Pratik (1)

Nan tan pase yo, te gen anpil devyasyon e menm anpil bagay absid nan fason moun yo te konn fè eksperyans. Yo tou senpleman pa t konprann kritè Bondye mande yo, kidonk, te gen anpil aspè kote eksperyans moun yo te pran move chemen. Sa Bondye mande moun se pou yo kapab viv yon limanite nòmal. Pa egzanp, pa gen pwoblèm pou moun suiv pratik modèn anrapò ak manje ak rad, pou yo mete yon kostim ak yon kravat, pou yo aprann yon ti kras sou atizay modèn, epi nan tan lib yo, yo kapab pwofite de atizay, kilti ak divètisman. Yo kapab fè kèk foto pou yo gen kòm souvni, yo kapab li epi akeri kèk konesans itil, epi viv nan yon anviwònman ki plito bon. Tout bagay sa yo se bagay ki apwopriye pou lavi yon moun ki gen limanite nòmal, epoutan, moun yo konsidere yo kòm bagay Bondye gen degoutans pou yo epi yo metrize tèt yo pou yo pa fè yo. Pratik yo a limite nan annik suiv kèk règleman, sa ki mennen nan yon lavi ki raz anpil epi ki pa gen okenn sans ditou. An reyalite, Bondye pa janm mande pou moun fè bagay yo nan fason sa a. Tout moun vle metrize pwòp dispozisyon yo, pandan y ap priye san rete nan lespri yo pou yo ka pi pre Bondye, epi lespri yo toujou ap reflechi sou sa Bondye vle, je yo toujou ap obsève tèl bagay oswa tèl lòt bagay, ak gwo laperèz pou relasyon yo ak Bondye pa koupe. Tout bagay sa yo se konklizyon moun yo tire poukont yo; yo se règleman moun tabli pou pwòp tèt yo. Si ou pa konnen pwòp esans nati ou epi ou pa konprann nan ki nivo pwòp pratik ou kapab rive, lè sa a ou p ap gen okenn mwayen pou ou sèten ki kritè egzakteman Bondye mande nan men lòm, ni ou p ap gen yon chemen pratik ki egzak. Piske ou pa kapab konprann egzijans presi Bondye pou lòm, lespri ou toujou ap travay san rete, w ap kase tèt ou ap analize dezi Bondye yo epi w ap tatonnen pou jwenn yon fason pou Sentespri a touche ou epi klere ou. Kòm rezilta, ou devlope kèk pratik ou kwè ki apwopriye. Ou tou senpleman pa gen okenn lide sou egzijans presi Bondye pou lòm; ou annik ap akonpli pwòp seri pratik pa ou san ou pa sousye de anyen, ou pa bay rezilta yo twòp enpòtans e ou bay posiblite pou gen defòmasyon nan pratik ou a mwens enpòtans toujou. Nan fason sa a, natirèlman pratik ou a manke presizyon epi li pa baze sou okenn prensip. Sa li manke sitou se bon sans ak konsyans yon moun nòmal, ansanm ak apwobasyon Bondye ak konfimasyon Sentespri a. Li vin twò fasil nèt pou ou pèdi wout ou lè w ap suiv pwòp chemen ou. Kalite pratik sa a se annik suiv règleman oswa fè espre pran plis fado sou do ou, yon fason pou ou kapab metrize tèt ou epi kontwole tèt ou. Epoutan, ou panse pratik ou a pafètman egzak e presi, san ou pa konnen pi gwo pati nan pratik ou a se pwosesis oswa seremoni ki pa nesesè. Gen anpil moun k ap pratike konsa pandan plizyè ane ki pratikman pa gen okenn chanjman nan dispozisyon yo, okenn nouvo konpreyansyon, ak okenn nouvo antre. San yo pa rann yo kont, yo refè menm ansyen erè yo ankò epi yo bay nati bèt yo libète total, rive nan pwen kote anpil fwa yo fè bagay ki pa gen bon sans ni limanite, epi yo konpòte yo yon fason ki fè moun rete ap mande sa k ap pase epi ki kite yo totalman konfonn. Èske yo ta ka di moun sa yo fè eksperyans transfòmasyon nan dispozisyon yo?

Kounye a, kwayans nan Bondye a antre nan Epòk Pawòl Bondye a. Lè nou konpare ak anvan, moun yo pa priye otan yo te konn priye. Nan pawòl Li yo, Bondye deja kominye aklè sou tout aspè verite a ak chemen pratik yo, kidonk, li pa nesesè ankò pou moun yo ap chèche epi ap tatonnen. Nan lavi Epòk Wayòm nan, pawòl Bondye yo dirije moun yo ale pi devan, epi se yon lavi kote tout bagay parèt klè pou yo kapab wè—paske Bondye deja eksplike tout bagay aklè, epi lòm pa oblije ap tatonnen chemen l nan lavi a ankò. Konsènan maryaj, zafè monn nan, lavi a, manje, rad ak kote pou rete, relasyon ak lòt moun, ki fason yon moun ka sèvi pou l satisfè entansyon Bondye yo, kijan yon moun ta dwe rebele kont lachè, e latriye, kilès nan bagay sa yo Bondye poko eksplike nou? Èske nou toujou bezwen al priye epi chèche? Vrèman pa gen okenn nesesite! Si ou toujou ap fè bagay sa yo, w ap jis aji yon fason initil. Sa montre inyorans ak sòt, epi li pa nesesè ditou! Se sèlman moun ki gen yon kalib ki twò fèb epi ki pa kapab konprann pawòl Bondye yo k ap priye san konprann e san rete. Kle pou pratike verite a se si wi ou non ou gen detèminasyon. Gen moun ki ensiste pou yo suiv preferans lachè yo nan aksyon yo menm lè yo konnen sa pa ann akò ak verite a, e konsa sa anpeche yo pwogrese nan lavi a. Menm aprè yo fin priye epi chèche, moun sa yo toujou vle aji selon sa lachè vle. Lè yo fè sa, èske yo pa konnen trè byen se mal y ap fè? Tankou moun ki konvwate plezi lachè epi ki anvi gen lajan, epi aprè sa ki priye Bondye, pou di: “Bondye! Èske Ou ap pèmèt mwen konvwate plezi lachè epi konvwate richès? Èske se entansyon Ou pou mwen fè lajan?” Èske sa se yon fason ki apwopriye pou priye? Moun ki fè sa yo konnen trè byen Bondye pa pran okenn plezi nan bagay sa yo, e se poutèt sa yo ta dwe abandone yo, men yo deja pran desizyon yo nan kè yo, epi lè y ap priye e y ap chèche y ap eseye fòse Bondye pèmèt yo konpòte yo nan fason sa a. Nan kè yo, yo kapab menm egzije pou Bondye di yon bagay pou konfime sa—se sa yo rele rebelyon. Gen moun tou ki rale frè ak sè nan legliz la sou bò pa yo epi ki tabli pwòp wayòm endepandan pa yo. Ou konnen trè byen aksyon sa yo opoze ak Bondye, men yon fwa ou fin detèmine pou w fè yon bagay konsa ou toujou al chèche epi priye Bondye, ak tout kalm ou san ou pa pè anyen. Ala ou san wont epi ou gen odas! Kanta pou abandone bagay monn nan, yo te pale de sa depi lontan. Gen kèk moun ki konnen klèman Bondye rayi bagay monn nan, epoutan yo toujou ap priye, pou di: “Bondye! Mwen konprann Ou pa ta vle mwen suiv bagay monn nan, men mwen fè sa yon fason pou m pa fè non Ou wont; mwen fè l pou moun nan monn nan kapab wè glwa Ou nan mwen.” Ki kalite priyè sa a ye? Èske nou kapab rekonèt ki kalite priyè li ye? Se yon priyè ki fèt pou fè presyon sou Bondye epi fòse men Li. Èske ou pa santi ou wont pou w ap priye nan fason sa a? Moun ki priye nan fason sa a opoze ak Bondye fè espre, epi kalite priyè sa a se totalman yon zafè ki gen move entansyon ladan l; se vrèman yon manifestasyon yon tandans satanik. Pawòl Bondye yo klè tankou dlo kòk, patikilyèman sa Li pwononse konsènan entansyon Li yo, dispozisyon Li, ak fason Li trete diferan kalite moun. Si ou pa konprann verite a, lè sa a ou ta dwe li pawòl Bondye yo plis—rezilta ou jwenn lè ou fè sa pi bon lontan pase lè w ap priye epi chèche san konprann. Gen anpil ka kote olye pou yo chèche epi priye, yo ta dwe pito li pawòl Bondye yo plis epi kominye sou verite a. Nan priyè ou fè regilyèman yo, ou ta dwe reflechi sou pwòp tèt ou epi eseye konnen tèt ou plis apati pawòl Bondye yo. Sa pi itil pou pwogrè ou nan lavi a. Si kounye a ou toujou ap chèche pandan w ap leve je ou gade nan syèl la, èske sa pa montre w ap kwè nan yon bondye vag toujou? Anvan, ou te konn wè rezilta nan fason w t ap chèche ak priye a, epi Sentespri a te konn touche lespri ou yon ti jan paske se te nan Epòk Lagras la. Ou pa t kapab wè Bondye, donk ou pa t gen lòt chwa pase tatonnen pou w avanse epi chèche nan fason sa a. Kounye a, Bondye vini nan mitan lèzòm, Pawòl la parèt nan lachè, epi ou wè Bondye; kidonk, Sentespri a pa travay jan Li te konn fè l anvan an ankò. Epòk la chanje e fason Sentespri a travay chanje tou. Malgre moun yo gendwa pa priye otan yo te konn priye anvan, piske Bondye sou tè a, kounye a lòm gen yon opòtinite pou li renmen Bondye. Limanite antre nan epòk kote moun renmen Bondye a, epi moun yo ka pwoche pi pre Bondye nan kè yo yon fason nòmal, “Bondye! Ou tèlman bon vre, epi mwen vle renmen Ou!” Kèk pawòl klè e senp sèlman sifi pou eksprime lanmou moun yo gen pou Bondye nan kè yo; priyè sa a fèt sèlman nan bi pou fè lanmou ant lòm ak Bondye a vin pi pwofon. Pafwa ou ka remake ou manifeste rebelyon, epi ou di: “Bondye! Poukisa mwen kowonpi konsa?” Ou santi yon gwo anvi pou w frape tèt ou plizyè fwa, epi dlo plen nan je ou. Nan moman sa yo, ou santi remò ak gwo lapenn nan kè ou, men ou pa gen okenn fason pou w eksprime santiman sa yo. Sa a se travay Sentespri a ap fè kounye a, men se sèlman moun k ap pouswiv lavi k ap kapab atenn li. Ou santi Bondye gen anpil lanmou pou ou epi ou gen yon kalite santiman espesyal. Malgre ou pa gen mo pou w priye klèman, ou toujou santi lanmou Bondye fon tankou lanmè. Pa gen okenn mo ki apwopriye pou eksprime eta sa a, epi sa se yon eta ki souvan parèt anndan lespri a. Kalite priyè sa a ansanm ak kominyon kote yon moun pwoche pi pre Bondye nan kè li a se bagay nòmal.

Malgre epòk kote moun te oblije ap tatonnen epi chèche a pase kounye a, sa pa vle di yo pa bezwen priye epi chèche ankò, ni sa pa vle di moun pa bezwen tann pou entansyon Bondye yo parèt aklè anvan yo fè travay la; sa yo se jis move konsepsyon lòm. Bondye vini nan mitan lèzòm pou Li viv avèk yo, pou Li se limyè yo, lavi yo, epi chemen yo: Sa a se yon reyalite. Byensir, nan lefètke Bondye vini sou tè a, se sèten Li pote pou limanite yon chemen pratik ak yon lavi ki adapte ak nivo devlopman yo, pou yo kapab jwi yo—Li pa vini pou Li kraze tout pratik lòm yo. Lòm pa viv ankò nan tatonnen epi chèche paske bagay sa yo te ranplase pa lefètke Bondye vini sou tè a pou Li travay epi di pawòl Li. Li vini pou Li libere lòm anba lavi ki pa klè e ki plen fènwa li t ap mennen an epi pèmèt li gen yon lavi ki ranpli ak limyè. Travay aktyèl la se montre bagay yo aklè, pale aklè, enfòme dirèkteman, epi fikse bagay yo yon fason ki klè, pou moun yo kapab mete bagay sa yo an pratik, menm jan Jewova Bondye te dirije pèp Izrayèl la, lè Li te di yo kijan pou yo ofri sakrifis ak kijan pou yo bati tanp lan. Se poutèt sa, nou pa bezwen mennen yon lavi kote n ap tatonnen epi chèche ankò menm jan nou te fè sa aprè Seyè Jezi te fin ale a. Èske nou ta dwe oblije ap tatonnen pou nou jwenn wout nou nan travay preche levanjil la alavni? Èske nou ta dwe oblije ap tatonnen ap chèche jwenn yon fason ki kòrèk pou nou viv? Èske nou dwe ap tatonnen pou nou disène kijan nou ta dwe fè pwòp devwa pa nou? Èske li nesesè pou nou pwostène fas atè, ap chèche, yon fason pou nou kapab konnen kijan nou ta dwe bay temwanyaj? Èske li nesesè pou nou fè jèn epi priye pou nou konnen kijan nou ta dwe abiye oswa viv? Èske li nesesè pou nou priye ak tout kè nou epi san rete nan pye Bondye ki nan syèl la pou nou konnen kijan nou ta dwe aksepte pou Bondye domine sou nou? Èske li nesesè pou nou priye san rete, lajounen kou lannwit, pou nou konnen kijan nou ta dwe soumèt devan Bondye? Gen anpil nan mitan nou ki di yo pa kapab pratike paske yo pa konprann. Moun yo tou senpleman pa bay travay Bondye ap fè jodi a okenn atansyon! Gen anpil pawòl Mwen te di depi lontan, men nou pa t janm bay okenn atansyon pou nou li yo, kidonk se pa etonan lefètke nou pa konnen kijan pou nou pratike. Byensir, nan epòk jodi a Sentespri a toujou touche moun pou pèmèt yo santi lajwa, epi Li viv ansanm ak lòm. Se sa ki sous santiman espesyal e agreyab sa yo[a] ki souvan rive nan lavi ou. Tanzantan, gen yon jou kote ou santi Bondye tèlman bèl epi ou pa ka evite priye Li, “Bondye! Lanmou Ou tèlman bèl epi imaj Ou tèlman gran. Mwen vle renmen Ou pi pwofondeman. Mwen vle konsakre tout mwen menm pou mwen sakrifye tout lavi mwen nèt. Mwen ap konsakre tout bagay ba Ou, toutotan se pou Ou, toutotan lè mwen fè sa mwen kapab renmen Ou...” Sa a se yon santiman plezi Sentespri a ba ou. Se pa limyè, ni se pa ekleraj; se eksperyans kote ou santi ou touche. Eksperyans ki sanble ak sa a ap rive tanzantan: Pafwa lè ou sou wout pou ou ale nan travay ou, ou ap priye epi pwoche pi pre Bondye, epi ou ap santi ou touche nan pwen kote dlo nan je ou ap mouye figi ou epi ou ap pèdi tout metriz ou, epi ou ap enpasyan pou ou jwenn yon kote ki apwopriye pou ou kapab eksprime tout fèvè ki anndan kè ou... Ap gen moman kote ou nan yon kote piblik, epi ou ap santi ou jwi anpil lanmou Bondye, sò ou pa òdinè ditou, e pi plis toujou, lavi ou gen plis sans pase lavi nenpòt lòt moun. Ou ap konnen pwofondeman Bondye leve ou byen wo epi sa se gwo lanmou Bondye pou ou. Nan kote ki pi fon nan kè ou, ou ap santi gen yon kalite lanmou nan Bondye lòm pa ka eksprime ni sonde, kòmsi ou konnen li men ou pa gen okenn fason pou ou dekri li, li toujou pouse ou reflechi anpil, epoutan ou pa kapab eksprime li konplètman. Nan moman konsa, ou ap menm bliye kote ou ye a, epi ou ap rele byen fò, “Bondye! Li tèlman difisil pou konprann Ou, epi Ou tèlman byenneme!” Sa ap kite moun yo konfonn, men tout bagay sa yo rive trè souvan. Nou fè eksperyans kalite bagay sa a tèlman anpil fwa. Sa a se lavi Sentespri a ba ou jodi a epi lavi ou ta dwe ap viv kounye a. Se pa pou anpeche ou viv lavi a, men se pito pou chanje fason w ap viv lavi ou la. Se yon santiman ki pa ka dekri oswa eksprime. Li se vrè santiman lòm tou, e pi plis toujou, li se travay Sentespri a. Ou gendwa konprann li nan kè ou, men ou pa gen okenn fason pou ou eksprime li klèman bay pèsonn ditou. Se pa paske ou pa konn pale byen oswa paske ou bege, men se paske li se yon kalite santiman ki pa kapab dekri avèk mo. Ou gen pèmisyon pou ou jwi bagay sa yo jodi a, epi sa a se lavi ou ta dwe ap viv. Byensir, lòt aspè nan lavi ou pa vid; se jis ke eksperyans sa a kote ou santi ou touche a vin tounen yon kalite lajwa nan lavi ou ki fè ou toujou dispoze pou ou jwi eksperyans konsa ki soti nan Sentespri a. Men ou ta dwe konnen lè ou santi ou touche konsa, se pa pou ou kapab depase lachè epi ale nan twazyèm syèl la oswa vwayaje toupatou nan monn nan. Okontrè, se yon fason pou ou kapab santi epi goute lanmou Bondye ou ap jwi jodi a, pou ou fè eksperyans siyifikasyon travay Bondye ap fè jodi a, epi pou ou vin konnen swen ak pwoteksyon Bondye ankò. Tout bagay sa yo se yon fason pou ou kapab vin gen yon pi gwo konesans sou travay Bondye ap fè jodi a—sa a se objektif Bondye nan fè travay sa a.

Chèche ak tatonnen se te mòd lavi anvan enkanasyon Bondye a. Nan epòk sa a moun pa t kapab wè Bondye, kidonk yo pa t gen lòt chwa pase chèche epi tatonnen. Jodi a ou wè Bondye epi Li di ou dirèkteman kijan ou ta dwe pratike; se poutèt sa ou pa bezwen tatonnen oswa chèche ankò. Chemen Li mennen lòm sou li a se chemen verite a, epi bagay Li di lòm e lòm resevwa yo se lavi a ak verite a. Ou gen chemen an ak verite lavi a, donk ki bezwen ki genyen pou w al chèche toupatou? Sentespri a p ap fè de etap travay an menm tan. Si, lè Mwen fin di pawòl Mwen yo, moun yo pa manje ak bwè pawòl Bondye yo avèk swen epi yo pa pouswiv verite a kòmsadwa, men yo kontinye priye ak chèche san rete menm jan yo te fè nan Epòk Lagras la, tankou yon avèg k ap tatonnen wout li devan l, èske sa pa t ap vle di etap travay sa a M ap fè a—travay pawòl la—ap fèt pou gremesi? Malgre Mwen fin di pawòl Mwen yo, moun yo toujou pa konprann nèt, e sa se paske kalib yo fèb. Yo ka rezoud pwoblèm sa a lè yo viv lavi legliz la epi lè yo kominye youn ak lòt. Anvan sa, nan Epòk Lagras la, malgre Bondye te vin nan lachè, Li pa t fè travay pawòl la, e se poutèt sa Sentespri a te travay nan fason sa a nan epòk la pou Li te kapab kenbe travay la. Nan epòk sa a se prensipalman Sentespri a ki te fè travay la, men kounye a se Bondye ki vin nan lachè a Li menm k ap fè li, e Li pran plas travay Sentespri a. Anvan, toutotan moun yo te konn priye souvan, yo te santi lapè ak lajwa; te gen repwòch ansanm ak disiplin tou. Tout sa se te travay Sentespri a. Kounye a eta sa yo ra anpil. Sentespri a kapab sèlman fè yon sèl kalite travay nan nenpòt ki epòk. Si Li ta fè de kalite travay an menm tan, pandan lachè a ap fè yon kalite epi Sentespri a ap fè yon lòt anndan moun yo, epi si sa lachè a di a pa t konte e sèlman sa Lespri a fè a ki te konte, lè sa a Kris pa t ap gen okenn verite, okenn chemen, ni okenn lavi ditou. Sa a t ap yon kontradiksyon avèk pwòp tèt Li. Èske Sentespri a te kapab travay konsa? Bondye gen tout pouvwa epi Li gen tout sajès, Li sen epi Li jis, epi Li pa fè okenn erè ditou.

Te gen twòp defòmasyon nan eksperyans moun yo te fè nan tan pase yo. Te gen kèk bagay moun ki gen limanite nòmal yo te sipoze genyen oswa fè, oubyen te gen erè ki te difisil pou moun evite nan lavi yo, epi lè bagay sa yo pa t byen jere, moun yo te lage responsablite a sou Bondye. Te gen yon sè ki te gen envite lakay li. Pen li t ap kuit nan vapè yo pa t kuit byen, donk li te panse, “Sanble se disiplin Bondye. Bondye ap netwaye kè mwen ki plen vanite a ankò; vanite mwen vrèman twò fò.” Anfèt, lè nou konsidere fason nòmal lòm panse, lè gen envite ki vini, ou vin eksite epi w ap kouri adwat agoch, ou vin dezòganize nan tout sa w ap fè, swa ou boule diri a oubyen ou mete twòp sèl nan manje a. Sa rive paske ou twò ajite, men finalman moun yo mete sa sou kont “disiplin Bondye.” An reyalite, tout sa yo se jis erè moun fè nan lavi yo. Èske ou pa t ap rankontre kalite bagay sa yo souvan tou si ou pa t kwè nan Bondye? Pwoblèm ki rive yo souvan se rezilta erè moun fè—se pa vre ditou ke se Sentespri a ki fè erè sa yo fèt. Erè konsa pa gen anyen pou wè ak Bondye. Tankou lè ou mòde lang ou pandan w ap manje—èske sa ta ka disiplin Bondye? Disiplin Bondye a gen prensip: Anjeneral, Li disipline ou lè ou fè mal pandan ou konnen trè byen sa ou fè a mal, epi lè sa ou fè a gen rapò ak non Bondye, temwanyaj Bondye, oswa travay Bondye. Moun yo konprann ase verite kounye a pou yo rann yo kont anndan yo de sa y ap fè. Pa egzanp: Èske li posib pou ou pa ta santi anyen si ou ta detounen lajan legliz la oswa si ou ta gaspiye l nenpòt ki jan? Ou ta santi yon bagay lè w ap fè sa. Li pa posib pou ou santi yon bagay sèlman lè aksyon an fin fèt. Ou konnen byen nan kè ou ki bagay ou fè ki ale kont konsyans ou. Paske moun yo gen pwòp dezi ak preferans yo, yo jis lage kò yo nan sa yo vle menm lè yo konnen klèman kijan pou yo mete verite a an pratik. Konsa, aprè yo fin fè yon bagay, yo pa santi okenn repwòch evidan ni yo pa pase anba okenn disiplin evidan. Yo fè sa ki mal pandan yo konn sa byen, kidonk Bondye pa disipline yo; yon fwa epòk jijman jis la rive, pinisyon Bondye pral tonbe sou chak moun selon aksyon yo. Aktyèlman gen kèk moun nan legliz la k ap detounen lajan, gen kèk ki pa kenbe limit klè ant gason ak fanm, epi gen kèk k ap jije, defye epi k ap eseye detwi travay Bondye an kachèt. Poukisa tout bagay anfòm pou yo toujou? Lè y ap fè bagay sa yo, yo konnen sa y ap fè epi yo santi repwòch nan kè yo e akòz sa yo pafwa sibi chatiman ak rafinman, men yo jis twò san wont! Tankou lè moun gen relasyon seksyèl ak plizyè patnè—yo konnen sa y ap fè nan moman an, men dezi seksyèl yo twò fò epi yo pa kapab kontwole tèt yo. Menmsi Sentespri a disipline yo, sa p ap sèvi anyen, donk Sentespri a p ap disipline yo. Si Sentespri a pa disipline yo lè sa a, si yo pa santi okenn repwòch epi pa gen anyen ki rive lachè yo, ki repwòch ki te ka genyen aprè sa? Aksyon an fèt deja—ki disiplin ki te ka genyen? Sa sèlman pwouve yo twò san wont epi yo manke limanite, e yo merite madichon ak pinisyon! Sentespri a pa travay san nesesite. Si ou konnen verite a byen men ou pa mete li an pratik, si ou kapab fè nenpòt bagay, lè sa a tout sa ou kapab fè se rete tann jou kote ou ap jwenn pinisyon ou ansanm ak mechan an. Se pi bon rezilta ou ka jwenn! Kounye a Mwen preche plizyè fwa sou konsyans, e se li ki kritè minimòm nan. Si moun yo manke konsyans, lè sa a Sentespri a pa disipline yo ankò; yo ka fè sa yo vle epi Bondye pa okipe yo. Moun ki vrèman gen konsyans ak bon sans ap rann yo kont sa lè yo fè yon bagay ki mal. Y ap santi yo malalèz kou yo santi yon ti repwòch nan konsyans yo; yo pral mennen yon batay anndan yo e finalman yo pral rebele kont lachè. Yo p ap rive nan pwen kote yo fè yon bagay ki opoze ak Bondye yon fason ki twò grav. Kèlkeswa si Sentespri a disipline yo epi chatye yo oubyen non, moun yo ap toujou santi yon bagay lè yo fè yon bagay ki mal. Se poutèt sa, moun yo konprann tout kalite verite kounye a, epi si yo pa pratike yo, lè sa a se yon pwoblèm ki soti nan moun yo. Mwen pa reyaji devan kalite moun sa yo ditou, ni Mwen pa gen okenn espwa pou yo. Ou mèt fè sa w vle!

Lè kèk moun rasanble ansanm, yo mete pawòl Bondye a sou kote epi yo toujou ap pale sou kijan tèl moun oswa tèl lòt moun ye. Byensir li bon pou ou gen yon ti disèneman, konsa kèlkeswa kote ou ale ou p ap kite yo egare ou fasil, ni ou p ap kite yo twonpe ou oswa pran ou nan riz fasil—sa a tou se yon kapasite moun ta dwe genyen. Men ou pa dwe konsantre sèlman sou aspè sa a. Sa gen rapò ak aspè negatif bagay yo, epi ou pa kapab toujou kenbe je ou fikse sou lòt moun. Kounye a ou gen twò piti konesans sou fason Sentespri a travay, kwayans ou nan Bondye twò sipèfisyèl, epi ou gen twò piti bagay pozitif nan ou. Moun ou kwè nan Li a se Bondye, epi Moun ou bezwen konprann nan se Bondye, se pa Satan. Si ou rekonèt sèlman fason Satan travay ak tout fason move lespri yo travay, men ou pa gen okenn konesans sou Bondye ditou, ki sans sa t ap genyen? Èske se pa nan Bondye ou kwè jodi a? Poukisa konesans ou pa gen ladan l bagay pozitif sa yo? Ou tou senpleman pa bay antre nan aspè pozitif la okenn atansyon, ni ou pa byen konprann li, donk kisa vrèman ou vle jwenn nan lafwa ou a? Èske ou pa konnen kijan ou ta dwe pouswiv? Ou gen anpil konesans sou move egzanp, men ou pa konprann anyen ditou nan antre nan aspè pozitif la, donk kijan nivo devlopman ou ta ka janm grandi? Ki espwa yon moun tankou ou k ap pale sèlman sou lagè avèk Satan an ka genyen pou li devlope tèt li alavni? Èske antre ou pa t ap twò demode? Kisa ou t ap kapab jwenn nan travay aktyèl la lè w ap fè sa? Sa ki esansyèl kounye a se pou ou konprann sa Bondye vle fè kounye a, kijan lòm ta dwe kopere, kijan li ta dwe renmen Bondye, kijan li ta dwe konprann travay Sentespri a, kijan li ta dwe antre nan tout pawòl Bondye di jodi a, kijan li ta dwe manje ak bwè, fè eksperyans, epi konprann yo, kijan li ta dwe satisfè entansyon Bondye yo, kijan pou Bondye domine sou li nèt epi kijan pou li soumèt devan Bondye... Se sou bagay sa yo ou ta dwe konsantre e se nan yo ou ta dwe antre kounye a. Èske ou konprann? Kisa sa itil pou w konsantre sèlman sou disène lòt moun? Ou ka disène Satan isit, ou ka disène move lespri lòt bò a—ou kapab gen yon konpreyansyon konplè sou move lespri yo, men si ou pa kapab di anyen sou travay Bondye, èske disèneman konsa kapab ranplase konpreyansyon ou ta dwe genyen sou Bondye a? Anvan sa, Mwen te kominye sou manifestasyon travay move lespri yo, men se pa sou sa Mwen te konsantre plis. Byensir moun yo ta dwe gen kèk disèneman, epi sa a se yon aspè moun k ap sèvi Bondye yo ta dwe genyen pou yo ka evite fè bagay sòt epi deranje travay Bondye a. Sepandan, sa ki pi enpòtan toujou se gen konesans sou travay Bondye epi konprann entansyon Bondye yo. Ki konesans ki genyen nan ou konsènan etap travay sa a Bondye ap fè a? Èske ou kapab pale sou kisa Bondye ap fè a, sou ki entansyon Bondye yo, sou sa ou menm ou manke ak sa ou ta dwe ekipe tèt ou avèk yo? Èske ou kapab di ki dènye antre ou genyen? Ou ta dwe kapab rekòlte fwi epi jwenn konpreyansyon nan nouvo antre a. Pa pran pòz ou konfonn; ou dwe fè plis efò nan nouvo antre a pou ou fè pwòp eksperyans ou ak konesans ou vin pi pwofon, e pi plis toujou ou dwe byen konprann antre ki pi resan yo ak fason ki pi kòrèk pou w fè eksperyans la. Anplis de sa, atravè nouvo travay la ak nouvo antre yo, ou ta dwe gen disèneman anrapò ak ansyen pratik ou yo ki demode e ki defòme, epi chèche fason pou w debarase anba yo dekwa pou w ka antre nan nouvo eksperyans yo. Sa yo se bagay ou bezwen konprann epi antre ladan yo san pèdi tan kounye a. Ou dwe konprann diferans yo ak relasyon ki genyen ant ansyen antre yo ak nouvo antre yo. Si ou pa byen konprann bagay sa yo, lè sa a ou p ap gen okenn fason pou ou pwogrese, paske ou p ap kapab suiv ritm travay Sentespri a. Ou dwe kapab sèvi ak fason nòmal pou manje ak bwè pawòl Bondye ansanm ak kominyon nòmal la pou chanje ansyen pratik demode ou te genyen yo ansanm ak ansyen konsepsyon tradisyonèl ou yo, yon fason pou ou kapab antre nan yon nouvo pratik, epi antre nan nouvo travay Bondye a. Sa yo se bagay ou dwe reyalize. Mwen pa annik ap mande ou kounye a pou w kalkile egzakteman nan ki nivo ou rive; sa se pa objektif la. Okontrè, Mwen ap mande ou pou w pran fason ou mete verite a an pratik epi konpreyansyon ou genyen konsènan antre nan lavi a oserye. Kapasite ou genyen pou w konnen tèt ou a pa reprezante vrè nivo devlopman ou. Si ou kapab fè eksperyans travay Bondye, gen konpreyansyon ki soti nan eksperyans konsènan verite ki nan pawòl Bondye yo, epi ou kapab gen disèneman sou ansyen konsepsyon ak erè ou yo, lè sa a sa a se vrè nivo devlopman ou epi se yon bagay nou chak ta dwe reyalize.

Gen anpil sitiyasyon kote nou tou senpleman pa konnen kijan pou nou pratike, epi nou konnen menm mwens toujou sou fason Sentespri a travay. Pafwa ou fè yon bagay ki klèman montre ou pa soumèt anba Sentespri a. Atravè fason ou manje ak bwè pawòl Bondye yo, ou deja byen konprann prensip ki gen nan zafè a, donk ou santi repwòch epi ou pa anpè anndan ou; byensir sa a se yon santiman yon moun ap santi sèlman si li konnen kèk verite. Si moun yo pa kopere oswa yo pa pratike selon pawòl Bondye a jodi a, lè sa a y ap bloke travay Sentespri a epi se sèten yo p ap anpè anndan yo. Sipoze ou konprann prensip yon aspè kèlkonk men ou pa pratike selon prensip sa a, donk ou ta santi repwòch anndan ou. Si ou pa konprann prensip la epi ou pa konnen aspè verite sa a ditou, lè sa a ou p ap nesesèman santi yon repwòch konsènan zafè sa a. Repwòch Sentespri a toujou depann de kontèks la. Ou panse poutèt ou pa t priye epi ou pa t kopere ak travay Sentespri a ou te retade travay la. An reyalite, yo pa ka retade travay la. Sentespri a ap touche yon lòt moun; pèsonn pa kapab mete travay Sentespri a anba kontwòl li. Ou santi ou desevwa Bondye, epi sa a se yon santiman ou ta dwe genyen nan konsyans ou. Keseswa ou kapab genyen verite a oswa non, sa se zafè pa ou e sa pa gen anyen pou wè ak Bondye. Pafwa se pwòp konsyans pa ou ki santi l akize, men sa a se pa limyè oswa ekleraj Sentespri a, ni sa pa repwòch Sentespri a. Okontrè, se yon santiman ki anndan konsyans lòm. Si ou komèt move zak san reflechi nan zafè ki enplike non Bondye, temwanyaj Bondye oswa travay Bondye, lè sa a Bondye p ap kite ou chape konsa. Men gen yon limit—Bondye p ap okipe ou nan ti zafè òdinè. Li ap inyore ou. Si ou vyole prensip yo, epi ou deranje epi twouble travay Bondye, Li ap lage kòlè Li sou ou epi Li p ap janm epanye ou. Gen kèk erè ou fè ki inevitab nan lavi lèzòm. Pa egzanp, ou pa kuit pen ou yo nan vapè jan ou te dwe fè l la epi ou di se Bondye k ap disipline ou—sa a se yon bagay ki totalman san rezon pou yon moun di. Anvan ou te vin kwè nan Bondye, èske kalite bagay sa a pa t konn rive souvan? Ou santi sanble se disiplin Sentespri a li ye, men anfèt se pa sa (eksepte nan kèk sitiyasyon eksepsyonèl), paske travay sa a pa soti konplètman nan Sentespri a, men pito nan santiman lèzòm. Sepandan, li nòmal pou moun ki gen lafwa yo panse nan fason sa a. Ou pa t ap kapab panse konsa lè ou pa t kwè nan Bondye. Kou ou te vin kwè nan Bondye, ou te kòmanse dirije panse ou sou bagay sa yo, epi natirèlman ou te vin panse nan fason sa a. Sa a soti nan fason moun nòmal panse e li fè pati fason lespri imen an travay. Men kite Mwen di ou, fason ou panse konsa a pa nan kad travay Sentespri a. Sa a se yon egzanp kote Sentespri a bay moun yo yon reyaksyon nòmal atravè panse yo; men ou dwe konprann reyaksyon sa a se pa travay Sentespri a. Gen kalite “konesans” sa a pa pwouve ou gen travay Sentespri a. Konesans ou an pa soti nan limyè Sentespri a, e alewè pou se ta travay Sentespri a. Li se senpleman pwodui panse nòmal lèzòm, epi li pa gen okenn lyen ditou ak limyè oswa ekleraj Sentespri a—bagay sa yo se de bagay ki konplètman diferan. Panse nòmal lèzòm sa a se pa travay Sentespri a ki pwodui li konplètman. Lè Sentespri a travay pou Li klere moun, anjeneral Li ba yo konesans sou travay Bondye, ak sou vrè antre yo ansanm ak vrè eta yo. Li pèmèt yo tou konprann entansyon ijan Bondye yo ansanm ak egzijans Li pou lòm jodi a, yon fason pou yo gen detèminasyon pou yo sakrifye tout bagay pou yo satisfè Bondye, renmen Bondye menm si yo rankontre pèsekisyon ak tribilasyon, epi pou yo rete fèm nan temwanyaj yo pou Bondye menmsi sa vle di pou yo vèse san yo oswa bay lavi yo, epi pou yo fè sa san okenn regrè. Si ou gen kalite detèminasyon sa a, sa vle di Sentespri a touche ou epi Li travay nan ou—men konnen Li pa touche ou konsa chak moman. Pafwa nan reyinyon yo, lè ou priye epi ou manje ak bwè pawòl Bondye yo, ou ka santi ou ekstrèmman touche epi enspire. Sa parèt tèlman nouvo epi fre lè lòt moun ap kominye sou konpreyansyon ki soti nan eksperyans yo anrapò ak pawòl Bondye yo, epi kè ou byen klè e li plen limyè. Tout bagay sa a se travay Sentespri a. Si ou se yon lidè epi Sentespri a ba ou limyè ak ekleraj eksepsyonèl lè ou desann nan legliz la pou ou travay, Li ba ou kapasite pou ou byen wè pwoblèm ki egziste anndan legliz la, Li pèmèt ou konnen kijan pou ou kominye sou verite a pou rezoud yo, Li fè ou mete anpil kè nan travay ou epi fè l ak anpil responsablite ak anpil serye, tout bagay sa a se travay Sentespri a.

Nòt anba paj:

a. Tèks orijinal la di “Sa yo se kèk”.

Anvan: Konsènan Bib la (4)

Apre: Pratik (2)

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger