Siyifikasyon Sali Desandan Moab yo

Nan de twa zan travay sa yo, travay jijman ki te fèt sou nou an pratikman bay rezilta li te dwe bay la. Pifò moun rive yon ti jan lache atachman yo te genyen pou pèspektiv avni yo ak destinasyon yo. Sepandan, lè yo mansyone nou se desandan Moab yo, anpil nan nou pa ka sipòte sa—figi nou defòme, bouch nou tòde, epi je nou rete kale. Nou tou senpleman pa ka kwè nou se desandan Moab yo. Moab te vin abite sou tè sa a apre yo te fin modi l. Pitit pitit li yo te kontinye pote liyaj li jouk jounen jodi a, epi nou tout se desandan li. Pa gen anyen Mwen ka fè—kiyès ki te di ou fèt nan kay Moab la? Mwen gen anpil pitye pou ou epi Mwen pa t ap swete sa pou ou vre, men pèsonn pa ka chanje reyalite a. Ou se yon desandan Moab, epi Mwen pa ka di ou se yon desandan David. Kèlkeswa desandan kiyès ou ye, ou toujou yon kreyati Bondye; sèlman, ou se yon kreyati Bondye ki gen yon pozisyon ba, yon kreyati Bondye ki gen yon orijin ki ba. Tout kreyati Bondye yo dwe fè eksperyans tout travay Bondye a; yo tout se objè konkèt Li a, epi yo tout dwe wè dispozisyon dwat Li a epi apresye sajès Li ak tout pouvwa Li a. Jodi a, ou se yon desandan Moab, epi ou dwe aksepte jijman ak chatiman sa a; si ou pa t yon desandan Moab, èske ou pa t ap oblije aksepte jijman ak chatiman sa a tou? Rekonèt sa! An reyalite, travay k ap fèt jodi a sou desandan Moab yo se travay ki gen plis valè ak plis siyifikasyon an. Piske travay la fèt sou nou, li gen yon kokennchenn siyifikasyon. Si travay la te fèt sou desandan Kam yo, li pa t ap gen siyifikasyon, paske kontrèman ak Moab, yo pa gen yon orijin ki ba. Desandan Kam, dezyèm pitit gason Noye a, te sèlman modi—yo pa t soti nan fònikasyon. Yo sèlman gen yon pozisyon ba, paske Noye te modi yo pou yo tounen sèvitè sèvitè yo. Yo senpleman gen yon pozisyon ki ba, men valè orijinal yo pa t ba. Kanta Moab, moun konnen pozisyon orijinal li te ba paske li te fèt nan fònikasyon. Byenke pozisyon Lòt te trè wo, Moab te soti nan Lòt ak pitit fi l la. Yo te rele Lòt yon moun ki dwat, epoutan Moab te modi kanmenm. Moab te gen yon valè ki ba epi yon pozisyon ki ba, e menm si li pa t modi, li t ap sal kanmenm, e se poutèt sa li te diferan ak Kam. Li pa t rekonèt Jewova, men li te pito reziste epi rebele kont Jewova—e se konsa li te tonbe nan kote ki pi fènwa yo. Fè travay kounye a sou desandan Moab yo se sove moun ki tonbe nan pi gwo fènwa a. Byenke yo modi, Bondye vle genyen glwa nan yo. Sa se paske, okòmansman, yo tout te moun ki pa t gen Bondye nan kè yo, epi se sèlman fè moun ki pa gen Bondye nan kè yo soumèt devan Li epi renmen Li ki se yon vrè konkèt. Rezilta konsa nan travay Li se yo ki gen plis valè epi ki pi konvenkan. Se sa sèlman ki rele genyen glwa—se glwa sa a Bondye vle genyen nan dènye jou yo. Byenke moun sa yo gen yon pozisyon ba, lefètke yo kapab resevwa yon gwo gras sali konsa jodi a, sa se toutbon yon gwo onè Bondye fè yo. Travay sa a chaje ak siyifikasyon: Objektif la se pou genyen moun sa yo atravè jijman—se pa pou pini yo, men se pou sove yo. Si, pandan dènye jou yo, Li te toujou ap fè travay konkèt la ann Izrayèl, sa t ap initil; menm si sa te bay rezilta, sa pa t ap gen okenn valè ni okenn gwo siyifikasyon, epi Li pa t ap kapab genyen tout glwa a. Fè travay sou nou, se travay sou moun ki tonbe nan kote ki pi fènwa yo, sou moun ki pi anreta yo. Moun sa yo pa rekonèt gen yon Bondye epi yo pa t janm menm konnen si gen yon Bondye. Satan kowonp kreyati Bondye sa yo jiskaske yo rive bliye Bondye. Piske Satan te avegle yo, yo pa konnen ditou si gen yon Bondye nan syèl la. Nan kè nou, nou tout adore zidòl epi nou adore Satan—èske nou pa moun ki pi ba yo, ki pi anreta yo? Nou se lachè ki pi ba a, nou pa gen okenn libète pèsonèl, epi n ap andire soufrans tou. Nou se moun ki nan nivo ki pi ba nan sosyete sa a tou, nou pa menm gen libète kwayans. Se la siyifikasyon travay ki fèt sou nou an chita. Travay k ap fèt jodi a sou nou menm, desandan Moab yo, pa gen pou objektif imilye nou, men pito pou revele siyifikasyon travay la. Pou nou, se yon gwo onè. Si yon moun gen rezon ak klèvwayans, l ap di: «Mwen se yon desandan Moab, mwen vrèman pa diy pou m resevwa jodi a yon gwo onè konsa nan men Bondye, ni gwo benediksyon konsa. Nan tout sa m fè ak sa m di, epi daprè pozisyon m ak valè m, mwen pa diy ditou pou m resevwa gwo benediksyon konsa nan men Bondye. Izrayelit yo gen yon gwo lanmou pou Bondye, epi gras yo jwi a se Bondye ki bay yo li, men pozisyon yo pi wo anpil pase pa nou. Abraram te trè lwayal avèk Jewova, epi Pyè te trè lwayal avèk Jezi—lwayote yo te san fwa pi gwo pase pa nou. Daprè aksyon nou yo, nou pa diy ditou pou nou jwi gras Bondye a.» Sèvis moun sa yo nan peyi Lachin tou senpleman pa ka prezante devan Bondye. Se yon gwo dezòd; lefètke kounye a nou jwi tout gras sa yo nan men Bondye, se piman yon gwo onè Bondye fè nou! Ki lè nou te janm chèche travay Bondye a? Ki lè nou te sakrifye vi nou pou Bondye? Ki lè nou te byen dispoze pou nou kite fanmi nou, paran nou, ak pitit nou yo dèyè? Pa gen okenn nan nou ki te peye yon gwo pri! Si Sentespri a pa t mennen ou soti, konbyen nan nou ki t ap kapab sakrifye tout bagay? Nou suiv jouk jodi a sèlman paske yo te fòse nou epi mete presyon sou nou. Kote lwayote nou an ye? Kote soumisyon nou an ye? Daprè aksyon nou yo, yo te dwe detwi nou depi lontan—nou tout te dwe efase nèt. Kisa ki kalifye nou pou nou jwi gwo benediksyon konsa? Nou pa diy ditou pou sa! Kiyès pami nou ki te trase pwòp chemen pa l? Kiyès pami nou ki te jwenn vrè chemen an poukont li? Nou tout se yon bann moun ki parese, ki saf, epi ki lage kò yo nan konfò! Èske nou panse nou se yon pakèt zafè? Kisa nou genyen pou nou fè grandizè? Menm si nou pa konsidere lefètke nou se desandan Moab yo, èske nati nou oswa kote nou te fèt la se sa ki pi bon an? Menm si nou pa konsidere lefètke nou se desandan li yo, èske nou tout pa pitit gason Moab nèt ale? Èske verite reyalite a ka chanje? Èske lefètke yo ekspoze nati nou kounye a defòme verite reyalite a? Gade mantalite esklav nou an, lavi nou, ak karaktè nou—èske nou pa konnen nou se sa ki pi ba pami sa ki pi ba yo nan limanite? Kisa nou genyen pou nou fè grandizè a? Gade pozisyon nou nan sosyete a. Èske nou pa nan nivo ki pi ba ladan l lan? Èske nou panse Mwen di yon bagay ki pa vre? Abraram te ofri Izarak—kisa nou menm nou ofri? Jòb te ofri tout bagay li te genyen—kisa nou menm nou ofri? Tèlman gen moun ki te sakrifye tèt yo, ki te bay vi yo epi ki te fè san yo koule, pou yo chèche vrè chemen an. Èske nou te peye pri sa a? An konparezon, nou pa kalifye ditou pou nou jwi yon gwo gras konsa. Èske se yon enjistis pou nou lè yo di jodi a nou se desandan Moab yo? Pa konsidere tèt nou twò wo. Ou pa gen anyen pou ou fè grandizè. Yo ban nou yon gwo gras sali konsa, yon gwo gras konsa gratis. Nou pa ofri anyen, epoutan n ap jwi gras la gratis. Èske nou pa santi nou wont? Èske vrè chemen sa a se yon bagay nou te chèche epi jwenn poukont nou? Èske se pa Sentespri a ki te fòse nou aksepte l? Nou pa t janm gen yon kè k ap chèche, alewè pou yon kè k ap chèche epi k ap anvi laverite. Nou te sèlman chita ap jwi li; nou jwenn verite sa yo san nou pa fè menm yon ti kras efò. Ki dwa nou genyen pou nou plenyen? Èske ou panse ou gen pi gwo valè a? Konpare ak moun ki te ofri tout lavi yo epi ki te fè san yo koule yo, kisa nou gen pou nou plenyen la a? Detwi nou kounye a se yon bagay ki t ap toutafè natirèl epi jistifye! Apa soumèt epi suiv, pa gen okenn lòt chwa pou nou—nou pa diy pou nou chwazi! Yo te rele pifò nan nou pou nou soti, men si anviwònman an pa t fòse nou oswa si yo pa t aple nou pou nou soti, nou t ap konplètman refize soti. Kiyès ki dispoze fè yon sakrifis konsa? Kiyès ki dispoze kite plezi lachè yo dèyè konsa? Nou tout se moun ki lage kò nou nan konfò epi k ap chèche viv nan liks! Nou genyen gwo benediksyon konsa—kisa nou gen pou nou di ankò? Ki plent nou ka genyen ankò? Yo pèmèt nou jwi pi gwo benediksyon yo ak pi gwo gras ki nan syèl la, epi travay ki pa t janm fèt anvan sou tè a parèt aklè devan nou jodi a. Èske sa se pa yon benediksyon? Yo chatye nou anpil jodi a paske nou te reziste kont Bondye epi nou te rebele kont Li. Grasa chatiman sa a, nou te wè pitye Bondye ak bonte Li ki plen ak lanmou, epi pi plis toujou, nou te wè dwati ak sentete Li. Akòz chatiman sa a ak salte limanite, nou te wè gwo pouvwa Bondye a, epi nou te wè sentete ak grandè Li. Èske sa se pa verite ki pi ra a? Èske sa se pa yon lavi ki gen siyifikasyon? Travay Bondye fè a chaje ak siyifikasyon! Kidonk, plis pozisyon nou ba, se plis sa pwouve Bondye fè nou yon gwo onè, e se plis sa pwouve jan travay L ap fè sou nou jodi a gen anpil valè. Se tou senpleman yon trezò ki pa gen pri, yon trezò nou pa ka jwenn okenn lòt kote! Nan tout epòk yo, pèsonn pa t janm jwi yon gwo gras sali konsa. Lefètke pozisyon nou ba montre jan gras sali Bondye a gran anpil, epi sa montre Bondye fidèl ak limanite—Li sove, Li pa detwi.

Moun peyi Lachin pa t janm kwè nan Bondye; yo pa t janm sèvi Jewova, epi yo pa t janm sèvi Jezi. Yo sèlman mete ajenou pou bese tèt yo jouk atè, boule lansan, boule papye ofrann, epi adore Bouda. Yo senpleman adore zidòl—yo tout rebèl rive nan dènye degre. Kidonk, plis pozisyon moun yo ba, se plis sa montre glwa Bondye genyen nan nou an pi gran toujou. Gen moun ki ka di, daprè pwennvi yo: «Bondye, ki travay sa a Ou ap fè a? Yon Bondye ki tèlman wo, yon Bondye ki tèlman sen tankou Ou menm vin nan yon tè ki sal konsa? Èske Ou tèlman pa bay Tèt Ou valè? Nou tèlman sal, epoutan Ou dispoze rete avèk nou? Ou dispoze viv nan mitan nou? Nou gen yon pozisyon ki tèlman ba, epoutan Ou dispoze rann nou konplè? Epi Ou ta sèvi ak nou kòm modèl ak echantiyon?» Mwen di: Ou pa konprann entansyon Mwen yo. Ou pa konprann travay Mwen vle fè a, ni ou pa konprann dispozisyon Mwen. Siyifikasyon travay Mwen pral fè a depase sa ou kapab atenn. Èske travay Mwen ka konfòme ak konsepsyon imen ou yo? Daprè konsepsyon lòm, Mwen ta dwe fèt nan yon bèl peyi pou M montre Mwen gen yon estati ki wo, pou M montre Mwen gen anpil valè, epi pou M montre onè Mwen, sentete Mwen, ak grandè Mwen. Si Mwen te fèt nan yon kote ki rekonèt Mwen, nan yon fanmi elit, lè sa a piske Mwen ta gen yon pozisyon ak yon estati ki wo, yo t ap byen trete Mwen. Sa pa t ap pote benefis pou travay Mwen an, epi èske yon gwo gras sali konsa t ap toujou ka parèt aklè lè sa a? Tout moun ki wè Mwen t ap soumèt devan Mwen, epi salte pa t ap polye yo—Mwen ta dwe fèt nan kalite kote sa a. Se sa nou kwè. Men reflechi sou sa: Èske Bondye te vin sou tè a pou Li jwi lavi a, oubyen pou Li fè travay Li? Si Mwen te travay nan yon kote ki fasil e ki konfòtab konsa, èske Mwen t ap kapab genyen tout glwa Mwen an? Èske Mwen t ap kapab konkeri tout kreyati Bondye yo? Lè Bondye vin sou tè a, Li pa soti nan mond lan, epi Li pa enkane pou Li ka jwi mond lan. Li fèt nenpòt ki kote travay Li revele dispozisyon Li epi kote travay la gen plis siyifikasyon. Kit tè a sen, kit li sal—kèlkeswa kote Bondye ap travay, Li sen. Tout bagay nan mond lan se Li ki te kreye yo, sèlman, Satan kowonp yo. Sepandan, tout bagay toujou pou Li; yo tout nan men Li. Li vin nan yon tè ki sal epi Li travay la pou Li revele sentete Li; Li fè sa sèlman pou travay Li a, sa ki vle di Li sèlman andire yon gwo imilyasyon pou fè kalite travay sa a pou Li ka sove èt imen ki nan tè ki sal sa a. Sa fèt pou temwayaj, pou tout limanite. Sa travay konsa montre lòm se dwati Bondye, epi li pi kapab demontre Bondye siprèm. Grandè Li ak karaktè dwat Li parèt aklè egzakteman nan sali yon gwoup moun ki gen yon pozisyon ba e lòt moun meprize. Lefètke Li fèt nan yon tè ki sal pa pwouve Li gen yon pozisyon ba; sa senpleman pèmèt tout kreyati Bondye yo wè grandè Li ansanm ak vrè lanmou Li pou limanite. Plis Li fè sa, se plis sa revele lanmou Li ki san melanj lan, lanmou san tach Li gen pou lòm nan. Bondye sen epi Li dwat, menm si Li te fèt nan yon tè ki sal, e menm si L ap viv ansanm ak moun sa yo ki plen ak salte, menm jan Jezi te viv ansanm ak moun k ap fè peche yo nan Epòk Lagras la. Èske chak ti pati nan travay Li pa fèt pou tout limanite ka siviv? Èske tout sa se pa pou limanite kapab atenn yon gwo sali? Sa gen demil an, Li te viv ak moun k ap fè peche pandan plizyè ane. Sa te fèt pou travay redanmsyon an. Jodi a, L ap viv ansanm ak yon gwoup moun ki sal epi ki gen yon pozisyon ba. Sa fèt pou sali a. Èske tout travay Li pa fèt pou nou menm imen yo? Si se pa t pou Li sove lòm, poukisa Li t ap viv epi soufri ansanm ak moun k ap fè peche yo pandan tout ane sa yo apre Li te fin fèt nan yon manjwa? E si se pa t pou Li sove lòm, poukisa Li t ap retounen nan lachè yon dezyèm fwa, pou Li fèt nan tè sa a kote demon yo rasanble a, epi pou Li viv ansanm ak moun sa yo Satan fin kowonp an pwofondè yo? Èske Bondye pa fidèl? Ki pati nan travay Li ki pa fèt pou limanite? Ki pati ki pa fèt pou destinasyon nou? Bondye sen—sa pa ka chanje ditou! Salte pa polye Li, byenke Li te vin nan yon tè ki sal; tout bagay sa yo ka sèlman vle di lanmou Bondye gen pou lòm konplètman san egoyis, epi soufrans ansanm ak imilyasyon Li andire yo ekstrèmman gran! Èske nou pa konnen jan imilyasyon L ap soufri a gran, pou nou tout epi pou destinasyon nou? Olye Li sove gwo moun oswa pitit gason fanmi rich e pwisan yo, Li fè espre sove moun sa yo ki gen yon pozisyon ba epi lòt moun meprize. Èske tout bagay sa yo se pa sentete Li? Èske tout bagay sa yo se pa dwati Li? Pou tout limanite ka siviv, Li pito fèt nan yon tè ki sal epi soufri tout kalite imilyasyon. Bondye reyèl toutbon—Li pa fè okenn fo travay. Èske chak etap nan travay Li pa fèt nan yon fason ki pratik konsa? Byenke tout moun ap pale Li mal epi y ap di L ap chita bò tab ansanm ak moun k ap fè peche, byenke tout moun ap pase Li nan betiz epi y ap di L ap viv ak pitit gason salte yo, epi L ap viv ansanm ak moun ki pi ba pami pèp la, Li toujou bay Tèt Li konsa san okenn egoyis, epi moun toujou rejte Li konsa nan mitan yo. Èske soufrans L ap andire a pa pi gran pase pa nou an? Èske travay L ap fè a pa depase pri nou menm nou peye a? Nou te fèt nan yon tè ki plen salte, epoutan nou genyen sentete Bondye. Nou te fèt nan yon tè kote demon yo rasanble, epoutan nou resevwa yon gwo pwoteksyon. Ki chwa nou genyen? Ki plent nou ka genyen? Èske soufrans Li te andire a pa pi gran pase soufrans nou te andire a? Li te vin sou tè a epi Li pa t janm jwi plezi mond imen an. Li gen degoutans pou kalite bagay sa yo. Bondye pa t vin sou tè a pou lòm ofri L bagay materyèl, ni Li pa t vin jwi manje, rad, ak bijou lòm genyen. Li pa bay bagay sa yo okenn atansyon ditou. Li te vin sou tè a pou Li soufri pou limanite, se pa pou Li jwi richès latè. Li te vin pou Li soufri, pou Li travay, epi pou Li akonpli plan jesyon Li an. Li pa t chwazi yon bèl kote pou Li viv, tankou yon anbasad oswa yon otèl de liks, ni Li pa gen plizyè sèvitè pou sèvi Li. Daprè sa nou wè yo, èske nou pa konnen si Li te vin pou Li travay oubyen pou Li jwi lavi? Èske je nou pa wè? Èske Li pa ban nou ase? Si Li te fèt nan yon kote ki konfòtab, èske Li t ap kapab genyen glwa? Èske Li t ap kapab travay? Èske aksyon sa a t ap gen okenn siyifikasyon? Èske Li t ap kapab konkeri moun yo konplètman? Èske Li t ap kapab sove moun yo nan tè ki sal la? Moun yo ap mande, daprè konsepsyon yo: «Piske Bondye sen, poukisa Li te fèt nan kote ki sal sa a kote nou rete a? Ou rayi epi Ou gen degoutans pou nou menm imen ki sal yo; Ou gen degoutans pou rezistans nou ak rebelyon nou, donk poukisa Ou ap viv avèk nou? Ou se yon Bondye siprèm. Ou te kapab fèt nenpòt ki kote, donk poukisa Ou te oblije fèt nan tè ki sal sa a? Ou chatye epi Ou jije nou chak jou, epi Ou konnen byen nou se desandan Moab yo, donk poukisa Ou toujou ap viv nan mitan nou? Poukisa Ou te fèt nan yon fanmi desandan Moab yo? Poukisa Ou te fè sa?» Panse sa yo nou genyen yo manke rezon nèt! Se sèlman kalite travay sa a ki pèmèt moun yo wè grandè Li, imilite Li ansanm ak karaktè kache Li. Li dispoze sakrifye tout bagay pou travay Li a, epi Li andire tout soufrans pou travay Li a. L ap aji pou limanite, e pi plis toujou, pou Li konkeri Satan epi pou Li kite tout kreyati Bondye yo soumèt anba dominasyon Li. Se sèlman sa a ki yon travay ki gen siyifikasyon, travay ki gen valè. Si desandan Jakòb yo te fèt nan peyi Lachin, sou moso tè sa a, epi si se te nou tout, lè sa a ki siyifikasyon travay ki fèt sou nou an t ap genyen? Kisa Satan t ap di? Satan t ap di: «Yo te toujou gen krentif pou Ou, yo te soumèt devan Ou depi nan kòmansman, epi yo pa gen okenn istwa kote yo te trayi Ou. Yo pa moun ki pi an fènwa a, ki gen pozisyon ki pi ba a, oswa ki pi anreta pami limanite.» Si yo te vrèman fè travay la nan fason sa a, kiyès sa t ap konvenk? Nan tout linivè, moun peyi Lachin yo se moun ki pi anreta pami limanite. Yo fèt nan yon kondisyon ki ba, epi yo gen yon karaktè ki ba; yo gen lespri lou epi yo angoudi, epi yo vilgè epi yo fin dejenere. Yo tranpe nèt ak dispozisyon Satan yo, yo sal epi yo libèten. Nou genyen tout kalite sa yo. Yon fwa travay sa a fini, moun yo ap debarase tèt yo de dispozisyon kowonpi sa yo epi y ap kapab soumèt konplètman pou yo ka vin konplè. Se sèlman fwi travay konsa ki se temwayaj pami kreyati Bondye yo! Èske ou konprann kisa temwayaj ye? Ki jan moun ta dwe rann temwayaj toutbon? Kalite travay sa a fè nou tounen kontras ansanm ak objè pou sèvis; pi plis toujou, li fè nou tounen objè pou sali a. Jodi a, nou se pèp Bondye; pita, n ap vin modèl ak echantiyon. Nan travay sa a, nou jwe plizyè kalite wòl, epi alafen, n ap vin objè pou sali a. Anpil moun vin negatif akòz sa; èske yo pa moun ki pi avèg pase tout moun? Ou pa wè anyen klè! Senpleman lefètke yo rele ou konsa, sa akable ou? Èske ou konprann sa dispozisyon dwat Bondye a ye? Èske ou konprann sa sali Bondye a ye? Èske ou konprann sa lanmou Bondye a ye? Ou pa gen okenn entegrite! Lè yo sèvi ak bèl mo pou pale de ou, ou kontan. Lè yo sèvi ak move mo pou pale de ou, ou pa vle epi ou fè bak. Kisa ou ye menm? Poukisa w ap pouswiv vrè chemen an menm? Sispann pouswiv tousuit—sa se yon lawonte! Èske se pa yon siy lawonte sa ye, lefètke yon ti bagay konsa akable ou?

Li ta pi bon pou ou gen yon ti konsyans de tèt ou. Pa konsidere tèt ou twò wo, epi pa fè rèv ale nan syèl—senpleman chèche nan yon fason pratik pou yo konkeri ou sou tè a. Pa panse ak rèv ki pa reyalis e ki imajinè sa yo! Si yon moun di yon bagay tankou sa k ap swiv la, sa yo se pawòl yon moun ki gen detèminasyon ak karaktè: «Byenke mwen se yon desandan Moab, mwen dispoze fè Bondye fyè. Mwen pral rebele kont ansyen zansèt mwen an! Li te fè m epi li te pilonnen m, epi mwen te toujou ap viv nan fènwa jouk kounye a. Jodi a, Bondye libere m, epi finalman mwen wè limyè solèy la. Grasa jan Bondye ekspoze m, finalman mwen wè mwen se yon desandan Moab. Anvan sa, je m te fèmen, epi mwen pa t konnen Bondye te fè tout travay sa yo, paske ansyen Satan sa a te avegle m. Mwen pral rebele kont li epi imilye li nèt!» Ebyen, èske nou gen kalite detèminasyon sa a? Malgre lefètke nou chak sanble ak yon moun, nou kraze pi vit pase nenpòt moun, epi nou pi sansib sou koze sa a. Kou yo mansyone nou se desandan Moab yo, bouch nou pwente pou fè move min. Èske sa se pa dispozisyon yon kochon? Nou pa vo anyen. Nou ta sakrifye lavi nou pou popilarite ak avantaj pèsonèl! Ou ka pa vle pou w se yon desandan Moab, men èske se pa sa ou ye? Jodi a Mwen di se sa ou ye, epi ou dwe rekonèt sa. Mwen pa pale yon fason ki kontrè ak reyalite yo. Gen moun ki vin negatif akòz sa, men kisa ki genyen pou moun negatif konsa? Èske ou pa pitit pitit gwo dragon wouj la tou? Èske se yon enjistis lè yo di ou se yon desandan Moab? Gade fason w ap viv anndan kou deyò a. Soti nan tèt ou rive nan pye ou, pa gen anyen ki merite lwanj. Libètinaj, salte, avègleman, rezistans, rebelyon—èske tout bagay sa yo pa fè pati dispozisyon ou? Ou toujou ap viv nan yon tè libètinaj, epi ou fè tout kalite mechanste ki genyen. Ou panse ou sen anpil. Gade bagay ou fè yo. Ou tèlman satisfè ak tèt ou—kisa ou fè ki merite lwanj? Ou tankou yon bèt epi ou pa gen okenn imanite ditou! Ou pase jou ou ap viv ansanm ak bèt epi ou plonje nan mitan lide mechan ak lide libèten. Ala nou manke bagay, nou menm moun sa yo! Nou dakò nou se pitit pitit gwo dragon wouj la, epi nou dispoze bay sèvis, men pita, lè yo di ou se desandan Moab, ou vin negatif. Èske sa pa laverite? Se menm jan ou te fèt nan manman ou ak papa ou—kèlkeswa jan yo move, ou toujou fèt nan yo. Menm si ou ta jwenn yon manman adoptif epi ou kite kay ou, èske ou pa toujou pitit paran orijinal ou yo? Èske reyalite sa a ka chanje? Èske Mwen ba ou tit desandan Moab sa a san rezon? Gen moun ki di: «Èske Ou pa t ka rele m yon lòt non?» Mwen di: «E si Mwen rele ou yon kontras?» Yo pa dispoze pou yo tounen kontras nonplis. Ebyen, kisa ou vle ye? Kontras, moun k ap bay sèvis—èske se pa sa nou ye? Ki lòt bagay ou ta chwazi? Èske ou pa yon moun ki fèt nan peyi gwo dragon wouj la? Kèlkeswa jan ou ta di ou se yon pitit David, sa pa ann akò ak reyalite yo. Èske sa se yon bagay ou chwazi pou tèt ou? Èske ou ka chwazi nenpòt bèl non ou pito pou tèt ou? Èske pitit pitit gwo dragon wouj la yo te mansyone yo se pa nou menm moun kowonpi sa yo? Kanta pou moun k ap bay sèvis yo—èske yo pa nou menm moun kowonpi sa yo tou? Echantiyon ak modèl moun Bondye te konkeri yo te mansyone yo—èske se pa nou menm moun sa yo tou? Èske yo pa pale de chemen pou vin pèfeksyone a pou nou menm? Moun yo chatye ak jije yo se nou menm moun sa yo; èske moun ki pral pèfeksyone pita yo p ap kèk pami nou? Èske tit sa a toujou gen enpòtans? Nou tèlman manke rezon; èske nou pa menm ka wè yon ti bagay konsa klè? Nou pa konnen kiyès ki soti nan kiyès, men sa klè pou Mwen, epi M ap di nou sa. Si ou kapab rekonèt sa jodi a, sa bon. Pa toujou santi ou enferyè konsa. Plis ou negatif epi w ap fè bak, se plis sa pwouve ou se desandans Satan. Gen kèk moun ki di, lè ou fè yo koute kantik: «Èske desandan Moab yo ka koute kantik? Mwen p ap koute; mwen pa kalifye!» Si ou fè yo chante, yo di: «Èske desandan Moab yo ka chante? Èske Bondye dispoze koute? Bondye gen degoutans pou mwen. Mwen twò wont pou m ale devan Bondye epi mwen pa ka rann temwayaj pou Li. Mwen senpleman p ap chante, dekwa pou Bondye pa vin irite lè Li tande sa.» Èske sa se pa yon fason negatif pou jere sa? Antanke yon kreyati Bondye—ki fèt nan yon tè libètinaj, pitit pitit gwo dragon wouj la epi yon desandan Moab—ou ta dwe rebele kont ansyen zansèt ou a epi rebele kont ansyen Satan an. Se sèlman yon moun ki fè sa ki se yon moun ki vle Bondye toutbon.

Nan kòmansman, lè Mwen te ban nou pozisyon pèp Bondye a, nou t ap sote anlè, avèk plis jwa pase nenpòt lòt moun. Epoutan, kou Mwen te di nou se desandan Moab yo, kòman nou te ye? Nou tout te tonbe! Kote nivo espirityèl nou an ye? Atachman nou ak pozisyon twò fò! Pifò moun pa ka leve ankò. Gen kèk ki al fè biznis, epi gen kèk ki al travay. Kou Mwen di nou se desandan Moab yo, nou tout vle kouri ale. Èske se temwayaj sa a n ap rann pou Bondye a, temwayaj n ap pale byen fò tout lajounen an? Èske Satan ap konvenki nan fason sa a? Èske sa se pa yon mak lawonte? Ki itilite sa genyen pou Mwen genyen nou? Nou tout se fatra! Ki kalite soufrans nou te andire ki fè nou santi yo fè nou enjistis konsa? Nou panse yon fwa Bondye fin toumante nou rive nan yon sèten nivo, L ap kontan, kòmsi Li te vin avèk entansyon pou Li kondane nou, epi apre Li fin kondane epi detwi nou, travay Li ap fini. Èske se sa Mwen te di? Èske se pa paske nou avèg ki fè nou panse konsa? Èske se nou menm ki pa fè efò pou nou fè byen, oubyen se Mwen ki fè espre kondane nou? Mwen pa t janm fè sa—sa se yon bagay nou menm nou te envante nan tèt nou. Se pa konsa Mwen travay ditou, ni Mwen pa gen dezi sa a. Si Mwen te vle detwi nou toutbon, èske Mwen t ap bezwen andire kalite soufrans sa a? Si Mwen te vle detwi nou toutbon, èske Mwen t ap bezwen pale avèk nou avèk tout pasyans ak tout kè Mwen konsa? Entansyon Mwen se sa a: Lè Mwen fin sove nou, se lè sa a M ap kapab pran repo. Plis yon moun gen yon pozisyon ba, se plis li se objè sali Mwen an. Plis nou aktif nan antre nou an, se plis Mwen kontan. Plis nou kraze, se plis Mwen santi Mwen mal. Nou toujou vle pran pòz pou nou monte sou twòn nan—M ap di nou sa, sa se pa chemen k ap sove nou anba salte a. Rèv an koulè pou monte sou twòn nan pa ka pèfeksyone nou; sa pa reyalis. Mwen di ou se yon desandan Moab, epi ou pa kontan. Ou di: «Si Ou fè m desann nan gwo twou san fon an, mwen p ap rann temwayaj pou Ou ni mwen p ap andire soufrans pou Ou.» Èske lè ou aji konsa sa pa t ap mete ou nan opozisyon ak Mwen? Èske sa t ap pote benefis pou ou lè ou fè sa? Mwen tèlman ba ou gras—èske ou bliye sa? Nou meprize epi dezonore kè Bondye ki sanble ak kè yon manman ki gen lanmou; ki konsekans sa ap genyen pou nou? Mwen p ap fòse ou si ou pa rann temwayaj pou Mwen—men ou ta dwe konnen alafen, w ap tounen yon moun ki peri. Si Mwen pa ka genyen temwayaj nan ou, M ap genyen li nan lòt moun. Sa pa deranje Mwen anyen, men alafen, w ap regrèt sa, epi lè sa a, w ap gen tan tonbe nan fènwa depi lontan. Lè sa a, kiyès k ap kapab sove ou? Pa panse travay la pa ka fèt san ou—menm si M genyen w, sa pa vle di M gen anpil bagay, epi si M pa genyen w, sa pa vle di M manke anpil bagay. Pa bay tèt ou twòp onè konsa. Si ou pa dispoze suiv Mwen, sa senpleman montre ou se yon moun ki rebèl, epi pa gen anyen ki gen valè nan ou. Si ou konn pale byen, èske se pa senpleman paske ou te ekipe tèt ou avèk pawòl Mwen te pote atravè travay Mwen an? Kisa ki genyen nan ou ki merite lwanj? Pa kite imajinasyon ou pote ou ale! Si Mwen pa ka genyen glwa nan nou menm desandan Moab yo, M ap chwazi yon dezyèm ak yon twazyèm gwoup pami desandan Moab yo pou travay Mwen an jiskaske Mwen genyen glwa a. Si ou pa dispoze rann temwayaj pou Mwen, ebyen soti deyò! Mwen p ap fòse ou! Pa panse Mwen p ap kapab fè yon pa san nou menm. Jwenn objè ki apwopriye pou travay Mwen an nan peyi Lachin sa a pa mande okenn efò ditou. Pa gen lòt bagay ou ka jwenn nan tè sa a—moun ki sal epi kowonpi yo gaye toupatou, epi Mwen ka fè travay Mwen an nenpòt kote. Pa ògeye konsa! Kèlkeswa jan ou ògeye, èske ou pa yon pitit ki fèt nan fònikasyon toujou? Gade valè ou—ki lòt chwa ou genyen? Senpleman kite ou viv se deja yon gwo onè, ebyen ki rezon ki fè ou ka toujou gen awogans konsa? Si se pa t travay Mwen pou fini epòk la, èske ou pa t ap gen tan tonbe nan mitan dezas natirèl ak dezas lèzòm pwovoke yo depi lontan? Èske ou t ap toujou ka viv alèz konsa? Epoutan, ou toujou ap diskite sou koze sa a. Depi Mwen te di ou se yon desandan Moab, ou toujou ap fè move min. Ou pa chèche edike tèt ou, ou pa li pawòl Bondye yo, epi ou pa ka sipòte wè tèl moun ni tèl moun. Lè ou wè lòt moun ap chèche edike tèt yo, ou deranje yo epi w ap fè kòmantè pou dekouraje yo. Ou gen twòp odas! Ou di: «Ki kalite edikasyon desandan Moab yo diy pou yo genyen? M p ap fatige tèt mwen.» Èske sa se pa pawòl yon bèt ta di? Èske ou menm konte kòm yon moun? Mwen tèlman pale anpil, men sa pa bay okenn rezilta nan ou. Èske Mwen te fè tout travay sa a pou gremesi? Èske Mwen te di tout pawòl sa yo pou gremesi? Menm yon chyen t ap souke ke li; yon moun konsa pa menm bon tankou yon chyen! Èske ou diy pou yo rele ou moun? Lè Mwen pale de desandan Moab yo, gen moun ki fè espre maltrete tèt yo. Yo abiye yon lòt jan pase anvan epi yo tèlman neglije tèt yo, yo pa sanble ak moun ankò, epi y ap bougonnen: «Mwen se yon desandan Moab. Mwen pa t bon depi nan kòmansman. Panse pou m ta genyen nenpòt ki benediksyon se reve gran jounen. Èske yo ka pèfeksyone desandan Moab yo?» Kou Mwen fin pale de desandan Moab yo, pifò moun pa gen okenn espwa ankò; yo di: «Bondye di nou se desandan Moab yo—kisa sa vle di? Gade ton Li pran an—sa pa ka chanje ditou! Pa gen okenn lanmou nan pawòl Li yo. Èske se pa nou menm ki pral peri?» Èske ou bliye sa yo te di anvan? Tèm «desandan Moab yo» se sèl bagay ou sonje kounye a? An reyalite, anpil pawòl fèt pou bay yon efè, men yo revele verite reyalite a tou. Pifò moun pa kwè sa. Ou pa dispoze andire kalite soufrans sa a pou Mwen. Ou pè lanmò epi ou toujou vle chape. Si ou vle ale, Mwen p ap fòse ou rete, men Mwen dwe di ou sa klèman: Pa pase tout lavi ou pou gremesi, epi pa bliye bagay Mwen te di ou nan pase a. Antanke yon kreyati Bondye, ou ta dwe akonpli devwa yon kreyati Bondye. Pa aji kont konsyans ou; sa ou dwe fè se bay tèt ou nèt pou Kreyatè a. Desandan Moab yo se kreyati Bondye tou, sèlman, yo se kontras, epi yo modi. Kèlkeswa sitiyasyon an, ou toujou yon kreyati Bondye. Sipoze ou ta di: «Malgre m se yon desandan Moab, mwen te tèlman jwi gras Bondye a, fòk mwen gen yon ti konsyans. M ap senpleman rekonèt sa men m p ap kase tèt mwen sou sa. Menm si mwen soufri nan kouran sa a, m ap soufri jiska lafen, e si m se yon desandan Moab, ebyen se sa m ye. M ap toujou suiv jiska lafen!» Si ou ta di sa, sa t ap pi rezonab. Ou ta dwe suiv Bondye jiska lafen. Si ou kouri ale, ou p ap gen okenn avni vre—w ap gentan mete pye ou sou chemen destriksyon an.

Gen byen nan fè nou konprann orijin nou, epi fè nou konprann verite reyalite a se yon avantaj pou travay la. Si sa pa t fèt, rezilta ki te dwe vini an pa t ap rive. Sa fè pati travay konkèt la, se yon etap ki nesesè nan travay la, e se yon reyalite. Travay sa a fèt pou li ka reveye lespri moun, pou reveye konsyans yo pou yo kapab resevwa gwo gras sali sa a. Si yon moun gen konsyans, fòk li remèsye Bondye plis toujou lè li wè pozisyon li ba. Li ta dwe kenbe pawòl Li yo nan de men l, bay gras Li te fè yo a anpil valè, e li ta menm di avèk dlo nan je li: «Pozisyon nou ba epi nou pa genyen anyen nan mond lan. Pèsonn pa respekte nou menm moun ki gen yon pozisyon ba yo. Yo pèsekite nou lakay nou, mari nou rejte nou, madanm nou joure nou, pitit nou meprize nou, epi lè nou granmoun, bèlfi nou maltrete nou tou. Nou soufri anpil vre; se yon bonè toutbon pou nou kounye a n ap jwi gwo lanmou Bondye a! Si Bondye pa t sove nou, kòman nou t ap ka wè soufrans imen an klè? Èske nou pa t ap kontinye dejenere nan peche sa a? Èske sa se pa onè Bondye fè nou? Mwen se youn nan moun ki pi ba yo, epi Bondye leve m tèlman wo. Menm si mwen peri, fòk mwen remèt Li lanmou Li a kanmenm. Bondye trete nou tankou moun ki merite atansyon epi Li pale ansanm avèk nou, nou menm moun ki ba konsa, fasafas. Li pran men m epi L ap anseye m. Avèk bouch Li, Li ban m manje. Li viv ansanm ak mwen epi L ap soufri ansanm ak mwen. Menm si Li chatye m—kisa mwen ka di? Èske lè yo chatye m sa pa vle di tou Bondye fè m yon onè? Yo chatye m, epoutan m ka wè dwati Li. Mwen pa ka san konsyans—mwen dwe remèt Bondye lanmou Li. Mwen pa ka rebele kont Bondye ankò.» Pozisyon ak ran Bondye pa menm ak pa moun—soufrans Li menm jan, epi manje ak rad Li menm jan; sèlman, tout moun respekte Li, epi se sa sèlman ki diferans lan. Èske tout lòt sa L ap jwi yo pa menm jan avèk pa lòm? Ebyen, ki dwa nou genyen pou nou mande Bondye trete ou nan yon fason patikilye? Bondye tèlman andire gwo soufrans epi Li fè yon gwo travay konsa, epi nou menm—nou menm ki pi ba pase foumi, pi ba pase ti bèt—Li leve nou tèlman wo jodi a. Kidonk, si ou pa ka remèt Bondye lanmou Li, kote konsyans ou ye? Gen moun ki pale ak tout kè yo: «Chak fwa m panse pou m kite Bondye, je m plen ak dlo epi konsyans mwen ap repwoche m. Mwen dwe Bondye. Mwen pa ka fè sa. Mwen pa ka trete L konsa. Si mwen ta mouri epi lanmò m bay travay Li glwa, sa t ap fè m pi kontan toujou. Sinon, menm si mwen viv, mwen p ap santi m anpè.» Koute pawòl sa yo—yo dekri devwa yon kreyati Bondye dwe akonpli. Si yon moun toujou gen vizyon sa a nan li, l ap wè klè epi l ap santi l alèz anndan l; l ap sèten sou bagay sa yo. W ap di: «Bondye pa fè m anyen ki mal, epi Li pa fè espre ri m ni imilye m. Byenke pawòl Li yo yon ti jan di e yo fann kè m, se pou pwòp byennèt mwen Li fè sa. Byenke pawòl Li yo tèlman di, L ap toujou sove m, epi Li toujou ap pran feblès mwen yo an konsiderasyon. Li pa itilize reyalite yo pou Li pini m. Mwen kwè Bondye se sali a.» Si ou gen vizyon sa a toutbon, ou gen mwens chans pou kouri ale. Konsyans ou p ap kite ou ale, epi jan konsyans ou ap kondane ou la ap fè ou konnen ou pa ta dwe trete Bondye konsa. Jis reflechi: Ou tèlman genyen gras epi ou tèlman tande pawòl Li yo—èske ou te ka koute yo pou gremesi? Kèlkeswa moun ki kouri ale, ou menm ou pa kapab. Lòt moun pa kwè, men ou dwe kwè. Lòt moun abandone Bondye, men ou dwe soutni Bondye epi rann temwayaj pou Li. Lòt moun ap pale Bondye mal, men ou menm ou pa kapab. Kèlkeswa jan Bondye pa janti avèk ou, ou dwe toujou aji byen avèk Li. Ou ta dwe remèt Li lanmou Li, epi ou dwe gen konsyans, paske Bondye inosan. Li deja soufri gwo imilyasyon lè Li te kite syèl la pou Li vin sou tè a pou travay pami limanite. Li sen san menm yon ti kras salte. Lè Li te vin nan yon tè ki sal, konbyen imilyasyon Li andire? Li travay sou nou pou byen nou. Si ou aji avèk Li san konsyans, li t ap pi bon pou ou mouri bonè!

Kounye a, pifò moun manke aspè vizyon sa a; yo pa ka konprann travay sa a ditou epi yo pa konnen kisa Bondye vle reyalize avèk li alafen. Sitou moun sa yo ki gen lespri yo twouble—se kòmsi yo te antre nan yon labirent epi yo pèdi wout yo apre yo fè de twa tou. Si ou eksplike yo byen objektif plan jesyon Bondye a, yo p ap pèdi konsa. Anpil moun pa ka konprann li, epi yo kwè travay Bondye a se pou toumante moun. Yo pa konprann sajès ansanm ak mèvèy ki genyen nan travay Li a, epi yo pa konprann travay Li a se pou revele gwo pouvwa Li, e pi plis toujou, pou sove limanite. Yo pa wè tout sa; yo senpleman gade pou wè si yo gen okenn avni, pou wè si y ap kapab antre nan syèl la. Yo di: «Travay Bondye a toujou ap fè anpil detou konsa; li t ap pi bon si Ou te senpleman kite nou wè sajès Ou dirèkteman. Pa toumante nou konsa. Nou manke twòp kalib, epi nou pa konprann entansyon Ou. Sa t ap bon anpil si Ou te pale epi aji dirèkteman. Ou vle pou nou devine, men nou pa kapab. Li t ap vrèman pi bon si Ou ta senpleman prese epi pèmèt nou wè glwa Ou. Ki nesesite ki genyen pou Ou fè bagay yo ak tout detou sa yo?» Sa nou manke plis kounye a se konsyans. Se pou nou gen plis konsyans. Ouvè je nou byen gran, pou nou ka wè kiyès k ap fè etap travay sa yo vre. Pa tire konklizyon twò vit. Kounye a, nan pi bon ka a, ou konprann yon pati nan sa ki parèt sou deyò nan chemen lavi ou ta dwe fè eksperyans lan. Toujou gen anpil verite pou ou fè eksperyans, epi lè jou a rive kote ou kapab konprann li nèt, ou p ap pale konsa ankò, ni ou p ap plenyen. Ni tou ou p ap prese pou defini bagay yo. W ap di: «Bondye tèlman gen sajès, Bondye tèlman sen, Bondye tèlman gen pouvwa!»

Anvan: Amelyorasyon Kalib Moun Fèt pou Yo ka Resevwa Sali Bondye

Apre: Kijan Ou Dwe Mache nan Dènye Pati Chemen an

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger