Chemen An … (6)

Se gras ak travay Bondye a nou rive jouk jounen jodi a, e konsa, se nou menm ki rete vivan nan plan jesyon Bondye a. Lefètke nou toujou la jodi a, se yon gwo elevasyon ki soti nan Bondye. Selon plan Bondye a, peyi gwo dragon wouj la ta dwe detwi, men Mwen panse petèt Li te etabli yon lòt plan, oswa Li vle akonpli yon lòt pati nan travay Li a. Se poutèt sa, menm kounye a, Mwen pa kapab esplike sa byen klè—se tankou yon devinèt moun pa ka rezoud. Men an jeneral, se Bondye ki te predestine gwoup nou an, e Mwen toujou kwè Bondye gen lòt travay pou Li fè sou nou. Se pou nou tout sipliye Syèl la konsa: «Se pou volonte Ou fèt, e se pou Ou parèt devan nou ankò, san Ou pa kache tèt Ou, pou nou ka wè glwa Ou ak vizaj Ou pi klè.» Mwen toujou santi chemen Bondye ap gide nou an pa monte tou dwat, men se yon wout koub ki chaje ak twou; anplis, Bondye di plis chemen an gen wòch, se plis li kapab revele lanmou nou gen nan kè nou. Men, pa gen youn nan nou ki kapab louvri yon chemen konsa. Nan eksperyans Mwen, M te mache nan anpil chemen ki gen wòch e ki pa egal, e Mwen te andire anpil soufrans; pafwa, lapenn tèlman frape M fò, Mwen te prèske rele byen fò, men Mwen kontinye mache sou chemen sa a jouk jounen jodi a. Mwen kwè se Bondye kap dirije chemen sa a, se poutèt sa Mwen andire touman tout soufrans sa yo epi Mwen kontinye vanse. Paske se sa Bondye òdone, donk kiyès ki ka chape anba li? Mwen pa mande pou M resevwa okenn benediksyon; sèl sa M mande, se pou M kapab mache sou chemen Mwen dwe mache a selon entansyon Bondye yo. Mwen pa chèche imite lòt moun pou M mache sou chemen yo mache a; sèl sa Mwen chèche, se pou M ka konsakre tèt Mwen epi mache sou chemen Mwen dwe mache a jouk nan bout li. Mwen pa mande lòt moun èd; pou Mwen pale franchman, Mwen menm tou Mwen pa ka ede okenn lòt moun. Sanble Mwen sansib anpil sou kesyon sa a. Mwen pa konnen sa lòt moun panse. Se paske Mwen te toujou kwè se Bondye ki predestine kantite soufrans yon moun dwe andire ak distans li dwe mache sou chemen li, e pèsonn pa ka vrèman ede yon lòt moun. Gen kèk nan frè ak sè zele nou yo ki ka di Mwen pa gen lanmou, men se jis sa Mwen kwè. Moun mache sou chemen yo pandan y ap konte sou direksyon Bondye. Mwen kwè pifò nan frè ak sè Mwen yo ap konprann kè Mwen. Mwen espere tou Bondye ban nou plis eklèsisman toujou sou aspè sa a, pou lanmou nou ka vin pi pwòp epi pou amitye nou vin pi presye. Se pou nou pa gen konfizyon sou sijè sa a, men pou nou vin gen plis klète, konsa pou relasyon moun ak moun ka bati sou fondasyon direksyon Bondye a.

Bondye gen plizyè ane depi Lap travay nan Lachin kontinantal, e Li peye yon gwo pri pou tout moun pou mennen nou finalman kote nou ye jodi a. Mwen panse pou gide tout moun sou bon chemen an, travay sa a dwe kòmanse kote tout moun pi fèb la; se sèlman konsa premye obstak la ka franchi epi travay la ka kontinye vanse. Èske sa pa pi bon? Nasyon chinwa a, ki fin kòwonpi pandan plizyè milye ane, rive rete vivan jouk jounen jodi a, tout kalite «viris» ap kontinye pwopaje san rete, y ap gaye toupatou tankou yon epidemi; annik gade relasyon moun genyen youn ak lòt sifi pou wè konbyen «mikwòb» ki kache anndan moun. Li difisil anpil pou Bondye devlope travay Li nan yon zòn ki fèmen nèt konsa e ki enfekte ak viris. Pèsonalite moun yo, abitid yo, fason yo fè bagay yo, tout sa yo eksprime nan lavi yo, ak relasyon yo youn ak lòt—tout bagay sa yo depafini, nan pwen kote Bondye kondane tout konesans ak kilti lèzòm yo amò. San nou pa menm pale de divès eksperyans yo aprann nan fanmi yo ak nan sosyete a—tout bagay sa yo jwenn kondanasyon nan je Bondye. Se paske moun k ap viv nan tè sa a konsome twòp viris. Pou yo, se tankou yon bagay nòmal; yo pa bay sa okenn enpòtans. Se poutèt sa, toutotan plis moun kòwonpi nan yon kote, se plis relasyon youn ak lòt yo pa nòmal. Relasyon moun yo chaje ak konplo; youn ap fè konplo kont lòt epi youn ap masakre lòt—se kòmsi se te yon fòtrès demon kanibal. Nan yon kote konsa ki chaje ak laterè, kote fantom ap fè sa yo vle, li difisil anpil pou fè travay Bondye a. Mwen sipliye Bondye san rete lè Mwen annafè ak moun yo, paske Mwen toujou pè anpil pou M antre an kontak ak yo, e Mwen pè anpil pou dispozisyon Mwen pa ofanse «diyite» yo. Nan kè Mwen, Mwen toujou pè pou espri enpi sa yo pa aji san kontwòl, se poutèt sa Mwen toujou sipliye Bondye pou L pwoteje M. Tout kalite relasyon ki pa nòmal parèt aklè nan mitan nou, e lè Mwen wè tout bagay sa yo, Mwen gen rayisman nan kè Mwen, paske nan mitan yo, moun yo toujou ap okipe «biznis» lèzòm, e yo pa janm pran Bondye an konsiderasyon. Mwen rayi konpòtman yo jouk nan zo Mwen. Sèl sa nou ka wè nan moun ki Lachin kontinantal yo se dispozisyon kòwonpi satanik yo; se poutèt sa, nan travay Bondye ap fè nan moun sa yo, li prèske enposib pou jwenn yon bagay ki gen valè anndan yo; se Sentespri a ki fè tout travay la, e se sèlman paske Sentespri a touche moun anpil epi Li travay nan yo. Li prèske enposib pou sèvi ak nenpòt bagay ki nan moun sa yo; sa vle di, travay kote Sentespri a touche moun epi moun kolabore avè L la pa ka fèt. Sentespri a jis kontinye touche moun san rete, men menm lè sa a, moun yo toujou ensansib e yo pa santi anyen, epi yo pa gen okenn lide sou sa Bondye ap fè. Se poutèt sa, travay Bondye nan Lachin kontinantal la ka konpare ak travay Li te fè lè L te kreye syèl la ak tè a; sa ki fè tout moun fèt yon lòt fwa, epi sa chanje tout bagay nan yo, paske pa gen anyen ki gen valè anndan yo, e sa rache kè. Souvan, Mwen priye ak lapenn pou moun sa yo: «Bondye, se pou gwo pouvwa Ou manifeste nan moun sa yo, pou Lespri Ou ka touche yo anpil, epi pou moun sòt e ensansib k ap soufri sa yo ka reveye, pou yo pa kontinye dòmi nan eta angoudi sa, epi pou yo wè jou kote W jwenn glwa a.» Se pou nou tout priye devan Bondye epi di: «Bondye! Se pou Ou gen pitye pou nou epi pran swen nou yon lòt fwa ankò, pou kè nou ka vire nèt sou Ou, epi pou nou ka chape anba tè sal sa a, leve kanpe, epi akonpli sa Ou konfye nou an.» Mwen espere Bondye touche nou yon lòt fwa ankò pou nou ka resevwa eklèsisman Li, e Mwen espere Li gen pitye pou nou pou kè nou ka vire sou Li tikras pa tikras epi pou Li ka genyen nou. Se dezi sa a nou tout pataje.

Chemen n ap mache a, se Bondye ki òdone l nèt. An rezime, Mwen kwè Mwen pral mache sou chemen sa a jiska lafen, paske Bondye toujou souri ban Mwen, e se kòmsi men Li toujou ap gide M. Se poutèt sa, pa gen okenn lòt bagay ki sal kè Mwen, e Mwen toujou kenbe travay Bondye a nan lespri Mwen. Mwen fè tout sa Bondye konfye M ak tout fòs Mwen e avèk devouman, e Mwen pa janm foure bouch nan travay Li pa ban M fè, ni Mwen pa foure bouch mwen nan zafè lòt moun ki fè yo—paske Mwen kwè chak moun dwe mache sou pwòp chemen pa yo, san yo pa mele nan zafè lòt moun. Se konsa Mwen wè sa. Petèt se pwòp pèsonalite Mwen ki fè M konsa, men Mwen espere frè ak sè Mwen yo konprann Mwen epi padone M, paske Mwen pa janm oze dezobeyi kòmandman Papa M. Mwen pa oze ale kont volonte Syèl la. Èske ou bliye «pèsonn pa defye volonte Syèl la»? Gen kèk moun ki ka panse Mwen santre sou tèt Mwen, men Mwen kwè Mwen vini espesyalman pou M akonpli yon pati nan travay jesyon Bondye a, e se pa pou M antre nan relasyon ak moun. Mwen pa kapab aprann kijan pou M antann Mwen byen ak lòt moun. Sepandan, nan manda Bondye konfye M nan, Mwen gen direksyon Bondye, e Mwen gen lafwa ak tenasite pou M fè travay sa a byen. Petèt Mwen twò «santre sou tèt Mwen», men Mwen espere tout moun ap pran responsablite pou yo eseye santi lanmou Bondye ki jis e ki pa egoyis ditou, epi pou yo eseye kolabore avèk Bondye. Pa tann dezyèm fwa majeste Bondye ap parèt la; sa pa bon pou pèsonn. Men sa Mwen toujou panse nou dwe konsidere: «Nou dwe fè tout sa nou kapab pou nou fè sa nou dwe fè pou nou satisfè Bondye. Misyon Bondye konfye nou chak la diferan; kijan nou dwe akonpli l?» Ou dwe byen konprann kisa chemen w ap mache a ye—li enperatif pou w klè sou sa. Piske nou tout vle satisfè Bondye, poukisa nou pa remèt tèt nou ba Li anvan? Premye fwa Mwen te priye Bondye, Mwen te ba Li tout kè M. Moun ki te bò kote M yo—paran, sè, frè ak kòlèg—detèminasyon Mwen te fè M mete yo byen lwen nan fon lespri Mwen, se te kòmsi yo pa t egziste pou Mwen ditou. Paske Mwen te toujou ap panse ak Bondye—kit se pawòl Li oswa sajès Li; bagay sa yo te toujou nan kè Mwen, e se yo ki te okipe plas ki pi presye nan kè Mwen. Konsa, pou moun ki chaje ak filozofi pou jere zafè mond nan, Mwen se yon moun ki san kè e ki san santiman. Kè yo fè yo mal poutèt fason Mwen konpòte M, fason Mwen jere bagay yo ak chak mouvman Mwen fè. Yo gade M mal, kòmsi moun Mwen ye a se te yon problèm yo pa ka rezoud. Nan lespri yo, y ap evalye ki kalite moun Mwen ye an kachèt, san yo pa konnen sa Mwen pral fè apre sa. Kijan M ta ka kanpe sou wout Mwen poutèt chak mouvman moun sa yo fè? Kit lòt moun anvye M, rayi M, oswa pase M nan rizib ak mokri frèt, Mwen toujou sipliye Bondye ak yon gwo grangou ak swaf, kòmsi se te sèlman Mwen menm ak Li ki te nan menm mond, e pa t gen okenn lòt moun ankò. Fòs ki soti nan mond deyò a toujou ap antoure M—men anmenmtan tou, santiman Bondye touche M nan ap monte avèk fòs anndan M. Pandan Mwen te pran nan dilèm sa a, Mwen te bese tèt Mwen devan Bondye: «Bondye! Kijan M ta ka pa dispoze swiv volonte Ou? Nan je Ou, Mwen onorab, tankou lò ki fin travay, epoutan Mwen pa kapab chape anba fòs fènwa yo. Mwen ta soufri pou Ou pandan tout lavi Mwen, Mwen ta fè travay Ou tounen travay tout lavi Mwen, e Mwen sipliye Ou pou Ou ban Mwen yon kote ki apwopriye pou M repoze, pou M ka konsakre tèt Mwen a Ou. Bondye! Mwen vle ofri tèt Mwen ba Ou. Ou konnen feblès lòm byen, donk poukisa Ou kache tèt Ou pou Mwen?» Nan moman sa a menm, se kòmsi Mwen te yon flè lis nan mòn, briz la t ap fè bon sant li gaye, san pèsonn pa konnen sa. Men, Syèl la t ap kriye, e kè Mwen te kontinye ap kriye; Mwen te santi te gen yon doulè ki pi rèd toujou nan kè M. Tout fòs yo ak jan moun yo te sènen Mwen an—se te tankou yon kout loraj nan yon syèl klè. Kiyès ki te ka konprann kè Mwen? Se konsa, Mwen te vin devan Bondye yon lòt fwa ankò epi Mwen te di: «Bondye! Èske pa gen okenn fason pou fè travay Ou nan tè sal sa a? Poukisa lòt moun pa kapab pran kè Ou an konsiderasyon nan yon anviwònman ki konfòtab, ki favorab, e ki san pèsekisyon? Mwen vle deplwaye zèl Mwen, men poukisa li difisil pou M vole ale konsa? Èske Ou pa apwouve?» Pandan plizyè jou, Mwen te kriye poutèt sa, men Mwen te toujou kwè Bondye t ap pote konsolasyon pou kè Mwen ki te nan lapenn. Pèsonn pa janm konprann enkyetid Mwen. Petèt se yon pèsepsyon Bondye ban Mwen dirèkteman—Mwen te toujou enkyete e M te toujou gen kè sote pou travay Li, e se apèn Mwen te gen tan pou M pran yon souf. Jouk jounen jodi a, Mwen toujou priye epi Mwen di: «Bondye! Si se volonte Ou, se pou Ou gide M pou M akonpli travay Ou ki pi gwo toujou, pou l ka simaye nan tout linivè a, epi pou l ka louvri pou chak nasyon ak chak denominasyon, pou kè Mwen ka jwenn yon ti lapè, pou M ka viv nan yon kote ki trankil pou Ou, pou M ka travay pou Ou san okenn deranjman, epi pou M ka kalme kè Mwen pou M sèvi Ou pandan tout lavi Mwen.» Sa se dezi ki nan kè Mwen. Petèt frè ak sè yo ap di Mwen awogan e ògeye; Mwen menm tou Mwen rekonèt sa, paske se yon reyalite—jèn moun toujou gen yon tandans pou yo «awogan». Se poutèt sa, Mwen pa di anyen ki kontrè ak jan bagay yo ye toutbonvre. Nan Mwen, ou ka wè tout karakteristik pèsonalite yon jèn moun, men ou ka wè tou sa ki fè M diferan ak lòt jèn moun: kalm Mwen ak trankilite Mwen. Mwen pa fè sa tounen yon sijè; Mwen kwè Bondye konnen Mwen pi byen pase Mwen konnen pwòp tèt Mwen. Sa yo se pawòl ki soti nan fon kè Mwen, e Mwen espere frè ak sè yo p ap pran sa mal. Se pou nou pale sou pawòl ki nan kè nou, egzamine objektif ki dèyè sa nou chak ap pouswiv, konpare kè nou ki renmen Bondye, koute pawòl nou di Bondye tou dousman, chante pi bèl chante ki nan kè nou, epi eksprime santiman nòb ki nan kè nou, pou lavi nou ka vin pi bèl. Ann bliye sa ki pase a epi ann gade devan, nan direksyon lavni. Bondye ap louvri yon chemen pou nou!

Anvan: Chemen An … (5)

Apre: Chemen an… (7)

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger