Chapit 115

Poutèt ou, kè Mwen ap rejwi anpil; poutèt ou, men Mwen ap danse ak jwa, epi Mwen ap vide benediksyon san fen sou ou. Piske ou te soti nan Mwen anvan epòk kreyasyon an, jodi a ou dwe retounen bò kote Mwen, paske ou pa pou mond lan ni pou tè a, men ou se pou Mwen. Mwen ap renmen ou pou toutan, Mwen ap beni ou pou toutan, epi Mwen ap pwoteje ou pou toutan. Se sèlman moun ki soti nan Mwen ki konnen entansyon Mwen yo; se sèlman yo menm ki pral pran fado Mwen an konsiderasyon, epi se sèlman yo menm ki pral fè bagay Mwen vle fè yo. Jodi a, tout bagay deja akonpli depi byen lontan. Kè Mwen tankou yon boul dife; li anvi anpil pou pitit gason byenneme Mwen yo rasanble ansanm avèk Mwen talè konsa, epi pou moun Mwen ye a retounen nèt nan Siyon talè konsa. Ou gen yon sèten konesans sou sa. Malgre nou pa kapab rete youn bò kote lòt souvan nan lespri a, nou kapab souvan akonpaye youn lòt nan lespri a epi souvan rankontre nan lachè. Papa a ak pitit gason yo p ap janm separe; nou gen yon relasyon sere anpil. Pèsonn pa kapab wete ou bò kote Mwen jouk jou retou sou Mòn Siyon an. Mwen renmen tout premye pitit gason ki soti nan Mwen yo, epi Mwen rayi tout ènmi ki opoze ak Mwen yo. Mwen ap mennen moun Mwen renmen yo tounen nan Siyon epi jete moun Mwen rayi yo nan kote mò yo ye a, nan lanfè. Sa a se prensip prensipal nan tout dekrè administratif Mwen yo. Tout sa premye pitit gason Mwen yo di oswa fè se yon ekspresyon Lespri Mwen. Se avèk yon konpreyansyon klè sou sa tout moun dwe rann temwayaj sou premye pitit gason Mwen yo. Sa a se pwochen etap nan travay Mwen an, epi si nenpòt moun reziste, M ap fè pitit gason byenneme Mwen yo regle avè l. Kounye a bagay yo diferan ak anvan. Si moun Mwen renmen yo pwononse yon pawòl jijman, Satan mouri nan kote mò yo ye a imedyatman, paske Mwen deja bay premye pitit gason Mwen yo otorite. Sa vle di depi kounye a, lè a rive pou premye pitit gason Mwen yo ak Mwen menm egzèse pouvwa kòm wa ansanm. (Sa a se nan etap lachè a, ki yon ti jan diferan de egzèse pouvwa kòm wa ansanm nan kò a.) Nenpòt moun ki rebèl nan panse li ap sibi menm sò ak moun ki reziste kont moun Mwen ye a. Yo ta dwe trete premye pitit gason Mwen yo menm jan yo trete Mwen, paske nou fè yon sèl kò epi yo pa kapab janm separe nou. Menm jan yo te rann temwayaj pou Mwen nan lepase, jodi a yo ta dwe rann temwayaj sou premye pitit gason Mwen yo menm jan an. Sa a se youn nan dekrè administratif Mwen yo; tout moun dwe leve kanpe pou rann temwayaj.

Wayòm Mwen an rive jis nan dènye bout tè a, epi premye pitit gason Mwen yo vwayaje jis nan dènye bout tè a avèk Mwen. Poutèt obstak lachè nou mete yo, gen anpil pawòl nou pa konprann, malgre Mwen te di yo, kidonk pi gwo pati nan travay la dwe akonpli apre retou nan Siyon an. Nou kapab wè nan pawòl Mwen yo retou sa a pa lwen ditou—an reyalite, moman an prèske rive. Se poutèt sa M ap pale de Siyon ak zafè ki nan Siyon yo ankò e ankò. Èske nou konnen ki objektif pawòl Mwen yo ye? Èske nou konnen sa ki nan kè Mwen? Kè Mwen anvi anpil pou Mwen retounen nan Siyon talè konsa, pou mete fen nan ansyen epòk la nèt, pou mete fen nan lavi nou sou tè a (paske Mwen gen degoutans pou moun, evènman, ak bagay ki sou tè a, epi Mwen gen plis degoutans toujou pou lavi nan lachè a; obstak lachè yo gran anpil, epi se sèlman apre retou nan Siyon an tout bagay ap pwospere), epi pou retabli lavi nou nan wayòm nan. Objektif premye enkanasyon Mwen an se te pou poze fondasyon pou dezyèm enkanasyon Mwen an. Sa a se te sèl fason an. Se sèlman lè Mwen te lage tèt Mwen nèt bay Satan Mwen te kapab rachte nou, pou nou kapab retounen nan kò Mwen pandan dènye etap la. (Si se pa t pou premye enkanasyon Mwen an, Mwen pa t ap kapab jwenn glwa, epi Mwen pa t ap kapab repran ofrann pou peche a, kidonk nou t ap vin nan mond lan kòm pechè.) Paske Mwen gen yon sajès ki san limit, piske Mwen te mennen nou soti nan Siyon, Mwen sèten Mwen kapab mennen nou tounen nan Siyon ankò. Kèlkeswa jan Satan eseye bloke wout la, sa p ap gen okenn efè, paske gwo travay Mwen an deja akonpli depi byen lontan. Premye pitit gason Mwen yo menm jan ak Mwen—yo sen epi yo san melanj, kidonk Mwen ap toujou retounen nan Siyon ak premye pitit gason Mwen yo, epi nou p ap janm separe.

Tout plan jesyon Mwen an ap devwale tikras pa tikras ba nou. Mwen kòmanse reyalize travay Mwen nan yon pakèt nasyon epi nan mitan yon pakèt moun Mwen chwazi Sa pwouve plis toujou ke retou Mwen nan Siyon an pa twò lwen, paske reyalize travay Mwen nan yon pakèt nasyon epi nan mitan yon pakèt nan moun Mwen chwazi yo se yon bagay ki gen pou fèt aprè Mwen fin retounen nan Siyon. M ap mache pi vit toujou. (Piske jou pou Mwen retounen nan Siyon an ap pwoche, Mwen vle fini travay Mwen sou tè a anvan Mwen retounen.) Travay Mwen ap vin pi chaje toujou, epoutan travay pou Mwen fè sou tè a ap vin pi piti de jou an jou—prèske pa gen ditou. (Lè Mwen di travay Mwen ap vin pi chaje, se travay nan Lespri a Mwen vle di, yon travay moun pa kapab wè ak je yo men yo kapab konprann sèlman nan pawòl Mwen yo; sa pa vle di Mwen okipe nan lachè a, men se dispozisyon Mwen pran pou anpil travay.) Sa a se paske, jan Mwen te di l la, travay Mwen sou tè a deja fini nèt, epi rès travay Mwen dwe tann jiskaske Mwen retounen nan Siyon. (Rezon ki fè Mwen dwe retounen nan Siyon pou Mwen travay sèke li enposib pou travay k ap vini yo fèt nan lachè a, e si travay sa a ta fèt nan lachè a, sa t ap dezonore non Mwen.) Lè Mwen bat ènmi Mwen yo epi Mwen retounen nan Siyon, lavi ap pi bèl epi ap gen plis lapè pase lavi anvan epòk yo. (Sa fèt konsa paske Mwen gen laviktwa nèt sou mond lan, epi grasa premye enkanasyon Mwen ak dezyèm enkanasyon Mwen an, Mwen jwenn yon glwa ki konplè. Nan premye enkanasyon Mwen an, Mwen te jwenn sèlman yon pati nan glwa Mwen, men nan dezyèm enkanasyon Mwen an, moun Mwen ye a jwenn glwa nèt, kidonk pa gen okenn posiblite ankò pou Satan pwofite. Se poutèt sa, nan lavni lavi nan Siyon ap pi bèl toujou epi ap gen plis lapè.) Moun Mwen ye a ap parèt avèk plis glwa devan mond lan epi devan Satan yon fason pou Mwen ka imilye gwo dragon wouj la; sa a se sant tout sajès Mwen. Plis Mwen pale de bagay ki parèt deyò, se plis nou kapab konprann; plis Mwen pale de bagay ki nan Siyon yo moun pa kapab wè, se plis n ap panse bagay sa yo vid, epi se plis l ap difisil pou nou imajine yo; n ap panse Mwen ap rakonte ti istwa moun envante. Sepandan, nou dwe veyatif. Pa gen okenn pawòl vid ki soti nan bouch Mwen; pawòl ki soti nan bouch Mwen yo merite konfyans nou. Tout sa yo se verite absoli, malgre li difisil pou nou konprann sa daprè fason n ap panse. (Akòz limit lachè a genyen, lèzòm pa kapab konprann sa Mwen di a nèt e an pwofondè, epi Mwen pa devwale nèt anpil nan bagay Mwen te di yo. Epoutan, lè nou retounen nan Siyon, nou ap konprann natirèlman san Mwen pa bezwen esplike nou.) Nou pa dwe pran sa alalejè.

Malgre lachè a ak konsepsyon moun genyen yo gen limit, M ap toujou amelyore panse lachè nou yo epi M ap kontrekare konsepsyon nou yo grasa mistè ki devwale yo, paske, jan Mwen di l plizyè fwa, sa a se yon etap nan travay Mwen. (Travay sa a p ap sispann jiskaske antre nan Siyon an fèt.) Gen yon « Mòn Siyon » nan lespri chak moun, epi li diferan pou tout moun. Piske Mwen kontinye ap mansyone Mòn Siyon, M ap ban nou kèk enfòmasyon jeneral sou li, yon fason pou nou kapab konnen yon ti kras sou li. Lè ou sou Mòn Siyon, sa vle di ou retounen nan mond espirityèl la. Menmsi li refere a mond espirityèl la, se pa yon kote moun pa kapab wè oswa manyen; sa gen rapò ak kò a. Paske lè kò a parèt, li gen fòm ak imaj, epi lè li pa parèt, li pa gen ni fòm ni imaj, kidonk li pa envizib nèt ni li pa yon bagay ki entouchab nèt. Sou Mòn Siyon, p ap gen okenn enkyetid pou manje, rad, bezwen chak jou oswa kote pou rete, ni p ap gen maryaj oswa fanmi, epi p ap gen separasyon fi ak gason (tout moun ki sou Mòn Siyon yo se moun Mwen ye a, nan yon sèl kò, kidonk pa gen maryaj, fanmi, oswa separasyon fi ak gason), epi tout sa moun Mwen ye a di ap akonpli. Lè moun yo pa vijilan, moun Mwen ye a ap parèt nan mitan yo, epi lè moun yo pa fè atansyon, moun Mwen ye a ap disparèt. (Sa a se yon bagay moun ki gen kò ak san pa kapab reyalize, kidonk li difisil pou nou imajine l kounye a.) Nan lavni, ap toujou gen yon solèy, yon lalin, ansanm ak yon syèl ak yon tè fizik, men poutèt moun Mwen ye a ap nan Siyon, p ap gen gwo chalè solèy, p ap gen lajounen, epi p ap gen soufrans akoz dezas natirèl. Lè Mwen te di, « Nou p ap bezwen limyè balèn ni limyè solèy la paske Bondye ap ban nou limyè », Mwen t ap pale de zafè nan Siyon yo. Daprè konsepsyon moun genyen, tout bagay nan linivè dwe detwi, epi tout moun dwe viv nan limyè Mwen an. Yo panse sa a se vrè siyifikasyon pawòl sa yo ki di, « nou p ap bezwen limyè balèn ni limyè solèy la paske Bondye ap ban nou limyè », men an reyalite, sa a se yon fo entèpretasyon. Lè Mwen te di « chak mwa, pyebwa a ap bay douz kalite fwi », Mwen t ap pale de zafè nan Siyon yo. Fraz sa a reprezante tout kondisyon lavi nan Siyon an. Nan Siyon, p ap gen limit pou tan, ni p ap gen limit jewografik ak limit espas. Se poutèt sa Mwen te di « chak mwa ». « Douz kalite fwi » pa reprezante konpòtman n ap viv jodi a; men okontrè, sa vle di lavi ki gen libète nan Siyon an. Fraz sa a se yon rezime lavi nan Siyon. Lè nou konsidere sa, nou kapab wè lavi nan Siyon ap rich epi l ap gen anpil varyete (paske la a, « douz » vle di plenitid). Se ap yon lavi san lapenn epi san dlo nan je, epi p ap gen moun k ap devore oswa oprime youn lòt, kidonk tout moun ap jwenn libète epi y ap libere. Sa fèt konsa paske tout bagay egziste anndan moun Mwen ye a, okenn moun pa kapab separe yo, epi tout bagay ap tankou yon bèl sèn k ap toujou renouvle. Se ap yon epòk kote tout bagay pare, ansanm ak kòmansman lavi nou aprè nou retounen nan Siyon.

Malgre travay Mwen sou tè a fini nèt, Mwen toujou bezwen premye pitit gason Mwen yo travay sou tè a, kidonk Mwen poko kapab retounen nan Siyon. Mwen pa kapab retounen nan Siyon poukont Mwen. Mwen ap retounen nan Siyon ansanm ak premye pitit gason Mwen yo aprè yo fini travay yo sou tè a. Se sèlman sa ki ka rele jwenn glwa ansanm, epi se sèlman sa ki se manifestasyon konplè moun Mwen ye a. (Mwen di travay premye pitit gason Mwen yo sou tè a poko fini paske premye pitit gason Mwen yo poko devwale. Moun k ap rann sèvis yo ki fidèl e ki onèt dwe kontinye fè travay sa a.)

Anvan: Chapit 114

Apre: Chapit 116

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger