Entwodiksyon
Pòsyon pawòl Bondye sa a gen ladan l yon total kat seksyon Kris te eksprime ant jen 1992 ak 23 mas 2010. Pifò ladan yo se transkripsyon anrejistreman prèch ak kominyon Kris yo pandan Li t ap mache nan mitan legliz yo. Yo pa t rafine oswa anbeli yo nan okenn fason, ni Kris pa t chanje yo nonplis. Rès seksyon yo se Kris ki te ekri yo Li menm pèsonèlman. (Lè Kris ap ekri, Li fè sa yon sèl kou, san Li pa kanpe pou L reflechi ni Li pa janm bezwen fè okenn koreksyon, epi pawòl Li yo se ekspresyon Lespri a nèt—sa pa gen okenn dout.) Olye nou te òganize de kalite pawòl sa yo pa kategori, nou klase yo dapre lòd orijinal Bondye te eksprime yo a. Konsa, apati tout deklarasyon Li yo, nou kapab wè etap travay Bondye yo epi konprann kijan Li travay nan chak faz, epi klase yo nan fason sa a pi itil toujou pou lòm ka konnen etap travay Bondye yo ansanm ak konesans li sou sajès Bondye.
Uit premye chapit «Pawòl Kris la Pandan Li t ap Mache Nan Legliz yo I»—ke kolektivman yo rele «Chemen An»—se yon ti pòsyon nan pawòl Kris te pale pandan Li te kanpe nan yon nivo egal ak lòm nan. Malgre yo sanble byen senp, yo chaje ak lanmou, swen, ak konpreyansyon Bondye pou lòm. Anvan sa, Bondye te pale sot nan pespektiv twazyèm syèl la, sa ki te kreye yon gwo distans ant Li menm ak lòm, epi ki te fè lòm pè pwoche bò kote Bondye, alewè pou li ta mande Li pou L ba l lavi. Kidonk, nan «Chemen An», Bondye te pale ak lòm nan yon nivo egal epi Li te montre direksyon chemen an, konsa Li te retabli relasyon lòm ak Bondye nan eta orijinal li; lòm pa t gen dout ankò si Bondye t ap toujou itilize yon fason pou L pale, epi laperèz «eprèv lanmò a» pa t ante l ankò. Bondye te desann sot nan twazyèm syèl la vin sou tè a, lòm te vini devan twòn Bondye a sot nan letan dife ak souf la, li te debarase li anba lonbray «moun k ap rann sèvis» la, epi tankou yon ti bèf ki fèk fèt, li te aksepte batèm pawòl Bondye yo ofisyèlman. Se lè sa a sèlman Bondye te kapab pale kè a kè avèk li epi fè plis nan travay pou bay li lavi a. Objektif Bondye lè Li te rabese Tèt Li kòm yon moun se te pou L vin pwòch ak lòm, pou L diminye distans ki gen ant lòm ak Bondye a, pou L jwenn rekonesans ak konfyans lòm, epi pou L enspire lafwa nan lòm pou li pouswiv lavi epi swiv Bondye. Alafen, uit chapit «Chemen An» se kle Bondye itilize pou Li louvri pòt kè lòm, e yo se grenn ki kouvri ak sik Li bay lòm. Se sèlman lè Bondye fè sa, lòm kapab koute ansèyman ak reprimann Bondye repete yo avèk atansyon. Nou kapab di se sèlman apre sa Bondye te kòmanse ofisyèlman travay pou bay lavi a epi eksprime verite a nan etap travay aktyèl sa a, epi apre sa Li te esplike avèk pasyans: «Ki Vizyon Kwayan yo Ta Dwe Genyen», «Konsènan Etap Travay Bondye yo»... Èske yon metòd konsa pa montre sajès Bondye ak entansyon Li yo ki mande anpil efò? Seksyon sa a se kòmansman menm pwovizyon lavi Kris la, kidonk verite yo yon ti jan mwens pwofon pase sa ki nan seksyon ki vin apre yo. Prensip ki dèyè sa a byen senp: Bondye travay selon bezwen lòm, epi Li pa aji ni Li pa pale je fèmen; se Bondye sèl ki konprann bezwen lòm pi byen, epi se Bondye sèl ki gen plis konsiderasyon pou lòm epi ki pi renmen lòm.
Nan deklarasyon youn rive dis ki nan «Travay ak Antre», pawòl Bondye yo antre nan yon nouvo faz. Se poutèt sa, nou plase deklarasyon sa yo nan kòmansman an. Apre sa, «Pawòl Kris la Pandan Li t ap Mache Nan Legliz yo II» te vin parèt. Pandan faz sa a, Bondye te fè egzijans ki pi detaye bay gwoup moun sa yo k ap swiv Li a, egzijans ki te gen ladan yo konesans sou fason moun ta dwe viv, sa yo egzije nan kalib yo, elatriye. Anmenmtan, paske moun sa yo te detèmine pou yo swiv Bondye, epi yo pa t gen okenn dout ankò konsènan idantite Bondye ak esans Bondye, Bondye te kòmanse trete yo ofisyèlman tankou manm pwòp fanmi pa Li, Li te kominye sou vrè istwa travay Bondye a depi nan kreyasyon an jiska jodi a, Li te devwale sitiyasyon reyèl Bib la, e Li te menm pèmèt yo konprann vrè siyifikasyon enkanasyon Bondye a. Atravè pawòl ki nan seksyon sa a, moun yo te kapab konprann plis sou esans Bondye a ak esans travay Li a, epi yo te pi byen kapab apresye ke sa yo te jwenn lè yo resevwa sali Bondye a te depase sa pwofèt ak apot yo te jwenn atravè jenerasyon pase yo. Nan chak liy nan pawòl Bondye yo, ou kapab apresye chak ti detay nan sajès Li a, ansanm ak lanmou ak swen Li genyen pou lòm nan tout ti detay. Pandan L ap eksprime pawòl sa yo, Bondye te pran ansyen konsepsyon ak fo rezònman san sans lòm yo, ansanm ak bagay lòm pa t janm imajine, epi plis pase sa, Li te menm pran chemen lòm ta gen pou l mache nan lavni an, epi Li te revele yo epi fè yo parèt aklè devan lòm, youn pa youn. Sa a, petèt, se sa lòm kapab viv kòm lanmou nan yon sans kwense! Dayè, Bondye te bay lòm tout sa li te bezwen ak tout sa li te mande, san Li pa kenbe anyen, alewè pou L ta mande okenn bagay anretou.
Chapit espesyal nan seksyon sa a konsène esplikasyon Bondye sou Bib la. Bib la te akonpaye lòm pandan plizyè milye ane istwa. Anplis, moun yo tout trete l tankou Bondye, nan pwen kote, nan dènye jou yo, yo itilize Bib la pou pran plas Bondye, sa Bondye deteste anpil. Konsa, Bondye te dwe klarifye ni vrè istwa ki dèyè Bib la ansanm ak orijin li yo, youn pa youn, nan tan lib Li; si Li pa t fè sa, Bib la t ap kontinye kenbe plas Bondye nan kè lòm, epi moun yo tout t ap itilize pawòl ki nan Bib la pou mezire epi kondane zèv Bondye yo. Lè L t ap esplike esans lan, estrikti a, ansanm ak defo ki nan Bib la, nan okenn fason Bondye pa t ap nye egzistans Bib la, ni Li pa t ap kondane l; olye de sa, Li t ap bay yon esplikasyon ki apwopriye, ki kòrèk pou retabli imaj orijinal Bib la, korije konpreyansyon fo e san sans lòm te genyen sou Bib la, epi bay tout moun yon pwennvi kòrèk sou Bib la, yon fason pou yo pa t ap adore Bib la ankò, e pou yo pa t ap pèdi ankò—pran lafwa avèg yo nan Bib la kòm kwayans ak adorasyon pou Bondye, e yo te menm pè fè fas ak vrè kontèks li ak defo l yo. Yon fwa tout moun vin gen yon konpreyansyon san melanj sou Bib la, yo kapab mete l sou kote san remò epi aksepte nouvo pawòl Bondye yo avèk kouraj. Sa a se objektif Bondye nan plizyè chapit sa yo. Verite Bondye vle di lòm isit la, sèke pa gen okenn teyori ni reyalite ki kapab pran plas travay aktyèl Bondye ansanm ak pawòl Li yo, epi pa gen anyen ki ka kanpe nan plas Bondye. Si lòm pa kapab chape anba pyèj Bib la, li p ap janm kapab vin devan Bondye. Si lòm vle vin devan Bondye, li dwe toudabò netwaye kè l de nenpòt bagay ki ta kapab ranplase Bondye—apresa li va fè Bondye plezi. Malgre Bondye sèlman esplike Bib la isit la, pa bliye gen anpil lòt bagay ki chaje ak fo rezònman san sans moun yo adore toutbon apa de Bib la; sèl bagay yo pa adore se bagay ki vrèman soti nan Bondye yo. Bondye sèlman itilize Bib la kòm yon egzanp pou raple tout moun: Pa pran move chemen an, epi, pandan nou kwè nan Bondye epi aksepte pawòl Li yo, pa ale nan ekstrèm ankò epi tonbe nan konfizyon.
Pawòl Bondye bay lòm yo ale de sa ki pa pwofon jiska sa ki pwofon anpil, kidonk sa pawòl Li yo fè referans la kontinye ap pwogrese, li soti nan konpòtman ekstèn ak aksyon lòm pou rive nan dispozisyon kòwonpi li yo, epi depi la a, Bondye vize pwent lans pawòl Li a nan pati ki pi pwofon nan nanm lòm nan: sibstans li. Pandan peryòd yo t ap eksprime «Pawòl Kris la Pandan Li t ap Mache Nan Legliz yo III» a, deklarasyon Bondye yo mete aksan sou esans ak idantite lòm, ansanm ak kisa sa vle di pou w yon moun tout bon—verite ki pi pwofon sa yo ak kesyon esansyèl sa yo ki konsène aksè lòm nan lavi. Se vre, lè nou repase verite Bondye bay lòm yo nan «Pawòl Kris la Pandan Li t ap Mache Nan Legliz yo I», kontni «Pawòl Kris la Pandan Li t ap Mache Nan Legliz yo III» la, lè nou konpare l, li pwofon nan yon fason ki enkwayab. Nan seksyon sa a gen pawòl ki manyen chemen lòm nan lavni ak fason li kapab vin pafè, pawòl ki manyen destinasyon limanite a nan lavni, ansanm ak pawòl ki manyen fason Bondye ak lòm pral antre nan repo ansanm. (Nou kapab di, jouk jounen jodi a, sa yo se pawòl Bondye eksprime bay limanite konsènan sibstans lòm, misyon lòm, ansanm ak destinasyon lòm, ki pi fasil pou konprann.) Se espwa Bondye pou moun k ap li pawòl sa yo se moun ki soti nan konsepsyon ak imajinasyon lèzòm yo, epi pou yo kapab gen yon konpreyansyon san melanj konsènan chak grenn pawòl Bondye nan fon kè yo. Pi plis toujou, Li espere tout moun k ap li pawòl sa yo kapab pran pawòl Li yo kòm verite a, chemen an, epi lavi a, epi pou yo pa aji yon fason ki sipèfisyèl avè L, alewè pou yo ta chèche pran L ak bèl pawòl twonpri. Si yon moun li pawòl sa yo avèk atitid yon moun k ap egzamine Bondye oswa k ap egzamine L an pwofondè, konsa pawòl sa yo t ap tankou yon liv fèmen pou yo. Se sèlman moun k ap pouswiv verite a, moun ki detèmine pou yo swiv Bondye yo, epi ki pa gen yon ti gout dout anvè Li ki kalifye pou aksepte pawòl sa yo.
«Pawòl Kris la Pandan Li t ap Mache Nan Legliz yo IV» se yon lòt kategori deklarasyon divin ki fè suit ak «Pawòl Bondye bay Tout Linivè a». Seksyon sa a gen ladan li egzòtasyon Bondye pou moun ki nan tout denominasyon kretyen yo, ansèyman Li gen pou yo, ansanm ak fason Li ekspoze yo tou. Pa egzanp «Distans pou w Admire Kò Espirityèl Jezi, Bondye ap Gentan Fè Syèl la Ak Tè a Vin Nouvo» epi «Sila yo Ki Pa Akòde ak Kris La Se Advèsè Bondye Asireman». Li gen ladan li tou egzijans ki pi espesifik Bondye fè pou lòm, tankou «Prepare Ase Bon Zèv pou Destinasyon Ou an», «Twa Avètisman», ansanm ak «Transgresyon yo Ap Mennen Lòm nan Lanfè». Anpil aspè abòde ladan l, tankou ekspozisyon ak jijman tout kalite moun epi pawòl sou fason pou konnen Bondye. Nou kapab di seksyon sa a se nwayo jijman Bondye pou lòm nan. Pati ki pi difisil pou moun bliye nan seksyon pawòl Bondye sa a sèke, nan moman Bondye t apral fini travay Li a, Li te ekspoze sa ki nan mwèl zo lòm nan menm: trayizon. Objektif Li se pou tout moun konnen reyalite sa a nan fen an nèt, epi pou yo grave l nan kote ki pi pwofon nan kè yo: Kèlkeswa konbyen tan ou genyen depi w ap swiv Bondye—nati ou toujou se trayi Bondye. Pou byen di w, nati lòm se nati pou l trayi Bondye a, paske lòm pa gen matirite nèt nan lavi l, se sèlman chanjman relatif li genyen nan dispozisyon l. Malgre de chapit sa yo, «Trayizon (1)» ansanm ak «Trayizon (2)», bay lòm yon gwo kou, yo se toutbonvre avètisman Bondye pou lòm ki pi fidèl e ki pi byenveyan. Omwen, lè lòm kwè nan tèt li epi li ògeye, apre li fin li de chapit sa yo, li va kenbe pwòp move zèv li yo anba kontwòl, epi li va kalme l. Atravè de chapit sa yo, Bondye fè tout moun kenbe sa nan lespri yo: Kèlkeswa kantite matirite lavi ou genyen, kèlkeswa pwofondè eksperyans ou yo, kèlkeswa wotè lafwa ou, kèlkeswa kote ou te fèt oswa kote w prale, nati ou pou trayi Bondye a ap eklate nenpòt ki lè ak nenpòt ki kote. Sa Bondye vle di chak moun menm se sa a: Se yon nati ki fèt avèk tout moun pou yo trayi Bondye. Se vre, objektif Bondye lè Li eksprime de chapit sa yo se pa pou L chèche eskiz pou L elimine lòm oswa pou L kondane lòm; olye de sa, atravè de chapit sa yo, Bondye vle fè lòm plis konsyan de nati li, yon fason pou lòm kapab viv avèk prekosyon devan Bondye tout tan pou li resevwa gidans Bondye, epi yon fason pou lòm pa pèdi prezans Bondye epi pou li pa mete pye li nan yon chemen ki pa gen retou. De chapit sa yo se yon klòch alam pou tout moun k ap swiv Bondye yo. Nou espere moun yo ap konprann entansyon Bondye yo ki mande gwo efò a nèt; dayè, pawòl sa yo se toutbonvre reyalite moun pa ka diskite—kidonk, ki bezwen lòm genyen pou l ap chache ti bèt konsènan ki lè ak nan ki fason Bondye te eksprime yo? Si Bondye te kenbe tout bagay sa yo pou Tèt Li sèl, epi L te tann jis lè lòm te kwè li apwopriye pou Bondye eksprime yo, èske li pa t ap twò ta? Ki moman ki t ap pi apwopriye a?
Bondye sèvi ak plizyè metòd ak plizyè pespektiv nan kat seksyon sa yo. Pa egzanp, kèk fwa Li itilize metòd satir, e kèk fwa Li itilize metòd pou L bay pwovizyon ak ansèyman dirèk; kèk fwa Li itilize metòd kote L ap bay egzanp, e kèk fwa Li itilize metòd reprimann ki di. An jeneral, gen tout kalite metòd diferan, ki gen kòm objektif pou reponn ak divès kalite eta ak divès kalite gou lòm genyen. Pespektiv Li itilize pou L pale a toujou ap chanje avèk diferan metòd ak kontni pawòl Li yo. Pa egzanp, kèk fwa Li di «Mwen» oswa «M»; sa vle di, Li pale ak lòm soti nan pespektiv Bondye Li menm. Kèk fwa Li pale sot nan pespektiv yon twazyèm pati, kote Li di «Bondye» se sa oswa se sa a, epi gen lòt fwa kote Li pale sot nan pespektiv yon moun. Kèlkeswa pespektiv Li itilize pou L pale a, sa pa kapab chanje esans Li, paske kèlkeswa pespektiv Li itilize pou L pale epi fè deklarasyon yo, tout sa Li eksprime se esans Bondye Li menm, tout sa Li eksprime se verite a, e se sa limanite bezwen.