Bi Jesyon Lòm
Si moun te ka vrèman wè aklè chemen ki pi bon an pou lavi limanite, ak tout plan Bondye nan sa ki regade jesyon limanite, yo pa t ap ancheri pwòp pwojè pa yo ak desten yo tankou yon trezò ki nan kè yo. Yo pa t ap enterese menm ankò pou yo sèvi paran yo, ki pi mal pase kochon ak chen. Èske pwojè ak desten lòm se pa jisteman sa nou ap rele “paran” Pyè, jounen jodi a? Yo se menm bagay ak chè ak san moun. Kisa destinasyon ak avni chè sa a pral ye menm? Èske li pral wè Bondye tou vivan, oswa se nanm nan ki pral rankontre Bondye apre lanmò? Èske chè a pral genyen pou li fini demen nan yon gran founèz tribilasyon, oswa nan yon flanm dife? Èske se pa kesyon sa yo, ak kèk lòt parèy yo, asavwa si kò moun pral konnen gwo malè oswa soufri gran nouvèl la, ki okipe lespri tout moun ki genyen yon sèvo pou panse ak bon sans? (La, “soufrans” vle di resevwa benediksyon; li vle di eprèv k ap vini yo nan avantaj destinasyon lòm. “Malè” vle di enkapasite pou kanpe djanm, oswa pèdi nan erè;; oubyen li vle di sila a pral rankontre move sitiyasyon epi pèdi lavi li nan mitan gwo katastwòf, epi pa genyen okenn destinasyon byennere pou nanm li.) Malgre lòm gen bon jan rezònman, petèt sa li panse pa fin koresponn nèt ale ak sa ki ta dwe ekipe bon sans li. Se paske yo tout nan konfizyon epi yo swiv bagay yo je fèmen. Yo tout dwe genyen yon konpreyansyon konplè sou sa yo dwe antre ladan an, epi an patikilye, yo dwe detèmine nan ki sa yo dwe antre pandan tribilasyon an (ki vle di pandan pèfeksyònman an nan dife a), epi anmenmtan, ki ekipman yo dwe genyen pandan eprèv dife a. Fòk nou pa toujou sèvi paran nou (sa vle di lachè) ki se menm bagay ak kochon ak chen e ki konn menm pi mal pase foumi ak ensèk. Pou ki sa pou n ap toumante pou sa, reflechi san rete, epi bay tèt nou pwoblèm? Lachè a pa pou ou, se nan men Bondye li ye, Li menm ki non sèlman ap kontwole nou, men ki kòmande Satan tou. (Sa vle di lachè se pou Satan li ye alorijin. Kòm Satan se nan men Bondye li ye tou, se sèlman konsa pawòl sa a kapab eksprime. Annefè, li pi konvenkan pou nou di li konsa; li souzantann lòm pa anba pouvwa Satan nèt ale, men se nan men Bondye li ye.) W ap viv anba touman lachè—Men èske lachè se pa pou ou li ye? Èske se anba kontwòl ou li ye? Pouki sa a ap toumante lespri nou konsa? Pou ki sa wap sipliye Bondye san relach pou sove lachè ouki deja fin santi, ke yon pakèt lespri sal fin kondane, madichonnen, gate depi lontan? Ki nesesite ki genyen pou nou kenbe asosye Satan yo kole konsa tou pre kè nou? Èske ou pa pè pou lachè pa detwi avni ou, pi bèl lespwa ou yo, ak vrè sans lavi ou?
Chemen jodi a pa fasil pou mache ladan. Nou ta kapab menm di li difisil pou antre nan chemen sa a, e atravè epòk yo, li vin prèske enposib pou jwenn. Epoutan, kiyès ki ta janm panse nati lòm sèlman ta sifi pou detwi li? Asireman, travay jodi a presye menm jan avèk yon lapli prentan, epi li gen menm valè avèk bonte Bondye pou limanite. Sepandan, si lòm pa konnen bi travay li jounen jodi a, oswa si li pa konprann esans limanite menm, ebyen kijan nou kapab eksprime nou sou valè li ak enpòtans li? Lachè pa pou lòm li menm, konsa pèsonn pa kapab wè aklè ki kote destinasyon li ap ye. Malgretou, ou dwe byen konnen Kreyatè a ap mennen limanite retounen, jan li te kreye a, nan pozisyon orijinal li, epi Li ap ba li imaj orijinal li ankò, jan li te ye nan moman li te kreye a. Li ap repran konplètman souf Li te soufle nan lòm nan, Li ap repran posesyon zo li yo ak chè li epi retounen tout bagay bay Kreyatè a. Li ap transfòme epi renouvle limanite konplètman epi Li ap repran nan men lòm tout eritaj Bondye ki pa pou limanite, men ki pou Bondye, epi Li p ap janm remèt limanite eritaj sa a ankò. Se paske okenn nan bagay sa yo pa te janm pou limanite. Li ap repran tout bagay nèt—sa pa yon dappiyanp gwo ponyèt; okontrè se pou restore syèl la ak tè a nan eta orijinal yo epitou pou transfòme ak renouvle lòm. Men sa ki destinasyon rezonab lòm, menm si petèt se pa pran yo pral pran lachè ankò apre li fin resevwa chatiman, jan moun ta kapab imajine sa. Bondye pa bezwen eskèlèt lachè a apre destriksyon li; Li vle eleman orijinal Li te genyen nan lòm yo lè tout bagay t ap kòmanse. Konsa, Li p ap disparèt limanite oswa detwi chè lòm konplètman, paske chè lòm pa yon pwopriyete prive lòm. Okontrè, li se oksilyè Bondye, ki ap gouvènen limanite. Kijan Li ta kapab fè aneyanti chè lòm pou “bon plezi” Li? Kounye a, èske ou vrèman vag sou totalite chè sa a ki pa ou an, ki pa menm vo yon santim? Si ou te kapab konprann trant pou san nan travay dènye jou yo (trant pou san sèlman sa yo vle di konpreyansyon travay Sentespri a jodi a, epi anmenmtan, travay pawòl Bondye nan dènye jou yo), ebyen ou pa t ap kontinye “sèvi” lachè ou—oswa kenbe “filyasyon” ak lachè ou—yon lachè ki fin kowonpi depi plizyè lane, tankou jan sa ye jounen jodi a. Ou ta dwe kapab wè aklè kijan limanite rive dezòmè nan yon eta li pa te janm ye anvan sa, e li p ap kontinye vanse ankò tankou wou listwa. Lachè pouri ou a gen lontan depi li kouvri ak mouch, ebyen kijan li ta kapab fè gen pouvwa pou li chanje kouran listwa ke Bondye pèmèt kontinye kous li jis jounen jodi a? Kòman li ta kapab fè tiktak silansye revèy dènye jou yo rekòmanse mache, epi fè zegwi yo vire nan sans zegwi yon mont? Kòman li ta kapab transfòme yon mond ki sanble vlope nan yon bwouya byen pwès? Èske chè ou kapab fè mòn yo ak rivyè yo reviv? Èske chè ou, ki genyen yon fonksyon si limite, ta kapab restore limanite tout bon vre nan sans outa swete a? Èske Èske ou ka vrèman edike desandan w yo pou yo vin “moun”? Èske ou konprann kounye a? Ki sa ki pwopriyetè chè ou egzakteman? Entansyon orijinal Bondye pou sove lòm, pou pèfeksyonnen li epi transfòme li, se pa pou te ban ou yon bèl patri ni pou te pote lapè ak repo pou lachè moun; se te pou glwa Li ak temwayaj Li, pou limanite te kapab pi byen jwi lavi ki gen pou vini an, epi konsa pou li pa ta bezwen pran tan pou li repoze. Sepandan, se pa te pou lachè nou, paske nan jesyon Bondye se lòm ki kapital la, epi chè lòm se jis yon akseswa. (yon moun se yon òganis ki genyen alafwa yon lespri ak yon kò, alòske chè a se jis yon eleman perisab. Ki vle di chè a se yon zouti pou itilizasyon nan plan jesyon an.) Ou dwe konnen pèfeksyon Bondye mete nan lòm, finisyon li ak akizisyon li pote sèlman epe ak touman nan chè li, epitou soufrans san rete, dife byen cho, yon jijman san pitye, chatiman, madichon ak eprèv san limit. Men sa ki veritab istwa epi laverite sou travay jesyon lòm. Sepandan, tout bagay sa yo se kont chè lòm yo dirije, epi tout flèch agresif sa yo se sou chè lòm yo pwente san pitye (paske lòm inosan). Tout sa se pou glwa Li ak temwayaj Li, epi pou jesyon Li. Annefè, travay Li a pa fèt sèlman pou benefis lòm, men tou pou tout plan an nèt, epi objektif li se akonpli plan orijinal Li te genyen lè Li te kreye limanite. Kidonk, petèt katreven dis pou san nan lavi lòm se soufrans ak gwo eprèv, epi li pa prèske jwenn oswa li pa menm jwenn ditou jou ki pote bonè ak dousè kò moun ta renmen viv la. Lòm pa prèske kapab goute moman lajwa nan kò li, pase bon moman bò kote Bondye. Lachè se bagay sal, konsa, sa li kapab santi oswa apresye se sèlman chatiman Bondye, sa li twouve ki ensansib, tankou si pa te genyen okenn rezon nòmal pou se konsa sa ye. Se poutèt sa Bondye pral revele dispozisyon jis Li a ki “ensansib anvè lòm”, ki pa tolere peche lòm epi ki rayi lennmi yo Bondye revele tout dispozisyon Li pran yo ouvètman, pa tout mwayen ki nesesè, e se konsa Li ap konkli travay Li atravè batay Li mennen kont Satan pandan sis mil ane—travay sali tout limanite epi destriksyon Satan ansyen an!