Chemen An … (1)
Nan tout lavi yo, pèsonn pa konnen ki kalite obstak yo pral rankontre, ni ki kalite rafinman yo pral sibi. Pou kèk moun, se nan travay yo; pou kèk lòt, se nan sa lavni rezève pou yo; pou kèk, se nan fanmi kote yo fèt la; epi pou kèk lòt, se nan maryaj yo. Men diferans ki genyen ant yo menm ak nou se ke, jodi a, nou menm, gwoup moun sa a, n ap soufri nan mitan pawòl Bondye a. Sa vle di, antanke moun k ap sèvi Bondye, rankontre obstak sou chemen lafwa nan Bondye se yon etap tout kwayan dwe pase, e se chemen sa a ki anba pye nou tout. Se apati moman sa a nou kòmanse pakou lafwa nou nan Bondye ofisyèlman, nou leve rido sou lavi lòm ofisyèlman, epi nou mete pye n sou bon chemen lavi a. Sa vle di, se lè sa a nou mete pye nou sou bon chemen an—chemen kote Bondye ap viv bò kote moun, chemen moun nòmal yo pran. Antanke moun ki kanpe devan Bondye e k ap sèvi Li—yon moun ki mete rad prèt nan tanp lan, epi ki gen diyite, otorite, ak majeste Bondye—mwen fè deklarasyon sa a bay tout moun. Pou m pale klè: mwen pran figi gloriye Bondye a kòm glwa pa m, epi plan jesyon Li a kòm nwayo. Mwen pa chèche resevwa san fwa plis nan mond k ap vini an; mwen sèlman vle suiv volonte Bondye nan lavi sa a, konsa Li ka jwi yon ti pòsyon nan glwa Li sou tè a gras ak ti efò mwen fè pandan m nan lachè a. Se sèl dezi Mwen. Daprè mwen, se sèl nouriti espirityèl mwen. Mwen kwè pawòl sa yo ta dwe “dènye pawòl” yon moun k ap viv nan lachè e ki chaje ak santiman. Se chemen sa a ki anba pye mwen jodi a. Mwen kwè pwennvi sa mwen genyen an se dènye pawòl mwen nan lachè, e mwen espere moun yo pa gen okenn nosyon oswa lòt panse sou mwen. Malgre m te bay tout sa m genyen, mwen toujou pa t kapab satisfè entansyon Bondye ki nan syèl la. Mwen gen yon lapenn ki san mezi. Poukisa se konsa sibstans lachè a ye? Kidonk, se sèlman gras ak bagay mwen te fè nan tan pase yo, ansanm ak travay konkèt Bondye te fè sou mwen an, ki fè m te vin gen yon konpreyansyon pi pwofon sou sibstans lòm. Se sèlman aprè sa mwen te fikse estanda ki pi fondamantal la pou tèt mwen: chèche suiv volonte Bondye sèlman, bay tout mwen menm, epi pou pa gen anyen k ap peze sou konsyans mwen. Mwen pa okipe sa lòt moun k ap sèvi Bondye egzije tèt yo. An rezime, mwen dispoze kè mwen pou suiv volonte Li. Sa a se deklarasyon m kòm youn nan kreyati Li yo k ap sèvi devan Li—yon moun Bondye sove e renmen anpil, epi ki te sibi kou Li yo. Sa a se deklarasyon yon moun Bondye te veye, pwoteje, renmen, epi Li te bay yon wòl enpòtan. Depi kounye a, m ap kontinye sou chemen sa a jiskaske m fin akonpli travay enpòtan Bondye te konfye m nan. Men, daprè mwen, fen wout la toupre, paske travay Li a fini, e sa lòm kapab fè pa ale pi lwen pase jodi a.
Lè Lachin kontinantal te antre nan kouran retablisman sa a, sa te fè legliz lokal ki santre sou travay Sentespri a ogmante tikras pa tikras. Bondye te travay san rete nan legliz lokal sa yo, paske legliz ki te fèt nan epòk sa a te vin nwayo Bondye nan fanmi enperyal ki te tonbe a. San n pa menm bezwen di sa, Bondye te kontan anpil dèske Li te etabli legliz lokal yo nan yon fanmi konsa—kontantman Li te depase tout sa mo te ka eksprime. Aprè Bondye te fin etabli legliz lokal yo nan Lachin kontinantal, Li te voye bon nouvèl sa a bay frè ak sè nan legliz lokal yo toupatou nan mond lan, e Li te santi L kontan anpil—sa a se te premye etap travay Li te gen entansyon fè nan Lachin kontinantal. Nou ta ka di se te premye sèn nan. Se kòmsi Li te kòmanse premye etap travay Li a nan yon fò demon okenn moun oswa bagay pa kapab atake—èske sa se pa gwo pouvwa Bondye a? Li klè, pou retablisman travay sa a te kapab fèt, yon pakèt frè ak sè te mouri kòm mati anba kouto bouche dyab yo. Sa fè m mal anpil e fè m fache lè mwen pale sou sa kounye a, men an jeneral, jou soufrans yo finalman pase. Lefètke mwen kapab travay pou Bondye jodi a, e mwen te kapab rive kote m ye jodi a, se sèlman gras ak gwo pouvwa Bondye a. Nan moman sa a, mwen gen anpil admirasyon pou moun Bondye te chwazi pou mouri kòm mati yo; yo te kapab suiv volonte Bondye epi sakrifye tèt yo pou Bondye. Pou m onèt, si se pa t gras ak mizèrikòd Bondye, mwen t ap gentan tonbe nan labou depi lontan. Mèsi Bondye! Mwen vle bay Bondye tout glwa pou Li ka jwenn repo. Gen kèk moun ki mande m, “akòz pozisyon w, ou pa ta dwe mouri. Poukisa ou kontan lè Bondye mansyone lanmò?” Olye mwen reponn dirèkteman, m jis fè yon ti souri epi m di: “Se chemen sa a mwen dwe pousuiv, e mwen dwe kontinye suiv li avèk detèminasyon.” Repons mwen an fè moun yo sezi. Yo sèlman ka gade m avèk etónman, yon ti jan pa fin konprann Mwen. Sepandan, mwen kwè piske se chemen sa a m te chwazi, epi se rezolisyon sa a tou m te pran devan Bondye, kèlkeswa jan difikilte yo ta gwo, mwen dwe kontinye fè efò pou m avanse. Daprè mwen, se pwomès sa a moun k ap sèvi Bondye yo dwe respekte—e yo pa dwe tounen sou pawòl yo, pa menm yon ti kras. Sa a se yon règ tou, yon règleman yo te etabli depi lontan, nan Epòk Lalwa a, yon bagay yon moun ki kwè nan Bondye ta dwe konprann. Daprè eksperyans mwen, byenke m gen yon ti konesans sou Bondye, epi sa mwen te eksperimante a an reyalite pa anpil ditou, li pa menm vo pou mansyone li—nan pwen kote m pa gen okenn gwo konpreyansyon pou m pale sou sa—nou dwe respekte pawòl Bondye yo, e nou pa ka dezobeyi yo. Nan tout onètete, pwòp eksperyans pratik mwen yo pa anpil ditou, men paske Bondye rann temwayaj sou mwen, epi moun yo toujou gen yon lafwa avèg nan moun mwen ye a, kisa mwen ka fè? Men, mwen toujou espere moun yo korije pwennvi yo sou renmen Bondye. Moun mwen ye a pa konte pou anyen; paske mwen menm tou, m ap pousuiv chemen lafwa nan Bondye a, e wout m ap mache a pa lòt bagay pase wout lafwa nan Bondye. Yon moun ka bon, men li pa ta dwe tounen yon objè adorasyon; li ka sèlman sèvi kòm yon modèl pou moun suiv. Mwen pa okipe sa lòt moun fè, men mwen deklare devan moun yo mwen bay Bondye glwa; mwen pa bay lachè glwa Lespri a. Mwen espere tout moun ka konprann santiman mwen yo sou sa. Se pa mwen k ap chape anba responsablite m; se senpleman tout verite sou kesyon an. Sa ta dwe klè kou dlo kokoye, donk nou p ap pale sou sa ankò.
Jodi a, mwen te resevwa eklèsisman devan Bondye. Tout travay Bondye fè sou tè a se travay sali a. Li pa melanje ak okenn lòt bagay sal. Gen kèk moun ki ka panse yon lòt jan, men mwen te toujou santi Sentespri a ap fè yon sèl etap nan travay la—travay sali a—epi pa gen okenn lòt travay ankò. Sa ta dwe klè. Se sèlman kounye a, lè travay la rive nan etap li ye kounye a, travay Sentespri a nan Lachin kontinantal vin klè. E poukisa Bondye ta vle ouvri tout chemen yo epi travay nan yon kote konsa, kote demon yo ap kouri san kontwòl? Sa montre, anvan tout bagay, Bondye ap fè travay sali a. Pou pi presi, se sitou travay konkèt la. Nan kòmansman, yo te konn rele non Jezi. (Petèt gen kèk moun ki pa t fè eksperyans sa, men mwen di se te yon etap nan travay Sentespri a.) Sa te fèt pou yo te ka separe ak Jezi Epòk Lagras la; konsa, yo te chwazi yon pati nan moun yo davans, epi aprè sa, seleksyon sa a te vin pi piti. Aprè sa, yo te kòmanse site non Witness Lee nan Lachin kontinantal, e sa se te dezyèm pati travay retablisman Sentespri a nan Lachin kontinantal. Sa a se te premye etap travay kote Sentespri a te kòmanse chwazi moun: premye bagay la se te rasanble moun yo epi tann bèje a pran swen yo; yo te itilize non “Witness Lee” pou rann sèvis sa a. Bondye te fè travay Li pèsonèlman aprè Li te rann temwayaj sou non “Toupisan an”; anvan sa, li te nan yon etap preparasyon. Kidonk, se pa yon kesyon sa ki bon oswa sa ki mal, epi sa pa t pati prensipal plan Bondye a. Aprè Li te rann temwayaj sou non “Toupisan an,” Bondye te kòmanse fè pwòp travay Li pèsonèlmanyon yon fason ofisyèl, epi aprè sa, aksyon Li yo antanke Bondye nan lachè te kòmanse ofisyèlman. Atravè non “Seyè Toupisan an,” Li te pran kontwòl tout moun ki te dezobeyisan e ki te rebèl. Tout moun te kòmanse gen yon ti kras resanblans ak èt imen, menm jan moun kòmanse sanble ak granmoun lè yo rive nan laj venntwa oswa vennkatran; sa vle di, moun yo te fèk kòmanse gen lavi yon moun nòmal. Atravè eprèv moun k ap rann sèvis yo, tranzisyon pou antre nan etap travay nan divinite a te fèt natirèlman. Nou ta ka di se sèlman etap travay sa a ki nwayo yon gwo pati nan travay Li a, e se premye etap nan travay Li a. Moun yo konnen tèt yo epi yo rayi tèt yo. Yo rive nan yon pwen kote yo kapab madichonnen tèt yo, yo kontan abandone pwòp lavi yo, epi yo gen yon ti sansasyon sou jan Bondye bèl; se sou fondasyon sa a yo vin konnen vrè siyifikasyon lavi lòm—konsa yo satisfè entansyon Bondye. Travay Bondye nan Lachin kontinantal la prèske fini. Bondye te fè preparasyon Li yo nan peyi salte sa a pandan plizyè ane, men, jouk kounye a, moun yo pa t janm rive nan yon nivo konsa; sa vle di, se sèlman jodi a Bondye kòmanse travay Li a ofisyèlman. Pa gen okenn nesesite pou bay plis detay oswa plis klate sou sa. Li totalman kòrèk pou di travay sa a fèt dirèkteman nan divinite, men se atravè lòm yo reyalize li. Pèsonn pa ka nye sa. Se sèlman gras ak gwo pouvwa Bondye sou tè a travay Li te kapab rive nan nivo li ye kounye a nan moun ki nan peyi debòch sa a. Yo ta ka pote fwi travay sa a nenpòt kote pou konvenk moun. Pèsonn pa ta oze jije sa alalejè epi nye li.