Chapit 112
Lefètke “pawòl ak reyalite yo rive an menm tan” an se yon pati nan dispozisyon dwat Mwen an. Apati pawòl sa yo, Mwen ap sètènman kite tout moun wè dispozisyon Mwen an nèt. Moun panse sa pa kapab reyalize, men pou Mwen, li fasil epi l agreyab, e li pa mande okenn efò. Kou pawòl Mwen yo soti nan bouch Mwen, imedyatman vin gen yon reyalite tout moun kapab wè. Sa a se dispozisyon Mwen. Sa Mwen di a ap akonpli kanmenm. Sinon, Mwen pa t ap pale. Nan konsepsyon lòm, yo pwononse mo “sali” a pou tout moun, men sa pa kadre ak entansyon Mwen. Anvan sa, Mwen te di: “Mwen toujou sove moun ki iyoran yo ansanm ak moun k ap pouswiv avèk devouman yo.” Isit la, mo “sove” a fè referans ak moun k ap rann Mwen sèvis yo, epi sa te vle di Mwen t ap bay moun k ap rann sèvis sa yo yon tretman espesyal. Nan lòt mo, Mwen t ap diminye chatiman an pou moun sa yo. Sepandan, moun k ap rann sèvis yo ki kwochi epi ki twonpè t ap pami moun k ap peri yo, sa vle di, Mwen t ap fè yo sibi yon pinisyon sevè. (Byenke yo pami moun k ap peri yo, y ap resevwa yon pinisyon ki pi rèd lontan pase pa moun ki gen pou peri yo: Yo pral resevwa yon pinisyon sevè ki etènèl, epi pinisyon moun sa yo se menm pinisyon dyab yo ansanm ak Satan. Sa a se vrè sans sa Mwen te vle di lè Mwen te di moun sa yo se desandan gwo dragon wouj la.) Men Mwen pa itilize kalite pawòl sa yo pou premye pitit gason Mwen yo; parapò ak yo, Mwen di Mwen ap reprann premye pitit gason Mwen yo epi yo pral retounen nan Siyon yon lòt fwa ankò. Se poutèt sa, Mwen te toujou di premye pitit gason Mwen yo se moun Mwen te predestine epi Mwen te chwazi yo. Premye pitit gason Mwen yo te pou Mwen depi nan kòmansman e yo te soti nan Mwen, kidonk yo dwe retounen jwenn Mwen isit la. Si nou konpare pitit gason yo ansanm ak pèp la avèk premye pitit gason yo—sa vrèman se diferans ant syèl ak tè: Byenke pitit gason yo ansanm ak pèp la pi bon lontan pase moun k ap rann sèvis yo, yo pa moun ki pou Mwen ditou. Nou kapab di tou pitit gason yo ak pèp la chwazi anplis pami limanite. Se poutèt sa, Mwen toujou konsantre enèji Mwen sou premye pitit gason yo, epi answit Mwen ap kite premye pitit gason yo rann pitit gason ak pèp sa yo konplè. Sa yo se etap travay Mwen nan lavni. Kounye a li pa itil anyen pou Mwen di nou sa, kidonk Mwen raman mansyone l bay pitit gason yo ansanm ak pèp la, men Mwen pale epi mansyone zafè sa yo plizyè fwa sèlman bay premye pitit gason yo. Sa a se fason Mwen pale epi Mwen travay. Pèsonn pa kapab chanje sa—se Mwen menm sèl ki gen dènye mo sou tout bagay.
Chak jou, Mwen ap goumen kont konsepsyon nou yo, epi jou apre jou, Mwen ap analize chak nan nou an detay. Lè Mwen fin pale rive nan yon sèten pwen, nou refè maladi a ankò epi yon lòt fwa ankò nou separe imanite Mwen an de divinite Mwen an. Nan pwen sa a, moman an rive pou moun yo devwale: Moun yo panse Mwen toujou ap viv nan lachè epi Mwen pa Bondye Li menm ditou, Mwen se moun toujou epi Bondye se Bondye toujou, epi Bondye pa gen anyen pou l wè ak moun Mwen ye a. Ala limanite sa a kòwonpi! Anvan, Mwen te pwononse anpil pawòl, men sa gen lontan depi nou trete yo kòmsi yo pa t egziste, epi sa ranpli Mwen ak yon rayisman pou nou ki grave nan zo Mwen! Vrèmanvre, sa fè Mwen rayi nou anpil! Kiyès ki gen odas pou l ofanse Mwen konsa konsa, Mwen menm ki se Bondye konplè a Li menm, Mwen menm ki posede toude, imanite ansanm ak divinite konplè a? Kiyès ki gen odas pou l reziste kont Mwen nan panse li? Apre gwo dezas Mwen yo kòmanse tonbe, Mwen pral pini yo youn pa youn, san kite okenn chape, men pito Mwen ap pini yo tout sevèman. Lespri Mwen travay an pèsonn. Sa pa vle di Mwen pa Bondye Li menm; okontrè, sa vle di pi plis toujou Mwen se Bondye toupisan an Li menm. Moun yo pa konnen Mwen—yo tout reziste kont Mwen epi yo pa wè tout pouvwa Mwen nan pawòl Mwen yo, men olye de sa, yo eseye jwenn yon bagay nan pawòl Mwen yo yo kapab itilize kont Mwen epi pou yo jwenn fay nan Mwen. Lè yon jou, Mwen parèt ak premye pitit gason Mwen yo nan Siyon, Mwen ap kòmanse regle ak kreyati sa yo. Nan peryòd sa a, se travay sa a prensipalman Mwen ap fè. Lè Mwen fin pale rive nan yon sèten pwen, yon gwo kantite moun k ap rann sèvis ap gentan fè bak, epi premye pitit gason yo ap gentan soufri anba tout kalite afliksyon tou. Avèk avansman de etap travay sa yo, gen yon faz nan travay Mwen an k ap rive nan bout li. An menm tan, Mwen ap mennen premye pitit gason Mwen yo tounen nan Siyon. Sa yo se etap travay Mwen an.
Premye pitit gason Mwen yo se yon pati endispansab nan wayòm Mwen an, apati sa, nou kapab wè, an reyalite, se Mwen menm ki wayòm nan — nesans wayòm Mwen an vini aprè nesans premye pitit gason Mwen yo. Nan lòt mo, wayòm Mwen an egziste depi nan epòk kreyasyon mond lan, epi jwenn premye pitit gason Mwen yo (ki vle di reprann premye pitit gason Mwen yo) se retabli wayòm Mwen an. Apati sa, nou kapab wè premye pitit gason yo gen yon enpòtans patikilye. Se sèlman lè premye pitit gason Mwen yo egziste wayòm nan ap vin parèt, reyalite pou gen pouvwa kòm wa a ap vin fèt, lavi nouvo ap parèt, epi ansyen epòk la kapab fini nèt. Sa a se tandans inevitab la. Paske premye pitit gason yo nan pozisyon sa a, yo senbolize destriksyon mond lan, gwo defèt Satan, devwale vrè koulè moun k ap rann sèvis yo, epi montre gwo dragon wouj la p ap gen okenn desandan epi li pral desann nan lak dife ak souf la — se poutèt sa, moun ki gen pouvwa yo ansanm ak tout moun ki se desandan gwo dragon wouj la angaje yo plizyè fwa nan anpeche travay la fèt, reziste li, ak detwi li. Pandan tan sa, Mwen elve, Mwen revele, epi Mwen rann temwayaj pou premye pitit gason Mwen yo, plizyè fwa. Paske se sèlman moun ki soti nan Mwen yo ki kalifye pou rann temwayaj pou Mwen; se yo menm sèl ki kalifye pou viv Mwen, epi se yo menm sèl ki gen fondasyon pou goumen nan batay la pou ranpòte bèl viktwa a pou Mwen. Moun ki pa nan Mwen yo pa anyen plis ke yon ti moso ajil nan men Mwen — kreyati yo ye, chak grenn nan yo. Moun ki se pitit gason yo ak pèp la pa anyen plis ke sa k pi bon yo ke yo chwazi pami kreyati yo, men yo pa pou Mwen. Kidonk, gen yon gwo diferans ant premye pitit gason yo ak pitit gason yo. Pitit gason yo pa kalifye pou yo konpare yo avèk premye pitit gason yo ditou — se premye pitit gason yo ki gouvène yo epi ki domine yo. Kounye a nou ta dwe byen klè sou sa nèt! Chak pawòl Mwen pwononse se verite, pa gen manti ladan yo ditou. Tout sa a fè pati nan ekspresyon moun Mwen ye a, epi li se deklarasyon Mwen.
Mwen te di Mwen pa pwononse pawòl san sans, epi Mwen pa fè erè; sa sifi pou montre majeste Mwen. Men moun yo pa konnen sa k bon pou yo, epi se sèlman lè chatiman Mwen tonbe sou yo, yo vin konvenki nèt; sinon, yo rete rebèl epi yo wòklò. Se poutèt sa Mwen itilize chatiman pou Mwen pini tout limanite. Nan konsepsyon lèzòm, piske se Mwen ki sèl e inik Bondye a Li menm, poukisa gen tout premye pitit gason sa yo ki soti nan Mwen? Mwen ta kapab di sa konsa: Konsènan pwòp zafè pa Mwen, Mwen pale de yo nan nenpòt fason Mwen vle. Kisa lòm kapab fè Mwen? Mwen ta kapab di l konsa tou: Byenke premye pitit gason yo ansanm ak Mwen pa gen menm imaj, nou gen menm Lespri a, Se poutèt sa, yo tout ka gen menm panse ak Mwen pandan y ap kolabore avèk Mwen.. Rezon ki fè nou pa gen menm imaj, se yon fason pou tout moun kapab wè chak pati nan moun Mwen ye a avèk yon klète ekstraòdinè. Se poutèt sa Mwen kite premye pitit gason Mwen yo gouvène bann ak pakèt nasyon ak pèp yo ansanm avèk Mwen. Sa a se nòt final dekrè administratif Mwen yo. (“Dènye nòt” sa a Mwen ap pale a vle di ton Mwen pi dous epi Mwen kòmanse pale ak pitit gason yo ansanm ak pèp la.) Pifò moun gen dout konsènan aspè sa a, men pa gen okenn nesesite pou yo chaje tèt yo ak tout dout sa a. Mwen ap ekspoze konsepsyon tout moun youn pa youn, nan objektif pou fè moun yo santi yo wont san yo pa jwenn kote pou yo kache. Mwen vwayaje atravè linivè a epi rive jis nan dènye bout latè, epi Mwen obsève tout aparans linivè a. Mwen egzamine an pwofondè tout kalite moun — pa gen pèsonn ki kapab chape anba men Mwen. Mwen patisipe nan tout kalite bagay, epi pa gen anyen Mwen pa jere pèsonèlman. Kiyès ki gen odas pou nye tout pouvwa san limit Mwen an? Kiyès ki oze pa kite Mwen konvenk li nèt? Kiyès ki gen odas pou pa koube yo byen ba nèt devan Mwen? Tout syèl yo pral chanje poutèt premye pitit gason Mwen yo, e pi plis toujou, tout tè a pral tranble avèk fòs poutèt Mwen menm ak premye pitit gason Mwen yo. Tout moun pral ajenou devan moun Mwen ye a, epi tout bagay pral sètènman vin anba kontwòl men Mwen — san menm yon ti erè. Tout moun dwe konvenki nèt epi chak grenn objè pral vin nan kay Mwen pou rann Mwen sèvis. Sa a se dènye pati nan dekrè administratif Mwen yo. Depi kounye a, chak nan atik dekrè administratif Mwen yo, ki konsène diferan moun, pral kòmanse bay rezilta. (Dekrè administratif Mwen yo vin konplètman piblik, epi pou chak kalite moun ansanm ak chak grenn bagay, yo gentan fè aranjman ki apwopriye yo. Kòm rezilta, tout moun pral nan bon plas yo, epi vrè nati chak kalite moun pral ekspoze akoz dekrè administratif Mwen yo.) Se konsa vrè dekrè administratif reyèl yo pral desann.
Kounye a, ann akò ak etap travay Mwen an, Mwen di sa Mwen vle di a, epi tout moun dwe pran pawòl Mwen yo oserye. Atravè epòk yo, chak sen te pale de “Nouvo Jerizalèm” nan, epi tout moun konnen l, men pèsonn pa konprann vrè sans tèm sa a. Piske travay jodi a avanse rive nan etap sa a, Mwen pral devwale vrè sans tèm sa a ba nou, dekwa pou nou kapab konprann li. Men gen yon limit — kèlkeswa jan Mwen esplike l, ak kèlkeswa jan Mwen di l aklè, nou pat kapab janm konprann li konplètman, paske pa gen okenn moun ki kapab touche reyalite tèm sa a. Nan tan pase, Jerizalèm te fè referans a kote pou Mwen rete sou tè a, sa vle di, kote Mwen mache epi Mwen fè mouvman. Men mo “nouvo” a chanje tèm sa a, epi kounye a li pa sanble ak sa l te ye anvan an ditou. Moun pa kapab konprann menm yon ti kras ladan li. Gen moun ki panse li fè referans a wayòm Mwen an; gen moun ki panse se moun Mwen ye a; gen moun ki panse se yon nouvo syèl ak tè; epi gen moun ki panse se nouvo mond ki pral vini apre Mwen fin detwi mond sa a. Menmsi lespri yon moun konplèks anpil epi l kapab gen anpil imajinasyon, li toujou pa kapab konprann anyen sou sa. Atravè epòk yo, moun yo te gen espwa pou yo konnen oswa wè vrè sans tèm sa a, men yo pa t kapab wè swè yo reyalize — yo tout te mouri desi, yo kite espwa dèyè; paske moman Mwen an pa t ko rive, Mwen pa t kapab fasilman di pèsonn sa. Piske travay Mwen an fin fèt rive nan etap sa a, Mwen ap di nou tout bagay. Nouvo Jerizalèm nan kouvri kat bagay sa yo: gwo kòlè Mwen, dekrè administratif Mwen yo, wayòm Mwen an, ansanm ak benediksyon enfini Mwen bay premye pitit gason Mwen yo. Rezon ki fè Mwen itilize tèm “nouvo” a se paske kat pati sa yo kache. Paske pèsonn pa konnen gwo kòlè Mwen, pèsonn pa konnen dekrè administratif Mwen yo, pèsonn pa wè wayòm Mwen an, epi pèsonn pa jwi benediksyon Mwen yo, “nouvo” fè referans a sa ki kache. Pèsonn pa kapab konprann nèt sa Mwen di a, paske Nouvo Jerizalèm nan desann sou tè a men pèsonn pa fè eksperyans reyalite Nouvo Jerizalèm nan pèsonèlman. Kèlkeswa jan Mwen pale de li an detay, moun yo p ap janm konprann li konplètman. Menmsi yon moun konprann, konpreyansyon sa a se sèlman pawòl li, lespri li, ak konsepsyon li yo. Sa a se yon tandans ki inevitab; se chemen tout moun dwe pran an, epi pèsonn pa kapab retire tèt yo ladan li.