Anvè Kiyès Egzakteman Ou Lwayal?

Kounye a, chak jou nou viv enpòtan anpil, epi li konte anpil pou destinasyon nou ak desten nou. Se poutèt sa, nou tout dwe bay tout sa nou genyen kounye a anpil valè, epi bay chak minit nou ap viv kounye a anpil valè. Nou dwe sezi chak moman dekwa pou nou ka rekòlte pi gwo benefis la, e konsa pou nou pa viv lavi sa a anven. Petèt nou santi nou nan konfizyon pou n konprann poukisa M ap di pawòl sa yo. Pou Mwen franch avèk nou, Mwen pa satisfè ak konpòtman okenn nan nou, paske espwa Mwen te genyen nan nou yo pa t jan nou ye jodi a. Konsa, Mwen kapab di sa: Chak grenn nan nou sou rebò danje, epi rèl pou mande sekou nou te konn fè anvan yo, ansyen vwa anndan nou an ki te konn pouswiv laverite epi ki te anvi wè limyè a, prèske rive nan bout yo. Sa a se dènye manifestasyon rekonpans nou anvè Mwen, epi se yon bagay tou Mwen pa t janm atann. Mwen pa vle di anyen ki kontrè ak reyalite a, paske nou desevwa Mwen anpil. Petèt nou pa vle aksepte sa san rezistans, nou pa vle fè fas ak reyalite a—poutan Mwen dwe poze nou kesyon sa a byen serye: Pandan tout ane sa yo, ak kisa egzakteman kè nou te ranpli? Anvè kiyès egzakteman kè nou lwayal? Pa di kesyon sa yo vini sanzatann, epi pa mande Mwen poukisa Mwen poze kesyon konsa. Nou dwe konnen sa: Paske Mwen konnen nou twò byen, paske Mwen gen twòp sousi pou nou, epi paske Mwen envesti twòp nan kè Mwen nan konduit nou ak nan aksyon nou, Mwen pa janm sispann rele nou pou nou rann kont epi Mwen andire soufrans anmè. Epoutan, sèl sa nou ban Mwen an retou se endiferans ak yon santiman reziyasyon ki ensipòtab pou nou. Nou te trete Mwen yon fason ki tèlman sipèfisyèl; èske li ta posib pou Mwen pa konnen anyen sou sa? Si se sa nou kwè, sa vin pwouve plis toujou ke nou pa vrèman trete Mwen ak jantiyès. E konsa, Mwen di ke nou ap twonpe pwòp tèt nou. Nou tout twò entèlijan pou nou ta menm konnen sa n ap fè a—donk kisa nou pral itilize pou nou rann Mwen kont?

Kesyon ki pi enpòtan pou Mwen an, se anvè kiyès egzakteman kè nou lwayal. Mwen espere tou pou chak moun pami nou eseye mete lide nou an lòd epi mande tèt nou anvè kiyès egzakteman nou lwayal epi pou kiyès egzakteman nou ap viv. Petèt nou pa t janm byen reflechi sou kesyon sa yo, kidonk kite Mwen revele repons yo pou nou!

Nenpòt moun ki gen memwa ap rekonèt reyalite sa a: Tout moun ap viv pou pwòp tèt yo, tout moun lwayal anvè pwòp tèt yo. Mwen pa kwè repons nou yo kòrèk nèt, paske nou chak egziste nan lavi pa nou epi nou ap lite nan mitan pwòp soufrans pèsonèl nou. Konsa, nou lwayal anvè moun nou renmen yo ak bagay nou renmen yo; nou pa moun ki lwayal totalman anvè pwòp tèt nou. Paske nou chak anba enfliyans moun, evènman, ak bagay ki bò kote nou yo, nou pa moun ki vrèman lwayal anvè pwòp tèt nou. Mwen pa di pawòl sa yo pou M apwouve ke nou tout lwayal anvè pwòp tèt nou, men se pou ekspoze lwayote nou genyen anvè yon bagay kèlkonk, paske pandan tout ane sa yo, Mwen pa janm resevwa «lwayote» nan men okenn nan nou. Nou swiv Mwen pandan tout ane sa yo, epoutan nou pa janm ban Mwen menm yon ti kras «lwayote». Okontrè, nou vire toutotou moun nou renmen ak bagay nou renmen yo—jis nan yon pwen kote, tout tan e kèlkeswa kote nou ale, nou kenbe yo toupre kè nou epi nou pa janm abandone yo. Nou devwe pou nenpòt sa nou renmen, epi nou pasyone pou nenpòt kisa nou renmen anpil, pandan tout tan nou ap swiv Mwen, e menm pandan nou ap koute pawòl Mwen yo. Se poutèt sa, Mwen di ke n ap itilize lwayote Mwen mande nou an pou nou pito lwayal anvè «bèt chouchou» nou yo epi cheri «bèt chouchou» nou yo. Menm si nou gendwa sakrifye youn oswa de bagay pou Mwen, sa pa reprezante tout sa nou ka bay, epi sa pa montre se anvè Mwen nou vrèman lwayal. Nou lage kò nou nan zafè ki pasyone nou. Gen kèk nan nou ki lwayal anvè pitit gason ak pitit fi yo, gen kèk nan nou ki lwayal anvè mari yo, gen kèk nan nou ki lwayal anvè madanm yo, gen kèk nan nou ki lwayal anvè richès, gen kèk nan nou ki lwayal anvè travay, gen kèk nan nou ki lwayal anvè sipèryè yo, gen kèk nan nou ki lwayal anvè pozisyon, epi gen kèk nan nou ki lwayal anvè fanm. Nou pa janm santi nou bouke ak bagay nou lwayal anvè yo, epi nou pa janm santi yo nwi nou; okontrè, nou vin pi anvi toujou pou n posede plis bagay epi pi bon bon nan bagay sa nou lwayal anvè li a, epi nou pa janm abandone sa. Kanta pou Mwen menm, ak kanta pou pawòl Mwen yo, nou toujou mete yo dèyè tout bagay ki pasyone nou yo, epi nou pa gen lòt chwa pase mete yo nan dènye pozisyon. Genyen menm ki rezève dènye plas sa pou yo lwayal anvè bagay yo poko menm dekouvri. Pa janm gen menm yon ti tras Mwen nan kè yo. Nou gendwa panse M ap mande nou twòp, oswa M ap akize nou san rezon—men èske nou te janm reflechi sou sa: pandan nou ap pase bon tan ak fanmi nou ak kè kontan, nou pa t janm lwayal anvè Mwen yon sèl fwa? Nan moman sa a, èske sa pa fè nou mal? Lè kè nou ranpli ak lajwa paske nou resevwa lajan pou travay nou yo, èske nou pa santi nou dekouraje dèske nou pa t ekipe tèt nou ak ase verite? Kilè nou te janm kriye dèske nou pa t resevwa apwobasyon Mwen? Nou kase tèt nou epi nou bay tèt nou anpil traka pou pitit gason ak pitit fi nou yo, epoutan nou toujou pa satisfè; nou toujou kwè nou pa t dilijan ase pou yo epi nou pa t fè tout sa nou te kapab pou yo. Poutan anvè Mwen menm, nou te toujou neglijan; Mwen sèlman nan memwa nou, men Mwen pa rete anndan kè nou. Nou pa janm eseye konprann entansyon Mwen yo ki mande anpil efò, ni montre konsiderasyon pou yo. Nou sèlman fè yon ti refleksyon rapid epi nou kwè sa ap sifi. Yon «lwayote» konsa se pa sa Mwen te toujou anvi depi lontan an, men se sa Mwen te toujou rayi depi lontan an. Sepandan, kèlkeswa sa Mwen di, nou kontinye admèt sèlman youn oswa de bagay; nou pa kapab aksepte sa totalman, paske nou tout gen anpil «konfyans» nan tèt nou, epi nou toujou chwazi sa nou vle aksepte nan pawòl Mwen pale yo. Si nou toujou konsa jodi a, Mwen genyen kèk metòd pou Mwen regle konfyans nou gen nan tèt nou an—epi, anplis, M ap fè nou tout rekonèt ke tout pawòl Mwen yo se verite, epi okenn nan yo pa defòme reyalite yo.

Si Mwen ta mete yon kantite lajan devan nou kounye a epi Mwen ta ban nou libète pou nou chwazi—epi si Mwen pa t kondane nou pou chwa nou an—lè sa a pifò nan nou ta chwazi lajan an epi abandone laverite. Moun ki pi bon pami nou yo t ap kite lajan an epi yo t ap chwazi laverite a ak de kè, alòske moun ki nan mitan yo t ap pran lajan an nan yon men epi pran laverite a nan lòt men an. Èske vrè vizaj nou pa t ap parèt aklè konsa? Lè pou nou chwazi ant laverite ak nenpòt bagay nou lwayal anvè li a, nou t ap fè menm chwa a, epi atitid nou t ap rete menm jan an, pa vre? Anpil nan nou te konn balanse ant sa ki byen ak sa ki mal, pa vre? Nan tout lit ant sa ki pozitif ak sa ki negatif, blan ak nwa—ant fanmi ak Bondye, pitit ak Bondye, amoni ak divizyon, richès ak povrete, pozisyon ak lavi òdinè, lè moun sipòte nou ak lè moun rejte nou, eksetera—pa gen dout nou konnen byen ki chwa nou te fè! Ant yon fanmi ki gen amoni ak youn ki brize, nou te chwazi premye a, epi nou te fè sa san okenn ezitasyon; ant richès ak devwa, nou te chwazi premye a ankò, nou te menm manke volonte pou nou tounen sou rivaj la;[a] ant liks ak povrete, nou te chwazi premye a; ant pitit nou yo, madanm nou yo, mari nou yo ak Mwen menm, nou te chwazi premye a; epi ant konsepsyon yo ak laverite, nou te toujou chwazi premye a. Fas ak tout kalite move zèv nou yo, Mwen tou senpleman pèdi konfyans nan nou; Mwen tou senpleman rete bèkèkè. Mwen pa t janm atann kè nou ta tèlman di ke li pa ka vin mou ditou. Tout efò, enèji ak sakrifis Mwen te depanse pandan anpil ane yo, sanzatann, pa pote anyen pou Mwen apa abandon nou ansanm ak reziyasyon nou anvè Mwen, men espwa Mwen genyen pou nou yo ap grandi chak jou ki pase, paske jou Mwen an fin parèt nèt devan tout moun. Epoutan, kounye a nou toujou ap pouswiv bagay ki nan fènwa epi ki mechan epi nou refize lache yo. Kidonk, kisa rezilta nou pral ye? Èske nou te janm byen reflechi sou sa? Si yo ta mande nou pou nou chwazi ankò, lè sa a ki atitid nou t ap genyen? Èske se t ap premye a toujou? Èske nou t ap toujou rekonpanse Mwen ak desepsyon ak gwo lapenn? Èske kè nou t ap toujou gen yon ti kras chalè sèlman? Èske nou t ap toujou inyore kisa pou nou fè pou nou konsole kè Mwen? Nan moman sa a, kisa nou chwazi? Èske nou pral soumèt devan pawòl Mwen yo oswa nou pral gen repiyans pou yo? Jou Mwen an parèt klè devan je nou, epi sa nou gen devan nou an se yon nouvo lavi ak yon nouvo pwen depa. Sepandan, Mwen dwe di nou ke pwen depa sa a se pa kòmansman yon nouvo travay, jan sa te ye nan pase a, men se konklizyon ansyen travay la. Sa vle di, sa a se dènye pati a. Mwen panse nou tout kapab konprann kisa ki pa òdinè nan pwen depa sa a. Men, yon jou ki pa lwen, n ap konprann vrè sans pwen depa sa a, kidonk annou depase l ansanm epi akeyi final ki gen pou vini an! Sepandan, sa ki kontinye ap enkyete Mwen pou nou, se ke lè nou devan lenjistis ak jistis, nou toujou chwazi premye a. Poutan, tout sa fè pati pase nou. Mwen espere tou bliye chak pati nan pase nou, youn pa youn, byenke sa trè difisil pou fèt. Malgre sa, Mwen genyen yon trè bon fason pou Mwen fè sa: Kite avni an ranplase pase a, epi pèmèt lonbray pase nou yo disparèt pou vrè vizaj nou jodi a pran plas yo. Konsa, Mwen oblije deranje nou pou nou fè chwa a yon fwa ankò: Anvè kiyès egzakteman nou lwayal?

Nòt anba paj:

a. Tounen sou rivaj la: yon ekspresyon chinwa, ki vle di «vire do bay move chemen l t ap swiv yo».

Anvan: Prepare Bon Zèv Sifizan pou Destinasyon Ou

Apre: Sou Destinasyon

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger