Chemen an… (8)

Sa pa fè sèlman youn oswa de jou depi Bondye te vin sou tè a pou Li entèraji ak limanite epi pou Li viv avèk moun yo. Petèt, pandan tout tan sa a, moun yo vin rive konnen Bondye nan yon nivo oswa yon lòt, epi petèt yo vin konprann plis pase de twa bagay sou fason pou yo sèvi Bondye, epi yo vin gen anpil eksperyans nan lafwa yo nan Bondye. Kèlkeswa ka a, moun yo vin rive konprann dispozisyon Bondye a nan yon nivo oswa yon lòt, epi yo eksprime pwòp dispozisyon yo tou nan tout kalite fason. Selon jan Mwen wè sa, divès manifestasyon moun yo sifi pou Bondye sèvi avèk yo kòm echantiyon, epi aktivite mantal yo ase pou Li sèvi avèk yo kòm referans. Sa ta kapab yon aspè nan koperasyon ant lòm ak Bondye, yon aspè lòm pa konnen, sa ki fè pèfòmans sa a Bondye ap dirije a vivan anpil epi li sanble ak reyalite a. M ap di frè ak sè M yo bagay sa yo kòm direktè jeneral pyès teyat sa a—chak grenn moun pami nou kapab eksprime panse nou ak santiman nou aprè nou fin jwe wòl sa a, epi pale sou fason nou chak fè eksperyans lavi nou anndan pyès teyat sa a. Nou ta kapab menm fè yon kalite senpozyòm ki tou nèf pou nou louvri kè nou epi pale sou atizay sèn nou an, epi wè kijan Bondye gide chak moun yon fason pou, nan pwochen pèfòmans lan, nou kapab demontre yon pi wo nivo nan atizay nou an epi pou nou chak jwe pwòp wòl pa nou pi byen posib, epi pou nou pa desevwa Bondye. Mwen espere frè ak sè Mwen yo ap pran sa oserye. Pèsonn pa ta dwe pran sa alalejè, paske jwe yon wòl byen se pa yon bagay moun kapab reyalize nan youn oswa de jou; sa mande pou nou fè eksperyans lavi epi ale pi fon nan lavi reyèl nou pandan lontan, epi gen eksperyans pratik nan plizyè kalite lavi. Se lè sa a sèlman nou kapab monte sou sèn nan. Mwen plen ak espwa pou frè ak sè Mwen yo. Mwen gen konfyans nou p ap pèdi kouraj ni dekouraje, kèlkeswa sa Bondye fè, nou ap tankou yon chodyè dife: ki pa janm tyèd, men k ap andire jiska lafen nèt, jiskaske travay Bondye a parèt aklè totalman, jiskaske pyès teyat Bondye ap dirije a rive nan fen li. Mwen pa mande nou lòt bagay, Mwen espere sèlman nou ap andire, nou p ap vin enpasyan pou nou jwenn rezilta, nou ap kopere avèk Mwen yon fason pou travay Mwen ta dwe fè a fèt byen, epi pou pèsonn pa lakòz deranjman oswa twoub. Lè pati sa a nan travay la fini, Bondye ap fè tout bagay parèt aklè pou nou. Aprè travay Mwen an fin akonpli, M ap prezante merit nou devan Bondye pou Mwen rann kont ba Li. Èske sa pa pi bon? Ede youn lòt pou atenn pwòp objektif nou yo—èske sa pa yon solisyon pafè pou tout moun? Kounye a se yon moman difisil, yon moman ki mande pou nou peye yon pri. Paske se Mwen ki direktè a kounye a, Mwen espere pa gen youn nan nou k ap santi okenn repiyans. Se travay sa a Mwen ap fè. Petèt, yon jou, M ap pase nan yon « inite travay » ki pi apwopriye epi Mwen p ap rann bagay yo difisil pou nou ankò. Kèlkeswa sa nou vle wè, M ap montre nou li, epi kèlkeswa sa nou swete tande, M ap fè nou tande l. Men pa kounye a. Travay jodi a se travay sa a, epi Mwen pa kapab ba nou libète total pou pèmèt nou fè kèlkeswa sa nou vle. Sa t ap rann travay Mwen difisil; pou Mwen pale klè, li pa t ap bay okenn fwi, epi li pa t ap pote okenn benefis pou nou. Kidonk jodi a, nou dwe sibi « enjistis ». Lè jou a rive, epi etap sa a nan travay Mwen an fin akonpli, Mwen ap lib, Mwen p ap pote yon fado ki lou konsa, epi kèlkeswa sa nou mande Mwen, Mwen ap aksepte li; toutotan li benefik pou lavi nou, Mwen ap akonpli sa nou mande a. Jodi a, Mwen pran yon gwo responsablite. Mwen pa kapab ale kont kòmandman Bondye Papa a yo, epi Mwen pa kapab deranje plan pou travay Mwen an. Mwen pa kapab sèvi ak zafè ofisyèl Mwen pou Mwen jere zafè pèsonèl Mwen. Mwen espere nou tout kapab konprann epi padone Mwen, paske tout sa Mwen fè se selon volonte Bondye Papa a; Mwen fè kèlkeswa sa Li mande Mwen fè, kèlkeswa sa Li vle, epi Mwen pa t ap fè Li mekontan ni fè Li fache—Mwen fè sèlman sa Mwen dwe fè. Kidonk, nan non Bondye Papa a, Mwen konseye nou andire pou yon ti tan ankò. Pèsonn pa bezwen enpasyan. Aprè Mwen fin akonpli sa Mwen bezwen fè a, nou kapab fè kèlkeswa sa nou vle epi wè kèlkeswa sa nou renmen—men Mwen dwe akonpli travay Mwen bezwen fè a.

Nan etap travay sa a, yo mande nou gen pi gwo lafwa ak pi gwo lanmou posib, epi nou kapab kilbite pou pi piti neglijans la, paske etap travay sa a diferan de tout sa ki te fèt anvan yo: Sa Bondye ap pèfeksyone a se lafwa lòm, yon lafwa moun pa ka wè ni manyen. Sa Bondye fè se transfòme pawòl tounen lafwa, tounen lanmou, epi tounen lavi. Lòm dwe rive nan yon pwen kote li andire plizyè santèn rafinman epi li posede yon lafwa ki pi gran pase pa Jòb la, sa ki mande pou l andire soufrans ki ekstrèm ansanm ak tout kalite tòti, epoutan pou l pa janm vire do bay Bondye nan okenn moman. Lè li soumèt li jiska lanmò, epi li gen yon gwo lafwa nan Bondye, lè sa a, etap sa a nan travay Bondye a fini. Sa a se travay Mwen pran sou kont Mwen an, kidonk Mwen espere frè ak sè Mwen yo kapab konprann sitiyasyon difisil Mwen an, epi yo pa mande Mwen lòt bagay. Se sa Bondye Papa a egzije nan men Mwen, epi Mwen pa kapab kouri pou reyalite sa a; Mwen dwe fè travay Mwen ta dwe fè a. Mwen espere sèlman nou pa chèche fòse agiman yo ni sèvi ak lojik ki tòde, pou nou gen plis disènman, epi pou nou pa gade bagay yo yon fason ki twò senp. Fason nou panse a twò sanble ak fason timoun panse; li twò nayif. Travay Bondye a pa senp jan nou ta ka imajine l la, Li pa jis fè kèlkeswa sa Li anvi fè; si Li te fè sa, plan Li an t ap detwi. Èske nou pa ta di sa? Mwen ap fè travay Bondye a. Mwen p ap fè ti djòb pou moun kote Mwen fè kèlkeswa sa Mwen anvi fè epi Mwen deside poukont Mwen si Mwen ap fè yon bagay oswa non. Bagay yo pa senp konsa jodi a. Papa a te voye Mwen pou Mwen aji kòm direktè a—èske nou panse se Mwen menm pèsonèlman ki te fè aranjman sa a epi ki te chwazi sa? Lide lòm yo toujou antre an konfli avèk travay Bondye a, e se poutèt sa, lè Mwen fin travay pandan yon peryòd tan epi gen anpil demann ki soti nan moun yo ke Mwen pa kapab akonpli, moun yo chanje lide yo sou Mwen. Nou tout ta dwe byen konprann lide sa yo nou genyen yo; Mwen pa bezwen atire atansyon nou sou yo youn pa youn. Mwen kapab sèlman eksplike nou travay Mwen ap fè a; Mwen pa tris poutèt sitiyasyon sa a. Lè nou fin konprann sa, nou kapab gade l nenpòt jan nou vle. Mwen p ap fè okenn objeksyon, paske se konsa Bondye travay; Mwen pa oblije eksplike oswa jistifye tèt Mwen. Mwen jis vini pou M akonpli travay pawòl yo, pou Mwen travay epi pou Mwen pèmèt pawòl yo dirije dewoulman pyès teyat sa a. Mwen pa bezwen pale de lòt bagay, epi si nou mande Mwen fè nenpòt lòt bagay, Mwen pa t ap kapab fè l. Mwen eksplike tout sa Mwen gen pou Mwen di a, sa nou panse pa enterese Mwen, epi sa pa enpòtan pou Mwen. Men, Mwen ta renmen raple nou kanmenm ke travay Bondye a pa senp jan nou imajine l la. Mwens li kadre ak konsepsyon lòm, se plis siyifikasyon li pwofon; epi plis li kadre ak konsepsyon lòm, se plis li manke valè ak vrè siyifikasyon. Byen reflechi sou pawòl sa yo—se tout sa Mwen ap di sou sa. Nou menm, nou kapab analize rès la poukont nou. Mwen p ap eksplike l.

Moun yo imajine Bondye fè bagay yo nan yon fason byen detèmine, men pandan apeprè dènye ane ki sot pase a, èske travay Bondye nou te fè eksperyans li e nou te wè a te vrèman ann akò ak konsepsyon imen yo oswa non? Depi nan kreyasyon monn nan jiska kounye a, pa gen yon sèl moun ki te kapab rive konprann etap yo oswa règ travay Bondye yo. Si yo te kapab, poukisa lidè relijye sa yo pa konprann se konsa Bondye ap travay jodi a? Poukisa gen tèlman ti kras moun ki konprann reyalite jodi a? Dapre sa, nou kapab wè pèsonn pa konprann travay Bondye a. Moun yo kapab sèlman aji selon direksyon Lespri Li a; yo pa dwe aplike règ nan travay Li yon fason ki rijid. Si ou pran imaj ak travay Jezi epi ou konpare yo ak travay Bondye ap fè kounye a, se menm jan ak Juif yo ki t ap eseye fè Jezi koresponn ak Jewova. Èske ou pa soti pèdan lè ou fè sa? Menm Jezi pa t konnen kisa travay Bondye t ap ye nan dènye jou yo; sèl sa Li te konnen, se Li te bezwen akonpli travay ki te mande pou yo kloure Li sou kwa a. Kidonk, kijan lòt moun ta ka konnen? Kijan yo ta ka konnen ki travay Bondye t apral fè nan lavni? Kijan Bondye ta ka di moun plan Li, moun sa yo ki anba okipasyon Satan? Èske sa pa yon bagay ki san konprann? Bondye mande pou ou konnen epi konprann entansyon Li yo. Li pa mande pou ou pran travay Li gen pou Li fè nan lavni an an konsiderasyon. Nou bezwen sèlman fè Bondye konfyans, aji selon direksyon Li, jere difikilte reyèl yo yon fason pratik, epi pa rann bagay yo difisil pou Bondye ni kreye pwoblèm pou Li. Sa nou gen pou nou fè, nou ta dwe fè l; toutotan nou kapab nan mitan travay Bondye ap fè kounye a, alò sa ase! Se sou chemen sa a Mwen ap gide nou. Nou jis bezwen konsantre sou kontinye mache pi devan, epi Bondye p ap malmennen okenn nan nou. Pandan dènye ane sa a kote nou te fè eksperyans ekstraòdinè, nou jwenn anpil bagay; Mwen gen konfyans nou p ap pran sa twò mal. Chemen Mwen ap mennen nou sou li a se travay Mwen ak tach Mwen, e Bondye te òdone l depi lontan, sa ki fè nou te destine pou rive byen lwen konsa, jis jounen jodi a. Lefètke nou te kapab rive byen lwen konsa se yon gwo benediksyon pou nou, e malgre chemen an pa t fasil, amitye nou la pou toutan, epi l ap pase de jenerasyon an jenerasyon. Kit se aklamasyon ak ri kit se tristès ak dlo nan je, kite tout bagay tounen yon bèl souvni! Nou gendwa konnen peryòd travay Mwen an p ap dire anpil tan ankò. Mwen gen anpil pwojè nan travay Mwen, epi Mwen pa kapab akonpaye nou souvan. Mwen espere nou kapab konprann Mwen—paske amitye nou te genyen depi nan kòmansman an pa chanje. Petèt yon jou Mwen ap parèt devan nou ankò, epi Mwen espere nou p ap rann bagay yo difisil pou Mwen. Dayè, Mwen diferan de nou. Mwen vwayaje toupatou pou travay Mwen, epi Mwen pa pase jounen Mwen yo ap rete nan yon otèl. Kèlkeswa jan nou ye, Mwen jis fè sa Mwen dwe fè a. Mwen espere bagay nou te pataje nan lepase yo kapab tounen flè amitye nou.

Nou ta ka di se Mwen menm ki te louvri chemen sa a, epi kit li anmè kit li dous, se Mwen ki te mache devan. Lefètke nou rive kote nou ye jodi a, tout sa se gras ak lagras Bondye. Gendwa gen moun ki remèsye Mwen, epi gendwa gen moun k ap plenyen kont Mwen—men anyen nan sa pa enpòtan. Sèl sa Mwen vle wè, se pou sa ki te dwe atenn nan gwoup moun sa a fin akonpli. Sa a se yon bagay ki ta dwe selebre. Kidonk, Mwen pa kenbe moun k ap plenyen kont Mwen yo nan kè Mwen; Mwen senpleman ap fini travay Mwen dwe fè a pi vit posib, yon fason pou kè Bondye kapab jwenn repo l byento. Lè sa a, Mwen p ap pote okenn fado lou, pou Mwen pa pèmèt kè Bondye toujou ap enkyete l. Èske nou dispoze amelyore koperasyon nou? Èske fè travay Bondye a byen pa yon pi bon objektif pou nou pousuiv? Pandan peryòd sa a, nou ka vrèman di nou te andire inonbrab difikilte epi nou te fè eksperyans tout kalite kè kontan ak lapenn. An jeneral, pèfòmans chak grenn nan nou te fondamantalman nan nivo yo mande a. Petèt, nan lavni, ap gen pi bon travay y ap mande nou fè, men pa rete ap panse a Mwen; jis fè sa nou ta dwe fè a. Sa Mwen bezwen fè a prèske rive nan bout li; Mwen espere nou ap rete fidèl nan tout moman, epi nou p ap gen nostalji pou travay Mwen an. Nou ta dwe konnen Mwen vini sèlman pou Mwen konplete yon etap nan travay la, epi se sètènman pa pou Mwen fè tout travay Bondye a. Nou dwe klè sou sa, epi nou pa dwe gen okenn lòt lide sou sa. Travay Bondye a mande anpil lòt mwayen pou li kapab fini; nou pa kapab toujou depann de Mwen. Petèt nou deja rann nou kont Mwen vini sèlman pou Mwen fè yon pòsyon nan travay la, yon travay ki pa reprezante Jewova oswa Jezi; travay Bondye a separe an plizyè etap, kidonk nou pa dwe twò rijid. Pandan Mwen ap travay, nou dwe koute Mwen. Nan chak epòk, travay Bondye a chanje; se pa tout ki fèt sou menm modèl la, epi li pa menm vye chante a chak fwa. E nan chak etap travay Li a apwopriye pou epòk la, epi li chanje paske epòk la pa menm. E se poutèt sa, piske ou te fèt nan epòk sa a, ou dwe manje ak bwè pawòl Bondye yo, epi li pawòl sa yo. Yon jou gendwa rive kote travay Mwen an chanje, e nan ka sa a, nou dwe kontinye avanse jan nou ta dwe fè l la; travay Bondye a pa kapab fèt nan erè. Pa okipe fason monn deyò a ap chanje; Bondye pa kapab nan erè, epi travay Li a pa kapab nan erè. Se jis, pafwa, ansyen travay Li a pase epi nouvo travay Li a kòmanse. Sepandan, sa pa vle di poutèt nouvo travay la vini, ansyen travay la te gen yon erè. Sa se yon fo rezònman! Nou pa kapab di travay Bondye a bon oswa move, nou kapab sèlman di li fèt anvan oswa aprè. Sa a se gid pou kwayans moun nan Bondye epi nou pa dwe janm neglije li.

Anvan: Chemen an… (7)

Apre: Nan lafwa ou nan Bondye ou dwe obeyi Bondye

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger