Chapit 101

Mwen p ap kite pèsonn ki deranje jesyon Mwen oswa ki chèche kraze plan Mwen yo chape fasil. Chak moun dwe konprann sa M vle di nan pawòl M di yo, e chak moun dwe konprann aklè sa M ap pale de li. Dapre sitiyasyon kounye a, chak nan nou dwe egzamine tèt ou ak ki kalite wòl w ap jwe: Èske w ap viv pou Mwen, oswa w ap rann sèvis pou Satan? Èske chak grenn aksyon ou soti nan Mwen, oswa nan demon yo? Ou dwe klè sou tout sa, konsa pou w evite vyole dekrè administratif Mwen yo epi pou w pa pwovoke kòlè Mwen. Lè M panse ak tan pase a, tout moun te enfidèl, san pyete filyal, e san respè anvè Mwen. Anplis, yo te trayi Mwen. Pou rezon sa yo, moun sa yo ap fè fas ak jijman Mwen jodi a. Menmsi M sanble se yon senp moun, tout moun ki pa jwenn favè nan je M (ou dwe konprann sa M vle di nan sa: Se pa yon kesyon de jan ou bèl oswa jan ou gen cham, men si M te predestine ou e si M te chwazi ou) pral elimine pa Mwen. Sa a se vre nèt. Se paske M ka sanble yon moun pa deyò, men ou bezwen wè pi lwen pase limanite Mwen pou w ka wè divinite Mwen. Mwen te di sa plizyè fwa: “Limanite nòmal ak divinite konplè se de pati ki pa ka separe, ki fòme sa Bondye ye konplètman.” Poutan, ou toujou pa konnen Mwen; ou bay sèlman bondye vag ou imajine a enpòtans. Ou se moun ki pa gen konpreyansyon espirityèl. Malgre sa, moun konsa toujou vle vin premye pitit gason Mwen yo. Ala san wont! Yo pa wè ki pozisyon yo genyen toutbon! Yo pa menm gen pati pa yo nan pèp Mwen an, kidonk ki jan yo ta ka premye pitit gason Mwen yo epi vin wa ansanm avè M? Moun konsa pa konnen tèt yo; yo se menm kalite ak Satan, e yo pa merite vin poto nan kay Mwen, alevwa pou yo ta sèvi devan Mwen. Se poutèt sa M pral elimine yo youn apre lòt, e youn apre lòt M pral revele vrè figi yo.

Travay Mwen an ap avanse etap pa etap, san blokaj e san menm yon ti antrav, paske M genyen viktwa e paske M te gen pouvwa kòm Wa sou tout linivè a. (Sa M ap pale de li a se ke, apre M fin bat demon yo ak Satan, M rekipere pouvwa Mwen ankò.) Lè M genyen tout premye pitit gason yo, drapo viktwa a pral flote sou Mòn Siyon. Sa vle di, premye pitit gason Mwen yo se drapo viktwa Mwen, glwa Mwen, ak sa M fyè de li; yo se yon siy ke M imilye Satan, e yo se metòd M sèvi pou M travay. (Atravè yon gwoup moun Satan te kòwonpi apre M te fin predestine yo, men ki te retounen bò kote M ankò, M imilye gwo dragon wouj la e M dirije tout pitit rebèl yo.) Premye pitit gason Mwen yo se kote tout puisans Mwen ye; yo se reyalizasyon gwo travay Mwen fè avèk siksè a. Tout sa pa ka chanje e pèsonn pa ka demanti sa. Se atravè yo M pral konplete plan jesyon Mwen an. Se sa M te vrèman vle di lè M te di: “Se atravè nou M pral fè bann pakèt nasyon yo ak bann pakèt pèp Mwen chwazi yo retounen devan twòn Mwen,” e, pi plis toujou, se te entansyon orijinal Mwen lè M te di pawòl sa yo: “chay lou ki sou zepòl nou”. Èske sa klè? Èske nou konprann? Premye pitit gason yo se kristalizasyon tout plan jesyon Mwen an; se poutèt sa, M pa janm trete gwoup sa a ak jantiyès, e M toujou disipline nou sevèman (mizè nou soufri nan monn nan, malè nan fanmi, ak paran, mari, madanm oswa pitit ki abandone nou — an rezime, monn nan abandone nou e epòk la lage nou), e se poutèt sa nou gen bon chans pou nou vin devan Mwen jodi a. Sa a se repons kesyon nou te konn reflechi sou li souvan an: “Poukisa lòt moun pa t aksepte non sa a, men mwen menm m te aksepte l?” Kounye a nou konnen!

Jodi a, anyen pa menm jan ak tan lontan. Plan jesyon Mwen an chanje pou l pran nouvo metòd yo, travay Mwen an vin pi diferan toujou pase anvan, e pawòl Mwen yo kounye a pi san parèy toujou. Se poutèt sa M te ensiste plizyè fwa ke nou dwe rann Mwen bon sèvis (sa a se pou moun k ap rann sèvis yo). Pa trete tèt nou yon fason negatif, men kontinye chèche ak tout kè nou. Èske se pa yon plezi pou jwenn kèk gras? Sa pi bon anpil pase soufri nan monn nan. M ap di w sa! Si w pa rann Mwen sèvis ak tout kè w, e olye de sa, ou plenyen ke M pa t jis, lè sa a demen w ap desann kote mò yo ye a ak nan lanfè. Pa gen moun ki vle mouri bonè — pa vre? Menm yon jou anplis nan lavi se yon jou ki konte. Kidonk, ou dwe ofri tèt ou nèt pou plan jesyon Mwen an, epi apre sa, tann jijman M pral fè sou ou e tann chatiman jis Mwen vin sou ou. Pa sipoze sa M ap di a se istwa san sans; M pale apati jistis Mwen, M pale apati dispozisyon Mwen, e pi plis toujou, M aji avèk jistis ak majeste Mwen. Tout moun di M pa jis. Se paske yo pa konnen Mwen. Sa a se yon ekspresyon klè dispozisyon rebèl yo. Pa gen santiman lachè nan Mwen; okontrè, gen sèlman jistis, majeste, jijman ak kòlè. Plis tan pase, se plis n ap wè dispozisyon Mwen. Kounye a se yon etap tranzisyon, e nou ka wè sèlman yon ti pòsyon nan sa; nou ka wè sèlman manifestasyon kèk bagay ekstèn. Lè premye pitit gason Mwen yo revele, M ap pèmèt nou wè tout bagay e konprann tout bagay. Tout moun pral vin konvenki nan fon kè yo, e pawòl yo pral demontre konviksyon sa a. M ap fè nou di pawòl ki rann temwayaj pou Mwen, e anplis, fè lwanj pou Mwen pou tout tan e glorifye Mwen pou tout tan. Sa pa ka evite, e pèsonn pa ka chanje l. Moun gen difikilte pou yo imajine sa, alevwa pou yo ta kwè l.

Moun ki se premye pitit gason yo vin gen plis klète sou vizyon yo, e lanmou yo pou Mwen ap grandi plis toujou. (Se pa yon lanmou amoure, ke Satan itilize pou tante Mwen e ki se yon bagay nou dwe dekouvri. Se poutèt sa, M te deja mansyone gen moun k ap montre cham yo devan Mwen. Moun konsa se sèvitè Satan, ki kwè aparans yo ta atire M. San wont! Yo se mizerab ki pi ba yo!) Sepandan, moun ki yo menm pa premye pitit gason yo, vin pi pa klè sou vizyon yo akoz pawòl M te di pandan peryòd sa a, e yo pèdi lafwa nan moun Mwen ye a. Apre sa, yo vin endiferan piti piti, jiskaske yo finalman tonbe. Moun konsa pa ka anpeche sa rive yo. Se objektif pawòl M ap di pandan peryòd sa a; tout moun ta dwe jwenn kèk konpreyansyon nan sa (M ap pale ak premye pitit gason yo), e atravè pawòl Mwen yo ak aksyon Mwen yo, kontanple mèvèy Mwen ye a. Poukisa yo di M se Prens Lapè a, Papa Etènèl la, ke M se Mèveye a, e ke M se Konseye a? Si nou esplike sa apati idantite Mwen, pawòl Mwen, oswa apati sa M fè, sa t ap twò sipèfisyèl; sa pa t ap menm merite mansyone. Tit «Prens Lapè a» a siyifi pouvwa Mwen genyen pou Mwen fè premye pitit gason yo rive nan pèfeksyon, jijman M fè sou Satan, ak benediksyon san limit M te bay premye pitit gason yo. Sa vle di, se sèlman premye pitit gason yo ki kalifye pou rele M Prens Lapè, paske M renmen premye pitit gason Mwen yo, e non “Prens Lapè” a dwe soti nan bouch yo. Pou yo, Mwen se Prens Lapè a. Pou pitit gason Mwen yo ak pèp Mwen, yo konnen M kòm Papa Etènèl la. Akoz egzistans premye pitit gason Mwen yo, e paske yo ka kenbe pouvwa wayote ansanm avè M epi gouvène bann ak pakèt nasyon yo ak bann ak pakèt pèp Mwen chwazi yo (sa vle di, pitit gason yo ak pèp la), se poutèt sa pitit gason yo ak pèp la dwe rele M Papa Etènèl — sa vle di Bondye Li menm, ki pi wo ke premye pitit gason yo. Mwen se Mèveye a pou tout moun eksepte pitit gason yo, pèp la, oswa premye pitit gason yo. Akoz travay Mwen tèlman mèveye, moun ki pa kwè yo pa ka wè M ditou (paske M te vwale je yo), e yo pa wè travay Mwen aklè. Se poutèt sa, pou yo, Mwen se Mèveye a. Pou tout demon yo ak pou Satan, Mwen se Konseye a, paske tout sa M fè sèvi pou fè yo wont; tout aksyon Mwen yo se pou premye pitit gason Mwen yo. Chak etap Mwen avanse san pwoblèm, e M genyen viktwa nan chak etap. Anplis, M ka wè atravè tout konplo Satan yo e itilize yo pou yo sèvi M, sa ki fè Satan tounen yon objè ki sèvi objektif Mwen sou bò negatif la. Se sa sa vle di lè yo di Mwen se Konseye a, yon bagay pèsonn pa ka chanje e pèsonn pa ka konprann nèt. Sepandan, kanta moun Mwen ye a, Mwen se Prens Lapè a ak Papa Etènèl la, epi tou Konseye a ak Mèveye a. Pa gen yon sèl manti nan sa; se yon verite pèsonn pa ka demanti e ki pa ka chanje!

Mwen gen tèlman pawòl pou M di — senpleman yon pakèt ki depase tout konparezon. Se poutèt sa M egzije nou pou nou pasyan epi tann. Kèlkeswa sa nou fè, pa kite sou yon kapris. Sa nou te konprann nan tan pase a vin demode e li pa adapte ak sitiyasyon aktyèl la, e kounye a se yon tan tranzisyon. Pou rezon sa a, M bezwen nou chanje fason nou panse e chanje ansyen nosyon nou yo. Sa a se vrè sans “mete rad sen jistis la”. Se Mwen sèl ki ka esplike pwòp pawòl Mwen yo, e se Mwen menm sèl ki konnen sa M te angaje M pou M fè. Se poutèt sa, se pawòl Mwen sèlman ki san enpite e ki se nèt sa M vle, e se poutèt sa se mete rad sen jistis la. Sa moun konprann nan nosyon lòm se sèlman pwòp imajinasyon lòm, e tout chaje ak enpite, li pa satisfè entansyon Mwen yo. Se poutèt sa, se Mwen menm ki pale, e se Mwen menm ki esplike, e se sa M te vle di lè M te di: “Mwen fè travay la Mwen menm.” Se yon pati endispansab nan plan jesyon Mwen an, e tout moun dwe ban Mwen glwa epi fè lwanj pou Mwen. Kanta pou konprann pawòl Mwen yo, M pa janm bay lèzòm pouvwa sa a, ni yo pa gen kapasite pou sa ditou. Sa a se youn nan metòd Mwen pou M imilye dyab la. (Si lèzòm te konprann pawòl Mwen yo e yo te ka penetre panse Mwen nan chak etap, lè sa a Satan ta ka posede moun nenpòt lè li vle, e kòm rezilta, yo ta trayi Mwen e yo ta fè l enposib pou M atenn objektif Mwen pou M chwazi premye pitit gason yo. Si Mwen te konprann chak mistè, e moun Mwen ye a te ka di pawòl pèsonn pa t ka konprann, lè sa a Mwen menm tou, Satan ta ka posede M. Se pou rezon sa a, pandan M nan lachè, M pa sinatirèl ditou.) Tout moun dwe klè sou sa e konprann enpòtans pawòl sa yo, tout moun dwe aji ann akò ak direksyon Mwen bay. Pa chèche konprann pawòl ak doktrin pwofon yo pou kont nou.

Anvan: Chapit 100

Apre: Chapit 102

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger