Esans ak Idantite Lòm

An reyalite, Izrayelit yo pa desi; yo te gade travay Bondye ap fè pandan sis mil ane ki sot pase yo, paske Mwen pa t abandone yo. Okontrè, paske zansèt yo te manje fwi pyebwa konesans sa ki byen ak sa ki mal la, ke mechan an te bay yo a, yo te abandone m akoz peche. Byen an te toujou pou Mwen, tandiske mal la se pou mechan an k ap tante m pou peche. Mwen pa blame lèzòm, ni Mwen pa detwi yo san pitye ni fè yo sibi chatiman san pitye, paske mal la pa t pou limanite okòmansman. Se poutèt sa, menm si Izrayelit sa yo te kloure m piklikman sou kwa a, yo menm ki t ap tann Mesi a ak Jewova a epi ki t ap anvi wè Sovè Jezi a, pa janm bliye pwomès Mwen an: Paske Mwen pa t abandone yo. Apretou, Mwen te pran san kòm prèv alyans Mwen te etabli avèk limanite a; reyalite sa a vin tounen “alyans san an” ki ekri nan kè jèn moun sa yo ki inosan, tankou yon mak, epi ki depann youn de lòt pou toutan menm jan syèl ak tè depann youn de lòt. Paske Mwen pa janm twonpe nanm sa yo ki nan lapenn, Mwen te predestine, Mwen te chwazi, epi pita Mwen te rachte ak genyen, e ki te renmen Mwen plis pase yo te renmen mechan an, yo anvi wè retou Mwen avèk tout kè yo e yo tann avèk anpil dezi pou yo rankontre Mwen. Piske Mwen pa janm efase alyans Mwen te etabli avèk yo pa mwayen san, li pa etonan pou yo t ap tann avèk tout kè yo. Mwen pral rasanble ti mouton Mwen yo ki te pèdi pandan plizyè ane, paske Mwen te toujou renmen lèzòm; se sèlman paske gen eleman mechanste ki te ajoute nan sa ki te bon nan yo. Mwen pral genyen nanm pòv yo ki renmen Mwen yo, epi Mwen renmen depi lontan yo. Men, kijan Mwen ka mennen nan kay Mwen moun mechan sa yo ki pa janm renmen Mwen e ki tankou lènmi? Mwen p ap mennen nan wayòm Mwen an desandan dyab la ak sèpan an ki rayi Mwen, ki opoze avè M, ki reziste kont Mwen, ki atake Mwen e ki modi Mwen, malgre alyans Mwen te etabli pa mwayen san avèk limanite. Ou dwe konnen egzakteman poukisa Mwen fè travay Mwen an, epi pou kiyès Mwen fè li. Èske lanmou ou genyen an gen sa ki bon ladan l oswa sa ki mal? Èske konesans ou genyen sou Mwen an sanble ak konesans David ak Moyiz te genyen, oswa èske li pa sanble avè l? Èske sèvis ou rann Mwen an sanble ak sèvis Abraram te rann Mwen an, oswa èske li pa menm jan? Se vre, Mwen ap rann ou pafè, men ou dwe konnen ki moun ou pral reprezante a, epitou ki moun ou pral jwenn menm rezilta avèk li a. Pandan tout lavi ou, nan eksperyans ou fè ak travay Mwen an, èske ou te rekòlte yon rekòt abondan avèk kè kontan? Èske li rich e li bay anpil fwi? Ou ta dwe egzamine tèt ou: Ou andire plizyè ane difikilte poutèt Mwen, men èske ou te janm jwenn yon bagay? Èske ou te sibi yon transfòmasyon oswa ou te akeri yon bagay? Nan echanj eksperyans soufrans ou yo, èske ou vin tankou Pyè, ki te kloure sou kwa, oswa tankou Pòl, ki te tonbe anba kou epi ki te resevwa yon gwo limyè? Ou ta dwe gen kèk konpreyansyon sou bagay sa yo. Mwen pa toujou ap pale de lavi ou oswa rete ap reflechi sou li, yon lavi ki pi piti pase yon grenn moutad e ki tèlman piti tankou yon grenn sab. Pou M di sa klè, se limanite Mwen jere. Sepandan, Mwen pa konsidere lavi lèzòm, moun Mwen te rayi yon lè men Mwen te reprann pita, kòm yon pati enpòtan nan jesyon Mwen an. Ou dwe gen yon lide klè sou idantite nou te genyen anvan an, ansanm ak moun nou te esklav li. Se poutèt sa, Mwen pa sèvi ak figi moun ki sanble ak Satan kòm materyèl pou Mwen jere moun, paske moun pa yon bagay ki gen valè. Nou dwe sonje atitid Mwen te genyen anvè nou nan kòmansman an, epi sonje fason Mwen te rele ou lè sa a—yon non ki pa t san siyifikasyon pratik. Ou dwe konnen etikèt nou mete yo pa san rezon. Mwen sipoze nou tout konnen okòmansman nou pa t chwazi pa Bondye, men Satan te pran nou depi byen bonè, nou te sèvi lakay li kòm sèvitè fidèl, epi nou te bliye Mwen depi lontan, paske nou te lwen lakay Mwen depi lontan e nou te nan men mechan an. Moun Mwen sove yo se lèzòm Mwen te predestine depi lontan e Mwen te rachte, tandiske nou se nanm pòv yo te mete nan mitan limanite kòm eksepsyon nan règ la. Nou ta dwe konnen nou pa fè pati kay David oswa Jakòb, men kay Moab la, epi nou se manm fanmi moun lòt nasyon yo. Paske Mwen pa t etabli yon alyans avèk nou, men Mwen te sèlman fè zèv, Mwen te pale nan mitan nou, epi Mwen te dirije nou. San Mwen pa t koule pou nou; Mwen te sèlman ap fè travay Mwen nan mitan nou poutèt temwayaj Mwen. Èske nou pa t konnen sa? Èske travay Mwen an vrèman sanble ak fason Jezi te senyen jouk li mouri pou nou? Sa pa t vo lapenn pou Mwen te sibi yon gwo imilyasyon konsa pou nou depi nan kòmansman. Bondye, ki absoliman san peche, te vini dirèkteman nan yon kote ki te ekstrèmman repiyan ak degoutan, yon monn kochon ak chen ki pa t fèt pou moun rete ladan l, poutan Mwen te andire tout imilyasyon mechan sa yo pou glwa Papa Mwen ak pou yon temwayaj etènèl. Nou dwe konnen ki sa konduit nou ye, epi wè nou pa timoun ki fèt nan “fanmi rich ak puisan,” men nou se sèlman pitit Satan ki nan mizè. Nou menm tou, nou pa patriyach limanite, ni nou pa gen dwa moun ni libète. Okòmansman, nou pa t gen okenn pati ditou nan benediksyon limanite yo ni nan wayòm syèl la. Se paske nou nan kouch ki pi ba nan limanite, e Mwen pa janm bay avni nou okenn konsiderasyon. Se poutèt sa, byenke li te fè pati plan Mwen pou jodi a Mwen ta gen konfyans nesesè pou m rann nou pafè, sa se yon travay san parèy, paske sitiyasyon nou tèlman ba e okòmansman nou pa t gen okenn pati nan limanite. Èske sa pa egzakteman yon benediksyon pou lèzòm?

Moun Mwen sove yo se nanm Mwen te libere nan pigatwa depi lontan; yo se pèp chwazi a Mwen te vizite depi lontan, paske yo te anvi wè Mwen parèt ankò nan mitan yo. Yo te renmen Mwen, epi yo te ekri nan kè yo alyans Mwen te etabli avèk san, paske Mwen te renmen yo. Yo tankou ti mouton ki pèdi e ki t ap chèche Mwen pandan plizyè ane, epi yo bon pa nati; se poutèt sa Mwen rele yo bon Izrayelit ak bèl ti zanj. Mwen pa t ap sibi yon imilyasyon konsa si Mwen te nan mitan yo. Se paske yo renmen Mwen plis pase yo renmen pwòp lavi yo, epi Mwen renmen yo kòm sa ki pi bèl pami tout bagay yo. Se paske se Mwen ki te kreye yo e ki te chwazi yo; yo pa janm bliye Mwen. Lanmou yo depase pa nou, epi yo renmen Mwen plis pase nou renmen pwòp lavi nou. Yo soumèt devan Mwen menm jan ti pijon blan soumèt devan syèl la, epi nan kè yo gen plis soumisyon anvè Mwen pase nan pa nou. E se paske yo se desandan Jakòb, pitit pitit Adan, epi yo se pèp Mwen chwazi, paske Mwen te renmen yo depi lontan—epi Mwen te renmen yo plis toujou pase Mwen renmen nou; se paske gen twòp rebelyon nan nou, nou gen yon rezistans ki twò grav, nou meprize Mwen twòp, nou twò frèt anvè Mwen, lanmou nou twò piti pou Mwen, epi nou rayi Mwen twòp. Nou meprize travay Mwen epi nou rayi aksyon Mwen twòp. Kontrèman ak yo, nou pa janm konsidere zèv Mwen yo kòm trezò. Okontrè, nou meprize yo, je nou wouj anba kòlè menm jan ak je Satan. Ki kote soumisyon nou ye? Ki kote entegrite nou ye? Ki kote lanmou nou ye? Kilè nou te montre eleman lanmou ki nan nou yo? Kilè nou te pran travay Mwen an oserye? Pitye pou bèl zanj sa yo ki ap tann retou Mwen avèk enkyetid epi k ap soufri anpil pandan y ap tann Mwen avèk tout kè yo, paske Mwen renmen yo anpil anpil. Sepandan, sa Mwen wè jodi a se yon monn ki pa gen anyen moun ladan l e ki pa gen anyen pou wè avèk yo. Èske nou pa panse konsyans nou te vin angoudi e ensansib depi lontan? Èske nou pa panse se nou ki salte ki dechire inyon Mwen avèk bèl zanj sa yo? Kilè yo pa t ap tann retou Mwen? Kilè yo pa t ap tann pou yo reyini avèk Mwen? Kilè yo pa t ap tann pou yo pase bèl jou ansanm avèk Mwen epi manje ansanm avèk Mwen? Èske nou te janm reyalize sa n ap fè jodi a: n ap fè raj atravè monn nan; n ap fè konplo youn kont lòt; n ap twonpe youn lòt; n ap twonpe moun epi kache verite a; nou pa gen okenn sans wont; nou pa konnen verite a; n ap aji avèk yon fason malonèt e avèk twonpri; n ap sèvi ak flateri; nou jis nan pwòp je nou, nou bay tèt nou twòp enpòtans, nou awogan; epi n ap aji sovaj tankou bèt nan mòn yo e avèk britalite tankou wa bèt yo—èske konpòtman sa yo yon moun ta dwe genyen? Nou malelve e nou pa rezonab. Nou pa janm konsidere pawòl Mwen yo kòm trezò, men okontrè, nou adopte yon atitid meprizan anvè yo. Avèk bagay konsa, kijan ka gen reyalizasyon, yon vrè lavi moun, ak bèl espwa? Èske imajinasyon ekstravagan nou yo ap vrèman sove nou anba bouch tig la? Èske l ap vrèman sove nou anba flanm dife k ap boule yo? Èske nou t ap rive nan pwen sa a si nou te vrèman konsidere travay Mwen an kòm yon trezò ki san pri? Èske li ta ka sò nou pa ka chanje vre? Èske nou dakò pou nou mouri avèk regrè si anmè konsa?

Anvan: Bi Jesyon Lòm

Apre: Moun ki pa aprann epi ki rete inyoran-èske yo pa bèt?

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger