Se Sèlman Moun Ki Konsantre Sou Pratik Yo Ka Pèfeksyone

Nan dènye jou yo, Bondye te vin nan lachè pou l fè travay Li te dwe fè a epi pou l te akonpli ministè pawòl Li a. Li te vini an pèsòn pou l travay nan mitan èt imen yo ak objektif pou l pèfeksyone moun ki an akò ak entansyon L yo. Depi lè kreyasyon an jouk jounen jodi a, se sèlman pandan dènye jou yo Li te fè kalte travay sa a. Se sèlman pandan dènye jou yo Bondye te enkane pou l fè yon travay ki gen yon gwo amplè konsa. Malgre Li andire soufrans moun ta twouve ki difisil pou yo andire, e menm si, malgre Li se yon Bondye ki wo, Li imilye Tèt Li pou Li vin yon moun òdinè, travay Li pa retade menm yon ti kras, e plan Li pa deranje menm yon ti kras—Li ap fè travay Li te planifye okòmansman an. Youn nan objektif enkanasyon sa a se pou l konkeri moun, lòt objektif lan se pou l pèfeksyone moun Li renmen yo. Li vle wè ak pwòp je L moun Li pèfeksyone yo, epi Li vle wè ak pwòp je L moun Li pèfeksyone yo rann temwayaj pou Li. Se pa youn oswa de moun ki pèfeksyone. Olye de sa, se yon gwoup, ki gen sèlman yon ti kantite moun. Moun ki nan gwoup sa a soti nan divès peyi nan mond lan, epi yo soti nan divès nasyonalite nan mond lan. Li fè anpil travay pou l genyen gwoup moun sa a, pou l genyen temwayaj gwoup moun sa ap rann pou Li, epi pou l genyen glwa Li ka jwenn nan men yo. Li pa fè travay ki pa gen okenn enpòtans, ni Li pa fè travay ki pa gen okenn valè. Nou ka di, lè l ap fè anpil travay konsa, objektif Bondye se pou l pèfeksyone tout moun Li vle pèfeksyone yo. Nan ti tan lib li genyen andeyò sa a, li pral elimine moun ki mechan yo. Konnen se pa poutèt moun ki mechan yo Li fè gwo travay sa a; okontrè, Li bay tout sa Li genyen poutèt ti kantite moun sa yo ki dwe pèfeksyone atravè Li. Travay Li fè a, pawòl Li di yo, mistè Li revele yo, ak jijman Li ak pinisyon Li yo, tout se pou byen ti kantite moun sa a. Li pa t vin nan lachè akoz moun ki mechan yo, e li sètènman pa an kolè akoz yo. Li pale verite, epi Li pale de antre, akòz moun ki dwe atenn pèfeksyon yo; Li te vin nan lachè akòz yo, epi se akòz yo Li bay pwomès Li yo ak benediksyon Li yo. Li pa di verite, li pa pale de antre, epi li pa pale de lavi nan limanite pou byen moun ki mechan yo. Li vle evite pale ak moun ki mechan yo, olye de sa li swete bay tout verite yo bay moun ki dwe atenn pèfeksyon yo. Poutan, travay Li mande, pou kounye a, mechan yo gen dwa jwi yon pati nan richès Li yo. Moun ki pa mete laverite an pratik, ki pa reponn a egzijans Bondye epi ki deranje travay Li a, yo tout se mechan. Yo pa ka vin pafè epi Bondye ap rejte yo avèk mepri. Okontrè, sila yo ki mete laverite an pratik, ki ka satisfè Bondye epi ki dedye tèt yo nèt nan zèv Bondye a, se yo menm Bondye ap rann pafè. Moun Bondye vle pèfeksyone yo se pa lòt ke gwoup moun sa a, e zèv Bondye ap fè a se pou moun sa yo. Laverite Li pale a adrese a sila yo ki dispoze mete l an pratik. Li pa adrese a moun ki pa mete l an pratik. Ogmantasyon konpreyansyon ak devlopman kapasite pou disène bagay li pale de yo a vize moun ki kapab mete verite a an pratik. Pèfeksyon l pale de li a adrese moun sa yo tou. Travay Lespri Sen an vize moun ki dispoze mete verite a an pratik. Bagay tankou posede sajès ak imanite vize moun ki dispoze mete verite a an pratik. Moun ki pa mete verite a an pratik ka tande anpil pawòl verite, men paske nati yo tèlman mechan e yo pa enterese nan verite a, sa yo konprann se sèlman doktrin ak; pawòl teyori vid, san okenn valè pou antre nan lavi yo. Okenn nan yo pa fidèl ak Bondye; yo tout se moun ki wè Bondye men ki pa ka jwenn Li; Bondye kondane yo tout.

Lespri Sen an gen yon chemen li swiv nan chak moun e li ofri tout moun opòtinite pou atenn pèfeksyon. Se atravè negativite ou a ou vin okouran de pwòp koripsyon ou; apre sa, lè w debarase tèt ou de negativite sa a, w ap jwenn yon chemen pratik; tout sa yo se mwayen ki pèmèt ou vin pafè. Anplis de sa, ou toujou resevwa gidans enteryè ak ekleraj atravè kèk enfliyans pozitif, sa ki pèmèt ou akonpli wòl ou yon fason pwoaktif, ogmante konpreyansyon w epi devlope kapasite w pou disène bagay yo. Lè w nan yon bon eta, ou gen anpil anvi li pawòl Bondye epi priye l, epi ou ka konekte sèmon ou tande yo ak pwòp sitiyasyon w. Nan moman sa yo, Bondye klere lespri w epi li limen w anndan w, sa ki fè w rekonèt kèk bagay nan aspè pozitif yo. Se konsa ou rive atenn pèfeksyon nan aspè pozitif la. Nan eta negatif, ou fèb epi ou negatif; ou santi w pa gen Bondye nan kè w, Men Bondye klere w, Li ede nou jwenn yon chemen pratik. Sa ki soti ladan l se atenn pèfeksyon nan aspè negatif la. Bondye ka pèfeksyone lòm ni nan aspè pozitif ni nan aspè negatif la. Sa depann si w kapab fè eksperyans epi si w se yon moun k ap chèche pèfeksyon nan men Bondye. Si vrèman w ap chèche pou Bondye pèfeksyone w, enben aspè negatif la pa ka fè w pèdi, men li ka pote bagay ki pi reyèl pou ou, epi li ka fè w vin pi kapab pou konnen sa ki manke nan ou, pi kapab konprann vrè eta w, epi wè ke lòm pa gen anyen, epi li pa anyen; si nou pa fè eksperyans eprèv, nou pap konnen, epi n ap toujou santi nou pi wo pase lòt moun epi nou pi bon pase tout moun. Atravè tout sa, w ap wè tout sa ki te la anvan an se Bondye ki te fè l e se Bondye ki te pwoteje l. Lè w antre nan eprèv, ou manke lanmou oswa lafwa, ou manke priye epi ou pa ka chante im, epi san w pa rann ou kont, nan mitan tout sa, ou vin konnen tèt ou. Bondye gen anpil mwayen pou pèfeksyone moun. Li itilize tout kalite anviwònman pou taye dispozisyon kowonpi moun yo, epi li sèvi ak divès bagay pou revele moun; nan yon sans, Li netwaye moun, nan yon lòt sans Li revele moun, epi nan yon lòt ankò Li ekspoze moun, li fouye epi li ekspoze “mistè yo” ki nan fon kè moun nan, epi Li montre moun nati li lè li ekspoze anpil nan eta li yo. Bondye pèfeksyone moun nan plizyè fason—atravè ekspozisyon, jan L ap netwaye moun, atravè rafinman, ak atravè chatiman—pou moun ka konnen Bondye pratik.

Kisa n ap pouswiv kounye a? Pou Bondye rann nou pafè, pou konnen Bondye, pou jwenn Bondye—oswa petèt se fason yon Pyè nan ane 90 yo, oswa yon lafwa ki pi gwo pase sa Job te genyen, oswa petèt se lè Bondye rele w jis epi ou rive devan twòn Bondye, oswa kapab manifeste Bondye sou tè a epi rann yon temwayaj pisan e retantisan pou Bondye. Kèlkeswa sa n ap pouswiv, an jeneral, se pou Bondye ka sove nou. Kit w ap pouswiv pou w vin yon moun ki jis, kit w ap pouswiv fason Pyè a, oswa lafwa Jòb la, oswa pou Bondye pèfeksyone w, se tout travay Bondye ap fè sou lòm. Sa vle di, kèlkeswa sa w ap pouswiv la, se pou ka Bondye pèfeksyone w, se pou w ka fè eksperyans pawòl Bondye yo, pou w satisfè kè Bondye; kèlkeswa sa w ap pouswiv, se pou dekouvri jan Bondye bèl, pou chèche yon chemen pratik nan eksperyans reyèl avèk objektif pou w jete pwòp dispozisyon rebèl ou an, pou w rive nan yon eta nòmal anndan ou, pou w vin ann amoni ak entansyon Bondye totalman, pou w vin yon moun ki jis, epi pou w gen yon motif ki kòrèk nan tout sa w fè. Rezon ki fè w ap eksperimante tout bagay sa yo se pou ou rive konnen Bondye epi grandi nan lavi. Menm si sa w ap viv la se pawòl Bondye ak evènman reyèl yo, ansanm ak moun, evènman, ak bagay ki nan anviwònman ou, finalman ou kapab konnen Bondye epi Bondye ka pèfeksyone w. Pou swiv chemen yon moun ki jis oswa pou mete pawòl Bondye an pratik: se tankou kouri sou yon pis, alòske konnen Bondye epi rive jwenn pèfeksyon gras ak Bondye se destinasyon an. Kit kounye a w ap chèche pèfeksyon nan men Bondye, oswa w ap chèche temwaye pou Bondye, tout sa se pou w konnen Bondye finalman; se pou travay Li fè sou ou a pa anven, pou finalman ou ka vin konnen jan Bondye se yon Bondye pratik, pou w konnen grandè Li, e plis toujou pou w konnen imilite ak karaktè kache Bondye a, epi pou w konnen kantite gwo travay Bondye fè sou ou. Bondye te imilye tèt Li rive nan yon nivo kote Li fè travay Li sou moun sal ak kowonpi sa yo, epi Li pèfeksyone gwoup moun sa a. Bondye pa sèlman vin nan lachè pou l viv ak manje pami moun, pou l pran yo, epi pou l bay yo sa yo bezwen. Sa ki pi enpòtan an, se ke Li fè gwo travay sali an ak viktwa Li sou moun sa yo ki kowonpi anpil anpil. Li te vin nan kè gwo dragon wouj la pou sove moun kowonpi sa yo, pou tout moun ka chanje epi vin nouvo. Soufrans imans Bondye sibi a se pa sèlman soufrans Li sibi lè Li vin nan lachè a, men sitou Lespri Bondye a ki sibi yon imilyasyon ekstrèm—Li imilye tèt Li epi kache tèt Li tèlman ke Li vin tounen yon moun òdinè. Bondye te enkane e Li te pran fòm lachè pou moun te ka wè Li gen yon lavi imen nòmal ak bezwen imen nòmal. Sa sifi pou pwouve ke Bondye te imilye tèt Li anpil. Lespri Bondye a reyalize nan lachè. Lespri Li a tèlman siprèm e gran, poutan Li pran fòm yon moun òdinè, yon moun ki pa gen enpòtans, pou l te ka fè travay Lespri Li a. An tèm de kalib, bon konpran, rezon, imanite, ak lavi chak grenn nan nou, nou pa vrèman merite resevwa kalite travay Bondye sa a, e nou pa vrèman merite pou Bondye andire soufrans konsa pou nou. Bondye tèlman wo. Li tèlman siprèm, e lèzòm tèlman ba, poutan Li toujou ap travay sou lòm. Li pa t sèlman vin nan lachè pou bay lòm sa li bezwen, pou pale ak lèzòm, men Li viv ansanm ak lòm tou. Bondye tèlman enbi, tèlman adorab. Si, depi yo mansyone lanmou Bondye, depi yo mansyone gras Bondye, ou kriye pandan w ap pouse gwo kri lwanj, si w rive nan eta sa a, enben ou konnen Bondye tout bon vre.

Gen yon devyasyon nan pouswit moun yo jodi a: Yo sèlman ap chèche renmen Bondye ak satisfè Bondye, men yo pa gen okenn konesans sou Bondye, epi yo neglije ekleraj ak limyè Lespri Sen an anndan yo. Yo pa gen baz yon vrè konesans sou Bondye. Konsa, yo pèdi antouzyas pandan y ap fè eksperyans yo. Tout moun k ap pouswiv vrè konesans sou Bondye—malgre yo pa t nan bon eta nan tan lontan, epi yo te gen tandans vin negatif ak fèb, yo t ap kriye souvan, tonbe nan dekourajman, ak pèdi espwa—kounye a sitiyasyon yo ap amelyore pandan y ap gen plis eksperyans. Apre yon eksperyans kote yo te netwaye epi brize yo, epi yon eksperyans kote yo te pase anba eprèv epi yo te rafine, yo fè gwo pwogrè. Eta negatif yo diminye, e gen kèk chanjman nan dispozisyon lavi yo. Pandan y ap sibi plis eprèv, kè yo kòmanse renmen Bondye. Gen yon règ nan fason Bondye pèfeksyone moun, Li klere w lè Li itilize yon pati ki bon nan ou pou w ka gen yon chemen pou w pratike epi pou w ka separe tèt ou ak tout eta negatif yo, sa ki ede lespri w jwenn delivrans, epi ki fè w kapab renmen L plis. Konsa, ou kapab debarase w de dispozisyon kowonpi satanik yo. Si w san twou nan manch epi w ouvè, dispoze pou konnen tèt ou epi mete laverite an pratik, Bondye ap beni w natirèlman, epi lè w fèb epi w negatif, L ap klere w de fwa plis, ede w konnen tèt ou pi plis, pou w pi dispoze santi remò nan kè w, epi pou w pi kapab pratike bagay ou dwe pratike yo. Se sèlman nan fason sa a kè w ap ka anpè epi alèz. Yon moun ki abitye fè atansyon pou l konnen Bondye, pou l konnen tèt li, epi pou l veye sou pwòp pratik li, ap kapab resevwa zèv Bondye souvan, ansanm ak gidans ak limyè Li. Menm si yon moun konsa ka nan yon eta negatif, li kapab chanje sitiyasyon an touswit, kit se akòz aksyon konsyans li oswa limyè li jwen nan pawòl Bondye. Chanjman nan dispozisyon yon moun toujou fèt lè li konnen vrè eta li ansanm ak dispozisyon ak zèv Bondye. Yon moun ki dispoze konnen tèt li epi ki ouvri tèt li ap kapab pratike laverite. Kalte moun sa a se yon moun ki fidèl ak Bondye. Yon moun ki lwayal ak Bondye konprann Bondye, kit konpreyansyon sa a pwofon oswa li pa pwofon, kit li limite oswa li abondan. Sa se jistis Bondye, e se yon bagay moun yo jwenn; se pwòp benefis pa yo. Yon moun ki konn Bondye se yon moun ki gen yon baz, ki gen vizyon. Kalite moun sa a sèten sou lachè Bondye, e li sèten sou pawòl Bondye ak travay Bondye. Kèlkeswa fason Bondye travay oswa pale, oswa kèlkeswa jan lòt moun lakòz twoub, li ka kanpe djanm, epi rete fèm nan temwayaj li pou Bondye. Plis yon moun aji konsa, se plis li ka pratike laverite li konprann nan. Paske li toujou ap pratike pawòl Bondye konsa, li vin konprann Bondye plis, epi li gen detèminasyon pou l rete fèm pou toutan nan temwayaj li pou Bondye.

Gen disènman, gen soumisyon, epi kapab wè bagay yo klè pou w gen yon lespri vijilan vle di pawòl Bondye ap ba w limyè epi klere w osito ke w fè fas ak yon bagay. Se sa yo rele gen yon lespri byen vijilan. Tout sa Bondye fè vize ede reviv lespri moun yo. Poukisa Bondye toujou di moun yo angoudi epi yo lan pou konprann? Se paske lespri yo mouri, e yo tèlman angoudi ke yo pa konsyan ditou de bagay espirityèl yo. Travay Bondye se fè lavi moun yo avanse, ede lespri moun yo vin vivan, epi fè yo kapab byen konprann bagay lespri yo, epitou pou yo toujou kapab renmen Bondye nan kè yo epi satisfè L. Lè yon moun rive nan etap sa a, sa montre lespri li reviv, epi pwochen fwa li rankontre yon bagay, li ka reyaji imedyatman. Li reyaji lè l tande prèch yo, epi li reyaji rapidman nan sitiyasyon yo. Se sa li ye lè yon moun gen lespri l vijilan. Gen anpil moun ki reyaji rapid devan yon evènman ki soti deyò, men kou yo tande pale de antre nan reyalite a oswa de detay ki gen rapò ak lespri a, yo vin angoudi epi yo lan pou konprann. Yo konprann yon bagay sèlman si yo esplike l ba yo klè. Tout sa yo se manifestasyon yon moun ki angoudi espirityèlman e ki lan pou konprann, ki pa gen anpil eksperyans nan bagay lespri. Gen kèk moun ki gen lespri vijilan e ki gen disènman. Kou yo tande pawòl ki mete eta yo aklè, yo pa pèdi tan pou yo ekri yo. Lè yo tande pawòl sou prensip pratik yo, yo kapab aksepte yo epi aplike yo nan eksperyans ki vin apre yo, konsa yo chanje tèt yo. Se yon moun ki gen lespri vijilan. Poukisa yo kapab reyaji tèlman vit? Se paske yo konsantre sou bagay sa yo nan lavi chak jou. Lè yo li pawòl Bondye, yo kapab konpare eta yo avèk yo, epi reflechi sou tèt yo epi konnen tèt yo. Lè yo tande kominyon ak predikasyon, epi yo tande pawòl ki pote ekleraj ak limyè pou yo, yo kapab resevwa yo imedyatman. Sa sanble ak bay yon moun ki grangou manje; li kapab manje touswit. Si ou bay yon moun ki pa grangou manje, li pa reyaji osi vit. Ou lapriyè Bondye souvan, epi lè ou rankontre yon bagay, ou kapab reyaji imedyatman, pandan w ap reflechi sou sa Bondye mande nan zafè sa a, kijan ou ta dwe aji, ak fason Bondye te gide ou nan yon ka ki sanble dènye fwa a. Lè ou rankontre menm kalite bagay sa a jodi a, natirèlman ou pral konnen kijan pou w pratike yon fason ki satisfè kè Bondye. Si ou toujou pratike konsa epi ou toujou fè eksperyans konsa, yon lè sa ap vin fasil pou ou. Lè w ap li pawòl Bondye, w ap konnen ki kalite moun Bondye ap pale de li, w ap konnen ki kalite eta lespri L ap pale de li, epi w ap kapab konprann pwen kle a epi mete l an pratik; konsa, w ap kapab fè eksperyans. Poukisa gen kèk moun ki manke nan pwen sa a? Se paske yo pa mete anpil efò nan aspè pratik la. Menm si yo dispoze mete laverite an pratik, yo pa gen yon konpreyansyon pwofon sou detay sèvis la, sou verite ki konsène detay nan lavi yo. Yo vin nan konfizyon lè yon bagay rive. Nan fason sa a, yo ka twonpe w pou fè w pran move chemen lè yon fo pwofèt oswa yon fo apot parèt. Ou dwe kominye souvan sou pawòl Bondye ak zèv Li—se sèlman nan fason sa a w ap kapab konprann laverite epi devlope disènman. Si ou pa konprann laverite, ou pap gen disènman. Pa egzanp, sa Bondye di, kijan Bondye travay, kisa sa Li mande moun, ak ki kalte moun ou dwe an kontak, ki kalite moun ou dwe rejte—ou dwe kominye souvan sou bagay sa yo. Si ou toujou fè eksperyans pawòl Bondye konsa, w ap konprann laverite epi w ap byen konprann anpil bagay, epi w ap gen disènman tou. Ki sa disiplin Lespri Sen an bay la ye, ki sa repwòch ki soti nan volonte moun ye, ki sa gidans Lespri Sen an ye, kisa òkestrasyon yon anviwònman ye, kisa sa vle di lè pawòl Bondye yo eklere w nan kè w—si ou pa klè sou bagay sa yo, ou pap gen disènman. Sa k soti nan Lespri Sen an, sa yon dispozisyon rebèl ye, kijan pou soumèt anba pawòl Bondye, ak kijan pou w lage pwòp rebelyon pa w la—si w vin konprann bagay sa yo atravè eksperyans ou, w ap gen yon baz; lè yon bagay rive, w ap gen yon verite apwopriye pou w mezire l avèk li ak vizyon ki apwopriye kòm yon baz. W ap gen prensip nan tout sa w ap fè, epi w ap kapab aji selon verite a. Lè sa a, lavi ou ap plen ak limyè Bondye, plen ak benediksyon Bondye. Bondye pap trete yon fason enjis okenn moun ki ap chèche Li sensèman, oswa ki viv Li epi temwaye pou Li, e Li pap madichonnen okenn moun ki kapab swaf laverite sensèman. Si, pandan w ap manje ak bwè pawòl Bondye, ou ka fè atansyon pou konnen pwòp vrè eta w, pou veye sou pratik pa w, epi pou w veye sou konpreyansyon pa w, lè sa a, lè w rankontre yon pwoblèm, w ap resevwa limyè epi w ap jwenn yon konpreyansyon pratik. Lè sa a, w ap gen yon chemen pouw pratike epi w ap gen disènman nan tout bagay. Yon moun ki gen laverite pap kite moun twonpe l, epi li pap konpòte l yon fason ki deranjan ni li pap depase limit nan fason li aji. Se grasa laverite a, li pwoteje, epi se grasa laverite a tou, lii vin konprann plis. Se grasa verite a, li gen plis chemen pou l pratike, li jwenn plis opòtinite pou Sentespri a travay sou li, epi li jwenn plis opòtinite pou yo pèfeksyone l.

Anvan: Se Sèlman Lè Lòm Fè Eksperyans Rafinman Li Ka Posede Vrè Lanmou

Apre: Travay Sentespri a ak travay Satan

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger