Amelyorasyon Kalib Moun Fèt pou Yo ka Resevwa Sali Bondye
Amelyore kalib moun vle di egzije nou pou nou amelyore kapasite nou genyen pou nou konprann, yon fason pou nou kapab konprann pawòl Bondye yo epi konnen ki jan pou nou mete yo an pratik. Sa a se egzijans ki pi fondamantal nan tout. Si ou suiv Mwen san ou pa konprann sa Mwen di, èske w pa gen gen konfizyon nan lafwa ou? Kèlkeswa kantite pawòl Mwen pale, si yo depase kapasite nou, si nou pa kapab konprann yo kòrèkteman, kèlkeswa sa Mwen di, sa vle di kapasite nou twò ba. San kapasite pou nou konprann, nou pa kapab konprann anyen nan sa Mwen di, sa ki fè li trè difisil pou nou rive jwenn efè li dwe reyalize a; gen anpil bagay Mwen pa kapab di nou dirèkteman, e enpak Mwen gen entansyon reyalize a pa kapab rive, kidonk sa mande plis travay. Piske kapasite nou genyen pou nou konprann, kapasite nou genyen pou nou wè bagay yo, ansanm ak estanda nou viv selon yo twò ensifizan, travay “amelyorasyon kalib” la dwe fèt sou nou. Sa inevitab, e pa gen okenn lòt chwa. Se sèlman konsa kèk efè kapab reyalize; si se pa sa, tout pawòl Mwen di yo t ap pou granmesi. E èske nou tout pa t ap antre nan listwa kòm pechè? Èske nou pa t ap vin tounen pi move moun sou tè a? Èske nou pa konnen ki travay k ap fèt sou nou, ak kisa yo mande nou? Nou ta dwe konnen pwòp kalib nou: li pa satisfè egzijans Mwen yo ditou. E èske sa pa retade travay Mwen an? Dapre kalib ak karaktè nou genyen kounye a, pa gen youn nan nou ki diy pou rann temwayaj pou Mwen, ni pa gen youn nan nou ki nan nivo pou pote gwo responsablite travay Mwen pral fè alavni an. Èske nou pa santi nou wont anpil? Si nou kontinye konsa, kijan nou ka satisfè entansyon Mwen yo? Ou ta dwe anrichi lavi ou. Pa kite tan gaspiye—pa gen okenn valè nan sa. Ou ta dwe konnen ak ki sa ou dwe ekipe tèt ou. Pa panse ou se yon moun ki konn fè tout bagay—ou gen yon wout long pou w fè toujou! Ki lòt bagay ki rete pou di, piske ou pa menm posede minimòm bon sans ou ta dwe genyen sou limanite? Èske tout bagay sa yo pa fèt pou granmesi? Kanta pou limanite ak kalib Mwen egzije a, pa gen youn nan nou ki rive nan estanda sa a konplètman. Li ekstrèmman difisil pou jwenn yon moun ki apwopriye pou Bondye sèvi avè l. Nou kwè nou kapab fè pi gwo travay pou Mwen epi Mwen kapab konfye nou pi gwo bagay; an reyalite, nou pa menm konnen kijan pou nou antre nan anpil nan leson ki la devan je nou yo—alò, kijan nou ta kapab antre nan verite ki pi pwofon yo? Antre nou dwe fèt nivo pa nivo, etap pa etap. Sa pa dwe fèt an dezòd; sa pa bon. Kòmanse ak antre ki pi fasil la: Li pawòl sa yo liy aprè liy, jiskaske ou fin byen konprann yo. Lè w ap li pawòl Bondye yo, pa jis pase sou yo, tankou yon moun k ap gade flè pandan l ap kouri sou cheval, epi pa fè lekti a sèlman pou w bay aparans ou ap li. Ou kapab li kèk liv referans tou, tankou liv sou gramè oswa sou retorik, pou ogmante konesans ou. Men, pa li woman damou, byografi gwo moun, oswa liv sou syans sosyal; bagay sa yo pa pote okenn benefis pou ou, e yo kapab sèlman fè ou mal. Ou dwe metrize tout sa ou dwe antre ladan l epi konprann li. Objektif pou ogmante kapasite moun yo se pou fè yo vin gen konsyans de pwòp esans yo, idantite yo, pozisyon yo ak valè yo. Ou dwe konprann poukisa moun dwe chèche laverite nan kwayans yo genyen nan Bondye, epi si li akseptab pou moun pa ogmante kapasite yo. Li enperatif pou nou kontinye edike tèt nou; nou pa dwe lage sa! Nou dwe konprann poukisa kapasite moun yo dwe ogmante, kijan li dwe ogmante, ak nan ki aspè yo dwe antre. Nou dwe konprann siyifikasyon viv yon limanite nòmal, poukisa travay sa a dwe fèt, ak ki wòl lòm dwe jwe. Pa egzanp, lè n ap edike tèt nou, nou dwe konprann ki aspè nou dwe etidye, ak ki fason yon moun dwe antre ladan yo. Nou tout dwe konnen ki objektif ki genyen nan edike tèt nou. Èske se pa pou nou konprann pawòl Bondye yo epi antre nan laverite? Ki sa ki domine nan tout legliz yo jodi a? Lè yo mande moun yo pou yo edike tèt yo, yo bliye pran plezi nan pawòl Bondye yo, e tout jounen yo pa fè anyen ankò ke edike tèt yo. Si yo mande yo viv yon limanite nòmal, y ap sèlman konsantre yo sou mete kay yo nan lòd, fè manje, oswa achte istansil kwizin. Bagay sa yo ap vin sèl sousi yo; yo p ap menm konnen kijan pou yo mennen yon lavi legliz nòmal. Si ou twouve ou nan sitiyasyon sa a, sa montre ou deja devye nan pratik ou. Alò, poukisa yo mande pou ou antre nan lavi espirityèl la? Si se sèlman bagay sa yo ou aprann, ou pap kapab akonpli sa yo mande w la. Antre nan lavi a toujou rete bagay ki pi enpòtan an; pandan se tan, rezon ki fè travay sa a fèt se pou rezoud difikilte moun rankontre nan eksperyans yo. Lè ogmante kalib ou, sa ba ou konesans sou nati moun ak esans lòm, e objektif prensipal li se pou lavi espirityèl moun grandi epi pou dispozisyon yo chanje. Ou ka konnen kijan pou w abiye epi fè tèt ou bèl, ou ka gen disènman epi ou ka saj, men finalman, lè jou a rive pou w al fè travay ou, ou pa kapab akonpli li. Se poutèt sa, ou dwe konsyan tou de sa ki dwe fèt pandan w ap ogmante kapasite w. Objektif la se chanje ou; ogmante kapasite ou se yon bagay siplemantè. Sa p ap mache si kapasite w pa amelyore, e si dispozisyon ou pa chanje, sa pi mal toujou. Ni youn ni lòt pa ka manke. Gen yon limanite nòmal pa vle di ou deja rann yon temwayaj ki sonnen byen fò; sa yo egzije nan men ou a pa senp konsa.
Se sèlman lè kapasite moun yo fin ogmante epi lè yo rive posede rezon ak fason moun ki gen yon limanite nòmal viv, epi yo gen antre nan lavi, se lè sa a y ap kapab pale de chanjman ak temwayaj. Lè jou a rive pou ou rann temwayaj, ou dwe pale tou de chanjman ki fèt nan lavi w kòm moun ansanm ak konesans ou genyen andedan w sou Bondye. Se sèlman konbinezon de aspè sa yo ki konstitye vrè temwayaj ou ak rekòt ou. Li pa sifi pou limanite ou chanje sèlman sou deyò, pandan ou pa gen okenn konpreyansyon anndan ou; menm jan an tou, sa p ap mache si ou gen konpreyansyon ak laverite anndan ou, men ou fini pa neglije viv yon limanite nòmal. Travay k ap fèt sou ou jodi a pa fèt pou aparans; li fèt pou chanje ou. Tout sa ou bezwen fè se konsantre ou sou chanje tèt ou. Ekri ak koute chak jou, san w pa fè anyen ankò nan lavi ou, pa sifi; nou dwe gen antre nan chak aspè. Nou dwe genyen lavi nòmal yon sen. Anpil sè abiye tankou jèn fi, epi frè yo tankou moun ki nan gwo pozisyon oswa gwo pèsonalite, yo manke diyite ak konpòtman ki dwe karakterize yon sen. Ogmante kapasite yon moun se yon bagay; sa fèt an pasan. Manje ak bwè pawòl Bondye yo se yon lòt bagay; se sa ki kle. Si kapasite ou te ogmante, men finalman ou pa t sèvi ak li paske ou pa t manje ak bwè pawòl Bondye yo, èske efò ou te fè pou aprann yo pa t ap gaspiye? Ou dwe mete de aspè sa yo ansanm. Poukisa yo mansyone konesans ou sou Bondye lè y ap pale de sa yo egzije ou? Èske se pa pou rezilta travay ki gen pou vini an? Aprè ou fin sibi konkèt la, ou dwe kapab pataje yon temwayaj sou eksperyans ou. Sa p ap mache si ou gen yon aparans deyò ki koresponn ak yon limanite nòmal, men ou pa kapab eksprime eksperyans ou yo. Pandan w ap mennen yon lavi espirityèl nòmal, ou dwe rive viv yon limanite nòmal tou; anpil aspè nan limanite nòmal sa a ou ap vin aprann natirèlman. Èske ou panse bale atè mande yon pratik espesyal? Sa ki pi mal toujou, se pase yon èdtan ap pratike fason pou kenbe bagèt lè w ap manje! Ki aspè limanite nòmal genyen ladan l? Disènman, rezon, konsyans ak entegrite. Si ou kapab rive nòmal nan chak aspè sa yo, limanite ou ap rive nan estanda yo mande a. Ou dwe genyen resanblans yon moun nòmal; ou dwe sanble ak yon moun ki kwè nan Bondye. Ou pa bezwen fè twòp, ni ou pa bezwen nan fè diplomasi; ou sèlman bezwen pou ou yon moun nòmal, ki rezone tankou yon moun nòmal, yon fason pou wè bagay yo klè, epi omwen gen aparans yon moun nòmal. Sa ap sifi. Tout sa yo egzije nan men ou jodi a nan limit kapasite ou; sa pa yon sitiyasyon kote y ap eseye fòse yon pwason viv sou tè. Pa gen okenn pawòl initil, ni okenn travay initil, k ap fèt sou ou. Ou dwe abandone tout lèdte ki eksprime oswa ki devwale nan lavi ou. Satan fin kòwonp nou, epi nou ranpli ak pwazon Satan yo. Sèl sa yo mande ou, se pou ou abandone dispozisyon kòwonpi satanik sa yo. Yo pa mande ou pou ou vin yon moun ki gen gwo ran, ni yon moun ki selèb oswa yon notab. Pa gen okenn sans nan sa. Travay ki fèt sou nou an fèt daprè sa ki deja egziste nan nou. Sa Mwen mande moun yo defini nan limit ki koresponn ak yo. Si ou ta pratike nan fason ak nan ton entèlektyèl yo pale, sa pa t ap mache; ou pa t ap kapab fè li. Daprè kapasite nou, omwen ou ta dwe kapab pale avèk sajès ak tak, epi eksplike bagay yo yon fason ki klè e ki fasil pou moun konprann. Se sèl sa ki nesesè pou satisfè egzijans yo. Si, omwen, ou vin gen disènman ak rezon, sa ap sifi. Sa ki pi enpòtan kounye a se abandone dispozisyon kòwonpi satanik ou yo. Ou dwe abandone lèdte ki manifeste nan ou a. Kijan ou kapab pale de rezon siprèm ak disènman siprèm si ou pa abandone bagay sa yo? Anpil moun, lè yo wè epòk la chanje, vin manke imilite ak pasyans; yo ka menm pa gen lanmou ni konpòtman ki ale ak diyite yon sen. Ala moun sa yo san sans! Èske yo gen menm yon ons limanite nòmal? Èske yo gen okenn temwayaj yo ka pale de li? Yo manke disènman ak rezon totalman. Natirèlman, gen kèk aspè nan pratik moun yo ki defòme e ki bezwen korije; pa egzanp, lavi espirityèl yo te genyen anvan ki te twò rijid, ansanm ak aparans egare e enbesil ke yo te genyen an—tout bagay sa yo dwe chanje. Men, chanjman pa vle di kite ou vin lage kò ou, oswa lage ou nan plezi lachè, pou ou di nenpòt sa ou vle. Ou pa dwe pale san mezi. Pou yon moun genyen pawòl ak konpòtman yon moun nòmal, sa vle di pale yon fason ki lojik e ki klè, di “wi” lè se wi, epi di “non” lè se non, rete fidèl ak reyalite yo, pale yon fason ki apwopriye, pa twonpe moun, epi pa bay manti. Ou dwe konprann nan ki limit yon moun nòmal kapab rive konsènan chanjman dispozisyon li. Si ou pa konprann sa, ou p ap kapab antre nan reyalite a.