Chapit 111
Bann ak pakèt nasyon yo ap sètènman beni poutèt Ou; bann ak pakèt pèp yo ap aklame epi fè lwanj pou Mwen poutèt Ou. Wayòm Mwen an ap fleri epi pwospere, e l ap dire pou toutan. Pèsonn p ap gen pèmisyon pou pilonnen l anba pye yo epi pa gen anyen k ap gen pèmisyon pou egziste ki pa konpatib ak Mwen, paske se Bondye majestye a menm Mwen ye, ki pa tolere okenn ofans. Mwen pa pèmèt pèsonn jije Mwen, epi Mwen pa pèmèt pèsonn pa konpatib ak Mwen. Sa sifi pou montre dispozisyon Mwen ak majeste Mwen. Lè nenpòt moun reziste kont Mwen, Mwen ap pini yo nan moman Mwen chwazi. Poukisa pèsonn poko wè Mwen pini okenn moun? Se sèlman paske moman Mwen poko rive epi men Mwen poko aji toutbon. Malgre gwo dezas yo tonbe, sa fèt sèlman nan pale sou sa gwo dezas yo enplike, alòske reyalite gwo dezas yo poko tonbe sou okenn moun. Èske nou kapte nenpòt bagay ditou nan pawòl Mwen yo? Jodi a, Mwen ap kòmanse libere reyalite gwo dezas yo. Aprè sa, nenpòt moun ki reziste kont Mwen, M ap frape l ak men Mwen. Nan tan pase, tout sa Mwen te fè se te devwale kèk moun; okenn gwo dezas poko rive. Jodi a diferan de tan pase. Piske Mwen te di nou tout sa gwo dezas yo enplike, Mwen ap anonse piblikman, nan yon moman Mwen fikse, reyalite gwo dezas yo. Anvan sa, okenn gwo dezas pa t touche pèsonn, kidonk pifò moun (sa vle di, pitit gason gwo dragon wouj la) te kontinye ap fè dezòd epi aji yon fason ensousyan ak abitrè. Lè reyalite a rive, mizerab sa yo ap konvenki nètale. Sinon, tout moun t ap gen dout sou Mwen, epi pèsonn pa t ap wè klè sou Mwen. Sa a se dekrè administratif Mwen an. Apati sa, moun kapab wè fason Mwen travay (ki fè referans ak fason Mwen travay sou tout moun yo) kòmanse chanje: Mwen ap montre gwo kòlè Mwen, jijman Mwen, ak madichon Mwen sou desandans gwo dragon wouj la, epi men Mwen kòmanse chatye tout moun ki reziste kont Mwen. Mwen ap montre pitye Mwen ak bonte plen ak lanmou Mwen atravè premye pitit gason yo. Pi plis toujou, atravè premye pitit gason yo, Mwen ap montre dispozisyon Mwen, ki sen epi ki pa dwe ofanse; Mwen ap montre otorite Mwen, epi Mwen ap montre moun Mwen ye a. Moun k ap rann sèvis yo chita kò yo pou yo rann Mwen sèvis, epi, chak jou pi plis, premye pitit gason Mwen yo ap vin parèt aklè. Lè Mwen frape moun ki reziste kont Mwen yo atè, Mwen kite moun k ap rann sèvis yo wè men Mwen ki san pitye a, yon fason pou yo kapab rann Mwen sèvis avèk krent ak tranbleman, epi Mwen kite premye pitit gason Mwen yo wè otorite Mwen tou epi konprann Mwen pi byen, pou yo kapab grandi nan lavi a. Pawòl Mwen te pale nan dènye peryòd la (ki gen ladan dekrè administratif yo, pwofesi, ak jijman sou tout kalite moun) kòmanse ap akonpli nan lòd; sa vle di, moun yo ap wè pawòl Mwen yo reyalize devan je yo, y ap wè pa gen okenn nan pawòl Mwen yo ki san fwi, men y ap wè yo chak pratik. Anvan pawòl Mwen yo akonpli, anpil moun ap ale paske yo poko akonpli. Sa a se fason Mwen travay—se pa sèlman fonksyon baton fè Mwen an, men pi plis toujou, se sajès pawòl Mwen yo. Depi nan sa yo, yon moun kapab wè tout pisans Mwen ansanm ak rayisman Mwen pou gwo dragon wouj la. (Yo kapab wè sa sèlman aprè Mwen kòmanse travay Mwen. Kounye a gen kèk moun ki devwale—sa se sèlman yon ti pòsyon nan chatiman Mwen an, men li pa kapab fè pati gwo dezas yo. Sa pa difisil pou konprann. Kidonk moun kapab wè, apati kounye a fason Mwen travay pral pi difisil toujou pou moun konprann. Jodi a Mwen ap di nou sa pou nou pa fèb poutèt sa lè moman an va rive. Sa a se sa Mwen ap konfye nou, paske bagay moun pa t janm wè atravè epòk yo pral fèt, k ap fè li difisil pou moun yo debarase yo ak santiman yo epi wete jan yo panse yo jis.) Rezon ki fè Mwen itilize divès mwayen pou pini gwo dragon wouj la, se paske li se lènmi Mwen epi advèsè Mwen. Mwen dwe detwi tout desandans li yo—se sèlman lè sa a Mwen kapab wete rayisman nan kè Mwen, epi se sèlman lè sa a Mwen kapab imilye gwo dragon wouj la kòmsadwa. Se sèlman sa a ki detwi gwo dragon wouj la nètale epi ki jete l nan letan dife ak souf la, nan gwo twou san fon an.
Se pa t sèlman yè Mwen te kite premye pitit gason Mwen yo gouvène kòm wa avè M epi dirije bann ak pakèt nasyon yo ansanm avè M epi jwi benediksyon yo; Mwen fè sa jodi a tou, epi sa ki pi enpòtan, Mwen ap fè sa demen tou. Mwen te akonpli travay Mwen an avèk siksè—Mwen te toujou ap di sa, epi moun kapab di tou Mwen te kòmanse di sa depi nan kòmansman kreyasyon an, men lèzòm pa konprann sa Mwen ap di a. Depi epòk kreyasyon an jouk jounen jodi a, Mwen pa t janm fè travay pèsonèlman; pou byen di w, Lespri Mwen pa t janm desann nèt sou lòm pou l pale epi travay. Men jodi a diferan de tan pase yo: Lespri Mwen ap travay pèsonèlman, epi Li fè sa toupatou nan mond linivè a. Paske nan dènye jou yo Mwen vle genyen yon gwoup moun ki pral gen pouvwa kòm wa avèk Mwen, Mwen dabò genyen yon moun ki gen menm lide avè M, yon moun ki kapab pran fado Mwen an konsiderasyon. Aprè sa, Lespri Mwen ap desann nèt sou Li pou eksprime vwa Mwen epi pou pibliye dekrè administratif Mwen yo ansanm ak devwale mistè Mwen yo bay mond linivè a. Lespri Mwen ap pèfeksyone Li pèsonèlman; Lespri Mwen ap disipline Li pèsonèlman. Paske Li viv nan imanite nòmal, pèsonn pa kapab wè klè. Lè premye pitit gason Mwen yo antre nan kò a, li ap parèt totalman klè si sa Mwen fè kounye a se reyalite. Mèwi, nan je lòm, nan konsepsyon lòm, pèsonn pa kwè epi pèsonn pa kapab soumèt. Men se konsa tolerans Mwen ye anvè moun yo. Paske reyalite a poko rive, moun yo pa kapab kwè oswa konprann. Pa t janm gen okenn moun ki, nan mitan konsepsyon lòm yo, ta kwè pawòl Mwen yo. Tout moun se konsa: Swa yo sèlman kwè sa Mwen ki nan lachè a di, oswa yo sèlman kwè nan deklarasyon Lespri Mwen. Sa a se bagay ki pi difisil pou trete nan moun. Si yo pa wè yon bagay rive ak pwòp je yo, pèsonn pa kapab debarase yo ak pwòp konsepsyon pa yo, epi pèsonn pa kapab kwè sa Mwen di a. Se poutèt sa Mwen itilize dekrè administratif Mwen yo pou Mwen pini pitit rebelyon sa yo.
Mwen te di bagay konsa anvan sa: Mwen se Premye a ak Dènye a, epi Mwen se Sila a ki dirije tout bagay, depi nan kòmansman jouk nan fen. Nan dènye jou yo, Mwen pral genyen 144 000 pitit gason ganyan. Nou gen yon sèten konpreyansyon literal sou pawòl sa yo—“pitit gason ganyan”—men nou pa wè klè sou kantite a—144 000. Nan konsepsyon lòm, yon chif dwe fè referans ak yon kantite moun oswa yon kantite bagay. Konsènan “144 000” ki modifye “pitit gason ganyan” yo—“144 000 pitit gason ganyan”—moun yo panse gen 144 000 pitit gason ganyan. Anplis de sa, gen moun ki panse li gen yon siyifikasyon senbolik, epi yo entèprete 140 000 la ak 4 000 la separeman. Men de entèpretasyon sa yo fo. Sa pa fè referans ak yon kantite reyèl, epi alevwa pou yon siyifikasyon senbolik. Nan mitan limanite, pa gen pèsonn ki kapab konprann sa an pwofondè—tout moun nan jenerasyon pase yo te panse li ta ka fè referans ak yon siyifikasyon senbolik. Kantite “144 000” la asosye ak pitit gason ganyan yo. Konsa, 144 000 la fè referans ak gwoup moun nan dènye jou yo ki pral gen pouvwa kòm wa, e Mwen renmen yo. Sa vle di, yo ta dwe entèprete 144 000 la kòm gwoup moun ki te soti Siyon epi ki pral retounen Siyon yo. Men esplikasyon konplè sou 144 000 pitit gason ganyan yo: Se moun ki te soti Siyon pou vin nan mond lòm nan epi ke Satan te kòwonp, e alafen Mwen pral repran yo epi y ap retounen Siyon avèk Mwen. Apati pawòl Mwen yo, moun kapab wè etap travay Mwen yo, sa vle di moman kote nou pral antre nan kò a pa twò lwen. Se poutèt sa Mwen te esplike nou aspè sa a plizyè fwa, epi Mwen te fè nou rapèl sou li. Nou dwe wè klè, epi apati pawòl Mwen yo nou dwe jwenn chemen pou nou pratike a; apati pawòl Mwen yo nou dwe byen konprann vitès travay Mwen an. Pou byen konprann vitès travay Sentespri a, nou dwe gade l nan limyè mistè Mwen devwale yo (paske pèsonn pa kapab wè travay Sentespri a epi pèsonn pa kapab konprann li an pwofondè). Se poutèt sa Mwen devwale mistè yo nan dènye jou yo.
Nan kay Mwen an, p ap gen anyen ki pa konpatib ak Mwen, epi apati kounye a Mwen pral kòmanse pirifye epi netwaye, tigout pa tigout. Pami moun yo, pèsonn pa kapab entèvni, epi pèsonn pa kapab fè travay sa a. Sa devwale poukisa Mwen ap travay pèsonèlman nan dènye jou yo. E se poutèt sa Mwen te di nou plizyè fwa nou annik bezwen jwi tèt nou epi nou pa bezwen leve yon ti dwèt. Se atravè sa gwo pouvwa Mwen an, dwati Mwen ak majeste Mwen vin parèt aklè, epi tout mistè Mwen yo moun pa kapab dekouvri yo vin parèt aklè tou. (Yo rele yo “mistè” paske moun pa t janm gen okenn konesans sou plan jesyon Mwen an ni okenn konpreyansyon sou etap travay Mwen yo.) Sa Mwen pral genyen ak sa Mwen fè nan dènye jou yo se mistè. Anvan epòk kote Mwen te kreye mond lan, Mwen pa t janm fè sa Mwen fè jodi a epi Mwen pa t janm montre moun yo vizaj gloriye Mwen oswa nenpòt pati nan moun Mwen ye a; se sèlman Lespri Mwen ki te travay sou kèk moun. (Paske, depi lè kreyasyon an, pèsonn pa t kapab manifeste Mwen epi pèsonn pa t kapab eksprime Mwen, Mwen pa t janm pèmèt moun yo wè moun Mwen ye a, epi Lespri Mwen te travay sou kèk moun.) Se sèlman jodi a Mwen devwale imaj gloriye Mwen ak moun Mwen ye a bay lèzòm, epi se sèlman kounye a yo wè bagay sa yo. Men sa nou wè jodi a toujou pa konplè, epi se toujou pa sa Mwen vle nou wè a. Sa Mwen vle nou wè a se nan kò a sèlman li ye, epi kounye a pèsonn poko ranpli kondisyon sa a. Pou byen di w, pèsonn pa kapab wè moun Mwen ye a anvan yo antre nan kò a. Se poutèt sa, Mwen di Mwen pral devwale moun Mwen ye a bay mond linivè a sou Mòn Siyon. Apati sa, moun kapab wè antre sou Mòn Siyon an se dènye pati pwojè Mwen an. Lè yo antre sou Mòn Siyon an, Mwen ap fin bati wayòm Mwen an avèk siksè. Pou byen di w, moun Mwen ye a se wayòm nan. Moman kote premye pitit gason yo antre nan kò a se egzakteman moman kote wayòm nan pral reyalize a, e se poutèt sa Mwen te pale plizyè fwa sou kesyon premye pitit gason yo k ap antre sou Mòn Siyon an. Sa a se pwen santral tout plan jesyon Mwen an, yon bagay pèsonn pa t konprann atravè epòk yo.
Yon fwa Mwen chanje fason Mwen travay, ap gen pi plis bagay toujou ki depase sa panse lòm kapab konprann, kidonk fè atansyon nan sans sa a. Gen bagay ki depase sa panse lòm kapab konprann, men sa pa vle di sa Mwen di a fo. Se jis li pi nesesè toujou pou moun yo soufri, epi li pi nesesè toujou pou moun yo kopere avèk Mwen. Pa lage kò nou nan libètinaj san kontwòl, epi pa annik swiv pwòp konsepsyon nou yo. Paske pifò moun k ap rann sèvis yo tonbe sou pwen sa a. Mwen ap itilize pawòl Mwen yo pou montre nati lòm ak konsepsyon lòm yo. (Men moun k ap rann sèvis sa yo, paske Mwen pa chanje konsepsyon yo, yo annik tonbe, tandiske moun ki premye pitit gason Mwen yo chanje pwòp konsepsyon pa yo epi yo retire pwòp panse yo poutèt Mwen.) Kidonk alafen, Mwen pral pèfeksyone tout premye pitit gason Mwen yo poutèt mistè Mwen devwale yo.