Chapit 106

Moun ki pa konnen pawòl Mwen yo, moun ki pa konnen imanite nòmal Mwen an, ak moun ki reziste kont divinite Mwen an, tout pral disparèt, yo pral tounen anyen. Pèsonn pap egzante de sa, epi tout moun dwe satisfè egzijans yo nan aspè sa a, paske se dekrè administratif Mwen an, e se dekrè sa a Mwen fè respekte pi sevèman. Moun ki pa konnen pawòl Mwen yo se moun ki tande sa Mwen te siyale aklè, men ki toujou pa gen konesans sou yo. Sa vle di, se moun ki pa gen disèneman espirityèl (piske Mwen pa t kreye yon fakilte pou sa nan lòm, Mwen pa mande anpil bagay nan men yo; Mwen sèlman egzije pou yo mete pawòl Mwen yo an pratik apre yo fin tande yo). Moun sa yo pa fè pati kay Mwen an, ni yo pa menm kalite ak Mwen; yo fè pati wayòm Satan an. Se poutèt sa, Mwen pa vle gen yon sèl nan moun sa yo ki pa gen disèneman espirityèl. Anvan sa, nou te panse Mwen te ale twò lwen, men kounye a nou ta dwe konprann. Ki jan bèt ta ka menm pale ak Bondye? Èske sa pa t ap absid? Moun ki pa konnen imanite nòmal Mwen an se moun ki sèvi ak pwòp konsepsyon pa yo pou mezire sa Mwen fè nan imanite Mwen an. Olye yo soumèt yo, yo vin chèche ti defo lakay Mwen ak je lachè yo. Èske petèt pawòl Mwen te di yo te anven? Mwen te di imanite nòmal Mwen an se yon pati endispansab nan Mwen menm, Bondye konplè Li menm, e men fason apwopriye pou imanite nòmal Mwen an ak divinite konplè Mwen an travay ansanm ann amoni youn ak lòt: Lè sa Mwen fè atravè imanite nòmal Mwen an pa kadre ak konsepsyon lòm, moun ki reziste kont Mwen epi ki pa konpatib ak Mwen yo vin revele. Apre sa, divinite konplè Mwen an pale atravè imanite a, e konsa Mwen te regle zafè kèk moun. Si ou pa konprann sa Mwen fè, men ou kapab soumèt ou kanmenm, lè sa a, ou se kalite moun Mwen pa kondane; Mwen sèlman eklere moun konsa. Se moun sa yo menm Mwen renmen, e se poutèt soumisyon ou Mwen eklere ou. Moun ki reziste kont divinite Mwen an gen ladan yo moun ki pa konnen pawòl Mwen yo, moun ki pa konpatib ak imanite nòmal Mwen an, ansanm ak moun ki pa kontan ak sa Mwen fè nan divinite Mwen an (pa egzanp, lè Mwen vin fache oswa lè Mwen bati legliz la, elatriye). Tout bagay sa yo se ekspresyon rezistans kont divinite Mwen an. Sepandan, gen yon bagay Mwen dwe mete aksan sou li, e nou chak, san okenn eksepsyon, dwe prete atansyon: Moun ki pa konpatib ak moun Mwen ye jodi a ap reziste kont divinite Mwen an. Poukisa Mwen kontinye di moun Mwen ye a se Bondye konplè Li menm? Dispozisyon moun Mwen ye a anglobe totalite dispozisyon divin nan; pa sèvi ak konsepsyon lèzòm pou mezire Mwen. Menm kounye a, anpil moun toujou di Mwen gen imanite nòmal epi ke se pa tout sa Mwen fè ki nesesèman kòrèk. Moun konsa—èske se pa lanmò w ap chèche konsa? Yo pa konprann menm yon sèl mo nan sa Mwen ap di a, e yo se pitit avèg yo nèt ale, desandan gwo dragon wouj la! M ap di tout moun sa a yon dènye fwa (epi Mwen p ap repete l apre sa, e nenpòt moun ki komèt ofans sa a ankò ap tonbe anba madichon, sa sèten): Pawòl Mwen, ri Mwen, manje Mwen, kote Mwen rete, fason Mwen pale, ak tout konpòtman Mwen—se Mwen menm, Bondye Li menm, ki fè tout bagay sa yo, e pa gen menm pi piti eleman imen ki mele ladan yo. Okenn! Pa gen ditou! Tout moun dwe abandone ti kalkil pèsonèl yo epi yo pa dwe janm fè yo ankò. Plis moun kontinye fè kalkil sa yo, se plis y ap pèdi. Koute konsèy Mwen!

Mwen toujou ap egzamine fon kè chak moun an pwofondè, m ap egzamine chak mo ak chak aksyon chak moun fè. Mwen wè klè, youn pa youn, ki moun Mwen renmen ak ki moun Mwen deteste. Se yon bagay moun pa ka menm imajine, byen mwens ankò pa ka fè l. Mwen di anpil pawòl, e Mwen fè anpil bagay; ki moun ki ta ka eksplike nèt ki objektif pawòl Mwen yo genyen, ak ki objektif sa Mwen fè yo genyen? Pèsonn pa ta kapab. Doravant, M ap di menm plis pawòl; yon bò, sa pral elimine tout moun Mwen deteste yo; yon lòt bò, sa pral fè nou soufri yon ti jan plis nan sans sa a, pou nou ka goute rezirèksyon an yon lòt fwa ankò, men ak plis severite. Se pa moun ki ka deside sa, e pèsonn pa ka anpeche sa rive. Menm si nou konnen sa kounye a, lè lè a rive, nou p ap ka chape anba kalite soufrans sa a. Paske se konsa Mwen travay. Mwen dwe travay konsa pou Mwen ka reyalize objektif Mwen yo, epi pou volonte Mwen ka akonpli sou nou. Se poutèt sa yo di: «Nou pral oblije sibi dènye soufrans lan.» Apre sa, kò nou p ap janm soufri ankò, paske gwo dragon wouj la pral fin detwi nèt pa Mwen, e li p ap janm oze fè dezòd ankò. Sa a se dènye etap la anvan nou antre nan kò a; se yon faz tranzisyon. Men, pa pè—M ap mennen nou travèse difikilte youn apre lòt, sa sèten. Kwè ke Mwen se Bondye dwat la Li menm, e tout sa Mwen di ap reyalize san mank. Mwen se Bondye fidèl la Li menm. Tout peyi, tout tè, ak tout denominasyon ap retounen vin jwenn Mwen epi y ap rasanble bò kote twòn Mwen an. Sa a se gwo pouvwa Mwen, e M ap jije chak pitit rebelyon epi M ap jete yo nan letan dife ak souf la—p ap gen youn k ap rete. Tout moun dwe bat an retrèt. Sa a se dènye etap nan plan jesyon Mwen an, e yon fwa li fin akonpli, M ap antre nan repo Mwen, paske tout bagay ap fin fèt, e plan jesyon Mwen an ap rive nan bout li.

Paske rit travay Mwen an akselere (byenke Mwen pa santi M enkyete ditou), M ap revele pawòl Mwen yo ba nou chak jou, epi M ap devwale mistè ki nan men Mwen yo ba nou chak jou, pou nou ka swiv tras Mwen byen sere. (Sa a se sajès Mwen: Mwen sèvi ak pawòl Mwen yo pou Mwen pèfeksyone moun, men Mwen sèvi ak yo tou pou Mwen frape moun. Tout moun li pawòl Mwen yo epi yo kapab aji ann akò ak volonte Mwen jan li parèt nan pawòl sa yo. Moun ki negatif yo ap rete negatif; moun ki gen pou parèt jan yo ye toutbon an ap parèt; moun ki reziste yo ap kontinye reziste; e moun ki renmen Mwen fidèlman yo ap vin pi fidèl toujou. Konsa, tout moun ap kapab swiv tras Mwen. Tout sitiyasyon Mwen sot dekri yo se fason Mwen travay, epi yo tout sèvi objektif Mwen vle reyalize yo.) Nan tan lontan, Mwen te di bagay konsa: Kèlkeswa jan Mwen dirije nou, se konsa nou dwe pouswiv; kèlkeswa sa Mwen di nou, se konsa nou dwe koute. Kisa Mwen vle di pa la a? Èske nou konnen? Ki objektif ak siyifikasyon pawòl sa yo Mwen di yo? Èske nou konprann? Konbyen moun ki kapab esplike sa nèt? Lè Mwen di: «Kèlkeswa jan Mwen dirije nou, se konsa nou dwe pouswiv,» Mwen pa pale sèlman de fason Mwen menm, antanke moun, ap dirije nou; Mwen pale plis toujou de pawòl Mwen di yo ak chemen Mwen trase a. Jodi a, pawòl sa yo reyalize toutbon. Depi pawòl Mwen soti, tout kalite figi dyabolik parèt aklè devan limyè figi Mwen, konsa nou kapab wè yo byen klè. Pawòl sa yo pa sèlman yon anons pou Satan, men yo se yon manda Mwen ba nou tou. Pifò nan nou pa bay pawòl sa yo enpòtans, nou panse se jis yon manda Mwen ban nou; men nou pa reyalize ke se pawòl jijman, pawòl ki gen otorite ladan yo. Objektif pawòl Mwen yo se bay Satan lòd pou l rann sèvis pou Mwen jan sa dwe fèt epi pou l obeyi Mwen nèt ale. Pami mistè Mwen te devwale nan tan lontan yo, gen anpil nou poko konprann. Se poutèt sa, alavni, M ap devwale nou plis toujou, pou nou kapab gen yon konpreyansyon ki pi klè e ki pi pwofon.

Lè gwo dezas yo rive, tout moun ap tranble anba laperèz. Yo tout ap kenbe tèt yo nan men yo, y ap kriye ak gwo doulè, epi y ap rayi move zak yo te fè yo. Men, lè sa a, li pral twò ta, paske se epòk gwo kòlè a; se pa moman pou sove moun ni pou fè yo resevwa gras. Se moman pou elimine tout moun k ap rann sèvis yo epi pou pèmèt pitit gason Mwen yo egzèse pouvwa pou Mwen. Sa vrèman diferan ak tout sa ki te pase anvan yo; se yon bagay san parèy depi kreyasyon mond lan. Paske se Mwen ki te kreye mond lan yon fwa, se Mwen menm tou k ap detwi l yon fwa, e pèsonn pa ka chanje sa Mwen te deja òdone davans. Nan tan lontan, Mwen te konn pale sou «Kris-moun kolektif yo» ak «nouvo moun inivèsèl kolektif yo». Ki jan pou nou esplike de ekspresyon sa yo? Èske «Kris-moun kolektif yo» vle di premye pitit gason yo? Èske «nouvo moun inivèsèl kolektif yo» vle di premye pitit gason yo tou? Non. Moun yo pa t konprann ekspresyon sa yo kòrèkteman, paske se jis nan nivo sa a konsepsyon lèzòm kapab rive. Se poutèt sa, jodi a, M ap esplike nou yo aklè. «Kris-moun kolektif yo» ak «nouvo moun inivèsèl kolektif yo» pa vle di menm bagay; chak ekspresyon gen pwòp siyifikasyon pa l. Sou plan mo yo, de ekspresyon sa yo prèske sanble, e yo ta ka fè moun panse se menm bagay la. Men, reyalite a se egzakteman lekontrè. Alò, kiyès egzakteman ekspresyon «Kris-moun kolektif yo» a vle di? Oswa, ki sa li fè referans ak li? Lè moun tande ekspresyon «Kris-moun yo», tout moun panse ak Mwen san ezite. Sa pa mal ditou. Lè moun tande mo «kolektif» la, yo panse ak yon gwo kantite moun ki rasanble ansanm, ki pratikman fòme yon sèl inite; se poutèt sa yo rele l «kolektif». Sa montre jan lespri lèzòm senp: yo pa kapab konprann sans pawòl Mwen yo ditou. Kounye a, M ap kòmanse kominye sou sa «Kris-moun kolektif yo» ye ofisyèlman (men tout moun dwe abandone pwòp konsepsyon pa yo; sinon, pèsonn p ap kapab konprann sa nèt. Menm si Mwen ta esplike l, moun yo pa t ap kwè ni konprann): Depi pawòl Mwen soti, tout premye pitit gason Mwen yo kapab aji ann akò ak entansyon Mwen epi eksprime entansyon Mwen. Se poutèt sa yo fè yon sèl kè ak yon sèl bouch. Lè premye pitit gason yo ap jije tout nasyon ak tout pèp, yo tout kapab mete jistis Mwen an ann aplikasyon epi egzekite dekrè administratif Mwen yo. Yo se yon ekspresyon de Mwen; yo se manifestasyon Mwen. Se poutèt sa, nou kapab di «Kris-moun kolektif yo» se reyalite premye pitit gason yo k ap egzekite dekrè administratif Mwen yo; se otorite ki nan men premye pitit gason yo. Tout bagay sa yo gen rapò ak Kris; se poutèt sa yo rele yo «Kris-moun yo». Anplis, chak premye pitit gason kapab aji ann akò ak entansyon Mwen; se poutèt sa Mwen sèvi ak mo «kolektif» la. «Nouvo moun inivèsèl kolektif yo», bò kote pa l, fè referans ak tout moun ki nan non Mwen; sa vle di premye pitit gason Mwen yo, pitit gason Mwen yo ak pèp Mwen an. Mo «nouvo» a gen rapò ak non Mwen. Paske yo nan non Mwen (non Mwen gen tout bagay ladan l; li toujou nouvo, li pa janm vye, e pèsonn pa ka chanje l), epi paske yo pral viv pou tout tan, yo se nouvo moun inivèsèl yo. Isit la, mo «kolektif» a fè referans ak kantite moun yo, e li pa gen menm sans ak premye ekspresyon an. Lè Mwen pale, tout moun dwe kwè sa Mwen di a; pa gen plas pou dout. Abandone konsepsyon lèzòm ak fason lèzòm panse. Pwosesis kote M ap devwale mistè yo kounye a se menm pwosesis kote M ap elimine konsepsyon ak panse lèzòm. (Paske moun yo sèvi ak pwòp konsepsyon pa yo pou mezire Mwen ak pawòl Mwen yo; se poutèt sa Mwen sèvi ak mistè M ap devwale yo pou elimine konsepsyon ak panse lèzòm.) Travay sa a pral fini talè konsa. Lè Mwen fin devwale mistè Mwen yo rive nan yon sèten nivo, moun yo p ap gen okenn lòt fason pou yo reflechi sou pawòl Mwen yo ankò, e yo p ap sèvi ak konsepsyon pa yo pou mezire Mwen. Tout sa yo panse chak jou, M ap devwale l, epi M ap frape yo tou. Rive yon lè, moun yo p ap panse ankò; lespri yo ap vid, san okenn panse, epi yo pral soumèt nèt devan pawòl Mwen yo. Se lè sa a nou pral antre nan mond espirityèl la. Sa se yon etap nan travay Mwen an ki dwe fèt anvan Mwen pèmèt nou antre nan mond espirityèl la. Nou dwe retire tout konsepsyon lèzòm nan nou anvan, pou nou kapab antre nan mond espirityèl la avèk sentete, san okenn enpite. Se sa Mwen vle di lè Mwen di: «Mwen se yon kò espirityèl ki sen.» Men, nou dwe aji ann akò ak etap Mwen yo, epi, anvan nou menm rann nou kont, lè Mwen an ap rive.

Anvan: Chapit 105

Apre: Chapit 108

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger