Ou Dwe Renonse ak Avantaj ki mache ak Pozisyon epi Konprann Entansyon Bondye pou Li Sove Lòm

Dapre pwen de vi lòm, li pa posib pou desandan Moab yo vin konplè, ni yo pa kalifye pou sa. Yon lòt bò, pitit David yo gen espwa san dout, epi yo kapab vrèman vin konplè. Si yon moun se yon desandan Moab, li pa kapab vin konplè. Menm kounye a, nou toujou pa konnen ki siyifikasyon travay k ap fèt nan mitan nou an genyen; menm nan etap sa a, nou toujou kenbe avni nou nan kè nou, epi nou pa anvi renonse avè l. Pèsonn pa enterese konprann poukisa jodi a Bondye chwazi egzakteman yon gwoup moun ki pa vo anyen tankou nou menm pou Li travay sou li. Èske li posib pou Li ta fè yon erè nan travay sa a? Èske travay sa a se yon erè neglijans k ap dire yon ti moman? Poukisa Bondye, ki te toujou konnen nou se pitit Moab, desann egzakteman pou Li travay nan mitan nou? Èske sa pa janm vin nan lespri nou? Èske Bondye pa janm konsidere sa lè L ap fè travay Li? Èske Li aji san reflechi? Èske Li pa t konnen depi nan kòmansman nou se desandan Moab? Èske nou pa konnen pou nou konsidere bagay sa yo? Kote konsepsyon nou yo ale? Èske fason nòmal nou panse a vin deregle? Kote entèlijans nou ak sajès nou ale? Èske se paske nou tèlman gen yon konpòtman nòb ki fè nou pa bay ti bagay sa yo atansyon? Lespri nou pi sansib ak bagay tankou avni ak desten nou, men lè se nenpòt lòt bagay, yo angoudi, yo manke konprann, epi yo totalman inyoran. Nan kisa menm nou kwè? Avni nou? Oubyen Bondye? Èske sa ou kwè ladan l lan se pa bèl destinasyon ou lan? Èske se pa avni ou? Konbyen nan chemen lavi a ou rive konprann? Konbyen ou atenn? Èske ou panse travay k ap fèt kounye a sou desandan Moab yo se pou imilye nou? Èske li fèt pa esprè pou ekspoze ledè nou? Èske li fèt pa esprè pou fè nou aksepte chatiman, epi apre sa pou voye nou jete nan letan dife a? Mwen pa janm di nou pa gen avni, alewè pou Mwen ta di nou dwe detwi oswa ale nan pèdisyon. Èske Mwen te anonse bagay konsa piblikman? Ou di ou san espwa, men èske sa se pa yon vèdik ou pase ou menm? Èske sa se pa efè pwòp fason ou panse a? Èske pwòp vèdik ou yo konte? Si Mwen di ou pa beni, lè sa a, ou ap sètènman yon moun k ap peri; epi si Mwen di ou beni, ebyen se sèten ou p ap peri. Mwen sèlman ap di ou se desandan Moab; Mwen pa t di ou ap peri. Se tou senpleman paske desandan Moab yo te modi, epi yo se yon kategori moun kòwonpi. Yo te mansyone peche anvan sa; èske nou tout pa fè peche? Èske Satan pa t kòwonp tout pechè yo? Èske tout pechè pa reziste epi rebele kont Bondye? Èske moun ki reziste kont Bondye yo pa dwe modi? Èske yo pa dwe detwi tout pechè yo? Nan ka sa a, kiyès nan mitan moun ki fèt ak chè ak san ki ta kapab sove? Èske nou ta kapab siviv jouk jodi a? Nou vin negatif paske nou se desandan Moab yo; èske nou pa konte tou pami lèzòm, ki se pechè? Kijan nou fè dire jouk jodi a? Lè yo mansyone pèfeksyon, nou vin kontan, epi lè nou tande nou pral pase anba gwo tribilasyon an, nou santi sa fè nou pi beni toujou. Nou panse dèske nou vin venkè aprè nou soti nan tribilasyon an ap pi gwo benediksyon Bondye toujou ak pi gwo elevasyon Li fè nou jwenn. Lè yo mansyone Moab, yon latwoublay leve nan mitan nou; granmoun tankou timoun santi yon tristès moun pa ka eksplike epi nou pa gen okenn jwa nan kè nou menm, epi nou regrèt nou te fèt. Nou pa konprann siyifikasyon etap travay sa a k ap fèt sou desandan Moab yo; nou sèlman konnen pou nou pouswiv gwo pozisyon, epi chak fwa nou rann nou kont pa gen okenn espwa, nou fè bak. Lè yo pale sou vin pafè ak destinasyon alavni an, nou santi nou kontan. Nou kwè nan Bondye pou nou kapab jwenn benediksyon epi pou nou kapab gen yon bon destinasyon. Gen kèk moun kounye a ki gen kè sote poutèt pozisyon yo. Paske yo gen yon valè ki ba ak yon pozisyon ki ba, yo pa vle chèche pou yo vin pafè. Toudabò, yo te pale de pèfeksyon, epi answit yo te mansyone desandan Moab yo, konsa moun yo te rejte chemen pou yo vin pafè yo te mansyone anvan an. Se paske depi nan kòmansman jis nan fen, nou pa janm konnen ki siyifikasyon travay sa a genyen, ni nou pa bay siyifikasyon li enpòtans. Nivo espirityèl nou twò ba, epi nou pa ka sipòte menm ti deranjman ki pi piti a. Lè nou wè idantite nou pa gen anpil valè, nou vin negatif epi nou pèdi lafwa pou nou kontinye pouswiv. Moun yo tou senpleman konsidere jwenn gras epi jwi lapè kòm senbòl lafwa, epi yo wè pouswit benediksyon kòm fondasyon kwayans yo nan Bondye. Pa gen anpil moun ki chèche konnen Bondye oubyen chèche yon chanjman nan dispozisyon yo. Nan lafwa yo, moun chèche fè Bondye ba yo yon destinasyon apwopriye ansanm ak tout gras yo ta ka anvi, pou fè Li tounen sèvitè yo, pou fè Li kenbe yon relasyon pezib, amikal avèk yo yon fason pou, kèlkeswa moman an, pa janm gen okenn konfli ant yo. Sa vle di, kwayans yo nan Bondye mande pou Li pwomèt pou Li satisfè tout egzijans yo epi pou Li akòde yo nenpòt sa yo mande, ann akò ak pawòl yo te li nan Bib la: «Mwen ap koute tout sa nou mande.» Yo egzije Bondye pa jije oswa netwaye pèsonn, paske Li te toujou Sovè Jezi ki gen mizèrikòd la, Sila a ki toujou kenbe yon bon relasyon ak moun nan tout moman e nan tout kote. Men fason moun kwè nan Bondye a: Yo tou senpleman fè Bondye egzijans san okenn wont, avèk lide kit yo rebèl, kit yo obeyisan, Li oblije jis kontinye ba yo tout bagay. Yo jis kontinye ap «ranmase dèt» nan men Bondye san rete, pandan yo kwè Li oblije «ranbouse» yo san fè okenn rezistans epi, anplis de sa, peye yo doub. Yo panse, ke Bondye te jwenn kichòy nan men yo ou non, Li sèlman kapab kite yo manipile Li, epi Li pa kapab dirije moun jan Li vle, alewè pou Li ta fè sajès Li ansanm ak dispozisyon dwat Li a, ki te kache pandan anpil ane, parèt aklè pou moun yo, nenpòt lè Li vle epi san pèmisyon yo. Yo tou senpleman konfese peche yo bay Bondye, pandan yo kwè Li oblije jis padone yo, san Li pa santi okenn repiyans pou sa, epi sa ap kontinye pou toutan. Yo jis ap bay Bondye lòd, avèk lide Li oblije jis obeyi yo, paske li ekri nan Bib la Bondye pa t vini pou lèzòm te sèvi Li, men pito pou Li te sèvi yo, epi Li te vini pou Li tounen sèvitè yo. Menm kounye a, èske nou pa toujou kwè nan fason sa a? Chak fwa nou pa kapab jwenn yon bagay nan men Bondye, nou swete kouri ale; lè nou pa konprann yon bagay, nou vin gen anpil rankin, epi nou menm rive jouk nan pwen pou nou ba Li tout kalite jouman. Nou senpleman p ap pèmèt Bondye Li menm eksprime sajès Li ak mèvèy Li a totalman; okontrè, nou sèlman vle lage kò nou nan trankilite ak konfò tanporè. Jouk kounye a, atitid nou nan kwayans nou nan Bondye a sèlman chita sou menm ansyen pwennvi yo. Si Bondye montre nou yon ti kal nan Majeste Li a sèlman, nou vin pa kontan. Èske nou wè kounye a egzakteman ki grandè nivo espirityèl nou genyen an ye? Pa sipoze nou tout lwayal anvè Bondye alòske, an reyalite, ansyen pwennvi nou yo pa chanje. Lè pa gen anyen ki rive ou, ou kwè tout bagay ap mache byen, epi lanmou ou pou Bondye atenn yon nivo ki wo. Lè yon ti bagay rive ou, ou tonbe nan kote mò yo ye a. Èske se sa yo rele lwayal anvè Bondye a?

Si dènye etap travay konkèt la te gen pou kòmanse ann Izrayèl, travay konkèt sa a pa t ap gen okenn siyifikasyon. Travay la gen plis siyifikasyon lè li fèt nan Lachin, epi lè li fèt sou nou menm. Nou se moun ki pi ba yo, moun ki gen pi piti pozisyon yo; nou se moun ki nan nivo ki pi ba nan sosyete sa a, epi nou se moun ki te rekonèt Bondye mwens nan kòmansman an. Nou se moun ki pi lwen Bondye epi ki sibi domaj ki pi grav yo. Paske etap travay sa a fèt sèlman poutèt konkèt la, èske li pa pi apwopriye pou yo chwazi nou pou rann temwayaj alavni an? Si premye etap travay konkèt la pa t fèt sou nou, lè sa a li t ap difisil pou fè travay konkèt k ap vini an avanse, paske travay konkèt k ap vin apre a ap atenn rezilta selon travay sa a k ap fèt jodi a. Travay konkèt kounye a se sèlman kòmansman tout travay konkèt la nèt. Nou se premye gwoup yo konkeri a; nou se reprezantan tout limanite y ap gen pou konkeri a. Moun ki vrèman posede konesans yo ap wè tout travay Bondye ap fè jodi a se gwo travay. Li pa sèlman pèmèt moun konnen pwòp rebelyon yo, men Li revele idantite yo tou. Objektif ak siyifikasyon pawòl Li yo se pa pou fè moun vin negatif, ni se pa pou fè yo tonbe. Se pou yo kapab jwenn revelasyon epi atenn sali a atravè pawòl Li yo; se pou reveye lespri yo pa mwayen pawòl Li yo. Depi kreyasyon monn nan, lòm ap viv anba anpriz Satan, san l pa konnen ni kwè gen yon Bondye. Lefètke moun sa yo kapab resevwa gwo sali ak gwo elevasyon Bondye a, montre lanmou Bondye toutbonvre; tout moun ki gen konesans vre yo ap panse konsa. E moun ki pa gen konesans konsa yo? Yo pral di: «A, Bondye te di nou se desandan Moab; Li te di sa ak pwòp pawòl Li. Èske nou toujou kapab jwenn yon bon rezilta? Nou se desandan Moab, epi nou te reziste kont Li nan tan pase. Bondye vini pou Li kondane nou; èske ou pa wè fason Li te toujou jije nou, depi nan kòmansman an menm? Piske nou te reziste kont Bondye, se konsa nou dwe resevwa chatiman.» Èske pawòl sa yo kòrèk? Jodi a Bondye jije nou, Li chatye nou, epi Li kondane nou, men ou dwe konnen objektif kondanasyon ou an se pou ou ka konnen tèt ou. Li kondane, Li madichonnen, Li jije, epi Li chatye pou ou ka konnen tèt ou, pou dispozisyon ou ka chanje, epi, pi plis pase sa, pou ou ka konnen valè ou, epi pou ou wè tout aksyon Bondye yo dwat epi yo ann akò ak dispozisyon Li ansanm ak bezwen travay Li a, pou ou wè Li travay ann akò ak plan Li genyen pou sali lòm nan, epi Li se Bondye dwat la ki renmen epi k ap sove lòm, epi k ap jije ak chatye lòm tou. Si ou sèlman konnen ou gen yon pozisyon ki ba, ou kòwonpi ak rebèl, men ou pa konnen Bondye gen entansyon pou Li revele sali Li a atravè jijman ak chatiman Li ap fè ou sibi jodi a, lè sa a ou pa gen okenn fason pou ou fè eksperyans bagay yo, alewè pou ou ta kapab kontinye avanse. Bondye pa t vini pou Li frape moun pou fè yo tonbe oswa detwi yo, men pito pou Li jije, madichonnen, chatye, epi sove yo. Jouk plan jesyon 6000 ane Li a rive nan fen li — anvan Li fè rezilta chak kategori lòm parèt aklè — travay Bondye sou tè a se antyèman poutèt sali a; objektif li se sèlman rann moun ki renmen L yo konplè nèt epi mennen yo pou yo soumèt anba dominasyon Li. Kèlkeswa fason Bondye sove moun, tout sa fèt lè Li fè yo detache ak ansyen nati satanik yo a; sa vle di, Li sove yo lè Li fè yo pouswiv lavi. Si yo pa fè sa, lè sa a yo p ap gen okenn fason pou yo aksepte sali Bondye a. Sali a se travay Bondye Li menm, epi pouswit lavi a se yon bagay lòm dwe genyen pou li ka aksepte sali a. Nan je lòm, sali a se lanmou Bondye, epi lanmou Bondye pa kapab chatiman, jijman, ak malediksyon; sali a dwe gen mizèrikòd, bonte plen ak lanmou, epi, anplis, pawòl konsolasyon, ansanm ak benediksyon san limit Bondye bay. Moun yo kwè lè Bondye sove lòm, Li fè sa lè Li touche kè li ak benediksyon ansanm ak gras Li, epi konsa fè l bay Bondye kè l. Sa vle di, lefètke Li touche lòm, se sove Li sove l. Kalite sali sa a tranzaksyonèl. Se sèlman lè Bondye akòde l san fwa lavalè, lòm ap vin soumèt devan non Bondye, epi konsa fè Bondye fyè epi fè Li jwenn glwa. Sa a se pa entansyon Bondye pou limanite. Bondye vini travay sou tè a pou Li sove limanite ki kòwonpi a; pa gen okenn manti nan sa. Si se pa t sa, se sèten Li pa t ap janm vini pou fè travay Li an pèsonn. Nan tan pase, mwayen Li te itilize pou sove moun nan te enplike montre mizèrikòd ak bonte plen ak lanmou ekstrèm, jis nan pwen kote Li te bay Satan tout sa Li te genyen an echanj pou tout limanite nèt. Tan prezan an pa gen anyen pou wè ak tan pase a: Sali nou jodi a rive nan moman dènye jou yo, lè y ap klase chak moun selon kategori pa yo; mwayen pou sali nou an se pa mizèrikòd oswa bonte plen ak lanmou, men se chatiman ak jijman, pou limanite ka sove yon fason ki pi konplè. Konsa, tout sa nou resevwa se chatiman, jijman, ak frap san pitye, men konnen sa: Nan frap san pitye sa a pa gen menm yon ti kras pinisyon. Kèlkeswa jan pawòl Mwen yo gendwa di, sa k ap tonbe sou nou an se jis kèk pawòl ki ka parèt san pitye ditou pou nou, epi kèlkeswa jan Mwen ta ka an kòlè, sa k ap tonbe sou nou an se toujou pawòl repwòch, epi Mwen pa gen entansyon fè nou mal oswa touye nou. Èske tout bagay sa yo se pa reyalite? Konnen jodi a, kèlkeswa si se jijman dwat oswa rafinman ak chatiman san pitye, tout bagay fèt poutèt sali a. Kèlkeswa si jodi a yo pral klase chak moun selon kategori pa yo oswa si y ap revele tout kalite moun, objektif tout pawòl ak travay Bondye yo se pou sove sila yo ki renmen Bondye toutbonvre yo. Jijman dwat fèt pou pirifye lòm, epi rafinman san pitye fèt pou netwaye li; pawòl di oswa disiplin, yo toulède fèt pou pirifye epi poutèt sali a. Konsa, metòd sali jodi a pa menm jan ak sa ki te gen nan tan pase a. Jodi a, jijman dwat sèvi kòm sali nou, epi kòm yon bon zouti pou klase nou chak selon kategori pa nou, epi chatiman san pitye sèvi kòm pi gwo sali nou. Kisa pou nou ta di devan yon chatiman ak yon jijman konsa? Èske nou pa t toujou jwi sali a, depi nan kòmansman jis nan fen? Nou te wè Bondye enkane epi nou te rive konprann toupisans Li ak sajès Li; anplis, nou fè eksperyans frap ak disiplin plizyè fwa. Sepandan, èske nou pa t resevwa gras siprèm la tou? Èske benediksyon nou yo pa pi gwo pase benediksyon okenn lòt moun? Gras nou yo pi abondan pase laglwa ak richès Salomon te jwi yo! Fè yon ti reflechi: Si entansyon Mwen lè Mwen te vini an se te pou kondane epi pini nou olye pou Mwen sove nou, èske jou nou yo t ap dire toutan sa a? Èske nou menm èt ki fèt ak chè ak san ki plen peche ta kapab siviv jouk jodi a? Si objektif Mwen se te senpleman pou pini nou, poukisa pou Mwen ta tounen moun epi antreprann yon gwo travay konsa? Èske Mwen pa ta kapab pini nou menm, bann moun san enpòtans yo si Mwen tou senpleman pwononse yon sèl pawòl? Èske Mwen t ap toujou bezwen detwi nou aprè Mwen ta fin fè espre M kondane nou? Èske nou toujou pa kwè pawòl Mwen yo? Èske Mwen ta kapab sove lòm senpleman atravè mizèrikòd ak bonte plen ak lanmou? Oubyen èske Mwen ta kapab sèlman itilize krisifiksyon an pou sove lòm? Èske dispozisyon dwat Mwen an pa pi favorab pou fè lòm vin soumèt totalman? Èske li pa gen plis kapasite pou l sove lòm nèt?

Malgre pawòl Mwen yo di, yo tout se sali pou lòm, paske Mwen sèlman ap pwononse pawòl, Mwen pa pini lachè lòm. Pawòl sa yo fè lòm viv nan limyè a, konnen limyè a egziste, konnen limyè a presye, epi, pi plis pase sa, konnen jan pawòl sa yo pote benefis pou li, ansanm ak konnen Bondye se sali. Malgre Mwen pwononse anpil pawòl chatiman ak jijman, pa gen anyen ki rive nou an reyalite. Mwen vini egzakteman pou Mwen fè travay Mwen epi pou Mwen pwononse pawòl Mwen yo, epi malgre pawòl Mwen yo di, Mwen pwononse yo pou jije koripsyon nou ak rebelyon nou. Objektif Mwen lè Mwen fè sa, se toujou pou sove lòm anba anpriz Satan. Objektif la se itilize pawòl Mwen yo pou sove lòm; se pa pou fè lòm mal ak pawòl Mwen yo. Pawòl Mwen yo di pou Mwen ka atenn rezilta nan travay Mwen an. Se sèlman atravè kalite travay sa a lòm kapab rive konnen tèt li epi detache l de dispozisyon rebèl li a. Pi gwo siyifikasyon travay pawòl yo genyen, sèke li pèmèt moun mete laverite an pratik lè yo fin konprann li, epi konsa rive fè chanjman nan dispozisyon yo, epi jwenn konesans sou tèt yo ak konesans sou travay Bondye a. Se sèlman lè travay la fèt pa mwayen pwononse pawòl li kapab konekte relasyon ant Bondye ak lòm, epi se sèlman pawòl ki kapab eksplike laverite a. Travay nan fason sa a se pi bon mwayen pou konkeri lòm; apa pwononse pawòl, pa gen lòt metòd ki kapab pèmèt moun konprann laverite ansanm ak travay Bondye a avèk plis klète. Konsa, nan dènye etap travay Li a, Bondye itilize metòd pale ak lòm nan pou Li devwale tout verite ansanm ak mistè li pa konprann yo ba li, sa ki pèmèt li jwenn vrè chemen an ak lavi a nan men Bondye, epi konsa satisfè entansyon Li yo. Objektif travay Bondye fè sou lòm nan se pèmèt li satisfè entansyon Bondye yo, epi li fèt pou sove l. Se poutèt sa, pandan tan sali Li pou lòm nan, Li pa fè travay pini l. Pandan L ap sove lòm, Bondye pa pini sa ki mal ni rekonpanse sa ki byen, ni tou Li pa revele destinasyon tout kalite moun yo. Okontrè, se sèlman aprè dènye etap travay Li a fini L ap fè travay pini sa ki mal ak rekonpanse sa ki byen an, epi se sèlman lè sa a L ap revele rezilta tout kalite moun yo. Moun yo pini yo ap moun ki vrèman enkapab pou yo sove, alòske moun yo sove yo ap moun ki te resevwa gras sali Bondye a pandan tan sali Li pou lòm nan. Pandan L ap fè travay sali Li a, Bondye sove chak grenn moun ki kapab sove nan pi gwo mezi ki posib la, epi Li pa voye okenn ladan yo jete, paske objektif travay Bondye a se sove lòm. Tout moun ki enkapab atenn chanjman nan dispozisyon yo pandan tan sali Bondye pou lòm nan — ansanm ak tout moun ki enkapab soumèt devan Bondye totalman — ap tounen objè pou pinisyon. Etap travay sa a — travay pawòl yo — devwale tout chemen yo pa konprann yo ba moun yo, ansanm ak tout mistè yo pa rive konprann yo. Sa pèmèt yo konprann entansyon Bondye yo ansanm ak egzijans Bondye genyen pou yo, epi gen kondisyon ki nesesè pou mete pawòl Bondye yo an pratik epi atenn chanjman nan dispozisyon yo. Bondye itilize pawòl sèlman pou Li fè travay Li epi Li pa pini moun paske yo yon ti jan rebèl. Se paske kounye a se lè travay sali a, epi si yo te pini moun yo chak fwa yo te rebèl, pèsonn pa t ap gen opòtinite pou yo sove, epi yo t ap pini tout moun e yo t ap tonbe nan kote mò yo ye a. Objektif itilize pawòl pou jije lòm nan se pèmèt li konnen tèt li epi soumèt devan Bondye; se pa pou pini l ak kalite jijman sa a. Pandan epòk travay pawòl yo, anpil moun pral ekspoze rebelyon yo ak rezistans yo, ansanm ak dezobeyisans yo ak mank soumisyon yo anvè Bondye enkane a. Malgre sa, Li p ap pini tout moun sa yo poutèt sa, men pito L ap sèlman voye jete moun ki kòwonpi jis nan mwèl yo epi ki pa kapab sove. L ap lage lachè yo bay Satan, epi, nan kèk ka, L ap fini ak lachè yo nèt. Moun ki rete yo ap kontinye swiv epi fè eksperyans kote y ap netwaye yo. Si, pandan y ap swiv, moun sa yo toujou enkapab pou aksepte pou yo netwaye yo, epi yo vin ap degrade pi plis chak jou, lè sa a yo ap pèdi chans yo genyen pou sali a. Chak moun ki aksepte kite pawòl Bondye yo konkeri l ap gen plizyè opòtinite pou sali; nan sali Bondye pou chak moun, L ap pran pasyans avèk yo nan pi gwo mezi ki posib la. Nan lòt mo, y ap jwenn pi gwo tolerans. Toutotan moun yo kase tèt tounen sot sou move chemen an, epi toutotan yo kapab repanti, Bondye ap ba yo opòtinite pou yo resevwa gras sali Li a. Lè lèzòm fèk rebele kont Bondye, Li pa gen okenn dezi pou L abat yo; okontrè, Li fè tout sa Li kapab pou Li sove yo. Si yon moun reyèlman pa gen okenn posiblite ankò pou l sove, lè sa a Bondye ap abandone l. Rezon ki fè Bondye pran tan pou Li pini yon moun se paske Li vle sove tout moun ki kapab sove. Li sèlman itilize pawòl pou jije, eklere, epi gide moun yo; Li pa itilize yon baton pou abat yo. Itilize pawòl pou pote sali pou lèzòm, se sa ki objektif ak siyifikasyon dènye etap travay la.

Anvan: Ou Dwe Konnen Kijan Tout Limanite Te Devlope Jiska Jounen Jodi a

Apre: Se Sèlman Moun ki Konnen Bondye ak Travay Li ki Satisfè Bondye

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger