Chapit 102

Mwen deja di yon kantite bagay e travay Mwen rive nan yon sèten pwen; nou chak ta dwe konprann entansyon Mwen yo epi pran fado Mwen an konsiderasyon nan yon degre. kounye a se moman desizif la kote lachè a ap antre nan domèn espirityèl l—nou se pyonye k ap travèse ant epòk yo, pèp inivèsèl k ap vwayaje nan linivè a ak nan extremite latè. Se nou ki pi chè pou Mwen; se nou menm Mwen renmen. Nou ka di Mwen pa renmen pèsonn lòt pase nou menm, paske tout sa ki nan kè Mwen se pou nou. Èske se posib pou nou pa konn sa? Poukisa Mwen ta kreye tout bagay? Poukisa M ta manevre yo konsa pou M sèvi nou? Tout aksyon sa yo se te ekspresyon lanmou Mwen pou nou. Mòn yo ak tout sa ki nan mòn yo, ak tè a ak tout sa ki sou tè a, fè lwanj pou Mwen epi glorifye Mwen paske Mwen te genyen nou. Vrèman, tout bagay akonpli; anplis, tout bagay akonpli konplètman. Nou(pl) te bay temwayaj fò pou Mwen, epi nou te imilye demon yo ak Satan pou Mwen. Tout moun, evènman, ak bagay ki ki andeyò Mwen yo soumèt anba otorite M, epi tout, akoz akonplisman plan jesyon Mwen an, yo klase selon kalite yo. (Pèp Mwen an pou Mwen, epi tout moun ki nan menm kategori ak Satan yo yo voye tout nan lak dife a, nan fon abim nan, kote y ap kriye pou letènite epi y ap pèdi pou toutan.) Lè Mwen pale de “pèri” ak “apati lè sa a, pran lespri yo, nanm yo, ak kò yo,” Mwen ap pale de remèt yo bay Satan epi kite yo kraze yo anba pye. Sa vle di, tout moun ki pa nan kay Mwen an se moun k ap pèri, epi y ap sispann egziste. Sa pa vle di, jan moun imajine l la, ke y ap disparèt. Nou ka di tou ke tout sa ki andeyò Mwen, daprè opinyon Mwen, pa egziste, e se sa ki vrè siyifikasyon pèdisyon. Nan je lèzòm, bagay sa yo sanble toujou egziste, men nan je Mwen, yo deja redwi anyen e yo pral peri pou tout letènite. (Aksan an mete sou moun Mwen pa travay sou yo e ki andeyò de Mwen.) Kèlkeswa jan lèzòm panse, yo pa ka konprann sa, e kèlkeswa jan yo gade l, yo pa ka penetre l. Moun pa ka konprann klèman sof si Mwen eklere yo, klere lespri yo, epi montre yo sa klèman. Anplis de sa, yo vin nan konfizyon sou sa pi plis yo santi yo vini pi vid, epi yo santi pi plis toujou ke pa gen okenn chemen pou yo suiv—yo prèske tankou moun ki mouri. Kounye a menm, pifò moun (sa vle di tout moun eksepte premye pitit gason yo) nan kondisyon sa a. Mwen te montre yo bagay sa yo avèk yon klète konsa, poutan moun sa yo pa reyaji ditou epi Yo toujou pran plezi nan bagay lachè yo. Yo manje epi apre sa yo dòmi; yo dòmi epi apre sa yo manje. Yo pa reflechi sou pawòl Mwen yo. Menm lè yo gen fòs, se pou yon ti tan sèlman; apre sa, yo rete menm jan yo te ye a, san chanje ditou, kòmsi yo pa t koute M ditou. Sa yo se moun tipik, initil ki pa gen sans responsablite ditou; se yo menm klèman kap viv sou do lòt moun. Pi devan, M ap abandone yo youn pa youn; pa enpasyan non! Youn pa youn, M ap voye yo tounen nan trou san fon an. Sentespri an pa janm travay sou moun konsa, e tout sa yo fè soti nan kado yo te resevwa yo. Lè M pale de kado, Mwen vle di se moun ki pa gen lavi, moun kap fè sèvis pou Mwen yo; Mwen pa vle okenn nan yo, e M ap elimine yo (men pou kounye a, yo toujou yon ti jan itil). Nou menm moun kap fè sèvis pou Mwen yo, koute! Pa panse lefètke M ap itilize nou vle di M akode nou favè; li pa si senp. Si nou vle M akode nou favè, fòk nou se yon moun M jwenn ki merite sa e ke M pèfeksyone pèsonèlman. Se kalite moun sa a M renmen. Menm si moun di M fè yon erè, M pap janm revoke desizyon M. Èske nou konnen sa? Moun k ap rann sèvis yo se sèlman bèt elvaj ak chwal; kòman yo ka premye pitit gason Mwen yo? Èske sa pa t ap yon bagay san sans? Èske sa pa t ap vyolasyon lwa lanati yo? Nenpòt moun ki genyen Lavi M ak kalib Mwen, se yo menm ki premye pitit gason Mwen yo. Sa a se yon bagay rezonab; pèsonn pa ka demanti li. Li dwe konsa; sinon pa t ap gen pèsonn ki ta ka jwe wòl sa a, ni pèsonn ki ta ka ranplase li. Sa a pa yon bagay ki baze sou santiman, paske Mwen se Bondye ki jis la menm, Mwen se Bondye ki sen an menm, e Mwen se Bondye majeste a menm ki pa tolere okenn ofans!

Tout sa ki enposib pou lèzòm fèt fasil epi san pwoblèm pou Mwen. Pèsonn pa ka kanpe l, epi pèsonn pa ka chanje l. Mond sa a, ak tout grandè li, se nan men Mwen li ye nèt, san konte ti dyab Satan an. Si se pa t pou plan jesyon Mwen an, epi si se pa t pou premye pitit gason Mwen yo, depi lontan Mwen t ap fin detwi ansyen epòk mechan ak deprave sa a, ki chaje ak move sant lanmò. Sepandan, Mwen aji avèk moderasyon, e Mwen pa pale alaleje. Lè Mwen di yon bagay, lap akonpli; menm si li pa t akonpli, t ap gen yon aspè nan sajès Mwen ladan l kanmenm, sa k ap akonpli tout bagay pou Mwen epi louvri chemen pou aksyon Mwen yo kanmenm. Se paske pawòl Mwen se sajès Mwen; pawòl Mwen se tout bagay. Fondamantalman, moun pa ka konprann yo, e yo pa ka metrize yo. Mwen souvan fè referans ak “lak dife”. Sa vle di kisa? Kijan li diferan de “lak dife ak souf” la? Lak dife ak souf la fè referans ak enfliyans Satan, pandan ke lak dife a fè referans ak tout mond lan ki anba pouvwa Satan. Tout moun nan mond lan destine pou sakrifis nan lak dife a (sa vle di, yo vin pi kòwonpi chak jou, e yon fwa koripsyon yo rive nan yon sèten nivo, M ap detwi yo youn apre lòt, sa Mwen ka fè fasilman—mwen sèlman bezwen pwononse yon sèl mo). Plis kòlè Mwen an ap vin pi gwo, se plis flanm dife yo ap monte nan tout lak dife a. Sa a fè referans a jan moun yo ap vin pi mechan chak jou. Lè kòlè Mwen an eklate, se lè sa a tou lak dife a ap eksploze; sa vle di, se pral lè tout linivè a ap detwi. Nan jou sa a, wayòm mwen an pral totalman etabli sou tè a epi yon nouvo lavi pral kòmanse. Sa a se yon bagay k ap reyalize byento. Lè M fin di sa, tout bagay ap rive devan je tout moun. Sa a se pwendvi lèzòm sou koze sa a, men nan je Mwen, bagay yo gentan fèt davans, paske pou Mwen, tout bagay fasil. Mwen pale, e sa akonpli; Mwen pale, e sa etabli.

Chak jou, ou nouri w ak pawòl Mwen yo, ou pran plezi nan abondans tanp Mwen, ou bwè dlo nan rivyè lavi Mwen, epi ou ranmase fwi nan pyebwa lavi Mwen. Donk kisa ki abondans nan tanp Mwen an? Kisa ki dlo nan rivyè lavi Mwen an? Kisa ki pye bwa lavi a? Ki fwi pyebwa lavi a? Malgre fraz sa yo kouran, yo rete enkonpreyansib pou tout limanite, yo tout konfonn. Yo pale yo san responsablite, yo itilize yo san prekosyon, epi yo aplike yo o aza. Abondans ki nan tanp lan pa fè referans ak ni a pawòl Mwen yo ni ak gras Mwen ban nou. Alò, kisa sa vle di toutbon? Pandan tout epok yo, pa janm gen okenn moun ki te gen ase chans pou jwi abondans ki nan tanp Mwen an. Se sèlman nan dènye jou yo, pami premye pitit Mwen yo, moun ka wè sa abondans ki nan tanp Mwen an ye. “Tanp” nan fraz sa a fè referans ak a moun Mwen ye a; li fè referans a Mòn Siyon, kote Mwen rete a. San pèmisyon Mwen, pèsonn pa ka antre ladan l ni soti ladan l. A Kisa “abondans” fè referans? Sa fè referans ak benediksyon pou kapab renye avè M nan kò a. An jeneral, sa fè referans a benediksyon premye pitit gason yo Ki kapab renye avè M nan kò a, e sa pa difisil pou konprann. Dlo rivyè lavi a gen de siyifikasyon: Premyèman, li refere a dlo vivan ki soti nan nannan Mwen—sa vle di, chak mo ki soti nan bouch Mwen; dezyèmman, li fè referans a sajès ak estrateji ki dèyè aksyon M yo, ansanm ak sa M ye ak sa M genyen. Pawòl Mwen yo genyen mistè san fen ki kache (lè yo di mistè yo pa kache ankò, se parapò ak tan lontan, men parapò ak jou kote yo pral revele yo piblikman alavni, yo toujou rete kache; isit la, “rete kache” a pa absoli; li relatif). Sa vle di, dlo rivyè lavi a ap koule san rete. Nan Mwen gen sajès enfini, e plis toujou, sa Mwen ye a ak sa Mwen genyen an depase sa moun ka wè klè; sa vle di, dlo rivyè lavi a ap koule san rete. Dapre pèspektiv moun, gen anpil kalite pyebwa fizik, men pèsonn pa janm wè pyebwa lavi a. Sepandan, menm si moun wè l jodi a, yo toujou pa rekonèt li—e poutan, yo menm pale de manje fwi ki soti nan pyebwa lavi a. Sa vrèman ridikil! Yo t ap manje san fè distenksyon! Poukisa Mwen di ke jodi a moun wè li men yo pa rekonèt li? Poukisa M di sa? Èske w konprann siyifikasyon pawòl Mwen yo? Bondye pratik la menm jodi a se moun Mwen ye a, e Li se pyebwa lavi a. Pa sèvi ak nosyon imen pou mezire Mwen. An aparans, Mwen pa sanble ak yon pyebwa, men èske w konnen an reyalite se Mwen menm ki pyebwa lavi a? Chak mouvman Mwen, pawòl Mwen ak fason Mwen konpòte M se fwi pyebwa lavi a, e se moun Mwen ye a—yo se sa premye pitit gason Mwen yo dwe manje, konsa, alafen, se sèlman premye pitit gason Mwen yo avèk Mwen k ap egzakteman menm jan. Yo pral kapab viv Mwen epi rann temwayaj pou Mwen. (Sa yo se bagay k ap fèt apre nou fin antre nan wayòm espirityèl la. Se sèlman nan kò a nou ka egzakteman menm jan; nan lachè, nou ka sèlman prèske menm jan, men nou toujou genyen pwòp preferans pa nou.)

M ap revele gran pouvwa Mwen non sèlman nan premye pitit gason Mwen yo, men plis toujou atravè gouvènans yo sou tout miryad nasyon ak pèp yo. Sa yo se etap travay Mwen. Kounye a se moman kle a, epi anplis de sa, kounye a se pwen desizif la. Lè tout bagay fin akonpli, n ap wè sa men Mwen ap fè, epi n ap wè kijan Mwen planifye ak kijan Mwen jere—poutan, sa a se pa yon bagay ki pa klè. Lè nou konsidere dinamik chak peyi nan mond lan, li pa twò lwen; se yon bagay moun pa ka imajine e, plis toujou, se yon bagay yo pa ka prevwa. Nou pa dwe enpridan ditou oubyen neglijan, pou nou pa rate opòtinite pou nou resevwa benediksyon ak rekonpans. Pèspektiv wayòm nan devan je nou, e tout mond lan ap mouri tou dousman. Soti nan gwo twou san fon an ak nan lak dife ak souf la, gen gwo rèl k ap soti, k ap efraye moun epi k ap fè yo santi yo pè san okenn kote pou yo kache tèt yo. Nenpòt moun yo chwazi nan non Mwen epi apre sa yo elimine l ap fini nan gwo twou san fon an. Konsa, jan Mwen te di sa plizyè fwa, Mwen pral jete sila yo Mwen gen pou Mwen elimine yo nan gwo twou san fon an. Lè tout mond lan fin demoli, tout sa ki te detwi yo ap tonbe nan lak dife ak souf la. Sa vle di, bagay sa yo ap transfere soti nan lak dife a pou ale nan lak dife ak souf la. Nan lè sa a, tout moun ap gentan gen sò yo fikse swa pou peri pou toutan (sa vle di, tout moun ki pa nan Mwen) oswa pou lavi etènèl (sa vle di, tout moun ki nan Mwen). Nan lè sa a, Mwen menm ak premye pitit gason Mwen yo ap soti nan wayòm nan epi n ap antre nan letènite. Sa se yon bagay k ap reyalize pi devan; menm si Mwen ta di nou sa kounye a, nou pa t ap konprann. Nou ka sèlman suiv gidans Mwen, mache nan limyè Mwen, akonpaye M nan lanmou Mwen, pran plezi avè M nan kay Mwen, kenbe pouvwa avè M nan wayòm Mwen, epi gouvène miryad nasyon yo ak pèp yo avè M anba otorite Mwen. Tout sa Mwen dekri pi wo a se benediksyon san fen Mwen ba nou.

Anvan: Chapit 101

Apre: Chapit 103

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger