Chapit 108

Nan Mwen, tout moun kapab jwenn repo, epi tout moun kapab jwenn libète. Moun ki deyò Mwen pa kapab jwenn ni libète ni lajwa, paske Lespri Mwen pa avèk yo. Yo rele moun konsa yo mò ki san lespri, tandiske moun ki nan Mwen yo, Mwen rele yo «moun vivan ki gen lespri». Se Mwen ki chwazi yo, epi yo gen pou yo retounen devan twòn Mwen an. Moun k ap rann sèvis yo ak moun ki pou dyab yo se mò ki san lespri, epi yo dwe detwi yo tout epi fè yo tounen anyen. Sa a se yon mistè nan plan jesyon Mwen an, epi se yon pati nan plan jesyon Mwen an limanite pa kapab rive konprann; sepandan, anmenmtan, Mwen rann sa piblik pou tout moun. Moun Mwen pa chwazi yo kont Mwen; moun Mwen chwazi yo se moun ki konpatib ak Mwen. Sa a pa kapab konteste ditou, epi se sou prensip sa a Mwen baze jijman Mwen fè sou Satan. Tout moun ta dwe konnen prensip sa a pou yo kapab wè dwati Mwen ak jistis Mwen. Tout sa ki soti nan Satan, y ap jije l, boule l, epi fè l tounen sann. Sa a tou se kòlè Mwen, epi apati sa dispozisyon Mwen vin parèt pi klè toujou. Apati moman sa a, Mwen pral fè konnen dispozisyon Mwen aklè; li pral devwale tikras pa tikras bay pakèt nasyon ak pèp yo, bay tout relijyon, bay tout denominasyon, epi bay moun nan tout kouch sosyete a. Anyen p ap kache; tout bagay ap devwale. Paske dispozisyon Mwen ak prensip ki dèyè aksyon Mwen yo se mistè ki pi kache pou limanite, Mwen dwe fè sa (yon fason pou premye pitit gason yo pa vyole dekrè administratif Mwen yo, epi tou pou itilize dispozisyon Mwen devwale a pou jije pakèt nasyon ak pèp yo). Sa a se plan jesyon Mwen an, epi sa yo se etap travay Mwen an. Pèsonn pa dwe chanje sa alalejè. Nan limanite Mwen, Mwen déjà manifeste tout dispozisyon divinite Mwen nan fason Mwen viv, kidonk Mwen pa pèmèt okenn moun ofanse limanite Mwen. (Tout sa Mwen manifeste nan fason Mwen viv se dispozisyon divin nan; sa a se rezon ki fè Mwen te di anvan sa Mwen se Bondye Li menm ki depase limanite nòmal la.) Mwen sètènman p ap epaye okenn moun ki komèt yon ofans kont Mwen, epi Mwen ap kite yo peri pou tout letènite! Sonje! Se sa Mwen te deside; sa vle di, sa a se yon pati endispansab nan dekrè administratif Mwen yo. Tout moun ta dwe wè sa: Moun Mwen ye a se Bondye, epi anplis sa, Bondye Li menm. Sa ta dwe klè kounye a! Mwen pa di anyen san reflechi. Mwen deklare epi Mwen montre tout bagay aklè, jiskaske ou rive konprann yo nèt ale.

Sitiyasyon an genyen anpil tansyon; pa sèlman nan kay Mwen an, men plis toujou, andeyò kay Mwen an, Mwen egzije pou nou bay temwanyaj pou non Mwen, viv Mwen, epi bay temwanyaj pou Mwen nan tout aspè. Paske se dènye tan yo, tout bagay pare kounye a epi tout bagay kenbe aparans orijinal yo, epi anyen nan sa p ap janm chanje. Y ap abandone sa yo dwe abandone yo, epi y ap kenbe sa yo dwe kenbe yo. Pa eseye kenbe ak fòs oswa pouse ale ak fòs; pa eseye deranje jesyon Mwen oswa detwi plan Mwen. Nan pèspektiv lèzòm, Mwen toujou gen lanmou ak mizèrikòd pou limanite, men nan pèspektiv pa Mwen, dispozisyon Mwen diferan selon etap travay Mwen an, paske Mwen se Bondye pratik la Li menm epi Mwen se sèl Bondye a Li menm! Mwen pa janm chanje epi, anmenmtan, Mwen toujou ap chanje. Sa a se yon bagay pèsonn pa kapab rive konprann. Se sèlman lè Mwen pale nou de sa epi Mwen esplike nou sa, n ap konprann li klèman epi n ap kapab sezi sans li. Pou pitit gason Mwen yo, Mwen gen lanmou ak mizèrikòd pou yo, Mwen jis epi Mwen disipline yo, men Mwen pa jije yo (sa vle di, Mwen pa detwi premye pitit gason yo). Pou moun ki pa pitit gason Mwen yo, Mwen chanje a nenpòt ki lè selon chanjman epòk yo: Mwen kapab gen lanmou, mizèrikòd, jistis ak majeste; Mwen kapab jije, fè kòlè, bay madichon, boule, epi, alafen, detwi lachè yo. Yo pral detwi moun k ap peri yo ansanm ak lespri yo ak nanm yo. Sepandan, pou moun k ap rann sèvis yo, se sèlman lespri yo ak nanm yo y ap konsève (epi konsènan detay sou fason Mwen mete sa an pratik, Mwen ap di nou sa pita, yon fason pou nou kapab konprann). Sepandan, yo p ap janm gen libète epi yo p ap janm libere, paske yo anba pèp Mwen an, epi yo anba kontwòl pèp Mwen an. Rezon ki fè Mwen te tèlman rayi moun k ap bay sèvis yo, se paske yo tout se desandan gwo dragon wouj la, epi moun ki pa moun k ap bay sèvis yo se desandan gwo dragon wouj la tou. Sa vle di, tout moun ki pa premye pitit gason se desandan gwo dragon wouj la. Lè Mwen di moun ki nan pèdisyon yo ap ofri Mwen louwanj ki p ap janm fini, Mwen vle di y ap rann Mwen sèvis pou toutan. Sa a se yon bagay ki fikse, ki p ap janm chanje. Moun sa yo ap toujou rete esklav, bèf, ak chwal. Mwen kapab touye yo nenpòt ki lè, epi Mwen kapab domine yo jan Mwen vle, paske yo se desandan gwo dragon wouj la epi yo pa gen dispozisyon Mwen an. Piske yo se desandan gwo dragon wouj la, yo gen dispozisyon l lan; sa vle di, yo posede dispozisyon bèt yo. Sa a se yon verite absoli, e li p ap janm chanje! Sa se paske Mwen te òdone tout sa davans. Pèsonn pa kapab chanje sa (Mwen vle di, Mwen p ap pèmèt okenn moun aji kont règ sa a); si ou eseye, Mwen ap frape ou atè!

Nou ta dwe gade mistè Mwen devwale yo pou nou wè nan ki etap plan jesyon Mwen ak travay Mwen rive. Gade sa Mwen fè avèk men Mwen, gade sou kiyès jijman Mwen tonbe, epi gade sou kiyès kòlè Mwen tonbe. Sa a se jistis Mwen. Mwen òganize travay Mwen epi Mwen jere plan Mwen an dapre mistè Mwen devwale yo. Pèsonn pa kapab chanje sa; li dwe fèt etap pa etap, selon dezi Mwen. Mistè yo se chemen kote travay Mwen ap fèt la, epi yo se siy ki fè konnen etap ki nan plan jesyon Mwen an. Pèsonn pa dwe ajoute oswa retire anyen nan mistè Mwen yo, paske si mistè a pa kòrèk, ebyen chemen an pa kòrèk. Poukisa M ap devwale mistè Mwen yo ba nou kounye a? Ki rezon ki fè sa? Kiyès pami nou ki kapab di l klèman? Anplis de sa, Mwen te di mistè yo se chemen an, kidonk ak kisa chemen sa a fè referans? Se pwosesis nou pase pou nou soti nan lachè pou antre nan kò a, epi sa se yon etap enpòtan. Aprè Mwen devwale mistè Mwen yo, nosyon moun yo ap disparèt tikras pa tikras epi panse yo ap febli tikras pa tikras. Sa a se pwosesis pou antre nan mond espirityèl la. Konsa, Mwen di travay Mwen an fèt pa etap, epi li pa yon bagay ki vag; se sa ki pratik la, epi se fason sa Mwen travay. Pèsonn pa kapab chanje sa, ni okenn lòt moun pa kapab reyalize li, paske Mwen se Bondye inik la Li menm! Se Mwen menm pèsonèlman ki fè travay Mwen. Se Mwen menm sèl ki kontwole tout linivè a, epi se Mwen menm sèl ki òkestre li. Kiyès ki oze pa koute Mwen? (Lè Mwen di « Mwen menm sèl », Mwen vle di Bondye Li menm, paske moun Mwen ye a se Bondye Li menm—kidonk pa rete tèlman atache ak pwòp nosyon nou.) Kiyès ki oze opoze ak Mwen? Y ap resevwa yon pinisyon sevè! Nou te wè rezilta gwo dragon wouj la! Sa se finisman li, men tou se yon bagay ki gen pou rive kanmenm. Se Mwen menm pèsonèlman ki dwe fè travay la yon fason pou Mwen kapab fè gwo dragon wouj la wont, fè l pa janm kapab leve ankò, epi fè l peri pou toutan! Kounye a M ap kòmanse devwale mistè yo. (Sonje! Pifò nan mistè ki devwale yo se bagay nou souvan di men pèsonn pa konprann.) Mwen te di tout bagay moun wè ki poko fini yo te deja fini nan je Mwen, epi bagay Mwen wè ki fèk ap kòmanse yo, sanble yo deja akonpli pou moun. Èske sa se yon paradòks? Non, li pa sa. Moun yo panse nan fason sa a paske yo gen pwòp nosyon ak panse pa yo. Bagay Mwen planifye yo akonpli atravè pawòl Mwen yo. (Mwen pale, epi bagay la etabli; Mwen pale, epi sa Mwen di a akonpli.) Sepandan, pou Mwen, bagay Mwen te di yo pa sanble fin akonpli. Sa se paske bagay Mwen fè yo gen yon limit tan. Konsa, Mwen wè bagay sa yo kòm bagay ki poko akonpli, menmsi nan je fizik moun yo (akoz diferans nan fason yo wè tan), bagay sa yo deja akonpli. Jodi a pifò moun vin gen dout sou Mwen akoz mistè Mwen devwale yo. Pandan y ap fè fas ak reyalite a, epi paske entansyon Mwen pa koresponn ak nosyon moun yo, y ap reziste kont Mwen epi yo nye Mwen. Sa a se Satan k ap pran tèt li nan pwòp pyèj li. (Yo vle resevwa benediksyon, men yo pa t atann Bondye t ap aji yon fason ki kontrè ak pwòp nosyon yo nan yon nivo konsa, kidonk yo fè bak.) Sa a tou se yon efè travay Mwen an. Tout moun ta dwe louwe Mwen, aklame Mwen, epi ban Mwen glwa. Tout bagay nèt nan men Mwen, epi tout bagay nèt anba jijman Mwen. Lè foul moun Mwen chwazi yo ap vide vin sou mòn Mwen an, epi lè premye pitit gason yo va retounen ak laviktwa, sa ap bout plan jesyon Mwen an. Se pral moman kote plan jesyon Mwen an, ki dire sis mil ane, ap akonpli. Mwen òganize tout bagay pèsonèlman; Mwen te deja di sa plizyè fwa. Piske nou toujou ap viv daprè nosyon nou yo, Mwen dwe ensiste sou sa plizyè fwa yon fason pou nou pa fè okenn erè la a epi pou nou pa deranje plan Mwen an. Moun pa kapab ede Mwen, ni yo pa kapab patisipe nan jesyon Mwen an, paske kounye a nou toujou fèt ak chè ak san. (Malgre se Mwen ki chwazi nou, nou toujou ap viv nan lachè.) Se poutèt sa, Mwen di moun ki fèt ak chè ak san pa kapab resevwa eritaj Mwen an. Sa a tou se prensipal rezon ki fè Mwen fè nou antre nan mond espirityèl la.

Nan mond lan, tranblemanntè yo se kòmansman dezas yo. Toudabò, Mwen fè mond lan—sa vle di tè a—chanje, epi aprè sa flewo ak grangou vini. Sa a se plan Mwen, epi sa yo se etap Mwen yo, epi M ap manevre tout bagay pou sèvi Mwen yon fason pou Mwen akonpli plan jesyon Mwen an. Konsa, san Mwen pa detwi li, tout linivè a ap detwi pwòp tèt li. Lè Mwen te vin nan lachè pou premye fwa epi yo te kloure Mwen sou kwa a, tè a te tranble anpil, epi l ap menm jan an lè lafen an rive. Tranblemanntè yo ap kòmanse nan menm moman Mwen antre nan mond espirityèl la soti nan lachè. Konsa, premye pitit gason yo p ap gen pou soufri de okenn dezas, tandiske moun ki pa premye pitit gason yo pral rete pou yo soufri nan mitan dezas yo. Se poutèt sa, nan pèspektiv lèzòm, tout moun vle vin yon premye pitit gason. Nan sa moun yo imajine, se pa pou jwi benediksyon, men pito pou chape anba soufrans dezas la. Sa a se konplo gwo dragon wouj la. Sepandan, Mwen p ap janm kite l chape; M ap sètènman fè li sibi pinisyon sevè Mwen an, epi apresa pou l toujou rete kanpe epi rann Mwen sèvis (sa vle di fè pitit gason Mwen yo ak pèp Mwen an vin konplè), epi M ap fè li tonbe pou toutan nan pwòp konplo li, aksepte jijman Mwen pou toutan, epi aksepte dife Mwen an pou toutan. Sa a se vrè siyifikasyon moun k ap bay sèvis yo ap louwe Mwen an (sa vle di, itilize yo pou devwale gwo pouvwa Mwen). Mwen p ap pèmèt gwo dragon wouj la antre nan wayòm Mwen an, ni Mwen p ap ba li dwa pou l louwe Mwen! (Sa se paske li pa diy, li endiy etènèlman!) M ap sèlman fè gwo dragon wouj la rann Mwen sèvis pou letènite! M ap sèlman kite l pwostène devan Mwen. (Moun k ap peri yo pi byen pase moun k ap ale nan pèdisyon yo; peri se sèlman yon fòm pinisyon sevè ki pwovizwa, pandan ke moun k ap ale nan pèdisyon yo pral soufri pinisyon sevè pou toutan. Pou rezon sa a, Mwen itilize mo "pwostène" a. Paske moun sa yo antre an kachèt nan kay Mwen an epi yo jwi anpil nan gras Mwen, epi yo posede yon kèk konesans de Mwen, Mwen itilize pinisyon sevè. Kanta pou moun ki deyò kay Mwen an, ou ta kapab di moun ki inyoran yo p ap soufri.) Nan nosyon moun yo, yo panse moun k ap peri yo pi mal pase moun k ap ale nan pèdisyon yo, men okontrè, dènye gwoup sa dwe sibi pinisyon sevè pou toutan, epi moun k ap peri yo pral retounen nan neyan pou tout letènite.

Anvan: Chapit 106

Apre: Chapit 109

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger