Prepare Bon Zèv Sifizan pou Destinasyon Ou

Mwen akonpli anpil travay nan mitan nou epi, natirèlman, Mwen pale kèk pawòl tou. Poutan, Mwen toujou santi pawòl Mwen yo ak travay Mwen an poko akonpli objektif travay Mwen an nan dènye jou yo nèt. Paske nan dènye jou yo, siyifikasyon travay Mwen an se pa pou kèk moun an patikilye oswa pou yon moun an patikilye, men se pou fè dispozisyon natirèl Mwen parèt aklè. Poutan, pou divès rezon — petèt paske tan an te limite, oswa paske te gen anpil travay — dispozisyon Mwen an pa t pèmèt lòm vin gen okenn konesans sou Mwen. Se poutèt sa, Mwen antre nan nouvo plan Mwen an, Mwen antre nan dènye travay Mwen an, pou Mwen louvri yon nouvo paj nan travay Mwen an, yon fason pou tout moun ki wè Mwen kapab bat lestomak yo epi kriye e plenyen san rete akoz egzistans Mwen. Se paske Mwen pote fen limanite nan mond lan, epi apati moman sa a, Mwen pral fè limanite konnen tout dispozisyon Mwen nèt, konsa tout moun ki konnen Mwen ak tout moun ki pa konnen Mwen yo kapab «rense je yo» epi wè Mwen te vrèman vini nan mond imen an, Mwen te vini sou latè kote tout bagay miltipliye. Sa a se plan Mwen, epi sa a se sèl «konfesyon» Mwen fè depi Mwen te kreye limanite a. Se pou nou tout bay chak mouvman Mwen fè tout atansyon nou, paske baton Mwen an ap pwoche yon lòt fwa ankò pre limanite, pre tout moun nan limanite ki ostil anvè Mwen yo.

Ansanm ak syèl yo, Mwen kòmanse travay Mwen swete akonpli a. Epi konsa, Mwen trase chemen Mwen nan mitan foul moun yo epi Mwen deplase ant syèl ak tè a. Pèsonn pa janm disène mouvman Mwen yo, epi pèsonn pa janm bay pawòl Mwen yo okenn atansyon. Se poutèt sa, plan Mwen kontinye ap pwogrese san pwoblèm. Se sèlman ke tout kapasite nou yo vin tèlman angoudi nou pa menm okouran de etap travay Mwen yo. Men, san mank, gen yon jou ki pral rive kote nou pral konprann objektif Mwen yo. Jodi a, Mwen viv ansanm ak nou epi Mwen soufri ansanm ak nou, epi depi lontan Mwen rive konprann egzakteman ki atitid limanite genyen anvè Mwen. Mwen pa vle bay plis detay sou sa, alewè pou Mwen ta bay plis egzanp sou bagay douloure sa yo pou fè nou wont. Tout sa nou te fè, Mwen sèlman espere nou sonje yo tout nan kè nou, yon fason pou nou kapab regle kont nou nan jou n ap rankontre ankò. Mwen pa swete akize pèsonn pami nou a tò, paske Mwen te toujou aji avèk ekite ak rezon, aklè epi san kache. Natirèlman, Mwen swete tou nou kapab aji ak transparans epi pou nou dwat, epi pou nou pa fè anyen ki ale kont syèl la ak tè a oswa kont pwòp konsyans nou. Se sèl bagay Mwen mande nou. Anpil moun santi yo boulvèse epi yo pa alèz paske yo te komèt move zak ki atwòs, epi anpil moun santi yo wont tèt yo paske yo pa janm fè yon sèl bon bagay. Epi gen anpil lòt moun tou ki pa santi okenn wont pou peche yo; okontrè, yo soti nan mal pou tonbe nan pi mal, y ap dechire tout sa ki te kouvri vizaj lèd yo a — ki pa t ko ekspoze nèt — pou teste dispozisyon Mwen. Mwen pa okipe, ni Mwen pa bay okenn atansyon ak aksyon okenn moun. Okontrè, Mwen fè sa Mwen menm Mwen dwe fè, kit se ranmase enfòmasyon, kit se pwonmennen toupatou, oswa fè yon bagay ki nan enterè Mwen. Nan moman kle yo, Mwen vanse ak travay Mwen nan mitan moun yo jan Mwen te planifye l depi nan kòmansman an, pa gen yon segonn an reta ni yon segonn an avans, epi Mwen fè sa avèk fasilite ak senplisite. Sepandan, nan chak etap nan travay Mwen an, kòm rezilta, Mwen ap mete kèk moun sou kote, paske Mwen gen gwo degoutans pou fason moun sa yo toujou ap flate moun, epi Mwen gen gwo degoutans tou pou fo soumisyon moun sa yo. San mank, Moun Mwen konsidere kòm repiyan yo Mwen pral abandone; kèlkeswa sa moun yo panse, kanmenm Mwen pral fè tout moun Mwen gen gwo degoutans pou yo rete byen lwen Mwen. Natirèlman, Mwen p ap epanye move moun sa yo ki toujou nan kay Mwen an nonplis. Paske jou pou Mwen pini lòm nan ap pwoche, Mwen pa prese pou Mwen mete tout nanm repiyan sa yo deyò nan kay Mwen an, paske Mwen gen pwòp plan pa Mwen.

Kounye a se moman kote Mwen deside sò final chak moun, se pa etap kote Mwen te kòmanse travay sou lòm nan. Mwen ekri nan liv rejis Mwen an, youn pa youn, pawòl ak aksyon chak moun, fason yo te swiv Mwen, atribi ki nan nati yo, ansanm ak manifestasyon final yo. Konsa, kèlkeswa kalite moun yo ye, pèsonn p ap chape anba men Mwen, epi yo tout ap klase selon kategori pa yo selon aranjman Mwen an. Mwen detèmine destinasyon yon moun non pa selon laj li, ni selon ansyènte li, ni selon kantite soufrans li andire, e alewè pou selon jan li merite pou moun gen pitye pou li, men selon si wi ou non li posede laverite. Pa gen okenn lòt chwa apa de sa a. Nou tout dwe konprann tout moun ki pa swiv volonte Bondye yo ap sibi pinisyon san eksepsyon. Sa a se yon bagay okenn moun pa kapab chanje. Se poutèt sa, tout moun ki sibi pinisyon yo, yo tout sibi pinisyon akoz dwati Bondye, epi se paske yo menm yo te komèt anpil move zak ki fè yo jwenn pinisyon yo merite a. Depi nan kòmansman rive nan fen, Mwen pa fè yon sèl chanjman nan plan Mwen an. Se sèlman ke, konsènan lòm, moun kote Mwen voye pawòl Mwen yo ba yo ap vin pi piti chak jou, epi moun ki kapab vrèman jwenn apwobasyon Mwen yo, ap vin pi piti chak jou tou. Sepandan, Mwen kenbe fèm plan Mwen an pa janm chanje; okontrè, se lafwa ak lanmou lòm ki toujou ap chanje, ki toujou ap diminye, nan pwen kote li posib pou chak moun soti nan flate Mwen anpil pou vin frèt anvè Mwen, epi soti nan eta sa a pou yo finalman mete Mwen sou kote. Atitid Mwen anvè nou ap senpleman pa ni cho ni frèt, jiskaske Mwen santi repiyans ak degoutans, epi finalman Mwen bay pinisyon. Sepandan, nan jou pinisyon nou an, Mwen ap wè nou, men nou p ap kapab wè Mwen ankò. Paske lavi nan mitan nou deja vin fatigan epi san enterè pou Mwen, natirèlman Mwen chwazi yon lòt anviwònman pou Mwen viv, yon fason pou Mwen evite pawòl mechan nou yo ki fè Mwen mal epi rete lwen konpòtman imoral nou yo, ki twò repiyan pou moun gade, pou nou pa kontinye twonpe Mwen oswa trete Mwen san senserite. Anvan Mwen kite nou, Mwen dwe kontinye egzòte nou pou nou pa fè sa ki pa ann akò ak laverite. Okontrè, nou ta dwe fè sa ki fè tout moun plezi, fè sa ki pote benefis pou tout moun, epi fè sa ki itil pou pwòp destinasyon nou; sinon, moun k ap soufri anba dezas la, p ap lòt moun ke nou menm.

Mizerikòd Mwen an eksprime anvè moun ki renmen Mwen epi ki renonse a tèt yo. Pandan tan sa a, pinisyon ki tonbe sou moun mechan yo se prèv egzak dispozisyon dwat Mwen, e pi plis toujou, se yon temwayaj pou kòlè Mwen. Lè dezas la rive, tout moun ki reziste kont Mwen yo pral viktim grangou ak epidemi maladi, epi y ap kriye. Moun ki te komèt tout kalite move zèv epi ki te konn swiv Mwen pandan anpil ane yo p ap chape nonplis anba konsekans peche yo; yo menm tou, y ap tonbe nan dezas, yon kalite dezas moun raman wè depi plizyè milyon ane, y ap viv nan yon eta panik ak laperèz ki konstan. Men, moun ki te swiv Mwen ak yon lwayote total yo ap bat bravo tèlman y ap kontan, y ap fè lwanj pou gwo pisans Mwen. P ap gen pawòl pou eksprime soulajman ak lajwa yo pral santi a, epi yo pral viv nan mitan yon lajwa tankou sa Mwen poko janm akòde sou mond imen an anvan sa. Paske Mwen bay bon zèv lòm yo anpil valè epi Mwen rayi move zèv li yo. Depi lè Mwen te fèk kòmanse dirije limanite a, Mwen t ap tann avèk enpasyans pou Mwen jwenn yon gwoup moun ki gen menm panse ak Mwen. Pandan tan sa a, moun ki pa gen menm panse ak Mwen yo Mwen pa janm bliye yo; Mwen toujou gen rayisman nan kè Mwen pou yo, Mwen ap tann sèlman yon okazyon pou Mwen fè yo sibi pinisyon pou yo peye pou move zèv yo, pou Mwen pran plezi pou Mwen wè sa. Kounye a jou Mwen an rive finalman, epi Mwen pa bezwen tann ankò!

Dènye travay Mwen an pa sèlman vize pini lòm, men tou li vize fè aranjman pou destinasyon lòm. Sa ki pi enpòtan toujou, li vize fè tout moun rekonèt zèv ak aksyon Mwen yo. Mwen pral fè chak grenn moun wè tout sa Mwen fè kòrèk, tout sa Mwen fè se yon ekspresyon dispozisyon Mwen, se pa travay lòm, e alewè pou se ta lanati ki te kreye limanite, epi okontrè se «Mwen menm» ki nouri tout kreyati k ap viv nan mitan tout bagay. San egzistans Mwen, limanite ap sèlman peri epi se kalamite sèlman k ap tonbe sou li. Pèsonn p ap janm wè bèl solèy la ak lalin nan ankò, epi pèsonn p ap janm wè mond tou vèt sa a ankò; limanite ap sèlman rankontre lannwit fènwa ki fè frèt la ak vale lonbray lanmò a moun pa ka evite a. Mwen se sèl redanmsyon limanite, Mwen se sèl espwa limanite, e, anplis, egzistans tout limanite depann de Mwen menm. San Mwen, limanite ap kanpe imedyatman, epi san Mwen, limanite ap sèlman sibi yon dezas ki san mezi epi tout kalite move lespri pral pilonnen l anba pye yo, byenke pèsonn pa ban Mwen okenn atansyon. Mwen akonpli travay okenn lòt moun pa kapab akonpli, epi Mwen sèlman swete pou lòm ta rekonpanse Mwen avèk kèk bon zèv. Byenke se kèk grenn sèlman ki te kapab remèt Mwen sa, Mwen ap toujou fini vwayaj Mwen nan mond imen an epi Mwen kòmanse pwochen etap nan travay Mwen an ki pral kòmanse dewoule talè konsa, paske ale vini rapid Mwen fè nan mitan moun yo pandan anpil ane sa yo te bay bon rezilta, epi Mwen trè satisfè. Sa ki enpòtan pou Mwen se pa kantite moun yo, men okontrè, se bon zèv yo. Kèlkeswa sitiyasyon an, Mwen espère nou prepare ase bon zèv pou pwòp destinasyon nou. Se lè sa a sèlman Mwen ap satisfè; sinon, pèsonn pami nou pa kapab chape anba atak dezas la. Dezas la soti nan Mwen epi, natirèlman, li rete anba òkestrasyon Mwen. Si nou pa kapab parèt kòm bon moun nan je Mwen, lè sa a pèsonn pami nou p ap chape anba soufrans dezas la. Nan mitan tribilasyon an, yo pa t konsidere aksyon nou yo ak zèv nou yo kòm yon bagay ki totalman apwopriye, paske kwayans nou ak lanmou nou te san fondman, epi nou te sèlman montre tèt nou swa kòm moun ki timid swa kòm moun ki fò. Konsènan sa a, Mwen ap sèlman fè yon jijman sou sa ki bon oswa sou sa ki mal. Sa k enterese Mwen toujou se aksyon yo ak zèv yo, ansanm ak fason chak grenn nan nou manifeste, se sou baz sa Mwen pral detèmine sò nou yo. Sepandan, Mwen dwe fè nou konnen sa byen klè: Mwen p ap gen mizerikòd ankò anvè moun ki pa t demontre Mwen okenn lwayote pandan tribilasyon an, paske mizerikòd Mwen gen limit. Anplis, Mwen pa renmen okenn moun ki te trayi Mwen yon fwa, e alewè pou Mwen ta renmen asosye Mwen ak moun k ap vann enterè zanmi yo. Sa a se dispozisyon Mwen, kèlkeswa kiyès moun nan ta ye a. Mwen dwe di nou sa: Nenpòt moun ki brize kè Mwen nèt pa kapab janm resevwa tolerans Mwen yon dezyèm fwa, epi nenpòt moun ki te toujou montre lwayote anvè Mwen ap toujou rete nan kè Mwen pou letènite.

Anvan: Se Sèlman Kris Dènye Jou yo Ki Kapab Bay Lòm Chemen Lavi Etènèl la

Apre: Anvè Kiyès Egzakteman Ou Lwayal?

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger