Pratik (3)

Nou dwe gen kapasite pou nou viv poukont nou, pou nou kapab manje ak bwè pawòl Bondye yo poukont nou, pou nou kapab fè eksperyans pawòl Bondye yo poukont nou, epi pou nou mennen yon lavi espirityèl nòmal san lòt moun pa bezwen dirije nou. Nou dwe kapab konte sou pawòl Bondye pale jodi a pou nou viv, pou nou antre nan vrè eksperyans, epi pou nou gen vrè konpreyansyon. Se sèlman konsa n ap kapab rete fèm. Jodi a, anpil moun pa fin konprann nèt tribilasyon ak eprèv k ap vini alavni yo. Alavni, gen moun k ap pase anba tribilasyon, epi gen moun k ap pase anba pinisyon. Pinisyon sa a ap pi sevè toujou; se reyalite yo k ap vin frape moun. Jodi a, tout sa ou fè eksperyans, sa ou pratike, ak sa ou manifeste poze fondasyon pou ou fè eksperyans eprèv k ap vini yo, e pou pi piti, ou dwe gen kapasite pou ou viv poukont ou. Jodi a, kondisyon anpil moun nan legliz la jeneralman prezante konsa: si gen lidè ak ouvriye k ap fè travay la, yo kontan, men si pa genyen, yo pa kontan. Yo pa enterese nan travay legliz la ditou, yo pa bay lavi espirityèl yo okenn enpòtans, e yo pa gen mwendr fado—y ap viv ojoulejounen tankou zwazo Hanhao.[a] Pou Mwen di laverite, pou anpil moun, travay Mwen fè a se senpleman travay konkèt la, paske anpil nan yo tou senpleman pa merite pou yo pèfeksyone. Se sèlman yon ti gwoup moun yo kapab pèfeksyone. Si, aprè ou fin tande pawòl sa yo, ou panse: «Piske travay Bondye fè a se sèlman pou Li konkeri moun, mwen ap annik suiv pou lafòm», kijan yon atitid konsa ta ka akseptab? Si ou vrèman gen konsyans, ebyen ou dwe gen yon fado, ansanm ak yon sans responsablite. Ou dwe di: «Kit Bondye konkeri mwen, kit Li pèfeksyone mwen, mwen dwe rann etap temwayaj sa a kòrèkteman. «Pou yon kreyati Bondye, responsablite li se pou Bondye konkeri li nètale, pou li rive satisfè Bondye alafen, epi pou li rann Bondye lanmou Li avèk yon kè ki renmen Li e lè li konsakre tèt li nèt bay Bondye. Se devwa lòm dwe akonpli; lòm dwe pote fado sa a epi ranpli manda sa a. Se lè sa a sèlman li vrèman kwè nan Bondye. Jodi a, èske ou akonpli responsablite ou nan sa ou fè nan legliz la? Sa depann de si ou gen yon fado, epi sa depann de pwòp konesans ou. Nan fè eksperyans travay sa a, si Bondye konkeri lòm epi lòm gen vrè konesans, ebyen li ap kapab soumèt li kèlkeswa avni li oswa desten li. Konsa, gwo travay Bondye a ap akonpli nètale, paske nou menm moun, nou pa kapab fè anyen ki pi plis pase sa, epi nou pa kapab reponn ak okenn egzijans ki pi wo. Epoutan alavni, gen kèk moun yo pral pèfeksyone. Kalib yo ap amelyore, y ap gen yon konesans ki pi pwofon nan lespri yo, epi lavi yo ap grandi... Epoutan, gen kèk moun ki pa kapab rive nan nivo sa a ditou, e se poutèt sa yo pa ka sove. Gen yon rezon ki fè Mwen di yo pa ka sove. Alavni, gen kèk moun yo pral konkeri, gen kèk yo pral elimine, gen kèk yo pral pèfeksyone, epi gen kèk yo pral itilize—e se poutèt sa gen kèk moun k ap fè eksperyans tribilasyon, gen kèk k ap fè eksperyans pinisyon (kalamite natirèl ak dezas moun lakòz), gen kèk yo pral elimine, epi gen kèk k ap siviv. Se sa yo rele klase chak moun selon kategori pa li, kote chak gwoup reprezante yon kalite moun. Se pa tout moun yo pral elimine, ni se pa tout moun yo pral pèfeksyone. Se paske kalib moun Chinwa yo fèb anpil, epi gen sèlman yon ti ponyen nan mitan yo ki konnen tèt yo menm jan Pòl te konnen tèt li a. Nan mitan nou, pa gen anpil moun ki gen detèminasyon pou renmen Bondye menm jan Pyè te fè a, oswa ki gen lafwa menm jan Jòb te genyen an. Prèske pa gen youn nan mitan nou ki gen krentif pou Jewova epi ki sèvi Li menm jan David te fè a, ki gen menm nivo lwayote sa a. Nou vrèman fè pitye!

Jodi a, pale de moun Bondye ap pèfeksyone se sèlman yon aspè. Kèlkeswa sitiyasyon an, nou dwe rann etap temwayaj sa a kòrèkteman. Si yo ta mande nou pou nou sèvi Bondye nan tanp lan, ki jan nou ta dwe fè sa? Si ou pa t yon prèt, epi ou pa t gen estati premye pitit gason yo oswa pitit gason Bondye yo, èske ou t ap kapab toujou devwe? Èske ou t ap kapab toujou mete tout fòs ou nan travay pou elaji wayòm nan? Èske ou t ap kapab toujou akonpli manda Bondye bay la kòrèkteman? Kèlkeswa jan lavi ou grandi, travay k ap fèt jodi a ap fè ou konvenki nèt anndan w, epi l ap fè ou lage tout konsepsyon ou yo. Kit ou gen sa ki nesesè pou pouswiv lavi kit ou pa genyen l, travay Bondye a ap fè ou konvenki nètale. Gen moun ki di: «Mwen annik kwè nan Bondye, epi mwen pa konprann sa sa vle di pouswiv lavi. «Epi gen moun ki di: «Mwen konfonn nèt nan lafwa mwen nan Bondye. Mwen konnen yo pa kapab pèfeksyone m, e donk mwen pare pou m resevwa chatiman. «Menm moun konsa, ki pare pou resevwa chatiman oswa pou yo peri, fòk yo fè yo rekonèt tou se Bondye k ap reyalize travay k ap fèt jodi a. Gen kèk moun ki di tou: «Mwen pa mande pou yo pèfeksyone m, men, jodi a, mwen dispoze pou m aksepte tout fòmasyon Bondye yo, epi mwen dispoze pou m viv imanite nòmal, pou m amelyore kalib mwen, epi pou m soumèt devan tout aranjman Bondye yo... «Nan sa, Bondye konkeri yo tou epi yo rann temwayaj, sa ki pwouve moun sa yo gen kèk konesans sou travay Bondye a nan kè yo. Etap travay sa a te fèt ekstrèmman vit, epi alavni, l ap fèt pi rapid toujou nan peyi etranje. Jodi a, moun nan peyi etranje yo pa ka tann ankò, yo pa sispann kouri antre nan peyi Lachin—e donk si nou pa kapab vin konplè, nou pral retade moun ki nan peyi etranje yo. Lè sa a, kèlkeswa jan nou te byen antre oswa kèlkeswa jan nou ye, lè lè a rive, travay Mwen an ap fini epi l ap konplè. Tout travay la pa kapab pran reta poutèt nou. Mwen fè travay tout limanite a, epi pa gen okenn nesesite pou Mwen pase plis tan sou nou! Nou bay twòp desepsyon, nou pa konnen tèt nou ase ditou! Pa gen anpil valè nan pèfeksyone nou—nou prèske pa gen okenn potansyèl! Alavni, menm si moun yo kontinye montre yo neglijan e lant konsa, epi yo toujou pa kapab amelyore kalib yo, sa p ap antrave travay tout linivè a. Lè lè a rive pou travay Bondye a fini, l ap fini, epi lè lè a rive pou yo elimine moun yo, y ap elimine yo. Byennantandi, moun ki dwe resevwa pèfeksyon yo e ki merite sa, Bondye ap pèfeksyone yo tou—men si nou vrèman pa gen okenn espwa, ebyen travay Bondye a p ap tann nou! Finalman, si Bondye konkeri ou, yo kapab konsidere sa tou kòm yon temwayaj. Gen limit nan sa Bondye mande nou; kèlkeswa nivo espirityèl lòm kapab atenn se nivo temwayaj yo egzije l la. Se pa jan lòm imajine l la, kòmkwa yon temwayaj konsa dwe rive nan nivo ki pi wo a epi li dwe retantisan—pa gen okenn fason pou sa ta reyalize nan nou menm moun Chinwa yo. Mwen pase tout tan sa a ansanm avèk nou, epi nou menm pèsonèlman nou wè sa: Mwen te di nou pou nou pa reziste, pou nou pa rebèl, pou nou pa fè bagay k ap kreye twoub oswa deranjman dèyè do Mwen. Mwen lonje dwèt sou bagay sa yo devan je nou plizyè fwa, men menm sa pa mache—kou nou vire do nou nou chanje, alòske gen kèk nan nou ki reziste an kachèt san yo pa bay sa okenn enpòtans ditou. Èske ou panse Mwen pa konn anyen nan bagay sa yo? Èske ou panse ou kapab opoze ak Mwen epi anyen p ap rive ou? Èske ou panse Mwen pa konnen lè ou eseye kraze travay Mwen an dèyè do Mwen? Èske ou panse ti malen ou fè a kapab ranplase entegrite ou? Ou toujou sanble ou obeyisan men an kachèt ou se yon trèt, ou kache move panse anndan kè ou, e menm lanmò pa t ap yon pinisyon ki sifi pou moun tankou ou! Èske ou panse yon ti travay toupiti Sentespri a fè nan ou kapab ranplase krentif ou pou Mwen? Èske ou panse ou te jwenn ekleraj paske ou t ap rele nan Syèl la? Ou pa gen okenn wont! Ou tèlman pa vo anyen! Èske ou panse «bon zèv «ou yo te touche Syèl la, e kòm repons Li te fè yon eksepsyon pou Li ba ou yon ti talan, pou fè ou gen bèl pawòl nan bouch ou, pou pèmèt ou twonpe lòt moun, epi pou twonpe Mwen? Ou pa gen kapasite pou rezone ditou! Èske ou konnen ki kote ekleraj ou a soti? Èske ou pa konnen manje kiyès ou te konn manje pandan w ap grandi? Ala ou san konsyans! Gen kèk nan mitan nou ki pa menm chanje aprè kat oswa senk ane kote yo te resevwa redresman, epi nou konprann bagay sa yo klè. Nou dwe klè konsènan nati nou, epi nou pa dwe gen okenn objeksyon lè, yon jou, yo abandone nou. Gen moun yo te redrese anpil paske, nan sèvis yo, yo twonpe moun ki sou tèt yo epi yo kache bagay pou moun ki anba yo. Gen lòt yo te redrese anpil tou paske yo ava pou lajan. Gen lòt ankò yo te redrese souvan paske yo pa kenbe limit klè ant gason ak fi. Gen moun yo te redrese anpil paske yo parese, yo okipe sèlman lachè yo epi yo pa aji selon prensip yo lè y ap vizite legliz yo. Gen moun yo te avèti plizyè fwa paske, kèlkeswa kote yo ale, yo pa rive rann temwayaj, yo aji selon pwòp volonte yo, yo komèt move zak san reflechi, e yo menm fè sa ki mal espre. Gen moun yo te ekspoze souvan paske yo annik pale pawòl ak doktrin pandan rasanbleman yo, yo aji kòmsi yo siperyè tout lòt moun alòske yo pa gen mwendr reyalite laverite a, epi yo fè konplo kont frè ak sè yo epi yo fè konpetisyon ak yo. Mwen te di nou pawòl sa yo tèlman fwa, epi jodi a, Mwen p ap pale de sa ankò—fè sa nou vle! Pran pwòp desizyon pa nou! Anpil moun te resevwa redresman nan fason sa a pandan plis pase youn oswa dezan; pou kèk ladan yo, sa te dire twa oswa kat ane, alòske kèk lòt te fè eksperyans sa a pandan plis pase yon deseni, paske yo te resevwa redresman depi lè yo te vin kwayan, men jiskaprezan pa gen anpil chanjman nan yo. Èske ou pa panse ou gen nati yon kochon? Èske li ta posib pou Bondye pa jis avèk ou? Pa panse travay Bondye a p ap fini si nou pa kapab rive nan yon sèten nivo. Èske Bondye ap toujou tann nou si nou pa kapab reponn a egzijans Li yo? Mwen ap di ou laverite toutbonvre—se pa konsa sa ye. Pa wè bagay yo bèl konsa! Gen yon limit tan nan travay k ap fèt jodi a, epi Bondye p ap jwe avèk ou! Anvan, lè moun yo t ap fè eksperyans eprèv moun k ap bay sèvis yo, moun yo te panse si yo ta dwe rete fèm nan temwayaj yo pou Bondye epi pou Li konkeri yo, yo te dwe rive nan yon sèten pwen—yo te dwe tounen moun k ap bay sèvis ak tout volonte yo epi avèk jwa, epi yo te dwe fè lwanj pou Bondye chak jou, epi yo pa t dwe aji san kontwòl ni pou lafòm menm yon ti kras. Yo te panse se sèlman lè sa a yo t ap vrè moun k ap bay sèvis nan tout sans tèm nan, men èske se reyèlman sa? Nan epòk sa a, divès kalite moun te parèt aklè; yo te demontre tout kalite konpòtman. Gen kèk ki t ap plenyen, gen kèk ki t ap simaye konsepsyon, gen kèk ki te sispann asiste rasanbleman yo, e gen kèk ki te menm separe lajan legliz la ant yo. Frè ak sè yo t ap fè konplo youn kont lòt. Se te vrèman yon gwo «liberasyon». Sèl bagay ki te merite lwanj se ke pèsonn pa t fè bak. Sa se te pwen ki pi fò a. Yo te rann yon etap temwayaj devan Satan poutèt sa, epi pita yo te jwenn idantite pèp Bondye a epi yo rive jis jodi a. Travay Bondye a pa fèt jan ou imajine l la; okontrè, lè lè a rive, travay la ap fini, kèlkeswa pwen ou atenn nan. Gen kèk moun ki gendwa di: «Lè Ou aji konsa Ou pa sove moun oswa renmen yo—Ou pa Bondye ki dwat la. «Mwen ap di ou laverite toutbonvre: Sa ki nan kè travay Mwen an jodi a se konkeri ou epi fè ou rann temwayaj. Sove ou se sèlman yon bagay ki vin anplis; si ou kapab sove oubyen ou pa kapab, sa depann de pwòp pouswit ou, e sa pa gen rapò ak Mwen. Epoutan Mwen dwe konkeri ou; pa toujou chèche fè Mwen suiv ou—jodi a Mwen travay epi Mwen sove ou, se pa lekontrè!

Jodi a, sa nou vin konprann pi wo pase konesans nenpòt moun Bondye pa t pèfeksyone atravè tout epòk yo. Kit se konesans nou sou eprèv yo oswa sou lafwa nan Bondye a, yo tout pi wo pase konesans kèlkeswa moun ki kwè nan Bondye a. Bagay nou konprann yo, se sa nou vin konnen anvan nou pase anba eprèv ki soti nan sikonstans nou yo, men yo pa koresponn ak vrè nivo espirityèl nou ditou. Sa nou konnen pi wo pase sa nou mete an pratik. Malgre nou di moun ki kwè nan Bondye dwe renmen Bondye, epi yo pa dwe chèche benediksyon men chèche sèlman satisfè entansyon Bondye yo, sa ki manifeste nan lavi nou byen lwen sa, epi li gen anpil enpite ladan l. Pifò moun kwè nan Bondye poutèt lapè ak lòt avantaj. Si ou p ap tire avantaj nan sa, ou pa kwè nan Bondye, epi si ou pa kapab resevwa gras Bondye yo, ou fè yon move figi. Ki jan pawòl ou di yo ta kapab reprezante vrè nivo espirityèl ou? Lè gen sitiyasyon ki rive nan fanmi an ou pa kapab evite tankou timoun ki tonbe malad, moun ou renmen ki entène nan lopital, rekòt ki bay yon move rannman, ak manm fanmi k ap pèsekite ou, menm bagay senp sa yo ki rive souvan difisil anpil pou ou sipòte. Lè bagay konsa rive, ou toujou pran panik, san ou pa konn sa pou w fè—epi pi fò tan an, ou plenyen kont Bondye. Ou plenyen kòmkwa pawòl Bondye yo te twonpe ou, kòmkwa travay Bondye a t ap jwe avè ou. Èske nou pa gen panse konsa? Èske ou panse se sèlman raman bagay konsa rive nan mitan nou? Chak jou k ap pase n ap viv nan mitan evènman konsa. Nou pa menm reflechi yon sèl kou sou fason nou ta kapab reyisi nan lafwa nou nan Bondye a, ni sou fason nou ta kapab satisfè entansyon Bondye yo. Vrè nivo espirityèl nou twò piti, li menm pi piti pase yon ti poul. Lè biznis fanmi ou pèdi lajan, ou plenyen kont Bondye; lè ou twouve ou nan yon sitiyasyon kote Bondye pa ba ou pwoteksyon Li, ou toujou plenyen kont Bondye; epi ou menm plenyen lè youn nan ti poul ou yo mouri oswa lè yon vye bèf nan pak la tonbe malad. Ou plenyen lè lè a rive pou pitit gason ou marye men fanmi ou pa gen ase lajan; ou vle akonpli devwa akeyi moun nan, men ou pa gen mwayen pou sa, epi ou plenyen tou. Ou chaje ak plent anndan w, epi poutèt sa gen de fwa ou pa asiste rasanbleman yo oswa ou pa manje ak bwè pawòl Bondye yo, epi ou rete nan yon eta negatif san w pa menm konn pou konbyen tan. Anyen k ap rive ou jodi a pa gen okenn rapò ak avni ou oswa desten ou; bagay sa yo t ap toujou rive menm si ou pa t kwè nan Bondye, epoutan jodi a ou lage responsablite bagay sa yo sou do Bondye, epi ou ensiste pou di se Bondye ki elimine ou. Kijan egzakteman ou kwè nan Bondye? Èske ou vrèman ofri lavi ou? Si nou te pase anba menm eprèv ak Jòb yo, okenn nan mitan nou k ap suiv Bondye jodi a pa t ap kapab rete fèm, nou tout t ap tonbe atè. E tout senpleman gen yon gwo diferans ant nou menm ak Jòb. Jodi a, si yo ta sezi mwatye nan byen nou, nou t ap gen odas pou nou nye egzistans Bondye a; si yo ta pran pitit gason oswa pitit fi nou nan men nou, nou t ap soti nan lari a ap joure; si yo te bloke sèl mwayen nou genyen pou nou fè lavi nou, nou t ap eseye mande Bondye kont, epi nou t ap mande poukisa Mwen te di tout pawòl sa yo depi nan kòmansman an pou fè nou pè. Pa gen anyen nou pa t ap oze fè nan moman konsa. Nan sa, li klè nou pa gen okenn vrè konpreyansyon, ni okenn vrè nivo espirityèl ditou. Poutèt sa, eprèv ki sou nou yo twò gwo, paske nou konnen twòp bagay, men sa nou konprann toutbon an pa menm vo yon milyèm nan sa nou konnen yo. Nou pa dwe limite tèt nou a sèlman konesans ak konpreyansyon. Okontrè, li ta pi bon pou nou wè konbyen verite nou mete an pratik toutbon, pami verite nou konnen yo, kilès nou poko mete an pratik, ki pati nan ekleraj ak limyè Sentespri a nou jwenn grasa swe pwòp travay di nou, si ou reyalize detèminasyon ou genyen pou pouswiv verite a, jis nan ki pwen ou rive nan pouswit pou Bondye pèfeksyone ou, epi si wi ou non ou gen vrè nivo espirityèl ki nesesè pou pote laviktwa sou tantasyon Satan yo. Ou dwe pran swen pou w egzamine vrè nivo espirityèl ou ak temwayaj ou dwe rann nan, epi peye yon pri nan sa. Lè w ap kwè nan Bondye, pa reflechi sou ki benediksyon ou kapab jwenn oswa ki sa ou ta kapab jwi alavni. Finalman, si ou kapab jwenn verite a ak jwenn lavi a, sa depann nèt de pwòp pouswit ou.

Nòt anba paj:

a. Istwa zwazo Hanhao a sanble anpil ak fab Ezòp la sou foumi an ak krikèt la. Zwazo Hanhao a prefere dòmi olye li bati yon nich pandan tan an cho, malgre vwazen li, yon zwazo pi, te avèti l plizyè fwa. Lè sezon fredi rive, zwazo a mouri anba fredi.

Anvan: Mistè Enkanasyon an (2)

Apre: Pratik (4)

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger