Chemen An… (4)

Lefètke moun kapab dekouvri jan Bondye bèl, chèche chemen pou renmen Bondye nan epòk jodi a, epi yo dispoze aksepte fòmasyon wayòm nan jodi a–tout sa se gras Bondye, epi pi plis toujou, se elevasyon Li. Chak fwa Mwen panse ak sa, Mwen gen yon gwo santiman sou jan Bondye bèl. Bondye vrèman montre nou lanmou; si se pa t sa, kiyès ki t ap kapab dekouvri bèlte Li? Se sèlman konsa Mwen wè se Bondye Li menm pèsonèlman ki fè travay sa a, epi se gidans Bondye k ap dirije moun. Mwen di Bondye mèsi pou sa, epi Mwen ta renmen pou frè ak sè M yo mete vwa yo ansanm ak Mwen pou louwe Bondye: «Tout glwa se pou Ou, Bondye siprèm nan Li menm! Se pou glwa Ou miltipliye epi pou li parèt aklè nan nou menm Ou te chwazi epi Ou te genyen yo.» Mwen resevwa eklèsisman nan men Bondye: Li te predestine nou anvan tout epòk yo, epi Li gen entansyon genyen nou nan dènye jou yo, konsa Li ap pèmèt linivè a ak tout bagay wè glwa Bondye nètale atravè nou menm. Donk, nou se rezilta plan jesyon sis mil (6,000) an Bondye a; nou se modèl yo, echantiyon travay Bondye a nan tout linivè a. Se kounye a sèlman Mwen reyalize jouk nan ki pwen Bondye renmen nou, epi travay Li fè sou nou ak pawòl Li di yo, yo yon milyon fwa plis pase nan epòk pase yo. Menm ann Izrayèl oswa sou Pyè, Bondye pa t fè tout travay sa a ni pale tout pawòl sa yo pèsonèlman–sa ki montre nou menm, gwoup moun sa a, nou beni anpil anpil vre, nou beni yon fason ki pa ka konpare ak sen nan epòk ki pase yo. Se poutèt sa Bondye te toujou di moun ki nan dènye epòk la se moun ki beni. Kèlkeswa sa lòt moun di, Mwen kwè nou se moun Bondye pi beni. Nou ta dwe erite benediksyon Bondye ban nou yo; kapab genyen kèk moun k ap plenyen bay Bondye, men Mwen kwè si se Bondye ki bay benediksyon sa yo, eben sa pwouve se nou ki dwe resevwa yo. Menmsi lòt moun plenyen oswa yo pa kontan avèk nou, Mwen toujou kwè pèsonn lòt moun pa kapab erite ni wete benediksyon Bondye ban nou yo nan men nou. Sa se paske travay Bondye ap fèt sou nou epi Li pale ak nou fasafas–nou menm, pa gen lòt moun. Bondye fè ekzakteman sa Li vle, epi si moun yo pa konvenki, èske yo pa senpleman ap rale pwoblèm sou pwòp tèt yo? Èske yo pa rale mepri sou tèt yo lè yo fè sa? Poukisa Mwen di bagay sa yo? Paske Mwen gen eksperyans pwofon nan domèn sa a. Ann pran travay Bondye fè nan Mwen an kòm egzanp: Se Mwen sèl ki kapab pran responsablite travay sa a–èske nenpòt lòt moun ta kapab fè l? Mwen te gen ase chans pou Mwen resevwa manda sa a nan men Bondye–èske nenpòt lòt moun ta kapab akonpli li nenpòt jan yo vle san lòd? Sepandan, Mwen swete frè ak sè yo va konprann kè Mwen. Mwen pap trete sa kòm yon avantaj pou Mwen vante tèt Mwen devan moun, men se yon pwoblèm M ap eksplike. Mwen ta renmen pou tout glwa a pou Bondye, epi pou Bondye ka obsève kè nou chak, pou kè nou kapab pirifye devan Li. Avèk tout kè Mwen, M fè yon ve: Mwen swete pou Bondye genyen M nèt, pou Mwen vin tounen yon vyèj pwòp ke yo sakrifye sou lotèl la, epi pi plis toujou, pou Mwen gen obeyisans yon ti mouton, pandan M ap parèt nan mitan tout limanite tankou yon kò espirityèl sen. Sa a se pwomès Mwen, sèman Mwen fè devan Bondye. Mwen swete akonpli sa epi rann Bondye lanmou Li ban Mwen an atravè sa. Èske ou dispoze fè sa? Mwen kwè pwomès Mwen an pral bay plis jèn frè ak sè fòs, epi li pral pote espwa pou plis jèn moun. Pou Mwen menm, sanble Bondye konsidere jèn moun yo kòm moun ki enpòtan anpil. Petèt se pwòp prejije pa Mwen, men Mwen toujou santi jèn moun yo gen avni ak espwa; sanble Bondye fè anpil efò espesyal sou jèn moun yo. Yo ka manke disènman ak sajès, epi yo ka plen fòs epi gen san cho menm jan ak yon ti bèf ki fèk fèt, men Mwen kwè yo pa san kalite. Ou kapab wè inosans jènès la nan yo epi yo aksepte nouvo bagay yo byen vit. Malgre jèn moun yo gen tandans vin gen awogans, fewosite, ak kran, sa pa gen enpak sou kapasite yo genyen pou yo aksepte nouvo limyè, paske jèn moun raman kenbe bagay ki fin ansyen, ki demode. Se poutèt sa Mwen wè yon avni san limit nan jèn moun yo, ansanm ak vitalite yo; se pou rezon sa a M santi m pwòch yo. Mwen pa rayi frè ak sè ki pi gran yo, men yo pa gen anyen ki enterese Mwen tou—pou sa Mwen ofri yo eskiz sensè Mwen yo. Petèt sa Mwen di a pa gen plas li oswa li pa gen konsiderasyon, men Mwen espere nou tout kapab padone enpridans Mwen, paske M twò jèn epi Mwen pa fè atansyon ditou ak fason Mwen pale. Men, pou M di laverite, frè ak sè ki pi gran yo, alafen, gen pwòp fonksyon pa yo yo ta dwe akonpli–yo pa initil totalman. Sa se paske yo gen eksperyans nan regle bagay yo; yo estab nan fason yo regle bagay yo, epi yo pa fè anpil erè. Èske sa yo se pa pwen fò yo? An nou tout di devan Bondye: «Bondye! Pèmèt nou akonpli pwòp fonksyon pa nou nan diferan pozisyon nou yo! Pèmèt nou tout fè tout sa nou kapab pou volonte Ou!» Mwen kwè se sa menm ki dwe entansyon Bondye!

Nan eksperyans pa Mwen, anpil nan moun ki reziste aklè kouran sa a–moun ki reziste Lespri Bondye a dirèkteman–se moun ki pi gran yo. Moun sa yo gen nosyon relijye ki solid anpil; chak moman, yo konpare pawòl Bondye yo ak bagay ki demode, epi yo eseye fè bagay yo te konprann nan tan lontan yo kadre ak pawòl Bondye yo. Èske yo pa moun ki egare epi ki san sans? Èske moun konsa ka akonpli travay Bondye te konfye yo a? Èske Bondye kapab sèvi ak moun konsa pou Li travay? Sentespri a travay yon fason diferan chak jou; si moun yo atache ak bagay ki demode, eben ap rive yon jou kote y ap pouse yo desann sou sèn listwa a. Nan chak etap travay Li, Bondye sèvi ak nouvo moun. Èske moun sa yo k ap eseye fè lòt moun leson ak bagay ki demode yo pa pote destriksyon sou moun? Epi èske yo pa retade travay Bondye a? E si se sa, ki lè travay Bondye a ap fini? Kapab gen moun ki gen kèk nosyon sou sa M sot di la a. Petèt yo pa konvenki. Men Mwen espere ou p ap enpasyan: Nan yon ti tan ankò, anpil bagay konsa pral rive, e se prèv konkrè sèlman ki ka montre sa. An nou vizite kèk moun enpòtan, kèk pastè ki gen renome oswa moun k ap fè kòmantè sou Bib la, epi preche kouran sa a ba yo. Yo p ap reziste kont li aklè okòmansman, sa se sèten–men yo pral rale Bib la pou yo “antre nan konpetisyon” avèk ou. Yap fè ou rakonte Liv Ezayi a ak Liv Danyèl la, epi y ap menm fè ou eksplike Liv Revelasyon an. E si ou pa kapab pale sou li, yo pral rejte ou, epi yo pral rele ou yon fo kris, epi y ap di w ap preche yon chemen ki san sans. Apre inèdtan, yo pral fè fo akizasyon kont ou k ap fè w rete san souf. Èske sa a se pa yon rezistans klè? Men sa se kòmansman an sèlman. Yo pa ka anpeche pwochen etap nan travay Bondye a, epi nan yon ti tan ankò, Sentespri a pral fòse yo aksepte li. Sa se yon tandans ki pa ka chanje; se yon bagay lèzòm pa kapab fè e se yon bagay moun pa menm ka imajine. Mwen kwè travay Bondye a pral avanse san okenn obstak nan linivè a. Sa se entansyon Bondye, epi pèsonn pa ka kanpe sa. Se pou Bondye eklere nou epi pèmèt nou aksepte plis nouvo limyè, pou nou pa deranje jesyon Bondye a nan zafè sa a. Se pou Bondye gen mizèrikòd pou nou, pou nou tout ka wè jou kote Bondye pral jwenn glwa a. Moman kote Bondye ap jwi glwa nan tout linivè a se ap moman kote n ap jwenn glwa bò kote Li tou. Sanble se nan moman sa a tou Mwen pral separe ak moun kap mache ansanm avèk Mwen yo. Mwen espere frè ak sè M yo ka mete vwa yo ansanm ak Mwen nan siplikasyon devan Bondye: Se pou gwo travay Bondye a fini byento, pou nou kapab wè jou Li jwenn glwa a pandan nou vivan. Mwen toujou swete itilize tout lavi Mwen pou Mwen akonpli volonte Bondye, epi Mwen swete pou Bondye kontinye fè travay Li sou nou, epi pou pa janm gen okenn obstak. Sa a se detèminasyon etènèl Mwen. Se pou Bondye toujou nan mitan nou, epi se pou lanmou Li bati pon ant nou pou zanmitay ki gen ant nou an kapab vin gen plis valè. Mwen swete pou lanmou kreye plis konpreyansyon ant nou epi pou lanmou mennen nou nan yon entimite ki pi pwofon, retire nenpòt distans ki genyen nan mitan nou, epi pou lanmou ki nan mitan nou an vin pi pwofon, pi laj, epi pi dous. Mwen kwè se sa ki dwe entansyon Bondye Mwen an. Mwen swete pou frè ak sè M yo vin pi pwòch Mwen, epi pou nou tout bay ti tan nou genyen ansanm nan anpil valè, pou jou sa yo ka rete kòm bèl souvni pou nou.

Te gen anpil etap nan travay Bondye a nan peyi Lachin kontinantal la, men yo pa konplike. Lè nou byen reflechi, chak etap nan travay Li fè sans; Bondye akonpli yo chak pèsonèlman, epi moun yo jwe divès kalite wòl nan travay Bondye a. Chak «sèn» se yon bagay ki vrèman fè moun ri, e kiyès ki ta imajine moun sa yo t ap jwe yon pyès teyat konsa? pèfòmans yo parèt tankou reyalite nan mitan plizyè eprèv. Anba plim Bondye a, tout kalite moun parèt yon fason ki tèlman vivan e konplè, epi yo tout ekspoze anpil bagay aklè. Men lè M di sa, Mwen pa vle di Bondye ap jwe avèk moun atravè travay Li a. Sa pa t ap fè okenn sans; travay Bondye a gen yon objektif, e Li pa t ap janm fè anyen ki pa gen sans oswa ki san valè. Tout sa Li fè se pou pèfeksyone moun, pou Li genyen yo. Apati de sa a, Mwen vrèman wè kè Bondye se pou byen lòm totalman. Mwen ka te rele sa yon pyès teyat, men nou kapab di tou pyès teyat sa a se yon evènman k ap pase nan lavi reyèl. Sa vle di, pou Bondye—ki se direktè jeneral pyès teyat sa a—moun yo la pou kolabore avèk Li pou konplete travay sa a. Nan yon lòt sans, sepandan, Bondye itilize sa a pou Li genyen moun yo, pou Li fè yo adore Li plis. Èske sa a se pa entansyon Bondye? Se poutèt sa Mwen espere pèsonn pa gen okenn enkyetid. Èske ou pa konnen entansyon Bondye yo ditou? Mwen di anpil bagay–Mwen espere frè ak sè yo konprann tout bagay epi yo pa mal entèprete kè Mwen. Mwen pa gen okenn dout Bondye ap genyen nou tout. Chak moun mache sou yon chemen diferan. Se pou Bondye louvri chemen ki anba pye nou an, epi se pou nou priye Li epi di: Bondye! Mwen swete pou Ou genyen mwen, pou lespri mwen ka retounen jwenn Ou. Èske ou dispoze chèche gidans Bondye nan fon lespri ou?

Anvan: Chemen an … (3)

Apre: Chemen An … (5)

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger