Esans Lachè kote Bondye Abite a

Nan premye enkanasyon Li, Bondye te viv sou tè a pandan tranntwazan edmi, epi Li te akonpli ministè Li pandan sèlman twazan edmi nan peryòd sa a. Ni pandan tan Li t ap fè travay Li a, ni anvan Li te kòmanse travay Li, Li te posede yon limanite nòmal; Li te viv nan limanite nòmal Li pandan tranntwazan edmi. Pandan tout dènye twazan edmi yo, Li te parèt kòm Bondye enkane a. Anvan Li te kòmanse akonpli ministè Li, Li te parèt avèk yon limanite ki òdinè epi ki nòmal, san Li pa t montre okenn siy divinite Li, epi se sèlman aprè Li te kòmanse akonpli ministè Li fòmèlman divinite Li te vin parèt aklè. Lavi Li ansanm ak travay Li pandan premye ventnèf an sa yo te demontre Li te yon vrè èt imen, yon pitit lòm, ansanm ak yon kò lachè, paske ministè Li te kòmanse toutbon sèlman aprè Li te gen ventnèf an. «Enkanasyon» an se aparisyon Bondye nan lachè; Bondye ap travay sou fòm lachè nan mitan lèzòm Li te kreye yo. Kidonk, kòm Li se Bondye enkane, toudabò Li dwe lachè, yon lachè ki gen yon limanite nòmal; sa se kondisyon ki pi fondamantal la. An reyalite, sa enkanasyon Bondye a enplike sèke Bondye viv epi Li travay nan lachè, Bondye, nan esans Li menm, tounen lachè, Li tounen yon moun. Lavi Li ak travay Li nan enkanasyon an kapab divize an de etap. Premye a, se lavi Li viv anvan Li akonpli ministè Li a. Li viv nan yon fanmi imen òdinè, nan yon limanite ki nòmal nèt, Li respekte prensip moral nòmal lavi moun epi Li obeyi lwa nòmal lavi moun, avèk bezwen moun nòmal (manje, rad, dòmi, abri), feblès moun nòmal, ansanm ak emosyon moun nòmal. Sa vle di, pandan premye etap sa a, Li viv nan yon limanite ki pa diven epi ki nòmal konplètman, e Li patisipe nan tout aktivite nòmal lòm yo. Dezyèm etap la, se lavi Li viv aprè Li kòmanse akonpli ministè Li a. Li toujou rete nan limanite òdinè a avèk yon kokiy imen nòmal, san Li pa montre okenn siy sinatirèl pa deyò. Poutan, Li viv sèlman poutèt ministè Li a, epi pandan peryòd sa a limanite nòmal Li a egziste sèlman pou kenbe travay nòmal divinite Li a, paske nan moman sa a limanite nòmal Li a deja rive nan pwen kote l gen ase matirite pou l kapab akonpli ministè Li a. Kidonk, dezyèm etap lavi Li a se akonpli ministè Li nan limanite nòmal Li a, lè se yon lavi ki gen ni limanite nòmal ni divinite konplè. Rezon ki fè, pandan premye etap lavi Li, Li viv nan yon limanite ki òdinè konplètman, sèke limanite Li a poko kapab kenbe tout travay diven an, li poko gen matirite; se sèlman aprè limanite Li fin gen matirite—sa vle di, lè l ka pran responsablite ministè Li a—Li kapab kòmanse akonpli ministè Li dwe akonpli a. Kòm Li se lachè, Li bezwen grandi epi vin gen matirite. Se poutèt sa, premye etap nan lavi Li a se lavi nan limanite nòmal, alòske nan dezyèm etap la, limanite Li kapab pran responsablite travay Li epi akonpli ministè Li, e konsa lavi Bondye enkane a viv pandan ministè Li a se yon lavi ki gen ni limanite ni divinite konplè. Si, depi nan moman nesans Li, lachè enkane Bondye a te kòmanse ministè Li fòmèlman, epi tout sa Li te fè te enplike reyalize siy ak mèvèy sinatirèl, lè sa a Li pa t ap gen okenn esans kòporèl. Se poutèt sa, limanite Li a egziste poutèt esans kòporèl Li a; pa kapab gen okenn lachè san limanite, epi yon moun ki pa gen limanite pa yon èt imen. Nan fason sa a, limanite lachè Bondye a se yon atribi natirèl lachè Bondye enkane a. Di «lè Bondye tounen lachè Li gen divinite sèlman, e Li pa gen limanite» se yon blasfèm, paske deklarasyon sa a senpleman pa gen okenn fondman, epi li vyole prensip enkanasyon an. Menm apre Li kòmanse akonpli ministè Li a, Li toujou viv nan divinite Li avèk yon kokiy imen lè L ap fè travay Li; se jis ke, nan moman sa a, limanite Li gen yon sèl objektif ki se pèmèt divinite Li fè travay la nan lachè nòmal la. Kidonk, sa k ap fè travay la se divinite ki abite nan limanite Li a. Se divinite Li k ap travay, se pa limanite Li, epoutan divinite sa a kache anndan limanite Li; fondamantalman, travay Li toujou fèt pa divinite konplè Li a, li pa fèt pa limanite Li. Men sa k ap akonpli travay la se lachè Li. Yon moun ta ka di Li se yon èt imen epi Li se Bondye tou, paske Bondye tounen yon Bondye k ap viv nan lachè; Li gen yon kokiy imen ak yon esans imen, e pi plis toujou, Li gen esans Bondye a. Kòm Li se yon èt imen ki gen esans Bondye a, Li pi wo pase tout èt imen Bondye kreye yo, pi wo pase nenpòt moun ki kapab akonpli travay Bondye a. E konsa, pami tout moun ki gen yon kokiy imen menm jan ak pa L la, pami tout moun ki posede yon limanite, se sèl Li ki se Bondye enkane a menm—tout lòt yo se imen Bondye kreye yo. Malgre yo tout gen limanite, imen Bondye kreye yo pa gen anyen lòt pase limanite, alòske Bondye enkane a diferan: Nan lachè Li, non sèlman Li gen limanite men, sa ki pi enpòtan an, Li gen divinite tou. Limanite Li vizib nan aparans deyò lachè Li epi nan lavi Li chak jou, men li difisil anpil pou wè divinite Li. Paske divinite Li eksprime sèlman lè Li gen limanite, epi li pa sinatirèl menm jan moun yo imajine l la, li ekstrèmman difisil pou moun wè li. Menm jodi a, moun yo gen anpil difikilte pou yo konprann kisa egzakteman esans Bondye enkane a ye. Menm aprè Mwen fin pale anpil pawòl konsa, Mwen atann ke sa ap toujou rete yon mistè pou pifò nan nou. An reyalite, kesyon sa a senp anpil: Kòm Bondye tounen lachè, esans Li se yon konbinezon ant limanite ak divinite. Yo rele konbinezon sa a Bondye Li menm, Bondye Li menm sou tè a.

Lavi Jezi te viv sou tè a se te yon lavi nòmal nan lachè. Li te viv nan limanite nòmal lachè Li a. Kit se otorite Li pou L fè travay Li epi pale pawòl Li, oswa otorite Li pou L geri malad yo epi chase demon, an jeneral, bagay ekstraòdinè sa yo pa t manifeste anvan Li te kòmanse ministè Li. Lavi Li te mennen anvan Li te gen ventnèf an, anvan Li te akonpli ministè Li a, te sifi pou pwouve Li te jis yon kò lachè nòmal. Kòm Li te yon kò lachè nòmal, epi kòm Li potko kòmanse akonpli ministè Li a, moun yo pa t wè okenn bagay diven nan Li, yo pa t wè anyen plis pase yon èt imen nòmal, yon moun òdinè—menm jan nan epòk sa a, gen kèk moun ki te kwè Li te pitit gason Jozèf. Moun yo te panse Li te pitit gason yon moun òdinè, yo pa t gen okenn mwayen pou yo te konnen Li te lachè enkane Bondye a; menm lè, nan kad akonplisman ministè Li a, Li te fè anpil siy, pifò moun te kontinye di Li se pitit gason Jozèf, paske Li te Kris ak kokiy limanite nòmal la. Ni limanite nòmal Li ni travay Li te egziste pou reyalize siyifikasyon premye enkanasyon an, pou pwouve Bondye te vini nèt nan lachè, Li te vin tounen yon moun ki òdinè nèt. Lefètke Li te posede yon limanite nòmal anvan Li te kòmanse travay Li a, te pwouve Li te yon lachè òdinè; epi lefètke Li t ap travay apre sa, pwouve tou Li te yon lachè òdinè, paske se te nan lachè limanite nòmal la Li te fè siy ak mèvèy, geri malad yo epi chase demon. Rezon ki fè Li te kapab reyalize siy se paske lachè Li a te pote otorite Bondye a, se te lachè Lespri Bondye a te abiye ladan l lan. Li te posede otorite sa a grasa Lespri Bondye a, epi sa pa t vle di Li pa t yon lachè. Geri malad yo epi chase demon se te travay Li te dwe akonpli nan ministè Li a, se te ekspresyon divinite Li ki te kache nan limanite Li a, epi kèlkeswa siy Li te montre, oswa jan Li te demontre otorite Li, Li te toujou ap viv nan yon limanite nòmal e Li te toujou yon lachè nòmal. Jiska lè Li te leve soti vivan pami mò yo aprè krisifiksyon Li an, Li te abite anndan yon lachè nòmal. Bay gras, geri malad yo, ak chase demon, yo tout te fè pati ministè Li, yo tout se te travay Li te akonpli nan lachè nòmal Li. Anvan Li t ale sou kwa a, Li pa t janm separe ak lachè imen nòmal Li a, kèlkeswa sa Li t ap fè a. Li te Bondye Li menm, ki t ap fè pwòp travay Bondye, epoutan paske Li te lachè enkane Bondye a, Li te manje manje epi abiye ak rad, Li te gen bezwen moun nòmal, Li te gen kapasite nòmal pou rezone, ansanm ak yon lespri moun nòmal. Tout sa se te yon prèv Li te yon moun nòmal, sa ki pwouve lachè enkane Bondye a te yon lachè avèk yon limanite nòmal, e li pa t sinatirèl. Travay Li se te konplete travay premye enkanasyon Bondye a, pou akonpli ministè Bondye te dwe akonpli a nan premye enkanasyon Li. Siyifikasyon enkanasyon an sèke yon moun nòmal e òdinè akonpli travay Bondye Li menm; sa vle di, Bondye akonpli travay diven Li a anndan limanite, e konsa Li venk Satan. Enkanasyon vle di Lespri Bondye a vin tounen yon lachè, sa vle di, Bondye tounen lachè; travay lachè a fè se travay Lespri a, epi travay Lespri a reyalize nan lachè a, li eksprime pa lachè a. Pèsonn pa kapab akonpli ministè Bondye enkane a eksepte lachè Bondye a; sa vle di, sèlman lachè enkane Bondye a, moun sa a ki gen yon limanite nòmal, kapab eksprime travay diven an. Pa gen okenn moun ki ka pran plas Li nan sa. Si, nan premye fwa Li te vini an, Bondye pa t posede yon limanite nòmal anvan Li te gen ventnèf an—si depi L te fèt Li te kapab reyalize siy ak mèvèy, si depi lè Li te aprann pale Li te kapab pale lang syèl la, si depi lè Li te fèt, Li te kapab konprann tout zafè nan monn nan, wè panse tout moun ansanm ak sa ki kache nan kè yo—lè sa a yo pa t ap kapab rele moun sa a yon èt imen nòmal, ni rele yon lachè konsa yon lachè imen. Si sa te konsa pou Kris, lè sa a siyifikasyon ak esans enkanasyon Bondye a t ap pèdi. Lefètke Li posede yon limanite nòmal pwouve Li se Bondye ki enkane nan lachè a; lefètke Li pase nan yon pwosesis kwasans imen nòmal montre Li se yon kò lachè nòmal pi plis toujou; lè w ajoute travay Li sou sa tou, tout sa yo sifi kòm prèv pou montre Li se Pawòl Bondye a, Lespri Bondye a, ki tounen lachè. Bondye tounen lachè akoz bezwen travay Li yo; sa vle di, etap travay sa a dwe fèt nan lachè a, sa ki vle di, li dwe fèt nan yon limanite nòmal. Sa se kondisyon debaz pou «Chemen an tounen lachè», pou «Aparisyon Pawòl la nan lachè a», epi li se vrè istwa ki rakonte de enkanasyon Bondye yo. Moun yo gendwa kwè Jezi te fè siy pandan tout lavi Li, e, jouk lè travay Li te fini sou tè a, Li pa t montre okenn siy yon limanite nòmal, Li pa t gen ni bezwen ni feblès ni emosyon yon moun nòmal, Li pa t bezwen bagay ki esansyèl nan lavi yo, epi Li pa t gen okenn panse moun nòmal. Yo imajine L sèlman gen yon lespri ki depase lespri moun, yon limanite transandan. Yo kwè kòm Li se Bondye, Li pa ta dwe panse e viv tankou moun nòmal, e se sèlman yon moun nòmal, yon vrè èt imen, ki kapab gen panse moun nòmal epi viv yon lavi moun nòmal. Tout sa se ide ak konsepsyon lòm, epi konsepsyon sa yo ale kont entansyon orijinal travay Bondye a. Panse imen nòmal soutni kapasite nòmal pou rezone ak limanite nòmal; se sèlman limanite nòmal ki kapab soutni fonksyon nòmal lachè yo; epi se sèlman fonksyon nòmal lachè yo ki ka asire pou tout aspè nan lavi kò a nòmal. Se sèlman lè L ap travay nan yon lachè konsa Bondye kapab akonpli objektif enkanasyon Li an. Si Bondye enkane a te posede sèlman yon kokiy lachè, men Li pa t gen panse moun nòmal, lè sa a, lachè sa a pa t ap gen kapasite imen pou rezone, alewè pou l ta gen yon vrè limanite. Kòman yon lachè tankou sa a, san yon limanite, te ka akonpli ministè Bondye enkane a dwe akonpli a? Yon lespri nòmal soutni tout aspè lavi lòm yo; san yon lespri nòmal, yon moun pa t ap yon imen. Sa vle di, yon moun ki pa gen panse nòmal se yon malad mantal, e moun pa ka di yon Kris ki pa gen limanite, ki gen divinite sèlman se lachè enkane Bondye a. Kidonk, kòman lachè enkane Bondye a ta ka pa gen yon limanite nòmal? Èske se pa yon blasfèm lè w di Kris pa gen limanite? Tout aktivite moun nòmal fè depann de fonksyònman yon lespri moun nòmal. San li, moun yo t ap ale kont lòd natirèl la; yo pa t ap menm kapab fè diferans ant nwa ak blan, ant byen ak mal; epi yo pa t ap gen okenn etik ak prensip moral imen. Konsa tou, si Bondye enkane a pa t panse tankou yon moun nòmal, lè sa a, Li pa t ap yon vrè lachè, yon lachè nòmal. Yon lachè ki pa panse konsa pa t ap kapab pran responsablite travay diven an ditou. Li pa t ap kapab patisipe nòmalman nan aktivite lachè nòmal la, alewè pou Li ta viv ansanm ak moun sou tè a. E se konsa, siyifikasyon enkanasyon Bondye a ak esans menm vini Bondye nan lachè a t ap pèdi. Limanite Bondye enkane a egziste pou l kenbe travay diven nòmal nan lachè a; fason nòmal Li panse antanke moun nan soutni limanite nòmal Li epi li sipòte tout aktivite kòporèl nòmal Li yo. Moun ta ka di panse moun nòmal Li yo egziste pou soutni tout travay Bondye nan lachè a. Si lachè sa a pa t posede yon lespri moun nòmal, Bondye pa t ap ka travay nan lachè a, epi sa Li bezwen fè nan lachè a pa t ap janm kapab akonpli. Byenke Bondye enkane a genyen yon lespri moun nòmal, travay Li pa kontamine pa panse imen; Li antreprann travay la nan limanite a avèk yon lespri nòmal, ak kondisyon pou Li posede yon limanite ki gen yon lespri, e se pa lè Li sèvi ak panse imen nòmal. Kèlkeswa jan panse lachè Li yo ta wo, travay Li pa kontamine pa lojik oswa panse. Sa vle di, se pa lespri lachè Li a ki konsevwa travay Li a, men li se ekspresyon dirèk travay diven anndan limanite Li a. Tout travay Li a se ministè Li dwe akonpli a, e pa gen okenn pati ladan l sèvo Li konsevwa. Pa egzanp, geri malad, chase demon, ansanm ak krisifiksyon an se pa t pwodui lespri imen Li a, epi okenn moun ki gen yon lespri imen pa t ap kapab reyalize yo. Menm jan tou, travay konkèt k ap fèt jodi a se yon ministè Bondye enkane a dwe reyalize, men li pa volonte moun nan, se travay divinite Li ta dwe fè, yon travay okenn moun an chè ak an san pa kapab fè. Kidonk, Bondye enkane a dwe gen yon lespri moun nòmal, yon limanite nòmal, paske Li dwe akonpli travay Li nan limanite a avèk yon lespri nòmal. Sa a se esans travay Bondye enkane a, vrè esans Bondye enkane a menm.

Anvan Jezi te fè travay la, Li te sèlman viv nan limanite nòmal Li a. Pèsonn pa t ka wè Li te Bondye, pèsonn pa t dekouvri Li te Bondye enkane a; moun yo te sèlman konnen L kòm yon moun ki ekstrèmman òdinè. Limanite nòmal Li a—ki te pi òdinè posib—te prèv Bondye te enkane nan lachè, e Epòk Lagras la se te epòk travay Bondye enkane a, se pa t epòk travay Lespri a. Se te prèv Lespri Bondye a te reyalize konplètman nan lachè, e nan epòk enkanasyon Bondye a lachè Li t ap fè tout travay Lespri a. Kris la ki gen limanite nòmal la se yon lachè kote Lespri a reyalize, e li posede yon limanite nòmal, yon kapasite nòmal pou rezone, ansanm ak panse imen. «Reyalize» vle di Bondye vin tounen moun, Lespri a vin tounen lachè; pou di sa pi klè toujou, se lè Bondye Li menm abite yon lachè ki gen yon limanite nòmal, epi Li eksprime travay diven Li a atravè li—se sa reyalize, oswa enkane vle di. Pandan premye enkanasyon Li an, li te nesesè pou Bondye geri malad yo epi chase demon, paske travay Li se te rachte lòm. Pou Li te ka rachte tout ras imen an nèt, Li te bezwen gen mizèrikòd ansanm ak tolerans. Travay Li te fè anvan yo te kloure L sou kwa a se te geri malad yo epi chase demon, sa ki te anonse davans sali Li t ap bay lòm anba peche ak salte. Paske se te Epòk Lagras la, li te nesesè pou Li geri malad, e konsa Li te montre siy ak mèvèy, ki te reprezante gras nan epòk sa a—paske Epòk Lagras la te santre sou akòde moun gras; lapè, lajwa, ak benediksyon materyèl se te senbòl Epòk Lagras la ansanm ak senbòl lafwa moun yo nan Jezi nan epòk sa a. Sa vle di, geri malad, chase demon, ak bay gras se te kapasite enstenktif lachè Jezi nan Epòk Lagras la, se te travay Lespri a te reyalize nan lachè a. Men pandan Li t ap fè travay sa a, Li t ap viv nan lachè, epi Li pa t depase lachè a. Kèlkeswa zak gerizon Li te fè, Li te toujou posede yon limanite nòmal, Li te toujou viv lavi yon moun nòmal. Rezon ki fè Mwen di, nan epòk enkanasyon Bondye a, lachè a te akonpli tout travay Lespri a, sèke kèlkeswa travay Li te fè, Li te fè l nan lachè. Men akòz travay Li a, moun yo pa t konsidere lachè Li kòm yon lachè ki gen yon esans konplètman kòporèl, paske lachè sa a te kapab reyalize siy, epi nan kèk moman espesyal li te kapab fè bagay ki te depase lachè a. Natirèlman, tout evènman sa yo te rive aprè Li te kòmanse ministè Li a, tankou lè Li te anba tantasyon pandan karant jou oswa transfigirasyon Li sou mòn nan. Kidonk avèk Jezi, siyifikasyon enkanasyon Bondye a pa t konplete nèt, men se yon pati ladan l ki te akonpli. Lavi Li te viv nan lachè anvan Li te kòmanse travay Li a te nòmal nèt nan tout aspè. Apre Li te kòmanse travay la, Li te konsève sèlman kokiy lachè Li a. Paske travay Li a se te yon ekspresyon divinite, li te depase fonksyon nòmal lachè a. Apre tou, lachè enkane Bondye a te diferan parapò ak moun an chè e an san yo. Natirèlman, nan lavi chak jou Li, Li te bezwen manje, rad, dòmi, ansanm ak abri. Sa Li te bezwen chak jou yo te nòmal nan tout sans, epi Li te gen kapasite nòmal pou rezone tankou yon èt imen, e Li te panse tankou yon èt imen nòmal. Moun yo te toujou pran L pou yon moun nòmal, eksepte ke travay Li t ap fè a te sinatirèl anpil. An reyalite, kèlkeswa sa Li te fè, Li te viv nan yon limanite òdinè epi nòmal, epi plis se te nan moman kote Li t ap fè travay la, se plis kapasite Li pou l rezone a te nòmal epi se plis panse Li yo te klè; kapasite Li pou l rezone a ansanm ak panse Li yo te depase sa nenpòt moun nòmal genyen. Li te nesesè pou Bondye enkane a gen egzakteman kalite panse ak kapasite pou rezone sa a, paske travay diven an te bezwen eksprime pa yon lachè ki te gen yon kapasite pou rezone ki pi nòmal posib epi ki te gen panse ki pi klè posib—se sèlman nan fason sa a lachè Li a te kapab eksprime travay diven an. Jezi te viv sou tè a pandan tranntwazan edmi, e pandan tout tan sa a Li te konsève limanite nòmal Li a, men akòz travay Li pandan ministè twazan edmi Li an, moun yo te panse Li te transandan anpil, epi Li te pi sinatirèl anpil pase anvan. An reyalite, limanite nòmal Jezi a pa t chanje ni anvan ni aprè Li te kòmanse ministè Li a; limanite Li te ret menm jan depi nan kòmansman jiska lafen, men akòz diferans ki te genyen anvan ak aprè Li te kòmanse ministè Li a, te gen de pwennvi diferan ki te parèt konsènan lachè Li a. Kèlkeswa sa moun yo te panse a, Bondye enkane a te konsève limanite nòmal orijinal Li a pandan tout tan an, paske kòm Bondye te enkane, Li te viv nan lachè, lachè a ki te gen yon limanite nòmal. Kit Li t ap akonpli ministè Li kit Li pa t ap fè sa, limanite nòmal lachè Li a pa t ka efase, paske limanite se esans debaz lachè a. Anvan Jezi te akonpli ministè Li a, lachè Li te rete nòmal konplètman, e Li te patisipe nan tout aktivite moun òdinè yo; Li pa t parèt sinatirèl menm yon ti kras ditou, Li pa t montre okenn siy. Nan epòk sa a, Li te tou senpleman yon moun ki trè komen ki t ap adore Bondye, byenke fason Li t ap pouswiv la te pi onèt, pi sensè pase pa nenpòt lòt moun. Se nan fason sa a limanite Li a, ki te pi nòmal posib, te manifeste tèt li. Paske Li pa t fè okenn travay ditou anvan Li te pran responsablite ministè Li a, pèsonn pa t konnen idantite Li, pèsonn pa t ka wè lachè Li te diferan avèk pa tout lòt moun yo, paske Li pa t montre menm yon sèl siy, Li pa t fè menm yon ti kal nan pwòp travay Bondye a. Sepandan, aprè Li te kòmanse akonpli ministè Li a, Li te konsève kokiy limanite nòmal la epi Li te toujou viv avèk yon kapasite nòmal pou rezone, men paske Li te kòmanse fè travay Bondye Li menm, pran responsablite ministè Kris la, epi fè travay moun ki mòtèl, moun an chè e an san yo, pa t kapab fè, moun yo te konkli Li pa t gen yon limanite nòmal epi Li pa t yon lachè nòmal konplètman, men pito yon lachè ki enkonplè. Akòz travay Li te fè a, moun yo te di Li te yon Bondye nan lachè ki pa t gen yon limanite nòmal. Konpreyansyon sa a chita sou yon fo rezònman san sans, paske moun yo pa t byen konprann siyifikasyon enkanasyon Bondye a. Konpreyansyon sa a ki chita sou yon fo rezònman san sans te soti nan lefètke travay Bondye te eksprime nan lachè a se te travay diven an, ki te eksprime nan yon lachè ki te gen limanite nòmal. Bondye te kouvri avèk lachè, Li te abite anndan lachè, epi travay Li anndan limanite Li a te kache nòmalite limanite Li a. Se pou rezon sa a, moun yo te kwè Bondye pa t gen limanite men Li te gen divinite sèlman.

Nan premye enkanasyon Li an, Bondye pa t konplete travay enkanasyon an; Li te konplete premye etap nan travay Bondye nan lachè a te sipoze akonpli a sèlman. Konsa, pou Li konplete travay enkanasyon an, Bondye tounen nan lachè yon lòt fwa ankò, L ap viv tout nòmalite ak aspè pratik lachè a, sa vle di, Li fè Chemen Bondye a parèt aklè nan yon lachè ki pi nòmal epi òdinè posib, e konsa Li fini travay Li poko fin akonpli nan lachè a. Dezyèm lachè enkane a gen menm esans ak premye a, men Li pi pratik toujou, Li pi nòmal toujou pase premye a. Kòm konsekans, soufrans dezyèm lachè enkane a andire a pi gwo pase pa premye a, men soufrans sa a se rezilta ministè Li nan lachè a, sa ki diferan ak soufrans lòm kòwonpi a. Li soti tou nan nòmalite ak aspè pratik lachè Li a. Paske Li akonpli ministè Li nan yon lachè ki gen nòmalite ak aspè pratik ki nan nivo ki pi wo a, lachè a dwe andire anpil soufrans. Plis lachè sa a nòmal epi pratik, se plis Li ap soufri nan akonplisman ministè Li a. Travay Bondye a eksprime nan yon lachè ki trè komen, san okenn aspè sinatirèl ditou. Paske lachè Li nòmal e Li dwe pran responsablite travay pou sove lòm nan tou, Li soufri nan yon mezi ki pi wo toujou pase jan yon lachè sinatirèl ta soufri—epi tout soufrans sa a soti nan aspè pratik ansanm ak nòmalite lachè Li a. Yon moun ka wè esans lachè enkane a nan soufrans tou de lachè enkane yo te sibi pandan Yo t ap akonpli ministè Yo yo. Plis lachè a nòmal, se pi gwo soufrans Li dwe andire pandan L ap reyalize travay la; plis lachè k ap reyalize travay la pratik, se pi fò konsepsyon moun yo vin ye, epi se pi gwo risk Li pran. Epoutan, plis lachè a pratik, epi plis lachè a posede bezwen ansanm ak kapasite konplè pou rezone tankou yon èt imen nòmal, se plis Li kapab pote chay travay Bondye nan lachè a. Yo te kloure Jezi sou kwa a nan lachè, epi Li te sèvi kòm yon ofrann pou peche nan lachè, sa vle di, se atravè yon lachè ki gen yon limanite nòmal Li te venk Satan epi Li te sove lòm konplètman sot anba kwa a. Se grasa yon lachè konplè dezyèm Bondye enkane a akonpli travay konkèt la epi Li venk Satan. Se sèlman yon lachè ki nòmal epi pratik nèt ki kapab akonpli travay konkèt la nan tout sans li epi rann yon temwayaj ki gen anpil fòs. Sa vle di, konkèt lòm nan gen rezilta li atravè aspè pratik ak nòmalite Bondye nan lachè a, se pa atravè mirak ak revelasyon sinatirèl. Ministè Bondye enkane sa a akonpli a se pale, epi se atravè pale Li konkeri epi Li pèfeksyone lòm; sa vle di, travay Lespri a ki reyalize nan lachè a se pale epi travay lachè a se pale, e konsa Li atenn objektif konkeri, revele, pèfeksyone, ansanm ak elimine moun konplètman. E konsa, se nan travay konkèt la travay Bondye nan lachè a ap akonpli konplètman. Travay pou ekspye peche lòm ki te fèt premye fwa a se te sèlman kòmansman travay enkanasyon an; se sèlman lachè k ap akonpli travay konkèt la ki konplete tout travay enkanasyon an nèt. Nan kesyon sèks, youn se gason epi lòt la se fi, e konsa sa konplete siyifikasyon enkanasyon Bondye a, epi sa elimine konsepsyon lòm genyen konsènan Bondye yo: Bondye kapab tounen ni gason ni fi, epi nan esans, Bondye enkane a pa gen sèks. Li te kreye ni gason ni fi, epi pou Li, pa gen okenn divizyon ant sèks yo. Nan etap travay sa a, Bondye pa reyalize siy ak mèvèy, yon fason pou travay la kapab rive atenn rezilta li atravè pawòl. Anplis, rezon ki fè sa, sèke travay Bondye enkane a fwa sa a se pa pou geri malad yo epi chase demon, men pito pou konkeri lòm lè Li pale, sa ki vle di kapasite enstenktif lachè enkane Bondye sa a posede se pou l pale pawòl epi pou l konkeri lòm, li pa pou geri malad yo epi chase demon. Travay Li nan limanite nòmal la se pa reyalize siy, li pa geri malad yo ak chase demon, men se pale, e konsa dezyèm lachè enkane a sanble pi nòmal anpil pase premye a nan je moun yo. Nan fason moun yo wè sa, vrèmanvre Bondye vin tounen lachè. Sepandan, Bondye enkane sa a diferan parapò ak Jezi ki te enkane a, epi byenke Yo toulede se Bondye enkane, Yo pa menm bagay nèt. Jezi te posede yon limanite nòmal, yon limanite òdinè, men te gen anpil siy ak mèvèy ki te akonpaye Li. Nan Bondye enkane sa a, je moun p ap wè okenn siy oswa mèvèy, ni geri malad, ni chase demon, ni mache sou lanmè, ni fè jèn pandan karant jou... Li pa fè menm travay Jezi te fè a, se pa paske, nan esans, lachè Li gen okenn diferans ak pa Jezi a, men se paske li pa nan ministè Li pou L geri malad yo epi chase demon. Li pa detwi pwòp travay Li, Li pa twouble pwòp travay Li. Kòm Li konkeri lòm atravè pawòl pratik Li yo, pa gen okenn bezwen pou Li fè lòm soumèt ak siy, e konsa etap sa a la pou l konplete travay enkanasyon an. Bondye enkane ou wè jodi a se yon lachè konplètman, epi pa gen anyen sinatirèl nan Li. Li malad menm jan lòt moun yo malad, Li bezwen manje ansanm ak rad menm jan ak lòt moun yo; Li se yon lachè konplètman. Si, fwa sa a, Bondye enkane a te reyalize siy ak mèvèy sinatirèl, si Li te geri malad, chase demon, oswa Li te kapab touye moun ak yon sèl pawòl, kòman travay konkèt la t ap kapab reyalize? Kòman travay la t ap kapab simaye nan mitan lòt nasyon yo? Geri malad yo epi chase demon se te travay Epòk Lagras la, se te premye etap nan travay redanmsyon an, e kounye a Bondye fin sove lòm anba kwa a, Li pa fè travay sa a ankò. Si, nan dènye jou yo, yon «Bondye» ki menm jan ak Jezi te parèt, youn ki te geri malad yo, ki te chase demon, epi yo te kloure l sou kwa pou lòm, «Bondye» sa a, byenke li t ap idantik ak deskripsyon Bondye ki nan Bib la epi li t ap fasil pou lòm aksepte, nan esans li, li pa t ap lachè Lespri Bondye a abiye ladan l lan, men pito li t ap lachè yon move lespri abiye ladan l. Paske se prensip travay Bondye pou L pa janm repete sa Li deja konplete. E konsa, travay dezyèm enkanasyon Bondye a diferan parapò ak travay premye a. Nan dènye jou yo, Bondye reyalize travay konkèt la nan yon lachè ki òdinè, ki nòmal; Li pa geri malad yo, yo p ap kloure L sou kwa pou lòm, men Li tou senpleman pale pawòl nan lachè, epi Li konkeri lòm nan lachè. Se sèlman yon lachè konsa ki se lachè enkane Bondye a; se sèlman yon lachè konsa ki kapab konplete travay Bondye nan lachè a.

Nan etap sa a, kit Bondye enkane a ap andire soufrans, kit L ap akonpli ministè Li, Li fè sa pou L konplete siyifikasyon enkanasyon an, paske sa se dènye enkanasyon Bondye a. Bondye kapab enkane de fwa sèlman. Pa kapab genyen yon twazyèm fwa. Premye Bondye enkane a se te yon gason, dezyèm nan se yon fi, e konsa imaj lachè Bondye a konplete nan lespri lòm; anplis, tou de enkanasyon yo deja fini travay Bondye nan lachè a. Premye fwa a, Bondye enkane a te posede yon limanite nòmal pou L te ka konplete siyifikasyon enkanasyon an. Fwa sa a tou, Li posede yon limanite nòmal, men siyifikasyon enkanasyon sa a diferan: Li pi pwofon, epi travay Li a gen yon siyifikasyon ki pi pwofon toujou. Rezon ki fè Bondye vin tounen lachè yon lòt fwa ankò, se pou konplete siyifikasyon enkanasyon an. Lè Bondye fini nèt ak etap sa a nan travay Li a, tout siyifikasyon enkanasyon an nèt, ki vle di, travay Bondye nan lachè a, ap fini nèt, epi p ap gen okenn travay ankò ki pou fèt nan lachè a. Sa vle di, depi kounye a Bondye p ap janm vin nan lachè ankò pou Li fè travay Li. Se sèlman pou Li sove epi pèfeksyone limanite Li fè travay enkanasyon an. Sa vle di, si se pa t poutèt travay la, Bondye pa t ap vin nan lachè fasil konsa menm. Lè L vin travay nan lachè, Li montre Satan Bondye se yon lachè, yon moun nòmal, yon moun òdinè—epoutan Li kapab venk lemonn, venk Satan, rachte limanite, epi konkeri limanite! Objektif travay Satan an se kòwonp limanite, alòske objektif travay Bondye a se sove limanite. Satan pran lòm nan pyèj nan yon gwo twou san fon, alòske Bondye sove l anba l. Satan fè tout moun adore li, alòske Bondye fè yo soumèt anba dominasyon Li, paske Li se Kreyatè a. Se grasa tou de enkanasyon Bondye yo rezilta tout travay sa a reyalize. Nan esans li, lachè Li se inyon ant limanite ak divinite, epi li posede yon limanite nòmal. Kidonk san lachè enkane Bondye a, travay Bondye pou sove limanite a pa t ap kapab pote rezilta, epi san limanite nòmal lachè Li a, travay Li nan lachè a toujou pa t ap ka pote rezilta sa yo. Esans Bondye enkane a sèke Li dwe posede yon limanite nòmal; si sa pa t fèt konsa, sa t ap ale kont entansyon orijinal Bondye te genyen lè L enkane a.

Poukisa Mwen di siyifikasyon enkanasyon an pa t konplete nan travay Jezi a? Paske Chemen an pa t vin tounen lachè nèt. Sa Jezi te fè a se te jis yon pati nan travay Bondye nan lachè a; Li te sèlman fè travay redanmsyon an, epi Li pa t fè travay pou Li genyen lòm nèt la. Se pou rezon sa a, Bondye vin tounen lachè yon lòt fwa ankò nan dènye jou yo. Etap travay sa a fèt tou nan yon lachè òdinè; li fèt pa yon èt imen nòmal nèt, youn ki gen yon limanite ki pa transandan menm yon ti kras. Sa vle di, Bondye tounen yon èt imen konplè; Li se yon moun ki gen idantite Bondye, yon èt imen konplè, yon kò lachè konplè k ap akonpli travay la. Sa je imen wè, se yon kò fizik ki pa transandan ditou, yon moun ki òdinè anpil ki kapab pale lang syèl la, ki pa montre okenn siy, ki pa fè okenn mirak, alewè pou L ta demaske vrè istwa ki kache dèyè relijyon yo anndan gwo sal reyinyon yo. Nan je moun yo, travay dezyèm lachè enkane a sanble l pa gen anyen pou l wè ditou ak travay premye a, e kòmsi yo toulede pa gen anyen an komen—moun yo pa kapab wè anyen nan travay premye a fwa sa a. Byenke travay dezyèm lachè enkane a diferan parapò ak premye a, sa pa pwouve Yo pa gen menm sous. Pou konnen si Yo gen menm sous la, se sou nati travay lachè yo fè a pou nou baze nou, se pa sou aparans deyò Yo. Pandan twa etap travay Li yo, Bondye enkane de fwa, epi tou de fwa sa yo travay Bondye enkane a inogire yon nouvo epòk, li kòmanse yon nouvo travay; enkanasyon yo konplete youn lòt. Li enposib pou je imen wè tou de lachè sa yo soti nan menm sous la an reyalite. Natirèlman, sa depase sa je moun oswa lespri imen kapab konprann. Men nan esans Yo, Yo se menm bagay la, paske travay Yo a soti nan menm Lespri a. Ou pa kapab sèvi avèk epòk ak kote Yo te fèt la oswa lòt faktè tankou sa yo pou w konnen si tou de lachè enkane yo soti nan menm sous la, men w ka jije sa nan travay diven Yo eksprime a. Dezyèm lachè enkane a pa fè okenn nan travay Jezi te fè yo, paske travay Bondye a pa swiv konvansyon, men li ouvri yon nouvo chemen chak fwa. Dezyèm lachè enkane a pa gen pou objektif apwofondi oswa ranfòse enpresyon moun yo te gen nan lespri yo konsènan premye lachè a, men pito pou Li konplete epi amelyore imaj moun yo te gen nan lespri yo pou premye lachè a, pou L apwofondi konesans lòm genyen konsènan Bondye, pou L kraze tout règleman ki egziste nan kè moun yo, epi elimine tout imaj yo genyen sou bondye nan kè yo ki chita sou fo rezònman san sans. Yon moun ka di pa gen okenn etap endividyèl nan pwòp travay Bondye a ki kapab bay lòm yon konesans konplè sou Li; chak nan yo bay yon pati sèlman, se pa tout nèt. Byenke Bondye eksprime tout dispozisyon Li, akòz kapasite limite lòm genyen pou l konprann, konesans li sou Bondye toujou rete enkonplè. Li enposib pou sèvi ak langaj imen pou eksplike tout dispozisyon Bondye a nèt. Alewè, ki jan yon sèl etap nan travay Li ta kapab eksprime Bondye konplètman? Li travay nan lachè a anba aparans limanite nòmal Li a, e moun kapab konnen Li sèlman atravè ekspresyon divinite Li yo, se pa atravè kokiy kòporèl Li a. Bondye vin nan lachè pou L pèmèt lòm konnen Li grasa divès travay Li fè, epi pa gen de etap nan travay Li ki sanble. Se sèlman nan fason sa a lòm kapab genyen yon konesans konplè sou travay Bondye a nan lachè, epi pou l pa delimite l nan yon sèten domèn. Byenke travay tou de lachè enkane yo diferan, esans lachè yo, ansanm ak sous travay Yo, idantik; se jis Yo egziste pou akonpli de etap travay ki diferan, epi Yo parèt nan de epòk ki diferan. Nenpòt fason sa ye, lachè enkane Bondye yo pataje menm esans ak menm orijin lan—sa se yon bagay pèsonn pa kapab nye.

Anvan: Se Sèlman Moun ki Konnen Bondye ak Travay Li ki Satisfè Bondye

Apre: Bondye ak Lòm Pral Antre nan Repo Ansanm

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger