Pratik (4)

Lapè ak lajwa M ap pale de yo jodi a pa menm ak sa ou kwè epi ou konprann nan. Ou te konn panse lapè ak lajwa te vle di ou kontan tout lajounen, pa gen okenn maladi oswa malè nan fanmi ou, kè ou toujou kontan san w pa santi menm yon ti tristès, epi ou gen yon santiman lajwa ou pa ka eksplike kèlkeswa nivo matirite lavi ou genyen. Anplis de sa, ou te jwenn yon ogmantasyon salè, epi pitit gason ou lan te fèk antre nan inivèsite. Avèk bagay sa yo nan tèt ou, ou te priye Bondye, epi lè ou te wè jan gras Bondye a te gran, ou te vin kontan anpil, ou t ap souri jouk nan zòrèy, epi ou pa t ka sispann remèsye Bondye. Kalite lapè ak lajwa sa a se pa vrè lapè ak lajwa ki vini lè yon moun gen prezans Sentespri a. Okontrè, se lapè ak lajwa ki se rezilta satisfaksyon lachè. Ou ta dwe konprann nan ki epòk nou ye jodi a; se pa Epòk Lagras la, e se pa epòk kote w ap chèche manje pen jouk vant ou plen ankò. Ou gendwa kontan anpil paske tout bagay ap mache byen pou fanmi ou, men lavi w ap rann dènye souf li—kidonk, kèlkeswa jan lajwa ou a gran, Sentespri a pa avèk ou. Pou yon moun jwenn prezans Sentespri a, se yon bagay ki senp: fè sa ou dwe fè kòmsadwa, akonpli devwa ou antanke yon èt imen ansanm ak fonksyon yon èt imen dwe ranpli, epi se pou w kapab ekipe tèt ou avèk bagay ou bezwen pou konble mank ou yo. Si ou toujou gen yon fado pou pwòp lavi ou epi ou kontan paske ou rive genyen yon konpreyansyon ki klè sou yon verite oswa ou konprann travay aktyèl Bondye a, sa rele gen prezans Sentespri a toutbonvre. Oswa, si pafwa ou vin anksye paske ou rankontre yon bagay ou pa konnen kòman pou ou fè eksperyans li, oswa paske ou pa t byen konprann yon verite yo te pataje nan kominyon an, sa pwouve Sentespri a avèk ou. Sa yo se eta moun jwenn kouramman nan eksperyans lavi a. Ou dwe konprann diferans ki genyen ant lè yon moun gen prezans Sentespri a ak lè li pa genyen l, epi ou pa dwe gen yon pwennvi ki twò senp sou sa.

Anvan sa, yo te di gen prezans Sentespri a ak gen travay Sentespri a se de bagay ki diferan. Eta nòmal pou yon moun ki gen prezans Sentespri a manifeste lefètke li gen panse ki nòmal, yon kapasite nòmal pou rezone, ansanm ak yon imanite nòmal. Pèsonalite yon moun ap rete jan l te ye anvan an, men anndan l ap gen lapè, epi sou deyò l ap gen konpòtman yon sen. Se konsa l ap ye lè Sentespri a avèk li. Lè yon moun gen prezans Sentespri a, fason li panse a nòmal. Lè li grangou li vle manje, lè li swaf li vle bwè dlo. … Kalite manifestasyon imanite nòmal sa yo se pa eklèsisman Sentespri a; yo se fason nòmal moun yo panse ak eta nòmal pou yon moun ki gen prezans Sentespri a. Gen kèk moun ki kwè, yon fason ki pa kòrèk, moun ki gen prezans Sentespri a pa konn sa ki rele grangou epi yo pa santi yo gen dòmi, epi kòmsi yo pa menm konnen yo gen yon fanmi, yo prèske detache nèt ak lachè. An reyalite, plis Sentespri a avèk moun yo, se plis yo nòmal. Yo konnen yo dwe soufri epi renonse ak bagay pou Bondye, bay Bondye tout yo menm, epi konsakre tèt yo bay Bondye; san konte, yo panse ak manje ansanm ak rad pou yo mete. Sa vle di, yo pa pèdi anyen nan imanite nòmal yon moun dwe genyen; okontrè, yo se moun ki gen anpil rezon. Pafwa, yo li pawòl Bondye yo epi yo medite sou travay Bondye a, yo vin gen lafwa nan kè yo epi yo vin dispoze pou pousuiv verite a. Natirèlman, travay Sentespri a baze sou fondasyon sa a. Si moun yo pa gen yon fason pou panse ki nòmal, ebyen yo pa gen okenn rezon—sa a se pa yon eta ki nòmal. Lè moun yo gen panse ki nòmal epi Sentespri a avèk yo, san mank, yo gen rezon yon moun ki nòmal, sa ki se yon eta nòmal. Nan eksperyans travay Bondye a, gen travay Sentespri a se yon bagay ki rive tanzantan, alòske gen prezans Sentespri a se prèske yon bagay ki konstan. Toutotan rezon ak fason moun yo panse a nòmal, epi toutotan kondisyon yo nòmal, ebyen Sentespri a ap avèk yo san mank. Lè rezon moun yo ansanm ak fason yo panse a pa nòmal, ebyen imanite yo pa nòmal. Si, nan moman sa a, travay Sentespri a anndan ou, ebyen san mank Sentespri a avèk ou tou. Men si Sentespri a avèk ou, sa pa vle di Sentespri a ap travay anndan ou fòseman, paske Sentespri a travay nan moman ki espesyal. Gen prezans Sentespri a kapab sèlman kenbe lavi nòmal moun yo, men Sentespri a travay sèlman nan kèk moman. Pa egzanp, si ou se yon lidè oubyen yon ouvriye, lè w ap wouze epi w ap founi sa ki nesesè pou legliz la, Sentespri a ap ba ou eklèsisman sou kèk pawòl ki edifyan pou lòt moun epi ki ka rezoud kèk nan pwoblèm reyèl frè ak sè ou yo genyen—nan moman sa yo, Sentespri a ap travay. Pafwa, lè w ap manje ak bwè pawòl Bondye yo, Sentespri a ba ou eklèsisman sou kèk pawòl ki patikilyèman anrapò avèk pwòp eksperyans pa ou, sa ki pèmèt ou jwenn yon pi gwo konesans sou pwòp kondisyon ou; sa se travay Sentespri a tou. Pafwa, pandan M ap pale, nou tande epi nou kapab mezire pwòp eta nou parapò ak pawòl Mwen yo, epi pafwa nou santi nou touche oswa enspire; tout sa se travay Sentespri a. Gen kèk moun ki di Sentespri a ap travay nan yo toutan. Sa enposib! Si yo ta di Sentespri a toujou avèk yo, sa t ap reyalis. Si yo ta di fason yo panse ak rezon yo nòmal toutan, sa t ap reyalis tou, e sa t ap montre Sentespri a avèk yo. Si yo di Sentespri a toujou ap travay nan yo, Bondye ba yo eklèsisman epi Sentespri a touche yo chak moman, epi yo akeri nouvo konesans toutan, ebyen sa pa nòmal ditou! Li konplètman sinatirèl! San okenn dout, moun sa yo se move lespri! Menm lè Lespri Bondye a vini nan lachè, gen moman kote Li dwe manje epi Li dwe repoze—alewè pou lèzòm. Moun ki gen move lespri sou yo sanble yo pa gen okenn nan feblès lachè yo. Yo kapab kite epi abandone tout bagay, yo pa gen santiman ditou, yo kapab andire soufrans epi yo pa santi menm fatig ki pi piti a, kòmsi yo te depase nivo lachè a. Èske sa pa ekstrèmman sinatirèl? Travay move lespri yo sinatirèl—pa gen okenn moun ki ta ka reyalize bagay konsa! Moun ki manke disèneman yo vin anvye lè yo wè moun sa yo: Yo di yo gen anpil fòs nan kwayans yo nan Bondye, yo gen anpil lafwa, epi yo pa janm montre okenn siy feblès! An reyalite, tout bagay sa yo se manifestasyon travay move lespri yo. Paske, moun nòmal ap toujou gen feblès lèzòm; sa se eta nòmal moun ki gen prezans Sentespri a.

Kisa sa vle di pou yon moun rete fèm nan temwayaj li? Gen kèk moun ki di yo annik swiv jan y ap fè kounye a san yo pa bay tèt yo pwoblèm pou konnen si yo ka genyen lavi; yo pa pousuiv lavi, men yo pa fè bak nonplis. Yo sèlman rekonèt etap travay sa a se Bondye k ap fè l. Èske sa se pa yon echèk nan rann temwayaj? Moun sa yo pa menm gen temwayaj kòm kwa yo konkeri yo. Moun yo konkeri yo ap swiv kèlkeswa sa k rive epi yo kapab pousuiv lavi. Non sèlman yo kwè nan Bondye pratik la, men yo konnen tou pou yo soumèt anba tout aranjman Bondye yo. Moun sa yo se moun ki gen temwayaj. Moun ki pa gen temwayaj yo pa t janm pousuiv lavi, yo toujou ap suiv nan konfizyon. Ou gendwa ap swiv, men sa pa vle di yo te konkeri w, paske ou pa gen okenn konpreyansyon sou travay Bondye jodi a. Gen sèten kondisyon ki dwe ranpli pou konkeri yon moun. Se pa tout moun k ap swiv yo te konkeri, paske nan kè w ou pa konprann anyen ditou sou poukisa ou dwe swiv Bondye jodi a, ni ou pa konnen kijan ou fè rive jodi a, kiyès ki soutni ou jouk jounen jodi a. Gen kèk moun ki toujou gen lespri yo bwouye epi ki nan konfizyon nan kwayans yo nan Bondye; kidonk, swiv pa vle di fòseman ou gen temwayaj. Kisa ki vrè temwayaj la egzakteman? Temwayaj y ap pale la a gen de pati: Youn se temwayaj kòm kwa yo te konkeri yon moun, epi lòt la se temwayaj kòm kwa yo te rann moun nan pafè (ki se temwayaj ki vini natirèlman aprè pi gwo eprèv ak tribilasyon alavni yo). Nan lòt mo, si ou kapab rete fèm nan temwayaj ou pandan tribilasyon ak eprèv yo, ebyen w ap ka fin rann dezyèm etap temwayaj la. Sa ki esansyèl jodi a se rann premye pati temwayaj la: kapab rete fèm pandan chak eprèv nan chatiman ak jijman yo. Sa se temwayaj kòm kwa yo konkeri ou. Se paske kounye a se epòk pou konkèt la. (kounye a, ou ta dwe konnen se epòk travay Bondye sou tè a; prensipal travay Bondye enkane a sou tè a se konkeri gwoup moun sa yo sou tè a k ap swiv Li pa mwayen jijman ak chatiman.) Si ou kapab rann temwayaj yo te konkeri w oswa non pa sèlman depann de si ou kapab swiv jiska lafen, men sa k pi enpòtan an, se si, etan w ap fè eksperyans chak etap nan travay Bondye a, ou kapab gen vrè konpreyansyon sou chatiman ak jijman Bondye, epi si w wè tout travay sa a toutbonvre. Ou p ap kapab pase konsa fasil sèlman dèske w ap swiv jiska lafen. Ou dwe kapab sede ak tout volonte w pandan chak okazyon chatiman ak jijman an, ou dwe kapab konprann chak etap travay w ap fè eksperyans lan toutbonvre, epi ou dwe kapab rive nan konesans ak nan soumisyon devan dispozisyon Bondye. Sa se temwayaj final kòm kwa yo te konkeri w la, ke yo mande ou pou ou rann la. Temwayaj kòm kwa yo te konkeri la fè referans sitou ak konesans ou genyen sou Bondye enkane a. Sa ki esansyèl, etap temwayaj sa a vize Bondye enkane a. Sa ou fè oswa di devan moun nan mond lan oswa moun ki gen pouvwa yo pa enpòtan ditou; sa ki pi enpòtan pase tout se si ou kapab soumèt anba tout pawòl ki soti nan bouch Bondye epi anba tout travay Li a. Kidonk, etap temwayaj sa a vize Satan ak tout ènmi Bondye yo—demon yo ansanm ak ènmi ki pa kwè Bondye ap enkane yon dezyèm fwa epi L ap vin fè yon travay ki pi gran toujou, epi anplis de sa, ki pa kwè nan reyalite Bondye k ap retounen nan lachè a. Nan lòt mo, li vize tout antikris yo—tout ènmi ki pa kwè nan Bondye enkane a.

Panse ak Bondye epi anvi Bondye pa pwouve Bondye te konkeri w; sa depann de si ou kwè Li se Chemen an ki tounen lachè a, si ou kwè Pawòl la te tounen lachè, epi si ou kwè Lespri a tounen Pawòl la, epi Pawòl la parèt nan lachè. Sa se temwayaj kle a. Fason ou swiv la pa enpòtan, ni jan ou bay tout ou menm; sa ki esansyèl la se si ou kapab dekouvri atravè imanite nòmal sa a ke Pawòl la tounen lachè epi Lespri verite a reyalize nan lachè—ke tout verite a, chemen an, ak lavi a vini nan lachè, Lespri Bondye a rive vre sou tè a epi Lespri a vini nan lachè. Malgre, sou deyò, sa parèt diferan de konsepsyon pa mwayen Sentespri a, nan travay sa a ou kapab wè pi klè Lespri a deja reyalize nan lachè, epi, anplis de sa, Chemen an tounen lachè epi Pawòl la parèt nan lachè. Sa pèmèt ou konprann vrè siyifikasyon pawòl yo: « Okòmansman se te Chemen an (Pawòl la), epi Chemen an (Pawòl la) te avèk Bondye, epi Chemen an (Pawòl la) se te Bondye. » Anplis de sa, ou dwe konprann Pawòl la jodi a se Bondye, Chemen an se Bondye, e sa pèmèt ou wè Pawòl la vin nan lachè. Sa se pi bon temwayaj ou kapab rann. Sa pwouve ou posede vrè konesans sou Bondye ki tounen moun nan—ou pa sèlman kapab konnen Li, men ou okouran tou chemen w ap mache jodi a se chemen lavi a, ak chemen verite a. Etap travay Jezi te reyalize a te sèlman akonpli esans “Chemen an te avèk Bondye” a: Verite Bondye a te avèk Bondye, epi Lespri Bondye a te avèk lachè a e Li te enseparab de lachè sa a. Sa vle di, lachè Bondye enkane a te avèk Lespri Bondye a, sa ki se yon pi gwo prèv ki montre Jezi enkane a te premye enkanasyon Bondye a. Etap travay sa a akonpli egzakteman sans pwofon pawòl « Pawòl la tounen lachè », li bay yon siyifikasyon ki pi pwofon a « Chemen an te avèk Bondye, epi Chemen an se te Bondye, » epi li pèmèt ou kwè fèm nan pawòl « Okòmansman se te Chemen an. » Sa ki vle di, nan moman kreyasyon an Bondye te gen pawòl yo avè L, pawòl Li yo te avèk Li e yo pa t kapab separe de Li, epi nan dènye epòk la, Li devwale pisans ansanm ak otorite pawòl Li yo pi klè toujou, e Li pèmèt lòm wè tout Chemen L lan—pou yo tande tout pawòl Li yo. Se sa ki travay dènye epòk la. Ou dwe rive konprann bagay sa yo an pwofondè. Sa ki enpòtan an se pa konnen lachè a, men pito se kòman ou konprann lachè a ak Pawòl la, epi lachè a ak Chemen an. Sa a se temwayaj ou dwe rann nan, sa tout moun dwe konnen an. Paske sa a se travay dezyèm enkanasyon an—epi dènye fwa Bondye enkane; nan lòt mo, li konplete siyifikasyon enkanasyon an, li reyalize nèt epi li pwodui tout travay Bondye fè nan lachè, epi li mete fen nan epòk kote Bondye nan lachè a. Kidonk, ou dwe konnen siyifikasyon enkanasyon an. Sa pa enpòtan ki kantite efò w ap fè pandan w ap kouri adwat agoch, oswa jan ou byen akonpli lòt bagay ki sou deyò yo; sa k enpòtan se si ou kapab sede nèt devan Bondye enkane a epi konsakre tout oumenm nèt ba Li, e si ou kapab soumèt anba tout pawòl ki soti nan bouch Li. Se sa ou ta dwe fè, epi se sa ou ta dwe respekte.

Dènye etap temwayaj la se temwayaj pou konnen si yo kapab oubyen pa kapab rann ou pafè—sa vle di, aprè ou fin byen konprann tout pawòl ki soti nan bouch Bondye enkane a, ou vin gen konesans sou Bondye epi ou vin sèten konsènan Li, ou viv tout pawòl ki soti nan bouch Bondye yo, epi ou atenn kondisyon Bondye mande ou yo—stil Pyè ansanm ak lafwa Jòb la—yon fason pou ou kapab soumèt jiska lanmò, remèt tèt ou nèt ba Li, epi alafen rive nan imaj yon moun ki rive nan nivo yo mande a, sa ki vle di imaj yon moun yo te konkeri epi rann pafè aprè li fin fè eksperyans jijman ak chatiman Bondye a. Sa a se temwayaj final la—se temwayaj yon moun yo rann pafè dwe rann finalman. Sa yo se de etap temwayaj ou dwe rann yo, epi yo makònen youn ak lòt, yo chak endispansab. Men gen yon bagay ou dwe konnen: Temwayaj Mwen mande ou jodi a pa vize moun nan mond lan, ni okenn lòt moun apa, men li vize sa Mwen mande ou fè a. Yo mezire li parapò avèk si ou kapab satisfè Mwen, epi si ou kapab rive nèt nan nivo Mwen mande nou chak la. Se sa nou ta dwe konprann.

Anvan: Pratik (3)

Apre: Pratik (5)

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger