Se Sèlman Kris Dènye Jou yo Ki Kapab Bay Lòm Chemen Lavi Etènèl la

Chemen lavi a se pa yon bagay nenpòt moun kapab posede, ni se pa yon bagay chak moun kapab atenn fasil. Se paske lavi kapab soti nan Bondye sèlman, sa vle di, se sèlman Bondye Li menm ki posede esans lavi a, epi se sèlman Bondye Li menm ki gen chemen lavi a. Se poutèt sa, se sèlman Bondye ki sous lavi a, e se Li ki sous dlo vivan lavi a ki pa janm sispann koule. Depi kreyasyon mond lan, Bondye fè anpil travay ki pote vitalite lavi a ladan yo, Li fè anpil travay ki pote lavi bay lòm, epi Li peye yon gwo pri ki pèmèt lòm jwenn lavi. Se paske Bondye Li menm se lavi etènèl, epi Bondye Li menm se chemen ki pèmèt lòm resisite a. Bondye pa janm absan nan kè lòm, epi Li toujou ap viv nan mitan moun yo. Li se fòs k ap fè lòm viv la, rasin ki pèmèt lòm siviv la, ak yon resous rich pou lòm siviv apre nesans li. Li pèmèt moun fèt yon lòt fwa ankò, epi Li pèmèt yo pèsevere nan lavi, chak moun nan pwòp wòl pa li. Lè lòm konte sou pouvwa Li ak fòs lavi Li ki p ap janm etenn nan, lòm kontinye viv jenerasyon apre jenerasyon, pandan pouvwa lavi Bondye a toujou ap bay sipò san rete nan mitan lòm, epi Bondye peye yon pri okenn moun òdinè pa t janm peye. Fòs lavi Bondye a kapab venk nenpòt pouvwa; e sa ki pi plis ankò, li depase nenpòt pouvwa. Lavi Li etènèl, pouvwa Li estrawòdinè, epi okenn kreyati Bondye ni okenn fòs ostil pa kapab kraze fòs lavi Li a. Fòs lavi Bondye a egziste e l ap briye avèk yon ekla ki klere anpil kèlkeswa moman an oswa kote a. Syèl la ak tè a ka sibi chanjman ki gwo anpil, men lavi Bondye ap rete menm jan an pou tout tan. Tout bagay kapab disparèt, men lavi Bondye ap toujou egziste. Se paske Bondye se sous ki pèmèt tout bagay siviv la, e Li se rasin tout bagay depann sou Li pou yo siviv la. Lavi lòm soti nan Bondye, syèl la egziste grasa Bondye, e se pouvwa lavi Bondye a ki fè tè a kontinye egziste tou. Pa gen okenn bagay ki vivan ki kapab depase souverènte Bondye, epi pa gen okenn bagay ki gen vitalite ki kapab chape anba limit otorite Bondye. Konsa, kèlkeswa kiyès yo ye, tout moun dwe soumèt anba dominasyon Bondye, tout moun dwe viv anba gouvènans Bondye, epi okenn nan yo pa kapab chape anba men Li.

Petèt kounye a ou gen dezi jwenn lavi, oswa petèt ou gen dezi jwenn laverite. Kèlkeswa ka a, ou swete jwenn Bondye, jwenn Bondye ou ka konte sou Li a, epi ki kapab ba ou lavi etènèl la. Si ou swete jwenn lavi etènèl, toudabò ou dwe konprann sous lavi etènèl la epi ou dwe konnen anvan tout bagay ki kote Bondye ye egzakteman. Mwen te deja di se sèlman Bondye ki lavi ki p ap janm chanje a, epi se sèlman Bondye ki posede chemen lavi a. Piske Bondye se lavi ki p ap janm chanje a, se poutèt sa Li se lavi etènèl; kòm se sèl Bondye ki chemen lavi a, konsa Bondye Li menm se chemen lavi etènèl la. Se poutèt sa, toudabò ou ta dwe konprann ki kote Bondye ye, epi ki jan pou ou jwenn chemen lavi etènèl sa a. Kounye a, annou fè echanj sou de kesyon sa yo separeman.

Si ou vrèman swete jwenn chemen lavi etènèl la, epi si ou ap chèche li ak yon swaf san mezi, alò, reponn kesyon sa a an premye: Ki kote Bondye ye jodi a? Petèt ou ta reponn: «Natirèlman Bondye abite nan syèl la — Li pa t ap viv lakay ou, pa vre?» Petèt ou ta ka di li klè Bondye ap viv nan mitan tout bagay. Oubyen ou ta ka di Bondye abite nan kè chak moun, oswa Bondye nan mond espirityèl la. Mwen pa nye okenn nan bagay sa yo, men Mwen dwe klarifye kesyon sa a. Li pa totalman kòrèk pou di Bondye abite nan kè lòm, men sa pa totalman mal nonplis. Se paske, pami moun ki kwè nan Bondye yo, genyen ki gen kwayans ki vrè e genyen ki gen kwayans ki fo, gen moun Bondye apwouve e gen moun Li dezapwouve, gen moun ki fè Li plezi e gen moun Li deteste, epi gen moun Li rann pafè e gen moun Li elimine. Se poutèt sa Mwen di Bondye se nan kè yon ti ponyen moun sèlman Li abite, epi pa gen dout moun sa yo se moun ki vrèman kwè nan Bondye yo ye, moun Bondye apwouve yo, moun ki fè Li plezi yo, ak moun Li rann pafè yo. Se yo menm ki gen Bondye k ap gide yo. Kòm se Bondye k ap gide yo, yo se moun ki deja tande epi ki wè chemen lavi etènèl Bondye a. Moun ki pa kwè toutbon nan Bondye yo, moun Bondye pa apwouve yo, moun Bondye deteste yo, ak moun Bondye elimine yo—san mank, se moun sa yo Bondye ap rejte, san mank y ap rete san chemen lavi a, epi san mank y ap rete san yo pa konnen ki kote Bondye ye. Okontrè, moun ki gen Bondye k ap viv nan kè yo konnen ki kote Li ye. Yo se moun Bondye bay chemen lavi etènèl la, epi se yo menm k ap swiv Bondye. Kounye a ou konnen ki kote Bondye ye? Bondye nan kè lòm epi Li bò kote lòm tou. Li pa sèlman nan mond espirityèl la, ak anlè tout bagay, men pi plis toujou Li sou tè a kote lòm egziste a. E konsa, arive dènye jou yo fè travay Bondye a avanse nan yon nouvo domèn. Bondye prezan nan mitan tout bagay, Li gen souverènte sou tout bagay, e Li prezan nan kè lòm tou, kòm sipò lòm, epi sa ki pi plis ankò, Li egziste nan mitan lòm. Se sèlman nan fason sa a Li kapab pote chemen lavi a bay limanite, epi fè lòm antre nan chemen lavi a. Bondye vini sou tè a, epi L ap viv nan mitan lòm, yon fason pou lòm kapab jwenn chemen lavi a, ak pou lòm kontinye egziste. Anmenmtan, Li prezan nan mitan tout bagay, L ap kòmande tout bagay, yon fason pou Li fasilite jesyon L ap akonpli nan mitan lòm nan. E konsa, si ou senpleman rekonèt doktrin ki di Bondye nan syèl la ak nan kè lòm nan, men ou pa rekonèt verite egzistans Bondye nan mitan lòm nan, ebyen ou p ap janm jwenn lavi, epi ou p ap janm jwenn chemen laverite a.

Bondye Li menm se lavi, ak laverite, epi lavi Li ansanm ak laverite Li egziste anmenmtan. Moun ki pa kapab jwenn laverite a, se sèten yo p ap jwenn lavi. San direksyon, sipò, ak pwovizyon laverite a, sèl sa w ap jwenn se jis pawòl, doktrin yo, epi sa k pi rèd la, lanmò. Lavi Bondye toujou prezan, epi laverite Li ak lavi Li egziste anmenmtan. Si ou pa kapab jwenn sous laverite a, ebyen ou p ap jwenn nouriti lavi a; si ou pa kapab jwenn pwovizyon lavi a, ebyen ou sètènman p ap gen laverite, epi anplis imajinasyon ak konsepsyon yo, tout sa ou ye a p ap gen anyen ladan l eksepte lachè ou—lachè ou ki plen move sant lan. Ou dwe konnen senp pawòl nan liv yo pa kapab konsidere kòm lavi, moun pa kapab venere dosye istorik yo kòm laverite, epi ansyen règleman yo pa kapab sèvi pou rapòte pawòl Bondye ap di kounye a, epi se sèlman pawòl Bondye eksprime lè Li vini sou tè a epi L ap viv nan mitan lòm ki se laverite, lavi, entansyon Bondye yo, ak fason L ap travay kounye a. Si ou pran dosye pawòl Bondye te di nan epòk pase yo epi ou rete kole ladan yo jodi a, sa fè ou tounen yon akeyològ, e nan ka sa a, fason ki pi apwopriye pou dekri ou se kòm yon ekspè nan rechèch sou vestij istorik yo. Ou toujou kwè nan tras travay Bondye te akonpli nan epòk pase yo, ou sèlman kwè nan lonbray Bondye te kite dèyè lè Li t ap travay nan mitan lòm anvan sa, epi ou sèlman kwè nan chemen Bondye te montre disip Li yo nan epòk lontan, men ou pa kwè nan direksyon travay Bondye a jodi a, ou pa kwè nan vizaj gloriye Bondye a jodi a, epi ou pa kwè nan chemen laverite Bondye ap eksprime kounye a. Se poutèt sa, san okenn dout, ou se yon moun k ap fè rèv je klè ki pa konekte ak reyalite a ditou. Si kounye a ou toujou ap rete kole nan pawòl ki pa kapab pèmèt lòm viv, ebyen ou se yon moso bwa sèch ki pa gen okenn espwa, paske ou twò konsèvatè, tèt ou twò di, ou twò fèmen devan rezon!

Yo rele Bondye ki vin nan lachè a Kris, e konsa, li pa egzajere ditou pou ou rele Kris la ki kapab bay lòm laverite a Bondye. Paske Li posede esans Bondye, ansanm ak dispozisyon Bondye ak sajès travay Bondye a, yon seri bagay lòm pa kapab atenn. Moun ki rele tèt yo kris, epoutan ki pa kapab fè travay Bondye a, se enpostè yo ye. Kris se pa sèlman manifestasyon Bondye sou tè a, men tou Li se lachè patikilye Bondye pran pandan L ap akonpli travay Li sou tè a epi L ap fini travay Li nan mitan lòm. Pa gen pèsonn ki kapab ranplase lachè sa a, men li se yon lachè ki kapab pran chay travay Bondye sou tè a kòmsadwa, ki kapab eksprime dispozisyon Bondye, ki kapab reprezante Bondye kòmsadwa, epi ki kapab bay lòm lavi. Talè oswa pita, moun k ap pran pòz yo se Kris yo tout pral tonbe, paske malgre yo pretann yo se kris, yo pa posede okenn nan esans Kris la. Se poutèt sa Mwen di se pa lòm ki kapab detèmine si Kris la otantik oubyen non, men se Bondye Li menm ki bay repons lan e ki deside sa. Nan fason sa, si ou vrèman swete chèche chemen lavi a, ou dwe rekonèt anvan tout bagay se nan mitan lòm Bondye vini pou Li fè travay pou Li bay lòm chemen lavi a, epi ou dwe rekonèt se nan dènye jou yo Li vini nan mitan lòm pou Li bay lòm chemen lavi a — se pa nan epòk pase yo, men jodi a.

Sa Kris dènye jou yo pote a se lavi; sa Li pote a se chemen laverite ki dirab epi ki la pou tout tan an. Laverite sa a se chemen ki pèmèt lòm jwenn lavi a, epi li se sèl chemen pou lòm konnen Bondye epi pou Bondye apwouve l. Si ou pa chèche chemen lavi Kris dènye jou yo bay la, ebyenou p ap janm jwenn apwobasyon Jezi, epi ou p ap janm kalifye pou ou antre nan pòtay wayòm syèl la, paske ou se yon maryonèt listwa ak yon prizonye listwa. Moun ki anba kontwòl règleman yo, pawòl yo, ak chenn listwa yo, yo p ap janm kapab jwenn lavi, epi yo p ap janm kapab jwenn chemen lavi k ap dire pou tout tan an. Se paske sèl sa yo jwenn se dlo twoub yo kenbe fèm pandan plizyè milye ane a, olye de dlo lavi a k ap koule soti nan twòn nan. Moun ki pa jwenn pwovizyon dlo lavi a ap rete kadav pou tout tan, y ap rete jwèt Satan pou tout tan, epi y ap rete pitit lanfè pou tout tan. Alò, ki jan yo kapab wè Bondye? Ou sèlman chèche kenbe listwa, ou sèlman chèche rete yon sèl kote epi kenbe bagay yo jan yo ye a, epi ou pa chèche chanje sitiyasyon aktyèl la pou ou jete listwa; konsa, èske ou pa yon moun ki opoze ak Bondye pou tout tan? Tras pye travay Bondye yo pisan anpil e yo gen gwo fòs, tankou gwo vag k ap monte ak kout loray k ap gwonde — epoutan ou chita bra kwaze w ap tann lanmò, w atache ak sa ki ansyen yo epi w ap tann pou bagay yo tonbe nan men w san w pa fè efò. Konsa, ki jan yo kapab konsidere ou kòm yon moun k ap swiv tras pye Ti Mouton an? Ki jan sa kapab demontre bondye ou kenbe fèm nan se Bondye ki toujou nouvo epi ki pa janm ansyen an? Epi ki jan pawòl ki nan vye liv ou yo ki vin jòn kapab fè ou travèse nan yon nouvo epòk? Ki jan yo kapab mennen ou chèche tras pye travay Bondye yo? Epi ki jan yo kapab mennen ou monte nan syèl la? Sa ou kenbe nan men ou yo se senp pawòl ki kapab bay sèlman yon konsolasyon tanporè, se pa laverite ki kapab ba ou lavi. Pawòl nan Ekriti w ap resite yo se senpleman Ekriti ki kapab plen bouch ou; yo pa filozofi ki kapab ede ou konnen lavi imen an, alewè pou yo ta chemen ki kapab pèmèt ou vin pafè a. Èske gwo diferans sa a pa pouse ou reflechi? Èske l pa ba ou bonjan konpreyansyon sou mistè ki kache ladan l yo? Èske ou kapab mennen pwòp tèt ou nan syèl la pou rankontre Bondye poukont ou? San arive Bondye, èske ou kapab mennen tèt ou nan syèl la pou ou jwi bonè an fanmi ansanm ak Bondye? Èske w ap reve toujou kounye a? Alò, Mwen ankouraje ou pou ou sispann reve epi pou ou gade kiyès k ap travay kounye a — kiyès k ap fè travay pou sove lòm nan kounye a pandan dènye jou yo. Si ou pa fè sa, ou p ap janm jwenn laverite, epi ou p ap janm jwenn lavi.

Moun ki swete jwenn lavi san yo pa konte sou laverite Kris la pale a se moun ki pi ridikil sou latè, epi moun ki pa aksepte chemen lavi Kris la pote a pèdi nan rèv. E konsa Mwen di, moun ki pa aksepte Kris dènye jou yo, y ap toujou rete moun Bondye deteste yo. Kris se pòtay lòm pou antre nan wayòm nan nan dènye jou yo, epi pa gen pèsonn ki kapab kontoune Li. Bondye p ap pèfeksyone okenn moun si se pa atravè Kris. Ou kwè nan Bondye, e konsa ou dwe aksepte pawòl Li yo epi soumèt devan chemen Li a. Pa sèlman panse ak jwenn benediksyon alòske ou pa kapab aksepte laverite ansanm ak pwovizyon lavi a. Kris vini nan dènye jou yo pou Li kapab bay tout moun ki vrèman kwè nan Li yo lavi. Travay sa a fèt nan objektif pou mete fen nan ansyen epòk la epi antre nan nouvo a, epi travay sa a se chemen tout moun ki ta vle antre nan nouvo epòk la dwe pran. Si ou pa rekonèt Kris, e anplis, ou kondane Li, ou blasfeme kont Li, oswa ou pèsekite Li, ebyen se sèten w ap boule pou tout letènite epi ou p ap janm antre nan wayòm Bondye a. Se paske Kris sa a se Li menm ki ekspresyon Sentespri a, ekspresyon Bondye, Sila a Bondye konfye pou Li fè travay Li sou tè a, e konsa Mwen di si ou pa kapab aksepte tout sa Kris dènye jou yo fè, ebyen w ap blasfeme kont Sentespri a. Pinisyon jis moun ki blasfeme kont Sentespri a ap jwenn nan se yon bagay ki klè pou tout moun wè. Mwen ap di ou sa tou: Si ou reziste kont Kris dènye jou yo, si ou rejte Kris dènye jou yo, ebyen pa gen okenn lòt moun ki kapab sibi konsekans sa a nan plas ou. Anplis, apati de moman sa a ou p ap janm gen chans pou ou jwenn apwobasyon Bondye; menmsi ou ta swete rachte tèt ou, ou p ap kapab wè vizaj Bondye ankò. Se paske, sa w ap reziste a se pa yon èt imen, sa w ap rejte a se pa yon senp moun ki pa gen valè, men se Kris. Èske ou konnen ki konsekans sa genyen? Ou p ap fè yon senp ti erè, men w ap komèt yon peche ki grav anpil. E konsa, Mwen konseye chak moun pou yo pa aji avèk awogans ni fè kòmantè san okenn baz devan laverite, paske se sèl laverite ki kapab pote lavi ba ou, epi pa gen anyen apa laverite ki kapab pèmèt ou fèt yon lòt fwa epi wè vizaj Bondye ankò.

Anvan: Kris Fè Travay Jijman Ak Laverite a

Apre: Prepare Bon Zèv Sifizan pou Destinasyon Ou

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger