Konsènan Bib la (4)
Anpil moun kwè konprann epi kapab entèprete Bib la se menm bagay ak jwenn vrè chemen an — men an reyalite, èske bagay yo senp konsa vre? Pèsonn pa konnen reyalite Bib la: li se sèlman yon dokiman istorik sou travay Bondye, ak yon temwayaj sou de etap travay Bondye te fè anvan yo, epi li pa ofri ou okenn konpreyansyon sou objektif travay Bondye a. Tout moun ki te li Bib la konnen li rapòte de etap travay Bondye yo pandan Epòk Lalwa a ak Epòk Lagras la. Ansyen Testaman an rakonte istwa Izrayèl la ak fason Jewova te travay depi nan kreyasyon an jouk nan fen Epòk Lalwa a. Nouvo Testaman an rakonte travay Jezi sou tè a, jan li ekri nan Kat Levanjil yo, ansanm ak travay Pòl — èske sa yo se pa dokiman istorik? Lè yo mete bagay ki te pase yo devan moun jounen jodi a sa fè yo tounen listwa, e kèlkeswa jan yo ta ka vrè oswa reyèl, yo rete listwa toujou — men listwa pa kapab adrese sa k ap pase nan reyalite prezan an, paske Bondye pa gade dèyè sou listwa ki te pase! Se poutèt sa, si ou konprann Bib la sèlman, san ou pa konprann anyen nan travay Bondye gen entansyon fè jodi a, epi si ou kwè nan Bondye men ou pa chèche travay Sentespri a, ebyen ou pa konprann sa chèche Bondye vle di. Si ou li Bib la pou etidye listwa Izrayèl, pou fè rechèch sou listwa kijan Bondye kreye tout syèl la ak tè a, lè sa ou pa kwè nan Bondye. Men jodi a, kòm ou kwè nan Bondye, epi kòm w ap pouswiv lavi, w ap pouswiv konesans sou Bondye, epi ou pa pouswiv pawòl ak doktrin ki mouri yo oubyen yon konpreyansyon sou istwa, ou dwe chèche entansyon Bondye yo pou moman prezan an, epi ou dwe chèche direksyon travay Sentespri a. Si ou te yon akeyològ ou ta kapab li Bib la nan objektif sa — men ou pa yon akeyològ, ou se youn nan moun ki kwè nan Bondye yo, epi li t ap pi bon pou ou chèche entansyon Bondye yo pou moman prezan an. Lè w ap li Bib la, pou pi plis w ap konnen yon ti kras nan istwa Izrayèl la, w ap aprann sou lavi Abraram, David, ak Moyiz, w ap dekouvri kijan yo te gen krentif pou Jewova, kijan Jewova te boule moun ki te opoze avèk Li yo, epi fason Li te pale ak moun nan epòk sa a. W ap sèlman vin konnen travay Bondye te fè nan tan lontan. Dosye biblik yo rakonte jan, anba direksyon Jewova, Izrayelit yo nan epòk sa a te gen krentif pou Bondye epi yo te viv anba direksyon Jewova. Paske Izrayelit yo se te pèp Bondye chwazi a, nan Ansyen Testaman an, ou kapab wè lwayote tout pèp Izrayèl la anvè Jewova, ansanm ak jan Jewova te pran swen tout moun ki te soumèt devan Li yo epi Li te beni yo; ou kapab aprann lè Bondye t ap travay ann Izrayèl, Li te chaje ak mizerikòd ak bonte ki plen ak lanmou, men Li te gen yon nati ki te tankou yon dife devoran tou, epi tout Izrayelit yo, depi sou moun ki pi ba a rive sou moun ki pi wo a, te gen krentif pou Jewova, e konsa Bondye te beni tout nasyon an nèt. Se istwa Izrayèl sa a ki ekri nan Ansyen Testaman an.
Bib la se yon dosye istorik sou travay Bondye ann Izrayèl, epi li dokimante anpil nan pwofesi ansyen pwofèt te fè yo, ansanm ak kèk nan deklarasyon Jewova te fè nan travay Li nan epòk sa a. Se poutèt sa, tout moun konsidere liv sa a kòm yon liv sen (paske Bondye sen epi Li gran). Natirèlman, tout sa se rezilta krentif yo gen nan kè yo pou Jewova ak adorasyon yo gen nan kè yo pou Bondye. Moun yo rele liv sa a konsa sèlman paske kreyati Bondye yo gen anpil krentif ak adorasyon pou Kreyatè a, epi gen menm moun ki rele liv sa a yon liv selès. An reyalite, li se tou senpleman yon dosye lòm ekri. Se pa Jewova pèsonèlman ki te ba li non sa a, ni se pa Jewova ki te gide kreyasyon li pèsonèlman. Nan lòt mo,sa vle di otè liv sa a se pa Bondye, men se lòm. Sent Bib la se sèlman yon tit moun te ba li pou montre respè yo genyen pou li. Se pa Jewova ak Jezi ki te deside sou tit sa a aprè Yo te fin fè yon diskisyon ansanm; li pa anyen plis ke yon senp lide lòm. Paske se pa Jewova ki te ekri liv sa a, alewè pou se ta Jezi. Okontrè, se plizyè ansyen pwofèt, apot, ak vwayan ki te rakonte eksperyans pèsonèl, epi jenerasyon ki te vin apre yo te rasanble eksperyans sa yo pou fè yon liv ekriti ansyen ki sanble trè sen nan je moun yo, yon liv yo kwè ki gen yon karaktè ki patikilyèman sakre; ki gen anpil mistè ki difisil pou konprann ak pwofon k ap tann jenerasyon alavni yo dekouvri yo. Kòm rezilta, moun yo vin gen plis tandans kwè liv sa a se yon liv selès. Lefètke Kat Levanjil yo ak Liv Revelasyon an ladan l tou, fè atitid moun yo anvè liv sa a vin diferan anpil ak atitid yo anvè nenpòt lòt liv, e konsa pèsonn pa oze analize «liv selès» sa a an pwofondè paske li twò «sakre».
Poukisa, yon fwa moun yo li Bib la, yo kapab jwenn chemen yo dwe pratike a, ladan l? Poukisa yo kapab rive jwenn anpil bagay yo pa t kapab konprann anvan? Jodi a, Mwen ap analize Bib la an detay nan fason sa a, sa pa vle di Mwen rayi li, oswa Mwen nye valè li genyen kòm referans. Mwen ap eksplike epi fè ou wè klè valè natirèl ak orijin Bib la pou ou pa toujou rete nan fènwa. Sa fèt konsa paske moun yo gen anpil opinyon diferan sou Bib la, epi pifò nan opinyon sa yo pa kòrèk, epi lè yo li Bib la nan fason sa a, sa pa sèlman anpeche yo jwenn sa yo te dwe jwenn, men, sa k pi enpòtan an, li anpeche travay Mwen gen entansyon fè a avanse, li deranje travay k ap fèt pi devan an anpil, epi li pote sèlman dezavantaj, li pa ofri okenn avantaj. Kidonk, sa Mwen ap mande ou pou ou konprann nan se senpleman sans fondamantal Bib la ak vrè istwa ki dèyè Bib la. Mwen pa mande ou pou pa li Bib la, ni pou ou mache ap pwoklame Bib la pa gen okenn valè, men pou ou genyen konesans ak pwennvi ki kòrèk sou Bib la. Pa rete kole sou yon sèl aspè! Malgre Bib la se yon liv istorik ke lòm te ekri, li dokimante tou anpil nan prensip ansyen sen yo ak pwofèt yo te aplike nan sèvis yo t ap rann Bondye, ansanm ak eksperyans apot ki te vini nan epòk ki pi resan yo te genyen pandan yo t ap sèvi Bondye — tout bagay sa yo se te bonjan konpreyansyon ak konesans moun sa yo te genyen atravè eksperyans yo, epi yo kapab sèvi kòm referans pou moun nan epòk sa a k ap pouswiv vrè chemen an. Konsa, lè moun ap li Bib la, yo kapab jwenn ladan l anpil chemen lavi tou ke yo pa kapab jwenn nan lòt liv. Chemen sa yo se eksperyans pwofèt ak apot yo te fè nan travay Sentespri a, epi anpil nan pawòl sa yo gen anpil valè, epi yo kapab bay moun sa yo bezwen. Kidonk, tout moun renmen li Bib la. Paske gen anpil bagay ki kache nan Bib la, moun yo pa konsidere li menm jan yo konsidere ekri lòt gwo pèsonalite espirityèl yo ditou. Bib la se yon dosye ak yon koleksyon eksperyans ak konesans moun ki te sèvi Jewova ak Jezi nan ansyen ak nouvo Testaman an, e konsa, jenerasyon ki vin aprè yo te kapab jwenn anpil eklèsisman, limyè, ak chemen pratik ladan li. Rezon ki fè Bib la gen plis enpòtans pase ekri nenpòt gwo pèsonalite espirityèl, se paske tout sa moun sa yo ekri soti nan Bib la, epi eksperyans yo tout soti nan Bib la epi ekriti yo se eksplikasyon sou Bib la yo ye. E konsa, malgre moun yo kapab jwenn pwovizyon nan liv nenpòt gwo pèsonalite espirityèl yo, yo toujou adore Bib la, paske nan je yo, li parèt tèlman wo ak pwofon! Malgre Bib la rasanble kèk nan liv ki gen pawòl lavi yo, tankou lèt Pòl yo ak lèt Pyè yo, epi malgre liv sa yo kapab bay moun pwovizyon ak asistans, liv sa yo deja demode, yo toujou fè pati ansyen epòk la, e kèlkeswa jan yo ta bon, yo sèlman apwopriye pou yon sèl epòk, epi yo pa etènèl. Paske travay Bondye ap kontinye devlope, li pa kapab senpleman rete nan epòk Pòl ak Pyè a — sa vle di, li pa kapab toujou rete nan Epòk Lagras la kote yo te kloure Jezi sou kwa a. E pou tèt sa, liv sa yo apwopriye sèlman pou Epòk Lagras la, yo pa apwopriye pou Epòk Wayòm dènye jou yo. Liv sa yo kapab sèlman bay kwayan Epòk Lagras la pwovizyon, men yo pa kapab bay sen Epòk Wayòm nan pwovizyon, e kèlkeswa jan yo ta bon, yo toujou rete demode. Se menm bagay la tou pou travay kreyasyon Jewova ak travay Li te akonpli nan Izrayèl: Kèlkeswa jan travay sa a te gran, li t ap vin demode kanmenm, epi moman an t ap rive pou li demode kanmenm. Se menm prensip la ki aplike pou Travay Bondye a: Kèlkeswa jan l gran, ap gen yon lè ki rive kote l ap fini; li pa kapab toujou rete nan etap travay kreyasyon an, ni nan etap travay krisifiksyon an. Kèlkeswa jan travay krisifiksyon an te konvenkan, kèlkeswa efikasite li te genyen pou l bat Satan, apre tout, travay rete travay, epi, apre tou, epòk rete epòk toujou; travay la pa kapab toujou rete sou menm fondasyon an, menm jan tou epòk yo pa kapab pa janm chanje, paske te gen kreyasyon an epi fòk gen dènye jou yo. Sa se yon bagay inevitab! Se poutèt sa, jodi a pawòl lavi ki nan Nouvo Testaman an — lèt apot yo, ak Kat Levanjil yo — vin tounen liv istwa, yo vin tounen ansyen almanak, epi kijan ansyen almanak sa yo ta kapab mennen moun nan nouvo epòk la? Kèlkeswa kapasite almanak sa yo genyen pou bay moun pwovizyon espirityèl, kèlkeswa kapasite yo genyen pou mennen moun devan kwa a, èske yo pa demode? Èske yo pa pèdi tout valè yo? Se poutèt sa, Mwen di ou pa dwe mete lafwa ou nan ansyen almanak sa yo san ou pa egzèse okenn disènman. Yo twò ansyen, yo pa kapab mennen ou nan nouvo travay la, epi yo kapab sèlman vin tounen yon chay pou ou. Non sèlman yo pa kapab mennen ou nan nouvo travay la, ak nan nouvo antre a, men yo mennen ou nan ansyen legliz relijye — epi si sa ta rive konsa, èske sa pa t ap vle di ou ap fè bak nan lafwa ou nan Bondye?
Sa Bib la rapòte se travay Bondye te fè ann Izrayèl, ansanm ak kèk nan bagay moun Bondye te chwazi ann Izrayèl yo te fè. Malgre te gen kèk seleksyon kote yo te ajoute oswa retire kèk pati, menmsi Sentespri a pa t apwouve sa, Li pa t blame pèsonn pou sa. Bib la se piman yon istwa Izrayèl, ki se yon istwa sou travay Bondye tou. Moun yo, evènman yo, ak bagay li rapòte yo te vrèman reyèl, epi pa t gen anyen ki te gen sans senbolik nan yo — eksepte, natirèlman, pwofesi Ezayi, Dànyèl, ak lòt pwofèt yo, oswa liv vizyon Jan an. Moun pèp Izrayèl yo nan epòk sa a te gen anpil konesans ak kilti, epi ansyen konesans ak kilti yo te genyen an te byen avanse, e konsa sa yo te ekri a te nan yon nivo ki pi wo pase sa moun jodi a ap ekri. Kòm rezilta, lefètke yo te kapab ekri liv sa yo pa ta dwe siprann pèsonn, paske Jewova te fè anpil travay nan mitan yo, epi yo te wè anpil bagay. David te wè zèv Jewova yo ak pwòp je l, li te fè eksperyans yo pèsonèlman, epi li te wè anpil nan siy ak mèvèy yo, e konsa li te ekri tout sòm sa yo pou fè lwanj pou zèv Jewova yo. Yo te kapab ekri liv sa yo anba kondisyon espesifik, se pa paske yo te gen yon talan eksepsyonèl. Yo te fè lwanj pou Jewova paske yo te wè Li. Si nou pa wè anyen nan Jewova ditou, epi nou pa konnen Li egziste, kijan nou ta kapab fè lwanj pou Li? Si nou pa wè Jewova, ebyen nou p ap konnen pou nou fè lwanj pou Li, ni pou nou adore Li, alewè pou nou ta kapab ekri chante pou fè lwanj pou Li, epi menmsi yo ta mande nou pou envante kèk nan zèv Jewova yo, nou pa t ap kapab fè sa. Lefètke jodi a, nou kapab fè lwanj pou Bondye epi renmen Bondye se paske nou wè Li tou, epi nou fè eksperyans travay Li tou — epi si kalib nou amelyore, èske nou pa t ap kapab ekri kantik tou pou fè lwanj pou Bondye menm jan ak David?
Konprann Bib la, konprann istwa, men pa konprann sa Sentespri a ap fè jodi a — sa p ap ka fèt konsa! Ou fè yon bon travay nan etidye istwa, ou fè yon travay estraòdinè, men ou pa konprann anyen nan travay Sentespri a ap fè jodi a. Èske sa se pa yon bagay moun sòt? Lòt moun mande ou, «Kisa Bondye ap fè jodi a? Nan kisa ou ta dwe antre jodi a? Kòman pouswit lavi ou ap avanse? Èske ou konprann entansyon Bondye yo?» Ou p ap gen okenn repons pou sa y ap mande ou la — kidonk, kisa ou konnen? Ou pral di, «Mwen sèlman konnen mwen dwe rebele kont lachè epi konnen tèt mwen.» Epi si yo ta mande, «Ki lòt bagay ou konnen ankò?» Ou pral di ou konnen tou pou ou soumèt anba tout aranjman Bondye yo, epi ou konprann yon ti kras nan istwa Bib la, epi se tout. Èske se sèl sa ou jwenn nan kwè nan Bondye pandan tout ane sa yo? Si se sèl sa ou konprann, ebyen ou manke anpil bagay vre. Kidonk, nivo espirityèl nou genyen kounye a pa kapab reyalize sa Mwen mande nou an ditou, epi verite nou konprann yo twò piti, se menm jan an pou kapasite disènman nou yo tou — sa vle di, kwayans nou an twò sipèfisyèl! Nou dwe ekipe ak plis verite, nou bezwen plis konesans, nou dwe wè plis bagay, epi se lè sa a sèlman n ap kapab preche levanjil la yon fason ki pi laj, paske se sa nou ta dwe reyalize!