Travay Sentespri a ak travay Satan

Ki jan yon moun byen konprann detay ki nan lespri a? Ki jan Sentespri a travay nan lòm? Ki jan Satan travay nan lòm? Ki jan move lespri yo travay nan lòm? Kisa manifestasyon yo ye? Lè yon bagay rive ou, èske sa soti nan Sentespri a, epi èske ou ta dwe soumèt devan l oubyen rebele kont li? Nan pratik reyèl moun yo, gen anpil bagay ki soti nan volonte lòm moun yo toujou kwè ki soti nan Sentespri a. Gen bagay ki soti nan move lespri yo, poutan moun toujou panse yo soti nan Sentespri a, epi pafwa Sentespri a ap gide moun pa anndan yo, men moun yo pè pou gidans sa a pa soti nan Satan e konsa yo pa oze soumèt — alòske an reyalite gidans sa a se eklèsisman Sentespri a. Se poutèt sa, si yon moun pa egzèse disènman, li p ap kapab vrèman fè eksperyans bagay reyèl li travèse yo; si li pa egzèse disènman nan eksperyans li yo, lè sa a li p ap kapab jwenn lavi a. Ki jan Sentespri a travay? Ki jan move lespri yo fè travay yo? Kisa ki soti nan volonte lòm? Epi kisa ki pran nesans nan gidans ak eklèsisman Sentespri a? Si ou byen konprann modèl travay Sentespri a anndan lòm, lè sa a, nan lavi ou chak jou epi pandan eksperyans reyèl ou yo, w ap kapab ogmante konesans ou epi gen disènman; w ap vin konnen Bondye, w ap kapab konprann epi disène Satan; ou p ap konfonn nan soumisyon w oswa nan pouswit ou, epi w ap vin yon moun ki gen lespri ki klè, yon moun ki soumèt devan travay Sentespri a.

Travay Sentespri a se bay gidans ak eklèsisman sou bò pozitif la. Li p ap fè moun yo vin negatif. Li pote rekonfò pou yo, li ba yo lafwa ak detèminasyon, epi li pèmèt yo chèche pou Bondye pèfeksyone yo. Lè Sentespri a ap travay, moun yo kapab antre nan yon aspè pozitif; yo pa pasif oswa oblije fè l, men yo aji ak pwòp inisyativ yo. Lè Sentespri a ap travay, moun yo kontan epi yo dispoze, yo dispoze pou yo soumèt epi yo kontan pou yo rabese tèt yo. Menm si yo gen doulè ak feblès anndan yo, yo gen detèminasyon pou yo kopere; yo kontan soufri, yo kapab soumèt, epi yo pa melanje ak volonte lòm, yo pa melanje ak fason lòm panse, e sitou yo pa melanje ak atant ak motivasyon lòm. Lè moun ap fè eksperyans travay Sentespri a, yo patikilyèman pwòp pa anndan. Moun ki gen travay Sentespri a ladan yo viv lanmou pou Bondye ansanm ak lanmou pou frè ak sè yo; yo renmen bagay ki fè Bondye plezi epi yo deteste bagay Bondye deteste. Moun ki touche pa travay Sentespri a se moun ki gen limanite nòmal, ki abitye pouswiv laverite, epi ki gen limanite. Lè Sentespri a ap travay anndan moun, kondisyon yo vin miyò, epi limanite yo vin pi nòmal toujou, epi malgre koperasyon yo ka yon ti jan inyoran, entansyon yo dwat, yo antre nan yon aspè pozitif, yo pa eseye koze deranjman, epi yo pa gen okenn move entansyon nan kè yo. Travay Sentespri a nòmal epi pratik, Sentespri a travay nan lòm selon modèl lavi moun ki nòmal, epi Li eklere moun yo e Li gide yo anndan yo selon pouswit reyèl moun ki nòmal yo. Lè Sentespri a ap travay nan moun yo, Li gide yo epi Li eklere yo selon bezwen moun ki nòmal yo. Li fè pwovizyon pou yo selon bezwen yo, epi Li gide yo e Li eklere yo selon sa yo manke, epi selon feblès yo, soti nan yon aspè pozitif. Travay Sentespri a se eklere moun yo epi gide yo nan lavi reyèl; se sèlman si yo fè eksperyans pawòl Bondye yo nan lavi reyèl yo y ap kapab wè travay Sentespri a. Si, nan lavi chak jou yo, moun yo nan yon eta pozitif epi yo gen yon lavi espirityèl nòmal, lè sa a yo posede travay Sentespri a. Nan yon eta konsa, yo gen lafwa lè y ap manje ak bwè pawòl Bondye yo, yo enspire lè y ap priye, epi yo pa negatif lè yo fè fas ak yon bagay — ladan li, yo kapab wè leson Bondye mande yo aprann, yo pa negatif ni fèb, epi malgre yo gen difikilte reyèl, yo dispoze soumèt devan tout aranjman Bondye yo.

Ki efè travay Sentespri a reyalize? Ou ka inyoran, oubyen ou ka manke disènman, men Sentespri a sèlman bezwen travay epi ap gen lafwa anndan w, w ap toujou santi ou pa kapab renmen Bondye ase, epi w ap dispoze kopere. Kèlkeswa gwosè difikilte ki devan w yo, w ap toujou dispoze kopere. Lè yon bagay rive w epi li pa klè nan je ou si li soti nan Bondye oubyen nan Satan, w ap kapab tann, epi ou p ap ni negatif ni neglijan. Sa a se travay nòmal Sentespri a. Lè Sentespri a ap travay anndan w, w ap toujou rankontre difikilte reyèl: Pafwa w ap kriye, epi pafwa ap gen bagay ou pa kapab simonte — tout sa se jis yon etap nan travay òdinè Sentespri a. Malgre ou p ap rive simonte bagay sa yo, epi malgre nan moman an w ap fèb epi w ap plenyen, apre sa w ap toujou kapab renmen Bondye, avèk yon lafwa k ap debòde. Eta negatif ou p ap anpeche w fè eksperyans nòmal, epi kèlkeswa sa lòt moun di, epi kèlkeswa jan lòt moun atake w, w ap toujou kapab renmen Bondye. Pandan w ap priye, w ap toujou santi ou te gen gwo dèt anvè Bondye nan tan pase, epi w ap pran detèminasyon pou w satisfè Bondye epi rebele kont lachè lè ou rankontre bagay sa yo ankò. Fòs sa a montre travay Sentespri a anndan w. Sa a se eta nòmal travay Sentespri a.

Kisa ki travay ki soti nan Satan an? Nan travay ki soti nan Satan an, vizyon ki anndan moun yo vag; moun yo san limanite nòmal, sa ki motive aksyon yo pa bon, epi malgre yo swete renmen Bondye, toujou gen akizasyon anndan yo, epi akizasyon ak panse sa yo toujou ap koze twoub anndan yo, yo anpeche lavi yo grandi epi yo anpeche yo nan yon kondisyon nòmal devan Bondye. Sa vle di, kou travay Satan an anndan moun yo, kè yo pa kapab anpè devan Bondye. Yo pa konnen sa pou yo fè ak tèt yo — lè yo wè moun ap rasanble ansanm, yo anvi kouri ale, epi yo pa kapab fèmen je yo lè lòt moun ap priye. Travay move lespri yo kraze relasyon nòmal ant lòm ak Bondye a, epi li boulvèse vizyon moun yo te genyen anvan yo oswa ansyen chemen antre nan lavi yo a; nan kè yo, yo pa janm kapab pwoche pi pre Bondye, yon bagay toujou ap twouble yo epi kontwole yo, epi kè yo pa kapab jwenn lapè. Yo rete san fòs pou yo renmen Bondye epi lespri yo ap plonje. Se konsa manifestasyon travay Satan yo ye. Manifestasyon travay Satan yo se: ou pa kapab kenbe pozisyon w epi rete fèm nan temwayaj ou, sa ki lakòz ou vin yon moun ki pa dwat devan Bondye epi yon moun ki pa gen lwayote anvè Bondye. Lè Satan twouble w, ou pèdi lanmou ak lwayote anvè Bondye ki anndan w lan, li retire yon relasyon nòmal ak Bondye nan men ou, ou pa pouswiv laverite ni chèche amelyore tèt ou; ou fè bak epi ou vin negatif, ou lage kò ou, ou kite peche gaye san kontwòl epi ou pa rayi peche. Anplis, sa fè ou vin tonbe nan debòch; li fè atouchman Bondye disparèt anndan w epi li fè ou plenyen sou Bondye epi opoze ak Li, sa ki pouse w doute Bondye; menm gen risk pou ou kite. Tout sa soti nan Satan.

Lè yon bagay rive w nan lavi chak jou w, ki jan ou ta dwe disène si li soti nan travay Sentespri a oswa nan travay Satan? Lè kondisyon moun yo nòmal, lavi espirityèl yo ak lavi yo nan lachè nòmal epi kapasite pou yo rezone nòmal e li annòd. Lè yo nan kondisyon sa a, sa yo fè eksperyans lan epi sa yo vin konnen anndan yo, an jeneral yo ka di sa soti nan atouchman Sentespri a. (Fè dekouvèt oswa jwenn kèk konesans ki pa pwofon lè y ap manje ak bwè pawòl Bondye yo, oubyen gen lwayote nan kèk bagay, oubyen gen fòs pou yo renmen Bondye nan kèk bagay — tout sa soti nan Sentespri a.) Travay Sentespri a nan lòm patikilyèman nòmal; lòm pa kapab santi li, epi li sanble li fèt atravè lòm li menm, byenke an reyalite, se travay Sentespri a li ye. Nan lavi chak jou, Sentespri a fè travay nan tout moun, ki gendwa gwo oswa piti, epi se sèlman nan ki mezi travay sa a fèt la ki varye. Gen moun ki gen yon bon kalib, epi yo konprann bagay yo byen vit, epi Sentespri a bay yo yon eklèsisman espesyal pa anndan. Pandan tan sa a, gen moun ki gen yon kalib ki fèb, epi sa pran yo plis tan pou yo konprann bagay yo, men Sentespri a touche yo pa anndan yo epi yo menm tou, yo kapab lwayal anvè Bondye. Sentespri a travay nan tout moun k ap pouswiv Bondye. Lè, nan lavi chak jou, moun yo pa opoze oswa rebele kont Bondye, yo pa fè bagay ki deranje jesyon Bondye a epi yo pa twouble travay Bondye a, lè sa a, Lespri Bondye a travay nan chak moun nan yon mezi ki pi gwo oswa pi piti; Li touche yo, Li eklere yo, Li ba yo lafwa, Li ba yo fòs, epi Li pouse yo pou yo antre yon fason ki pozitif, san yo pa parese ni konvwate plezi lachè yo, yo dispoze pou yo pratike laverite, epi yo gen yon gwo swaf pou pawòl Bondye yo. Tout sa se travay ki soti nan Sentespri a.

Lè eta moun yo pa nòmal, Sentespri a abandone yo. Plent ki anndan kè yo, move entansyon yo, parès yo, fason yo lage kò yo nan lachè, ak dezi yo pou yo trayi laverite — tout sa soti nan Satan. Lè kondisyon moun yo pa nòmal, lè fènwa anndan yo epi yo pèdi kapasite nòmal pou rezone yo, lè Sentespri a abandone yo, epi yo pa kapab santi Bondye anndan yo, se lè sa a Satan ap travay anndan yo. Si moun toujou gen fòs anndan yo epi yo toujou renmen Bondye, alò, an jeneral, lè bagay rive yo, bagay sa yo soti nan Sentespri a, epi nenpòt moun yo rankontre a, rankont sa a se rezilta aranjman Bondye yo. Sa vle di, lè ou nan yon kondisyon nòmal, lè w anndan gwo travay Sentespri a, alò li enposib pou Satan fè ou brannen. Sou fondasyon sa a yon moun ka di tout bagay soti nan Sentespri a, epi byenke ou ka gen move panse, ou kapab rebele kont yo epi ou pa swiv yo. Tout sa soti nan travay Sentespri a. Nan ki sitiyasyon Satan entèfere? Li fasil pou Satan travay anndan w lè kondisyon ou pa nòmal, lè Bondye pa touche ou epi ou san travay Bondye, lè w sèch epi anndan w vid, lè ou priye Bondye men ou pa byen konprann anyen, epi lè ou manje ak bwè pawòl Bondye yo men ou pa jwenn eklèsisman oswa yo pa ba w limyè. Sa vle di, lè Sentespri a abandone w epi ou pa kapab santi Bondye, alò anpil bagay ki soti nan tantasyon Satan ap rive w. Pandan Sentespri a ap travay, Satan ap travay pandan tout tan an tou. Sentespri a touche anndan lòm, pandan Satan ap koze twoub anndan lòm. Sepandan, travay Sentespri a pran plas prensipal la, epi moun ki gen kondisyon nòmal kapab simonte sa; sa se triyonf travay Sentespri a sou travay Satan an. Pandan Sentespri a ap travay, dispozisyon kòwonpi yo toujou egziste anndan moun yo; sepandan, pandan travay Sentespri a, li fasil pou moun yo dekouvri epi rekonèt rebelyon yo, motivasyon yo, ak melanj yo. Se lè sa a sèlman moun yo santi remò epi yo vin dispoze repanti. Kòm rezilta, yo chase rebelyon yo ansanm ak dispozisyon kòwonpi yo tikras pa tikras anndan travay Bondye a. Travay Sentespri a patikilyèman nòmal; pandan L ap travay nan moun yo, yo toujou gen difikilte, yo toujou kriye, yo toujou soufri, yo toujou fèb epi gen anpil bagay toujou ki pa klè pou yo. Epoutan lè yo nan eta sa yo, yo kapab anpeche tèt yo fè bak, epi yo kapab renmen Bondye toujou, epi malgre y ap kriye e yo boulvèse, yo toujou kapab fè lwanj pou Bondye; travay Sentespri a patikilyèman nòmal, li pa gen anyen ki sinatirèl ditou. Pifò moun kwè, kou Sentespri a kòmanse travay, chanjman fèt nan eta moun yo, epi yo chase bagay ki fòme nati yo a. Yon konpreyansyon konsa defòme. Lè Sentespri a ap travay anndan lòm, bagay negatif lòm yo toujou la epi nivo espirityèl li rete menm jan an, men li jwenn limyè ak eklèsisman Sentespri a e konsa li nan yon eta pozitif pou plis tan, kondisyon anndan l yo vin nòmal, epi li chanje pi vit. Nan eksperyans reyèl moun yo, eksperyans yo fè prensipalman se swa travay Sentespri a, oswa travay Satan an, epi si yo pa kapab byen konprann eta sa yo e yo pa gen disènman sou yo, lè sa a, antre nan eksperyans pratik yo pa posib ditou, alewè pou chanjman nan dispozisyon. Konsa, kle pou fè eksperyans travay Bondye a se kapasite pou wè klè nan bagay sa yo; konsa, li ap pi fasil pou yo fè eksperyans sa a.

Travay Sentespri a fè moun yo pozitif epi motive yo, alòske travay Satan an fè yo vin negatif epi yo fè bak, yo rebele kont Bondye epi yo opoze ak Li, yo pèdi lafwa nan Li, epi yo vin fèb nan fè devwa yo. Tout sa ki pran nesans nan eklèsisman Sentespri a vrèman natirèl; yo pa fòse sa sou ou. Si ou soumèt devan l, lè sa a w ap gen lapè; si ou pa fè sa, apre w ap santi yo repwoche ou. Si se eklèsisman Sentespri a, ou p ap twouble ni kontwole nan anyen ou fè; w ap libere, ap gen yon chemen pratik nan aksyon ou yo, epi ou p ap gen okenn kontrent, epi w ap kapab aji selon entansyon Bondye yo. Travay Satan an lakòz ou jwenn twoub nan anpil bagay; li fè ou pa vle priye, li fè ou twò parese pou manje ak bwè pawòl Bondye yo, epi li anpeche ou viv lavi legliz la, epi li rale w lwen lavi espirityèl la. Travay Sentespri a pa entèfere nan lavi chak jou ou, epi li pa entèfere nan lavi espirityèl nòmal ou. Ou pa kapab disène anpil bagay nan menm moman y ap fèt la, epoutan, kèk jou apre, kè ou klere plis epi lespri w vin pi klè. Ou vin gen yon ti konpreyansyon sou zafè espirityèl yo, epi dousman ou kapab disène si yon panse soti nan Bondye oubyen nan Satan. Gen kèk bagay ki klèman fè ou opoze ak Bondye epi rebele kont Bondye, oubyen yo anpeche ou mete pawòl Bondye yo an pratik; tout bagay sa yo soti nan Satan. Gen kèk bagay ki pa parèt aklè, epi ou pa kapab disène yo nan moman an; apre sa, ou kapab wè manifestasyon yo epi lè sa a ou egzèse disèneman. Si w kapab byen disène ki bagay ki soti nan Satan epi ki bagay Sentespri a ap dirije, lè sa a, ou p ap pèdi wout ou fasil nan eksperyans ou yo. Pafwa, kondisyon w pa bon, epi ou vin gen yon panse ki retire ou nan eta negatif ou a. Sa montre menm lè kondisyon ou pa favorab, kèk nan panse ou yo kapab soti nan Sentespri a toujou. Se pa vre lè ou negatif, tout panse w yo se Satan ki voye yo; si sa te vre, alò ki lè ou t ap kapab fè tranzisyon pou antre nan yon eta pozitif? Lè ou pase yon tan negatif, Sentespri a ba ou yon opòtinite pou Bondye pèfeksyone w; Li touche ou, sa ki fè ou soti nan eta negatif ou a, epi ou antre nan yon eta nòmal.

Piske w konnen kisa travay Sentespri a ye epi kisa travay Satan an ye, ou kapab konpare yo avèk pwòp eta ou pandan eksperyans ou yo, epi ak pwòp eksperyans ou yo, epi konsa ap gen anpil lòt verite ki gen rapò ak prensip nan eksperyans ou yo. Kounye a ou fin konprann verite sa yo sou prensip, w ap kapab byen konprann eta aktyèl ou a, w ap kapab disène moun ansanm ak evènman, epi ou p ap oblije fè tout efò sa yo pou jwenn travay Sentespri a. Natirèlman, sa depann de entansyon ou si yo dwat epi de volonte ou pou w chèche epi pratike. Yon langaj konsa — yon langaj ki gen rapò ak prensip — se yon bagay ou ta dwe genyen nan eksperyans ou yo. San li, eksperyans ou yo ap ranpli ak twoub Satan ansanm ak konesans san konprann. Si ou pa konprann ki jan Sentespri a travay, lè sa a ou p ap konprann ki jan pou w priye Bondye ni ki jan ou dwe antre, epi si ou pa konnen ki jan Satan aji pou l egare moun epi twouble yo, alò ou p ap konnen ki jan pou w rejte Satan epi rete fèm nan temwayaj ou. Ki jan Sentespri a travay epi ki jan Satan aji se bagay moun ta dwe konprann, epi se bagay moun dwe fè eksperyans nan kwayans yo nan Bondye.

Anvan: Se Sèlman Moun Ki Konsantre Sou Pratik Yo Ka Pèfeksyone

Apre: Yon Avètisman pou Moun Ki pa Pratike Laverite

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger