Pratik (2)
Nan tan pase yo, moun yo te antrene tèt yo pou yo rete ansanm ak Bondye epi viv nan lespri a nan chak moman. Konpare ak pratik jodi a, sa se yon fòm senp pou antrene lespri a; se fason pou pratike ki pi senp epi ki gen mwens pwofondè anvan moun antre sou bon chemen lavi a, epi li konstitye tou premye etap pratik nan lafwa moun yo. Si moun yo toujou konte sou kalite pratik sa a nan lavi yo, yo pral gen anpil santiman epi yo pral gen tandans fè devyasyon, epi yo p ap kapab antre nan vrè eksperyans lavi yo; y ap sèlman kapab antrene lespri yo, pwoche bò kote Bondye nòmalman nan kè yo, epi yo pral toujou jwenn yon gwo jwa lè yo gen Bondye avèk yo. Yo pral limite tèt yo nan ti kad relasyon yo genyen ak Bondye a, epi yo pap kapab rive jwenn anyen ki gen plis pwofondè. Moun k ap viv anndan limit sa yo pa kapab fè okenn gwo pwogrè. Nenpòt ki lè, yo gen tandans rele byen fò: “A! Seyè Jezi. Amèn!” Se prèske chak jou yo konsa—se pratik tan pase yo, pratik pou viv nan lespri a nan chak moman an. Èske sa pa twò vilgè? Jodi a, lè moman an rive pou medite sou pawòl Bondye yo, annik medite sou pawòl Bondye yo; lè moman an rive pou mete verite a an pratik, annik mete verite a an pratik; lè moman an rive pou fè devwa w, annik fè devwa w. Kalite pratik sa a anfèt libere w anpil; li ba w libète. Li pa tankou jan vye relijye yo priye epi fè priyè pou di gras anvan yo manje a. Byennantandi, anvan sa, se te pratik moun ki gen lafwa yo, men kounye a, pratike nan fason sa a twò demode. Travay Bondye a nan yon nivo ki pi wo kounye a; sa yo mansyone jodi a, “mennen Bondye nan lavi reyèl la”, se aspè ki pi enpòtan nan pratik la. Se imanite nòmal yo mande pou moun yo posede nan lavi reyèl yo a, epi sa moun ta dwe posede nan imanite nòmal yo se tout pawòl Bondye pale jodi a. Mennen pawòl Bondye sa yo nan lavi reyèl la se siyifikasyon pratik “mennen Bondye nan lavi reyèl la”. Jodi a, moun yo ta dwe ekipe tèt yo sitou ak sa yo: Yon bò, yo dwe amelyore kalib yo, resevwa edikasyon, epi amelyore kapasite yo genyen pou yo li epi konprann; yon lòt bò, yo dwe mennen lavi yon moun nòmal. Ou fèk sot nan mond lan pou vini devan Bondye; toudabò, ou dwe antrene kè ou pou l rete trankil devan Bondye. Sa se kòmansman pratik la menm, epi li se premye etap tou pou reyalize chanjman nan dispozisyon lavi w. Kèk moun plizoumwen fleksib nan fason y ap pratike a; yo medite sou verite a pandan y ap travay, yo rive konprann verite yo ak prensip pou pratike yo ta dwe konprann nan lavi reyèl la. Yon bò, ou dwe mennen yon lavi nòmal kòm moun; lòt bò a, ou dwe antre nan verite a. Tout bagay sa yo konstitye pi bon pratik pou lavi reyèl la.
Mennen Bondye nan lavi reyèl moun yo mande sitou pou yo adore Bondye, chèche konnen Bondye, epi akonpli devwa yon kreyati Bondye nan imanite nòmal la. Sa pa vle di yo oblije priye Bondye absoliman chak fwa y ap fè yon bagay, kòmsi se pa t byen pou yo pa priye, epi yo ta dwe santi yo an dèt anvè Li poutèt sa. Pratik jodi a pa konsa; li vrèman san kontrent epi li senp! Li pa mande pou moun respekte règleman. Okontrè, chak moun ta dwe aji selon pwòp nivo espirityèl li: Si manm fanmi ou pa kwè nan Bondye, trete yo kòm enkwayan, epi si yo kwè, trete yo kòm kwayan. Pa aji avèk lanmou ak pasyans, men pito, aji avèk sajès. Kèk moun soti pou y al achte legim, epi pandan y ap mache y ap bougonnen: “Bondye! Ki legim Ou ta vle mwen achte jodi a? Mwen sipliye Ou pou Ou ede m. Bondye mande pou nou glorifye non Li nan tout bagay epi pou nou tout rann temwayaj, kidonk, menm si vandè a ban mwen yon bagay ki pouri, m ap toujou di Bondye mèsi—map andire. Nou menm ki kwè nan Bondye nou pa ka chwazi pami legim yo.” Yo panse fè sa se temwayaj, epi rezilta a se ke yo depanse lajan pou yo achte yon pakèt legim ki pouri, men yo toujou priye epi yo di: “Bondye! Map toujou manje legim pouri sa yo toutotan Ou twouve sa akseptab.” Èske yon pratik konsa pa defòme? Èske se pa swiv règleman y ap swiv? Anvan, moun te antrene pou yo viv nan lespri a nan chak moman—sa gen rapò ak travay ki te fèt anvan nan Epòk Lagras la. Pyete, imilite, lanmou, pasyans, remèsye Bondye pou tout bagay—se sa ki te egzije pou chak kwayan nan Epòk Lagras la. Lè sa a, moun yo te priye Bondye nan tout bagay; yo te konn priye lè yo t ap achte rad, epi lè yo te resevwa avi pou yon reyinyon, yo te konn priye tou: “Bondye! Èske Ou ta vle mwen ale oubyen non? Si Ou ta vle mwen ale, alò prepare yon chemen san antrav pou mwen. Si Ou pa ta vle mwen ale, fè mwen twibiche epi tonbe.” Yo te konn sipliye Bondye pandan y ap priye, epi aprè yo fin priye yo te konn santi yo pa alèz epi yo pa t ale. Kèk sè, poutèt yo te pè pou mari yo ki enkwayan pa bat yo lè yo retounen soti nan reyinyon, te konn santi yo pa alèz lè yo t ap priye e konsa yo pa t ale nan reyinyon yo. Yo te kwè sa se te lide Bondye, tandiske, alaverite, si yo te ale, anyen pa t ap rive. Rezilta a se ke yo te rate yon reyinyon. Tout bagay sa yo se te rezilta sotiz moun yo. Moun ki pratike nan fason sa a tout ap viv selon pwòp santiman pa yo. Fason pou pratike sa a tèlman defòme epi li chaje ak bagay ki pa klè. Gen twòp santiman ak lide pèsonèl moun yo ladan l. Si yo di ou gen yon reyinyon, lè sa a ale; pa gen okenn nesesite ankò pou ou priye Bondye. Èske sa pa senp? Si ou bezwen achte yon rad jodi a, lè sa a soti al fè sa touswit. Pa priye Bondye pou w di: “Bondye! Èske Ou ta vle mwen ale oubyen non? E si youn nan frè ak sè yo ta pase isit la lè mwen pa la?” Ou pè pou yon frè oswa yon sè pa pase kidonk ou pa ale, men rezilta a se ke aswè rive epi pèsonn pa vini. Menm nan Epòk Lagras la, fason sa a pou pratike te gen devyasyon ladan l e li pa t egzat. Konsa, si moun yo pratike jan yo te konn fè nan tan pase yo, p ap gen okenn chanjman nan lavi yo. Yo pral annik aksepte tou sa ki rive avèk inyorans, yo p ap bay disèneman okenn enpòtans, epi yo p ap fè anyen eksepte obeyi epi andire je fèmen. Lè sa a, moun yo te konsantre sou glorifye Bondye—men Bondye pa t jwenn okenn glwa nan men yo, paske yo pa t viv anyen ki pratik. Yo te annik metrize tèt yo epi limite tèt yo selon konsepsyon pèsonèl yo, epi menm plizyè ane nan pratik pa t pote okenn chanjman nan lavi yo. Yo te konnen sèlman ki jan pou yo andire, pou yo gen imilite, pou yo renmen, epi pou yo padone, men yo te manke mwendr ekleraj Sentespri a. Ki jan moun ta kapab rive konnen Bondye nan fason sa a? Epi ki jan yo ta kapab glorifye Bondye menm?
Moun kapab antre sou bon chemen lafwa nan Bondye a sèlman si yo mennen Bondye nan lavi reyèl yo, epi nan lavi nòmal yo kòm moun. Pawòl Bondye yo ap dirije nou jodi a; pa gen okenn nesesite ankò pou chèche epi tatonnen tankou nan tan pase yo. Lè ou kapab pratike selon pawòl Bondye yo, epi ou kapab egzamine e evalye tèt ou selon eta lèzòm Mwen te ekspoze yo, lè sa a ou ap kapab reyalize chanjman. Sa a se pa yon règleman, men se sa Bondye egzije nan men lòm. Jodi a, kite Mwen di ou aklè kijan bagay yo ye: Konsantre ou sèlman pou ou aji selon pawòl Mwen yo. Egzijans Mwen pou ou yo baze sou bezwen yon moun nòmal genyen. Mwen deja di ou pawòl Mwen yo; toutotan ou konsantre ou pou pratike yo, ou ap ann akò ak entansyon Bondye yo. Kounye a se moman pou viv anndan pawòl Bondye yo. Pawòl Bondye yo fin esplike tout bagay, tout bagay te revele aklè, epi toutotan ou viv selon pawòl Bondye yo, ou ap mennen yon lavi kote ou lib epi ou pa anba kontrent. Nan tan pase yo, lè moun yo te konn mennen Bondye nan lavi reyèl yo, yo te pratike epi fè eksperyans twòp règleman ak rityèl; menm pou ti zafè, yo te konn priye epi chèche, pandan yo te mete pawòl Bondye te di byen klè yo sou kote epi yo te neglije li yo. Okontrè, yo te konn konsakre tout efò yo nan chèche—epi rezilta a se ke pa t gen okenn efè. Pran kesyon manje ak rad la, pa egzanp: Ou priye epi ou mete zafè sa yo nan men Bondye, ou mande pou Bondye regle tout bagay pou ou. Lè Bondye tande pawòl sa yo, Li ap di: “Èske Mwen bezwen okipe Mwen ak ti detay ki pa enpòtan konsa? Kote imanite nòmal ak kapasite nòmal pou rezone Mwen te kreye pou ou yo pase?” Pafwa, yon moun fè yon erè nan aksyon li yo; ansuit li kwè li ofanse Bondye epi li vin santi l kontrenn. Kondisyon kèk moun vrèman bon, men lè yo mal fè yon ti bagay, yo kwè Bondye ap ba yo chatiman. An reyalite, sa a se pa sa Bondye fè, men se efè pwòp panse moun yo. Pafwa, pa gen anyen ki mal nan fason w ap fè eksperyans lan, men lòt moun di ou pa fè eksperyans kòrèkteman, e konsa ou vin tonbe nan pyèj—ou vin negatif, epi anndan ou vin nan fènwa. Souvan, lè moun yo negatif nan fason sa a, yo kwè se Bondye k ap ba yo chatiman, men Bondye di: “Mwen pa fè okenn travay chatiman sou ou; kòman ou ka ap rann Mwen responsab konsa?” Moun yo vin negatif twò souvan. Yo souvan twò sansib tou epi yo souvan plenyen kont Bondye. Bondye pa bezwen ou soufri nan fason sa a, men ou pèmèt tèt ou tonbe nan eta sa a. Pa gen okenn valè nan kalite soufrans sa a. Moun yo pa konnen travay Bondye fè a, epi nan anpil bagay yo inyoran epi yo pa kapab wè klè, kidonk yo vin bloke nan pwòp konsepsyon ak pwòp imajinasyon pa yo, epi yo vin pi anpetre toujou. Kèk moun di tout bagay ak tout evènman nan men Bondye—donk, èske Bondye pa t ap konnen lè moun yo negatif? Byennantandi Bondye konnen. Lè ou bloke nan konsepsyon lèzòm, Sentespri a pa gen okenn mwayen pou Li travay nan ou. Byen souvan, kèk moun vin tonbe nan yon eta negatif, men Mwen toujou kontinye ak travay Mwen an. Kit ou negatif oswa pozitif, ou pa kontrenn Mwen—men ou ta dwe konnen anpil pawòl Mwen pale yo ak gwo kantite travay Mwen fè a makònen sere sere youn ak lòt selon eta moun yo. Lè ou negatif, sa pa anpeche travay Sentespri a. Pandan epòk chatiman an ak eprèv lanmò a, moun yo te tout tonbe nan yon eta negatif, men sa pa t anpeche travay Mwen an. Lè ou te negatif, Sentespri a te kontinye ap fè sa ki te bezwen fèt nan lòt moun yo. Ou te mèt sispann pouswiv pandan yon mwa, men Mwen kontinye ap travay—kèlkeswa sa ou fè nan prezan oswa nan lavni, sa pa kapab anpeche travay Sentespri a. Kèk eta negatif soti nan feblès lèzòm; lè moun kwè yo vrèman pa kapab satisfè egzijans Bondye yo oswa konprann yo, yo vin negatif. Pa egzanp, pandan epòk chatiman an, pawòl Bondye yo te pale konsènan renmen Bondye rive nan yon sèten nivo nan mitan chatiman an, men moun yo te kwè yo pa t kapab. Yo te gen anpil lapenn epi yo te deplore dèske Satan te kowonp lachè yo pwofondman konsa, epi dèske kalib yo te tèlman fèb. Yo te santi se te yon gwo domaj lefètke yo te fèt nan anviwònman sa a. Epi kèk moun te santi yo te rive kwè nan Bondye epi konnen Bondye twò ta, epi yo pa t diy pou yo vin pafè. Tout sa yo se eta nòmal lèzòm.
Lachè lòm soti nan Satan, li plen ak dispozisyon rebèl, li sal nan yon pwen ki bay lapenn, epi li se yon bagay ki enpi. Moun yo konvwate plezi lachè twòp epi yo manifeste lachè twòp; se poutèt sa Bondye rayi lachè lòm nan nivo sa a. Lè moun yo debarase yo anba bagay sal ak kowonpi Satan yo, yo jwenn sali Bondye. Men si yo toujou pa debarase yo anba salte ak koripsyon, lè sa a yo toujou ap viv anba anpriz Satan. Konplo ak batay moun yo, twonpri yo, ak kwochi yo se tout bagay ki soti nan Satan. Lè Bondye sove ou, se anba bagay Satan sa yo Li retire ou. Pa ka gen erè nan travay Bondye; tout travay sa a fèt pou sove moun yo anba fènwa. Lè lafwa ou nan Bondye rive nan pwen kote ou kapab debarase ou anba koripsyon lachè a, epi koripsyon sa a pa kontrenn ou ankò, èske se pa sove ou sove? Lè ou ap viv anba anpriz Satan, ou pa kapab manifeste Bondye, ou se yon bagay ki sal, epi ou pa kapab resevwa eritaj Bondye a. Yon fwa yo fin pirifye ou epi fè ou vin pafè, ou ap sanktifye, ou ap yon moun nòmal, epi Bondye ap beni ou e ou ap fè Bondye plezi. Travay Bondye ap fè jodi a se sali, epi, anplis de sa, li se jijman, chatiman, ak malediksyon. Li genyen plizyè aspè. Nou tout wè pawòl Bondye yo genyen jijman ak chatiman, ansanm ak malediksyon. Mwen pale nan bi pou reyalize yon efè, pou fè moun konnen tèt yo, epi se pa pou touye moun. Kè Mwen la pou byen nou. Pale se youn nan metòd Mwen itilize pou travay; atravè pawòl Mwen eksprime dispozisyon Bondye epi Mwen pèmèt ou konprann entansyon Bondye yo. Lachè ou te mèt mouri, men ou gen yon lespri ak yon nanm. Si moun yo te sèlman gen lachè, lè sa a pa t ap gen okenn sans nan lafwa yo, ni pa t ap gen okenn sans nan tout travay sa a Mwen fè a. Jodi a, Mwen pale yon fason epi aprè Mwen pale yon lòt fason; pafwa Mwen rayi moun yo nan dènye degre, epi pafwa Mwen renmen yo nan dènye degre; Mwen fè tout bagay sa yo pou reyalize chanjman nan dispozisyon ou, ansanm ak pou transfòme konsepsyon ou genyen sou travay Bondye a.
Dènye jou yo rive epi peyi toupatou nan mond lan nan latwoublay. Gen dezòd politik, gen famin, epidemi, inondasyon, ak sechrès k ap parèt toupatou. Gen dezas nan mond lèzòm nan; Syèl la voye katastwòf desann tou. Sa yo se siy dènye jou yo. Men pou lòm, sa parèt tankou yon mond ki plen plezi ak bèlte. Mond lan ap vin pi klere, pi atiran toujou, epi li atire kè tout moun, epi anpil moun pran nan pyèj la san yo pa kapab soti ladan l; moun k ap fè koken ak maji yo pral egare yon pakèt moun. Si ou pa fè efò pou ou pwogrese, si ou pa gen okenn aspirasyon, epi si ou pa anrasinen tèt ou nan vrè chemen an, vag mechanste a pral pote ou ale. Lachin se peyi ki pi anreta pami tout peyi yo; se peyi kote gwo dragon wouj la kouche anroule sou tèt li a, se li ki gen pi plis moun k ap adore zidòl epi k ap fè maji, se li ki gen pi gwo kantite tanp, epi li se yon kote lespri enpi yo rete. Ou te fèt ladan l, li te edike ou epi ou te plonje anba enfliyans li; li te kowonp ou epi tòtire ou, men aprè konsyans ou fin reveye ou rebele kont li epi Bondye genyen ou nèt. Sa a se glwa Bondye, epi se poutèt sa etap travay sa a gen anpil enpòtans. Bondye fè yon travay ki gen yon gran dimansyon konsa, Li pale anpil pawòl, epi alafen Li ap genyen nou nèt—sa se yon pati nan travay jesyon Bondye a, epi nou se “biten laviktwa” nan batay Bondye kont Satan an. Plis nou konprann verite a epi lavi nou nan legliz la vin pi bon, se plis gwo dragon wouj la oblije mete l ajenou. Tout bagay sa yo se zafè mond espirityèl la—se batay nan mond espirityèl la yo ye, epi lè Bondye ranpòte laviktwa, Satan ap wont epi l ap tonbe atè. Etap travay Bondye sa a gen yon gwo enpòtans. Bondye fè travay sou yon gran echèl konsa epi Li sove nèt gwoup moun sa yo pou nou ka chape anba anpriz Satan, viv nan tè sen an, viv nan limyè Bondye a, epi kite limyè a dirije nou epi gide nou. Lè sa a, lavi ou gen sans. Sa nou manje ak sa nou mete sou nou diferan de sa enkwayan yo manje ak sa yo mete sou yo; nou jwi pawòl Bondye yo epi nou mennen yon lavi ki gen sans—epi kisa yo menm yo jwi? Y ap jwi sèlman “eritaj zansèt” yo ansanm ak “lespri nasyonal” yo. Yo pa gen mwendr tras imanite! Fason nou abiye ak fason nou pran swen tèt nou, pawòl nou yo ak aksyon nou yo tout diferan de pa yo. Finalman, nou pral chape nèt anba salte a, nou p ap pran nan tantasyon Satan an ankò, epi nou pral jwenn pwovizyon Bondye chak jou. Nou ta dwe toujou pridan. Malgre n ap viv nan yon kote ki sal, salte pa kontamine nou epi nou kapab viv bò kote Bondye, kote nou resevwa gwo pwoteksyon Li an. Bondye te chwazi nou pami tout moun ki sou tè jòn sa a. Èske nou pa moun ki pi beni yo? Ou se yon kreyati Bondye—ou ta dwe byennantandi adore Bondye epi pouswiv yon lavi ki gen sans. Si ou pa adore Bondye men w ap viv nan lachè sal ou a, èske ou pa tounen annik yon bèt ki abiye tankou moun? Piske ou se yon èt imen, ou ta dwe bay tout ou menm pou Bondye epi andire tout soufrans! Ou ta dwe aksepte ak lajwa e avèk asirans ti soufrans w ap andire jodi a epi viv yon lavi ki gen sans, tankou Jòb ak Pyè. Nan mond sa a, lòm mete rad dyab la sou li, li manje manje ki soti nan dyab la, epi li travay epi li sèvi anba dominasyon dyab la, kote dyab la pilonnen li nan pwen li vin kouvri ak salte. Li pa fin konprann sans lavi a ni li pa jwenn vrè chemen an—ki siyifikasyon ki genyen lè yon moun ap viv konsa? Nou se moun k ap pouswiv bon chemen an epi k ap chèche amelyorasyon. Nou leve kanpe nan peyi gwo dragon wouj la, epi nou se moun Bondye rele moun ki dwat yo. Èske sa a se pa lavi ki gen plis sans lan?