Pratik (5)

Pandan Epòk Lagras la, Jezi te di kèk pawòl epi Li te akonpli yon etap travay. Tout bagay sa yo te gen yon kontèks, e yo tout te apwopriye pou eta moun yo nan epòk sa a; Jezi te pale epi Li te travay selon kontèks ki te genyen nan moman an. Li te bay kèk pwofesi tou. Li te pwofetize Lespri verite a t ap vini pandan dènye jou yo epi Li t ap akonpli yon etap travay. Sa vle di, Li pa t konprann anyen ki te depase travay Li menm Li te dwe fè pandan epòk sa a; sa vle di travay Bondye enkane a pote a limite. Kidonk, Li fè sèlman travay epòk Li ladan l lan, epi Li pa fè okenn lòt travay ki pa gen rapò ak Li. Nan epòk sa a, Jezi pa t travay selon santiman oswa vizyon, men selon sa tan an ak kontèks la te egzije. Pèsonn pa t dirije L oswa gide L. Tout travay Li a te reprezante pwòp sa L ye a—se te travay Lespri Bondye ki enkane a te dwe akonpli a, ki vle di tout travay enkanasyon an te inogire a. Jezi te travay sèlman selon sa Li menm Li te wè ak tande. Sa vle di, Lespri a te travay dirèkteman; pa t gen okenn nesesite pou mesaje parèt devan L oswa ba Li rèv, ni pou okenn gwo limyè klere sou Li pou pèmèt Li wè. Li te travay alèz e san kontrent, epi rezon an se paske travay Li a pa t baze sou santiman. Sa vle di, lè Li t ap travay, Li pa t tatonnen oswa fè sipozisyon, men Li te aji avèk fasilite; Li te travay epi pale selon pwòp lide Li ak sa L te wè ak pwòp je L, epi Li te bay chak disip ki t ap swiv Li sa yo te bezwen nan bon moman. Men diferans ki genyen ant travay Bondye ak travay lèzòm: Lè moun ap travay, yo chèche epi yo tatonnen, yo toujou ap imite oswa reflechi sou fondasyon lòt moun deja poze a, e konsa yo rive antre pi fon. Travay Bondye a se founi sa L ye a, epi Li fè travay Li menm Li dwe fè a. Li pa sèvi ak konesans Li tire nan travay okenn moun pou bay legliz la sa li bezwen. Okontrè, Li fè travay prezan an sou baz eta moun yo. Kidonk, travay nan fason sa a pi lib plizyè milye fwa pase travay moun fè. Pou moun yo, sa kapab menm parèt kòmsi Bondye pa “rete nan devwa L” epi Li travay nenpòt jan L vle—men tout travay L ap fè se travay ki nouvo. Poutan, ou ta dwe konnen travay Bondye enkane a pa janm baze sou santiman. Nan epòk sa a, aprè Jezi te fin akonpli travay Li lè yo te kloure L sou kwa a, yon fwa disip ki t ap swiv Jezi yo te rive nan yon sèten pwen nan eksperyans yo, yo te gen santiman jou Bondye a t apral rive, epi yo te pral rankontre ak Seyè a talè konsa. Se santiman sa a yo te genyen, epi pou yo menm, santiman sa a te gen yon enpòtans kapital. Men an reyalite, santiman moun gen anndan yo pa fyab. Petèt yo te santi yo prèske rive nan fen wout la, oswa tout sa yo te fè ak tout soufrans yo te andire yo se te bagay Bondye te òdone. Pòl te di tou li te fini kous li a, li te mennen konba a, epi te gen yon kouwòn dwati ki te rezève pou li. Se konsa li te santi l, epi li te ekri sa nan lèt li yo epi li te voye yo bay legliz yo. Bagay li te fè sa yo te soti nan fado li te genyen pou legliz yo, se sa k fè Sentespri a pa t bay sa atansyon. Lè Pòl te pwononse pawòl sa yo, li pa t santi okenn malèz, ni li pa t santi yo t ap fè l okenn repwòch, kidonk li te kwè bagay sa yo te nòmal epi kòrèk anpil, e li te kwè yo te soti nan Sentespri a. Men lè nou gade yo jodi a, yo pa t soti nan Sentespri a ditou. Se sèlman ilizyon lèzòm yo te ye. Lèzòm gen anpil ilizyon, epi Bondye pa okipe sa ni Li pa eksprime okenn opinyon lè bagay sa yo rive. Nan pifò ka, Sentespri a pa sèvi ak santiman moun yo pou L fè travay Li—Sentespri a pa travay anndan santiman moun eksepte nan moman nwa ak difisil yo kote Bondye poko vin nan lachè pou L fè travay Li, oswa nan peryòd kote pa gen ni apot ni ouvriye. Pandan etap sa a, travay Sentespri a bay moun yo kèk santiman espesyal. Pa egzanp: Lè moun yo pa gen gidans ki soti nan pawòl Bondye yo, yo santi yon lajwa yo pa ka eksplike lè y ap priye; yo gen yon santiman jwisans nan kè yo, epi yo santi yo anpè epi lespri yo trankil. Kou yo jwenn gidans pawòl yo, moun yo santi lespri yo eklere, yo jwenn yon chemen pratik pou yo aji, epi natirèlman, yo vin gen santiman lapè ansanm ak trankilite tou. Lè moun yo rankontre danje, oswa Bondye anpeche yo fè sèten bagay, yo santi yo twouble nan kè yo epi yo pa alèz. Se Sentespri a ki bay lòm tout santiman sa yo. Sepandan, si yon anviwònman ki ostil kreye yon atmosfè lakrent ki lakòz moun yo vin gen anpil kè sote epi vin pè anpil, sa se yon ekspresyon nòmal imanite, e li pa gen anyen pou wè ak travay Sentespri a.

Moun toujou ap viv nan pwòp santiman yo, epi yo gen plizyè ane depi y ap fè sa. Lè yo gen lapè nan kè yo, yo aji (yo kwè volonte yo genyen an se yon santiman lapè), epi lè yo pa gen lapè nan kè yo, yo pa aji (yo kwè mank volonte oswa degoutans yo genyen an se yon santiman malèz). Si bagay yo mache byen, yo panse sa se entansyon Bondye. (An reyalite, sa se yon bagay ki te dwe mache trè byen, piske sa se lwa natirèl bagay yo.) Lè bagay yo pa mache byen, yo panse sa pa antre nan entansyon Bondye. Kidonk, lè yo rankontre yon bagay ki pa mache byen, yo sispann sa y ap fè a. Santiman sa yo pa egzak, epi lè moun aji selon yo, sa pral lakòz anpil reta. Pa egzanp, ap gen difikilte san mank pou mete verite a an pratik epi ap gen plis difikilte toujou pou swiv volonte Bondye. L ap difisil pou avanse ak anpil bagay pozitif. Tankou pwovèb la di, “Anjeneral, gen difikilte anvan bon bagay reyalize.” Moun yo gen twòp santiman nan lavi reyèl yo, sa ki fè yo toujou nan konfizyon epi yo pa kapab wè anpil bagay klè. Pa gen anyen ki klè pou moun yo amwenske yo kapab konprann verite a. Men an jeneral, lè yo aji oswa pale selon santiman yo, toutotan se pa yon bagay ki vyole gwo prensip yo, Sentespri a pa reyaji ditou. Se tankou “kouwòn dwati” Pòl te santi yo te rezève pou li a: Pandan plizyè ane, pèsonn pa t kwè santiman l yo te mal, ni Pòl li menm pa t janm santi santiman l yo te gen erè. Kote santiman moun yo soti? Yo se reyaksyon ki soti nan sèvo yo, byennantandi. Diferan santiman vin fòme selon diferan anviwònman ak diferan sitiyasyon. Anpil fwa, moun yo sèvi ak lojik lèzòm pou yo fè dediksyon ki mennen yo jwenn yon seri fòmil, e sa lakòz anpil santiman imen vin fòme. San yo pa rann yo kont, moun yo antre nan pwòp dediksyon lojik pa yo, epi konsa, santiman sa yo tounen sa moun yo konte sou yo nan lavi yo; yo tounen yon sipò emosyonèl nan lavi yo, tankou “kouwòn dwati” Pòl la oswa “rankontre Seyè a nan lè a” Witness Lee a. Bondye pa gen prèske okenn fason pou L entèvni nan santiman sa yo lèzòm genyen, epi Li oblije kite yo devlope jan yo vle a. Jodi a, Mwen pale avèk ou aklè sou plizyè aspè nan verite a. Si ou kontinye ap eseye konprann santiman ou yo, èske ou pa toujou ap viv nan bagay ki pa klè? Ou pa aksepte pawòl yo te esplike ou byen klè yo, epi ou toujou ap konte sou santiman pèsonèl ou. Lè w ap fè sa, èske ou pa sanble ak yon avèg k ap tatonnen yon elefan? Epi, kisa w ap jwenn alafen?

Tout travay Bondye enkane fè jodi a se yon bagay ki pratik. Sa se pa yon bagay ou ka santi oswa yon bagay ou ka imajine, alewè pou ou ta dedui l—se sèlman lè reyalite yo tonbe sou ou w ap kapab konprann li. Pafwa, menm lè reyalite sa yo rive vre, ou toujou pa ka wè klè, epi moun yo p ap konprann jiskaske Bondye Li menm aji pou L fè vrè reyalite sitiyasyon an parèt klè nèt. Nan epòk sa a, te gen anpil ilizyon pami disip ki t ap swiv Jezi yo. Yo te kwè jou Bondye a te prèt pou rive epi yo t apral mouri pou Seyè a talè konsa epi yo t ap kapab rankontre avèk Seyè Jezi. Pyè te tann pandan sèt ane nèt poutèt santiman sa a—men jou a toujou pa t rive. Yo te santi lavi yo te vin gen matirite; santiman ki te anndan yo te miltipliye epi santiman sa yo te vin pi egi, men yo te sibi anpil echèk epi yo pa t kapab reyisi. Yo menm yo pa t konnen sa k t ap pase a. Èske sa ki soti vre nan Sentespri a pa t ap akonpli? Santiman moun yo pa fyab. Paske moun yo gen pwòp fason yo panse ansanm ak lide pa yo, yo kreye yon pakèt asosyasyon lide ki baze sou kontèks la ak eta yo nan moman an. An patikilye, lè yon bagay rive moun ki gen yon fason panse ki sen, yo vin twò eksite epi yo pa ka evite kreye yon pakèt asosyasyon lide. Sa sitou valab pou “ekspè” ki gen konesans ak teyori ki wo nivo yo: asosyasyon lide yo vin pi abondan toujou aprè yo fin pase plizyè ane ap jere zafè nan mond lan; san yo pa rann yo kont, asosyasyon lide sa yo pran tout kè yo epi yo tounen santiman ki ekstrèmman fò pou yo, epi yo satisfè avèk yo. Lè moun yo vle yon bagay, santiman ansanm ak sa yo imajine ap parèt anndan yo epi y ap panse bagay sa yo kòrèk. Pita, lè yo wè bagay sa yo pa reyalize, moun yo pa ka rive konprann kisa k pa t mache. Petèt yo kwè Bondye chanje plan Li.

Li inevitab pou tout moun gen santiman. Pandan Epòk Lalwa a, anpil moun te gen kèk santiman tou, men erè ki te nan santiman yo te mwens pase sa ki nan santiman moun jodi a. Sa se paske anvan sa, moun yo te kapab kontanple aparisyon Jewova; yo te kapab wè mesaje epi yo te konn fè rèv. Moun jodi a pa kapab wè vizyon ni mesaje, e konsa erè nan santiman yo miltipliye. Lè moun jodi a santi yon bagay patikilyèman kòrèk epi yo al mete l an pratik, Sentespri a pa fè yo okenn repwòch, epi yo santi anpil lapè anndan yo. Aprè yo fin fè sa, se sèlman grasa kominyon oswa lè yo li pawòl Bondye yo yo vin dekouvri yo te antò. Yon aspè nan sa, se paske pa gen okenn mesaje k ap parèt devan moun, rèv yo ra anpil, epi moun yo pa wè anyen nan vizyon nan syèl yo. Yon lòt aspè se paske Sentespri a pa entansifye repwòch Li ansanm ak disiplin Li anndan moun yo; diman gen okenn travay Sentespri a ki fèt anndan yo. Kidonk, si moun yo pa manje ak bwè pawòl Bondye yo, si yo pa chèche verite a nan yon fason pratik, epi si yo pa konprann chemen pou pratike a, yo p ap rekòlte anyen. Men prensip travay Sentespri a: Li pa bay sa ki pa konsène travay Li a atansyon; si yon bagay pa nan kad otorite L, Li pa janm mele ladan l ni entèvni ditou, Li kite moun yo fè kèlkeswa dezòd yo vle. Ou kapab aji nenpòt ki jan ou vle, men ap gen yon jou kote w ap twouve ou pa konn sa pou ou fè. Bondye travay sèlman avèk tout atansyon L nan pwòp lachè Li, Li pa janm entèfere nan travay lèzòm. Okontrè, Li rete lwen mond lèzòm nan nèt, epi Li fè travay Li menm Li dwe fè a. Ou p ap resevwa repwòch si ou fè yon bagay ki mal jodi a, ni ou p ap resevwa rekonpans si ou fè yon bon bagay demen. Sa yo se zafè lèzòm, epi yo pa gen pi piti rapò ak travay Sentespri a—sa pa antre ditou nan kad travay Mwen an.

Nan moman Pyè t ap travay la, li te pwononse anpil pawòl epi li te fè anpil travay. Èske sa posib pou anyen ladan yo pa t soti nan lide lèzòm? Li enposib pou sa te soti nèt nan Sentespri a. Pyè te sèlman yon kreyati Bondye, li te yon moun k ap swiv, li te Pyè, li pa t Jezi, epi esans yo pa t menm. Menm si Sentespri a te voye Pyè ale, se pa tout sa li te fè ki te soti nan Sentespri a, paske, anfen, se yon nonm li te ye. Pòl te pwononse anpil pawòl tou epi li te ekri yon gwo kantite lèt bay legliz yo; gen kèk nan lèt sa yo ki rasanble nan Bib la. Sentespri a pa t eksprime okenn opinyon, paske se te nan moman sa a Sentespri a t ap sèvi ak Pòl. Li te akeri kèk konesans ki soti nan eksperyans, epi li te ekri yo epi li te pase yo bay frè ak sè l yo nan Seyè a. Jezi pa t fè okenn reyaksyon. Poukisa Sentespri a pa t anpeche l nan epòk sa a? Se te paske te gen kèk enpite ki te soti nan fason nòmal moun panse; se yon bagay ki inevitab. Anplis de sa, aksyon li yo pa t rive nan pwen pou yo te vin yon deranjman oswa yon twoub. Lè gen kèk travay moun fè konsa, moun jwenn li pi fasil pou yo aksepte yo. Toutotan enpite ki nan fason nòmal moun panse yo pa deranje anyen, yo konsidere yo kòm yon bagay nòmal. Nan lòt mo, tout moun ki gen yon fason nòmal pou yo panse kapab panse nan fason sa a. Lè moun ap viv nan lachè, yo gen pwòp fason panse pa yo, men pa gen okenn fason pou yo derasinen yo. Sepandan, aprè yo fin fè eksperyans travay Bondye a pandan yon tan epi yo konprann kèk verite, fason panse sa yo ap vin mwens. Lè yo fin fè eksperyans plis bagay, y ap kapab wè klè epi konsa y ap deranje bagay yo mwens. Sa vle di lè yo demanti sa moun yo imajine ansanm ak dediksyon lojik yo, santiman anòmal yo genyen yo ap vin mwens. Tout moun k ap viv nan lachè gen pwòp fason panse pa yo, men alafen, Bondye ap travay sou yo pou yo rive nan yon pwen kote fason yo panse a p ap kapab twouble yo, yo p ap konte sou santiman ankò nan lavi yo, vrè nivo espirityèl yo ap grandi, epi y ap kapab viv selon pawòl Bondye yo nan reyalite a, e yo p ap fè bagay ki pa klè oswa ki vid ankò, epi konsa yo p ap fè bagay ki lakòz deranjman. Konsa, ilizyon yo p ap la ankò, epi apati moman sa a, aksyon yo ap reprezante vrè nivo espirityèl yo.

Anvan: Pratik (4)

Apre: Vrè Istwa konsènan Travay Konkèt la (1)

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger