Chapit 105

Moun yo nye Mwen poutèt prensip ki nan pawòl Mwen yo ak fason Mwen travay la; se nan objektif sa a Mwen ap pale depi tout tan sa a (sa adrese a tout pitit gwo dragon wouj la). Sa a se metòd saj travay Mwen an; se jijman Mwen pou gwo dragon wouj la. Sa a se estrateji Mwen, e pa gen yon sèl moun ki ka konprann li konplètman. Nan chak pwen enpòtan—sa vle di, nan chak faz tranzisyon nan plan jesyon Mwen an—gen kèk moun ki dwe elimine; yo elimine selon lòd travay Mwen an. Se konsa e se konsa sèlman tout plan jesyon Mwen an fonksyone. Apre Mwen fin jete moun Mwen vle elimine yo, M ap kòmanse pwochen etap travay Mwen an. Sepandan, sa a se eliminasyon (e sa vle di legliz Lachin), epitou se moman kote pi gwo kantite moun yo pral gentan elimine, pandan yon faz tranzisyon, depi kreyasyon mond lan. Depi lontan, chak fwa yo te elimine moun, te gen yon pati ki te rete pou rann sèvis nan travay ki vin apre a. Sepandan, fwa sa a pa menm jan ak lòt fwa yo; li pwòp epi li efikas. Se li ki pi sevè ak pi konplè nan tout tan yo. Menm si pifò moun, apre yo fin li pawòl Mwen yo, yo eseye retire dout nan tèt yo, finalman yo pa ka simonte l epi, nan fen an, yo tonbe nan batay yo. Se pa yo ki pou deside, paske moun Mwen destine yo pa ka chape epi moun Mwen ye a pa t predestine yo, Mwen tou senpleman pa kapab ba yo enpòtans. Moun Mwen renmen yo dwe moun Mwen konsidere avèk favè; sinon, pa gen yon sèl moun ki ka lib pou l kite wayòm Mwen an epi antre ladan l. Sa a se baton fè Mwen an, epi se sèlman sa a ki se temwayaj puisan an ak manifestasyon konplè egzekisyon dekrè administratif Mwen yo. Sa a se pa yon bagay ou ka akonpli jis paske w gen yon motivasyon entèn. Poukisa Mwen te di Satan te deja tonbe, e li te pèdi tout pouvwa? Okòmansman li te gen fòs, men li nan men Mwen sèvi; si Mwen mande l pou l kouche, li dwe kouche, epi si Mwen mande l pou l leve pou l sèvi Mwen, li dwe leve epi sèvi Mwen, epi fè sa byen. Se pa paske Satan vle fè sa; se paske baton fè Mwen an domine Satan, epi se sèlman konsa li konvenk konplètman. Dekrè administratif Mwen yo gouvène l, epi Mwen gen gwo pouvwa Mwen, kidonk Satan pa gen lòt chwa ke aksepte l konplètman; Satan dwe pilonnen anba ban pye Mwen, pandan l ap soumèt tèt li avèk imilite. Nan tan lontan, lè l t ap rann sèvis pou pitit Gason Mwen yo, Satan te gen anpil kouraj, epi li te fè ekspre li entimide yo, avèk espwa li t ap imilye Mwen epi l t ap di Mwen se yon enkapab. Ala ou avèg! M ap pilonnen w jiskaske w mouri! Mwen mete ou an defi pou w montre awogans san kontwòl sa a ankò! Ann wè si w oze gade pitit gason Mwen yo avèk mepri ankò! Plis moun yo onèt, plis yo koute pawòl Mwen yo, plis yo soumèt devan Mwen, se plis ou entimide epi izole yo (isit la Mwen vle di w rasanble konplis ou yo pou w fòme yon gwoup opozan). Kounye a, jou awogans san kontwòl ou yo fini, epi ti kras pa ti kras, Mwen pral regle avèk ou; Mwen p ap kite w chape anba konsekans menm yon ti bagay nan sa w te fè a. Kounye a se pa ou—Satan—ki gen pouvwa; olye de sa, Mwen repran pouvwa sa a, epi lè pou Mwen rele pitit gason Mwen yo pou yo fè fas avèk ou a rive. Ou dwe obeyisan, epi pa reziste menm yon ti kras. Kèlkeswa jan w te byen konpòte w lè w te devan Mwen nan tan pase a, sa pa pral ede w jodi a. Si w pa fè pati moun Mwen renmen yo, Mwen pa vle w. Youn ki anplis pa akseptab; sa dwe kantite Mwen te predestine a, epi youn ki an mwens menm pi mal. Satan—pa fè dezòd! Èske sa posib pou Mwen pa klè nan pwòp kè Mwen konsènan kiyès Mwen renmen ak kiyès Mwen rayi? Èske Mwen bezwen ou raple M? Èske Satan te ka fè pitit gason Mwen yo? Tout sans! Tout nan mizè! Mwen pral jete yo tout bagay nèt. Mwen pa vle menm yon sèl; tout moun dwe soti! Plan jesyon sis mil ane a rive nan fen li, travay Mwen an fini, epi Mwen dwe debarase M de bann bèt ak sovaj sa yo!

Moun ki kwè nan pawòl Mwen yo epi ki mete yo an pratik dwe moun Mwen renmen yo; Mwen p ap abandone okenn nan yo, epi Mwen p ap kite okenn nan yo ale. Konsa, moun ki se premye pitit gason yo pa bezwen toujou enkyete yo. Piske se Mwen ki bay li, pèsonn pa ka retire l, epi Mwen oblije bay li a moun Mwen beni yo. Mwen beni (jodi a) moun Mwen twouve ki merite sa (anvan kreyasyon mond lan). Se konsa M ap travay, epi se tou, pi gwo prensip ki dèyè chak atik nan dekrè administratif Mwen yo, epi pèsonn pa dwe chanje l; yo pa ka ajoute yon sèl mo, ni yon sèl fraz, ni menm retire yon sèl mo oswa yon sèl fraz. Nan tan lontan, Mwen te souvan di moun Mwen ye a parèt devan nou. Kisa ki « moun Mwen ye a », epi ki jan li parèt? Èske sa senpleman vle di moun Mwen ye a? Oswa èske sa vle di tou senpleman chak fraz Mwen di? De aspè sa yo, byenke yo endispansab, yo reprezante yon ti pati sèlman; sa vle di, yo pa yon eksplikasyon konplè sou moun Mwen ye a. Moun Mwen ye a gen Mwen menm enkane nan lachè, pawòl Mwen yo, epi tou zak Mwen yo ladan l, men eksplikasyon ki pi egzat la sè ke premye pitit gason Mwen yo ak Mwen se moun Mwen ye a. Sa vle di, yon kolektif moun-Kris yo, ki gen pouvwa antanke wa, se moun Mwen ye a. Se poutèt sa, chak nan premye pitit gason yo endispansab epi yo fè pati moun Mwen ye a, epi se poutèt sa, Mwen mete aksan sou kantite moun yo pa ka ni twòp (sa ki ta fè Mwen wont), ni, menm pi enpòtan, twò piti (sa ki ta fè Mwen pa t ap kapab manifeste Mwen konplètman). Anplis de sa, Mwen souliye plizyè fwa premye pitit gason yo pi chè pou Mwen, yo se trezò ki pi chè Mwen genyen, epi se kristalizasyon plan jesyon sis mil ane Mwen an; se sèlman yo ki ka reprezante manifestasyon pafè ak konplè Mwen an. Se sèl manifestasyon konplè moun Mwen ye a, Mwen ka ye Mwen menm; se sèlman ansanm ak premye pitit gason yo Mwen ka di Mwen se yon manifestasyon pafè ak konplè. Se konsa, Mwen mete egzijans estrik pou premye pitit gason Mwen yo, san Mwen pa neglije anyen, Mwen atake san rete epi Mwen touye tout moun apa premye pitit gason Mwen yo; sa a se rasin tout sa Mwen te di, epi se objektif final anpil pawòl Mwen yo. Anplis, plizyè fwa, Mwen souliye yo dwe moun Mwen te jije diy, moun Mwen te chwazi pèsonèlman depi kreyasyon mond lan. Kòman, alò, nou ka eksplike mo « parèt » la? Èske se lè yon moun antre nan domèn espirityèl la? Pifò moun kwè se lè sa a kò Mwen te resevwa onksyon, oswa lè sa a yo te wè kò Mwen, men tout sa a se pa laverite; li pa menm pre verite a. « Parèt, » dapre siyifikasyon orijinal li, pa difisil ditou pou konprann, men konprann li dapre siyifikasyon Mwen an pi difisil toujou. Nou ka di sa konsa: Lè Mwen te fè limanite epi Mwen te mete kalib Mwen nan gwoup moun sa a Mwen te renmen an, gwoup moun sa a te moun Mwen ye a. Pou di sa yon lòt fason, moun Mwen ye a te deja parèt nan moman sa a. Se pa ke moun Mwen ye a te parèt apre yo te aksepte non sa a; olye de sa, sè ke li te parèt apre Mwen te predestine gwoup moun sa a, paske yo te gen kalite Mwen an (nati yo pa chanje, epi yo toujou fè pati moun Mwen ye a). Konsa, moun Mwen ye a, depi lè kreyasyon mond lan jiska jounen jodi a, toujou parèt. Pifò moun kwè nan lide ki di Mwen menm ki enkane nan lachè se moun Mwen ye a, sa ki pa vre ditou; lide sa a soti sèlman nan panse yo ak nosyon yo. Si se te sèlman Mwen menm ki te enkane nan lachè ki te moun Mwen ye a, sa pa t ap ka fè Satan wont. Li pa t ap ka glorifye non Mwen, epi an reyalite li t ap gen yon efè kontrè, konsa li t ap fè Mwen wont, epi li t ap vin yon siy ki montre Satan t ap fè Mwen wont pandan tout tan. Se Mwen menm ki Bondye saj la, e Mwen pa t ap janm fè yon bagay sòt konsa.

Travay Mwen an dwe bay rezilta epi, menm plis ankò, dwe gen yon metòd nan pawòl Mwen yo; tout pawòl Mwen yo ak sa Mwen di yo mache ansanm ak Lespri Mwen, epi Mwen pale dapre tout sa Lespri Mwen fè. Se poutèt sa, tout moun ta dwe, atravè pawòl Mwen yo, santi Lespri Mwen, wè sa Lespri Mwen an ap fè, epi wè egzakteman sa Mwen vle fè; selon pawòl Mwen yo, yo ta dwe wè metòd kote Mwen travay la, epi wè ki prensip ki nan tout plan jesyon Mwen an. Mwen gade tout imaj linivè a: Chak moun, chak evènman, ak chak kote tout ap fonksyone nan pla men Mwen. Pa gen moun ki oze opoze a plan Mwen an; tout moun avanse pazapa nan lòd mwen te endike a. Sa a se gwo pouvwa Mwen; se la a, sajès pou jere tout plan Mwen an chita. Pa gen moun ki ka konprann konplètman ni eksplike klèman; se Mwen menm ki fè tout bagay pèsonèlman, epi se Mwen menm sèl ki kontwole yo.

Anvan: Chapit 104

Apre: Chapit 106

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger