Se Sèlman Moun ki Konnen Bondye ak Travay Li ki Satisfè Bondye

Travay Bondye enkane a gen de pati. Lè Li te enkane pou premye fwa a, moun yo pa t kwè nan Li ni yo pa t konnen Li, epi yo te kloure Jezi sou kwa a. Apre sa, lè Li te enkane pou yon dezyèm fwa, moun yo toujou pa t kwè nan Li, alewè pou yo ta konnen Li, epi yon lòt fwa ankò, yo te kloure Kris sou kwa a. Èske lòm pa lènmi Bondye? Si lòm pa konnen Li, ki jan lòm ta ka vin zanmi entim Bondye? Ki jan li ta ka kalifye pou l se yon temwen pou Bondye? Èske tout sa lòm pretann—li renmen Bondye, l ap sèvi Bondye, l ap glorifye Bondye—se pa manti k ap twonpe moun? Si ou bay lavi w pou ou pouswiv bagay sa yo ki pa reyalis e ki pa pratik, èske ou pa travay anven? Ki jan ou ta ka vin zanmi entim Bondye alòske ou pa menm konnen kiyès Bondye ye? Èske yon pouswit konsa pa imajinè? Èske se pa twonpri? Ki jan yon moun dwe fè pou l vin zanmi entim Bondye? Ki siyifikasyon pratik sa genyen pou yon moun vin zanmi entim Bondye? Èske ou kapab vin zanmi entim Lespri Bondye a? Èske ou kapab wè ki gwosè ak wotè Lespri a genyen? Pou w ta zanmi entim yon Bondye moun pa ka wè, moun pa ka manyen—èske sa pa imajinè? Ki siyifikasyon pratik yon pouswit konsa genyen? Èske tout sa se pa manti k ap twonpe moun? Sa w ap pouswiv la, se pou ou vin zanmi entim Bondye, men an reyalite, ou se ti chen Satan, paske ou pa konnen Bondye, epi w ap pouswiv «Bondye ki nan mitan tout bagay» la ki pa egziste a, ki envizib, ki entanjib, epi ki chita nan pwòp konsepsyon ou yo. Pou di sa yon fason vag, yon «Bondye» konsa se Satan, epi pou di l yon fason pratik, se ou menm. W ap chèche vin pwòp zanmi entim tèt ou, epoutan ou toujou ap di w ap chèche vin zanmi entim Bondye—èske sa pa yon blasfèm? Ki valè yon pouswit konsa genyen? Si Lespri Bondye a pa enkane, lè sa a, esans Bondye a se sèlman yon Lespri lavi moun pa ka wè, moun pa ka manyen, ki pa gen fòm epi ki san imaj, ki pa materyèl, lòm pa ka apwoche Li ni konprann Li. Ki jan lòm ta ka vin zanmi entim yon Lespri ki pa gen kò, ki mèveye, ki ensondab tankou Lespri sa a? Èske sa pa yon blag? Sa se yon rezonman absid ki pa valab e pi plis toujou ki pa reyalis. Lòm ki se kreyati a gen yon nati ki diferan nèt ak Lespri Bondye a, kidonk, ki jan yo de a ta ka vin zanmi entim? Si Lespri Bondye a pa t konkretize nan lachè—sa vle di, si Bondye pa t enkane, si Li pa t rabese Tèt Li pou Li tounen yon kreyati Bondye, lè sa a lòm ki se kreyati a pa t ap kalifye ni l pa t ap kapab vin zanmi entim Li, epi apa de kwayan devwe sa yo ki gendwa gen chans pou yo vin zanmi entim Bondye apre nanm yo fin antre nan syèl la, pifò moun pa t ap kapab vin zanmi entim Lespri Bondye a. Epi si moun yo swete vin zanmi entim Bondye nan syèl la anba direksyon Bondye enkane a, èske yo pa yon seri moun ki pa moun ki etonaman sòt? Moun yo annik ap pouswiv pou yo «devwe» pou yon Bondye envizib, epi yo pa bay Bondye moun ka wè a okenn atansyon, paske li tèlman fasil pou pouswiv yon Bondye envizib. Moun yo ka fè sa nenpòt jan yo vle, men pouswit Bondye ki vizib la pa tèlman fasil. Moun k ap pouswiv yon dye imajinè pa kapab genyen Bondye ditou, paske bagay ki imajinè yo se lòm ki imajine yo tout, epi lòm pa kapab genyen yo. Si Bondye ki te vini nan mitan nou an te yon Bondye ki gran epi ki elve, ki pa t aksesib pou nou, lè sa a, ki jan nou ta ka byen konprann entansyon Li yo? Epi ki jan nou ta ka konnen Li epi konprann Li? Si Li te sèlman fè travay Li, epi Li pa t gen okenn kontak nòmal avèk lòm, oubyen Li pa t posede okenn imanite nòmal epi mòtèl yo pa t ka apwoche Li, lè sa a, menmsi Li te fè anpil travay sou nou, nou pa t gen kontak avèk Li, epi nou pa t kapab wè Li, ki jan nou ta ka konnen Li? Si se pa t pou chè sa a ki posede imanite nòmal, lòm pa t ap gen okenn mwayen pou li konnen Bondye; se sèlman akòz enkanasyon Bondye a ki fè lòm kalifye pou li vin zanmi entim Bondye ki nan lachè a. Moun yo vin zanmi entim Bondye paske yo an kontak avèk Li, epi paske piti piti yo rive konnen Li lè yo viv ansanm avèk Li epi yo entèraji avèk Li. Si se pa t konsa, èske pouswit lòm pa t ap anven? Sa vle di, se pa sèlman akòz travay Bondye ki fè lòm kapab vin zanmi entim Bondye, men se akòz aspè pratik ak nòmalite Bondye enkane a. Se sèlman paske Bondye enkane ki fè moun yo gen chans pou yo fè devwa yo, ak chans pou yo adore vrè Bondye a. Èske sa a se pa verite ki pi reyalis epi ki pi pratik la? Kounye a, èske ou toujou swete vin zanmi entim Bondye nan syèl la? Se sèlman lè Bondye rabese Tèt Li jiska yon sèten pwen, sa vle di, se sèlman lè Bondye enkane, lòm kapab vin zanmi entim Li ak konfidan Li. Bondye se Lespri a, Li sitèlman gran epi Li elve, epi Li tèlman ensondab—ki jan moun yo fè kalifye pou yo vin zanmi entim Li? Se sèlman lè Lespri Bondye a desann nan lachè, epi Li tounen yon kreyati Bondye ki gen menm koki ekstèn ak lòm, moun yo kapab konprann entansyon Li yo epi Li kapab genyen yo nan yon fason pratik. Li pale epi Li travay nan lachè, Li pataje lajwa, lapenn, ak tribilasyon limanite yo, Li viv nan menm mond lan ansanm ak limanite, Li pwoteje limanite, Li gide yo, epi Li pèmèt yo pirifye epi jwenn sali Li ak benediksyon Li. Se sèlman lè moun yo jwenn bagay sa yo epi yo vrèman konprann entansyon Bondye yo, y ap kapab vin zanmi entim Bondye. Se sèlman sa ki pratik. Si Bondye te envizib epi moun pa t ka manyen Li, lè sa a, ki jan yo ta ka vin zanmi entim Li? Èske sa pa yon doktrin vid?

Apre yo fin kwè nan Bondye jouk kounye a, anpil moun toujou ap pouswiv sa ki imajinè. Yo pa byen konprann aspè pratik travay Bondye jodi a, epi yo toujou ap viv nan mitan pawòl ak doktrin yo. Anplis, pifò moun poko antre nan reyalite nouvo ekspresyon tankou «nouvo jenerasyon moun ki renmen Bondye yo», «zanmi entim Bondye», «egzanp pafè ak modèl nan renmen Bondye», epi «estil Pyè»; okontrè, pouswit yo toujou imajinè, yo toujou ap tatonnen nan doktrin, epi yo pa konprann reyalite pawòl sa yo ditou. Lè Lespri Bondye a enkane, epi Li travay nan lachè, ou kapab wè Li epi ou kapab manyen Li. Epoutan, si ou toujou pa kapab vin zanmi entim Li, si ou toujou pa kapab vin konfidan Li, lè sa a, ki jan ou ta ka vin konfidan Lespri Bondye a? Si ou pa konnen Bondye jodi a, ki jan ou kapab fè pati nouvo jenerasyon moun ki renmen Bondye yo? Èske sa yo se pa pawòl ak doktrin vid? Èske ou kapab wè Lespri a epi konprann entansyon Li yo? Èske sa yo pa pawòl vid? Li pa sifi pou ou senpleman repete ekspresyon ak tèm sa yo, epi ou pa kapab satisfè Bondye sèlman avèk detèminasyon ou. Ou kontante w pou w pwononse pawòl sa yo sèlman, epi ou fè sa pou ou satisfè pwòp dezi ou, pou ou satisfè pwòp aspirasyon ou yo ki pa reyalis, epi pou ou satisfè pwòp konsepsyon ak panse ou yo. Si ou pa konnen Bondye jodi a, lè sa a, kèlkeswa sa ou fè, ou p ap kapab satisfè entansyon Bondye yo. Ki sa sa vle di pou yon moun se konfidan Bondye? Èske ou toujou pa konprann sa? Piske zanmi entim Bondye se lòm, Bondye se moun tou. Sa vle di, Bondye enkane, epi Li tounen moun. Se sèlman moun ki fè pati menm kalite ki kapab rele youn lòt konfidan, se sèlman lè sa a yo kapab konsidere yo kòm zanmi entim. Si Bondye te Lespri a, ki jan lòm ki se kreyati a ta ka vin zanmi entim Li?

Kwayans ou nan Bondye, pouswit ou pou laverite, e menm fason ou kondui tèt ou ta dwe baze sou reyalite a: Tout bagay ta dwe reyèl e konkrè, epi ou pa ta dwe pouswiv bagay ki se ilizyon epi ki imajinè. Pa gen okenn valè nan kondui tèt ou konsa, e anplis, yon lavi konsa pa gen okenn sans. Paske ou pase pouswit ak lavi ou sèlman nan mitan manti ak twonpri, epi paske ou pa pouswiv bagay ki gen valè ak siyifikasyon, sèl bagay ou jwenn se rezonman absid ak doktrin ki pa soti nan laverite. Bagay sa yo pa gen okenn rapò ak siyifikasyon ak valè egzistans ou, epi yo kapab sèlman mennen ou nan yon mond ki vid. Konsa, tout lavi ou ap rete san okenn valè oswa sans—epi si ou pa pouswiv yon lavi ki gen sans, lè sa a ou ta ka viv san (100) an, epi tout t ap anven. Ki jan yo ta ka rele sa yon lavi moun? Èske anfèt sa se pa lavi yon bèt? Menm jan an tou, si nou chèche mache nan chemen kwayans nan Bondye a, epoutan nou pa fè okenn efò pou nou chèche Bondye moun kapab wè a men okontrè nou adore yon Bondye moun pa ka wè ni touche, lè sa a, èske yon pouswit konsa pa pi initil toujou? Alafen, pouswit ou a ap tounen yon pil dekonm. Ki avantaj yon pouswit konsa genyen pou ou? Pi gwo pwoblèm lòm genyen sèke li renmen sèlman bagay li pa kapab wè oswa manyen, bagay ki ekstrèmeman misterye epi ki mèveye anpil, bagay lòm pa kapab imajine epi moun mòtèl pa kapab rive atenn. Plis bagay yo pa reyalis, se plis moun yo analize yo, epi moun yo menm ap pouswiv yo san yo pa okipe okenn lòt bagay, y ap espere pou granmesi y ap jwenn yo. Plis yo pa reyalis, se plis moun yo egzamine epi analize yo de prè, yo menm ale jiska envante pwòp lide konplè pa yo sou bagay sa yo. Okontrè, plis bagay yo reyalis, se plis moun yo pa pran yo oserye; yo senpleman gade yo avèk mepri, epi yo menm meprize yo. Èske se pa egzakteman atitid nou genyen anvè travay reyalis Mwen fè jodi a? Plis bagay sa yo reyalis, se plis nou gen prejije kont yo. Nou pa menm bay yon ti plas pou egzamine yo, men pito nou senpleman inyore yo; nou gade egzijans reyalis ki gen estanda ki ba sa yo avèk mepri, epi nou menm genyen anpil konsepsyon konsènan Bondye sa a ki pi pratik la, epi nou senpleman pa kapab aksepte aspè pratik Li ansanm ak nòmalite Li. Konsa, èske nou pa kenbe yon kwayans ki imajinè? Nou gen yon kwayans solid nan dye imajinè epòk pase yo, epi nou pa gen okenn enterè nan Bondye pratik jodi a. Èske se pa paske bondye yè a ak bondye jodi a soti nan de epòk diferan? Èske se pa tou paske bondye yè a se bondye syèl la ki gran epi ki elve, tandiske bondye jodi a se yon moun tou piti sou latè? Anplis, èske se pa paske bondye lòm ap adore a se bondye konsepsyon l yo pwodui, tandiske bondye jodi a fèt ak yon lachè moun ka manyen, epi li soti sou tè a? An definitiv, èske se pa paske Bondye jodi a twò reyalis ki fè lòm pa chèche Li? Paske sa Bondye jodi a mande moun yo, se egzakteman sa moun yo pi pa vle fè a, epi se sa ki fè yo santi yo wont. Èske sa pa rann bagay yo difisil pou moun yo? Èske sa pa ekspoze sikatris moun yo aklè? Se konsa, anpil moun pa pouswiv Bondye reyalis la, Bondye pratik la, epi yo tounen lènmi Bondye enkane a, sa vle di, antikris yo. Èske sa pa yon reyalite ki evidan? Nan tan lontan, lè Bondye potko enkane, ou te gendwa se yon pèsonalite relijye, oswa yon kwayan ki devwe. Apre Bondye te enkane, anpil nan kwayan devwe sa yo te tounen antikris san yo pa rann yo kont. Èske ou konnen sa k ap pase a? Nan kwayans ou nan Bondye a, ou pa konsantre sou reyalite oswa pouswiv laverite, men pito ou konsantre sou bagay ki pa reyèl—èske sa pa sous ki pi klè a ki fè ou tounen lènmi Bondye enkane a? Yo rele Bondye enkane a Kris, kidonk, èske tout moun ki pa kwè nan Bondye enkane a pa antikris? Konsa, èske sila a ou kwè nan Li a epi ou renmen an se vrèman Bondye sa a ki nan lachè a? Èske se vrèman Bondye sa a ki vivan, ki pran souf la, ki pi reyalis la epi ki nòmal yon fason ekstraòdinè a? Ki objektif pouswit ou a egzakteman? Èske se nan syèl la oswa sou tè a? Èske se yon konsepsyon oswa èske se laverite? Èske se Bondye oswa èske se yon èt sinatirèl? Anfèt, laverite se prensip lavi ki pi pratik, epi li se pi gwo prensip lavi pou limanite. Paske se egzijans Bondye fè bay lòm, epi se travay Bondye fè Li menm pèsonèlman, yo rele l yon «prensip lavi». Se pa yon prensip lavi moun rezime apati yon bagay, ni se pa yon sitasyon selèb ki soti nan yon gran pèsonalite. Okontrè, se deklarasyon ki soti nan Souveren syèl yo, tè a ak tout sa ki ladan l lan, pou limanite; se pa kèk pawòl lòm rezime, men se lavi natirèl Bondye a. E se poutèt sa yo rele li «pi gwo prensip lavi a». Pouswit moun yo pou mete laverite an pratik se akonplisman devwa yo—sa vle di, se pouswit pou yo satisfè egzijans Bondye. Esans egzijans sa a se verite ki pi reyalis la, olye de yon doktrin vid okenn moun pa ka rive akonpli. Si pouswit ou a se doktrin sèlman epi li pa gen okenn reyalite ladan l, èske ou pa yon moun ki rebele kont laverite? Èske ou pa yon moun ki atake laverite? Ki jan yon moun konsa ta ka youn k ap chèche renmen Bondye? Moun ki san reyalite yo se moun ki trayi laverite, epi yo tout rebèl nan nati yo!

Kèlkeswa fason ou pouswiv la, anvan tout bagay, ou dwe konprann travay Bondye ap fè jodi a, epi ou dwe konnen siyifikasyon travay sa a. Ou dwe konprann epi konnen ki travay Bondye pote lè Li vini nan dènye jou yo, ki dispozisyon Li pote, epi ki sa egzakteman Li pral akonpli nan lòm. Si ou pa konnen oswa konprann travay Li vin fè nan lachè a, lè sa a, ki jan ou kapab byen konprann entansyon Li yo, epi ki jan ou kapab vin zanmi entim Li? Anfèt, vin zanmi entim Bondye se pa yon bagay ki konplike, men li pa senp nonplis. Si moun yo kapab konprann sa byen klè epi yo kapab mete l an pratik, lè sa a, li vin senp; si moun yo pa kapab konprann sa klè, lè sa a sa vin pi difisil anpil, e anplis, sa fè yo vin gen tandans pouswiv bagay ki imajinè. Si, lè y ap chèche Bondye, moun yo pa gen pwòp pozisyon yo pou yo defann, epi si yo pa konnen ki verite yo ta dwe kenbe fèm, lè sa a sa vle di yo pa gen fondasyon, e konsa li vin difisil pou yo rete fèm. Jodi a, tèlman gen anpil moun ki pa konprann laverite, ki pa kapab fè diferans ant sa ki byen ak sa ki mal oswa di ki sa pou renmen oswa sa pou rayi. Li prèske enposib pou moun konsa rete fèm. Sa ki kle pou kwayans yon moun nan Bondye, se kapasite l pou l mete laverite an pratik, pou l montre konsiderasyon pou entansyon Bondye yo, pou l konnen travay Bondye fè sou lòm lè Li vini nan lachè, ansanm ak prensip Li swiv lè L ap pale. Pa swiv foul la. Ou dwe gen prensip lè w ap deside nan kisa pou ou antre, epi ou dwe kenbe prensip sa yo. Kenbe fèm nan bagay sa yo ki anndan ou ki soti nan ekleraj Bondye a—sa ap ede ou. Si ou pa fè sa, jodi a w ap panche yon bò, demen w ap panche yon lòt bò, epi ou p ap janm jwenn okenn bagay ki pratik. Si ou rete konsa, sa p ap gen okenn avantaj pou pwòp lavi ou. Moun ki pa konprann laverite yo toujou ap swiv lòt moun: Si moun yo di sa se travay Sentespri a, lè sa a ou menm tou, ou di se travay Sentespri a; si moun yo di sa se travay yon move lespri, lè sa a ou menm tou ou vin gen dout, oswa ou di tou se travay yon move lespri. Ou toujou ap repete pawòl lòt moun tankou jako, epi ou pa kapab disène anyen poukont ou, ni ou pa kapab panse pou tèt ou. Sa se yon moun ki pa gen pozisyon fiks, ki pa gen okenn disèneman—yon moun konsa se yon voryen! Ou toujou ap repete pawòl lòt moun yo: Jodi a yo di sa se travay Sentespri a, men petèt yon jou, yon moun ap di se pa travay Sentespri a, epi anfèt, li pa anyen lòt pase zèv lòm—epoutan ou pa kapab disène sa, epi lè ou wè lòt moun k ap di sa, ou repete li. Se travay Sentespri a vre, men ou di se travay lòm; èske ou pa vin youn nan moun ki blasfeme kont travay Sentespri a? Lè ou aji konsa, èske ou pa opoze ak Bondye paske ou pa gen okenn disèneman? Petèt yon jou, gen yon moun sòt k ap parèt pou l di «sa se travay yon move lespri», epi lè ou tande pawòl sa yo ou p ap konn sa pou ou fè, epi yon lòt fwa ankò, w ap kite pawòl lòt moun bare wout ou. Chak fwa yon moun twouble ou, ou pa kapab kenbe pozisyon ou fèm, epi tout sa se paske ou pa posede laverite. Kwè nan Bondye epi chèche konnen Bondye se pa yon bagay ki senp. Ou pa kapab reyalize bagay sa yo sèlman lè ou reyini ak lòt moun pou koute prèch yo, epi ou pa kapab vin pèfeksyone grasa zèl ou sèlman. Ou dwe fin fè eksperyans, posede konesans, epi gen prensip nan aksyon ou yo, epi jwenn travay Sentespri a. Lè ou fin fè eksperyans yo, w ap kapab disène anpil bagay—w ap kapab fè diferans ant sa ki byen ak sa ki mal, ant jistis ak mechanste, ant sa ki soti nan chè ak san ak sa ki soti nan laverite. Ou ta dwe kapab fè diferans ant tout bagay sa yo, epi lè ou fè sa, kèlkeswa sikonstans lan, ou p ap janm pèdi. Se sèlman sa ki vrè nivo espirityèl ou.

Konnen travay Bondye a se pa yon bagay ki senp. Ou ta dwe gen estanda ak yon objektif nan pouswit ou, ou ta dwe konnen ki jan pou ou chèche vrè chemen an, ki jan pou ou evalye si wi ou non se vrè chemen an, epi si se travay Bondye. Ki prensip ki pi fondamantal lè w ap chèche vrè chemen an? Ou dwe gade pou wè si wi ou non gen travay Sentespri a nan chemen sa a, si pawòl sa yo se ekspresyon laverite, sou kiyès yo rann temwayaj, epi ki sa sa ka pote ba ou. Fè diferans ant vrè chemen an ak fo chemen yo mande konesans de baz sou plizyè aspè, e sa ki pi fondamantal la se pou w kapab di si wi ou non travay Sentespri a prezan ladan l. Paske esans kwayans moun yo nan Bondye se kwayans nan Lespri Bondye a, e menm kwayans yo genyen nan Bondye enkane a se paske chè sa a se enkanasyon Lespri Bondye a, sa vle di, kwayans konsa se toujou kwayans nan Lespri a. Gen diferans ant Lespri a ak lachè a, men piske chè sa a soti nan Lespri a, epi li se Pawòl ki tounen moun nan, sa lòm kwè ladan l lan se toujou esans natirèl Bondye a. Donk, pou w kapab wè aklè si wi ou non se vrè chemen an, anvan tout bagay ou dwe gade pou wè si l gen travay Sentespri a, epi apre sa ou dwe gade pou w wè si gen laverite nan chemen sa a. Sa yo rele laverite a, se dispozisyon lavi imanite nòmal la. Yon lòt jan pou di l, se sa Bondye te mande lòm nan kòmansman an lè L te kreye li a, sètadi imanite nòmal nan tout antye l (sa gen ladan l kapasite pou rezone nan imanite a ansanm ak bon konprann, sajès, ak konesans de baz sou fason pou yon moun kondui tèt li). Sa vle di, ou bezwen gade si wi ou non chemen sa a kapab mennen moun yo nan yon lavi imen ki nòmal, si verite y ap pale de li a poze egzijans ki baze sou reyalite imanite nòmal la, si verite sa a reyalis epi pratik, epi si li tonbe nan moman ki pi apwopriye a. Si gen laverite, lè sa a li kapab dirije moun nan eksperyans nòmal epi ki pratik; anplis, moun yo ap vin pi nòmal toujou, kapasite pou rezone nan imanite a yo genyen an ap vin pi konplè toujou, lavi yo nan lachè a ak lavi espirityèl yo ap vin pi byen òdone toujou, epi emosyon yo ap vin pi nòmal toujou. Sa a se dezyèm prensip la. Gen yon lòt prensip ankò: se si wi ou non moun yo vin gen yon pi gwo konesans sou Bondye, epi si eksperyans yon travay ak yon verite konsa kapab enspire yon kè ki renmen Bondye anndan yo epi mennen yo pi pre Bondye toujou. Prensip sa a ka pèmèt ou evalye si wi ou non chemen sa a se vrè chemen an. Sa ki pi fondamantal, se pou wè si chemen sa a se yon chemen ki reyalis olye l se yon chemen sinatirèl, epi pou wè si wi ou non li kapab fè pwovizyon pou lavi lòm. Si l konfòme ak prensip sa yo, nou kapab konkli ke chemen sa a se vrè chemen an. Mwen pa di pawòl sa yo pou M fè nou aksepte lòt chemen nan eksperyans nou pral fè alavni yo, ni Mwen pa di yo kòm yon pwofesi ki anonse pral gen yon lòt travay nan yon nouvo epòk alavni. Mwen di yo dekwa pou nou kapab sèten chemen jodi a se vrè chemen an, yon fason pou nou pa jis kwè a mwatye e pou nou pa toujou enkapab pou nou wè travay jodi a aklè. Gen menm anpil moun, malgre yo sèten, ki toujou ap swiv san lespri klè; yon sètitid konsa pa gen okenn prensip ladan l, e tò ou ta y ap elimine moun konsa. Menm moun ki espesyalman zele lè y ap swiv yo, yo sèten nan twa pati, men yo ensèten nan senk pati. Sa montre yo pa gen okenn fondasyon. Piske kalib nou twò ba epi fondasyon nou twò fèb, nou pa gen okenn konpreyansyon sou kesyon ki gen rapò ak disèneman sa yo. Bondye pa repete travay Li, Li pa fè yon travay ki pa reyalis, Li pa poze egzijans egzajere sou lòm, epi Li pa fè yon travay ki depase kapasite lòm pou rezone. Tout travay Li fè a tonbe anndan limit kapasite nòmal lòm pou rezone, epi l pa depase kapasite pou rezone ki gen nan imanite nòmal la, epi Li fè travay Li daprè bezwen nòmal lòm. Si se travay Sentespri a, moun yo ap vin pi nòmal toujou, epi imanite yo ap vin pi nòmal toujou. Moun yo ap vin gen yon pi gwo konesans sou dispozisyon satanik kowonpi yo a, epi sou sibstans lòm nan, epi yo vin gen yon swaf k ap grandi plis toujou pou laverite. Sa vle di, lavi lòm kontinye ap pwogrese, epi dispozisyon kowonpi lòm nan sibi plis chanjman toujou—tout sa a se siyifikasyon Bondye k ap vin tounen lavi lòm. Si yon chemen pa kapab ekspoze bagay ki fòme sibstans lòm yo, l pa kapab chanje dispozisyon lòm nan, epi l pi pa kapab mennen moun yo devan Bondye oswa ba yo yon vrè konpreyansyon sou Bondye, e menm fè imanite yo vin pi ba toujou epi kapasite yo pou rezone vin pi pa nòmal toujou, lè sa a se sèten chemen sa a se pa vrè chemen an. Li kapab se travay yon move lespri, oswa ansyen chemen an. An rezime, li pa kapab se travay Sentespri a ap fè kounye a. Nou pase tout ane sa yo ap kwè nan Bondye, poutan nou pa gen okenn lide sou prensip k ap pèmèt nou fè diferans ant vrè chemen an ak fo chemen yo, oswa pou nou chèche vrè chemen an. Pifò moun menm pa okipe bagay sa yo; yo jis ale kote majorite a ale, epi yo repete sa majorite a di. Kijan nou ka di moun sa yo ap chèche vrè chemen an? Epi kijan moun konsa kapab jwenn vrè chemen an? Si ou byen konprann kèk prensip kle sa yo, konsa, kèlkeswa sa k rive, ou p ap kite yo twonpe ou. Jodi a, li enpòtan anpil pou moun yo devlope yon sèten nivo disèneman; sa a se yon bagay imanite nòmal la ta dwe posede, epi se yon bagay moun dwe posede nan eksperyans yo. Si moun yo te swiv jiska jodi a, poutan yo pa gen okenn disèneman ditou toujou, epi kapasite pou rezone ki nan imanite yo a poko grandi toujou, lè sa a, yo pa gen lespri klè ditou, epi pouswit yo a fè fo wout e li gen devyasyon ladan l. Ou pouswiv jiska jodi a men ou pa genyen menm yon ti kras disèneman, epi malgre se vre, jan ou di l la, ou jwenn vrè chemen an, men èske ou genyen l? Èske w devlope okenn disèneman? Ki esans vrè chemen an? Anndan vrè chemen an, ou pa jwenn vrè chemen an; ou pa jwenn anyen ladan l ki sot nan laverite. Sa vle di, ou pa akonpli sa Bondye mande w la, e se konsa pa gen okenn chanjman nan koripsyon ou an. Si w kontinye pouswiv fason sa a, y ap elimine w alafen. Piske ou swiv jiska jounen jodi a, ou ta dwe sèten chemen ou pran an se bon chemen an, epi ou pa ta dwe gen dout ankò. Anpil moun toujou ap gen dout epi yo sispann pouswiv laverite poutèt kèk ti bagay san enpòtans. Moun sa yo se moun ki pa gen okenn konesans sou travay Bondye; se moun ki swiv Bondye san lespri klè. Moun ki pa konnen travay Bondye pa kapab vin zanmi entim Li, ni yo pa kapab rann temwayaj pou Li. Mwen konseye moun sa yo k ap chèche sèlman benediksyon ak sa ki imajinè pou yo pouswiv laverite pi vit posib, dekwa pou lavi yo ka gen yon sans. Sispann twonpe tèt nou!

Anvan: Ou Dwe Renonse ak Avantaj ki mache ak Pozisyon epi Konprann Entansyon Bondye pou Li Sove Lòm

Apre: Esans Lachè kote Bondye Abite a

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger