egzak, li pa totalman enkòrèk nonplis—se poutèt sa, Mwen ka bay nou kèk eksplikasyon sou li. “Senk vyèj ki saj ak senk vyèj ki sòt”—yo tout pa reprezante yon kantite moun, ni yo tout pa reprezante yon kalite moun. “Senk vyèj ki saj” refere a yon kantite moun, epi “senk vyèj ki sòt” reprezante yon kalite moun, men okenn ladan yo pa refere ak premye pitit gason yo. Okontrè, yo reprezante kreyati yo. Se poutèt sa yo te mande yo prepare lwil nan dènye jou yo. (Kreyati yo pa posede kalib Mwen; si yo vle vin moun ki saj, yo bezwen prepare lwil, e konsa yo bezwen ekipe ak pawòl Mwen yo.) “Senk vyèj ki saj” reprezante pitit Mwen yo ak pèp Mwen an pami lèzòm Mwen te kreye yo. Yo rele yo “vyèj” paske Mwen genyen yo malgre yo fèt nan monn nan, e yon moun kapab rele yo sen. Se poutèt sa yo itilize tèm “vyèj” la pou yo. “Senk” yo mansyone pi wo a reprezante kantite pitit gason Mwen yo ak pèp Mwen an Mwen te predestine. “Senk” vyèj ki sòt refere a moun ki rann sèvis yo, paske yo rann sèvis pou Mwen san yo pa bay lavi a menm yon ti enpòtans, yo sèlman ap chèche bagay ekstèn (paske yo pa posede kalib Mwen, kèlkeswa sa yo fè, se yon bagay ekstèn li ye), epi yo pa kapab vin moun ki kalifye pou ede Mwen; se poutèt sa yo rele yo “vyèj ki sòt”. “Senk” yo mansyone pi wo a reprezante Satan, e lefètke yo rele yo “vyèj” vle di Mwen te konkeri yo epi yo kapab rann sèvis pou Mwen—men moun konsa pa sen, se poutèt sa yo rele yo moun ki rann sèvis.

Anvan: Chapit 115

Apre: Chapit 117

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger