Chemen an … (2)

Frè ak sè Nou yo ka deja gen yon apèsi jeneral sou sekans lan, etap ak metòd travay Bondye yo nan Lachin Kontinantal, men Mwen toujou panse li pi bon pou nou retounen sou bagay sa yo oswa pou M ba nou yon ti rezime rapid. Mwen pral pwofite okazyon sa a sèlman pou M di sa ki nan kè M, epi Mwen p ap pale sou bagay ki depase travay sa a. Mwen espere frè ak sè yo ka konprann eta lespri Mwen, epi Mwen mande tou avèk imilite pou tout moun ki li pawòl Mwen yo konprann Mwen epi padone ti kalib Mwen ak kantite eksperyans Mwen manke nan lavi—Mwen pa kapab leve tèt Mwen devan Bondye—men Mwen santi sa yo se rezon ki objektif. An rezime, kèlkeswa sa k rive, pa gen okenn moun, evènman oswa bagay ki ka anpeche nou kominye devan Bondye, e Mwen espere frè ak sè nou yo ka mete tèt ansanm avè M pou nou travay pi di devan Bondye. Mwen ta renmen fè priyè sa a: “Bondye! Tanpri, gen pitye pou nou, pou Mwen ak frè ak sè Mwen yo ka lite ansanm anba dominasyon aspirasyon nou genyen an komen yo, pou nou rete fidèl ak Ou jiska lanmò, epi pou nou pa janm gen okenn regrè!” Pawòl sa yo se rezolisyon Mwen devan Bondye, men tou nou ka di se deviz pa Mwen antanke yon moun nan lachè Bondye itilize. Mwen te pataje pawòl sa yo plizyè fwa nan kominyon avèk frè ak sè ki mache kòtakòt avè M yo, epi mwen te bay moun ki bò kote M yo pawòl sa yo kòm yon mesaj. Mwen pa konnen sa moun panse de yo, men kèlkeswa sa yo panse, Mwen kwè pawòl sa yo pa sèlman gen yon aspè efò ki sijektif, men tou, yo genyen yon aspè teyori objektif. Se poutèt sa, li posib pou kèk moun genyen kèk opinyon sou pawòl sa yo, e li ta bon pou ou pran pawòl sa yo kòm deviz ou epi wè jis nan ki pwen anvi ou pou renmen Bondye vin ye. Gen kèk moun k ap vin devlope kèk nosyon lè yo li pawòl sa yo, epi k ap panse: “Ki jan pawòl ki senp e òdinè konsa ta ka bay moun yon gwo detèminasyon pou yo renmen Bondye jiska lanmò? E yo pa gen anyen pou wè ak sijè n ap diskite a, ‘Chemen an.’” Mwen rekonèt pawòl sa yo ka pa vrèman enteresan, men Mwen te toujou panse yo ka mennen moun sou bon chemen an epi pèmèt yo pase anba tout kalite eprèv sou chemen lafwa nan Bondye san yo pa dekouraje ni fè bak. Se poutèt sa Mwen toujou pran yo kòm deviz Mwen. Mwen espere moun yo ap byen reflechi sou yo tou avèk atansyon. Sepandan, entansyon Mwen se pa fòse pèson aksepte pwòp pwennvi Mwen yo—sa se sèlman yon sijesyon. Kèlkeswa sa lòt moun panse de Mwen, Mwen kwè Bondye konprann sa k ap pase nan fon kè nou chak. Bondye toujou ap travay sou nou chak, e Li travay san pran souf. Paske nou tout te fèt nan peyi gwo dragon wouj la, se konsa Li travay sou nou. Moun ki te fèt nan peyi gwo dragon wouj la gen chans jwenn travay Sentespri sa a. Antanke youn nan yo, Mwen santi jan Bondye presye, jan Li merite respè, ak jan Li agreyab. Sa se Bondye k ap pran swen nou. Lefètke yon anpi proletarya ki retade konsa, ki konsèvatè, feyodal, sipèstisye ak deprave konsa kapab jwenn yon travay konsa nan men Bondye, sa montre jis nan ki pwen nou menm, gwoup moun sa a nan dènye epòk la, beni. Kòm rezilta, Mwen kwè tout frè ak sè ki gen je espirityèl yo louvri pou wè travay sa a pral kriye pou jan y ap kontan. E lè sa a, èske ou p ap eksprime tèt ou devan Bondye pandan w ap danse ak kè kontan? Èske ou p ap ofri Bondye chan ki nan kè ou? Nan moman sa a, èske ou p ap fè yon gwo deklarasyon sou detèminasyon ou devan Bondye epi etabli yon lòt plan devan Li? Mwen panse tout bagay sa yo se sa moun nòmal ki kwè nan Bondye ta dwe fè. Antanke moun, Mwen kwè nou chak ta dwe gen yon fason pou nou eksprime tèt nou devan Bondye. Se sa yon moun ki gen santiman ta dwe fè. Lè nou gade kalib chak moun pami nou ak kote nou fèt, sa montre jis nan ki pwen Bondye te sibi imilyasyon pou L te vin nan mitan nou. Nou ka gen yon ti konesans sou Bondye anndan nou, men sa nou konnen vre—Bondye tèlman gran, Li tèlman siprèm e Li tèlman onorab—sa sifi pou montre jis nan ki pwen soufrans Li nan mitan limanite te gran. Men, pawòl Mwen yo toujou rete vag, e moun yo pa ka fè lòt bagay pase konsidere yo kòm pawòl ak doktrin, paske moun ki nan mitan nou yo twò ensansib e yo pa gen anpil kapasite pou konprann. Se poutèt sa, sèl chwa Mwen genyen se fè plis efò pou M eksplike pwoblèm sa a bay tout frè ak sè ki dispoze aksepte l, yon fason pou Lespri Bondye a ka touche lespri nou. Se pou Bondye ouvri je espirityèl nou, pou nou ka wè pri Bondye peye a, efò Li fè yo, ak enèji Li depanse pou nou.

Kòm youn nan moun ki nan Lachin kontinantal ki te aksepte Lespri Bondye a, Mwen gen yon sans pwofon sou jan nou manke nan kalib nou. (Mwen espere frè ak sè mwen yo pa negatif poutèt sa—se reyalite sitiyasyon an.) Nan lavi reyèl Mwen, M wè klèman tout sa nou menm, gwoup moun sa a, genyen ak sa nou ye tèlman aryere. Nan gwo aspè yo, sa parèt nan fason nou konpòte nou, fason nou jere bagay yo, ak relasyon nou avèk Bondye; nan ti aspè yo, sa parèt nan chak lide ak chak panse nou genyen. Tout bagay sa yo egziste objektivman, e li difisil pou kache yo ak pawòl oswa ak fo aparans. Se poutèt sa, lè Mwen di sa, pifò moun ap souke tèt yo pou montre yo dakò, y ap rekonèt sa e y ap konvenki de sa, sof si kapasite pou rezone yo pa nòmal: Moun konsa p ap aksepte pwennvi Mwen yo. Petèt Mwen vrèman pa poli paske Mwen rele moun sa yo vrè bèt kareman. Se paske, nan peyi gwo dragon wouj la, yo se moun ki pi ba pami moun ki pi ba yo, tankou kochon oswa chen yo. Pa gen moun ki manke kalib plis pase yo; yo pa diy pou yo vin devan Bondye. Petèt pawòl Mwen yo twò “odasye.” Antanke reprezantan Lespri Bondye k ap travay nan Mwen an, Mwen madichonnen kalite kreyati sal sa yo ki sanble ak kochon oswa chen, e Mwen espere sa pa afebli frè ak sè M yo. Li posib pou pa gen moun konsa nan mitan nou, men kèlkeswa sa verite a ye, Mwen kwè se konsa yo ta dwe trete moun sa yo. Kisa w panse?

Anpi gwo dragon wouj la egziste depi plizyè milye ane, e pandan tout tan sa a li te deprave—e paske li te reziste Bondye pandan tout tan sa a, Bondye te madichonnen peyi sa a, Li te an kòlè kont li, epi apre sa Li te fè chatiman tonbe sou li. Piske Bondye te madichonnen peyi sa a, li te toujou sibi diskriminasyon rasyal, e li rete nan yon eta aryere. Peyi kote nou te fèt la chaje ak tout kalite move lespri, konsa nan tè sa a, move lespri yo ap fè sa yo vle e yo domine; kòm rezilta, moun ki fèt isit la vin sal akoz yo. Abitid, koutim, lide ak konsepsyon moun yo aryere e yo demode, konsa yo fòme tout kalite nosyon sou Bondye, jouk kounye a, yo pa rive debarase yo de yo. An patikilye, yo aji yon fason devan Bondye epi yon lòt fason dèyè do Li, e yo pran adore Satan pou sèvi Bondye, sa ki montre se yo menm ki pi aryere pase tout moun. Bondye fè anpil travay nan Lachin kontinantal e Li di anpil nan pawòl Li yo, men moun yo toujou ensansib e endiferan nèt. Yo toujou ap fè travay yo te konn fè anvan an, e yo pa konprann pawòl Bondye yo ditou. Lè Bondye te deklare pa t gen ni avni ni espwa, yon legliz ki te vivan e ki te cho tankou sezon ete a te tonbe tousuit nan yon sezon fredi. Vrè nati moun yo te vin parèt aklè, e lafwa, lanmou ak fòs yo te genyen anvan yo te disparèt san yo pa kite okenn tras. E jodi a, pa gen youn nan yo ki reprann vitalite yo. Yo di ak bouch yo yo renmen Bondye, e byenke yo pa oze plenyen nan kè yo, kèlkeswa jan sa ye, yo tou senpleman pa gen lanmou sa a. Poukisa sa konsa? Mwen panse frè ak sè Mwen yo ap rekonèt reyalite sa a. Se pou Bondye eklere nou, pou nou tout ka konnen jan Li bèl, pou nou renmen Bondye nou an nan fon kè nou, epi pou nou eksprime lanmou nou tout genyen pou Bondye nan diferan pozisyon nou; se pou Bondye ban nou kè ki toujou fèm e ki gen yon lanmou sensè pou Li—se sa Mwen espere. Apre Mwen fin di sa, Mwen santi yon ti senpati pou frè ak sè M yo ki te fèt tou nan peyi salte sa a, e se poutèt sa yon rayisman pou gwo dragon wouj la grandi anndan Mwen. Li anpeche kè nou renmen Bondye e li tante nou pou nou vin anvi sa lavni an ka pote pou nou. Li pouse nou vin negatif epi reziste Bondye. Se gwo dragon wouj la ki twonpe nou, kòwonp nou, epi ravaje nou jouk jounen jodi a, nan pwen kote nou pa ka renmen Bondye ak kè nou an retou; e byenke nou gen detèminasyon nan kè nou, nou pa gen kontwòl sou pwòp aksyon nou e nou pa gen fòs ditou. Nou tout se viktim li. Pou rezon sa a, Mwen rayi l nan fon kè Mwen, e Mwen pa ka tann pou M detwi l nèt. Sepandan, lè Mwen reflechi ankò, Mwen wè sa pa t ap sèvi anyen e sa t ap sèlman pote pwoblèm pou Bondye, se konsa Mwen retounen sou pawòl sa yo—Mwen pran desizyon nan kè Mwen pou M suiv volonte Li—pou M renmen Bondye. Se chemen sa a Mwen pran—se chemen Mwen menm, youn nan èt Bondye kreye yo, ta dwe mache. Se konsa tou Mwen ta dwe pase lavi Mwen. Pawòl sa yo soti nan fon kè Mwen. Mwen espere frè ak sè M yo ap jwenn kèk ankourajman apre yo fin li pawòl sa yo, pou kè Mwen ka jwenn yon ti lapè. Paske objektif Mwen se suiv volonte Bondye, epi konsa viv yon lavi ki klere, ki briyan e ki gen sans. Konsa, M ap kapab mouri san okenn regrè—se sèlman si Mwen fè sa M pral santi M satisfè e alèz nan kè Mwenn. Èske w ta renmen fè sa? Èske w se yon moun ki gen kalite detèminasyon sa a?

Lefètke Bondye kapab travay sou sa yo rele “lòm malad Azi de Lès la” montre gwo pouvwa Li. Sa montre imilite Li ak fason Li kache tèt Li. Menm si nou mete pawòl sevè Li yo oswa chatiman Li anvè nou sou kote, nou ta dwe fè lwanj Li tou nan fon kè nou pou imilite Li, epi renmen Li poutèt sa jouk nan fen an. Moun ki te anba chenn Satan pandan plizyè milye ane kontinye viv anba enfliyans li e yo pa rive libere anba li. Yo kontinye ap tatonnen e lite avèk anpil difikilte. Nan tan lontan, yo te konn boule lansan, bese tèt devan Satan epi adore l, epi lyen fanmi, zafè mond lan ansanm ak relasyon sosyal te makonnen ak yo. Yo pa t kapab libere tèt yo anba bagay sa yo. Nan yon sosyete chen manje chen konsa, ki kote yon moun ka jwenn yon lavi ki gen sans? Sa moun yo rakonte se yon lavi soufrans, men erezman, Bondye sove moun inosan sa yo, Li mete lavi nou anba swen ak pwoteksyon Li, epi Li fè lavi nou gen kè kontan e san enkyetid. Jouk kounye a, nou kontinye viv anba gras Li. Èske se pa benediksyon Bondye sa ye? Ki jan yon moun ka gen odas fè Bondye egzijans ki egzajere? Èske Li ban nou twò piti? Èske nou toujou pa satisfè? Mwen panse lè a rive pou nou renmen Bondye an retou. Nou ka sibi anpil mokri, kalomni ak pèsekisyon paske nou suiv chemen lafwa nan Bondye a, men Mwen kwè se yon bagay ki gen sans. Se yon bagay ki pote glwa, se pa yon bagay ki fè wont, e kèlkeswa jan sa ye, benediksyon nou jwi yo anpil. Nan yon pakèt moman desepsyon, pawòl Bondye yo te pote rekonfò pou nou, e san nou pa menm rann nou kont, tristès te tounen lajwa; nan yon pakèt moman kote nou te manke sa nou bezwen, Bondye te pote benediksyon, e atravè pawòl Li yo, sa nou te genyen te vin miltipliye; nan yon pakèt moman maladi, pawòl Bondye yo te pote lavi—nou te delivre anba danje, epi nou te soti nan danje pou nou vin an sekirite; ak anpil lòt bagay ankò. Ou deja jwi chak grenn nan bagay sa yo san w pa rann ou kont. Èske w pa sonje anyen nan tout sa?

Anvan: Chemen An … (1)

Apre: Chemen an … (3)

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger