Chemen an… (7)

Nan eksperyans reyèl nou yo, nou wè gen anpil fwa Bondye Li menm louvri yon chemen pou nou soti, yon fason pou chemen ki anba pye nou an kapab pi solid epi pi reyèl. Paske sa se chemen Bondye te louvri pou nou sa gen mil epòk, e ki te pase bay jenerasyon nou an apre plizyè dizèn milye ane. Konsa, nou se moun k ap kontinye sou chemen predesesè nou yo ki pa t mache sou li rive jiska lafen. Nou se moun Bondye chwazi pou mache nan dènye etap li a. E se poutèt sa, Bondye te prepare chemen sa a espesyalman pou nou, epi kit nou jwenn benediksyon kit nou sibi malè, pèsonn lòt moun pa kapab mache sou chemen sa a. Kite Mwen ajoute pwòp konpreyansyon Mwen sou sa: Pa panse eseye kouri al yon lòt kote, oswa eseye jwenn yon lòt chemen, epi pa konvwate pozisyon, oswa eseye tabli pwòp wayòm ou—tout bagay sa yo se ilizyon. Ou gendwa gen yon prejije kont pawòl Mwen yo, nan ka sa a Mwen konseye ou sispann aji tankou moun ki pa gen lespri klè. Li pi bon pou ou reflechi plis sou sa; pa eseye fè malen, epi pa refize rekonèt sa ki bon pou ou. W ap regrèt sa yon fwa plan Bondye a fin akonpli. Sa Mwen ap di a se, lè wayòm Bondye a vini, chak peyi sou tè a ap kraze an miyèt moso. Lè sa a, w ap wè pwòp plan ou yo vin detwi nèt tou. Tout moun ki resevwa chatiman yo se sib y ap kraze, e konsa, Bondye pral revele dispozisyon Li totalman. Mwen panse, piske Mwen konnen bagay sa yo tankou pla men Mwen, Mwen ta dwe di w yo, yon fason pou w pa blame Mwen aprè sa. Lefètke nou te kapab mache sou chemen sa a jis jounen jodi a, se Bondye ki te òdone sa, kidonk pa panse ou se yon moun ki espesyal, ni pa panse ou gen malchans—pèsonn pa gendwa fè afimasyon sou travay Bondye ap fè kounye a, pou ou pa « kraze an miyèt moso ». Mwen jwenn limyè nan travay Bondye a: Kèlkeswa sa ki rive, Bondye ap rann gwoup moun sa a konplè, travay Li p ap janm chanje ankò, epi L ap mennen gwoup moun sa a jouk nan fen chemen an, epi fini travay Li sou tè a. Nou tout ta dwe konprann sa. Pifò moun renmen « gade byen lwen devan », e apeti yo pa gen limit. Pa gen youn nan yo ki konprann entansyon ijan Bondye genyen jodi a, kidonk yo tout ap panse pou yo sove. Yo tankou chwal ki sove ki sèlman vle pwomennen nan dezè a; se pa anpil moun ki gen entansyon etabli yonan bon tè Kanaran an pou yo chèche chemen lavi imen an. Lè moun yo fin antre nan tè kote lèt ak siwo myèl ap koule a, si yo pa pwofite l, kisa yo vle ankò? Pou di verite a, andeyò bon tè Kanaran an se sèlman dezè ki genyen. Malgre moun yo antre nan plas repo a, yo pa kapab rete fèm nan akonplisman devwa yo; èske yo pa senpleman pwostitye? Si ou pèdi opòtinite pou Bondye rann ou pafè la a, w ap regrèt sa pandan tout rès vi w, e remò ou ap san limit. W ap tankou Moyiz ki t ap gade tè Kanaran an men ki pa t kapab pwofite l, avèk men l vid e pwen li sere, li te mouri ak anpil remò—èske ou pa panse sa se yon wont? Èske ou pa panse sa anbarasan pou lòt moun ap pase w nan rizib? Èske ou dispoze pou lòt moun imilye w? Èske ou pa vle reyisi pou pwòp tèt pa w? Èske ou pa vle vin yon moun ki onorab epi ki onèt, yon moun Bondye pèfeksyone? Èske reyèlman ou pa gen okenn detèminasyon menm? Ou pa vle pran lòt chemen yo; èske ou pa vle pran chemen Bondye òdone pou ou a tou? Èske ou oze ale kont volonte Syèl la? Kèlkeswa jan « konpetans » ou gran, èske ou ka vrèman ofanse Syèl la? Mwen kwè li t ap pi bon si nou eseye konnen pwòp tèt nou kòmsadwa. Yon sèl pawòl ki soti nan Bondye kapab chanje syèl la ak tè a, kidonk, kisa yon moun toupiti ki mèg anpil ye nan je Bondye?

Nan pwòp eksperyans pa M, Mwen wè plis ou opoze ak Bondye, se plis Bondye ap montre dispozisyon majestye Li, epi chatiman L ap « ba » ou a ap pi di.; plis ou soumèt devan Li, se plis L ap renmen w e pwoteje w. Dispozisyon Bondye tankou yon enstriman pinisyon: Si ou soumèt, w ap an sekirite, san anyen rive ou; lè w pa soumèt—lè w toujou ap chèche fè wè, epi toujou ap fè riz—dispozisyon Bondye chanje imedyatman. Li tankou solèy nan yon jounen ki gen nyaj, Li ap kache pou ou epi Li ap montre ou kòlè Li. Menm jan an tou, dispozisyon Li tankou tan nan mwa jen an, kote syèl la klè sou plizyè mil distans toutotou epi vag yo se jis yon ti mouvman sou sifas dlo a, jiskaske kouran an toudenkou akselere, epi dlo a tounen gwo vag k ap woule. Èske ou oze aji yon fason ensousyan konsa devan yon dispozisyon Bondye konsa? Nan eksperyans nou, pifò nan nou frè ak sè yo wè lè Sentespri a ap travay nan limyè lajounen, nou plen ak lafwa—men aprè sa, san atann, Lespri Bondye a abandone nou toudenkou, epi ou sitèlman toumante ou pa ka dòmi lannuit, pandan w ap chèche nan ki direksyon Lespri Li a disparèt. Kèlkeswa sa ou fè, ou pa ka jwenn kote Lespri Li a te ale—men aprè sa, san atann, Li parèt devan ou ankò, epi ou kontan anpil menm jan lè Pyè te wè Seyè Jezi li a toudenkou ankò, sitèlman kontan ou manke rele byen fò. Èske ou vrèman bliye sa, apre ou fin fè eksperyans sa a tèlman souvan? Seyè Jezi Kris, ki te vini nan lachè, ki te kloure sou kwa a, epi ki te leve soti vivan pami mò yo epi ki te monte nan syèl la, toujou kache pou ou pou yon tan, epi aprè Li parèt devan ou pou yon tan. Li parèt devan ou poutèt dwati ou, epi Li fache epi Li kite ou poutèt peche ou yo, kidonk poukisa ou pa rele Li pi souvan? Èske ou pa t konnen aprè Pannkòt la, Seyè Jezi Kris gen yon lòt manda sou tè a? Ou sèlman konnen lefètke Seyè Jezi Kris te vini nan lachè, Li te vin sou tè a, epi Li te kloure sou kwa a. Ou pa t janm konnen Jezi ou te kwè nan Li anvan an te konfye travay la bay yon lòt moun depi lontan, epi travay Li a te fini depi lontan, kidonk Lespri Seyè Jezi Kris la tounen sou tè a ankò nan fòm kò lachè pou Li fè yon lòt pati nan travay la. Mwen ta renmen mete yon bagay la a—malgre lefètke nou ye kounye a nan kouran sa a, Mwen oze di se pa anpil moun pami nou ki kwè moun sa a se Moun Seyè Jezi Kris te ba nou an. Nou sèlman konn pran plezi nan Li; nou pa rekonèt Lespri Bondye a te vini sou tè a yon lòt fwa ankò, epi nou pa rekonèt Bondye jodi a se Jezi Kris ki te la sa gen plizyè milye ane a. E se poutèt sa Mwen di nou tout ap mache je fèmen—nou jis aksepte kèlkeswa kote nou rive—epi nou pa serye sou sa ditou. Konsa nou kwè nan Jezi nan bouch, men nou oze reziste kareman kont Moun Bondye ap rann temwayaj sou Li jodi a. Èske ou pa san konprann? Bondye jodi a pa kenbe erè ou yo kont ou, Li pa kondane ou. Ou di ou kwè nan Jezi, ebyen èske Seyè Jezi Kris ou a ta ka kite ou pase san pinisyon? Èske ou panse Bondye se yon kote pou ou pase kòlè ou, pou ou bay manti epi pou ou twonpe? Lè Seyè Jezi Kris ou a manifeste tèt Li yon lòt fwa ankò, Li ap detèmine si ou dwat oswa si ou mechan dapre fason ou ap konpòte ou kounye a. Pifò moun devlope konsepsyon sou moun Mwen rele « frè ak sè Mwen yo », epi yo kwè fason Bondye ap travay la pral chanje. Èske moun konsa pa chèche lanmò? Èske Bondye kapab temwaye Satan se Bondye Li menm? Lè ou fè sa, èske se pa Bondye ou ap kondane? Èske ou kwè nenpòt moun kapab tounen Bondye Li menm? Si ou te vrèman konnen, lè sa a ou pa t ap gen okenn konsepsyon. Nan Bib la gen pasaj sa a: Tout bagay se pou Li epi tout bagay soti nan Li. Li pral mennen anpil pitit gason nan laglwa epi Li se Kapitèn nou…. Konsa, Li pa gen okenn wont pou Li rele nou frè. Ou gendwa kapab resite pawòl sa yo pa kè san difikilte, men ou pa konprann kisa yo vle di an reyalite. Èske ou pa kwè nan Bondye je fèmen?

Mwen kwè jenerasyon nou an beni pou l kapab reprann chemen moun nan jenerasyon anvan yo pa t fini an, epi pou l wè Bondye ki te la plizyè milye ane pase a parèt ankò—yon Bondye ki nan mitan nou, epi ki prezan an abondans nan tout bagay. Ou pa t ap janm ka imajine ou t ap mache sou chemen sa a—èske sa se yon bagay ou kapab fè? Se Sentespri a ki dirije chemen sa a dirèkteman, se Lespri Seyè Jezi Kris la ki vin sèt fwa pi pisan an ki dirije l, epi se chemen Bondye jodi a te louvri pou ou a. Menm nan rèv ou ki pi fou ou pa t ap janm ka imajine Jezi ki te la plizyè milye ane pase a t ap parèt yon lòt fwa ankò devan ou. Èske ou pa santi ou satisfè? Kiyès ki kapab vin fasafas devan Bondye? Mwen souvan priye pou gwoup nou an resevwa pi gwo benediksyon nan men Bondye, pou Bondye kapab gade nou avèk favè epi pou Li genyen nou, men gen inonbrab fwa tou kote Mwen te vèse dlo nan je ak anpil lapenn pou nou, ap mande pou Bondye eklere nou, yon fason pou nou kapab wè pi gwo revelasyon. Lè Mwen wè moun yo toujou ap chèche trete Bondye pou lafòm epi yo pa janm gen okenn detèminasyon, oswa yo pran lachè an konsiderasyon, oswa y ap goumen pou popilarite ak avantaj pèsonèl pou yo kapab mete drapo yo kanpe, kijan pou Mwen pa ta santi yon gwo doulè nan kè Mwen? Kijan moun kapab tèlman ensansib konsa? Èske travay Mwen an vrèman pa gen okenn efè? Si pitit ou yo te rebèl epi yo pa t akonpli devwa yo antanke pitit anvè ou, si yo te manke konsyans, si yo te sousye sèlman pou pwòp tèt yo epi yo pa t janm pran kè ou an konsiderasyon, epi yo te mete ou deyò nan kay la aprè yo fin grandi, kijan ou t ap santi ou nan moman sa a? Èske pa t ap gen dlo k ap koule je w pandan ou sonje tout efò ou te fè, tout enèji ou te depanse ak tout sakrifis ou te fè pou leve yo? Se konsa Mwen te priye Bondye inonbrab fwa epi Mwen te di: « Chè Bondye! Se Ou menm sèl ki konnen si Mwen pote yon fado pou travay Ou a. Kote aksyon Mwen yo pa ann akò ak entansyon Ou yo, Ou disipline Mwen, Ou pèfeksyone Mwen, epi Ou fè Mwen konprann. Sèl demann Mwen fè Ou, se pou Ou touche moun sa yo plis toujou, yon fason pou Ou kapab jwenn glwa byento epi pou Ou kapab genyen yo, pou travay Ou kapab akonpli entansyon Ou yo, epi pou plan Ou kapab fin akonpli byento. » Bondye pa vle konkeri moun atravè chatiman, Li pa vle toujou mennen moun nan pwent nen. Li vle pou moun yo soumèt devan pawòl Li epi pou yo travay ak disiplin, epi konsa, satisfè entansyon Li yo. Men moun yo pa gen wont epi y ap toujou rebele kont Li. Mwen kwè pi bon bagay pou nou fè, se jwenn fason ki pi senp lan pou satisfè Li, sa vle di, pou nou soumèt devan tout aranjman Li yo. Si ou kapab vrèman rive nan pwen sa a, ou ap fin pèfeksyone. Èske sa se pa yon bagay ki fasil, ki bay kè kontan? Pran chemen ou dwe pran an; pa okipe sa lòt moun ap di, epi pa reflechi twòp. Èske avni ou ak desten ou nan pwòp men ou? Ou toujou ap eseye sove, ou swete pran chemen monn nan—men poukisa ou pa ka soti? Poukisa ou ezite nan yon kafou pandan plizyè ane epi finalman ou chwazi chemen sa a yon lòt fwa ankò? Apre ou fin pwomennen pandan plizyè ane, poukisa ou retounen nan kay sa a kounye a san ou pa t vle? Èske sa depann de ou? Pou moun pami nou ki nan kouran sa a, si nou pa kwè Mwen, tande sa: Si ou fè plan pou ou ale, gade pou ou wè si Bondye kite ou fè sa, gade kijan Sentespri a touche ou—fè eksperyans li pou pwòp tèt ou. Pou Mwen pale franchman, menm si ou sibi malè, ou dwe sibi l nan kouran sa a; ou ap soufri difikilte nenpòt fason an, kidonk ou dwe soufri l isit la jodi a, epi pa ale okenn lòt kote. Èske sa klè pou ou? Ki kote ou ta ale? Sa se dekrè administratif Bondye a. Èske ou panse chwa Bondye fè sou gwoup moun sa a pa gen okenn sans? Nan travay Li jodi a, Bondye pa fache fasilman—men si moun eseye deranje plan Li a, figi Li ki te klere a vin sonm imedyatman. Kidonk, Mwen konseye ou rete poze epi kite Bondye òkestre ou, epi pèmèt Li rann ou konplè. Se sèlman moun ki fè sa ki entèlijan.

Anvan: Chemen An … (6)

Apre: Chemen an… (8)

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger