Chemen An … (5)
Nan tan lontan, pèsonn pa t konnen Sentespri a, alewè pou yo te konnen chemen Sentespri a te suiv la. Se poutèt sa, moun te toujou fè tèt yo pase pou moun sòt devan Bondye. Nou ka di prèske tout moun ki kwè nan Bondye pa konnen Lespri a, epi yo bwouye e konfi nan lafwa yo. Li klè, moun pa konprann Bondye; e byenke yo ka di yo kwè nan Li nan bouch, an reyalite, se pa nan Bondye, se nan tèt yo yo kwè lè nou gade konpòtman yo. Nan pwòp eksperyans reyèl Mwen yo, Mwen wè malgre Bondye rann temwayaj sou Bondye ki vin nan lachè a, epi pa deyò, li parèt se fòse yo te fòse moun yo rekonèt temwayaj Bondye a, e nan yon sans, nou ka di yo kwè Lespri Bondye a pa ka fè okenn erè ditou. Se pa nan moun sa a moun yo kwè, alewè pou se ta nan Lespri Bondye a; se nan pwòp santiman yo yo kwè. Èske se pa nan tèt pa yo menm yo kwè lè yo fè sa? Sa Mwen di a se verite. Mwen pa mete okenn etikèt sou moun, men gen yon bagay Mwen dwe klarifye: Lefètke moun yo rive kote yo ye jodi a, kit yo wè bagay yo klè, kit yo nan konfizyon, se Sentespri a ki fè sa. Se pa yon bagay lèzòm gen okenn kontwòl sou li. Sa a se yon egzanp sou sa Mwen te di anvan an konsènan fason Sentespri a fòse moun kwè; se konsa Sentespri a travay, e se chemen sa a Sentespri a swiv. Kèlkeswa moun, moun yo kwè nan li a, se Sentespri a ki pouse yo, Li fè yo santi yon bagay, se sa ki fè yo kwè nan Bondye ki nan kè yo a. Èske se pa konsa ou kwè? Èske ou pa santi se yon bagay dwòl lefètke ou kapab kwè nan Bondye? Èske ou pa panse li dwòl ke ou pa kapab libere tèt ou nan kouran sa a? Èske ou pa janm fè efò pou w reflechi sou sa? Èske se pa pi gwo nan siy ak mèvèy ki genyen? Menmsi ou te anvi chape poul ou anpil fwa, toujou gen yon fòs lavi ki pisan ki atire w e ki fè w pa vle ale. E chak fwa ou nan yon sitiyasyon konsa, ou toujou pete kriye epi sanglote, san w pa konnen sa pou w fè apre sa. Gen kèk nan nou ki eseye ale vre, men lè w eseye ale, ou santi se yon kout kouto ou pran nan kè w, se kòmsi yon fantom sou tè a te pran nanm ou nan men w, sa ki kite kè ou san repo e san lapè. Apre sa, ou pa ka fè lòt bagay pase pran kouraj ou epi retounen jwenn Bondye. … Èske ou pa janm fè eksperyans sa a? Mwen pa gen okenn dout ke frè ak sè ki pi jèn yo, ki kapab louvri kè yo, ap di: «Wi! Mwen fè eksperyans sa a anpil fwa, mwen wont lè m sonje sa!» Nan lavi Mwen chak jou, Mwen toujou kontan trete jèn frè ak sè Mwen yo kòm moun ki pwòch Mwen, paske yo inosan anpil, yo tèlman san tach eagreyab. Yo tankou pwòp konpayon Mwen. Se poutèt sa, Mwen toujou ap chèche okazyon pou Mwen reyini tout moun ki pwòch Mwen yo ansanm pou nou pale sou aspirasyon nou ak plan nou yo. Se pou volonte Bondye fèt nan nou, pou nou tout ka tankou moun ki gen menm chè ak menm san, san okenn baryè ni distans nan mitan nou. Se pou nou tout priye Bondye konsa: «Bondye! Si se volonte Ou, nou sipliye Ou pou Ou ban nou yon anviwònman ki apwopriye, pou nou ka reyalize sa nou swete nan kè nou. Tanpri, gen pitye pou nou menm jèn moun ki san rezon, epi pèmèt nou sèvi ak tout fòs ki nan kè nou!» Mwen kwè se sa Bondye vle, paske depi lontan Mwen te sipliye Bondye nan prezans Li, Mwen te di: «Papa! Sou tè a, nou pa janm sispann rele nan pye Ou, paske nou swete pou volonte Ou fèt sou tè a byen vit. Mwen ta chèche volonte Ou. Se pou Ou fè sa Ou vle fè a epi akonpli manda Ou nan Mwen san pèdi tan. Mwen menm dispoze pou Ou louvri yon nouvo chemen nan mitan nou, si sa ap pèmèt volonte Ou akonpli byen vit! Sèl sa Mwen mande, se pou travay Ou fini byen vit, e Mwen kwè pa gen okenn règ ki ka anpeche l!» Se konsa travay Bondye ye jodi a; èske ou pa wè chemen Sentespri a swiv la? Chak fwa Mwen gen kontak ak frè ak sè ki pi gran yo, Mwen santi yon kalite opresyon Mwen pa ka dekri menm. Lè Mwen annafè ak yo, Mwen wè yo gen tout move sant sosyete a sou yo; nosyon relijye yo, eksperyans yo genyen nan fason pou yo jere bagay yo, fason yo pale, mo yo itilize, ak lòt bagay ankò—tout bagay sa yo fè M nève. Sanble moun sa yo chaje ak «sajès». Mwen toujou fè tout sa M kapab pou M rete lwen yo, paske pèsonèlman, Mwen manke anpil nan filozofi pou jere afè mond nan. Chak fwa Mwen annafè ak moun sa yo, yo fatige M anpil, tèt Mwen benyen ak swe, pafwa Mwen santi M tèlman anba opresyon Mwen prèske pa ka respire. Se konsa, nan moman danjere sa a, Bondye te montre M yon bonjan fason pou M soti ladan l. Petèt Mwen mal konprann, men Mwen mete enterè Bondye pi wo pase tout lòt bagay, Mwen bay swiv volonte Bondye priyorite, epi Mwen rete lwen moun sa yo. Si Bondye mande M pou M annafè ak yo, Mwen toujou obeyi. Se pa paske yo rayisab, men se paske «sajès» yo, nosyon yo, ak filozofi pou jere afè mond lan tèlman degoutan. Mwen te vini pou M akonpli manda Bondye ban Mwen an, se pa pou M aprann fason yo fè bagay yo. Mwen sonje yon lè Bondye te di M: «Sou tè a, se pou W chèche sèlman swiv volonte Papa W epi akonpli misyon Li ba Ou a. Pa gen okenn lòt bagay ki konsène Ou.» Lè Mwen panse ak sa, sa ban M yon ti lapè. Se paske zafè lèzòm toujou tèlman konplike pou Mwen; Mwen pa rive konprann yo, e Mwen pa janm konnen sa pou M fè. Se poutèt sa, anpil fwa, bagay sa yo boulvèse M anpil e yo fè M rayi limanite; poukisa moun oblije tèlman konplike konsa? Poukisa yo pa ka senp? Poukisa yo fè tout efò sa yo pou yo parèt tèlman entèlijan? Pifò nan tan an, lè Mwen annafè ak moun, Mwen fè sa paske Mwen aksepte manda Bondye ban Mwen an. Petèt te gen kèk fwa Mwen pa t fè sa pou rezon sa a, men kiyès ki konnen sa ki kache nan fon kè Mwen?
Anpil fwa, Mwen konseye frè ak sè ki avèk M yo pou yo kwè nan Bondye ak tout kè yo, pou yo pa pwoteje pwòp enterè yo, men pou yo pran entansyon Bondye an konsiderasyon. Anpil fwa, Mwen kriye ak gwo lapenn devan Bondye: Poukisa moun yo pa pran entansyon Bondye yo an konsiderasyon? Se sèten travay Bondye a pa ka annik disparèt san kite okenn tras, san okenn rezon? Mwen pa konnen poukisa—se kòmsi sa vin tounen yon mistè nan lespri Mwen. Poukisa moun pa janm konnen chemen Sentespri a swiv la, epi olye de sa, yo kontinye kenbe relasyon ki pa nòmal ak lòt moun? Lè Mwen wè moun konsa, sa ban M kè plen. Olye yo swiv chemen Sentespri a, yo konsantre yo sou zèv lèzòm. Èske sa ka satisfè kè Bondye? Souvan, sa fè M tris. Se kòmsi sa vin tounen yon chay pou Mwen; Sentespri a enkyete pou sa tou. Èske ou pa santi okenn repwòch nan kè w? Se pou Bondye ouvri je espirityèl nou. Anpil fwa, Mwen menm ki gide moun pou yo antre nan travay Bondye a, Mwen te priye devan Bondye konsa: «Papa! Mwen dispoze mete volonte Ou nan sant tout bagay epi chèche volonte Ou. Mwen dispoze konsakre M pou misyon Ou ban Mwen an, pou Ou ka genyen gwoup moun sa yo. Se pou Ou mennen nou nan peyi libète a, pou nou ka touche Ou ak lespri nou, epi pou Ou reveye dezi espirityèl ki nan kè nou yo!» Mwen vle pou volonte Bondye fèt, se poutèt sa Mwen priye san rete pou Lespri Li kontinye klere nou, pou nou ka mache sou chemen Sentespri ap dirije nou an—paske chemen Mwen mache a se chemen Sentespri a. E kiyès ankò ki ta ka mache sou chemen sa a nan plas Mwen? Se sa ki fè chay Mwen vin pi lou toujou. Mwen santi se kòmsi M pral tonbe, men Mwen gen lafwa Bondye p ap janm retade travay Li. Petèt, se sèlman lè misyon Li a fin akonpli n ap separe. Petèt se efè Lespri Bondye a ki fè Mwen te toujou santi Mwen diferan konsa. Se kòmsi gen yon travay Bondye vle fè, men Mwen poko fin klè sou li toujou. Sepandan, Mwen kwè pa gen pèsonn sou tè a ki pi bon pase moun ki pwòch Mwen yo, e Mwen kwè y ap priye pou Mwen devan Bondye, yon bagay Mwen rekonesan anpil anpil pou li. Mwen swete frè ak sè yo di ansanm avè M: «Bondye! Se pou volonte W manifeste nèt nan nou menm, moun dènye epòk la, pou nou ka jwenn benediksyon lavi lespri a, pou nou ka wè zèv Lespri Bondye a, epi kontanple vrè vizaj Li!» Lè nou rive nan etap sa a, se lè sa a n ap viv vrèman anba direksyon Lespri a, e se sèlman lè sa a n ap kapab kontanple vrè vizaj Bondye. Sa vle di, moun pral kapab konprann vrè sans tout verite yo, san yo pa konprann ni sezi yo selon nosyon lèzòm, men pito yap resevwa eklèsisman selon entansyon Lespri Bondye a. Sa se travay Bondye Li menm nèt ale, pa gen okenn lide lèzòm ladan l; se plan travay Li pou zèv Li vle revele sou tè a, e se dènye pati nan travay Li sou tè a. Èske ou vle patisipe nan travay sa a? Èske ou vle fè pati de sa? Èske ou gen detèminasyon pou Sentespri a rann ou pafè epi jwi lavi lespri a?
Sa ki pi enpòtan jodi a, se pou ale pi fon nan fondasyon nou te genyen okòmansman an. Nou dwe ale pi fon nan verite a, vizyon yo ak lavi a—men anvan sa, Mwen dwe raple frè ak sè yo, pou nou antre nan etap travay sa a, nou dwe debarase nou de ansyen nosyon nou yo. Sa vle di, ou dwe chanje fason ou viv, fè nouvo plan, epi kòmanse yon nouvo chapit. Si ou toujou atache ak sa ki te gen anpil valè pou ou nan tan lontan yo, Sentespri a p ap kapab travay nan ou, e se apèn L ap kapab soutni lavi ou. Moun ki pa pousuiv, ki pa antre, oswa ki pa planifye, Sentespri a pral abandone yo nèt—yo di moun konsa se moun epòk la rejte. Mwen espere tout frè ak sè yo kapab konprann kè Mwen, e Mwen espere plis «nouvo rekri yo» ap leve pou kopere avèk Bondye epi fini travay sa a ansanm. Mwen kwè Bondye ap beni nou. Menm jan an tou, Mwen kwè Bondye ap ban Mwen anpil lòt moun ki pwòch Mwen, pou Mwen ka mache nan tout kwen sou tè a, epi pou gen plis lanmou nan mitan nou. Anplis de sa, Mwen kwè fèmman Bondye ap elaji wayòm Li gras ak efò nou yo; Mwen vle pou efò nou yo rive nan yon nivo yo pa t janm rive anvan, pou sa pèmèt Bondye genyen plis jèn moun. Mwen vle nou pase plis tan ap priye pou sa, Mwen vle nou sipliye Bondye san rete, pou nou pase tout lavi nou devan Bondye, epi pou nou pwòch Bondye otan sa posib. Se pou pa janm gen anyen ankò nan mitan nou, epi se pou nou tout fè sèman sa a devan Bondye: pou n travay di ansanm! Pou nou rete fidèl jiskobou! Pou nou pa janm separe, epi pou nou toujou ansanm! Mwen espere tout frè ak sè yo pran rezolisyon sa a devan Bondye, pou kè nou pa janm chanje, epi pou detèminasyon nou pa janm febli! Pou nou ka satisfè entansyon Bondye yo, Mwen di ankò: Ann travay di! Ann fè tout efò nou kapab! Se sèten Bondye ap beni nou!