Kijan Ou Dwe Mache nan Dènye Pati Chemen an

Kounye a nou nan dènye pati chemen an, epi se yon pati ki trè enpòtan nan chemen an. Petèt ou te andire anpil soufrans, ou te fè anpil travay, ou te fè anpil wout, epi ou te koute anpil prèch; petèt li pa t fasil pou ou rive kote ou ye kounye a. Si ou pa ka sipòte soufrans w ap fè fas kounye a epi si ou kontinye aji menm jan ou te fè nan tan lontan, lè sa a ou p ap kapab vin pafè. Pawòl sa yo pa la pou fè ou pè—yo se reyalite. Apre Pyè te fin pase anba anpil travay Bondye, li te vin gen bon konprann sou kèk bagay, ansanm ak anpil disènman. Li te vin konprann anpil bagay konsènan prensip pou rann sèvis la, epi pi ta li te kapab devwe pou sa Jezi te konfye l la. Gwo rafinman li te pase anba l la se te sitou paske, lè li t ap konsidere bagay li menm li te fè yo, li te santi li te dwe Bondye anpil e li pa t ap janm kapab remèt Li sa, pandan l te rekonèt tou lòm kowonpi anpil, sa ki te fè li santi l koupab nan konsyans li. Jezi te di Pyè anpil bagay, men lè Li te di bagay sa yo, li te sèlman kapab gen yon ti konpreyansyon, e pafwa li te toujou genyen kèk rezistans ak rebelyon. Apre yo te fin kloure Jezi sou kwa a, finalman li te vin reveye yon jan, epi anndan l li te santi gwo repwòch anvè pwòp tèt li. Alafen, sa te rive nan yon pwen kote li te santi li pa akseptab pou li gen okenn lide ki pa kòrèk. Li te konnen pwòp eta l trè byen, e li te konnen sentete Seyè a byen tou. Se poutèt sa, yon kè ki renmen Seyè a te grandi nan li pi plis toujou, epi li te vin pi konsantre sou pwòp lavi li. Poutèt sa li te soufri yon gwo angwas, e byenke pafwa se te kòmsi li te gen yon maladi grav epi li te menm sanble kòmsi li te mouri, apre li te fin rafine nan fason sa a plizyè fwa, li te jwenn plis konpreyansyon sou tèt li, epi li te devlope yon lanmou sensè pou Seyè a. Yo ta ka di li te pase tout lavi li nan rafinman, epi pi plis pase sa, nan chatiman. Eksperyans li a te diferan de pa nenpòt lòt moun, epi lanmou li te depase lanmou nenpòt moun ki poko vin pafè. Rezon ki fè yo te prezante l kòm yon modèl, se paske li te pase anba pi gwo soufrans pandan lavi li, epi eksperyans li yo te gen plis siksè. Si nou reyèlman kapab tankou Pyè pandan n ap mache nan dènye pati chemen an, lè sa a pa gen okenn kreyati ki kapab wete benediksyon nou.

Pyè se te yon moun ki gen konsyans, men menm avèk kalite imanite li te genyen an, se sèten li te gen anpil lide rezistans ak rebelyon pandan epòk lè li te fèk kòmanse swiv Jezi a. Men, pandan li t ap swiv Jezi, li pa t pran bagay sa yo oserye, paske l te kwè se jis konsa moun dwe ye. Konsa, okòmansman li pa t santi okenn repwòch ni yo pa t taye l. Jezi pa t pran reyaksyon Pyè yo oserye, ni Li pa t okipe yo, okontrè Li te jis konsantre sou fè travay Li te sipoze fè a. Li pa t janm fè gwo diskisyon ak Pyè ansanm ak lòt yo. Ou ta gendwa di: «Èske se ta posib pou Jezi pa t konnen lide sa yo yo te genyen an?» Ditou pa! Se paske Li te reyèlman konprann Pyè—an reyalite, yo ta ka di Li te gen yon gwo konpreyansyon sou li—kifè Jezi pa t pran okenn mezi kont li. Li te rayi limanite men Li te gen pitye pou yo tou. Èske pa gen anpil moun nan mitan nou kounye a ki gen rezistans menm jan Pòl te ye a, epi ki gen anpil konsepsyon menm jan Pyè te genyen anvè Seyè Jezi nan moman sa a? M ap di ou, li t ap pi bon si ou pa t twò kwè nan twazyèm sans ou an. Jan ou wè bagay yo pa fyab ditou epi koripsyon Satan te gentan kraze l nèt depi lontan. Èske ou panse jan ou wè bagay yo pafè epi li san defo? Pòl te reziste kont Seyè Jezi anpil fwa, men Jezi pa t gen okenn reyaksyon. Èske se ta posib pou Jezi te kapab geri moun malad epi chase demon, epoutan Li pa t kapab chase «demon» ki te nan Pòl la? Poukisa se sèlman apre Jezi te leve soti vivan pami mò yo epi moute nan syèl la, pandan Pòl t ap kontinye arete disip Jezi yo san kontwòl, Jezi te finalman parèt devan l sou wout Damas la epi Li te frape l atè? Èske se ta posib pou Seyè Jezi te reyaji twò dousman? Oswa èske se te paske Li pa t gen okenn otorite pandan Li te nan lachè a? Èske ou panse lè w ap kraze bagay yo an kachèt epi w ap reziste kont Mwen, Mwen pa konnen? Èske ou panse ti moso ekleraj ou resevwa nan men Sentespri a kapab sèvi pou reziste kont Mwen? Lè Pyè pa t twò gen matirite, li te gen anpil lide konsènan Jezi, alò poukisa li pa t fè eksperyans okenn repwòch? Kounye a, anpil moun ap fè bagay san yo pa santi okenn repwòch, epi menm lè yo di yo aklè sa y ap fè a pa bon, yo toujou pa koute. Èske se pa totalman akòz rebelyon lòm? Mwen te tèlman di anpil bagay kounye a, men ou toujou pa gen menm yon ti kras konsyans, alò kijan w ap kapab mache nan dènye pati chemen an, pou kontinye mache jouk chemen an fini an? Èske ou pa santi sa a se yon bagay ki gen kokennchenn enpòtans?

Apre yo fin konkeri moun yo, yo kapab soumèt anba òkestrasyon Bondye, epi yo kapab swiv Bondye lè yo konte sou lafwa yo ak detèminasyon yo genyen pou yo renmen Li. Alò, kijan moun ka mache nan dènye pati chemen an? Pandan jou tribilasyon yo, ou dwe andire tout difikilte, epi ou dwe gen detèminasyon pou ou soufri; se sèlman konsa ou ka byen mache nan pati chemen sa a. Èske ou panse li tèlman fasil pou mache nan pati chemen sa a? Ou dwe konnen ki fonksyon ou dwe akonpli; nou dwe ogmante kalib nou epi ekipe tèt nou ak ase verite. Se pa yon travay ki fèt nan yon jou oswa de, epi li pa senp jan ou panse a! Mache nan dènye pati chemen an depann de ki jan lafwa ou ak detèminasyon ou ye vrèman. Petèt ou pa ka wè Sentespri a k ap travay nan ou, oswa petèt ou pa kapab dekouvri travay Sentespri a nan legliz la, kifè ou pesimis, ou desi, epi ou pa gen okenn espwa pou wout ki devan an. An patikilye, gwo gèrye nan tan lontan yo tout tonbe—èske tout bagay sa yo se pa yon gwo kou pou ou? Kijan ou dwe wè bagay sa yo? Èske ou gen lafwa oubyen ou pa genyen? Èske ou byen konprann travay jodi a oubyen ou pa konprann li? Bagay sa yo kapab detèmine si ou kapab byen mache dènye pati chemen an jouk nan bout.

Poukisa yo di kounye a nou nan dènye pati chemen an? Se paske nou te konprann tout sa nou ta dwe konprann, epi paske Mwen te di nou tout sa moun dwe reyalize. Mwen te pale nou tou sou tout sa yo te konfye nou. Donk, sa nou ap mache kounye a se dènye pati nan chemen kote M ap dirije moun yo. Mwen sèlman mande pou nou rive gen kapasite pou viv endepandan; nan tout moman, ou ap toujou gen yon wout pou pran, w ap toujou kapab ogmante kalib ou, li pawòl Bondye yo nòmalman, epi mennen yon lavi moun nòmal. Kounye a, Mwen ap dirije ou pou viv nan fason sa a, men alavni lè Mwen pa dirije ou, èske w ap toujou kapab? Èske w ap kapab kontinye avanse? Sa a se te eksperyans Pyè: Lè Jezi t ap dirije li, li pa t gen anpil konpreyansyon; li te toujou san sousi tankou yon timoun, e li pa t pran anyen li te fè oserye. Se sèlman apre Jezi te fin ale li te kòmanse lavi moun nòmal li. Lavi li ki gen sans te sèlman kòmanse apre Jezi te fin ale. Menmsi li te posede yon pati nan rezon imanite nòmal la ansanm ak kèk nan bagay yon moun nòmal dwe posede, epoutan vrè eksperyans li ak vrè pouswit li pa t gen yon nouvo kòmansman jiskaske Jezi te fin ale. Kijan sitiyasyon nou ye kounye a? Kounye a Mwen ap dirije nou nan fason sa a, epi ou panse sa a mèveye. Pa gen okenn anviwònman ak eprèv ki tonbe sou ou, epoutan nan fason sa a pa gen mwayen pou wè ki kalite nivo espirityèl ou reyèlman genyen, ni pa gen okenn mwayen pou wè si ou vrèman se yon moun k ap pouswiv verite a. Ou di ak bouch ou ou konprann pwòp sibstans ou, men sa yo se pawòl vid. Se sèlman alavni, lè evènman reyèl tonbe sou ou, konpreyansyon ou an ap jwenn verifikasyon. Kounye a, ou gen kalite konpreyansyon sa a: «Mwen konprann pwòp lachè mwen kowonpi anpil, epi sibstans lachè moun se rebele kont Bondye epi reziste kont Li. Lè yon moun kapab resevwa jijman ak chatiman Bondye, se Bondye k ap leve moun yo. Mwen konprann sa kounye a, epi mwen dispoze rekonpanse Bondye pou lanmou Li.» Sa a fasil pou di, men pi ta lè tribilasyon, eprèv, ak soufrans tonbe sou ou, li p ap fasil pou fè eksperyans bagay sa yo. Nou ap swiv konsa chak jou, men nou toujou pa kapab kontinye eksperyans nou. Li t ap pi mal toujou si Mwen ta lage nou epi Mwen pa t okipe nou ankò; pifò moun t ap tonbe epi yo t ap tounen yon poto sèl, yon mak lawont. Bagay sa yo trè posib pou rive. Èske ou pa enkyete oswa angwase pou sa? Pyè te pase anba kalite anviwònman sa a epi li te fè eksperyans kalite soufrans sa a, men li te toujou rete fèm. Si ou te pase anba anviwònman sa a, èske ou t ap kapab rete fèm? Bagay Jezi te di yo ak travay Li te fè pandan Li te sou tè a te bay Pyè yon fondasyon, e se sou fondasyon sa a li te mache nan chemen l pi ta. Èske nou kapab rive nan nivo sa a? Chemen nou te mache yo ak verite nou te konprann yo—èske yo ka tounen fondasyon ou kote ou kapab rete fèm alavni? Èske bagay sa yo ka tounen vizyon ou pou rete fèm pi ta? Mwen ap di nou verite a—yon moun ta ka di sa moun yo konprann kounye a se sèlman doktrin. Sa se paske yo pa fè eksperyans nan tout bagay yo konprann yo. Si ou te kapab kontinye jouk jounen jodi a, se totalman paske nouvo limyè te dirije ou. Se pa paske nivo espirityèl ou rive nan yon sèten nivo, men se pito paske pawòl Mwen yo te mennen ou jouk jounen jodi a; se pa paske ou gen yon gwo lafwa, men se pito akoz sajès pawòl Mwen yo, ki te rann ou pa kapab fè anyen lòt pase swiv jouk jounen jodi a. Si Mwen pa t pale kounye a, si Mwen pa t fè tande vwa Mwen, ou pa t ap kapab kontinye e ou t ap sispann avanse imedyatman. Èske sa a se pa vrè nivo espirityèl nou? Nou pa gen okenn lide nan ki aspè pou nou antre epi nan ki aspè pou nou konble sa nou manke yo. Nou pa konprann kijan pou nou viv yon lavi moun ki gen sans, kijan pou nou rekonpanse Bondye pou lanmou Li, oswa kijan pou nou temwaye nan yon fason ki djanm epi ki gen anpil fòs. Nou totalman enkapab pou reyalize bagay sa yo. Nou parese epi nou sòt tou! Tout sa nou kapab fè se konte sou yon lòt bagay, epi sa nou konte sou li a se nouvo limyè ak Sila a ki devan an, k ap dirije nou. Si ou te kapab pèsevere jouk jodi a se paske ou te totalman depann sou nouvo limyè ak dènye deklarasyon yo. Nou pa sanble ak Pyè ditou, li menm ki te konn byen pouswiv vrè chemen an, oswa tankou Jòb, li menm ki te kapab adore Jewova avèk lwayote epi kwè Jewova se Bondye kèlkeswa jan Jewova te pase l anba eprèv, epi kit Li te beni l kit Li pa t beni l. Èske ou kapab fè sa? Kijan yo te konkeri nou? Yon bò, se atravè jijman, chatiman, ak madichon, epi yon lòt bò, se atravè mistè yo yo te konkeri nou. Nou tout tankou bourik. Si sa Mwen pale a pa ase wo pou nou, si pa gen mistè, lè sa a yo pa kapab konkeri nou. Si se te yon moun ki t ap preche epi li te toujou preche menm bagay yo pandan yon bout tan, nou tout t ap kite epi gaye nan mwens pase dezan; nou pa t ap kapab kontinye. Nou pa konnen kijan pou nou ale pi fon, ni nou pa konprann kijan pou nou pouswiv verite a oswa chemen lavi a. Tout sa nou konprann se resevwa yon bagay ki parèt tou nèf pou nou, tankou tande pale de mistè oswa vizyon, oswa kijan Bondye te konn travay anvan, oswa eksperyans Pyè yo, oswa kontèks krisifiksyon Jezi a…. Nou sèlman vle tande pale sou bagay sa yo, epi plis nou koute se plis nou vin gen enèji. Nou sèlman ap koute tout bagay sa yo pou fè tristès ak annwi nou pase. Lavi nou kenbe totalman grasa nouvo bagay sa yo. Èske ou panse ou rive kote ou ye jodi a grasa pwòp lafwa pa ou? Èske sa a se pa ti moso nivo espirityèl ki mèg e mizerab nou posede a? Kote entegrite nou? Kote imanite nou? Èske nou genyen lavi yon èt imen? Konbyen nan eleman pou nou vin pafè nou posede? Èske sa Mwen ap di a se pa reyalite? Mwen pale epi Mwen travay nan fason sa a, men malgre sa nou prèske pa okipe sa. Pandan nou ap swiv, nou ap gade tou. Nou toujou kenbe yon aparans kòmsi anyen pa gade nou, epi nou toujou kite yo mennen nou nan nen. Se konsa nou tout te avanse; sa ki te mennen nou kote nou ye jodi a se sèlman chatiman, rafinman, ak koreksyon. Si se te sèlman kèk prèch sou aksè nan lavi yo te preche, èske nou tout pa t ap gentan sove kite sa depi lontan? Nou chak pi pretansye pase lòt, men an reyalite vant nou plen sèlman ak dlo santi! Ou te sèlman kapab pase ak difikilte jouk jounen jodi a paske ou te rive konprann kèk mistè, kèk bagay èt imen pa t janm konprann anvan. Nou pa gen okenn rezon pou nou pa swiv, donk nou te jis oblije fòse tèt nou epi swiv foul la. Sa a se senpleman rezilta ki reyalize atravè pawòl Mwen yo, epi se sètènman pa yon gwo zèv nou menm nou te akonpli. Pa gen anyen ki merite lwanj nan nou. Donk, nan etap travay sa a, yo te mennen nou jouk jounen jodi a sitou atravè pawòl. Sinon, kiyès nan mitan nou ki t ap kapab obeyi? Kiyès ki t ap kapab pèsevere jouk jodi a? Depi okòmansman nou te vle ale nan premye okazyon ki te prezante a, men nou pa t oze fè sa; nou te manke kouraj. Jouk jodi a, nou ap swiv ak de kè.

Se sèlman apre yo te fin kloure Jezi sou kwa a epi Li te ale, Pyè te kòmanse pwòp vwayaj li epi li te kòmanse mache nan chemen li te dwe pran an; li te kòmanse ekipe tèt li sèlman apre li te wè pwòp feblès ak enpèfeksyon l yo. Li te wè kè ki renmen Bondye li te genyen an te twò piti epi detèminasyon l pou l soufri a pa t sifi, li pa t gen okenn bon konprann, epi li te manke rezon. Li te wè te gen anpil bagay nan li ki pa t ann akò ak entansyon Jezi yo, epi te gen anpil bagay ki te rebèl ak rezistan e ki te kontamine ak volonte lèzòm. Se sèlman apre sa li te jwenn antre nan chak aspè. Lè Jezi t ap dirije li epi Li te ekspoze eta li a, Pyè te rekonèt sa epi li te dakò fasilman ak sa Jezi te di a, epoutan li te toujou manke vrè konpreyansyon jiskaske apre sa. Sa se te paske nan moman sa a, li pa t gen okenn eksperyans ditou ni li pa t gen konesans sou pwòp nivo espirityèl li. Sa vle di, kounye a Mwen jis ap sèvi ak pawòl pou dirije nou, epi sa pa kapab rann nou pafè nan yon ti bout tan, li kapab sèlman pèmèt nou konprann epi konnen verite a. Sa se paske konkeri ou epi fè ou konvenki nan kè ou se travay k ap fèt nan moman an, epi se sèlman apre yo fin konkeri ou kèk nan nou ap kapab vin pafè. Kounye a, vizyon sa yo ansanm ak verite sa yo ou konprann ap poze yon fondasyon pou eksperyans ou yo nan lavni; nan tribilasyon k ap vini yo nou tout pral gen eksperyans reyèl de pawòl sa yo. Pi ta, lè eprèv tonbe sou ou epi w ap pase anba tribilasyon, ou pral sonje pawòl ou di jodi a, ki se: «Kèlkeswa tribilasyon, eprèv, oswa gwo katastwòf mwen rankontre, mwen dwe satisfè Bondye.» Ou pral reflechi sou eksperyans Pyè yo epi answit eksperyans Jòb yo—ou pral jwenn ankourajman nan pawòl jodi a. Se sèlman nan fason sa a lafwa ou kapab jwenn enspirasyon. Nan moman sa a, Pyè te di li pa t diy pou l resevwa jijman ak chatiman Bondye, epi lè lè a rive ou ap dispoze tou pou fè tout moun wè dispozisyon dwat Bondye a atravè ou. Ou ap aksepte jijman ak chatiman Li yo fasilman, epi jijman Li, chatiman Li, ansanm ak madichon Li pral yon konsolasyon pou ou. Kounye a, sa p ap mache ditou pou ou pa ekipe tèt ou avèk verite a. San li, nonsèlman ou p ap kapab rete fèm alavni, men ou ta gendwa pa kapab fè eksperyans travay k ap fèt nan moman an. Si se ka sa a, èske ou pa pral youn nan moun yo elimine epi pini yo? Kounye a, pa gen okenn evènman reyèl ki tonbe sou ou, epi Mwen ba ou pwovizyon nan kèlkeswa aspè ou manke yo; Mwen pale nan tout aspè. Nou tou senpleman pa andire anpil soufrans epi nou jis pran sa ki disponib, epi nou pa peye okenn pri tou, alewè pou nou ta gen pwòp eksperyans reyèl pa nou oswa pwòp bon konprann pa nou. Se poutèt sa, sa nou konprann nan se pa vrè nivo espirityèl nou. Nou limite sèlman nan konprann, gen konesans, epi wè, men nou pa fè yon gwo rekòt. Si Mwen pa t janm okipe nou men Mwen te kite nou fè eksperyans nan pwòp lakay nou, nou t ap gentan kouri al nan gran mond la depi lontan. Chemen w ap mache nan lavni an pral yon pakou soufrans, epi si ou mache nan pati chemen sa a avèk siksè, lè sa a ou ap gen temwayaj lè w ap pase anba pi gwo tribilasyon alavni. Si ou konprann siyifikasyon lavi moun epi ou pran bon chemen an nan lavi a, epi si alavni—kèlkeswa jan Bondye aji avèk ou—ou kite tèt ou anba mizèrikòd òkestrasyon Li yo, ou pa fè okenn plent oswa chwa, epi ou pa fè okenn egzijans bay Bondye, lè sa a nan fason sa a ou ap yon moun ki gen valè. Kounye a, ou poko pase anba tribilasyon, kidonk ou kapab soumèt anba nenpòt bagay. Ou di kèlkeswa jan Bondye dirije a, li bon, epi ou kite tout bagay nan men òkestrasyon Bondye. Kit Bondye chatye ou oswa Li ba ou madichon, w ap dispoze satisfè Li. Sepandan, sa ou di kounye a pa nesesèman reprezante nivo espirityèl ou. Sa ou dispoze fè kounye a pa kapab montre ou kapab swiv jouk nan fen. Lè gwo tribilasyon tonbe sou ou oswa lè w pase anba kèk pèsekisyon oswa kontrent oswa menm pi gwo eprèv, lè sa a ou p ap kapab di pawòl sa yo. Si ou kapab genyen kalite konpreyansyon sa a lè lè a rive epi ou rete fèm, sa ap vrè nivo espirityèl ou. Kijan Pyè te ye nan moman sa a? Pyè te di: «Seyè, mwen ap bay lavi m pou Ou. Si Ou ta vle m mouri, m ap mouri!» Se konsa li te priye nan moman sa a. Li te di tou: «Menmsi lòt moun pa renmen Ou, mwen dwe renmen Ou jouk nan fen. Mwen ap swiv Ou toutan.» Se sa li te di nan moman sa a, men kou eprèv te tonbe sou li, li pa t ka kenbe fèm epi li te kriye. Nou tout konnen Pyè te nye Seyè a twa fwa, pa vre? Gen anpil moun ki pral kriye epi k ap montre feblès lèzòm lè eprèv tonbe sou yo. Ou pa mèt pwòp tèt ou. Nan sa a, ou pa kapab kontwole tèt ou. Petèt jodi a w ap byen debouye w reyèlman, men sa se paske ou gen yon anviwònman apwopriye. Si sa chanje demen, ou ap montre lachte ak enkonpetans ou, karaktè meprizab ak vil ou. «Kouraj gason» ou a ap gentan tounen zewo depi lontan, epi pafwa ou ka menm abandone travay ou epi ale. Sa montre sa ou te konprann nan moman an pa t nivo espirityèl reyèl ou. Yon moun dwe gade nivo espirityèl reyèl yon moun pou l wè si li reyèlman renmen Bondye, si li kapab vrèman kite tèt li anba mizèrikòd òkestrasyon Bondye yo, epi si l kapab mete tout fòs li pou l reyalize sa Bondye mande; epi pou l wè si l rete lwayal ak Bondye epi si l ofri pi bon nan tout bagay bay Bondye, menm si sa vle di pou l sakrifye pwòp lavi li.

Ou dwe sonje yo te di pawòl sa yo kounye a: Pi ta, ou pral fè eksperyans pi gwo tribilasyon ak pi gwo soufrans! Vin pèfeksyone pa senp ni fasil. Omwen ou dwe posede lafwa Jòb te genyen an, oswa menm yon pi gwo lafwa pase pa l la. Ou dwe konnen eprèv ki nan lavni yo pral pi gwo pase eprèv Jòb yo, epi ou dwe pase anba chatiman pandan lontan. Èske sa senp? Si kalib ou pa kapab ogmante, si ou manke kapasite pou konprann, epi si ou konnen twò piti, lè moman sa a rive ou p ap gen okenn temwayaj, okontrè w ap tounen yon rizib, yon jwèt nan men Satan. Si ou pa kapab kenbe vizyon yo kounye a, lè sa a ou pa gen okenn fondasyon ditou, epi alavni y ap mete w sou kote pou toujou! Pa gen okenn pati nan chemen an ki fasil pou mache, donk pa pran sa alalejè. Reflechi byen epi fè preparasyon sou kijan pou w byen mache nan dènye pati chemen sa a. Sa a se chemen yo dwe mache alavni, chemen tout moun dwe mache a. Ou pa dwe neglije konesans sa a; pa panse sa Mwen ap di ou la a se pawòl nan van. Jou a ap rive kote ou pral byen sèvi ak tout pawòl sa yo—pawòl Mwen yo pa ka pale anven. Kounye a se moman pou w ekipe tèt ou, moman pou w prepare wout la pou lavni. Ou ta dwe prepare chemen ou pral mache ladan l alavni an; ou ta dwe enkyete w epi gen kè sere sou fason w ap kapab rete fèm alavni, epi prepare w byen pou chemen ou nan lavni an. Pa glouton ni parese! Ou dwe fè absoliman tout sa ou kapab pou w sèvi ak tan w pi byen, yon fason pou ou ka jwenn tout sa ou bezwen. Mwen ba ou tout bagay yon fason pou ou ka konprann. Nou wè ak pwòp je nou ke nan mwens pase twazan, Mwen te di anpil bagay konsa epi Mwen te fè anpil travay konsa. Youn nan rezon ki fè Mwen t ap travay nan fason sa a se paske lòm manke anpil bagay, e yon lòt rezon se paske tan an twò kout; pa ka gen okenn lòt reta ankò. Ou imajine moun dwe gentan gen yon konpreyansyon ki klè nèt anvan li ka temwaye epi anvan Bondye ka sèvi avè l—men èske sa pa t ap twò dousman? Alò, pandan konbyen tan M ap gen pou m akonpanye w? Si ou ta vle pou M akonpanye ou jiskaske ou fin granmoun epi cheve ou tounen blan, sa t ap enposib! Se lè moun pase anba pi gwo tribilasyon, yo vin gen yon vrè konpreyansyon anndan yo. Sa yo se etap travay la. Depi ou fin byen konprann vizyon nou te kominye sou yo jodi a epi ou rive jwenn vrè nivo espirityèl, lè sa a kèlkeswa soufrans ou pase anba l alavni p ap kraze w, epi w ap kapab rete fèm. Lè Mwen fin fè dènye etap travay sa a epi Mwen fin pwononse dènye pawòl yo, alavni moun ap bezwen mache nan pwòp chemen pa l. Sa pral akonpli pawòl ki te pwononse anvan yo: Sentespri a gen yon manda pou chak moun, ak yon travay pou l fè nan chak moun. Alavni, chak moun ap mache nan chemen li dwe mache a, anba direksyon Sentespri a. Kiyès k ap kapab pran swen lòt moun pandan y ap pase anba tribilasyon? Chak moun ap gen pwòp soufrans pa l, epi chak moun ap gen pwòp nivo espirityèl pa l. Nivo espirityèl okenn moun p ap menm ak pa yon lòt. Mari yo p ap kapab pran swen madanm yo, oswa paran yo p ap kapab pran swen pitit yo; pèsonn p ap kapab pran swen lòt moun. Sa p ap tankou kounye a, kote li toujou posib pou youn pran swen lòt epi pou youn sipòte lòt. Sa pral yon epòk kote tout kalite moun pral parèt aklè. Sa vle di, lè Bondye frape gadò yo, mouton ki nan bann nan ap gaye, epi nan moman sa a nou p ap gen okenn vrè lidè. Moun yo ap divize—sa p ap tankou kounye a, kote nou kapab reyini ansanm. Alavni, moun ki pa gen travay Sentespri a pral montre vrè nati yo. Mari ap vann madanm yo, madanm ap vann mari yo, pitit ap vann paran yo, epi paran ap pèsekite pitit yo—kè moun depase tout konpreyansyon! Tout sa yon moun ka fè se kenbe sa li genyen an fèm, epi byen mache nan dènye pati chemen an. Kounye a, nou pa wè sa klè; nou tout wè de pye devan nou sèlman. Se pa yon ti bagay pou w byen pase nan etap travay sa a.

Tan tribilasyon an p ap dire twòp; an reyalite, l ap dire mwens pase yon ane. Si l ta dire yon ane, pwochen etap travay la t ap pran reta, epi nivo espirityèl moun yo pa t ap sifi. Si l ta dire twòp, lè sa a moun yo pa t ap kapab sipòte l. Dayè, nivo espirityèl moun gen limit li. Apre pwòp travay Mwen an fin fèt, pwochen etap la se pral pou moun mache nan chemen yo dwe mache a. Tout moun dwe konprann ki chemen yo dwe mache—se yon chemen ak yon pwosesis soufrans, e li se yon chemen tou pou rafine detèminasyon ou genyen pou renmen Bondye. Nan ki verite ou dwe antre, ki verite ou bezwen pou w konble mank ou yo, kijan ou dwe fè eksperyans, epi nan ki aspè ou dwe antre—ou dwe konprann tout bagay sa yo. Ou dwe ekipe tèt ou kounye a. Lè tribilasyon an tonbe sou ou, l ap twò ta. Chak moun dwe pote yon fado pou pwòp lavi pa yo—pa toujou tann pou lòt moun avèti ou oswa pou yo rabache menm bagay yo nan zòrèy ou chak jou. Mwen di anpil bagay konsa, men ou toujou pa konnen nan ki verite ou dwe antre oswa avèk kisa ou dwe ekipe tèt ou. Sa montre ou pa t fè okenn efò pou li pawòl Bondye yo. Ou pa pote okenn fado ditou pou pwòp lavi pa ou—kijan sa ka akseptab? Ou pa klè sou sa ou ta dwe antre ladan l lan, ou pa konprann sa ou ta dwe konprann nan, epi ou toujou nan konfizyon total konsènan ki chemen ou dwe pran alavni. Èske ou pa totalman san valè? Ki sa ou bon pou fè? Sa nou ap fè kounye a se bati epi prepare pwòp wout pa nou. Ou dwe konnen sa moun dwe reyalize epi ou dwe konnen estanda Bondye mande pou limanite yo. Ou dwe gen konpreyansyon sa a: Kèlkeswa jan sa ye, menmsi mwen kowonpi anpil, mwen dwe konble mank sa yo devan Bondye. Anvan Bondye te di m sa, mwen pa t konprann, men kounye a Li di m sa epi mwen konprann, mwen dwe prese pou m konble mank sa yo, viv yon imanite nòmal, epi viv yon imaj ki kapab satisfè entansyon Bondye yo. Menmsi mwen pa kapab reyalize sa Pyè te reyalize a, omwen mwen ta dwe viv yon imanite nòmal. Nan fason sa a, mwen kapab satisfè kè Bondye.

Dènye pati chemen sa a ap kòmanse kounye a pou rive jouk lè tribilasyon nan lavni an fini. Se nan pati chemen sa a vrè nivo espirityèl moun yo ap parèt aklè, epi l ap montre tou si wi ou non yo gen vrè lafwa. Paske pati chemen sa a ap pi rèd, pi plen wòch pase tout chemen yo te janm mennen moun pase anvan, yo rele li «dènye pati chemen an». An reyalite, se pa dènye bout chemen an; paske apre ou fin pase anba tribilasyon an, answit ou pral pase nan travay simaye levanjil la epi ap gen yon pòsyon moun ki pral pase nan travay kote Bondye ap sèvi avè yo a. Donk, «dènye pati chemen an», yo sèlman pale de sa pou fè referans a tribilasyon pou rafine moun yo ansanm ak anviwònman difisil la. Nan moso chemen sa a ou te mache nan tan pase a, Mwen te pèsonèlman dirije ou nan vwayaj ki te plen kè kontan sa a, Mwen te kenbe men ou pou Mwen anseye ou, epi Mwen te ba ou manje ki soti nan pwòp bouch Mwen. Byenke ou pase anba chatiman ak jijman plizyè fwa, yo pa t plis pase yon seri ti frap lejè parapò ak ou. Se vre, sa te fè pèspektiv ou sou lafwa nan Bondye chanje anpil; sa te fè dispozisyon ou estabilize anpil tou, epi sa te pèmèt ou jwenn yon ti kras konpreyansyon sou Mwen. Men, sa Mwen ap di a, se ke lè moun yo t ap mache nan pati chemen sa a, pri yo te peye a oswa tout efò, enèji ak sakrifis yo te fè yo te vrèman piti—se Mwen menm ki te dirije ou jouk kote ou ye jodi a. Sa se paske Mwen pa mande ou pou fè anyen; an reyalite, egzijans Mwen genyen pou ou yo pa wo ditou—Mwen jis pèmèt ou pran sa ki disponib la. Pandan peryòd tan sa a, Mwen te satisfè bezwen nou san rete, epi Mwen pa t janm egzije twòp bagay. Nou soufri anba chatiman plizyè fwa, epoutan nou pa rive satisfè egzijans orijinal Mwen yo; nou fè bak, epi nou vin dekouraje. Sepandan, Mwen pa pran tout sa an konsiderasyon paske kounye a se lè Mwen menm Mwen ap travay pèsonèlman, epi Mwen pa pran «devouman» ou genyen pou Mwen an twò oserye. Men nan chemen ki devan an, Mwen p ap ni travay ni pale ankò, epi lè lè a rive Mwen p ap kite nou kontinye nan fason parese sa a ankò. Mwen ap pèmèt nou gen anpil leson pou nou aprann, epi Mwen p ap kite nou annik pran sa ki disponib la konsa. Vrè nivo espirityèl nou genyen jodi a dwe parèt aklè. Kit efò nou te fè pandan plizyè ane a bay rezilta finalman kit li pa bay rezilta, sa depann de fason nou mache nan dènye pati chemen sa a. Nan tan lontan, nou te panse kwè nan Bondye te trè senp, e sa se te paske Bondye pa t aji avèk ou yon fason ki sevè. E kounye a? Èske nou panse kwè nan Bondye senp? Èske nou toujou santi kwè nan Bondye fè nou kontan epi san sousi menm jan ak timoun k ap jwe nan lari? Se vre nou se mouton; sepandan, nou dwe kapab mache nan chemen nou dwe mache a yon fason pou nou ka rekonpanse Bondye pou gras Li, epi pou nou kapab genyen totalman Bondye nou kwè nan Li a. Pa fè tèt nou pase pou moun sòt, epi pa twonpe tèt nou! Si ou kapab rive nan fen pati chemen sa a, lè sa a ou ap kapab wè espektak san presedan travay levanjil Mwen an k ap simaye nan tout linivè a nèt, epi ou ap gen chans pou w vin moun ki entim ak Mwen, epi pou w jwe wòl pa ou nan simaye travay Mwen anndan linivè a. Lè sa a, w ap kontinye mache ak anpil jwa nan chemen ou dwe mache a. Avni an ap klere san limit, men sa ki pi enpòtan kounye a se byen mache nan dènye pati chemen sa a. Ou dwe chèche kijan pou w fè sa, epi prepare w pou sa. Se sa menm ou dwe fè kounye a; kounye a sa se yon ijans!

Anvan: Siyifikasyon Sali Desandan Moab yo

Apre: Konsènan Misyon Ou nan Lavni, Kijan Ou Ta Dwe Abòde L?

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger