Chapit 113
Sajès Mwen prezan nan chak aksyon Mwen fè, men lòm pa kapab konprann sa ditou; lòm kapab sèlman wè aksyon Mwen ak pawòl Mwen yo, men li pa kapab wè glwa Mwen ni aparans moun Mwen ye a, paske lòm pa gen kapasite sa a ditou. Kidonk, san Mwen pa fè okenn chanjman nan lòm, Mwen menm ak premye pitit gason Mwen yo ap retounen nan Siyon epi n ap transfigire tèt nou, yon fason pou lòm kapab wè sajès Mwen ak tout pisans Mwen. Sajès Mwen ak tout pouvwa Mwen ke lòm wè kounye a, se jis yon ti pati nan glwa Mwen—sa pa menm vo lapenn pou pale de sa. Apati sa a, sa montre aklè sajès Mwen ak glwa Mwen pa gen limit epi yo twò pwofon pou mezire, e lespri lòm pa kapab ni reflechi sou sa ni konprann sa ditou. Konstriksyon wayòm nan se devwa premye pitit gason yo, e sa se travay Mwen tou. Sa vle di, se yon eleman nan plan jesyon Mwen an. Konstriksyon wayòm nan pa menm bagay ak konstriksyon legliz la; piske premye pitit gason Mwen yo ak Mwen menm se moun Mwen ye a epi nou se wayòm nan, kidonk lè Mwen menm ak premye pitit gason Mwen yo antre sou Mòn Siyon, wayòm nan ap fin konstwi. Yon lòt fason pou di nou di sa, konstriksyon wayòm nan se yon travay ki fèt nan yon sèl etap—etap pou antre nan mond espirityèl la. (Sepandan, tout sa Mwen fè depi kreyasyon mond lan se te pou etap sa a. Menm si Mwen di se yon etap, an reyalite, se pa yon etap ditou.) Konsa, Mwen sèvi ak tout moun k ap bay sèvis yo pou yo fè sèvis pou etap sa a, e kòm rezilta, pandan dènye jou yo, ap gen yon gwo kantite moun ki pral retire kò yo; yo tout ap rann premye pitit gason yo. Nenpòt moun ki montre bonte anvè moun k ap bay sèvis sa yo ap mouri anba madichon Mwen yo. (Tout moun k ap bay sèvis yo reprezante konplo gwo dragon wouj la epi yo tout se sèvitè Satan, kidonk moun ki montre bonte anvè yo se konplis gwo dragon wouj la e yo se pou Satan.) Mwen renmen tout sa Mwen renmen, e Mwen rayi tout sa ki sibi madichon ak flanm dife Mwen yo. Èske nou menm tou nou kapab fè sa? Mwen p ap kite moun ki opoze avèk Mwen yo ale fasil, e sètènman Mwen p ap epanye yo non plis! Nan chak bagay Mwen fè, Mwen fè aranjman pou yon gwo kantite moun k ap bay sèvis yo vin sèvi Mwen. Konsa, nou kapab wè tout pwofèt ak apot ki te egziste nan jenerasyon pase yo te jis ap rann sèvis pou etap jodi a; yo pa ann akò ak entansyon Mwen yo epi yo pa soti nan Mwen. (Malgre pifò nan yo lwayal avèk Mwen, pa gen youn ki pou Mwen. Konsa, kouri monte desann yo a poze fondasyon dènye etap sa a pou Mwen; men, pou yo menm pèsonèlman, tout efò sa yo pa sèvi anyen.) Se poutèt sa, pandan dènye jou yo, pral gen gwo kantite moun toujou k ap fè bak. (Rezon ki fè Mwen di “gwo kantite” a se paske plan jesyon Mwen an rive nan bout li, konstriksyon wayòm Mwen an reyisi, epi premye pitit gason yo chita sou twòn nan.) Tout sa se akòz aparisyon premye pitit gason yo. Paske premye pitit gason yo parèt, gwo dragon wouj la eseye tout mwayen posib pou l fè dega epi li itilize tout mwayen li. Li voye tout kalite move lespri ki vini pou sèvi Mwen, lespri sa yo montre vrè koulè yo nan peryòd aktyèl la, epi yo eseye deranje jesyon Mwen an. Moun pa kapab wè bagay sa yo ak je toutouni yo; yo tout se bagay nan mond espirityèl la. Kidonk, moun yo pa kwè pral gen yon gwo kantite moun k ap fè bak; poutan men Mwen konnen sa Mwen ap fè, Mwen konprann jesyon Mwen an; sa se rezon pou pa kite lòm mele ladan l. (Yon jou ap rive kote tout kalite move lespri mechan ap devwale vrè nati yo, epi tout moun pral konvenki nèt.)
Mwen renmen premye pitit gason Mwen yo, men moun ki se desandan gwo dragon wouj la epi ki renmen Mwen avèk anpil senserite yo, Mwen pa renmen yo ditou; an reyalite, Mwen rayi yo pi plis toujou. (Mwen pa chwazi moun sa yo, epi malgre yo montre yo gen bon entansyon e yo di bèl pawòl, tout sa se yon konplo gwo dragon wouj la, e se poutèt sa Mwen rayi yo jouk nan mwèl zo Mwen.) Sa se dispozisyon Mwen, epi sa se jistis Mwen an antye. Lòm pa kapab konprann li ditou. Poukisa tout jistis Mwen revele isit la a? Apati de sa a, yon moun kapab wè dispozisyon sen Mwen an ke yo pa dwe ofanse. Mwen kapab renmen premye pitit gason Mwen yo epi rayi tout moun ki pa premye pitit gason Mwen yo (menm si yo se moun ki lwayal). Sa se dispozisyon Mwen. Èske nou pa kapab wè li klè? Nan nosyon moun yo, Mwen toujou yon Bondye ki gen mizèrikòd, e Mwen renmen tout moun ki renmen Mwen; èske sa se pa yon blasfèm kont Mwen? Èske Mwen kapab renmen bèf ak chwal? Èske Mwen kapab pran yon Satan kòm premye pitit gason Mwen epi pran plezi nan sa? Bagay san sans! Travay Mwen an fèt sou premye pitit gason Mwen yo, epi apa premye pitit gason Mwen yo, Mwen pa gen anyen lòt pou Mwen renmen. (Lòt pitit gason yo ak pèp la se yon bagay anplis, men yo pa enpòtan.) Moun yo di Mwen te konn fè yon pakèt travay ki pa t itil anyen, men nan je pa Mwen, travay sa a te, an reyalite, travay ki te gen plis valè a, epi ki te gen plis siyifikasyon an. (Sa fè referans ak travay ki te fèt pandan de enkanasyon yo; paske Mwen vle revele gwo pouvwa Mwen, Mwen dwe vin nan lachè pou Mwen akonpli travay Mwen an.) Rezon ki fè Mwen di Lespri Mwen vini travay pèsonèlman an, se paske travay Mwen an akonpli nan lachè. Sa vle di, Mwen menm ak premye pitit gason Mwen yo kòmanse antre nan repo. Gè kont Satan nan lachè a pi rèd pase gè kont Satan nan mond espirityèl la; tout moun kapab wè l, kidonk menm desandan Satan yo kapab rann bèl temwayaj pou Mwen, epi yo pa vle ale; sa se menm ki siyifikasyon travay Mwen fè nan lachè a. Se sitou pou fè desandan dyab yo dezonore menm dyab sa yo; sa se pi gwo wont yo ka fè dyab yo ak Satan sibi—li kite yo san okenn kote pou yo kache wont yo, pandan y ap sipliye Mwen plizyè fwa pou mizèrikòd. Mwen genyen, Mwen ranpòte laviktwa sou tout bagay, Mwen travèse twazyèm syèl la epi Mwen rive sou Mòn Siyon pou Mwen ka jwi bonè fanmi ansanm ak premye pitit gason Mwen yo, pou M rete plonje pou toutan nan gwo festen wayòm syèl la!
Pou premye pitit gason yo, Mwen peye tout pri epi Mwen bay tout efò, enèji ak sakrifis Mwen. (Lòm jis pa konnen tout sa Mwen fè, tout sa Mwen di, lefètke Mwen wè klè tout kalite move lespri, ak lefètke Mwen mete deyò tout kalite moun k ap rann sèvis—tout sa se te pou byen premye pitit gason yo.) Men, nan anpil nan travay Mwen yo, aranjman Mwen an fèt nan lòd epi li pa fèt yon fason avèg ditou. Nan pawòl Mwen yo chak jou, nou ta dwe kapab wè metòd travay Mwen an ak etap li yo; nan aksyon Mwen yo chak jou, nou ta dwe wè sajès Mwen ak prensip Mwen yo nan fason Mwen ap jere bagay yo. Jan Mwen te di a, Satan voye moun k ap rann Mwen sèvis nan objektif pou deranje jesyon Mwen an. Moun sa yo k ap bay sèvis yo se move zèb, epoutan mo “ble” a pa fè referans ak premye pitit gason yo, men ak tout pitit gason yo ak tout pèp Mwen an ki pa premye pitit gason yo. “Ble ap toujou rete ble, move zèb ap toujou rete move zèb”; sa vle di nati moun ki pou Satan yo pa ka janm chanje. Kidonk, an rezime, yo rete Satan. “Ble” a fè referans ak pitit gason yo ak pèp la, paske Mwen te mete kalib Mwen nan moun sa yo anvan kreyasyon mond lan. Mwen deja di nati lòm pa chanje, e se poutèt sa ble ap toujou rete ble. Kidonk, kisa premye pitit gason yo ye menm? Premye pitit gason yo soti nan Mwen; se pa Mwen ki kreye yo, kidonk yo pa kapab rele ble. (Sa fèt konsa paske chak fwa yo pale de ble, sa toujou konekte ak mo “simen” an, e “simen” vle di “kreye”; Satan simen tout move zèb yo nan mitan ble a, pou yo kapab aji kòm moun k ap bay sèvis.) Yon moun kapab sèlman di premye pitit gason yo se manifestasyon total ak abondan moun Mwen ye a; yo ta dwe itilize pito “lò, ajan ak pyè presye”. Sa gen rapò ak lefètke vini Mwen an se tankou vini yon vòlè, epi Mwen vini pou vòlè lò, ajan ak pyè presye (paske lò, ajan, ak pyè presye sa yo te pou Mwen okòmansman, epi Mwen vle pote yo tounen lakay Mwen). Lè premye pitit gason yo ak Mwen retounen ansanm nan Siyon, Mwen pral fin vòlè lò, ajan, ansanm ak pyè presye sa yo. Pandan tan sa a, Satan pral kreye obstak ak twoub, epi konsa Mwen pral pran lò, ajan, ak pyè presye yo epi Mwen pral lanse yon batay desizif kont Satan. (Isit la a, Mwen sètènman p ap rakonte yon istwa; sa se yon evènman nan mond espirityèl la, kidonk moun pa klè ditou sou sa, epi yo kapab sèlman tande sa tankou yon istwa. Men nou dwe wè apati pawòl Mwen yo kisa travay plan jesyon sis mil ane Mwen an ye, epi nou pa dwe pran sa tankou yon blag ditou. Sinon, Lespri Mwen ap kite tout moun.) Jodi a, batay sa a fini nèt, epi Mwen ap mennen premye pitit gason Mwen yo (k ap pote lò, ajan, ak pyè presye ki pou Mwen yo) ansanm avèk Mwen tounen sou Mòn Siyon Mwen an. Akoz rate lò, ajan, ak pyè presye yo, epi akoz valè yo genyen, Satan eseye tout mwayen posib pou li pran yo ak fòs, men Mwen di san rete sa ki soti nan Mwen dwe retounen vin jwenn Mwen, epi sans pawòl sa a mansyone pi wo a. Lè Mwen di premye pitit gason yo soti nan Mwen epi yo se pou Mwen an, se yon deklarasyon Mwen fè bay Satan. Pèsonn pa konprann sa, epi li se yon evènman ki totalman nan mond espirityèl la. Kidonk, lòm pa konprann poukisa Mwen mete aksan plizyè fwa sou lefètke premye pitit gason yo se pou Mwen; jodi a, nou dwe konprann sa! Mwen te di pawòl Mwen yo genyen objektif ak sajès nan yo, men nou konprann sa sèlman nan sans ki deyò a—pa gen yon sèl moun ki kapab wè sa klè nan lespri a.
Mwen pale pi plis toujou, epi plis Mwen ap pale, se plis pawòl Mwen yo vin sevè. Lè sa rive nan yon sèten nivo, Mwen pral sèvi ak pawòl Mwen yo pou Mwen travay moun yo nan yon nivo, pou pa sèlman konvenk moun yo nèt, men sa ki pi enpòtan, pou fè yo rete ant lavi ak lanmò; sa se metòd travay Mwen an ak etap travay Mwen yo. Li dwe fèt konsa pou fè Satan wont epi poupremye pitit gason yo ka vin konplè (lè Mwen itilize pawòl Mwen yo pou finalman pèfeksyone premye pitit gason yo, pou pèmèt yo libere anba lachè epi antre nan mond espirityèl la). Lòm pa konprann metòd ak ton pawòl Mwen yo. Eksplikasyon Mwen an ta dwe pote kèk klète pou nou tout, epi nou tout ta dwe swiv pawòl Mwen yo pou nou fè travay nou dwe fè a. Se sa Mwen konfye nou an. Nou dwe konsyan de sa, epi pa sèlman nan mond deyò a, men sa ki pi enpòtan an, nan mond espirityèl la.