Chapit 110
Lè tout bagay fin parèt aklè, se pral moman kote Mwen pral repoze, e pi plis toujou, kote tout bagay pral nan lòd. Se Mwen menm ki fè pwòp travay Mwen; se Mwen menm ki òkestre epi ranje tout bagay. Lè Mwen soti Siyon epi lè Mwen retounen, epi lè Mwen fin rann Premye pitit gason Mwen yo konplè, Mwen ap fin akonpli gwo travay Mwen an. Nan konsepsyon moun yo, yon bagay ki fèt dwe vizib e yo dwe kapab manyen l, men pou Mwen, tout bagay gentan konplè nan moman Mwen planifye l la. Siyon se kote Mwen rete a, e li se destinasyon Mwen tou; se la Mwen revele tout pisans Mwen, epi se la Mwen menm ak Premye pitit gason Mwen yo pral pataje lajwa nou kòm fanmi. Se la Mwen pral viv avèk yo pou tout letènite. Siyon, bèl kote sa a moun anvi ale a. Yon bann ak yon pakèt moun te anvi rive nan Siyon atravè epòk ak jenerasyon yo, men depi okòmansman, pa gen yon sèl ki janm antre ladan l. (Okenn nan sen ak pwofèt epòk pase yo pa t antre nan Siyon; se paske Mwen ap chwazi Premye pitit gason Mwen yo nan dènye jou yo, epi yo tout fèt pandan epòk sa a; nan sa, mizèrikòd Mwen ak gras Mwen te mansyone yo vin parèt pi aklè toujou.) Chak grenn moun ki kounye a se yon Premye pitit gason pral antre nan Siyon avèk Mwen epi jwi benediksyon sa a. Mwen ap leve Premye pitit gason Mwen yo nan yon sèten nivo paske yo posede kalib Mwen ak imaj Mwen ki plen glwa, epi paske yo kapab temwaye pou Mwen, bay Mwen glwa, epi viv Mwen, e, pi plis toujou, paske yo kapab bat Satan epi imilye gwo dragon wouj la. Se paske Premye pitit gason Mwen yo se vyèj ki pwòp; yo se moun Mwen renmen yo, epi yo se moun Mwen chwazi yo, e Mwen gade yo avèk favè. Rezon ki fè Mwen leve yo se paske yo kapab rete nan pwòp pozisyon yo epi yo kapab sèvi Mwen avèk imilite epi san yo pa atire atansyon, epi yo se yon temwayaj ki fò pou Mwen. Mwen mete tout enèji Mwen nan Premye pitit gason Mwen yo, epi Mwen pran anpil swen pou M ranje tout kalite moun, evènman, ak bagay pou rann yo sèvis. Alafen, Mwen pral fè tout moun wè tout glwa Mwen atravè Premye pitit gason Mwen yo, epi Mwen pral fè tout moun konvenki nèt sou Mwen poutèt yo. Mwen p ap fòse okenn demon, epi Mwen pa pè ni dezòd yo ni jan yo aji san reflechi, paske Mwen gen temwayaj epi Mwen gen otorite nan men Mwen. Koute Mwen kounye a, bann parèy Satan yo! Objektif ki dèyè chak pawòl Mwen pwononse ak tout sa Mwen fè se pou pèfeksyone Premye pitit gason Mwen yo. Se poutèt sa, ou dwe koute kòmandman Mwen yo epi obeyi Premye pitit gason Mwen yo; sinon Mwen ap regle zafè ou epi Mwen ap fè ou sibi pèdisyon imedyatman! Premye pitit gason Mwen yo deja kòmanse egzekite dekrè administratif Mwen yo, paske se yo menm sèl ki diy pou leve twòn Mwen an byen wo; Mwen deja wenn yo. Moun ki pa obeyi Premye pitit gason Mwen yo sètènman pa bon, epi san okenn dout, se gwo dragon wouj la ki voye yo pou deranje plan jesyon Mwen an. Yo dwe pouse malfektè sa yo deyò nan kay Mwen an imedyatman. Mwen pa vle bagay sa yo rann Mwen sèvis; yo pral peri pou toutan—epi sa pral rive trè byento, san pèdi tan! Moun ki nan sèvis Mwen yo dwe deja resevwa apwobasyon Mwen; yo dwe soumèt e obeyisan san yo pa enkyete yo pou pri yo ta ka gen pou peye a. Si yo rebèl, lè sa a yo pa diy pou rann Mwen sèvis; Mwen pa bezwen kreyati sa yo. Yo ta dwe fè vit pou yo ale lwen isit la; Mwen absoliman pa vle yo! Sa dwe klè pou nou kounye a! Moun k ap rann Mwen sèvis yo dwe fè l byen epi yo pa dwe kreye okenn pwoblèm. Si ou santi ou pa gen okenn espwa, epi ou kòmanse kreye pwoblèm, alò Mwen ap fini avè ou san ezite! Èske sa klè pou moun pami nou ki nan sèvis Mwen yo? Sa a se dekrè administratif Mwen.
Temwaye pou Mwen se devwa Premye pitit gason Mwen yo, kidonk Mwen pa egzije pou nou fè anyen pou Mwen; Mwen ap satisfè depi nou akonpli devwa nou kòrèkteman epi jwi benediksyon Mwen ban nou yo. Lè Mwen te vwayaje atravè tout linivè a ak jis nan dènye bout tè a, Mwen te chwazi Premye pitit gason Mwen yo epi Mwen te rann yo konplè. Sa a se yon bagay Mwen te fini anvan Mwen te kreye mond lan; pèsonn pami limanite pa konn sa, men travay Mwen an te akonpli egzakteman nan fason sa a, an silans. Reyalite sa a pa kadre ak konsepsyon moun! Sepandan, reyalite se reyalite, epi pèsonn pa kapab chanje yo. Vrè fòm demon yo, kit yo gwo kit yo piti, fin parèt anba degizman yo, epi yo sibi chatiman Mwen nan diferan nivo. Gen etap nan travay Mwen an, epi gen sajès nan pawòl Mwen yo. Nan aksyon ak pawòl Mwen yo, èske nou wè kichòy? Èske Mwen senpleman ap fè epi ap di bagay? Èske pawòl Mwen yo senpleman sevè, y ap jije, oswa y ap konsole? Sa a twò senp, men pou limanite, rive wè menm sa a deja pa yon bagay ki fasil. Pa gen sèlman sajès, jijman, dwati, majeste, ak konsolasyon nan pawòl Mwen yo, men plis pase sa, yo genyen sa Mwen genyen ak sa Mwen ye. Chak grenn pawòl Mwen se yon mistè limanite pa kapab devwale; pawòl Mwen yo depase konpreyansyon moun nèt, e byenke mistè yo fin devwale, yo toujou andeyò limit imajinasyon ak konpreyansyon limanite, si yo konte sou kapasite pa yo. Pawòl ki pi senp pou Mwen konprann nan se bagay ki pi difisil pou moun konprann, kidonk diferans ant Mwen menm ak yo se tankou diferans ant syèl ak tè. Se poutèt sa Mwen vle transfigire Premye pitit gason Mwen yo nèt epi fè yo antre nan kò a konplètman. Alavni, non sèlman yo pral kite lachè pou yo antre nan kò a, men yo pral transfigire nan diferan nivo pandan yo ladan l. Sa a se plan Mwen. Se yon bagay moun pa kapab fè; anplis de sa, yo pa gen okenn mwayen pou yo fè l. Kidonk, menm si Mwen ta esplike nou sa an detay, nou toujou pa t ap konprann li; nou ta kapab sèlman santi se yon bagay sinatirèl. Se paske se Mwen menm ki Bondye ki saj la.
Lè nou wè mistè yo, nou tout reyaji nan yon fason oswa nan yon lòt. Byenke, nan fon kè nou, nou pa aksepte ni rekonèt mistè sa yo, nou admèt yo ak bouch nou. Moun konsa se moun ki pi twonpè yo, epi lè Mwen devwale mistè yo, Mwen pral elimine yo epi abandone yo youn pa youn. Sepandan, tout sa Mwen fè gen etap li. Mwen pa fè bagay yo nan kouri, ni Mwen pa tire konklizyon je fèmen; sa se paske Mwen posede yon dispozisyon divin. Moun yo absoliman pa kapab wè klè nan sa Mwen ap fè kounye a, ni nan sa Mwen pral fè nan pwochen etap Mwen an. Fason Mwen travay la avanse yon etap avèk Mwen sèlman lè Mwen pwononse pawòl etap sa a. Tout bagay fèt nan pawòl Mwen yo, epi tout bagay revele nan pawòl Mwen yo, kidonk pèsonn pa ta dwe tèlman enpasyan pou l pa ka tann; rann Mwen sèvis kòrèkteman sifi. Anvan epòk yo, Mwen te fè yon pwofesi sou pye fig frans lan, men atravè epòk yo, pèsonn pa t wè pye fig frans lan epi pèsonn pa t kapab esplike l, epi menm si yo te mansyone tèm sa a nan louwanj anvan yo, pèsonn pa t konnen vrè sans li. Tèm sa a, menm jan ak «gwo dezas yo», pa klè e moun pa ka konprann li, epi li se yon mistè tou Mwen pa t janm devwale bay limanite. Moun yo te panse pye fig frans lan te pwobableman yon bon kalite pyebwa ki bay fwi, oswa petèt, si yo ale pi lwen toujou, li te vle pale de sen yo—sepandan, entèpretasyon sa yo te toujou lwen anpil parapò ak vrè sans pawòl sa yo. Mwen ap di nou sa pandan Mwen ap louvri woulo Mwen an nan dènye jou yo. («Woulo a» vle di tout pawòl ki soti nan bouch Mwen—pawòl Mwen pwononse nan dènye jou yo; yo tout se sa k nan woulo Mwen an.) «Pye fig frans lan» vle di dekrè administratif Mwen yo—chak grenn nan yo. Men sa a se sèlman yon pati nan sa li vle di. Lè pye fig frans lan boujonnen, sa vle di Mwen kòmanse travay epi pale nan lachè, men moun pa t poko konnen dekrè administratif Mwen yo (epi sa a se paske, nan epòk sa a, moun pa t poko temwaye pou non Mwen epi pèsonn pa t konnen dekrè administratif Mwen yo). Lè yo temwaye pou non Mwen epi yo pwoklame l, lè tout moun fè louwanj pou li, epi lè dekrè administratif Mwen yo jwenn rezilta, se pral lè sa a pye fig frans lan ap bay fwi. Sa a se esplikasyon konplè a, san anyen pa manke; tout bagay devwale ladan l. (Mwen di sa paske nan pawòl Mwen te pwononse anvan yo, te gen yon pati Mwen pa t poko fin devwale konplètman; se sa k fè nou te bezwen tann epi chèche avèk pasyans.)
Lè Mwen rann Premye pitit gason Mwen yo konplè, Mwen ap revele tout glwa Mwen ansanm ak tout aparans Mwen bay mond linivè a. Sa ap fèt nan kò a, epi l ap pi wo pasebann ak pakèt moun yo, nan moun Mwen ye a menm; sa pral fèt sou Mòn Siyon Mwen an epi nan glwa Mwen, e, pi plis toujou, nan mitan tout aklamasyon yo. Kanta pou lènmi Mwen yo, y ap fè bak kite bò kote Mwen, pou yo desann nan gwo twou san fon an ak nan letan dife ak souf la. Sa moun imajine jodi a gen limit, epi sa pa ann akò ak entansyon orijinal Mwen; se pou rezon sa a, chak jou lè M ap pale, Mwen vize konsepsyon moun yo ak fason yo panse. Gen yon jou k ap rive (jou pou antre nan kò a) kote pawòl Mwen pwononse yo pral totalman apwopriye pou nou, epi nou p ap reziste ditou. Lè sa a, nou p ap gen pwòp fason panse nou yo ankò, epi apresa Mwen ap sispann fè deklarasyon. Piske nou p ap gen pwòp fason panse nou yo ankò, Mwen ap annik eklere nou dirèkteman—sa a se benediksyon Premye pitit gason yo pral jwi, e se egzakteman moman kote y ap gen pouvwa kòm wa ansanm avèk Mwen. Lòm pa kwè nan bagay yo pa kapab imajine, epi menmsi gen kèk moun ki kwè, yo fè sa sèlman poutèt Mwen te eklere yo yon fason espesyal. Sinon, pèsonn pa t ap kwè, e sa se yon bagay yo dwe viv. (Si moun yo pa t pase nan etap sa a, gwo pouvwa Mwen pa t ap kapab revele ladan l, e sa vle di, se lè Mwen annik pwononse pawòl Mwen yo Mwen debarase moun yo anba konsepsyon yo. Pa gen okenn lòt moun ki kapab fè travay sa a, epi pèsonn pa kapab ranplase Mwen. Se Mwen menm sèl ki kapab fini l; sepandan, sa pa absoli. Mwen dwe fè travay sa a atravè moun.) Moun yo santi yo gen fòs aprè yo fin tande pawòl Mwen yo, men alafen, yo tout fè bak—yo pa ka anpeche tèt yo fè sa. Nan sa, gen mistè moun pa kapab sonde. Pèsonn pa kapab imajine kisa k ap rive. Mwen ap pèmèt nou wè sa nan sa Mwen fè parèt aklè yo. Atravè sa, vrè sans pawòl sa yo ki soti nan Mwen ap vin evidan: «Mwen ap derasinen tout moun ki pa pare pou Mwen itilize yo.» Premye pitit gason Mwen yo gen divès kalite manifestasyon, menm jan ak lènmi Mwen yo. Yo pral devwale tout manifestasyon sa yo ba nou youn pa youn.parèt nan plizyè fason, menm jan ak lènmi Mwen yo. Yo tout pral revele bay nou youn pa youn. Sonje sa! Nenpòt moun ki pa pami Premye pitit gason yo gen travay move lespri nan yo; yo tout se sèvitè Satan yo. (Yo pral devwale tout bagay sa yo youn apre lòt trè byento, men gen kèk ki bezwen rann sèvis jiskalafen, epi gen lòt ki bezwen rann sèvis sèlman pou yon peryòd tan.) Anba travay pawòl Mwen yo, yo tout pral montre vrè fòm yo.
Chak peyi, chak kote, epi chak denominasyon ap jwi richès non Mwen. Piske dezas yo ap prepare kounye a, e yo anba kontwòl Mwen, epi Mwen ap prepare pou M fè yo vide piti piti, tout moun ap prese chèche vrè chemen an, epi y ap chèche l kèlkeswa pri a. Nan tout bagay, Mwen gen tan pa Mwen. Kèlkeswa lè Mwen di sa ap fin fèt, se nan menm moman sa a l ap fin fèt, nan minit la egzakteman, e menm nan segonn nan egzakteman. Pèsonn pa kapab anpeche l oswa kanpe l. Dayè, gwo dragon wouj la, se lènmi Mwen te bat la; li se yon moun k ap rann sèvis pou Mwen, epi l fè tout sa Mwen di l san l pa ofri menm yon ti kras rezistans. Li se bèf Mwen an, chwal Mwen an vre. Lè travay Mwen fin konplè, Mwen ap voye l jete nan gwo twou san fon an ak nan letan dife ak souf la (sa vle di moun ki peri yo). Moun ki peri yo p ap senpleman goute lanmò, men tou y ap jwenn gwo pinisyon poutèt yo te pèsekite Mwen. Sa a se travay Mwen ap kontinye fè atravè moun k ap rann sèvis yo. M ap fè Satan yo touye e detwi pwòp tèt pa yo, pou kraze nèt desandan gwo dragon wouj la. Sa a se yon pati nan travay Mwen an; apre sa, Mwen ap vire gade lòt nasyon yo. Sa yo se etap travay Mwen an.