Chapit 109

Chak jou Mwen ap fè deklarasyon, Mwen ap pale, epi Mwen ap revele gwo siy ak mèvèy Mwen yo. Tout bagay sa yo se travay Lespri Mwen. Nan je moun yo, Mwen se yon senp moun sèlman; men se egzakteman nan moun Mwen ye a menm Mwen revele tout sa Mwen ye, ansanm ak gwo pouvwa Mwen.

Paske moun yo inyore moun Mwen ye a epi yo pa bay aksyon Mwen yo enpòtans, yo sipoze se yon moun ki fè bagay sa yo. Men, poukisa ou pa fè yon ti kanpe pou mande tèt ou si yon moun t ap kapab akonpli sa Mwen fè yo? Se konsa moun yo rete san yo pa konnen Mwen; yo pa konprann pawòl Mwen yo, ni yo pa konprann zèv Mwen yo. Ala moun mechan, kowonpi! Kilè Mwen ap vale ou? Kilè Mwen ap antere ou nan letan dife ak souf la? Plizyè fwa, yo mete Mwen deyò nan mitan nou; plizyè fwa, moun yo joure Mwen, pase Mwen nan rizib epi sal repitasyon Mwen; epi plizyè fwa, yo jije Mwen devan tout moun e yo opoze ak Mwen. Moun avèg! Èske nou pa konnen nou se yon senp ponyen labou nan pla men Mwen? Èske nou pa konnen se sèlman kreyati nou ye? Kounye a, Mwen ap lage kòlè Mwen, epi pèsonn pa kapab kenbe tèt avè l. Sèl sa moun yo ka fè se sipliye san rete pou yo jwenn mizèrikòd. Sepandan, piske travay Mwen an avanse rive nan etap sa a, pèsonn pa kapab chanje li. Moun yo te kreye yo dwe tounen nan labou ankò. Se pa paske Mwen enjis, men se paske nou twò kowonpi epi n ap aji san kontwòl, e se paske Satan te pran nou kòm prizonye epi fè nou vin tounen zouti li. Mwen se Bondye ki sen an Li menm; Mwen pa kapab sal, ni Mwen pa kapab posede yon tanp ki sal. Apati kounye a, kòlè fewòs Mwen (ki pi grav pase kòlè) pral kòmanse vide sou chak peyi ak chak pèp epi pini tout dechè ki soti nan Mwen men ki pa konnen Mwen yo. Mwen rayi lèzòm nan dènye degre, epi Mwen p ap tolere yo ankò; okontrè, Mwen pral vide tout madichon Mwen yo sou yo. P ap gen mizèrikòd ak bonte plen ak lanmou ankò ditou, tout bagay pral boule nèt jis yo disparèt, pou se sèlman wayòm Mwen an ki rete, epi pèp Mwen an ap fè lwanj pou Mwen nan kay Mwen an, ban Mwen glwa, epi aklame Mwen pou toutan (sa fè referans ak fonksyon pèp Mwen an). Men Mwen pral kòmanse ofisyèlman chatye moun ki anndan ansanm ak sa ki deyò kay Mwen an. Okenn malfektè p ap kapab chape anba priz Mwen ni anba jijman Mwen; tout moun dwe andire sa epi adore Mwen. Sa a se majeste Mwen, epi pi plis pase sa toujou, se yon dekrè administratif Mwen pwoklame bay malfektè yo. Pèsonn pa kapab sove pèsonn lòt. Moun yo kapab sèlman okipe tèt pa yo, men kèlkeswa sa yo fè, yo p ap kapab chape anba men Mwen k ap chatye yo a. Se sa ki fè tout moun ka wè ak pwòp je yo rezon ki fè yo di dekrè administratif Mwen yo sevè.

Lè Mwen kòmanse fache, tout demon yo, piti kou gran, pral kouri nan tout sans, paske yo pè anpil pou men Mwen pa frape yo jouk yo tonbe—men pèsonn pa kapab chape anba men Mwen. Mwen kenbe tout zouti pinisyon yo nan men Mwen; men Mwen kontwole tout bagay, tout bagay nan men Mwen, epi pèsonn pa kapab chape. Sa a se sajès Mwen. Lè Mwen te vini nan mond imen an, Mwen te deja fini tout kalite travay preparasyon, sa ki te poze fondasyon pou Mwen kòmanse travay Mwen nan mitan èt imen yo. (Se paske Mwen se Bondye ki saj la, epi Mwen byen jere sa ki dwe fèt ak sa ki pa dwe fèt.) Aprè tout bagay te fin byen ranje, Mwen te vini nan lachè epi Mwen te vini nan mond imen an. Sepandan, pèsonn pa t rekonèt Mwen. Apa moun Mwen te eklere yo, tout pitit rebelyon yo reziste kont Mwen, yo eseye imilye Mwen, epi yo vire do ban Mwen. Men alafen, Mwen pral fè yo vin gen bon konpòtman epi vin obeyisan. Malgre pou lèzòm li ka sanble Mwen pa fè anpil bagay, gwo travay Mwen an deja akonpli. (Tout moun totalman konvenki de moun Mwen ye a, ni nan pawòl ni nan kè yo. Sa a se yon siy.) Jodi a, Mwen leve kanpe epi Mwen pini tout kalite move lespri k ap reziste kont Mwen. Kèlkeswa kantite tan yo genyen depi y ap suiv Mwen, yo dwe kite bò kote Mwen. Mwen pa vle okenn moun ki kont Mwen (se moun ki pa konprann bagay espirityèl yo, moun ki te anba kontwòl move lespri pou yon ti tan, ansanm ak moun ki pa konnen Mwen yo)—Mwen pa vle menm youn ladan yo! Yo pral retire yo tout epi yo pral tounen pitit pèdisyon! Aprè yo fin rann Mwen sèvis jodi a, yo tout dwe ale! Pa flannen nan kay Mwen an; sispann toujou viv sou kont Mwen sanwont! Moun ki soti nan Satan yo se pitit dyab la yo ye, epi yo pral peri pou toutan. Tout moun ki reziste kont Mwen pral kite kote Mwen ye a an silans, konsa travay Mwen an pral avanse pi fasil toujou, san obstak, san okenn lòt twoub ankò. Tout bagay ap fèt sou lòd Mwen, san okenn anpèchman ni okenn obstak. Tout bagay pral tonbe devan je Mwen epi dife Mwen an pral boule yo nèt. Sa sifi pou montre aklè tout pouvwa Mwen ak sajès pafè Mwen (sa Mwen te fè nan premye pitit gason Mwen yo). Sa pral glorifye non Mwen pi plis toujou, epi li pral ajoute plis limyè laglwa sou Mwen. Nan sa Mwen fè ak nan ton vwa Mwen, nou tout kapab wè Mwen fin fè tout travay Mwen anndan kay Mwen an, Mwen kòmanse vire nan direksyon lòt nasyon yo epi Mwen kòmanse travay Mwen an la a, epi Mwen ap egzekite pwochen etap travay Mwen an.

Pifò nan pawòl Mwen yo pa koresponn ak konsepsyon nou yo—men pa ale, pitit gason Mwen yo. Lefètke yo pa koresponn ak konsepsyon lèzòm pa vle di yo pa deklarasyon Mwen. Se egzakteman sa ki pwouve se Mwen menm ki te pwononse yo toutbon. Si pawòl Mwen yo te ann akò ak konsepsyon lèzòm, lè sa a, se t ap travay move lespri yo. Kidonk, nou dwe travay plis sou pawòl Mwen yo, fè sa Mwen mande nou fè a, epi renmen sa Mwen renmen. Dènye epòk sa a se epòk kote tout dezas yo rekòmanse, e plis toujou, se epòk kote Mwen ap revele tout dispozisyon Mwen. Lè tout twonpèt sen Mwen yo kòmanse sonnen, moun yo pral pè toutbon; lè sa a, pèsonn p ap oze fè sa ki mal, men okontrè, yo ap pwostène devan Mwen pou yo admire sajès Mwen ak tout pouvwa Mwen. Apre tou, se Mwen menm Bondye saj la! Kiyès ki kapab demanti Mwen? Epi kiyès ki oze leve kont Mwen? Kiyès ki ka oze pa rekonèt sajès Mwen? Kiyès ki ka oze pa konnen tout pouvwa Mwen? Lè Lespri Mwen ap fè gwo travay toupatou, tout moun konnen tout pouvwa Mwen, men malgre sa Mwen poko atenn objektif Mwen. Mwen vle moun, akoz kòlè Mwen, wè tout pouvwa Mwen, sajès Mwen, ak glwa moun Mwen ye a. (Tout bagay sa yo manifeste nan premye pitit gason Mwen yo; sa a se yon verite absoli. Apa yo, pèsonn pa kapab fè pati moun Mwen ye a; se Mwen ki òdone sa.) Nan kay Mwen an, gen mistè enfini moun pa kapab sonde. Lè Mwen pale, moun yo di Mwen twò san pitye. Yo di gen anpil moun ki deja renmen Mwen nan yon sèten nivo, epi y ap mande poukisa Mwen fè konnen moun sa yo se desandans gwo dragon wouj la e poukisa Mwen pral abandone yo youn apre lòt, kote y ap di li t ap pi bon si te gen plis moun nan kay Mwen an. Malgre sa, Mwen kontinye aji konsa. Kantite moun Mwen te predestine a pa kapab gen ni youn anplis ni youn mwens. (Sa a se dekrè administratif Mwen an. Non sèlman okenn moun pa kapab chanje li, men menm Mwen menm Mwen pa kapab chanje li, paske Mwen pa dwe sede devan Satan. Sa sifi pou demontre sajès Mwen ak majeste Mwen. Se Mwen menm sèl Bondye a. Se sèlman lèzòm ki met ajenou devan Mwen. Mwen pa sede devan lèzòm.) Se egzakteman pwen sa a ki imilye Satan pi plis la. Moun Mwen chwazi yo, yo tout se moun ki enb, ki soumèt, ki obeyisan, epi ki onèt, epi yo kapab sèvi Mwen avèk imilite, san moun pa remake yo. (Satan te vle sèvi ak reyalite sa a pou l imilye Mwen, men Mwen te repouse Satan.) Nan moun sa yo, moun kapab wè karaktè Mwen. Lè Mwen retounen aprè Mwen ranpòte laviktwa nan batay la, Mwen pral wenn premye pitit gason Mwen yo kòm wa nan wayòm Mwen an. Se lè sa a sèlman Mwen pral kòmanse repoze, paske yo pral gouvène kòm wa bò kote Mwen. Premye pitit gason Mwen yo reprezante Mwen, epi yo eksprime Mwen. Nan sèvis yo fè avèk imilite, san moun pa remake yo, yo soumèt devan Mwen; nan onètete yo, yo egzekite pawòl Mwen yo; nan onètete yo, yo di sa Mwen di; epi nan imilite yo, yo pote glwa pou non Mwen (san ensolans ni britalite, men avèk majeste epi ak kòlè). Premye pitit gason Mwen yo! Lè a rive pou nou jije mond linivè a! Mwen beni nou, Mwen ba nou otorite, epi Mwen rekonpanse nou avèk benediksyon! Tout bagay deja akonpli, epi se nou menm ki kontwole epi ki ranje tout bagay, paske Mwen se Papa nou; Mwen se gwo fò won solid nou an, Mwen se refij nou ak sipò nou, epi pi plis pase sa, Mwen se Toupisan nou an; Mwen se tout bagay pou nou! Tout bagay nan men Mwen, epi tout bagay nan men nou tou. Sa pa sèlman gen ladan l jodi a, men yè tou, e menm demen! Èske sa pa merite pou nou selebre? Èske sa pa merite pou nou aklame? Nou tout, aksepte nan men Mwen pòsyon nou merite a! Mwen ba nou tout sa Mwen genyen, san Mwen pa sere anyen pou Mwen menm, paske tout byen Mwen se pou nou, epi richès Mwen yo sou nou. Se poutèt sa, apre Mwen te fin kreye nou, Mwen te di “sa bon anpil”.

Èske nou konnen kiyès ki dirije sa nou fè, sa nou panse, ak sa nou di jodi a? Ki objektif ki kache dèyè tout aksyon nou yo? M ap mande nou: Kijan nou fè patisipe nan fèt maryaj Ti Mouton an? Èske se jodi a? Oswa èske sa ap fèt alavni? Kisa fèt maryaj Ti Mouton an ye? Nou pa konnen, pa vre? Ebyen, Mwen pral eksplike l pou nou: Lè Mwen te vini nan mond imen an, Mwen te ranje tout kalite moun, evènman, ak bagay pou yo sèvi moun Mwen ye jodi a. Kounye a tout bagay fini, Mwen ap mete moun k ap fè sèvis yo sou kote. Ki rapò sa genyen avèk fèt maryaj la? Lè moun sa yo rann sèvis pou Mwen—sa vle di, lè Mwen tounen Ti Mouton an—Mwen santi gou fèt maryaj la. Sa vle di, tout doulè Mwen te andire, tout bagay Mwen te fè, tout sa Mwen te di, tout moun Mwen te rankontre, ak tout sa Mwen te fè pandan lavi Mwen te fòme fèt maryaj la. Aprè yo te fin wenn moun Mwen ye a, nou te kòmanse suiv Mwen (se lè sa a Mwen te vin tounen Ti Mouton an); konsa, anba direksyon Mwen, nou te sibi tout kalite doulè ak dezas, mond lan te rejte nou epi li te kalomnye nou, fanmi nou te rejte nou, epi nou te viv anba benediksyon Mwen. Tout bagay sa yo fè pati fèt maryaj Ti Mouton an. Mwen itilize “fèt maryaj” la” paske tout sa Mwen fè lè Mwen ap dirije nou se nan objektif pou Mwen jwenn nou. Sepandan, tout bagay sa yo fè pati fèt la. Alavni—oswa, jan yon moun ta ka di, jodi a—tout sa nou jwi, tout sa nou jwenn, ak lefètke nou ap gouvène kòm wa avèk Mwen se yon pati nan fèt la. Lanmou Mwen vin sou tout moun ki renmen Mwen yo. Moun Mwen renmen yo ap rete pou toutan, yo p ap janm retire yo, epi y ap rete pou letènite nan lanmou Mwen. Se pou toutan!

Anvan: Chapit 108

Apre: Chapit 110

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger