Idantite Natirèl Lòm ansanm ak Valè Li: Kisa Yo Ye Vrèman?
Yo te separe nou ak labou epi, kèlkeswa sa k te pase a, nou te fèt ak menm matyè yo te ranmase nan mitan rès yo, epi nou te sal anpil e Bondye te gen degoutans pou nou. Nou te pou Satan epi, yon lè, li te pilonnen nou epi li te sal nou. Se poutèt sa yo di nou te separe soti nan labou epi nou pa sen; olye de sa, nou se bagay ki pa moun ke Satan gen lontan depi l ap twonpe. Sa a se evalyasyon ki pi apwopriye pou nou. Nou bezwen konnen okòmansman nou te bagay ki enpi yo jwenn nan dlo ki kowonpi ak nan labou, kontrèman ak bagay moun renmen kenbe tankou pwason ak kribich, paske pèsonn pa kapab jwenn anyen nan nou ki kapab bay plezi. Pou Mwen di l aklè, nou se bèt ke yo plis degrade nan yon sosyete ki ba, nou pi mal pase kochon ak chen. Franchman, lè Mwen itilize kalite mo sa yo pou Mwen pale avèk nou, se pa ni yon egzajerasyon ni yon ipèbòl; okontrè, li senplifye pwoblèm nan. Lè Mwen pale avèk nou nan yon fason konsa, yo ta menm kapab di se yon fason pou montre respè pou nou. Pèsepsyon nou, fason nou pale, konpòtman nou antanke èt imen, ansanm ak chak aspè nan lavi nou, epi estati nou nan labou a, sifi pou pwouve idantite nou «ekstraòdinè».