Nan lafwa ou nan Bondye ou dwe obeyi Bondye

Poukisa egzakteman ou kwè nan Bondye? Pifò moun toujou gen konfizyon lè kesyon sa a poze, epi yo toujou gen de pwennvi totalman diferan konsènan Bondye pratik la ak Bondye nan syèl la. Li montre moun yo pa kwè nan Bondye pou yo obeyi Li, men pou yo resevwa sèten avantaj, oswa pou yo chape anba soufrans dezas la pote; se sèlman lè sa a yo yon ti jan obeyi. Kalite obeyisans sa a gen kondisyon — pèspektiv pèsonèl yo se kondisyon obeyisans yo; yo obeyi paske yo pa gen okenn lòt chwa. Donk, poukisa ou kwè nan Bondye? Si se sèlman pou avni ou ak desten ou, li ta pi bon si ou pa t kwè nan Li. Kwayans konsa vle di w ap twonpe tèt ou, rasire tèt ou, epi admire tèt ou. Si lafwa ou pa bati sou fondasyon obeyisans anvè Bondye, alafen, w ap sibi pinisyon paske ou opoze ak Li. Tout moun ki pa chèche obeyi Bondye nan lafwa yo se moun ki opoze ak Bondye. Bondye mande pou moun yo chèche verite a, pou yo swaf pawòl Li yo, manje ak bwè pawòl Li yo, epi mete yo an pratik, tout sa pou yo ka reyisi obeyi Bondye. Si sa a se veritab entansyon ou, Bondye pral leve ou kanmenm, epi Li pral fè ou gras. Pa gen dout nan sa epi sa pa ka chanje. Si ou pa gen entansyon obeyi Bondye, epi ou gen lòt objektif, tout sa ou di ak tout sa ou fè-menm priyè ou yo devan Bondye, epi pou ale pi lwen toujou, chak mouvman ou yo pral nan opozisyon ak Li. Menm si pawòl ou yo dous epi ou gen yon atitid dou, menm si chak mouvman ak ekspresyon ou sanble apwopriye pou lòt moun tankou si w te yon moun ki obeyisan, men pou sa ki konsène entansyon ak opinyon ou yo konsènan lafwa nan Bondye, chak nan aksyon ou yo nan opozisyon ak Bondye, se fè sa ki mal. Moun ki sanble obeyisan tankou mouton men ki gen move entansyon nan kè yo, se lous ki abiye ak rad mouton, epi moun ki komèt yon ofans dirèkteman kont Bondye, Bondye pa pral epaye youn nan yo, epi Sentespri a pral devwale yo tout, san eksepsyon. Tout moun pral wè, sètènman, Sentespri a rejte tout sa ki ipokrit yo. Piga nou enpasyan: Bondye pral regle avèk yo epi pran mezi kont yo chak, youn apre lòt.

Si ou pa kapab aksepte nouvo limyè ki soti nan Bondye a, epi ou pa chèche konprann lè ou pa ka wè klèman sa Bondye fè jodi a, epi ou doute de li, jije li, oswa egzamine ak analize li, ou pa yon moun ki gen yon lespri ki pare pou obeyi Bondye. Si lè limyè jodi a parèt, ou kontinye valorize limyè ayè a epi ou opoze ak nouvo travay Bondye a, Ou pa plis pase yon moun san sans ou se youn nan moun ki fè espre ki opoze ak Bondye yo. Sa ki pi enpòtan ou bezwen pou obeyi Bondye se aksepte limyè ki pi resan an, epi kapab aksepte li ak mete li an pratik. Sa a se veritab obeyisans lan. Moun ki pa gen detèminasyon pou anvi Bondye, yo pa kapab obeyi Li volontèman, epi yo ka sèlman opoze ak Bondye paske yo satisfè ak sitiyasyon an jan li ye a. Lòm pa ka obeyi Bondye paske li anba kontwòl sa ki te vini anvan an. Bagay ki te vini anvan yo te pwodui tout kalite nosyon ak divès kalite imaj konsènan Bondye nan lespri lòm, epi sa yo te vin imaj Bondye nan tèt li. Kidonk, sa li kwè ladan, se pwòp lide li ak kritè ki soti nan pwòp imajinasyon li. Si ou mezire Bondye ki fè travay pratik jodi a parapò ak Bondye ki nan pwòp imajinasyon w lan, lafwa ou soti nan Satan, epi li baze sou pwòp preferans ou - Bondye pa vle kalite lafwa sa a. Kèlkeswa jan kalifikasyon yo wo, epi kèlkeswa sakrifis yo - menm si yo te konsakre tout yon vi ap fè efò pou travay pou Li, epi yo te ale jiska matirize tèt yo - Bondye pa apwouve okenn moun ki gen lafwa tankou sa a. Li senpleman ba yo yon ti favè epi Li pèmèt yo jwi l pandan yon ti tan. Moun tankou sa yo pa kapab mete laverite an pratik. Sentespri a pa travay sou yo, epi Bondye pral elimine yo youn apre lòt. Jèn yo ak granmoun yo, moun ki pa obeyi Bondye nan lafwa yo epi ki gen move entansyon, se moun ki opoze epi ki simen latwoublay, epi san dout, Bondye pral elimine moun sa yo. Moun ki pa demontre okenn obeyisans anvè Bondye, ki tou senpleman rekonèt non Li, epi ki gen yon sèten pèsepsyon de aksesibilite Li ak bonte Li, men ki pa mache sou tras Sentespri a, epi yo pa obeyi a travay ak pawòl aktyèl Sentespri a - moun sa yo ap viv nan mitan favè Bondye a, epi Li pa ka genyen yo ni rann yo pafè. Bondye rann moun pafè atravè obeyisans yo, atravè manje yo, bwè yo, atravè jwisans yo de pawòl Bondye a, epi atravè soufrans ak eprèv yo travèse nan lavi yo. Se sèlman atravè lafwa tankou sa a dispozisyon moun yo ka chanje, epi se sèlman lè sa a yo ka posede vrè konesans Bondye a. Lè yon moun pa kontante l ak viv nan mitan lagras Bondye, li swaf verite a epi li chèche l aktivman, epi li pousuiv objektif pou Bondye genyen l—se sa ki vle di soumèt devan Bondye yon fason konsyan, epi se jisteman kalite lafwa Li vle a. Moun ki sèlman jwi favè Bondye a pa ka vin pafè ni chanje; yo ka sèlman posede yon obeyisans, pyete, lanmou, ak pasyans sipèfisyèl. Moun ki sèlman jwi favè Bondye a pa ka vrèman konnen Bondye, epi menm lè yo konnen Bondye, konesans yo sipèfisyèl, epi yo di bagay tankou « Bondye renmen moun », oswa « Bondye gen pitye pou moun ». Sa pa reprezante lavi moun, epi sa pa vle di moun yo vrèman konnen Bondye. Si, lè pawòl Bondye yo rafine yo, oswa lè eprèv li yo rive sou yo, moun yo pa kapab obeyi Bondye - si, olye de sa, yo vin gen dout, epi menm tonbe - lè sa a, yo pa obeyi ditou. Nan yo, gen anpil règ ak restriksyon konsènan lafwa nan Bondye, epi menm yon eksperyans long ki soti nan anpil ane lafwa, oswa divès règleman ki pran Bib la kòm prensip yo. Èske moun tankou sa yo ka obeyi Bondye? Moun sa yo plen ak bagay lèzòm - ki jan yo ta ka obeyi Bondye? « Obeyisans » yo baze sou preferans pèsonèl yo - èske Bondye ta vle obeyisans tankou sa a? Sa a se respè règleman yo, pa obeyisans anvè Bondye; se yon fason pou satisfè epi apeze tèt yo. Si ou di sa a se obeyisans anvè Bondye, èske ou pa blasfeme kont Li? Ou se yon farawon ejipsyen. Ou fè sa ki mal, epi ou angaje espesyalman nan travay opozisyon a Bondye - èske se konsa Bondye vle ou sèvi? Ou ta fè byen si ou te prese repanti, epi eseye pran konsyans de pwòp tèt ou. Si ou pa fè sa, li ta pi bon pou ou ale lakay ou; sa ta fè ou pi byen pase « sèvis ou ofri Bondye a ». Ou pa ta deranje ak twouble; ou ta konnen plas ou, epi viv byen - sa pa ta pi bon? Epi ou pa t ap opoze a Bondye epi Li pa t ap pini w!

Anvan: Chemen An … (1)

Apre: Li Enpòtan Anpil pou Tabli yon Relasyon Nòmal ak Bondye

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger