Chapit 114
Mwen te kreye mond linivè a; Mwen te fè mòn yo, rivyè yo, ak tout bagay; Mwen te kreye linivè a ak dènye bout tè a; Mwen te dirije pitit gason Mwen yo ak pèp Mwen an; Mwen te kòmande tout bagay ak tout evènman yo. Kounye a, Mwen pral mennen premye pitit gason Mwen yo tounen sou Mòn Siyon Mwen an, pou retounen kote Mwen rete a, e sa pral dènye etap nan travay Mwen an. Tout sa Mwen te akonpli (tout sa ki te fèt depi epòk kreyasyon an jiska jodi a) se te pou etap travay Mwen an jodi a, epi pi plis toujou, se pou rèy demen an, pou wayòm demen an, epi pou Mwen ak premye pitit gason Mwen yo kapab genyen yon jwisans etènèl. Se pou sa Mwen te kreye tout bagay, epi se sa Mwen pral akonpli finalman atravè kreyasyon Mwen an. Genyen yon objektif ak yon plan nan sa Mwen di ak fè; pa gen anyen ki fèt san plan. Malgre Mwen di avèk Mwen tout bagay se libète ak liberasyon, poutan tout sa Mwen fè baze sou prensip, tout sa Mwen akonpli fonde sou sajès Mwen ak dispozisyon Mwen. Èske nou gen okenn konpreyansyon sou sa? Depi epòk kreyasyon an jiska jodi a, anwetan premye pitit gason Mwen yo, pa gen pèsonn ki rive konnen Mwen, epi pa gen pèsonn ki wè vrè vizaj Mwen. Eksepsyon sa a Mwen fè pou premye pitit gason Mwen yo se paske nan esans yo menm, yo se yon pati nan moun Mwen ye a.
Lè Mwen te kreye mond lan, Mwen te separe lòm an kat kategori selon ran yo, dapre egzijans Mwen yo, ki se: pitit gason Mwen yo, pèp Mwen an, sila yo ki ap rann sèvis, ak sila yo ki pral peri. Pou ki sa premye pitit gason Mwen yo pa enkli nan lis sa a? Se paske premye pitit gason Mwen yo se pa kreyati yo ye; yo soti nan Mwen, epi yo pa fè pati limanite. Mwen te pran dispozisyon pou premye pitit gason Mwen yo anvan Mwen te vin nan lachè; nan ki fanmi yo t ap fèt ak moun ki t ap la pou sèvi yo—tout bagay sa yo se Mwen ki te planifye yo. Mwen te planifye tou kiyès ladan yo Mwen t ap repran epi nan ki moman. Finalman, nou pral retounen ansanm nan Siyon. Tout sa te planifye anvan kreyasyon an, kidonk pa gen okenn moun ki konnen anyen sou sa epi li pa anrejistre nan okenn liv, paske sa yo se zafè Siyon. Anplis de sa, lè Mwen te vin nan lachè, Mwen pa te bay lòm fakilte sa a, e se poutèt sa pa gen moun ki te konnen bagay sa yo. Lè nou retounen nan Siyon, n ap konnen kòman nou te ye nan tan lontan, kòman nou ye kounye a, ak ki sa nou te fè nan lavi sa a. Pou kounye a M ap senpman di nou bagay sa yo aklè epi ti kal pa ti kal, sinon nou pa t ap konprann, kèlkeswa valè efò nou ta fè, epi nou t ap deranje jesyon Mwen an. Jodi a, malgre Mwen separe ak pi fò premye pitit gason Mwen yo nan lachè, nou se yon sèl Lespri, epi malgre aparans fizik nou kapab diferan, nou se yon sèl Lespri depi nan kòmansman jiska lafen. Sepandan, desandan Satan yo pa dwe sèvi ak sa tankou yon opòtinite pou yo pwofite. Kèlkeswa jan ou degize tèt ou, sa rete sipèfisyèl, epi Mwen p ap apwouve sa. Kidonk, yon moun kapab wè nan sa a, ke moun ki konsantre sou sa ki sipèfisyèl epi sou imite Mwen sou deyò, se san pou san Satan yo ye. Paske lespri yo diferan epi yo pa fè pati moun Mwen renmen yo, kèlkeswa jan yo imite Mwen, yo pa sanble ak Mwen nan anyen. Anplis de sa, paske premye pitit gason Mwen yo esansyèlman gen menm Lespri avèk Mwen, menmsi yo pa imite Mwen, yo pale epi aji menm jan avèk Mwen, epi yo tout onèt, san malis, e ouvè. (Sila yo ki manke sajès yo manke l paske eksperyans yo genyen nan mond lan limite, e se poutèt sa mank sajès pa yon defo lakay premye pitit gason Mwen yo; lè yo retounen nan kò a, tout bagay pral anfòm.) Konsa, se poutèt rezon ki esplike pi wo a ki fè pi fò moun toujou pa chanje ansyen nati yo kèlkeswa jan Mwen netwaye yo. Epoutan, premye pitit gason Mwen yo kadre ak entansyon Mwen yo san Mwen pa bezwen netwaye yo. Se paske nou se yon sèl Lespri. Yo santi yon volonte nan lespri yo, pou yo depanse tèt yo totalman pou Mwen. Kidonk, apa premye pitit gason Mwen yo, pa gen pèsonn ki pran entansyon Mwen yo an konsiderasyon toutbon e avèk senserite; se sèlman apre Mwen fin domine sou Satan yo dispoze rann Mwen sèvis.
Sajès Mwen ak premye pitit gason Mwen yo kanpe pi wo pase tout bagay epi yo ranpòte laviktwa sou tout bagay, e pa gen anyen, ni okenn moun, ni okenn evènman ki oze bare yo. Anplis de sa, pa gen okenn moun, evènman, oswa bagay ki kapab ranpòte laviktwa sou yo, epi okontrè yo tout soumèt avèk obeyisans devan moun Mwen ye a. Se yon reyalite k ap fèt devan je moun, yon reyalite Mwen deja fè rive. Nenpòt moun ki pèsiste nan dezobeyisans (lè m di moun ki dezobeyisan yo, se toujou Satan yo mwen vle di, epi moun Satan posede yo se Satan yo ye san okenn dout), asireman Mwen ap detwi yo nèt, ni rasin ni branch, yon fason pou pa genyen okenn pwoblèm alavni; yo ap mouri imedyatman anba chatiman Mwen. Kalite Satan sa yo se sila yo ki pa dispoze rann Mwen sèvis. Bagay sa yo te toujou fè tèt di nan opoze ak Mwen depi kreyasyon an, epi jodi a yo pèsiste nan dezobeyi Mwen. (Moun pa kapab wè sa paske se senpman yon kesyon ki konsène lespri a. Kalite moun sa a reprezante kalite Satan sa a.) Mwen ap detwi yo an premye anvan tout lòt bagay pare, pou yo sibi yon pinisyon sevè kòm disiplin pou tout tan. (“Detwi” la a pa vle di “fè yo pa egziste ankò”, men li pito montre nan ki pwen yo pral trete yo san pitye. Mo “detwi” la a diferan ak mo “peri” yo itilize pou moun ki pral peri yo.) Yo pral kriye epi manje dan yo pou tout tan gen tan, san okenn finisman. Lòm pa kapab imajine sèn sa a ditou. Avèk fason moun mòtèl panse a, yo pa kapab konsevwa bagay espirityèl yo, e se poutèt sa gen lòt bagay ankò n ap konprann plis sèlman apre nou fin retounen nan Siyon.
Nan kay Mwen pral genyen an, p ap gen pèsonn anwetan premye pitit gason Mwen yo avèk Mwen, e se sèlman nan moman sa a Mwen ap atenn objektif Mwen epi plan Mwen an ap reyisi nèt, paske tout bagay pral retounen nan eta orijinal yo epi yon lòt fwa ankò tout bagay pral klase selon kategori pa yo. Premye pitit gason Mwen yo pral pou Mwen, pitit gason Mwen yo ak pèp Mwen an pral fè pati kreyati yo, epi moun k ap fè sèvis yo ak sila yo ki peri yo pral pou Satan. Apre Mwen fin jije mond lan, Mwen menm ak premye pitit gason Mwen yo pral kòmanse lavi diven an yon lòt fwa ankò, epi yo p ap janm kite Mwen epi yo ap toujou ansanm avèk Mwen. Tout mistè lespri moun kapab konprann pral devwale ban nou ti kras pa ti kras. Atravè epòk yo, te gen yon kantite moun ou pa ka konte ki te mouri mati poutèt Mwen, ki te ofri tèt yo totalman ban Mwen, men moun se kreyati apretou, e kèlkeswa jan yo bon, yo pa kapab klase kòm Bondye; se konsa bagay yo dwe pase, e pa gen pèsonn ki kapab chanje sa. Apretou, Bondye se Sila a ki kreye tout bagay, alòske moun se kreyati yo ye, epi Satan, apretou, se sib destriksyon Mwen epi li se lènmi Mwen—sa a se siyifikasyon ki pi jis pou pawòl ki di “menmsi mòn yo ak rivyè yo kapab deplase epi chanje, nati yon moun li menm p ap chanje”. Rive nan eta sa a ak nan etap sa a kounye a, se yon siy ki deja montre Mwen menm ak premye pitit gason Mwen yo pral antre nan repo. Sa fèt konsa paske travay Mwen nan mond lan fin akonpli nèt, epi pwochen etap travay Mwen an pral mande pou Mwen retounen nan kò a pou Mwen fin akonpli l. Sa yo se etap travay Mwen yo, etap Mwen te planifye depi lontan. Fòk nou wè pwen sa a byen klè, san sa pi fò moun pral vyole dekrè admnistratif Mwen yo.