Ou Dwe Konnen Kijan Tout Limanite Te Devlope Jiska Jounen Jodi a
Tout travay ki te fèt pandan simil an yo te chanje tikras pa tikras ofiramezi diferan epòk yo vini epi pase. Chanjman nan travay sa a baze sou sitiyasyon jeneral mond lan epi sou tandans devlopman limanite an jeneral; travay jesyon an te annik chanje tikras pa tikras parapò ak sa. Tout sa pa t planifye depi nan kòmansman kreyasyon an. Anvan mond lan te kreye, oswa yon ti tan apre sa, Jewova pa t ko planifye premye etap travay la, travay lalwa a; dezyèm etap travay la, travay lagras la; oswa twazyèm etap travay la, travay konkèt la, kote Li t ap kòmanse premyèman avèk kèk desandan Mowab yo, epi atravè sa, Li t ap konkeri tout linivè a. Apre Li te fin kreye mond lan, Li pa t janm pwononse pawòl sa yo, ni Li pa t janm pwononse yo apre Mowab, alewè pou Li ta pwononse yo anvan Lòt. Tout travay Bondye fèt ofiramezi Li ap avanse. Se egzakteman konsa tout travay jesyon simil an Li an te devlope; anvan Li te kreye mond lan, Li pa t janm ekri okenn plan konsa sou fòm yon bagay tankou yon «Tablo Rezime pou Devlopman Limanite». Nan travay Bondye, Li eksprime sa Li ye dirèkteman; Li pa kase tèt Li pou Li fòmile yon plan. Se vre, yon bon valè pwofèt te pwononse anpil pwofesi, men malgre sa, moun pa kapab di travay Bondye te toujou baze sou yon planifikasyon presi; pwofesi sa yo te fèt selon travay Bondye te genyen nan moman sa a. Tout travay Li fè se travay ki pi reyalis la. Li reyalize li selon devlopman epòk yo, epi Li baze li sou fason bagay yo chanje. Pou Li menm, fè travay la se tankou preskri bon tretman pou yon maladi; pandan Li ap fè travay Li, Li obsève, epi Li kontinye travay Li selon sa Li obsève yo. Nan chak etap travay Li, Bondye kapab eksprime anpil sajès ak pouvwa Li; Li revele sajès ak otorite abondan Li selon travay chak epòk patikilye, epi Li pèmèt tout moun Li fè tounen pandan epòk sa a wè tout dispozisyon Li. Li fè pwovizyon pou bezwen moun yo selon travay ki dwe fèt nan chak epòk, e Li fè nenpòt travay Li dwe fè. Li bay moun yo sa yo bezwen selon jiska ki pwen Satan kowonp yo. Se menm jan ak lè Jewova te kreye Adan ak Èv okòmansman, Li te fè sa pou pèmèt yo manifeste Bondye sou tè a epi pou yo ta kapab rann temwayaj sou Bondye nan mitan kreyati Li yo. Sepandan, Èv te peche apre sèpan an te tante li, epi Adan te fè menm jan an tou; yo toulede te manje fwi pyebwa konesans sa ki byen ak sa ki mal nan jaden an. Konsa, Jewova te gen yon travay siplemantè pou Li akonpli sou yo. Lè Li te wè yo te toutouni, Li te kouvri kò yo avèk rad Li te fè ak po bèt. Apre sa, Li te di Adan: «Paske w koute vwa madanm ou, epi ou manje fwi pyebwa a Mwen te ba w lòd sou li a, lè m te di, pa manje ladann nan: tè a ap modi akòz ou menm … jiskaske ou retounen ladann; paske se ladann ou soti; se pousyè w ye, w ap retounen nan pousyè.» Li te di fanm nan: «Mwen pral ogmante soufrans ou lè w ap fè pitit; Se nan soufrans ou pral akouche; e w ap toujou anvi mari w, epi l ap domine sou ou.» Depi lè sa a, Li te mete yo deyò nan Jaden Edenn nan epi Li te fè yo viv deyò jaden an, yon lavi ki sanble ak lavi moun sou latè jodi a. Okòmansman lè Bondye te kreye lòm, sa pa t nan plan Li pou Li kite sèpan an tante lòm apre Li te fin kreye l, epi apre sa pou Li modi lòm ak sèpan an. An reyalite, Li pa t gen yon plan konsa; se senpleman fason bagay yo te devlope ki te ba Li yon nouvo travay pou Li fè nan mitan kreyati Li yo. Apre Jewova te fin fè travay sa a nan mitan Adan ak Èv sou tè a, limanite te kontinye devlope pandan plizyè milye ane, jiskaske «Jewova te wè mechanste lèzòm te anpil sou tè a, epi chak panse ki sot nan kè yo se te sèlman bagay mal tout tan. Jewova te vin regrèt paske Li te fè lèzòm sou latè, epi kè Li te vin sere ak lapenn.... Men Noye te jwenn gras nan je Jewova.» Nan moman sa a, Jewova te gen plis nouvo travay pou Li fè, paske limanite Li te kreye a te vin twò plen peche apre sèpan an te fin tante li. Akòz sikonstans sa yo, nan mitan tout limanite, Jewova te chwazi fanmi Noye pou Li epanye, epi apre sa Li te fè travay Li kote Li te detwi mond lan ak yon delij. Limanite kontinye devlope nan fason sa a jis jodi a, l ap vin pi kowonpi chak jou, epi lè moman an rive kote devlopman imen an rive nan pi wo nivo li, sa ap vle di lafen pou limanite. Depi okòmansman jouk nan lafen mond lan, vrè istwa travay Li a te toujou konsa e l ap toujou rete konsa. Se menm jan ak fason moun yo pral klase selon kategori pa yo; sa trè lwen pou li ta vle di chak tip moun òdone davans depi nan kòmansman pou yo fè pati yon sèten kategori; okontrè, limanite vin klase tikras pa tikras sèlman apre li fin pase nan yon pwosesis devlopman. Alafen, nenpòt moun ki pa kapab sove nèt pral retounen kote «zansèt» yo. Pa gen youn nan travay Bondye fè nan mitan limanite ki te deja prepare depi nan kreyasyon mond lan; okontrè, se devlopman bagay yo ki pèmèt Bondye fè travay Li nan mitan limanite etap pa etap epi nan yon fason ki pi reyalis e ki pi pratik. Pa egzanp, Jewova Bondye pa t kreye sèpan an pou li tante fanm nan; se pa t plan espesifik Li sa, ni sa pa t yon bagay Li te òdone davans tout espre. Moun ta kapab di sa se te yon bagay yo pa t atann ki te rive. Kidonk, se poutèt sa Jewova te mete Adan ak Èv deyò nan Jaden Edenn nan epi Li te fè sèman pou Li pa janm kreye lòm ankò. Sepandan, se sèlman sou fondasyon sa a moun dekouvri sajès Bondye. Se egzakteman jan Mwen te di pi bonè a: «Mwen egzèse sajès Mwen sou baz mannèv Satan yo.» Kèlkeswa jan limanite vin pi kowonpi oswa kèlkeswa jan sèpan an tante yo, Jewova toujou gen sajès Li; konsa, Li toujou ap fè nouvo travay depi lè Li te kreye mond lan, epi pa gen youn nan etap travay sa a ki te janm repete. Satan toujou ap mete mannèv li yo an mouvman, Satan pa sispann kowonp limanite, epi Jewova Bondye pa janm sispann akonpli travay Li ki plen sajès. Li pa janm echwe, ni Li pa janm sispann travay depi kreyasyon mond lan. Apre Satan te kowonp lòm, Li toujou kontinye travay nan mitan yo pou Li venk li, ènmi ki te kowonp limanite a. Batay sa a ap fè raj depi nan kòmansman, epi l ap kontinye jouk nan lafen mond lan. Lè Li fè tout travay sa a, Jewova Bondye non sèlman pèmèt moun Satan te kowonpi yo resevwa gwo sali Li a, men tou Li pèmèt yo wè sajès, tout pouvwa ak otorite Li. Anplis de sa, alafen, Li pral kite yo wè dispozisyon dwat Li—pini moun ki fè sa ki mal epi rekonpanse moun ki fè sa ki byen. Li toujou ap batay ak Satan jouk jodi a epi Li pa janm sibi okenn defèt. Se paske Li se yon Bondye ki gen sajès, epi Li egzèse sajès Li sou baz mannèv Satan yo. Se poutèt sa, non sèlman Bondye fè tout bagay nan syèl la soumèt anba otorite Li, men Li fè tout bagay sou latè poze anba tabourè pye Li tou epi, pa mwens enpòtan, Li fè mechan yo k ap anvayi epi toumante limanite tonbe anba chatiman Li. Tout rezilta travay sa a reyalize grasa sajès Li. Li pa t janm revele sajès Li anvan limanite te egziste, paske Li pa t gen okenn ènmi nan syèl la, sou latè, ni okenn kote nan tout linivè a, epi pami tout bagay, pa t gen okenn envazyon fòs fènwa. Apre akanj lan te trayi Li, Li te kreye limanite sou tè a, epi se poutèt limanite ki fè Li te fòmèlman kòmanse gè milenè Li a avèk Satan, akanj lan—yon gè k ap vin pi chofe nan chak etap ki vini apre. Tout pouvwa ak sajès Li prezan nan chak etap sa yo. Se sèlman lè sa a tout bagay nan syèl la ak sou latè te wè sajès Bondye, tout pouvwa Bondye, e sitou aspè pratik Bondye. Li toujou ap akonpli travay Li nan menm fason pratik sa a jouk jodi a; anplis de sa, ofiramezi Li ap akonpli travay Li, Li revele sajès ak tout pouvwa Li tou. Li pèmèt nou wè vrè istwa chak etap travay, pou nou wè egzakteman kijan pou eksplike tout pouvwa Bondye a, e sitou pou nou wè yon eksplikasyon definitif sou aspè pratik Bondye.
Konsènan fason Jida te trayi Jezi, gen moun k ap mande tèt yo: Èske sa pa t òdone davans anvan kreyasyon mond lan? Anfèt, Sentespri a te planifye sa selon reyalite epòk la. Pa aza, te gen yon moun ki te rele Jida ki te toujou ap vòlè lajan, konsa yo te chwazi moun sa a pou jwe wòl sa a epi rann sèvis sa a. Sa a se te yon egzanp kote Li te itilize materyèl ki te disponib sou plas la. Okòmansman, Jezi pa t konn sa; se apre, lè Jida te fin devwale, Li te vin aprann sa. Si yon lòt moun te kapab jwe wòl sa a, lè sa a moun sa a t ap jwe l nan plas Jida. Sa ki te òdone davans la, an reyalite, se te yon bagay Sentespri a te fè nan moman sa a. Travay Sentespri a toujou fèt ofiramezi Li ap avanse; Li kapab planifye travay Li nenpòt kilè, epi Li kapab reyalize l nenpòt kilè. Poukisa Mwen toujou di travay Sentespri a reyalis, epi li toujou nouvo, li pa janm ansyen, e li toujou fre nèt? Travay Li pa t deja planifye depi lè mond lan te kreye; se pa konsa sa te pase ditou! Chak etap travay atenn efè ki apwopriye pou moman respektif li a, epi etap yo youn pa deranje lòt. Anpil fwa, plan ou ka genyen nan tèt ou senpleman pa ka kenbe menm vitès ak dènye travay Sentespri a. Travay Li a pa senp jan lòm rezone li a, ni li pa konplèks jan lòm imajine li a—li konsiste nan bay moun yo sa yo bezwen nenpòt kilè ak nenpòt ki kote selon bezwen yo nan moman an. Pa gen pèsonn ki pi klè sou esans lòm pase Li, epi se egzakteman pou rezon sa a ki fè pa gen anyen ki kapab satisfè bezwen reyalis moun yo osi byen ke travay Li. Se poutèt sa, dapre pwennvi imen, travay Li a sanble li te planifye plizyè milenè davans. Pandan Li ap travay nan mitan nou kounye a, Li akonpli travay epi Li pale nenpòt kilè ak nenpòt kote selon eta nou ye a. Li gen pawòl ki egzakteman apwopriye pou Li di lè Li rankontre eta sa yo, e Li pwononse pawòl ki se egzakteman sa moun bezwen. Ann pran premye etap travay Li a: tan chatiman an. Apre sa, Bondye te kondui travay Li a selon sa moun yo te manifeste, rebelyon yo, eta pozitif ki te parèt nan yo ak eta negatif yo, ansanm ak jiska ki pwen yo te kapab vin negatif lè santiman negatif yo te rive nan yon sèten limit; epi Li te pwofite sèvi ak bagay sa yo pou reyalize yon pi bon rezilta nan travay Li. Sa vle di, Li fè travay pou bay moun pwovizyon, selon nenpòt eta yo ye nan nenpòt moman; Li reyalize chak etap travay Li selon eta reyèl moun yo. Tout kreyati yo nan men Li; kijan Li ta fè pa konnen yo? Bondye reyalize pwochen etap travay ki dwe fèt la, nenpòt kilè ak nenpòt ki kote, selon eta moun yo. Travay sa a pa t predestine depi digdantan ditou; sa a se yon konsepsyon imen! Li travay pandan Li ap obsève efè travay Li, epi travay Li kontinye ap vin pi pwofon epi ap devlope; apre Li obsève rezilta travay Li, Li egzekite pwochen etap travay Li a. Li itilize anpil bagay pou Li fè tranzisyon tikras pa tikras epi revele nouvo travay Li a bay moun ofiramezi tan ap pase. Fason Li travay sa a kapab bay moun yo sa yo bezwen, paske Bondye konnen moun twò byen. Se konsa Li reyalize travay Li depi nan syèl la. Menm jan an tou, Bondye enkane a fè travay Li nan menm fason an, kote Li fè aranjman epi Li travay nan mitan lòm selon sikonstans reyèl yo. Pa gen okenn nan travay Li ki te ranje anvan mond lan te kreye, ni li pa t planifye an detay alavans. De mil an apre mond lan te fin kreye, Jewova te wè nan ki nivo limanite te vin kowonpi, kidonk Li te sèvi ak bouch pwofèt Ezayi pou predi ke, apre Epòk Lalwa a te fini, Jewova ta pral reyalize travay Li pou rachte limanite nan Epòk Lagras la. Se vre, sa a se te plan Jewova a, men plan sa a te fèt tou selon sikonstans Li t ap obsève nan moman an; Li pa t panse a sa tousuit apre Li te fin kreye Adan. Ezayi te annik pwononse yon pwofesi, men Jewova pa t fè preparasyon davans pou travay sa a pandan Epòk Lalwa a; okontrè, Li te mete li an mouvman nan kòmansman Epòk Lagras la, lè mesaje a te parèt nan rèv Jozèf pou revele ke Bondye t ap tounen moun, epi se sèlman lè sa a travay enkanasyon Li a te kòmanse. Bondye pa t, jan moun yo imajine a, prepare pou travay enkanasyon Li a tousuit apre Li te fin kreye mond lan; Li te deside sa sèlman selon nivo limanite te devlope ak sitiyasyon gè Li kont Satan an.
Lè Bondye vin enkane, Lespri Li desann sou yon moun; nan lòt mo, Lespri Bondye a abiye Li menm avèk yon kò fizik. Li vini pou Li fè travay Li sou tè a, se pa pou Li pote avèk Li kèk etap limite; travay Li absoliman san limit. Travay Sentespri a fè nan lachè toujou detèmine selon rezilta travay Li yo, epi Li itilize bagay sa yo pou Li detèmine konbyen tan Li ap fè travay pandan Li nan lachè. Sentespri a fè chak etap travay Li parèt aklè dirèkteman, Li ap egzamine travay Li ofiramezi Li ap avanse; travay sa a pa tèlman sinatirèl pou li ta depase limit imajinasyon imen an. Sa sanble ak travay Jewova lè Li te kreye syèl yo, tè a ak tout sa ki ladan li; Li te planifye epi Li te travay anmenmtan. Li te separe limyè a ak fènwa a, epi maten ak aswè te vin egziste—sa te pran yon jou. Sou dezyèm jou a, Li te kreye syèl la, epi sa te pran yon jou tou; apre sa Li te kreye tè a, lanmè yo, ansanm ak tout bèt ki t ap viv ladan yo, ki te mande yon lòt jou anplis. Sa te kontinye jouk sou sizyèm jou a, lè Bondye te kreye lòm epi Li te kite l jere tout bagay ki sou tè a. Lèfini, sou setyèm jou a, lè Li te fin kreye tout bagay, Li te repoze. Bondye te beni setyèm jou a epi Li te deziyen li kòm yon jou sen. Se sèlman apre Li te deja fin kreye tout bagay Li te deside tabli jou sen sa a, pa anvan Li te kreye yo. Li te fè travay sa a tou ofiramezi Li t ap avanse; anvan Li te kreye tout bagay, Li pa t deside pou Li kreye mond lan an sis jou epi repoze sou setyèm nan; sa pa koresponn ak reyalite yo ditou. Li pa t janm pwononse yon bagay konsa, ni Li pa t planifye sa. Li pa t janm di ditou ke kreyasyon tout bagay yo t ap fini sou sizyèm jou a epi Li t ap repoze sou setyèm nan; okontrè, Li te kreye selon sa ki te sanble bon pou Li nan moman an. Lè Li te fin kreye tout bagay, sizyèm jou a te deja rive. Si se te senkyèm jou a lè Li te fin kreye tout bagay, Li t ap deziyen sizyèm jou a kòm yon jou sen. Sepandan, se vre Li te fin kreye tout bagay sou sizyèm jou a, konsa setyèm jou a te tounen yon jou sen, ki pase jenerasyon an jenerasyon jis jodi a. Kidonk, travay Li kounye a ap fèt nan menm fason sa a tou. Li pale selon eta nou ye yo pou fè pwovizyon pou bezwen nou. Sa vle di, Lespri a pale epi travay selon eta moun yo; Li egzamine tout bagay an pwofondè epi Li travay nenpòt kilè ak nenpòt ki kote. Sa Mwen fè, sa Mwen di, sa Mwen mete sou nou, ak sa Mwen ba nou yo, se sa nou bezwen, san okenn eksepsyon. Kidonk, pa gen okenn nan travay Mwen ki separe ak reyalite a; yo tout pratik, paske nou tout konnen «Lespri Bondye egzamine tout bagay an pwofondè.» Si tout sa te deside alavans, èske li pa t ap twò baze sou yon bann règleman ak fòmil? Ou panse Bondye te fè plan pou simil an yo nèt epi apre sa Li te òdone davans pou limanite rebèl, rezistan, kwochi epi twonpè, epi pou li posede koripsyon lachè a, yon dispozisyon satanik, move dezi nan je, ak plezi pèsonèl yo. Bondye pa t òdone davans anyen nan sa, okontrè yo tout te rive akòz koripsyon Satan. Kèk moun ta kapab di: «Èske Satan pa t nan men Bondye tou? Bondye te òdone davans pou Satan kowonp lòm nan fason sa a, epi apre sa, Bondye te reyalize travay Li sou lòm.» Èske Bondye ta reyèlman òdone davans pou Satan kowonp limanite? Bondye pa mande pi bon pase pou limanite viv nòmalman, alò èske Li ta twouble lavi yo? Si se te sa, èske batay pou venk Satan ak sove limanite pa t ap yon efò initil? Kijan rebelyon limanite ta kapab te òdone davans? Se yon bagay ki rive akòz deranjman Satan, alò kijan Bondye ta ka òdone l davans? Jan nou imajine Satan nan men Bondye a trè diferan ak fason Satan nan men Bondye Mwen ap pale a. Dapre deklarasyon nou yo ki di «Bondye gen tout pouvwa, epi Satan nan men Li», Satan pa t ap janm kapab trayi Li. Èske ou pa t di Bondye gen tout pouvwa? Konesans nou genyen an twò abstrè, epi li pa konekte avèk reyalite a; lòm pa ka janm sonde panse Bondye oswa sajès Li! Bondye gen tout pouvwa; sa se pa yon manti ditou. Akanj lan te trayi Bondye paske Bondye te ba li yon pati nan otorite a okòmansman. Se vre, sa se te yon evènman yo pa t atann, menm jan ak lè Èv te tonbe anba tantasyon sèpan an. Sepandan, kèlkeswa jan Satan reyalize trayizon li a, li toujou pa gen tout pouvwa tankou Bondye. Jan nou di a, Satan sèlman gen pisans; kèlkeswa sa li fè, otorite Bondye ap toujou venk li. Sa a se vrè siyifikasyon ki dèyè pawòl sa a: «Bondye gen tout pouvwa, epi Satan nan men Li.» Kidonk, gè kont Satan an dwe fèt etap pa etap. Anplis de sa, Bondye planifye travay Li pou reponn a mannèv Satan yo—sa vle di, Li pote sali pou limanite epi Li revele tout pouvwa Li ansanm ak sajès Li nan yon fason ki apwopriye ak epòk la. Menm jan an tou, travay dènye jou yo pa t òdone davans lontan alavans, anvan Epòk Lagras la; bagay yo pa òdone davans nan yon fason byen òganize konsa: premyèman, fè dispozisyon eksteryè lòm nan chanje; dezyèmman, soumèt lòm anba chatiman ak eprèv Li yo; twazyèmman, fè lòm pase nan eprèv lanmò a; katriyèmman, fè lòm fè eksperyans tan kote li renmen Bondye epi eksprime detèminasyon yon kreyati Bondye; senkyèmman, pèmèt lòm wè entansyon Bondye yo epi konnen Li totalman, epi finalman rann lòm konplè. Li pa t planifye tout bagay sa yo pandan Epòk Lagras la; okontrè, Li te kòmanse planifye yo nan epòk kounye a. Satan ap travay, menm jan Bondye ap travay tou. Satan eksprime dispozisyon kowonpi li a, alòske Bondye pale epi pwononse pawòl dirèkteman, epi Li ekspoze kèk bagay esansyèl. Se travay sa a k ap fèt jodi a, epi se menm prensip travay yo te itilize lontan an, apre kreyasyon mond lan.
Okòmansman Bondye te kreye Adan ak Èv, epi Li te kreye yon sèpan tou. Pami tout bagay, se sèpan an ki te gen plis pwazon; kò li te gen venen, e Satan te sèvi ak venen sa a pou l pwofite sèpan an. Se sèpan an ki te tante Èv fè peche. Adan te peche apre Èv te fin fè sa, epi yo toulede te vin kapab fè diferans ant sa ki byen ak sa ki mal. Si Jewova te konnen sèpan an t ap tante Èv epi Èv t ap tante Adan, alò poukisa Li te mete yo tout anndan yon jaden? Si Li te kapab prevwa bagay sa yo, alò poukisa Li te kreye yon sèpan epi mete li anndan Jaden Edenn nan? Poukisa Jaden Edenn nan te gen fwi pyebwa konesans sa ki byen ak sa ki mal ladan li? Èske Li te gen entansyon pou yo manje fwi a? Lè Jewova te vini, ni Adan ni Èv pa t oze parèt devan Li, epi se sèlman lè sa a Jewova te konnen yo te manje fwi pyebwa konesans sa ki byen ak sa ki mal la epi yo te tonbe anba riz sèpan an. Alafen, Li te modi sèpan an, epi Li te modi Adan ansanm ak Èv tou. Lè yo toulede te manje fwi pyebwa a, Jewova pa t konnen ditou yo t ap fè sa. Limanite te vin kowonpi jis nan pwen pou li te vin mechan epi lage kò li nan imoralite seksyèl, yo te menm rive nan pwen kote tout sa yo te gen nan kè yo te mechan e enjis; tout se te salte. Kidonk, Jewova te regrèt Li te kreye limanite. Apre sa, Li te reyalize travay Li kote Li te detwi mond lan ak yon delij, e se Noye ak pitit gason li yo ki te siviv. Kèk bagay pa vrèman tèlman avanse epi sinatirèl jan moun kapab imajine li a. Kèk moun mande: «Piske Bondye te konnen akanj lan t ap trayi Li, poukisa Li te kreye li?» Men reyalite yo: Anvan tè a te egziste, akanj lan te pi gwo zanj nan syèl la. Li te gen jiridiksyon sou tout zanj nan syèl la; sa a se te otorite Bondye te ba li. Si nou pa konte Bondye, li te pi gwo zanj nan syèl la. Pita, apre Bondye te fin kreye limanite, akanj lan te komèt yon trayizon ki te pi gwo toujou kont Bondye anba sou latè. Mwen di li te trayi Bondye paske li te vle jere limanite epi depase otorite Bondye. Se akanj lan ki te tante Èv fè peche a, epi li te fè sa paske li te vle tabli wayòm li sou tè a epi fè moun yo trayi Bondye pou yo obeyi akanj lan pito. Akanj lan te wè te gen anpil bagay ki te kapab obeyi li—zanj yo te kapab, moun ki sou latè yo te kapab tou. Zwazo yo ak bèt yo, pyebwa yo, forè yo, mòn yo, rivyè yo, ansanm ak tout bagay sou tè a te anba swen lèzòm—sa vle di, Adan ak Èv—alòske Adan ak Èv te obeyi akanj lan. Se poutèt sa akanj lan te anvi depase otorite Bondye epi trayi Bondye. Apre sa, li te mennen anpil zanj trayi Bondye, epi apre yo te tounen divès kalite lespri enpi. Èske devlopman limanite jouk jounen jodi a se pa rezilta koripsyon akanj lan? Lèzòm ye jan yo ye jodi a sèlman paske akanj lan te trayi Bondye epi li te kowonp limanite. Travay etap pa etap sa a pa ni abstrè ni senp ditou jan moun kapab imajine li a. Satan te komèt trayizon li a pou yon rezon, epoutan moun yo pa kapab konprann yon reyalite senp konsa. Poukisa Bondye, ki te kreye syèl yo, tè a ak tout sa ki ladan li, te kreye Satan tou? Piske Bondye rayi Satan anpil konsa, epi Satan se ènmi Li, poukisa Li te kreye Satan? Lè Li te kreye Satan, èske Li pa t ap kreye yon ènmi? An reyalite, Bondye pa t kreye yon ènmi; okontrè, Li te kreye yon zanj, epi apre sa zanj sa a te trayi Li. Pozisyon li te vin tèlman wo ki fè li te anvi trayi Bondye. Moun ta kapab di sa a se te yon aza, men li te yon bagay inevitab tou. Se menm jan ak yon moun k ap mouri san mank apre li fin grandi rive nan yon sèten nivo; se jis bagay yo ki te devlope rive nan etap sa a. Kèk moun sòt ak lide absid di: «Piske Satan se ènmi Ou, poukisa Ou te kreye li? Èske Ou pa t konnen akanj lan t ap trayi Ou? Èske Ou pa gade soti nan letènite rive nan letènite? Èske Ou pa t konnen nati akanj lan? Piske Ou te byen konnen li t ap trayi Ou, poukisa Ou te fè li tounen yon akanj? Non sèlman li te trayi Ou, li te mennen anpil lòt zanj avèk li tou epi li te desann nan mond mòtèl yo pou li kowonp limanite, epi jis jounen jodi a, Ou toujou pa kapab fini plan jesyon simil an Ou an.» Èske pawòl sa yo kòrèk? Lè ou panse nan fason sa a, èske w pa gaspiye enèji mantal ou? Gen lòt moun ki di: «Si Satan pa t kowonp limanite jiska jounen jodi a, Bondye pa t ap pote kalite sali sa a pou limanite. Konsa, moun pa t ap kapab wè sajès Bondye ak tout pouvwa Li; ki kote sajès Li t ap parèt aklè? Se pou Satan Bondye te kreye yon ras imen pou Li te kapab revele tout pouvwa Li apre sa—sinon, kijan lòm ta kapab dekouvri sajès Bondye? Si lòm pa t reziste kont Bondye ni rebele kont Li, li pa t ap nesesè pou zèv Li yo parèt aklè. Si tout kreyati Bondye yo t ap adore Li epi obeyi Li, Bondye pa t ap gen okenn travay pou Li fè.» Sa a pi lwen reyalite a toujou, paske pa gen anyen ki sal nan Bondye, kidonk Li pa kapab kreye salte. Li fè zèv Li yo parèt aklè kounye a sèlman nan bi pou Li venk ènmi Li a, pou Li sove moun Li te kreye yo, epi pou Li venk demon yo ak Satan, ki rayi, trayi epi reziste kont Bondye, epi ki te anba dominasyon Li e ki te pou Li nan kòmansman an. Bondye vle venk demon sa yo, epi, lè Li fè sa, pou Li revele tout pouvwa Li bay tout bagay. Limanite ansanm ak tout bagay sou tè a kounye a anba anpriz Satan epi yo kouche anba pouvwa mechan an. Bondye vle revele zèv Li yo bay tout bagay dekwa pou moun yo kapab konnen Li, pou Li ka venk Satan epi kraze ènmi Li yo nèt. Se lè Li revele zèv Li yo tout travay sa a vin akonpli nèt. Tout kreyati Li yo anba anpriz Satan, kidonk Bondye swete revele tout pouvwa Li ba yo, pou Li ka venk Satan konsa. Si pa t gen Satan, Li pa t ap bezwen revele zèv Li yo. Si se pa t akòz twoub Satan an, apre Bondye te fin kreye limanite, Li t ap mennen yo pou y al viv nan Jaden Edenn nan. Poukisa, anvan trayizon Satan an, Bondye pa t janm revele tout zèv Li yo bay zanj yo ni bay akanj lan? Si, okòmansman, tout zanj yo ak akanj lan te konnen Bondye epi yo te soumèt devan Li, alò Bondye pa t ap reyalize tout travay san sans sa yo. Piske gen Satan ak demon yo, epi piske lèzòm reziste kont Bondye epi yo plen dispozisyon rebèl ras bò, se poutèt sa Bondye pral revele zèv Li yo. Piske Li pral batay ak Satan, Li dwe sèvi ak pwòp otorite Li ak tout zèv Li yo pou Li venk li; nan fason sa a, travay Sali a Li akonpli nan mitan lèzòm nan ap pèmèt yo wè sajès ak tout pouvwa Li. Travay Bondye ap fè jodi a gen sans, epi li pa sanble ditou ak sa kèk moun vle pale de li lè yo di: «Èske travay Ou ap fè a pa gen kontradiksyon? Èske seri travay sa yo se pa annik yon fason pou Ou kreye twoub pou tèt Ou menm? Ou te kreye Satan, epi apre sa Ou te kite li trayi epi reziste kont Ou. Ou te kreye lèzòm, epi apre sa Ou te lage yo nan men Satan, e Ou te pèmèt Adan ak Èv tonbe anba tantasyon. Piske Ou te fè tout bagay sa yo espre, poukisa Ou toujou rayi limanite? Poukisa Ou rayi Satan? Èske tout sa se pa pwòp zèv Ou? Kisa ki genyen pou Ou rayi a?» Yon bon valè moun absid di bagay konsa. Yo swete renmen Bondye, men nan fon kè yo, y ap plenyen kont Bondye. Ala yon kontradiksyon! Ou pa konprann reyalite yo, ou gen twòp panse sinatirèl, epitou ou menm pretann Bondye fè yon erè—ala absid ou absid! Se ou menm k ap jwe ak laverite a; se pa Bondye ki fè yon erè! Kèk moun menm plenyen san rete: «Se Ou menm ki te kreye Satan, epi se Ou ki te voye Satan desann pami lèzòm epi Ou te lage yo nan men li. Lè lèzòm te vin posede dispozisyon satanik yo, Ou pa t padone yo; okontrè, Ou te rayi yo rive nan yon sèten nivo. Okòmansman Ou te renmen yo rive nan yon sèten nivo, men kounye a Ou rayi yo. Se Ou menm ki rayi limanite, epoutan se Ou menm tou ki renmen limanite. Kisa k ap pase la a egzakteman? Èske sa a se pa yon kontradiksyon?» Kèlkeswa fason nou gade sa, se sa ki te pase nan syèl la; se konsa akanj lan te trayi Bondye epi limanite te vin kowonpi, epi se konsa lèzòm kontinye jis jounen jodi a. Kèlkeswa fason nou fòmile sa, sa a se tout istwa a nèt. Sepandan, nou dwe konprann ke tout objektif ki dèyè travay Bondye ap fè jodi a se pou sove nou epi pou venk Satan.
Paske zanj yo te patikilyèman frajil epi yo pa t posede okenn kapasite ki gen enpòtans, yo te vin awogan kou yo te resevwa otorite. An patikilye, akanj lan te nan yon pozisyon ki pi wo pase tout lòt zanj yo; li te yon wa pami zanj yo. Anba Jewova, li te dirije plizyè milyon zanj, epi otorite li te depase otorite nenpòt nan lòt zanj yo. Li te vle fè yon pakèt bagay, epi mennen zanj yo desann nan mitan lèzòm pou li kontwole mond lan. Bondye te di se Li menm ki responsab linivè a; men akanj lan te deklare se li ki responsab linivè a—depi lè sa a, akanj lan te trayi Bondye. Bondye te kreye yon lòt mond nan syèl la, epi akanj lan te vle kontwole mond sa a epi desann nan mond mòtèl yo tou. Èske Bondye te kapab pèmèt li fè sa? Konsa, Li te frape akanj lan epi Li te voye li desann nan mitan lè a. Depi lè li te kowonp lèzòm, Bondye ap fè gè ak akanj lan nan bi pou Li sove yo; Li te itilize simil an sa yo pou Li venk li. Nan imajinasyon nou, Bondye gen tout pouvwa. Imajinasyon nou yo pa koresponn ak travay Bondye ap reyalize kounye a; yo pa reyalizab ditou, epi yo fo e san sans nèt! Anfèt, se sèlman apre trayizon akanj lan Bondye te deklare li kòm ènmi Li. Se sèlman akòz trayizon li a ki fè akanj lan te pilonnen limanite anba pye li apre li te rive nan mond mòtèl yo, epi se pou rezon sa a limanite devlope rive nan pwen sa a. Apre sa te fin rive, Bondye te sèmante bay Satan: «Mwen ap venk ou epi sove tout moun Mwen te kreye yo.» Kòm li pa t konvenki okòmansman, Satan te reponn: «Kisa Ou kapab fè mwen vrèman? Èske Ou kapab vrèman voye mwen desann nan mitan lè a? Èske Ou kapab vrèman venk mwen?» Apre Bondye te voye li desann nan mitan lè a, Li pa t bay akanj lan atansyon ankò, epi plita Li te kòmanse sove limanite epi reyalize pwòp travay Li malgre twoub kontinyèl Satan yo. Satan te kapab fè yon pakèt bagay, men se te sèlman grasa pouvwa Bondye te ba li anvan yo; li te pote yo avèk li desann nan mitan lè a, epi li kenbe yo jis jounen jodi a. Lè Li te frape akanj lan pou voye li desann nan mitan lè a, Bondye pa t reprann otorite li a, e konsa Satan te kontinye kowonp limanite. Yon lòt bò, Bondye te kòmanse sove limanite Satan te kowonp yon ti tan apre kreyasyon yo a. Bondye pa t revele zèv Li yo lè Li te nan syèl la; sepandan, anvan Li te kreye tè a, Li te pèmèt moun nan mond Li te kreye nan syèl la wè zèv Li yo, konsa Li t ap gide moun sa yo ki te pi wo pase syèl la. Li te ba yo sajès ak entèlijans, epi Li te mennen moun sa yo al viv nan mond sa a. Natirèlman, pa gen pèsonn pami nou ki te janm tande sa anvan. Plita, apre Bondye te fin kreye lèzòm, akanj lan te kòmanse kowonp yo; sou tè a, tout limanite te tonbe nan dezòd. Se sèlman lè sa a Bondye te kòmanse gè Li kont Satan, epi se sèlman nan moman sa a lèzòm te kòmanse wè zèv Li yo. Okòmansman, zèv Li yo te kache pou limanite. Apre yo te voye Satan desann nan mitan lè a, li te fè pwòp bagay li epi Bondye te kontinye fè pwòp travay Li, Li t ap fè gè san rete kont Satan, jouk rive nan dènye jou yo. Kounye a se lè pou Satan detwi. Okòmansman, Bondye te ba li otorite, epi plita Li te frape l epi Li te voye l desann nan mitan lè a, epoutan li te rete wòklò. Apre sa, li te kowonp limanite sou tè a, men Bondye te la ap jere limanite. Bondye itilize jesyon Li sou lèzòm pou Li venk Satan. Lè li kowonp moun yo, Satan mete yon fen nan desten yo epi li twouble travay Bondye. Yon lòt bò, travay Bondye a se sali limanite. Ki etap nan travay Bondye fè a ki pa la pou sove limanite? Ki etap ki pa la pou netwaye moun yo, epi pou fè yo aji avèk dwati epi viv yon imaj moun ka renmen? Sepandan, Satan pa fè sa. Li kowonp limanite; li toujou ap reyalize travay kowonp limanite li a anndan linivè a. Se vre, Bondye fè pwòp travay Li tou, san Li pa bay Satan atansyon. Kèlkeswa valè otorite Satan genyen, se Bondye ki te ba li otorite sa a toujou; Bondye senpleman pa t ba li tout otorite Li, e konsa kèlkeswa sa Satan fè, li pa kapab janm depase Bondye epi l ap toujou nan men Bondye. Bondye pa t revele okenn nan zèv Li yo lè Li te nan syèl la. Li te sèlman bay Satan yon ti pòsyon otorite epi Li te pèmèt li egzèse kontwòl sou lòt zanj yo. Se poutèt sa, kèlkeswa sa Satan fè, li pa kapab depase otorite Bondye, paske otorite Bondye te ba li okòmansman an limite. Pandan Bondye ap travay, Satan ap twouble. Nan dènye jou yo, twoub li yo ap fini; menm jan an tou, travay Bondye a ap fini tou, epi moun Bondye swete rann konplè yo ap vin konplè. Bondye dirije moun yo yon fason ki pozitif; lavi Li se dlo vivan, san mezi epi san limit. Satan te kowonp lòm rive nan yon sèten nivo; alafen, dlo lavi vivan an ap rann lòm konplè, epi l ap enposib pou Satan entèfere epi reyalize travay li. Konsa, Bondye ap kapab genyen moun sa yo nèt. Menm kounye a, Satan rete wòklò; li toujou ap eseye fè konpetisyon avèk Bondye, men Li pa ba li atansyon. Bondye te di: «Mwen ap ranpòte laviktwa sou tout fòs fènwa Satan yo ak sou tout enfliyans fènwa yo.» Sa a se travay ki dwe fèt nan lachè, epi li se siyifikasyon enkanasyon Bondye a tou: pou konplete etap travay kote L ap venk Satan nan dènye jou yo, epi pou efase tout bagay ki pou Satan nèt. Laviktwa Bondye sou Satan se yon bagay inevitab! Anfèt, Satan te deja echwe depi lontan. Lè levanjil la te kòmanse gaye toupatou nan peyi gwo dragon wouj la—sa vle di, lè Bondye enkane a te kòmanse travay Li epi travay sa a te kòmanse ap pwogrese—Satan te sibi yon defèt total, paske objektif menm enkanasyon an se te pou venk Satan. Satan te wè Bondye te vin enkane yon lòt fwa epi Li te kòmanse reyalize travay Li, yon bagay okenn fòs pa t kapab kanpe, e poutèt sa li te rete bèbè lè li te wè travay sa a, epi li pa t oze fè anyen ankò. Okòmansman Satan te panse li menm tou te gen anpil sajès, epi li te dezòganize epi twouble travay Bondye a; sepandan, li pa t atann Bondye t ap vin enkane yon lòt fwa, ni nan travay Li, Bondye t ap itilize rebelyon Satan an pou Li ekspoze epi jije limanite, konsa pou Li konkeri lèzòm epi venk Satan. Bondye gen plis sajès pase Satan, epi travay Li depase li anpil. Se poutèt sa, jan Mwen te deja di a: «Travay Mwen fè a fèt pou reponn a mannèv Satan yo; alafen, Mwen ap revele tout pouvwa Mwen epi enpuisans Satan.» Bondye an devan L ap fè travay Li, alòske Satan ap swiv pa dèyè, jiskaske, alafen, li finalman vin detwi—li p ap menm konnen kisa k te frape li a! L ap konprann laverite a sèlman lè li fin kraze brize, epi lè sa a, l ap deja boule nèt anndan letan dife a. Èske li p ap totalman konvenki lè sa a? Paske lè sa a Satan p ap gen okenn mannèv ankò pou li itilize!
Se travay etap pa etap epi reyalis sa a ki souvan chaje kè Bondye ak tristès pou limanite, kidonk gè Li kont Satan an dire simil an, epi Bondye te di: «Mwen p ap janm kreye limanite ankò, ni Mwen p ap janm bay zanj yo otorite ankò.» Depi lè sa a, lè zanj yo te vini pou yo travay sou tè a, yo te senpleman swiv Bondye pou fè kèk travay; Li pa t janm ba yo okenn otorite ankò. Kijan zanj Izrayelit yo te wè yo te fè travay yo? Yo te parèt nan rèv epi yo te transmèt pawòl Jewova yo. Lè Jezi te leve soti vivan pami mò yo twa jou apre yo te fin kloure L sou kwa a, se zanj yo ki te pouse gwo wòch la sou kote; Lespri Bondye a pa t fè travay sa a pèsonèlman. Zanj yo te fè sèlman kalite travay sa a; yo te jwe wòl segondè, men yo pa t gen okenn otorite, paske Bondye pa t ap janm ba yo okenn otorite ankò. Apre yo fin travay pandan yon sèten tan, moun Bondye itilize sou tè a ap eseye pran plas Bondye epi yo di: «Mwen swete depase linivè a! Mwen vle kanpe nan twazyèm syèl la! Nou vle kenbe pouvwa kòm wa!» Yo vin awogan apre plizyè jou ap travay; yo vle kenbe pouvwa kòm wa sou tè a, pou yo tabli yon lòt wayòm, pou yo mete tout bagay anba pye yo, epi pou yo kanpe nan twazyèm syèl la. Èske ou pa konnen ou se senpleman yon moun Bondye ap itilize? Kijan ou ta ka monte nan twazyèm syèl la? Bondye vini sou tè a pou Li travay, an silans san Li pa rele byen fò, epi Li ale apre Li fin akonpli travay Li an kachèt. Li pa janm rele byen fò jan lèzòm fè a, men okontrè Li pratik nan fason Li ap reyalize travay Li a. Ni Li pa janm antre nan yon legliz epi rele: «Mwen pral efase nou tout nèt! Mwen pral modi nou epi chatye nou!» Li senpleman kontinye fè pwòp travay Li, epi Li ale yon fwa Li fini. Pastè relijye sa yo k ap geri malad epi chase demon, k ap fè moral pou lòt moun sou chè a, k ap fè diskou plen ak granpanpan, epi k ap diskite bagay ki pa reyalis, yo tout se awogan jis nan zo! Yo pa anyen lòt pase desandan akanj lan!
Bondye te akonpli travay simil an Li an jiska jounen jodi a, epi Li revele anpil nan zèv Li yo, sitou pou Li venk Satan epi sove tout limanite. Grasa okazyon sa a, Bondye pèmèt tout bagay nan syèl la, tout bagay sou tè a, tout bagay anndan lanmè yo, e menm chak dènye kreyati sou tè a, wè tout pouvwa Li ansanm ak tout zèv Li yo. Grasa okazyon sa a kote Li venk Satan an, Li fè tout zèv Li yo parèt aklè bay lòm, pou lòm kapab fè lwanj pou Li epi glorifye sajès Li nan fason Li venk Satan. Tout bagay sou tè a, nan syèl la, ak anndan lanmè yo bay Bondye glwa, yo fè lwanj pou tout pouvwa Li, yo fè lwanj pou chak zèv Li, epi yo rele non Li ki sen an byen fò. Sa a se prèv laviktwa Li sou Satan; sa a se prèv konkèt Li sou Satan. E sitou, sa a se prèv sali Li pote pou limanite. Tout kreyasyon Bondye a ba Li glwa, yo fè lwanj pou Li dèske Li venk ènmi Li a epi Li retounen ak laviktwa, epi yo glorifye Li kòm gwo Wa ki ranpòte laviktwa a. Objektif Li se pa senpleman pou Li venk Satan, se poutèt sa travay Li kontinye pandan simil an. Lè Li venk Satan, Li sove limanite; lè Li venk Satan, Li revele tout zèv Li yo ansanm ak tout glwa Li. Li pral genyen glwa, epi tout foul zanj yo pral wè tout glwa Li. Mesaje nan syèl yo, lèzòm sou tè a, ansanm ak tout kreyati Li yo sou tè a pral wè glwa Kreyatè a. Sa a se travay Li ap fè a. Kreyati Li yo nan syèl la ak sou tè a yo tout ap wè glwa Li, epi L ap retounen ak triyonf apre Li fin venk Satan totalman, pandan tout limanite ap fè lwanj pou Li—sa a se yon travay ki atenn de objektif anmenmtan. Alafen, Li pral konkeri tout limanite, epi Li pral efase tout moun ki reziste oswa ki rebele; nan lòt mo, Li pral efase tout moun ki pou Satan yo. Kounye a w ap wè tèlman anpil zèv Bondye, poutan ou toujou ap reziste, ou rebèl, epi ou pa soumèt; ou kenbe anpil bagay anndan ou, epi ou fè kèlkeswa sa ou vle. Ou swiv pwòp move dezi ou ansanm ak sa ou pito. Tout sa se rebelyon ak rezistans. Nenpòt kwayans nan Bondye ki fèt pou lachè ak pou move dezi yon moun, ansanm ak pou pwòp sa yon moun renmen, pou mond lan, ak pou Satan, se yon bagay ki sal; li rezistan epi li rebèl. Sèjousi, gen tout kalite lafwa ki diferan: Kèk ladan yo ap chèche kachèt pou pwoteje tèt yo kont dezas, alòske gen lòt k ap chèche jwenn benediksyon; gen moun ki swete konprann mistè, alòske gen lòt toujou k ap konvwate richès. Tout sa yo se fòm rezistans epi yo tout se blasfèm! Lè yo di yon moun reziste oswa li rebele—èske sa pa fè referans ak konpòtman sa yo? Anpil moun jounen jodi a ap babye, ap plenyen, oswa ap fè jijman. Tout sa se bagay moun mechan fè; sa a se rezistans ak rebelyon imen. Moun konsa, Satan posede yo epi li okipe yo nèt. Moun Bondye genyen yo se moun ki soumèt devan Li totalman; yo se moun Satan te kowonp men travay Bondye ap fè kounye a te sove yo epi konkeri yo, yo te andire tribilasyon, epi, alafen, Bondye te genyen yo nèt, yo pa viv anba anpriz Satan ankò, yo kase chenn enjistis, epi yo dispoze pou yo viv sentete a—moun konsa se moun ki pi sen pami lèzòm; yo se vrè moun sen yo. Si aksyon ou yo kounye a pa koresponn menm avèk yon sèl pati nan egzijans Bondye yo, alò ou ap elimine. Sa a pa gen diskisyon. Tout bagay depann sou sa k ap pase kounye a; menm si yo te predestine ou epi chwazi ou, aksyon ou yo jodi a ap toujou detèmine rezilta ou. Si ou pa kapab kenbe rit la kounye a, ou ap elimine. Si ou pa kapab kenbe rit la kounye a, kijan ou ka kenbe rit la plita? Yon gwo mirak konsa parèt devan ou, epoutan ou toujou pa kwè. Alò, kijan w ap kwè nan Bondye plita, lè Li fin akonpli travay Li epi Li p ap fè kalite travay konsa ankò? Lè sa a, l ap pi enposib toujou pou ou swiv Li! Plita, Bondye pral baze sou atitid ou parapò ak travay Bondye enkane a, konesans ou genyen sou li a, ansanm ak eksperyans ou, pou Li detèmine si ou chaje ak peche oswa si ou dwat, oswa pou Li detèmine si ou pèfeksyone oswa si ou elimine. Kounye a ou dwe wè klè. Sentespri a travay konsa: Li detèmine rezilta ou dapre konpòtman ou jodi a. Kiyès k ap pwononse pawòl jodi a yo? Kiyès k ap fè travay jodi a a? Kiyès ki deside y ap elimine ou jodi a? Kiyès ki deside pou l rann ou pafè? Èske se pa sa Mwen fè Mwen menm? Mwen se Sila a k ap pwononse pawòl sa yo; Mwen se Sila a k ap reyalize travay konsa. Modi, chatye, ak jije moun yo, yo tout fè pati travay Mwen an, menm jan ak eliminasyon ou pral sibi alafen an tou. Tout bagay sa yo se zafè pa Mwen! Rann ou pafè a se zafè pa Mwen, epi pèmèt ou jwi benediksyon yo se zafè pa Mwen tou. Tout sa se travay Mwen fè. Jewova pa t òdone rezilta ou a davans; se Bondye jodi a k ap detèmine li. Y ap detèmine li kounye a menm; yo pa t detèmine l depi byen lontan anvan mond lan te kreye. Kèk moun absid di: «Petèt gen yon pwoblèm nan je Ou, epi Ou pa wè mwen jan Ou ta dwe wè mwen an. Alafen, Ou ap wè egzakteman sa Lespri a revele!» Okòmansman Jezi te chwazi Jida kòm disip Li. Moun mande: «Kijan Li ta ka chwazi yon disip ki t ap gen pou trayi Li?» Okòmansman, Jida pa t gen okenn entansyon pou li trayi Jezi; sa te senpleman rive plita. Nan moman sa a, Jezi te konsidere Jida avèk favè, kidonk Li te fè Jida swiv Li, epi apre sa Li te konfye li responsablite pou li jere lajan an. Si Jezi te konnen Jida t ap detounen lajan an, Li pa t ap janm ba li responsablite sa a. Moun ka di okòmansman Jezi pa t konnen nonm sa a te kwochi epi li te twonpè, oswa li t ap twonpe frè ak sè li yo. Plita, apre Jida te pase yon ti tan ap swiv Jezi, Jezi te wè li k ap flate frè ak sè li yo epi flate Bondye. Moun yo te dekouvri tou Jida te gen yon abitid vòlè lajan nan kès la, epi apre sa yo te di Jezi sa. Se sèlman lè sa a Jezi te vin okouran de tout sa ki t ap pase yo. Paske Jezi te dwe reyalize travay krisifiksyon an epi Li te bezwen yon moun pou trayi Li, epi paske pa aza Jida te egzakteman kalite moun ki apwopriye pou jwe wòl sa a, Jezi te di: «Ap gen yon moun nan mitan nou k ap trayi Mwen. Pitit lòm nan ap itilize trayizon sa a pou yo kloure L sou kwa a, epi apre twa jou Li ap leve soti vivan pami mò yo.» Nan moman sa a, anfèt Jezi pa t chwazi Jida pou li trayi Li; okontrè, Li te espere Jida t ap vin yon disip lwayal. San atann, Jida te vin tounen yon moun dejenere ki ava e ki te trayi Seyè a, konsa parapò ak sitiyasyon sa a, Jezi te chwazi Jida pou travay sa a. Si touledouz disip Jezi yo te lwayal epi pa t gen youn pami yo ki te tankou Jida, alò moun ki t ap gen pou trayi Jezi a alafen se t ap yon moun ki pa t pami disip yo. Sepandan, nan moman sa a, pa aza te gen yon moun pami disip yo ki te renmen pran lajan anba anba: Jida. Se poutèt sa Jezi te itilize nonm sa a pou Li akonpli travay Li. Ala sa te senp! Jezi pa t predestine sa depi nan kòmansman travay Li a; Li te sèlman pran desizyon sa a yon fwa bagay yo te fin devlope rive nan yon sèten nivo. Sa a se te desizyon Jezi, sa vle di se te desizyon Lespri Bondye a Li menm. Okòmansman, se Jezi ki te chwazi Jida; lè Jida te trayi Jezi plita, sa a se te Sentespri a ki t ap pwofite sèvi ak sikonstans yo. Se te travay Sentespri a te fè nan moman sa a. Lè Jezi te chwazi Jida a, Li pa t konnen ditou Jida t ap gen pou trayi Li. Li te sèlman konnen nonm nan se te Jida Iskariòt. Rezilta nou yo, tou, detèmine selon nivo soumisyon nou jodi a epi selon kantite kwasans lavi nou genyen, pa selon okenn konsepsyon imen ki ta vle fè kwè rezilta nou yo te òdone davans lè kreyasyon mond lan. Ou dwe wè bagay sa yo klè. Pa gen okenn nan travay sa a ki fèt nan fason ou imajine li a.