Pratik (6)
Jodi a, pa menm pale de atenn rezon Pyè te genyen an—anpil moun pa menm kapab atenn rezon Pòl te genyen an. Yo pa menm gen konsyans de tèt yo menm jan ak Pòl. Malgre Seyè a te frape Pòl atè paske li te pèsekite Seyè Jezi, pita li te gen detèminasyon pou li travay epi soufri pou Seyè a. Jezi te ba li yon maladi, epi pita, Pòl te kontinye ap soufri ak maladi sa a yon fwa li te kòmanse travay. Poukisa li te di li te gen yon pikan nan chè li? An reyalite, pikan an se te maladi a—epi pou Pòl, se te yon feblès fatal. Kèlkeswa valè travay li te fè oswa kèlkeswa gwosè detèminasyon li pou l soufri, li pa t kapab debarase li de pikan sa a. Epoutan, Pòl te gen yon kalib ki pi bon anpil pase nou menm jodi a, epi li te gen konsyans de tèt li tou epi li te gen plis rezon pase nou. Aprè Jezi te fin frape Pòl atè, li te sispann pèsekite disip Jezi yo, epi li te kòmanse preche epi soufri pou Jezi. E kisa ki te ankouraje l pou li andire soufrans lan? Pòl te kwè, piske li te wè gwo limyè a, li dwe rann temwayaj pou Seyè Jezi, li pa dwe pèsekite disip Jezi yo ankò, epi li pa dwe opoze ak travay Bondye a ankò. Pòl se te youn nan gwo pèsonalite nan relijyon. Li te gen anpil konesans epi li te gen don, li te meprize moun òdinè yo, epi li te gen yon pèsonalite ki te pi fò pase pa pifò moun. Men aprè « gwo limyè » a te klere sou li, li te kapab travay pou Seyè Jezi, li te pran detèminasyon pou l soufri pou Bondye epi ofri tèt li bay Bondye, sa ki te pwouve li te gen rezon. Lè li t ap pèsekite epi arete disip Jezi yo, Jezi te parèt devan li epi Li te di: « Poukisa ou ap pèsekite Mwen? » Lamenm, Pòl te tonbe atè epi li te di: « Kiyès Ou ye, Seyè? » Yon vwa nan syèl la te di: « Mwen se Jezi, sila w ap pèsekite a. » Menm lè a, Pòl te reveye, e se lè sa a sèlman li te konnen Jezi se te Kris la, e ke Li te Bondye. « Mwen dwe soumèt mwen. Bondye te fè m gras anpil—mwen te pèsekite Li konsa, epoutan Li pa t frape m atè, ni Li pa t ban m madichon. Mwen dwe soufri pou Li. » Pòl te rekonèt li te pèsekite Seyè Jezi Kris e kounye a li t ap touye disip Li yo; li te rekonèt tou Bondye pa t ba li madichon, men Li te fè limyè a klere sou li. Sa te enspire l, epi li te di: « Malgre mwen pa t gade figi Li, mwen te tande vwa Li epi mwen te wè gwo limyè Li a. Se kounye a sèlman mwen vrèman wè Bondye renmen m toutbonvre, epi Seyè Jezi Kris se vrèman Bondye ki gen pitye pou moun e ki padone peche lòm pou letènite. Mwen wè toutbon mwen se yon pechè. » Malgre pita Bondye te itilize don Pòl yo pou travay, annou kite sa sou kote pou kounye a—si nou konsidere sèlman detèminasyon Pòl te genyen an, kapasite nòmal li pou rezone kòm moun, ak konsyans li te gen de tèt li, tout sa se bagay ki depase nou. Jodi a, èske nou tout pa resevwa anpil limyè? Èske anpil moun pa wè dispozisyon Bondye a se yon dispozisyon majeste, kòlè, jijman, ak chatiman? Madichon, eprèv, ak rafinman tonbe sou moun yo anpil fwa—epi kisa yo aprann? Kisa ou jwenn lè yo te disipline ou epi yo te taye ou? Pawòl sevè, frap, ak jijman tonbe sou ou anpil fwa, epoutan ou pa ba yo okenn enpòtans. Ou pa menm gen ti kal rezon Pòl te genyen an—èske ou pa retade anpil anpil? Te gen anpil bagay tou Pòl pa t wè klè. Li te konnen sèlman limyè a te klere sou li, men li pa t reyalize yo te frape l atè; pèsonèlman li te kwè, aprè limyè a te fin klere sou li, li te dwe bay tout li menm pou Bondye, soufri pou Bondye, fè tout sa k posib pou prepare wout la pou Seyè Jezi Kris, epi jwenn plis pechè Seyè a te vle rachte. Sa se te detèminasyon li, epi sèl objektif travay li—men lè li t ap travay, maladi a toujou pa t kite li, jouk lè li mouri. Pòl te travay pandan plis pase ventan. Li te soufri anpil, epi li te pase anba anpil pèsekisyon ak anpil tribilasyon, malgre, byennantandi, sa yo te pi piti anpil pase eprèv Pyè yo. Èske sa pa fè pitye anpil si nou pa menm gen rezon Pòl te genyen an? Lè nou wè se konsa sa ye, ki jan Bondye ta ka kòmanse yon pi gwo travay sou nou?
Lè li t ap preche levanjil la, Pòl te soufri anpil. Travay li te fè a, detèminasyon li, lafwa li, devouman li, lanmou li, pasyans li, ak imilite li nan epòk sa a, ansanm ak anpil lòt bagay eksteryè li te manifeste nan lavi li, te pi wo pase sa nou menm moun jodi a genyen. Pou di sa pi sevè toujou, nou pa gen okenn kapasite nòmal pou rezone; nou pa menm gen okenn konsyans oswa imanite. Nou manke twòp bagay! Kidonk, byen souvan, nan sa nou manifeste nan lavi nou, moun pa kapab jwenn okenn kapasite nòmal pou rezone, epi pa gen okenn siy konsyans de tèt nou. Malgre Pòl t ap soufri ak yon maladi nan kò li nan epòk sa a, li te toujou ap priye epi ap chèche: « Kisa maladi sa a ye vrèman? Mwen fè tout travay sa yo pou Seyè a, poukisa afliksyon sa a pa kite m? Èske se ta posib Seyè Jezi ap pase m anba eprèv? Èske Li te frape m atè? Si Li te frape m atè, mwen t ap mouri depi lè a, epi mwen pa t ap kapab fè tout travay sa yo pou Li, ni mwen pa t ap kapab resevwa tout limyè sa a. Li te rekonèt detèminasyon mwen tou. » Pòl te toujou santi maladi sa a se te Bondye ki t ap pase l anba eprèv, se te yon fason pou fòje lafwa li ak fòs volonte li—se konsa Pòl te wè sa. An reyalite, maladi li a se te yon sekèl ki te rete depi lè Seyè Jezi te frape l atè a. Li te mete l anba presyon emosyonèl, epi li te metrize rebelyon li a. Si nou ta twouve nou nan menm sitiyasyon ak Pòl, kisa nou t ap fè? Èske detèminasyon nou ak kapasite nou pou nou soufri t ap kapab egal ak pa Pòl yo? Jodi a, si yon maladi ta tonbe sou nou, oswa nou ta pase anba yon gwo eprèv, epi yo ta fè nou soufri, pèsonn pa konnen ki jan nou t ap ye. Si yo te fèmen nou nan yon kalòj zwazo epi yo te toujou ap pran swen nou, nou t ap anfòm. Sinon, nou t ap egzakteman tankou lou, ki pa gen okenn imanite. Se poutèt sa, lè yo mete yon ti limit sou nou oswa nou pase nan yon ti difikilte, sa bon pou nou; si yo ta rann lavi a fasil pou nou, nou t ap fin pèdi, epi kòman nou t ap kapab jwenn pwoteksyon lè sa a? Jodi a, se paske nou sibi chatiman, jijman, ak madichon kifè nou resevwa pwoteksyon. Se paske nou soufri anpil kifè nou pwoteje. Si se pa t sa, nou t ap tonbe nan depravasyon depi byen lontan. Sa pa vle di y ap rann bagay yo difisil pou nou espre—nati lòm difisil pou chanje, epi fòk se konsa sa ye pou dispozisyon li kapab chanje. Jodi a, nou pa menm gen konsyans oswa rezon Pòl te genyen an, ni nou pa menm gen konsyans li te gen de tèt li a. Yo dwe toujou kenbe nou anba kontwòl, epi nou dwe toujou sibi chatiman ak jijman yon fason pou lespri nou kapab reveye. Chatiman ak jijman se sa ki pi bon pou lavi nou. Epi lè sa nesesè, fòk reyalite k ap tonbe sou nou yo pote chatiman pou nou tou; se sèlman lè sa a n ap bay legen nèt. Ak nati nou genyen an, san chatiman ak madichon, nou pa t ap dispoze bese tèt nou, nou pa t ap dispoze bay legen. San reyalite yo devan je nou, sa pa t ap gen okenn efè. Karaktè nou twò ba epi li pa vo anyen! San chatiman ak jijman, li t ap difisil pou yo konkeri nou, epi li t ap difisil pou yo ranpòte laviktwa sou enjistis ak dezobeyisans nou yo. Ansyen nati nou yo tèlman anrasinen byen fon. Si yo ta mete nou sou twòn nan, nou pa t ap konnen plas nou nan linivè a, alewè pou nou ta konnen kote nou prale. Nou pa menm konnen ki kote nou soti, alò, ki jan nou ta kapab konnen Kreyatè a? San chatiman ak madichon ki vini nan bon moman jodi a, dènye jou nou an t ap rive depi byen lontan. Sa se san nou pa menm pale de desten nou—èske li pa t ap fè fas ak yon danje ki pi iminan toujou? San chatiman ak jijman sa a ki vini nan bon moman, pèsonn pa konnen nan ki pwen nou t ap vin awogan, oswa nan ki pwen nou t ap vin pèvèti. Chatiman ak jijman sa a mennen nou jis jodi a, epi yo prezève lavi nou. Si yo te toujou ap « edike » nou avèk menm metòd « papa » nou te itilize yo, pèsonn pa konnen nan ki domèn nou t ap antre! Nou pa gen okenn kapasite pou nou kontwole tèt nou oswa pou nou fè refleksyon sou tèt nou. Pou moun tankou nou menm, si nou kapab senpleman swiv, soumèt nou, pa deranje, epi pa twouble, objektif Mwen yo ap reyalize. Èske nou pa ta dwe aksepte chatiman ak jijman jodi a pi byen? Ki lòt chwa nou genyen? Lè Pòl te wè Seyè Jezi t ap pale epi Li t ap travay, li te toujou pa kwè. Pita, aprè yo te fin kloure Seyè Jezi sou kwa a epi Li te leve soti vivan pami mò yo, Pòl te konnen reyalite sa a, epoutan li te kontinye ap pèsekite epi fè opozisyon. Se sa yo rele fè peche espre, e se poutèt sa yo te frape l atè. Nan kòmansman, li te konnen te gen yon Wa pami Jwif yo ki te rele Jezi, li te tande sa. Pita, pandan li t ap bay prèch nan tanp lan epi li t ap preche toupatou nan peyi a, li te aji kont Jezi, li te pran pòz li siperyè e li te refize obeyi okenn moun. Bagay sa yo te tounen yon gwo obstak pou travay la nan epòk sa a. Lè Jezi t ap travay, Pòl pa t ap pèsekite epi arete moun dirèkteman, men li te itilize prèch li ak pawòl li pou l kraze travay Jezi a. Pita, aprè yo te fin kloure Seyè Jezi Kris sou kwa a, Pòl te kòmanse arete disip yo, li t ap kouri sot yon kote al nan yon lòt epi li t ap fè tout sa l kapab pou l pèsekite yo. Se sèlman aprè « limyè » a te klere sou li, li te reveye epi li te gen gwo regrè. Aprè yo te frape l atè a, maladi li a pa t janm kite li. Gen de fwa, li te santi afliksyon li a te vin pi mal, epi li pa t kapab leve sot nan kabann li. Li te panse: « Kisa k ap pase la a? Èske yo vrèman frape m atè? » Maladi a pa t janm kite li, e se poutèt maladi sa a li te fè anpil travay. Nou kapab di Jezi te mete maladi sa a nan Pòl poutèt awogans li epi dèske li t ap fè sa l vle; se te yon pinisyon pou Pòl, men Li te fè sa tou pou Li te kapab itilize don Pòl te genyen yo nan travay Bondye a, dekwa pou travay Li a ta kapab gaye. An reyalite, entansyon Bondye se pa t pou Li sove Pòl, men se te pou Li itilize l. Epoutan, dispozisyon Pòl te twò awogan epi li te twò lage nan fè sa l vle, e se konsa yo te mete yon « pikan » nan li. Finalman, lè Pòl te fin fè travay li a, maladi a pa t yon gwo touman konsa pou li ankò, epi pandan travay li a t ap fini, li te kapab di pawòl sa yo: « Mwen mennen bon konba a, mwen fini kous mwen an, mwen kenbe lafwa a: Depi kounye a, gen yon kouwòn dwati ki rezève pou mwen »—pawòl li te di paske li pa t konnen travay Bondye a. Gen anpil moun nan mitan nou ki tankou Pòl, men si nou vrèman gen detèminasyon pou nou swiv rive jis nan fen wout la, yo p ap trete nou mal. Isit la, nou p ap diskite sou fason Pòl te rebèl epi li te reziste; annou rete sèlman sou aspè pozitif ak dezirab li a: Li te gen konsyans, epi aprè li te resevwa « limyè » a yon sèl fwa, li te kapab konsakre tèt li bay Bondye epi soufri pou Bondye. Sa se te youn nan pwen fò li yo. Sepandan, si gen moun ki kwè piske li te gen yon pwen fò, li se yon moun ki te jwenn benediksyon, si yo panse li pa t nesesèman sibi chatiman, ebyen sa yo se pawòl moun ki manke bon konprann.
Lè y ap priye epi y ap li pawòl Bondye yo, anpil moun di yo dispoze pou yo soumèt devan Bondye, men aprè yo lage kò yo nan libètinaj an kachèt, epi yo pa bay sa okenn enpòtans ditou. Yo repete pawòl Bondye yo ankò e ankò, yo ekspoze moun yo kouch aprè kouch, e se sèlman lè yo fin ekspoze kouch ki pi anba nèt nan moun yo, yo « jwenn lapè » epi yo vin mwens awogan e mwens lage nan fè sa yo vle, yo vin mwens ensipòtab nan awogans yo. Avèk eta nou ye jodi a, fòk yo toujou frape nou epi ekspoze nou san pitye, epi fòk yo jije nou ti kras pa ti kras, pou nou pa jwenn chans pou nou pran souf. Pou nou menm, li pi bon pou chatiman ak jijman sevè pa kite nou, epi pou kondanasyon ak madichon pa lwen nou, yon fason pou pèmèt nou wè men dekrè administratif Bondye yo pa janm kite nou. Menm jan nan Epòk Lalwa a, lè Arawon te wè Jewova pa t janm kite li (sa l te wè a se te gidans ak pwoteksyon Jewova ki te toujou la; gidans Bondye nou wè jodi a se chatiman, madichon, ak jijman), jodi a men dekrè administratif Jewova yo pa kite nou tou. Sepandan, gen yon bagay nou mèt rete trankil sou li: Kèlkeswa jan nou fè opozisyon, rebele, epi jije, p ap gen okenn domaj ditou ki fèt sou chè nou. Men si gen moun ki ale twò lwen nan opozisyon yo epi ki anpeche travay la fèt, sa pa akseptab ditou; gen yon limit. Pa deranje oswa twouble lavi legliz la, epi pa deranje travay Sentespri a. Pou rès bagay yo, ou ka fè sa ou vle. Si ou di ou pa vle chèche lavi epi ou swete tounen nan mond lan, ebyen fè vit epi ale! Nou kapab fè kèlkeswa sa nou swete toutotan sa pa anpeche travay Bondye a fèt. Epoutan, gen yon lòt bagay ou dwe konnen: Finalman, y ap elimine tout moun sa yo ki fè peche espre. Jodi a, ou ka pa jwenn repwòch, men finalman, se sèlman yon pati nan moun yo k ap kapab rann temwayaj—epi tout rès yo ap an danje. Si ou pa swete rete nan kouran sa a, pa gen pwoblèm. Jodi a yo trete moun yo avèk klemans; Mwen pa limite ou, toutotan ou pa pè chatiman k ap vini demen an. Men si ou nan kouran sa a, fòk ou rann temwayaj, epi fòk ou pase anba chatiman. Si ou vle refize sa epi tounen nan mond lan, sa pa deranje—pèsonn p ap anpeche ou! Men si ou fè travay ki destriktif epi ki twouble travay Bondye a, ou p ap kapab jwenn padon pou sa ditou! Kanta pou sa je ou wè ak zòrèy ou tande konsènan ki moun ki pase anba chatiman, epi ki fanmi ki jwenn madichon—gen limit ak fwontyè pou tout bagay sa yo. Sentespri a pa fè bagay yo alalejè. Lè nou konsidere peche nou te komèt yo, si yo ta trete nou epi pran nou oserye dapre pwòp enjistis pa nou, kiyès nan mitan nou ki t ap kapab siviv? Nou tout t ap jwenn gwo malè, epi okenn nan nou pa t ap gen yon bon rezilta. Epoutan jodi a, yo trete anpil moun avèk klemans. Menm si nou jije, rebele, epi fè opozisyon, toutotan nou pa deranje, M ap fè fas ak nou avèk yon souri. Si nou vrèman ap chèche lavi, ebyen fòk nou soufri yon ti chatiman, epi fòk nou andire doulè pou nou separe ak sa nou renmen pou n al sou tab operasyon an pou yo opere nou; fòk ou andire doulè a, menm jan Pyè te aksepte eprèv ak soufrans yo. Jodi a, nou devan twòn jijman an. Alavni, fòk nou monte sou « giyotin » nan, e se lè sa a nou pral « sakrifye » tèt nou.
Pandan dènye etap travay sa a nan dènye jou yo, gendwa ou kwè Bondye p ap detwi kò ou, e moun ta ka di ou ka pa soufri okenn maladi menmsi ou opoze ak Li epi jije Li—men lè pawòl sevè Bondye yo tonbe sou ou, lè yo ekspoze tout rebelyon ak opozisyon ou ak tout vye figi ou montre yo, ou p ap kapab kache, epi ou p ap konn sa pou ou fè. Jodi a, fòk nou gen yon ti konsyans. Pa jwe wòl mechan ki opoze epi ki rebele kont Bondye yo. Ou ta dwe rebele kont ansyen zansèt ou a; sa se nivo espirityèl ou ta dwe genyen an, epi se imanite sa a ou ta dwe posede a. Ou toujou pa kapab renonse ak pwòp pèspektiv avni ou oswa plezi jodi a yo. Bondye di: « Toutotan nou swiv Mwen toutbonvre epi chèche verite a, san mank M ap rann nou pafè. Yon fwa nou vin pafè, n ap gen yon bèl destinasyon—y ap mennen nou nan wayòm Mwen an pou nou kapab jwi benediksyon yo ansanm avè M. » Yo te pwomèt nou yon bèl destinasyon, epoutan yo pa ka janm diminye sa yo egzije nou yo. Gen yon kondisyon tou: Kèlkeswa si y ap konkeri nou oswa si y ap rann nou pafè, jodi a fòk nou pase anba kèk chatiman epi andire kèk soufrans; fòk nou aksepte yo frape nou epi disipline nou; fòk nou koute pawòl Mwen yo, swiv chemen Mwen an, epi swiv volonte Bondye—se sa nou menm moun dwe fè. Kèlkeswa jan ou ap chèche, fòk ou byen tande chemen sa a. Si ou vrèman gen vrè konpreyansyon, ebyen ou kapab kontinye ap swiv. Si ou kwè pa gen okenn avni oswa espwa isit la, ebyen ou ka ale. Yo te di ou pawòl sa yo byen klè, men si ou vrèman swete ale, sa montre sèlman ou pa gen yon ti kras konsyans; aksyon ou sa a sifi pou pwouve ou se yon demon. Malgre ou di ou mete tout bagay anba òkestrasyon Bondye, dapre kò ou ak sa ou manifeste nan lavi ou, ou toujou ap viv anba anpriz Satan. Malgre Satan nan men Bondye tou, ou menm ou toujou soti nan Satan epi Bondye poko vrèman sove ou, paske ou toujou ap viv anba anpriz Satan. Kanta pou konnen ki fason pou ou chèche dekwa pou ou kapab sove, se ou ki pou fè chwa a—ou ta dwe chwazi chemen ou ta dwe pran an. Finalman, si ou kapab di: « Mwen pa gen anyen ki pi bon, mwen sèvi ak konsyans mwen pou m rann Bondye lanmou Li ban mwen an, epi mwen dwe gen yon ti imanite. Mwen pa kapab akonpli anyen ki pi gran, ni kalib mwen pa tèlman wo; mwen pa konprann ni vizyon yo ni siyifikasyon travay Bondye a. Mwen annik rann Bondye lanmou Li ban mwen an, mwen fè kèlkeswa sa Bondye mande, epi mwen fè tout sa m kapab, sa vle di, mwen akonpli devwa m kòrèkteman kòm yon kreyati Bondye », ebyen M ap santi M satisfè. Sa se pi gwo temwayaj ou kapab rann. Sa se estanda ki pi wo yo egzije yon pati nan moun yo: akonpli devwa yo kòm kreyati Bondye. Annik fè tout sa ou kapab; sa yo egzije ou pa twòp. Toutotan ou fè tout sa ou kapab, ebyen sa se temwayaj ou.