Pratik (8)
Nou toujou pa konprann divès aspè verite a, epi toujou gen anpil defòmasyon nan pratik nou; nan anpil domèn, nou toujou ap viv selon konsepsyon ak imajinasyon nou yo, epi nou pa janm kapab byen konprann prensip pou pratike yo. Se poutèt sa, li toujou nesesè pou gide moun yo pou yo antre sou bon chemen an—sa vle di, pou yo kapab byen jere lavi imen yo ak lavi espirityèl yo, pou yo konnen kijan pou yo pratike nan tou de aspè yo, san yo pa bezwen moun soutni yo oswa gide yo souvan. Se sèlman lè sa a y ap rive genyen yon vrè nivo espirityèl. Epi menm si pa gen pèsonn pou gide ou nan lavni, w ap toujou kapab fè eksperyans poukont ou. Jodi a, si ou konprann ki aspè nan verite a ki enpòtan anpil ak kilès ki pa enpòtan, w ap kapab antre nan reyalite a pi devan. Jodi a, y ap mennen nou sou bon chemen an, sa ki pèmèt nou konprann anpil verite, e pi devan nou pral kapab ale pi fon. Nou kapab di sa y ap fè moun konprann kounye a se chemen ki pi pwòp la. Jodi a, y ap mennen ou sou bon wout la—epi lè p ap gen pèsonn pou gide w yon jou, w ap pratike epi w ap avanse pi fon selon chemen sa a ki pi pwòp pase tout lòt yo. Jodi a, y ap fè moun konprann ki kalite pratik ki kòrèk epi kilès ki gen devyasyon. Aprè yo fin konprann bagay sa yo, pi devan eksperyans yo ap vin pi pwofon. Jodi a, y ap korije konsepsyon, imajinasyon ak devyasyon ki nan pratik nou yo, epi y ap revele devan nou chemen pou pratike ak pou antre a; aprè sa, etap travay sa a ap fini, epi nou pral kòmanse mache sou chemen nou menm lèzòm ta dwe mache a. Lè sa a, travay Mwen an ap fini, epi depi nan moman sa a nou p ap janm rankontre avèk Mwen ankò. Jodi a, nivo espirityèl nou toujou piti. Gen anpil difikilte ki soti nan esans nati lòm, epi gen kèk bagay ki anrasinen byen fon ki poko detere. Nou pa konprann ti detay ki nan esans nati moun yo, epi nou toujou bezwen Mwen montre nou yo; sinon nou pa t ap kapab rekonèt yo. Nan yon moman, lè bagay ki nan zo nou ak nan san nou yo vin ekspoze, se sa yo rele chatiman ak jijman. Se sèlman lè travay Mwen an fin fèt nèt epi li akonpli nèt, Mwen ap fini l. Plis esans kowonpi nou yo ap ekspoze an pwofondè, se plis konesans n ap genyen, epi sa ap gen yon gwo enpòtans pou temwayaj ak pèfeksyon nou pral genyen pi devan. Se sèlman lè travay chatiman ak jijman an fin akonpli nèt, travay Mwen an ap konplè, epi n ap konnen Mwen grasa chatiman ak jijman Mwen. Nou p ap sèlman konnen dispozisyon Mwen ak dwati Mwen, men, sa ki pi enpòtan an, nou ap konnen chatiman ak jijman Mwen tou. Anpil nan mitan nou gen gwo konsepsyon sou lefètke travay Mwen an nouvo ak sou nivo detay li. Kèlkeswa jan sa ye, nou ta dwe wè travay Mwen an nouvo epi li detaye, epi Mwen anseye nou pou nou pratike fasafas, pandan Mwen kenbe men nou. Se sèlman sa ki benefik pou pratik nou ak pou kapasite nou genyen pou nou rete fèm nan lavni; sinon, nou t ap tankou fèy nan otòn, fennen, jòn epi sèch, san okenn valè. Nou ta dwe konnen Mwen konnen tout bagay ki nan kè nou ak nan lespri nou; epi nou ta dwe konnen travay Mwen fè a ak pawòl Mwen di yo gen anpil sibtilite. Selon dispozisyon nou ak kalib nou, se nan fason sa a yo ta dwe trete nou. Se sèlman konsa konesans nou genyen sou chatiman ak jijman Mwen an ap vin pi klè, epi menm si ou pa konnen jodi a, demen ou ap konnen. Nenpòt kreyati Bondye pral tonbe anba pawòl chatiman ak jijman Mwen yo, paske Mwen pa tolere okenn moun opoze ak Mwen.
Nou tout dwe kapab byen jere pwòp lavi nou yon fason rezonab. Nou kapab òganize chak jou jan nou vle; nou lib pou nou fè sa nou vle; nou kapab li pawòl Bondye yo, koute kantik oswa prèch ak kominyon, oswa ekri nòt devosyon espirityèl; epi si sa enterese nou, nou kapab ekri kantik. Èske tout bagay sa yo pa fòme yon lavi ki apwopriye? Tout bagay sa yo se bagay ki ta dwe fòme lavi yon moun. Moun yo ta dwe kite bagay yo swiv kou natirèl yo. Lè yo jwenn bon rezilta nan imanite nòmal yo ak nan vi espirityèl yo, lè sa a yo kapab konsidere yo kòm moun ki antre nan lavi nòmal la. Jodi a, se pa sèlman nan sa ki konsène imanite ou manke disèneman epi ou pa gen kapasite pou rezone. Gen anpil vizyon tou moun yo ta dwe konnen e yo dwe ekipe tèt yo avèk yo. Kèlkeswa leson ou rankontre, se leson sa a ou ta dwe aprann; ou dwe kapab adapte ou ak anviwònman an. Ou dwe amelyore nivo edikasyon ou sou yon long peryòd pou sa ka bay bon rezilta. Gen kèk bagay ou dwe ekipe tèt ou avèk yo pou lavi imen ki nòmal la, epi ou dwe metrize aksè ou nan lavi tou. Jodi a, lè ou reli anpil pawòl Bondye ou pa t konprann nan epòk la, ou rive konprann yo, epi kè ou vin pi poze. Sa yo se rezilta ou jwenn tou. Nenpòt jou ou manje ak bwè pawòl Bondye yo epi gen yon ti konpreyansyon anndan ou, ou kapab kominye alèz ak frè ak sè ou yo. Èske se pa lavi sa a ou ta dwe genyen? Pafwa, gen kèk kesyon ki poze, oswa ou medite sou yon sijè, epi sa fè ou disène pi byen, li ba ou plis disèneman ak sajès, sa ki pèmèt ou konprann kèk verite—epi èske se pa sa ki fè pati vi espirityèl y ap pale de li jodi a? Li pa akseptab pou pratike yon sèl aspè nan lavi espirityèl la sèlman; manje ak bwè pawòl Bondye yo, priye, epi chante kantik fòme lavi espirityèl la, epi lè ou gen yon lavi espirityèl, ou dwe gen yon lavi nan imanite nòmal ou tou. Jodi a, anpil nan sa yo di se nan objektif pou bay moun kapasite pou rezone ak disèneman, pou pèmèt yo gen yon lavi imanite nòmal. Sa sa vle di gen disèneman; sa sa vle di gen relasyon entèpèsonèl nòmal; kijan ou ta dwe aji ak moun—ou ta dwe ekipe tèt ou ak bagay sa yo lè ou manje ak bwè pawòl Bondye yo; sa yo mande ou a, ou kapab reyalize l avèk imanite nòmal. Ekipe tèt ou ak bagay ou ta dwe genyen yo, epi pa depase sa ki apwopriye; gen moun ki itilize tout kalite mo ak vokabilè, epi konsa y ap etale cham yo. Epi gen lòt moun ki li tout kalite liv. Se sa yo rele lage kò yo nan dezi lachè. Yo menm etidye epi imite biyografi ak pawòl moun yo rele gwo pèsonalite nan mond lan, epi yo li liv pònografik—sa pi ridikil toujou! Moun konsa pa konnen chemen aksè nan lavi a, alewè pou yo ta konnen travay Bondye ap fè jodi a. Yo pa menm konnen kijan pou yo pase chak jou. Se pa ti vid lavi yo vid! Yo pa konnen ditou sa yo ta dwe antre ladan l lan. Sèl sa yo fè se fè diskou bay lòt moun epi pale ak yo, kòmsi pale ta kapab ranplase pwòp antre pa yo. Èske yo pa gen wont? Moun sa yo pa konnen kijan pou yo viv, epi yo pa konprann lavi moun; y ap pase jounen yo ap plen vant yo ak manje, epi y ap fè bagay ki pa gen okenn sans—ki sans lavi a genyen lè ou ap viv konsa? Mwen wè pou anpil moun, apa travay, manje, ak abiye, tan presye yo pase nan bagay ki pa gen okenn sans, kit se pale ak kè kontan, jwe epi fè tenten, fè tripotay, oswa pase tout jounen an ap dòmi. Èske sa se lavi yon sen li ye? Èske se lavi yon moun nòmal sa ye? Èske yon lavi konsa kapab rann ou pafè lè se yon lavi ki ba, ki aryere, epi ki san disiplin? Èske ou tèlman dispoze lage tèt ou bay Satan pou granmesi? Lè lavi moun yo fasil, epi pa gen okenn soufrans nan anviwònman yo, yo pa kapab fè eksperyans. Nan anviwònman ki konfòtab, li fasil pou moun vin pèvèti—men anviwònman difisil yo fè ou priye avèk plis ijans, epi yo fè ou pa oze kite Bondye. Plis lavi moun yo fasil epi annwiyan, se plis yo santi viv pa gen okenn sans, epi yo menm santi li ta pi bon si yo te mouri. Se nan pwen sa a lachè moun kowonpi; yo jwenn benefis sèlman si yo pase anba eprèv.
Etap travay Jezi sa a te fèt nan Jide ak Galile, epi moun lòt nasyon yo pa t okouran de li. Travay Li te fè a te trè sekrè, epi pa gen okenn nasyon andeyò Izrayèl ki te okouran de sa. Se sèlman lè Jezi te fini travay Li a epi sa te lakòz yon gwo bri, se lè sa a moun yo te vin okouran de sa, epi nan moman sa a Li te deja ale. Jezi te vini pou fè yon etap travay, Li te jwenn kèk moun, epi Li te akonpli yon etap travay. Kèlkeswa etap travay Bondye ap fè a, gen anpil moun k ap swiv Li. Si se te Bondye sèlman ki te fè l poukont Li, li t ap san sans; fòk gen moun ki swiv Bondye jiskaske Li mennen etap travay sa a nan bout li. Se sèlman lè travay Bondye Li menm nan fin akonpli, moun yo kòmanse fè travay Bondye konfye yo a, epi se sèlman lè sa a travay Bondye a kòmanse simaye. Bondye sèlman fè travay pou louvri yon nouvo epòk; travay ki vin apre a se lèzòm ki fè l. Konsa, travay jodi a p ap dire lontan; Mwen p ap kontinye viv ak lòm pandan lontan. Mwen sèlman fini travay Mwen an, epi Mwen fè nou akonpli devwa nou ta dwe akonpli a, yon fason pou travay sa a ak levanjil sa a kapab simaye pi vit posib nan mitan moun lòt nasyon yo ak lòt pèp yo—se sèlman konsa nou kapab akonpli devwa nou antanke moun. Se tan jodi a ki gen plis valè pase tout lòt tan yo. Si ou inyore l, ou se yon moun san konprann; si, nan anviwònman sa a, ou manje ak bwè pawòl sa yo epi ou fè eksperyans travay sa a, epi poutan ou pa gen menm yon ti detèminasyon pou pouswiv verite a, ni ou pa santi menm yon ti fado—kisa avni ou ap ye lè sa a? Èske yon moun tankou ou pa yon moun yo dwe elimine?